Chapit 5

Vwa Lespri Mwen se yon ekspresyon tout karaktè Mwen. Èske nou konprann? Si nou pa ta klè sou pwen sa a, se tankou si nou ta chwazi reziste avè M dirèkteman. Èske nou reyalize tout bon ki enpòtans ki genyen nan sa a? Èske nou konnen vreman ki valè efò, ki valè enèji M ap depanse pou nou? Èske nou t ap vreman pran chans mete nan lari sa nou fè epi fason nou konpòte nou devan M? Epi nou gen kouraj devan M nan pou nou rele tèt nou Pèp Mwen—nou pa wont, plis toujou nou san bonsans! Yon lè kanmenm, moun tankou nou ap deyò lakay Mwen! Pa vin pran pòz vye sòlda a avè M, fè tankou nou te bay temwayaj pou Mwen! Èske se bagay limanite kapab fè? Si pa t rete anyen nan entansyon nou ak objektif nou, nou t ap gentan pran yon lòt wout depi lontan. Èske nou panse Mwen pa konnen kisa kè yon moun kapab genyen ladan? Apati kounye a, nan tout bagay nèt, nou dwe rantre nan reyalite pratik la; plede bat bouch nou pale anpil, jan nou te konn fè anvan an, p ap itil nou anyen ankò. Lontan, pi fò nan nou te reyisi pran woulib anndan lakay Mwen an; sa k fè nou kapab kenbe fèm jodi a, se sèlman granmesi severite pawòl Mwen yo. Èske nou panse M ap pale gaye epi san rezon? Enposib! M ap gade tout bagay depi anwo e M ap egzèse dominasyon M depi anwo sou tout bagay. Nan menm fason an, Mwen mete Sali Mwen sou latè. M pa janm pase yon moman san M p ap gade, nan plas sekrè kote M ye a, chak mouvman moun yo, epi tout sa y ap di ni sa y ap fè. Se yon liv ouvè chak moun ye devan M: Mwen wè yo epi Mwen konnen tout. Plas sekrè a se lakay Mwen, e tout etandi syèl la se kabann kote M kouche. Fòs Satan yo pa kapab rive sou Mwen paske M ap debòde ak majeste, ak jistis epi avèk jijman. Genyen yon mistè sakre nan pawòl Mwen yo. Lè M ap pale, nou vin tankou zwazo yo fèk lage nan dlo, ki anvayi ak konfizyon, oswa tankou ti bebe ki fèk anvayi ak yon gwo laperèz, ki sanble yo pa konn anyen, paske lespri nou tonbe nan yon eta gwo sezisman. Poukisa M di plas sekrè a se lakay Mwen? Èske nou konnen sans pwofon pawòl Mwen yo? Kiyès pami tout moun ki kapab konnen Mwen? Kiyès ki kapab konnen M menmjan yo konnen pwòp papa yo ak manman yo? Pandan M ap repoze lakay Mwen, M ap obsève ak atansyon: Tout moun sou latè sou mouvman, “y ap vwayaje atravè mond la” epi y ap kouri fè ale-vini, tout sa nan enterè desten yo ak avni yo. Epoutan, pa youn pa gen enèji pou l depanse pou l konstwi wayòm Mwen an, pa menm efò ki nesesè pou l respire. Mwen kreye moun, e Mwen sove yo plizyè fwa anba tribilasyon; epoutan tout moun sa yo se engra: Pa gen youn ladan yo ki kapab site tout machaswiv sali Mwen an. Sa fè tèlman anpil lane—tèlman anpil syèk—depi kreyasyon mond la pou rive jounen jodi a; Mwen akonpli tèlman mirak, e Mwen manifeste sajès Mwen tèlman anpil fwa. Men moun yo tèlman fou epi toudi tankou malad mantal, e menm pafwa tankou bèt sovaj k ap batay nan forè, san okenn entansyon pou yo bay afè pa M atansyon. Plizyè fwa Mwen pwononse santans lanmò sou lèzòm epi Mwen kondane yo pou yo mouri, men pa gen pèsonn ki kapab chanje plan jesyon Mwen an. Kidonk, pandan yo anba men M, lèzòm kontinye ap revele ansyen bagay ke yo atache ak yo. Akoz etap travay Mwen an, yon fwa ankò Mwen sove nou, nou menm ki fèt nan yon gran fanmi dejenere, deprave, sal, epi repiyan.

Travay Mwen planifye a kontinye ap vanse san l pa kanpe yon moman. Lè M fin antre nan Tan Wayòm nan, epi lè M fin pote nou nan wayòm Mwen kòm pèp Mwen, M pral genyen lòt demand pou M fè nou; ki vle di, M pral kòmanse pibliye devan nou konstitisyon Mwen pral sèvi pou M gouvène epòk sa a:

Pwiske nou pote non pèp Mwen, nou ta dwe kapab glorifye non Mwen; sa vle di temwaye nan mitan eprèv. Si nenpòt moun eseye blofe Mwen epi kache laverite ban Mwen, oubyen foure tèt yo nan tranzaksyon louch dèyè do M, M ap chase moun sa yo epi mete yo deyò san eksepsyon lakay Mwen pou yo tann Mwen aji ak yo. Sila yo ki te enfidèl epi engra anvè Mwen nan tan pase yo, epi ki kanpe jodi a ankò pou yo jije M anpiblik—yomenm tou, yo pral deyò lakay Mwen an. Sila yo ki se pèp Mwen an dwe toujou montre konsiderasyon pou chay Mwen yo epi chèche konnen pawòl Mwen. Se sèlman moun konsa M ap klere ak limyè Mwen, epi asireman yo pral viv anba direksyon M ak limyè Mwen, san yo pa janm rankontre chatiman. Sila yo ki pa t gen konsiderasyon pou chay Mwen yo, men ki te prefere konsantre atansyon yo nan planifye pou pwòp avni yo—ki vle di, sila yo ki pa vize pou yo satisfè kè Mwen nan aksyon yo, men ki pito ap chèche lacharite—kreyati ki tètkoupe ak mandyan sa yo ke M pa vle itilize ditou, paske depi lè yo te fèt, yo pa t janm konn anyen nan kisa sa vle di montre konsiderasyon pou chay Mwen yo. Yo se moun ki pèdi bon sans yo; moun sa yo soufri ak “malnitrisyon” sèvo, e yo bezwen rantre lakay yo pou yo jwenn “lanouriti.” M pa gen okenn fason pou M itilize moun sa yo. Pami pèp Mwen an, chak moun pral oblije konprann ke konnen Mwen se yon devwa obligatwa pou l kenbe jiskobou, tankou manje, abiye, epi dòmi, yon bagay okenn moun pa dwe janm bliye menm pou yon ti moman, yon fason pou finalman, konnen Mwen kapab tounen yon abitid tankou manje—yon bagay ou fè san efò, ak yon men ki byen antrene. Pou pawòl M ap pwononse yo, nou dwe pran chak grenn ladan yo ak yon lafwa san mezi epi byen dijere yo nèt ale; pa kapab genyen okenn demi-mezi pou lafòm. Nenpòt kiyès ki pa montre atansyon pou pawòl Mwen yo, M ap gade l pou yon moun k ap fè rezistans avè M dirèkteman; Nenpòt kiyès ki pa manje pawòl Mwen yo, oubyen ki pa chèche konnen yo, M ap gade l pou yon moun ki p ap ban M atansyon, epi M ap bale l mete deyò lakay Mwen. Se paske, jan m te di sa nan tan pase yo, sa Mwen bezwen, se pa yon gran kantite moun, men se ekselans. Sou san(100) moun, si se yon sèl ki kapab konnen M atravè pawòl Mwen yo, M ap jete tout lòt yo san pwoblèm pou M konsantre M pou M mete limyè sou grenn moun sa a epi fè l klere. Apati sa M sot di la, nou kapab wè li pa oblije vrè se yon gran kantite moun sèlman ki kapab fè M manifeste nan li, epi viv Mwen. Sa mwen vle se ble a (menm si grenn yo kapab pa fin byen plen), men se pa move zèb la (menm si grenn li yo plen ase pou atire admirasyon). Pou sila yo ki pa bay tèt yo pwoblèm pou yo chèche, men ki prefere konpòte yo tankou moun k ap mòde lage, yo ta dwe deside poukont yo pou yo ale; Mwen pa swete wè yo ankò, pou yo pa kontinye jete diskredi sou non Mwen. Nan sa ki konsènen egzijans Mwen fè pèp Mwen an, M ap kanpe sou kòmandman sa yo pou lemoman, epi Mwen pral rete tann pou M pran lòt sanksyon, toudepan jan sikonstans yo pral chanje.

Jou pase yo, yon gran majorite moun te panse Mwen se Bondye sajès la Limenm, ke Mwen se Bondye tout bon an ki wè nan fon kè moun; epoutan, tout sa yo se te pawòl anlè. Si lèzòm te vrèman konnen M, yo pa t ap kouri rive nan konklizyon konsa, okontrè yo t ap kontinye eseye konnen M pi byen atravè pawòl Mwen. Se sèlman lè yo ta rive nan yon etap kote yo vrèman kapab wè aksyon M yo, se lè sa a yo t ap merite pou yo rele M sila ki Saj la, sila ki Mèveye a. Konesans nou sou Mwen twò lejè. Atravè tan yo, genyen tèlman moun ki te sèvi M pandan tèlman anpil lane, ki te wè aksyon M yo, ki te vrèman rive konnen kichòy sou Mwen. Pou rezon sa a, yo te toujou gen yon kè ki soumèt devan M, ki pa t janm pran chans pou yo ta menm gen tikras entansyon pou yo dezakòde ak Mwen, akoz jan li tèlman difisil pou chèche tras Mwen. Si moun sa yo pa ta jwenn direksyon Mwen, yo pa t ap pran chans kouri aji san reflechi. Konsa, apre yo fin fè plizyè lane eksperyans nan lavi yo, finalman yo rive jeneralize enpe konesans sou Mwen, yo rele M Saj, Mèveye, epi Konseye, ke pawòl Mwen se tankou yon kouto de(2) bò, ke aksyon M yo gran, fòmidab, epi mèveye, ke Mwen kouvri ak majeste, ke sajès Mwen rive pi wo pase fimaman an, epi lòt lide toujou. Epoutan, jodi a, konesans nou sou Mwen baze sèlman sou fondman yo te poze yo, ki lakoz yon gran majorite pami nou—tankou jakorepèt—sèlman ap mamòte pawòl yo te pwononse. Se sèlman paske M konsidere nan ki pwen nivo konesans nou sou Mwen lejè, epi nan ki pwen nivo “edikasyon” nou pòv ki fè Mwen epaye nou tout chatiman sa yo. Malgre sa, pi fò nan nou toujou pako konnen tèt nou, oubyen nou panse nou deja satisfè volonte M nan fason n ap aji, epi poutèt sa, nou deja chape anba jijman; oubyen toujou, apre Mwen te vini nan lachè, Mwen pèdi tout tras nan sa limanite ap fè, epi pou rezon sa a tou, nou deja chape anba chatiman; oubyen Bondye nou kwè nan Li a pa egziste nan tout gran espas linivè a, konsa nou redui konesans nou sou bondye nan nivo yon kòve pou nou akonpli alaplas yon bagay pou nou ta kenbe nan kè nou tankou yon devwa nou dwe akonpli, pandan nou fè lafwa nan Bondye tounen yon mwayen pou nou pase yon tan agreyab ki te kapab pase san nou p ap regle anyen. Si M pa t pran pitye pou mank kalifikasyon nou, mank rezon nou ak jijman nou, ebyen nou tout t ap peri nan mitan chatiman Mwen, nou t ap aneyanti yon fason pou nou pa egziste ankò. Men, jistan travay Mwen sou latè rive nan bout li, M ap kontinye gen mizèrikòd pou limanite. Se yon bagay nou tout dwe konnen, epi sispann konfonn byen ak mal.

25 Fevriye 1992

Avan:  Chapit 4

Pwochen:  Chapit 6

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger