Chapit 12
Lè zèklè soti nan Lès la, ki se moman ekzat tou Mwen kòmanse pwononse pawòl Mwen yo—lè zèklè soti, tout syèl la vin klere, epi vin gen yon transfòmasyon ki fèt nan tout zetwal yo. Tout ras imèn lan tankou yon bagay yo te triye. Anba lyè reyon limyè sa a ki soti nan Lès la, tout limanite parèt sou fòm orijinal yo, zye yo pa ka wè, yo pa konn sa pou yo fè, e yo toujou pa menm konnen kijan pou yo kache karaktè lèd yo genyen yo a. Yo sanble tou ak bèt k ap kouri pou limyè Mwen an e ki pran refij anndan gwòt mòn yo—epoutan pa menm gen youn nan mitan yo ki ka disparèt anndan limyè Mwen an. Tout moun etone, tout moun ap ret tann, tout moun ap gade; avèk avènman limyè Mwen an, tout moun rejwi pou jou yo te fèt la, e menm jan an tou tout moun modi jou yo te fèt la. Emosyon konfliktyèl yo enposib pou atikile; dlo nan zye akoz pinisyon moun bay pwòp tèt yo fòme rivye, e gwo lavalas ap bwote yo, y ale byen rapid san yo pa kite tras. Yon lòt fwa ankò, jou Mwen an ap vin pi pwòch limanite, l ap reveye ras imèn lan nan dòmi li ye a yon lòt fwa ankò, l ap bay limanite yon lòt nouvo kòmansman. Kè M ap bat e, nan menm fason kè M ap bat la, mòn yo ap sote tèlman yo kontan, dlo yo ap danse tèlman yo kontan, epi vag yo ap frape sou resif wòch yo. Li difisil pou eksprime sa ki nan kè M lan. Mwen vle boule tout bagay ki enpi yo an sann anba zye Mwen; Mwen vle fè tout pitit dezobeyisans yo disparèt devan zye Mwen, pou yo pa janm ret an ekzistans. Non sèlman Mwen kreye yon nouvo kòmansman nan demè gwo dragon wouj la, Mwen lanse M tou nan yon nouvo travay nan linivè a. Nan yon ti tan, wayòm ki sou tè a pral tounen wayòm Mwen; nan yon ti tan, wayòm ki sou tè a pral sispann ekziste pou toutan akoz wayòm Mwen an, paske Mwen deja ranpòte laviktwa, paske Mwen retounen triyonfan. Gwo dragon wouj la itilize tout mwayen imajinab pou pètibe plan Mwen an, li vle efase travay Mwen an sou tè a, men èske M ka dekouraje akoz taktik malonèt li yo? Èske M ka pè pou M pèdi konfyans akoz menas li yo? Pa janm gen menm yon moun nan syèl la oswa sou tè a Mwen pa kenbe nan pla men Mwen; èske yo ka di yon bagay konsa pou gwo dragon wouj la, aparèy sa a ki sèvi tankou yon fèy pou Mwen an? Èske se pa yon objè pou Mwen manipile nan men Mwen tou?
Pandan enkanasyon Mwen nan monn imen an, limanite rive, gras ak direksyon M ap ba li, nan jou sa a san li pa rann li kont e li rive konnen Mwen san li pa rann li kont. Men, pou sa ki gen pou wè ak fason pou mache sou chemen k ap vini an, pa gen moun ki konnen—e alevwa pou moun ta konnen nan ki direksyon chemen sa a pral mennen yo. Se sèlman gras ak Sila a ki gen tout pouvwa a k ap gade sou li a ke yon moun pral kapab mache pou rive nan fen an; se sèlman lè se zeklè nan Lès la k ap mennen l ke yon moun pral kapab travèse sèy ki mennen nan wayòm Mwen an. Pami moun, pa janm gen youn ki wè figi M, youn ki wè zèklè nan Lès la; alevwa pou ta gen youn ki tande pawòl ki soti nan twòn Mwen an? An reyalite, depi nan tan lontan, pa gen yon sèl moun ki antre an kontak dirèk avèk Mwen; sèlman jodi a, alòske Mwen vini nan monn lan, se sa k fè lèzòm gen yon chans pou wè Mwen. Men, menm kounye a, lezòm toujou pa konnen Mwen, menm jan yo sèlman gade figi M e yo sèlman tande vwa Mwen, poutan yo pa konprann sans Mwen. Se konsa tout moun ye. Lè ou fè pati pèp Mwen an, èske w pa santi ou fyè anpil lè ou wè figi M? Epi èske w pa santi w wont anpil paske ou pa konnen M? Mwen mache nan mitan moun e M ap viv nan mitan moun, paske Mwen tounen moune Mwen vini nan monn imen an. Objektif Mwen se pa senpman pou pèmèt limanite gade kò Mwen; sa ki pi enpòtan, se pou pèmèt limanite konnen Mwen. Anplis desa, Mwen pral, atravè kò enkane Mwen an, konvenk limanite de peche yo; Mwen pral, atravè kò enkane Mwen an, venk gwo dragon wouj la epi detwi twou kote li kache a.
Malgre èt imen ki peple tè a anpil menm jan ak zetwal yo, Mwen konnen yo tout trè byen menm jan ak pwòp pla men Mwen. Epi, menm si èt imen ki “renmen” M yo inonbrab menm jan ak grenn sab nan lanmè a, se sèlman kèk nan yo Mwen chwazi: se sèlman moun k ap kouri dèyè limyè ki klere a, ki separe ak sa yo ki “renmen” M yo. Mwen pa gade lòm twò wo, ni Mwen pa souzestime l; olye desa, Mwen fè lòm egzijans selon atribi natirèl li, e sa mwen mande se kalite moun k ap chèche M sensèman, pou M ka atenn objektif Mwen ki se chwazi moun. Gen anpil bèt nan bwa nan mòn yo, men yo tout donte tankou mouton devan M; gen mistè insondab ki kache anba vag yo, men yo prezante tèt yo devan M klèman menm jan ak tout bagay ki sou sifas tè a; anwo nan syèl la gen wayòm ke moun pa janm ka atenn, epoutan Mwen mache san pwoblèm nan wayòm ki pa aksesib sa yo. Lòm pa janm rekonèt Mwen nan limyè a, men li sèlman wè M nan mond fènwa a. Èske nou pa ekzakteman nan menm sitiyasyon an jodi a? Se te nan pwen kilminan dechènman gwo dragon wouj la ke mwen te fòmèlman aksepte kò pou Mwen fè travay Mwen an. Lè gwo dragon wouj la te revele vrè fòm li pou premye fwa, Mwen te montre ke non Mwen vrèman ekziste. Lè Mwen te mache sou wout limanite yo, pa t menm gen yon èt ni yon moun ki te sote nan eta somèy li, e sa fè lè Mwen te vin enkane nan monn imen an, pa gen moun ki te konn sa. Men, lè Mwen te kòmanse antreprann travay Mwen an nan kò enkane Mwen an, limanite te reveye e vwa loraj Mwen an te fè li sote nan rèv li yo, epi depi lè sa a, yo te kòmanse viv lavi yo anba konsèy Mwen. Nan mitan pèp Mwen an, Mwen te kòmanse yon nouvo travay yon lòt fwa ankò. Lè mwen di travay Mwen sou tè a pa fini, sa sifi pou montre ke pèp Mwen an ke M te pale ak yo a, se pa moun sa yo ke Mwen mande ki pou nan kè M lan, men malgre sa, Mwen toujou chwazi kèk nan mitan yo. Li evidan nan ka sa a ke Mwen pa sèlman pèmèt pèp Mwen an konnen Bondye enkane a, men tou, M ap netwaye yo. Akòz severite dekrè administratif Mwen yo, yon gwo majorite moun toujou an danje pou Mwen elimine yo. Sof si ou fè tout efò posib pou kontwole pwòp tèt pa w, pou soumèt pwòp kò w—sof si ou fè sa, asrireman ou pral vin yon objè ke Mwen meprize epi rejte, yo dwe jete nan lanfè, menm jan Pòl te resevwa chatiman dirèkteman nan men Mwen, pa t gen okenn mwayen pou li te chape anba l. Èske nou jwenn yon bagay nan pawòl Mwen yo? Menm jan ak oparavan, se entansyon M pou M netwaye legliz la, pou M kontinye pirifye moun Mwen bezwen yo, paske Mwen se Bondye Li Menm, ki sen epi ki san tach la. Mwen pral rann tanp Mwen an non sèlman iridesan avèk koulè lakansyèl yo, men tou, pafètman pwòp, ak yon enteryè ki koresponn ak eksteryè li a. Nan prezans Mwen, nou, chak moun ak tout moun, dwe reflechi sou sa nou te fè nan nan tan pase yo, epi deside si jodi a nou ka deside ban Mwen yon satisfaksyon pafè nan kè Mwen.
Lòm pa senpman pa konnen Mwen nan kò fizik la; anplis desa, li pa rive konprann pwòp tèt li ki abite nan yon kò chanèl. Pandan plizyè ane, èt imen yo twonpe M, yo trete M tankou yon envite ki soti yon lòt kote. Plizyè fwa, yo fèmen M deyò “pòt lakay yo”; plizyè fwa, yo pa prete atansyon ak Mwen pandan yo kanpe devan M; plizyè fwa, yo rejte M nan mitan lòt moun; plizyè fwa, yo renye M devan dyab la; e plizyè fwa, yo atake M avèk bouch jouman yo. Epoutan, Mwen pa sonje feblès lòm yo, ni Mwen pa, akòz dezobeyisans li, mande revang dan pou dan. Tout sa Mwen fè se bay medikaman pou maladi l yo, yon fason pou geri maladi enkirab li yo, kidonk retabli sante l pou li ka vin konnen Mwen. Èske tout sa mwen fè yo se pa pou limanite ka kontinye viv, pou bay limanite yon chans pou l viv? Mwen te vini nan monn lèzòm lan plizyè fwa, men lèzòm pa t akòde M okenn atansyon, paske Mwen te vini nan pwòp moun Mwen ye a nan mond lan; olye desa, chak moun te aji jan li te wè l bon pou li epi li t ap chache yon fason pou benefisye tèt pa li. Yo pa konnen ke chak wout anba syèl la soti nan men Mwen! Yo pa konnen ke chak bagay anba syèl la depann de òdinasyon Mwen! Kilès nan nou ki ka oze kenbe rankin nan kè li? Kilès nan nou ki ka oze rive nan yon konklizyon san fòse? M ap fè travay Mwen nan mitan limanite an silans—anyen ankò. Si pandan peryòd enkanasyon Mwen an, Mwen pa t senpatize avèk feblès lòm lan, nan ka sa a tout limanite ta ka, inikman akoz enkanasyon Mwen an, vin pè anpil e, akoz desa, yo ta ka tonbe kote mò yo ye a. Se sèlman paske Mwen imilye tèt Mwen epi kache tèt Mwen ke limanite rive chape anba katastwòf, rive jwenn delivrans anba chatiman Mwen yo, e, nan fason sa a, li rive nan moman jodi a. Pandan nou konsyan kijan li te difisil pou nou te rive nan moman jodi a, èske nou pa ta dwe apresye tout sa demen gen pou pote anplis?
8 Mas 1992