Bondye Rann Pafè Sila yo ki selon Kè Li

Bondye vle genyen kounye a yon sèten gwoup moun, yon gwoup ki gen sila yo k ap fè efò pou kolabore ak Li, ki kapab obeyi travay Li, ki kwè pawòl Bondye pale se laverite, epi ki kapab mete egzijans Bondye yo an pratik; yo se sila yo ki gen bon jan konprann nan kè yo, yo se sila yo ki kapab vin pafè, epi yo san dout ap kapab mache nan chemen pèfeksyon an. Sila yo ki pa kapab vin pafè se moun ki pa gen bon jan konprann sou travay Bondye, ki pa manje ak bwè pawòl Bondye, ki pa pote okenn atansyon ak pawòl Li, epi ki pa gen okenn lanmou pou Bondye nan kè yo. Sila yo ki gen dout sou Bondye enkane a, yo toujou gen dout sou Li, yo pa janm pran pawòl Li oserye epi yo toujou twonpe Li, yo se moun ki reziste ak Bondye epi ki se pou Satan; pa gen okenn fason pou rann moun sa yo pafè.

Si ou swete vin pafè, lè sa a, ou dwe toudabò jwenn gras Bondye, paske Li rann pafè sila yo Li fè gras epi ki selon kè Li. Si ou swete selon kè Bondye, lè sa a, ou dwe gen yon kè ki obeyi travay Li, ou dwe fè efò pou chèche laverite, epi ou dwe aksepte kontwòl Bondye nan tout bagay. Èske tout sa ou fè pase anba kontwòl Bondye? Èske entansyon ou kòrèk? Si entansyon ou kòrèk, lè sa a, Bondye ap felisite ou; si entansyon ou pa bon, sa montre sa kè ou renmen an se pa Bondye, men se lachè ak Satan. Poutèt sa, ou dwe itilize lapriyè tankou yon fason pou aksepte kontwòl Bondye nan tout bagay. Lè ou priye, menm si Mwen pa kanpe devan ou an pèsòn, Sentespri a avèk ou, epi se nou toude, Mwen Menm ak Lespri Bondye w ap priye a. Poukisa ou kwè nan lachè sa a? Ou kwè paske Li gen Lespri Bondye. Èske ou t ap kwè nan moun sa a si Li te san Lespri Bondye? Lè ou kwè nan moun sa a, se nan Lespri Bondye ou kwè. Lè ou gen krent pou moun sa a, se pou Lespri Bondye ou gen krent. Lafwa nan Lespri Bondye se lafwa nan moun sa a, epi lafwa nan moun sa a se lafwa tou nan Lespri Bondye. Lè ou priye epi santi Lespri Bondye avèk ou epi Bondye devan ou, sa vle di se Lespri Li ou priye a. Jodi a, pifò moun twò pè pote aksyon yo devan Bondye; menm si ou ka twonpe lachè Li, ou pa kapab twonpe Lespri Li. Nenpòt bagay ki pa kapab reziste ak kontwòl Bondye an kontradiksyon avèk laverite, epi yo ta dwe mete l sou kote; lè ou fè yon lòt jan se peche ou komèt kont Bondye. Kidonk, ou dwe mete kè ou devan Bondye toutan lè w ap priye, lè w ap pale ak nan kominyon avèk frè ak sè ou yo, epi lè w ap fè travay ou ak jere zafè ou. Lè w ap ranpli fonksyon ou, Bondye avèk ou, epi toutotan entansyon ou kòrèk epi se pou travay lakay Bondye, L ap aksepte tout sa ou fè; ou dwe devwe tèt ou ak tout kè ou pou ranpli fonksyon ou. Lè w ap priye, si ou gen lanmou pou Bondye nan kè ou epi w ap chèche swen, pwoteksyon ak kontwòl Bondye, si bagay sa yo se entansyon ou, priyè ou yo ap efikas. Pa egzanp, lè w ap priye nan reyinyon yo, si ou ouvri kè ou, priye Bondye epi di Li sa ki nan kè ou san ou pa bay manti, lè sa a, priyè ou yo ap efikas toutbon. Si ou renmen Bondye toutbon nan kè ou, lè sa a, fè yon sèman bay Bondye konsa: “Bondye, ki nan syèl la ak sou latè ak pami tout bagay, mwen fè sèman sa ba Ou: Se pou lespri Ou egzamine tout sa mwen fè epi pwoteje ak pran swen mwen toutan, epi rann li posib pou tout sa mwen fè kanpe nan prezans Ou. Si kè mwen ta sispann renmen Ou oswa si li ta trayi Ou, lè sa a, pini mwen epi ban mwen gwo madichon. Pa ban mwen padon ni nan mond sa a, ni nan pwochen an!” Èske ou gen kouraj pou fè yon sèman konsa? Si ou pa fè sa, sa montre ou timid epi ou toujou renmen tèt ou. Èske ou gen rezolisyon sa a? Si sa se rezolisyon ou toutbon, ou dwe fè sèman sa a. Si ou pran rezolisyon pou fè yon sèman konsa, lè sa a, Bondye ap akonpli rezolisyon ou lan. Lè ou fè yon sèman devan Bondye, Li tande. Bondye detèmine si ou se pechè oswa jis sou baz lapriyè ak pratik ou. Kounye a sa se pwosesis pou rann ou pafè, epi si ou gen lafwa toutbon pou li rann ou pafè, lè sa a, w ap pote tout sa ou fè devan Bondye epi aksepte kontwòl Li; si ou fè yon bagay ki rebèl anpil oswa si ou trayi Bondye, lè sa a, L ap pèmèt sèman ou lan reyalize, epi kèlkeswa sa ki rive ou, swa se pèdisyon oswa chatiman, sa se pwòp zafè ou. Ou te fè sèman an, kidonk ou dwe respekte li. Si ou fè yon sèman, men ou pa respekte li, w ap sibi pèdisyon. Piske sèman se ou ki te fè l, Bondye ap pèmèt sèman ou an reyalize. Gen kèk moun ki pè apre yo fin priye, epi k ap plenyen konsa, “Tout bagay fini! Chans mwen pou fè libètinaj fini; chans mwen pou fè move bagay fini; chans mwen pou satisfè plezi monden mwen yo fini!” Moun sa yo toujou renmen bagay mond lan ak peche, epi se sèten yo gen pou pèdi.

Kwè nan Bondye vle di, tout sa w ap fè, ou dwe pote yo devan Li ak soumèt yo anba kontwòl Li. Si ou kapab pote sa w ap fè yo devan Lespri Bondye men ou pa kapab pote yo devan kò Bondye, sa montre ou pa soumèt anba kontwòl Lespri Li. Kiyès ki Lespri Bondye a? Ki moun Bondye ap rann temwayaj pou li a? Èske se pa yon sèl ak menm Moun nan Yo ye? Pifò moun wè Yo kòm de antite ki apa a, kwè Lespri Bondye a se Lespri Bondye, epi moun Bondye ap rann temwayaj pou li a se sèlman yon imen. Men, èske ou pa twonpe ou? Nan non kiyès moun sa a ap travay? Moun ki pa konnen Bondye enkane a pa gen konpreyansyon espirityèl. Lespri Bondye ak Bondye enkane a fè yon sèl, paske Lespri Bondye materyalize nan kò fizik la. Si moun sa pa janti avèk ou, èske Lespri Bondye pral janti? Èske ou pa twouble? Jodi a, tout moun ki pa kapab aksepte kontwòl Bondye pa kapab resevwa apwobasyon Li, epi moun ki pa konnen Bondye enkane a pa kapab vin pafè. Gade tout sa w ap fè, epi gade si ou kapab pote li devan Bondye. Si ou pa kapab pote tout sa ou fè devan Bondye, sa montre ou se yon malfektè. Èske malfektè yo kapab vin pafè? Tout sa w ap fè, tout aksyon, tout entansyon, ak tout reyaksyon, ou dwe pote yo devan Bondye. Menm lavi espirityèl chak jou ou—priyè w yo, relasyon w ak Bondye, fason ou manje ak bwè pawòl Bondye, kominyon w ak frè ak sè w yo, ak lavi ou nan legliz la—ak sèvis ou an patenarya kapab soumèt anba kontwòl Bondye. Se yon pratik konsa ki pral ede w grandi nan lavi. Pwosesis akseptasyon kontwòl Bondye a se pwosesis pirifikasyon. Plis ou kapab aksepte kontwòl Bondye, se plis w ap pirifye e se plis w ap an akò ak volonte Bondye, konsa ou pa pral tonbe nan libètinaj, epi kè ou pral viv nan prezans Li. Plis ou aksepte kontwòl Li, se konsa imilyasyon Satan ap pi gwo ansanm ak kapasite ou pou abandone lachè a. Konsa, akseptasyon kontwòl Bondye a se yon chemen pratik moun yo ta dwe swiv. Nenpòt sa ou fè a, menm lè ou nan kominyon ak frè ak sè ou yo, ou kapab pote aksyon ou yo devan Bondye epi chèche soumèt yo anba kontwòl Li ak chèche obeyi Bondye Li Menm; sa pral rann sa ou pratike yo pi kòrèk toujou. Se sèlman si ou pote tout sa ou fè devan Bondye ak aksepte kontwòl Bondye w ap kapab yon moun k ap viv nan prezans Bondye.

Moun ki pa konprann Bondye p ap janm ka obeyi Bondye totalman. Moun sa yo se pitit dezobeyisans. Yo twò anbisye, ak gen twòp rebelyon nan yo, konsa yo rete lwen Bondye epi yo pa pare pou aksepte kontwòl Li. Moun konsa yo pa kapab vin pafè fasil. Gen kèk moun ki difisil nan jan yo manje, bwè ak aksepte pawòl Bondye. Yo aksepte kèk pòsyon nan pawòl Bondye ki an akò ak nosyon yo pandan yo rejte sa ki pa an akò yo. Èske sa a se pa rebelyon ak rezistans ki pi flagran kont Bondye? Si yon moun kwè nan Bondye pandan plizyè ane san li pa konprann Li menm yon ti kras, lè sa li se yon moun ki pa kwè. Moun ki pare pou aksepte kontwòl Bondye se moun ki ap chèche konprann Li, ki pare pou aksepte pawòl Li yo. Se yo menm ki ap resevwa eritaj ak benediksyon Bondye yo, epi se yo ki pi beni. Bondye madichonnen moun ki pa gen plas pou Li nan kè yo, epi Li pini ak abandone moun sa yo. Si ou pa renmen Bondye, lè sa a, Li pral vire do ba ou, epi si ou pa koute sa Mwen di, lè sa a, Mwen pwomèt Lespri Bondye pral vire do ba ou. Tante li si ou pa kwè li! Jodi a mwen prezante ou yon chemen ki pratik, men se ou menm ki pou mete li an pratik. Si ou pa kwè sa, si ou pa mete li an pratik, ou pral wè pou tèt ou si Sentespri a ap travay oswa p ap travay nan ou! Si ou pa chèche konprann Bondye, lè sa a, Sentespri a p ap travay nan ou. Bondye travay nan moun ki chèche ak bay pawòl Li valè. Plis ou bay pawòl Bondye valè, se plis Lespri Li ap travay nan ou. Plis yon moun bay pawòl Bondye valè, se plis li gen chans pou Bondye rann li pafè. Bondye rann pafè moun ki renmen Li toutbon epi Li rann pafè moun kè yo an pè devan Li. Pou bay tout travay Bondye a valè, pou bay iliminasyon Bondye a valè, pou bay prezans Bondye valè, pou bay swen ak pwoteksyon Bondye valè, pou bay valè ak jan pawòl Bondye vin reyalite ou epi antreteni lavi ou—tout sa yo pi konfòm ak kè Bondye. Si ou bay travay Bondye a valè, sa ki vle di, si ou bay tout travay Li te fè nan lavi ou valè, lè sa a, Li pral beni ou ak lakòz tout sa ou genyen yo miltipliye. Si ou pa bay pawòl Bondye valè, Li p ap travay nan ou, men Li ap sèlman ba ou yon gras mizerab pou lafwa ou, oswa beni ou ak ti richès ak bay fanmi ou ti sekirite. Ou dwe fè efò pou fè pawòl Bondye vin reyalite ou, epi ou dwe kapab satisfè Li epi pou ou selon kè Li; ou pa dwe sèlman fè efò pou jwi gras Li. Pa gen anyen ki pi enpòtan pou moun ki kwè yo pase resevwa travay Bondye a, atenn pèfeksyon, ak vin moun ki ap fè volonte Bondye. Se objektif sa ou ta dwe ap chèche.

Tout sa lòm t ap kouri dèyè yo nan Epòk Lagras la pase mòd kounye a, paske kounye a gen yon aspirasyon nan yon nivo ki pi wo; aspirasyon an pi nòb ak pi pratik, aspirasyon sa yo kapab pi byen satisfè ki sa lòm bezwen pou andedan li. Nan tan lontan, Bondye pa te konn aji nan moun jan Li fè sa jounen jodi a; Li pa te konn pale ak yo jan Li fè sa jounen jodi a, epi kondisyon Li te gen pou yo pa te osi wo tankou jan sa ye pou jounen jodi a. Paske Bondye pale ou de bagay sa yo, sa montre kounye a pi gwo entansyon Bondye konsantre sou ou, sou gwoup moun sa yo. Si ou reyèlman swete Bondye rann ou pafè, lè sa a, kouri dèyè li kòm objektif prensipal ou. Menm si w ap kouri toupatou, bay kouraj ou, ranpli yon fonksyon, oswa ou resevwa komisyon Bondye, objektif la se pou ou toujou vin pafè ak pou satisfè volonte Li, pou ou rive atenn objektif sa yo. Si yon moun di li p ap chèche pèfeksyon nan Bondye oswa p ap chèche antre nan lavi, men sèlman ap chèche lapè ak kè kontan nan lachè, lè sa a, li se moun ki pi avèg pami lòm. Moun ki pa chèche reyalite lavi a, men sèlman chèche lavi etènèl nan mond k ap vini an ak sekirite nan mond sa a, yo se moun ki pi avèg yo. Se konsa, tout sa w ap fè ta dwe fèt nan lide pou Bondye rann ou pafè ak posede ou.

Travay Bondye lakay moun yo gen pou objektif reponn ak bezwen yo sou baz bezwen yo chak. Plis lavi yon moun chaje, se plis li bezwen ak plis aspirasyon li genyen. Si nan faz sa a ou pa gen okenn aspirasyon, sa pwouve Sentespri a te vire do ba ou. Tout moun k ap chèche lavi, Sentespri a p ap janm vire do ba yo; moun sa yo toujou gen aspirasyon, ak toujou gen gwo dezi nan kè yo. Moun sa yo pa janm kontan ak bagay yo jan yo ye nan moman an. Chak faz nan travay Sentespri a gen pou objektif fè enpak lakay ou, men si ou vin santi ou satisfè, si ou pa gen bezwen ankò, si ou pa aksepte travay Sentespri a ankò, lè sa L ap vire do ba ou. Moun yo bezwen kontwòl Bondye chak jou; yo bezwen pwovizyon an abondans nan men Bondye chak jou. Èske moun yo kapab viv san yo pa manje ak bwè pawòl Bondye a chak jou? Si yon moun toujou santi li pa kapab manje oswa bwè ase pawòl Bondye, si li toujou ap chèche li ak grangou ak swaf pou li, Sentespri a ap toujou travay nan li. Plis yon moun gen aspirasyon, se plis gen bagay pratik ki kapab sòti nan fratènite li a. Plis yon moun chèche laverite anpil, se plis li grandi pi vit nan lavi li, sa ki rann li rich avèk eksperyans ak rich kòm abitan kay Bondye.

Avan:  Konsènan Fason pou Rete Kè Poze Devan Bondye

Pwochen:  Sila yo Ki Obeyi Bondye Avèk yon Kè ki Pwòp Se Sèten Bondye Pral Genyen yo

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger