Travay Bondye ak Travay Lòm

Ki kantite nan travay lòm ki se travay Sentespri a e ki kantite eksperyans lòm genyen? Yo kapab di moun toujou pa konprann kesyon sa yo, e rezon an sèke yo pa konprann prensip travay Sentespri a. Lè mwen di “travay lòm,” mwen, sètènman, fè referans ak travay sila yo ki gen travay Sentespri a oswa sila yo Sentespri a itilize. Mwen pa fè referans ak travay ki soti nan volonte lòm, men ak travay apot yo, travayè yo, oswa frè ak sè òdinè ki tonbe nan chan travay Sentespri a. Isit la, “travay lòm” pa fè referans ak travay Bondye ki vini nan lachè a, men ak chan ak prensip travay Sentespri a fè sou moun. Menm si prensip sa yo se prensip ak chan travay Sentespri a, yo pa menm ak prensip ak chan travay Bondye ki vini nan lachè a. Travay lòm gen esans ak prensip lòm, e travay Bondye gen esans ak prensip Bondye.

Travay nan kouran Sentespri a, kit li se pwòp travay Bondye oswa travay moun ke yo itilize, se travay Sentespri a. Esans Bondye Li menm se Lespri a, ki kapab rele Sentespri oswa Lespri ki entansifye sèt fwa a. Angwo, yo se Lespri Bondye a, menm si yo rele Lespri Bondye a nan diferan non nan diferan epòk yo. Esans yo se toujou youn. Kidonk, travay Bondye a Li menm se travay Sentespri a, tandiske travay Bondye ki vini nan lachè a pa anyen mwens pase Sentespri a ki nan travay. Travay moun Bondye itilize yo se travay Sentespri a tou. Men travay Bondye a se ekspresyon konplè Sentespri a, ki totalman vrè, alòske travay moun Bondye itilize yo melanje ak anpil bagay lèzòm, e li pa ekspresyon dirèk Sentespri a, ankò mwens ekspresyon konplè Li. Travay sentespri a varye e li pa limite pa okenn kondisyon. Travay Sentespri a varye lakay divès moun; li manifeste divès esans, e li diferan selon epòk la, li diferan selon peyi a tou. Sètènman, menm si Sentespri a travay anpil fason e selon anpil prensip, kèlkeswa jan travay la fèt oswa sou kalite moun li fèt la, esans li toujou diferan; tout travay ki fèt sou divès moun gen prensip li, e tout travay la ka reprezante esans objè li yo. Se paske travay Sentespri a konplètman espesifik nan chan e li konplètman mezire. Travay ki fèt nan lachè enkane a pa menm ak travay ki fèt sou moun, e travay la varye, tou, selon kalib moun li fèt sou li a. Travay ki fèt nan lachè enkane a pa fèt sou moun. An brèf, kèlkeswa jan li fèt, travay ki fèt sou divès moun yo pa janm menm, e prensip Li itilize pou travay yo diferan selon eta ak nati diferan moun Li travay sou yo a. Sentespri a travay sou diferan moun sou baz esans natirèl yo e Li pa fè yo egzijans ki depase esans sa a, ni Li pa fè sou yo travay ki depase kalib natirèl yo. Kidonk, travay Sentespri a sou lòm pèmèt moun yo wè esans objè travay sa a. Esans natirèl lòm pa chanje; kalib natirèl li limite. Sentespri a itilize moun oswa travay sou yo selon limit kalib yo, pou yo ka benefisye ladann. Lè Sentespri a travay sou moun L ap itilize yo, talan moun sa yo ak kalib natirèl yo deklannche, yo pa bloke. Kalib natirèl yo itilize nan sèvis travay la. Nou kapab di Li itilize pati nan lòm yo ki ka sèvi nan travay Li, pou jwenn rezilta nan travay sa. Okontrè, travay ki fèt nan lachè enkane a eksprime travay Lespri a dirèkteman e lespri ak panse lèzòm rann li natirèl; ni don lòm, ni eksperyans lòm, ni kondisyon natirèl lòm pa ka atenn li. Tout pakèt travay Sentespri a fèt pou benifis ak edifikasyon lòm. Sepandan gen kèk moun ki ka fin bon nèt pandan gen lòt ki pa posede kondisyon pou fin bon nèt, sa vle di yo pa ka fin bon nèt e yo ka apèn sove, e menm si yo ka te gen travay Sentespri a, yo elimine finalman. Sa vle di menm si travay Sentespri se edifye moun, yon moun pa ka di tout sila yo ki te gen travay Sentespri a, pral fin bon nèt, paske chemen anpil suiv nan pakou yo se pa chemen pou yo fin bon nèt la. Yo gen sèlman travay inilateral Sentespri a, men pa kowoperasyon sibjektif lòm oswa objektif kòrèk lòm. Konsa, travay Sentespri a sou moun sa yo vini sèvi sila ki ap pèfeksyone. Moun pa ka wè travay Sentespri a dirèkteman, ni moun pa ka touche l dirèkteman yo menm. Se sèlman sila yo ki gen don travay la ki ka eksprime li, sa vle di travay Sentespri founi bay disip yo atravè sa moun eksprime.

Travay Sentespri a akonpli epi konplete atravè anpil kalite moun ak anpil kondisyon diferan. Menm si travay Bondye ki vini nan lachè a ka reprezante tavay yon epòk an antye, epi li ka reprezante antre moun nan nan yon epὸk an antye, travay sou detay antre moun yo toujou bezwen fèt pa moun Sentespri a itilize, e non pa Bondye ki vini nan lachè a. kidonk, travay Bondye a, oswa pwòp ministè Bondye a, se travay lachè enkane Bondye a, ke lòm pa ka fè nan plas Li. Travay Sentespri a fèt atravè anpil kalite moun; okenn moun poukont li pa ka akonpli li annantye, e okenn moun poukont li pa ka eksprime li konplètman. Sila yo ki ap dirije legliz yo pa ka reprezante travay Sentespri a konplètman non plis; yo ka sèlman fè kèk travay kòm dirijan. Konsa, travay Sentespri a kapab divize an twa pati: pwòp travay Bondye a, travay moun k ap sèvi yo, ak travay tout sila yo ki nan kouran Sentespri a. Pwòp travay Bondye a se dirije tout epòk la; travay sila k ap sèvi yo, lè Bondye voye yo oswa lè yo resevwa komisyon apre Bondye fin fè pwòp travay Li, se dirije tout disip Bondye yo, e sila yo se moun ki kolabore nan travay Bondye a; travay la fèt pa Sentespri a sou sila yo ki nan kouran an pou kenbe pwòp travay Li annantye, sa vle di, kenbe jesyon Li annantye ak temwayaj Li, pandan ke L ap pèfeksyone sila ki ka pèfeksyone yo an menm tan. Ansanm, twa pati sa yo se travay konplè Sentespri a, men san travay Bondye a Li menm, travay jesyon an an antye t ap rete anplas. Travay Bondye Li menm enplike travay tout limanite, e li reprezante tou travay epòk la annantye, sa vle di pwòp travay Bondye a reprezante chak dinamik ak tandans travay Sentespri a, tandiske travay apot yo vini aprè pwòp travay Bondye a e li kontinye li, e li pa dirije epòk la, ni li pa reprezante tandans travay Sentespri a nan tout yon epòk. Yo sèlman fè travay lòm dwe fè a, sa pa gen anyen ditou pou wè ak travay jesyon an. Travay Bondye fè a Li menm se yon pwojè nan travay jesyon an. Travay lòm se sèlman devwa moun k ap sèvi yo akonpli, e li pa gen rapò ak travay jesyon an. Malgre yo toude se travay Sentespri a, akoz diferans nan idantite ak reprezantasyon travay la, gen diferans klè ak esansyèl ant pwòp travay Bondye a ak travay lòm. Anplis, mezi travay Sentespri a fè a varye sou moun ki gen diferan idantite. Sa yo se prensip ak dimansyon travay Sentespri a.

Travay lòm nan siyifi eksperyans li ak eta moun li. Sa lòm bay ak travay li fè a reprezante li. Konesans lòm, rezònman lòm, lojik lòm, ak imajinasyon rich li yo enkli nan travay li. Eksperyans lòm patikilyèman kapab siyifi travay li, e eksperyans yon moun vin konpozan travay li. Travay lòm kapab eksprime eksperyans li. Lè kèk moun fè eksperyans ki negatif, pi fò langaj kominyon yo ap gen ladann eleman negatif. Si eksperyans yo pozitif pandan yon peryòd, epi yo posede yon chemen nan aspè pozitif la, kominyon an ankourajan anpil, e moun ka jwenn pwovizyon pozitif nan yo. Si yon travayè vin negatif pandan yon peryòd, kominyon li pral toujou pote eleman negatif. Kalite kominyon sa a depriman, e lòt yo pral vin deprime san yo pa rann yo kont apre kominyon li. Chanjman eta disip yo depann de chanjman eta lidè a. Kèlkeswa sa yon travayè ye nan li menm, se sa li eksprime, e travay Sentespri a souvan chanje avèk eta moun nan. Li travay selon eksperyans moun yo e li pa fòse yo, men li fè moun yo egzijans selon pakou nòmal eksperyans yo. Sa vle di kominyon lòm diferan de pawòl Bondye a. Sa kominyon moun yo transmèt se konesans ak eksperyans endividyèl yo, pandan y ap eksprime vizyon ak eksperyans yo sou baz travay Bondye a. Responsablite yo se aprann, apre Bondye fin travay oswa fin pale, kisa yo dwe pratike oswa antre ladann, epi apre sa pataje li ak disip yo. Kidonk, travay lòm reprezante antre li ak pratik li. Sètènman, travay sa a melanje ak leson lèzòm ak eksperyans oswa kèk panse lèzòm. Kèlkeswa jan Sentespri a travay, kit se sou moun oswa nan Bondye ki vini nan lachè a, travayè yo toujou eksprime sa yo ye. Menm si se Sentespri a k ap travay, travay la baze sou sa lòm ye nan li menm, paske Sentespri a pa travay san baz. Nan yon lòt sans, travay la pa soti nan anyen, men li toujou fèt an akò ak sikonstans reyèl epi kondisyon veritab yo. Se sèlman nan fason sa a tanperaman lòm ka transfòme e ansyen nosyon li ak ansyen panse li yo ka chanje. Sa lòm eksprime se sa li wè, eksperimante, e kapab imajine, e panse lòm kapab atenn li, menm si se doktrin oswa nosyon. Travay lòm pa ka depase dimansyon eksperyans lòm, ni sa lòm wè, ni sa lòm ka imajine oswa konsevwa, kèlkeswa gwosè travay sa a. Tout sa Bondye eksprime se sa Li ye Li menm, e lòm pa ka akonpli sa—sa vle di panse lòm pa ka atenn li. Li eksprime travay Li pou dirije tout limanite, e sa pa gen rapò ak detay eksperyans moun, men pito li gen pou wè ak pwòp jesyon Li. Sa lòm eksprime se eksperyans li, tandiske sa Bondye eksprime se moun Li ye a, ki se vrè nati Li, ke lòm pa ka atenn. Eksperyans lòm se vizyon li ak konesans ke li pran sou baz ekspresyon Bondye de moun Li ye a. Yo rele vizyon sa ak konesans sa rele moun lòm ye a, epi baz ekspresyon yo se tandans natirèl lòm ak kalib li—se pou sa yo rele yo tou moun lòm ye a. Lòm kapab admèt sa li eksperimante ak sa li wè. Pèsonn pa ka admèt sa li pa eksperimante, sa li pa wè, oswa sa panse li pa ka atenn, sa yo se bagay li pa gen nan li. Si sa lòm eksprime pa soti nan eksperyans li, alò se imajinasyon li oswa doktrin. Nan mo ki senp, pa gen reyalite nan pawòl li yo. Si w pa t janm antre ankontak ak bagay yo nan sosyete a, ou pa t ap kapab kominye klèman ak relasyon konplèks sosyete a. Si w pa t gen fanmi, lè lòt moun ap pale de pwoblèm fanmi, ou pa t ap konprann pifò nan sa yo di. Kidonk, sa lòm antre landan ak travay li fè reprezante sa li ye anndan li. Si yon moun te kominye konpresyansyon li sou chatiman ak jijman, men ou pa t gen okenn eksperyans nan sa, ou pa t ap oze nye konesans li, ankò mwens oze fè li konfyans a san pou san. Sa se paske kominyon se yon bagay ou pa t janm eksperimante, yon bagay ou pa t janm konnen, epi lespri w pa ka imajine li. Apati de konesans yo, tout sa w ka pran se yon chemen pou sibi chatiman ak jijman a lavni. Men chemen sa a kapab sèlman yon chemen konesans doktrinal; li pa ka pran plas pwòp konpreyansyon w, ankò mwens pwòp eksperyans ou. Petèt ou panse sa yo di a toutafè kòrèk, men nan pwòp eksperyans ou, ou twouve li enpratikab nan anpil fason. Petèt ou santi gen nan bagay ou tande yo ki konplètman enpratikab; w ap nouri ide sou li nan moman an, e menm si ou aksepte li, ou fè sa avèk retisans. Men nan pwòp eksperyans ou, konesans ou pran nosyon yo nan li a vin fason ou pratike, e plis ou pratike, se plis ou konprann vrè valè ak siyifikasyon pawòl ou te tande yo. Apre w fin fè pwòp eksperyans ou, ou ka pale sou konesans ou ta dwe genyen sou sa ou te eksperimante a. Anplis, ou kapab tou fè distenksyon ant sila yo ki gen konesans reyèl e pratik ak sila yo konesans yo baze sou doktrin ak bagay ki san valè. Kidonk, pou konesans ou pwofese a an akò ak verite a depann an gran pati de si ou gen konesans pratik sou li. Kote gen verite nan eksperyans ou, konesans ou ap pratik e li ap gen valè. Atravè eksperyans ou, ou kapab genyen tou disèneman ak vizyon, apwofondi konesans ou, ak ogmante sajès ou ak bon sans ou sou fason ou ta dwe kondui tèt ou. Konesans moun ki pa posede verite yo eksprime a se doktrin, kèlkeswa jan l kapab wo nivo. Kalite moun sa a ka byen gen anpil entelijans nan bagay lachè, men li pa ka fè ditenksyon lè se bagay espirityèl. Se paske moun sa yo pa gen eksperyans ditou nan zafè espirityèl. Sa yo se moun ki pa gen limyè nan zafè espirityèl epi ki pa konprann zafè espirityèl non plis. Kèlkeswa kalite konesans ou eksprime, toutotan li se moun ou ye a, se eksperyans pèsonèl ou, se konesans reyèl ou. Sa moun ki pale de doktrin yo—sila yo ki se moun ki pa posede ni laverite ni reyalite—diskite yo kapab rele tou moun yo ye a paske yo te rive nan doktrin yo sèlman atravè refleksyon pwofon e li se rezilta meditasyon pwofon yo. Men li se sèlman doktrin, li pa anyen plis pase imajinasyon! Eksperyans tout kalite moun reprezante bagay ki anndan yo. Okenn moun ki san eksperyans espirityèl pa ka pale de konesans verite a, ni de bon jan konesans sou divès bagay espirityèl yo. Sa lòm eksprime se sa li ye anndan li—sa sèten. Si yon moun vle gen konesans sou bagay espirtyèl yo ak konesans verite a, li dwe genyen vrè eksperyans. Si ou pa ka pale klèman sou bon sans nan lavi moun, konbyen mwens w ap kapab pale de bagay espirityèl yo? Sila yo ki ka dirije legliz yo bay moun lavi, e sila yo ki ka apot pou moun yo dwe gen eksperyans reyèl; yo dwe gen yon bon jan konpreyansyon sou bagay espirityèl yo ak yon bon jan apresyasyon ak eksperyans sou verite a. Se sèlman moun sa yo ki kalifye pou yo vin travayè oswa apot k ap dirije legliz yo. Si se pa sa, yo ka sèlman swiv omwen e yo pa ka dirije, ankò mwens pou yo apot ki ka bay moun lavi. Se paske fonksyon apot yo se pa fè presipitasyon oswa batay; se fè travay bay lavi a ak kondui lòt yo nan transfòmasyon nati yo. Moun ki ranpli fonksyon sa yo gen misyon pou pote yon gwo responsablite, se pa yon responsablite nenpòt moun ka pote. Se sèlman sila yo ki gen sa lavi a ye ki ka antreprann kalite travay sa, sa vle di sila yo ki gen eksperyans verite a. Li pa ka antreprann pa yon moun ki senpleman kapab renonse, ki kapab aji ak presipitasyon, oswa ki vle sakrifye tèt li; moun ki pa gen eksperyans verite a, ki pa t netwaye oswa jije, pa ka fè kalite travay sa. Moun ki pa gen eksperyans verite a, ki se moun san reyalite, pa ka wè reyalite a aklè paske yo menm yo san kalite èt sa. Konsa, kalite moun sa pa sèlman pa ka fè travay dirijan, men, li rete san verite pandan yon bon bout tan, li pral tounen yon sijè eliminasyon. Vizyon ou eksprime a kapab konsidere kòm prèv difikilte ou te eksperimante nan lavi, bagay ou sibi chatiman pou yo, ak zafè ou jije pou yo. Sa vrè pou jijman yo tou: kote yon moun rafine, kote yon moun fèb—sa yo se domèn kote moun gen eksperyans, kote moun gen yon pakou. Pa egzanp, si yon moun konnen fristrasyon nan maryaj, li ap souvan di, “Mèsi Bondye, lwanj pou Bondye, mwen dwe satisfè dezi kè Bondye e mwen dwe ofri tout lavi m, epi mwen dwe remèt maryaj mwen antyèman nan men Bondye. Mwen vle remèt Bondye tout lavi m.” Tout bagay ki nan lòm kapab demontre sa li ye atravè kominyon. Vitès pawòl yon moun, kit li pale fò oswa trankilman—bagay sa yo se pa zafè eksperyans e yo pa ka reprezante sa moun nan genyen ak sa li ye. Bagay sa yo kapab sèlman di si karaktè yon moun bon oswa move, oswa si nati moun nan bon oswa move, men yo pa ka endike si yon moun gen eksperyans. Kapasite yon moun pou li eksprime li lè li ap pale, oswa ladrès oswa vitès pawòl, se jis yon kesyon pratik e sa pa ka ranplase eksperyans yon moun. Lè w ap pale de eksperyans pèsonèl ou, ou di sa w twouve ki enpòtan ak tout sa ki nan ou. Pawòl Mwen reprezante moun Mwen ye a, men lòm pa ka atenn sa mwen di. Sa Mwen di se pa bagay lòm eksperimante, e li pa bagay lòm ka wè; li pa yon bagay lòm ka touche non plis, men li se sa Mwen ye a. Gen kèk moun ki rekonèt sèlman sa Mwen eksprime se sa Mwen te eksperimante, men yo pa rekonèt sa se ekspresyon dirèk Sentespri a. Sètènman, sa mwen di se sa mwen te eksperimante. Se Mwen mwen menm tou ki te fè travay jesyon an pandan sis mil ane. Mwen te eksperimante anpil bagay depi nan kòmansman kreyasyon limanite jiska kounye a, kòman mwen ta enkapab pou M diskite sou sa? Pou sa ki gen a wè ak nati lòm, Mwen te wè klè; Mwen te obsève li sa fè lontan. Kòman Mwen ta enkapab pale klè sou li? Puiske Mwen te wè sibstans lòm aklè, mwen kalifye pou Mwen chatye lòm epi jije li paske lòm annantye soti nan Mwen men Satan kòwonpi li. Sètènman, Mwen kalifye tou pou Mwen evalye travay Mwen te fè a. Menm si travay sa pa fèt pa lachè Mwen, li se ekspresyon dirèk Sentespri a, epi li se sa Mwen genyen ak sa Mwen ye. Kidonk, Mwen kalifye pou eksprime li ak fè travay Mwen dwe fè a. Sa moun yo di se sa yo te eksperimante. Li se sa yo te wè, sa lespri yo ka atenn, ak sa sans yo ka detekte. Se sa yo ka kominye. Pawòl Bondye ki tounen moun nan se ekspresyon dirèk Sentespri a e yo eksprime travay Sentespri a te fè, travay lachè pa t eksperimante oswa wè, men Li toujou eksprime moun Li ye a, paske esans lachè a se Lespri a, e Li eksprime travay Lespri a. Se travay Sentespri a deja fè, menm si lachè pa ka atenn li. Apre enkanasyon an, atravè ekspresyon lachè a, li pèmèt konnen moun Bondye ye a e pèmèt moun wè dispozisyon Bondye ak travay Li te fè a. Travay lòm bay moun plis limyè sou sa yo ta dwe antre ladann ak sa yo ta dwe konprann; li gen ladann kondui moun yo sou chemen konpreyansyon ak eksperimantasyon verite a. Travay lòm se sipòte moun; travay Bondye se louvri nouvo chemen ak nouvo epòk pou limanite, ak revele moun yo sa mòtèl yo pa konnen, pèmèt yo konnen Nati Li. Travay Bondye se dirije tout limanite.

Tout travay Sentespri a fèt nan benefis moun yo. Se totalman yon kesyon edifikasyon moun; pa gen travay ki pa fèt nan benefis lòm. Kit verite a pwofon oswa sipifisyèl, e kèlkeswa kalib sila yo ki asepte verite a, kèlkeswa sa Sentespri a fè, li benefisye moun. Men travay Sentespri a pa ka fèt dirèkteman; li dwe eksprime atravè moun ki kowopere ak Li. Se sèlman konsa moun ka jwenn rezilta travay Sentespri a. Sètènman, lè Sentespri a travay dirèkteman, li pa modifye; men lè Sentespri a travay atravè lòm, li vin kontamine anpil e li pa travay orijinal Sentespri a. Lè sa konsa, verite a chanje nan diferan degre. Disip yo pa resevwa entansyon orijinal Sentespri a men yon konbinezon travay Sentespri ak eksperyans ak konesans lòm. Pati disip yo resevwa ki se travay Sentespri a kòrèk, tandiske eksperyans ak konesans lòm yo resevwa a varye paske travayè yo diferan. Travayè ki gen limyè ak èd Sentespri a pral kontinye gen eksperyans ki chita sou limyè ak konsèy sa a. Nan eksperyans sa gen konbinezon lespri ak eksperyans lòm, menm jan ak sa limanite ye, e apre sa, li gen konesans oswa vizyon li ta dwe genyen. Sa se fason lòm pratike apre li fin eksperimante verite a. Fason sa a pou pratike a pa toujou menm, paske moun yo fè eksperyans diferaman e bagay moun yo eksperimante yo diferan. Nan fason sa a, menm limyè Sentespri a bay diferan konesans ak pratik, paske sila yo ki resevwa limyè a diferan. Gen kèk moun ki fè ti erè pandan pratik la pandanke gen lòt ki fè gwo erè, epi gen kèk ki fè erè sèlman. Se paske moun yo diferan nan kapasite yo pou konprann epi tou paske kalib natirèl yo diferan. Gen kèk moun ki gen yon kalite konpreyansyon apre yo fin tande yon mesaj, epi gen kèk moun ki gen yon lòt apre yo fin tande yon verite. Gen kèk moun ki devye lejèman, pandan gen lòt ki pa konprann vrè siyifikasyon verite a ditou. Kidonk, konpreyansyon yon moun dikte li kòman li pral dirije lòt moun; sa se bon jan verite, paske travay yon moun se senpleman ekspresyon sa moun nan ye. Moun ki dirije pa sila yo ki yon bon jan konpreyansyon sou verite a pral genyen tou yon bon jan konpreyansyon sou verite a. Menm si gen moun ki gen erè nan konpreyansyon yo, gen yon ti kantite minim nan yo, e se pa tout moun ki pral gen erè. Si yon moun gen erè nan konpreyasyon l sou verite a, moun ki ap swiv li yo pral san dout nan erè tou, e moun sa yo pral nan erè nan tout sans mo a. Degre konpreyansyon disip yo genyen sou verite a depann angrannpati de travayè yo. Sètènman, verite ki soti nan Bondye a kòrèk e li pa gen erè, e li sèten a sanpousan. Travayè yo, sepandan, pa fin kòrèk nèt e moun pa ka di yo totalman fyab. Si travayè yo gen yon fason ki trè pratik pou mete verite a an pratik, disip yo pral genyen tou yon fason pou pratike. Si travayè yo pa gen yon fason pou pratike verite a, men yo gen sèlman doktrin, disip yo pa p gen bagay ki reyèl. Kalib ak nati disip yo detèmine pa nesans e yo pa asosye ak travayè yo, men nan mezi disip yo konprann verite a ak konnen Bondye depann de travayè yo (se pou kèk moun sèlman li konsa). Kèlkeswa jan yon travayè ye, se konsa disip li ap dirije pral ye. Sa yon travayè eksprime pwòp moun li ye a, san rezèv. Egzijans li fè moun ki ap swiv li yo se sa li menm li vle oswa kapab reyalize. Pifò travayè yo itilize sa yo fè yo menm kòm baz pou fè disip yo egzijans, malgre gen anpil bagay disip yo pa ka reyalize ditou—e sa yon moun pa ka reyalize vin yon obstak pou antre li.

Gen ankò mwens devyasyon nan travay sila yo ki te sibi netwayaj, tretman, jijman ak chatiman, epi ekspresyon travay yo pi kòrèk. Sila yo ki konte sou eta natirèl yo pou yo travay fè pi gwo erè toujou. Travay moun sa yo ki pa pèfeksyone exprime twòp nan eta natirèl yo, sa ki poze yon gwo obstak pou travay Sentespri a. Kèlkeswa jan kalib yon moun bon, li dwe sibi netwayaj la tou, tretman, ak jijman anvan li ka fè travay komisyon Bondye a. Si li pa sibi jijman sa a, travay li, kèlkeswa jan li byen fèt, pa ka akòde ak prensip verite a epi li se toujou yon pwodui pwòp eta natitirèl li ak bonte li kòm moun. Travay sila yo ki te sibi netwayaj, tretman, ak jijman pi kòrèk pase travay sila yo ki pa t netwaye, trete, ak jije. Sila yo ki pa t sibi jijman pa eksprime lòt bagay pase lachè ak panse moun, ki melanje ak anpil entelijans moun ak talan natirèl. Sa se pa fason kòrèk lòm eksprime travay Bondye a. Sila yo ki ap swiv moun sa yo vin devan yo ak kalib natirèl yo. Paske yo eksprime twòp nan vizyon ak eksperyans lòm, ki prèske dekonekte avèk entansyon orijinal Bondye epi devye ale twò lwen li, kalite travay sa a ki se travay moun pa ka mennen moun devan Bondye, men li mennen yo pito devan lòm. Kidonk, sila yo ki pa t sibi jijman ak chatiman pa kalifye pou fè travay komisyon Bondye a. Travay yon travayè kalifye ka mennen moun sou bon chemen an epi ba yo pi gwo antre nan verite a. Travay li ka mennen moun devan Bondye. Anplis, travay li fè a ka varye soti nan yon moun al nan yon lòt, e li pa mare ak règ, li pèmèt liberasyon ak libète moun, e kapasite a ogmante pezape nan lavi epi genyen yon antre ki pi pwofon nan verite a. Travay yon travayè ki pa kalifye se yon gwo echèk. Travay li ranpli ak foli. Li ka sèlman fè moun konnen règ, epi sa li egzije moun yo pa varye soti nan yon moun al nan yon lòt; li pa travay selon bezwen reyèl moun yo. Nan kalite travay sa a, gen twòp règ ak twòp doktrin, e li pa ka mennen moun yo nan reyalite a, ni nan pratik nòmal avansman nan lavi. Li kapab sèlman pèmèt moun yo respekte kèk règ ki san valè. Èd sa a kapab sèlman mete moun yo nan move chemen. Li fè w vin menm jan ak li, li ka mete w nan sa li genyen ak nan sa li ye. Pou disip yo disène si dirijan yo kalifye, kle a se gade chemen y ap dirije sou li a ak rezilta travay yo, epi pou wè si disip yo resevwa prensip yo selon verite a, e si yo resevwa fason pou pratike ki bon pou transfòmasyon yo. Ou ta dwe fè distenksyon ant diferan travay diferan kalite moun yo, ou pa ta dwe yon disip ki tankou moun fou. Sa gen rapò ak zafè antre moun yo. Si w pa ka distenge lidèchip ki moun ki gen yon chemen ak sa ki pa genyen, ou pral jwenn desepsyon fasilman. Tout sa gen yon rapò dirèk ak pwòp vi w. Gen twòp eta natirèl nan travay moun ki pa pèfeksyone yo; li melanje ak twòp volonte lòm. Sa yo ye a se eta natirèl—sa yo fèt avèk li. Se pa lavi apre yo fin trete oswa reyalite apre yo fin transfòme. Kòman yon moun konsa ka sipòte sila yo ki ap chèche lavi? Lavi moun sa a gen okòmansman se entelijans oswa talan natirèl li. Kalite entelijans oswa talan sa a vrèman lwen veritab egzijans Bondye yo pou lòm. Si yon moun pa t pèfeksyone epi tanperaman kòwonpi li pa t netwaye epi trete, pral gen yon gwo eka ant sa li eksprime ak verite a; sa li eksprime a pral melanje ak bagay ki vag, tankou imajinasyon li ak eksperyans pasyal li. Anplis, kèlkeswa jan li travay, moun ap santi pa gen okenn objektif jeneral ak okenn verite ki bon pou antre tout moun yo. Pifò nan sa li egzije moun yo depase kapasite yo, se kòm si yo te kana moun fè chita sou jouk. Sa se travay volonte lòm. Tanperaman kòwonpi lòm, panse li yo, ak ide li gaye nan tout pati nan kò li. Lòm pa fèt ak ensten pou pratike verite a, ni li pa gen ensten pou konprann verite a dirèkteman. Anplis tanperaman kòwonpi moun sa a—lè kalite moun natirèl sa a ap travay, èske li pa lakoz entèripsyon? Men yon moun ki te pèfeksyone gen eksperyans verite moun ta dwe konprann nan, ak konesans sou tanperaman kòwonpi li, pou bagay ki vag e ki pa reyèl nan travay li ka diminye pezape, kontaminasyon moun yo vin diminye, e travay li ak sèvis li vin pi pre toujou kritè Bondye egzije yo. Konsa, travay li antre nan reyalite verite a epi li vin reyalis tou. Panse ki nan lespri lòm yo an patikilye bloke travay Sentespri a. Lòm gen yon imajinasyon ki rich ak yon lojik rezonab, e li gen yon eksperyans ki long nan jesyon zafè yo. Si aspè sa yo nan lòm pa sibi netwyaj ak koreksyon, yo tout se obstak pou travay la. Kidonk, travay lòm pa ka rive kòrèk nan pi wo degre, sitou travay moun ki pa pèfeksyone yo.

Travay lòm rete nan yon kategori epi li limite. Yon moun ka sèlman fè travay yon sèten faz e li pa ka fè travay tout epòk la—sinon, li t ap kondui moun yo anba yon bann règ. Travay lòm ka sèlman aplike pou yon tan oswa yon faz patikilye. Se paske eksperyans lòm gen chan li. Moun pa ka konpare travay lòm ak travay Bondye. Fason lòm pratike ak konesans li sou verite a yo tout aplikab pou yon chan patikilye. Ou pa ka di chenmen lòm ap mache ladann nan se konplètman volonte Sentespri a, paske lòm ka sèlman eklere pa Sentespri a, e li pa ka konplètman ranpli ak Sentespri a. Bagay lòm eksperimante tout nan chan nòmal eta moun e yo pa ka depase limit panse lespri moun nòmal. Tout sila yo ki ka viv reyalite verite a fè eksperyans nan limit sa a. Lè yo fè eksperyans verite a, li toujou yon eksperyans lavi moun nòmal ki eklere pa Sentespri a; li pa yon fason pou eksperimante ki devye soti nan lavi moun nòmal. Yo eksperimante verite ki eklere pa Sentespri a sou baz yo ap viv lavi yo kòm moun. Anplis, verite sa a varye soti nan yon moun al nan yon lòt, e pwofondè li gen rapò ak eta moun nan. Yon moun ka sèlman di chemen li ap mache ladann nan se lavi moun nòmal yon moun k ap chèche verite a, e li kapab rele chemen kote yon moun nòmal ki eklere pa Sentespri a te mache. Yon moun pa ka di chemen li ap mache ladann nan se chemen Sentespri a pran. Nan eksperyans moun nòmal, paske moun ki ap chèche yo pa menm, travay Sentespri a pa menm non plis. Anplis, paske anviwònman moun yo ap eksperimante ak limit eksperyans yo pa menm, e akoz melanj lespri yo ak panse yo, eksperyans yo melanje nan diferan nivo. Chak moun konprann yon verite selon kondisyon diferan ak pèsonèl li. Konpreyansyon li sou vrè siyifikasyon verite a pa konplè e se sèlman youn oswa plizyè aspè ladann. Chan verite lòm eksperimante a varye soti nan yon moun al nan yon lòt selon kondisyon chak moun. Nan fason sa a, konesans menm verite a, jan li eksprime pa diferan moun yo, pa menm. Sa vle di, eksperyans lòm toujou gen limit e li pa ka reprezante konplètman volonte Sentespri a, ni moun pa ka wè travay lòm kòm travay Bondye, menm si sa lòm eksprime a koresponn anpil ak volonte Bondye, e menm si eksperyans lòm pwòch anpil ak travay pèfeksyònman Sentespri a fè a. Lòm ka sèlman sèvitè Bondye, ki ap fè travay Bondye konfye li. Lòm ka sèlman eksprime konesans ki eklere pa Sentespri a ak verite li jwenn nan eksperyans pèsonèl li. Lòm pa kalifye e li pa ranpli kondisyon pou li sòkèt Sentespri a. Li pa gen dwa di travay li se travay Bondye. Lòm gen prensip travay lòm, e tout moun gen diferan eksperyans e posede kondisyon ki varye. Travay lòm gen ladann tout eksperyans li anba limyè Sentespri a. Eksperyans sa yo ka sèlman reprezante sa lòm ye e yo pa reprezante sa Bondye ye oswa volonte Sentespri a. Kidonk, moun pa ka di chemen lòm ap mache ladann nan se chemen kote Sentespri a mache, paske travay lòm pa ka reprezante travay Bondye, e travay lòm ak eksperyans lòm se pa volonte total Sentespri a. Travay lòm siseptib pou tonbe anba règ, e metòd travay li fasilman fèmen nan chan limite, e li pa ka mennen moun nan yon chemen ki lib. Pifò disip yo viv nan yon chan limite, e fason yo fè eksperyans yo limite tou nan chan li. Eksperyans lòm toujou limite, metòd travay li limite tou ak kèk tip e moun pa ka konpare li ak travay Sentespri a oswa travay Bondye a Li menm. Se paske eksperyans lòm, finalman, limite. Kèlkeswa jan Bondye fè travay Li, li pa mare ak règ; kèlkeswa jan li fèt, li pa limite ak yon sèl metòd. Pa gen okenn règ pou travay Bondye—Tout travay li parèt klè epi li lib. Kèlkeswa kantite tan lòm pase ap swiv li, li pa ka tire okenn lwa ki gouvène fason Bondye travay. Malgre travay Li gen prensip, li toujou fèt nan nouvo fason, e li toujou gen nouvo devlòpman, e lòm pa ka atenn li. Nan yon sèl peryòd, Bondye ka gen plizyè kalite travay diferan ak diferan fason pou dirije moun, Li fè li pou moun yo toujou gen nouvo antre ak chanjman. Ou pa ka disène lwa travay Li yo paske Li toujou ap travay nan nouvo fason, e se sèlman konsa disip Bondye yo vin pa mare ak règ. Travay Bondye Li menm toujou evite nosyon moun e li kontrekare yo. Se sèlman sila yo k ap swiv epi chèche Li ak yon vrè kè ki ka fè tanperaman yo transfòme e ki ka viv lib, san yo pa soumèt anba okenn règ oswa san yo pa limite pa okenn nosyon relijye. Travay lòm nan fè moun yo egzijans ki chita sou pwòp eksperyans li ak sa li ka reyalize li menm. Kritè egzijans sa yo limite nan yon sèten chan, e metòd pratik yo limite anpil tou. Konsa, disip yo viv san yo pa rann yo kont nan chan limite sa a; pandan tan ap pase, bagay sa yo vin règ ak rityèl. Si travay yon peryòd dirije pa yon moun ki pa t sibi pèfeksyònman pèsonèl Bondye e li pa t pase nan jijman, disip li yo ap vin relijyonis ak ekspè nan rezistans kont Bondye. Kidonk, si yon moun se yon lidè kalifye, fòk moun sa a te pase nan jijman epi te asepte pou yo pèfeksyone li. Sila yo ki pa t sibi jijman, menm si yo ka gen travay Sentespri a, yo eksprime sèlman bagay ki vag e ki pa reyèl. Avèk tan an, yo pral mennen moun yo nan règ ki vag ak sinatirèl. Travay Bondye fè a pa annakò ak lachè lòm. Li pa annakò ak panse lòm yo, men li opoze ak nosyon lòm yo; li pa takte ak koulè relijye vag yo. Rezilta yo nan travay Bondye a pa ka reyalize pa yon moun Li pa t pèfeksyone pa Li menm; panse lòm pa ka atenn yo.

Travay nan lespri lòm twò fasil pou lòm reyalize. Pastè ak lidè yo nan mond relijye a, pa egzanp, apiye sou don ak pozisyon yo pou fè travay yo. Moun ki ap swiv depi lontan pral kontamine pa don yo ak enfliyanse pa yon pati nan sa yo ye a. Yo fokis sou don, kapasite, ak konesans moun yo, e yo bay atansyon ak bagay sinatirèl, ak anpil doktrin pwofon ki pa reyalis (sètènman, doktrin pwofon sa yo pa aplikab). Yo pa fokis sou chanjman nan tanperaman moun yo, men pito sou fòme moun pou yo preche ak travay, amelyore konesans moun yo ak doktrin relijye abondan yo. Yo pa fokis sou kantite chanjman ki fèt nan tanperaman moun yo ni sou kantite moun yo konprann nan verite a. Yo pa fè tèt yo enkyetid pou esans moun yo e ankò mwens pou eseye konnen eta nòmal ak anòmal moun yo. Yo pa opoze ak nosyon moun yo, ni yo pa revele nosyon pa yo, ankò mwens yo pa debarase moun yo ak mank yo oswa kòripsyon yo. Pifò moun k ap swiv yo sèvi ak don yo, e tout sa yo degaje se nosyon relijye ak teyori teyolojik, ki pa gen rapò ak reyalite a epi ki konplètman enkapab bay moun yo lavi. An reyalite, esans travay yo se nouri talan, nouri yon moun ki pa gen anyen pou fè li vin yon diplome seminè ki gen talan e ki pral kontinye travay ak dirije apre. Èske w ka disène yon lwa nan sis mil ane travay Bondye a? Gen anpil règ ak restriksyon nan travay lòm fè, e sèvo lòm twò dògmatik. Sa lòm eksprime, alò, se konesans ak reyalizasyon ki nan chan eksperyans li. Lòm pa ka eksprime anyen apa sa. Eksperyans oswa konesans lòm pa soti nan don natirèl li oswa ensten li; yo pwodui gras ak èd Bondye ak travay dirèk Li fè kòm bèje. Lòm gen kapasite sèlman pou li asepte travay bèje sa e non pa kapasite ki ka eksprime dirèkteman sa divinite a ye. Lòm pa kapab sous la; li sèlman yon veso ki asepte dlo ki soti nan sous la. Sa se ensten moun, kapasite yon moun ta dwe genyen kòm moun. Si yon moun pèdi kapasite ki asepte pawòl Bondye epi pèdi ensten moun nan, moun sa a pèdi tou sa ki gen plis valè a, e li pèdi devwa lòm kòm kreyati. Si yon moun pa gen konesans oswa eksperyans pawòl Bondye oswa travay Li, moun sa pèdi devwa li, devwa li ta dwe fè antanke kreyati, e li pèdi diyite yon kreyati. Se ensten Bondye pou eksprime sa divinite a ye, kit li eksprime nan lachè oswa dirèteman pa Lespri a; sa se ministè Bondye. Lòm eksprime pwòp konesans oswa eksperyans li (sa vle di, li eksprime sa li ye) pandan travay Bondye a oswa apre; sa se ensten lòm ak devwa lòm, e se sa lòm ta dwe reyalize. Menm si sa lòm eksprime vrèman enferyè ak sa Bondye eksprime, e menm sa lòm eksprime a anba anpil règ, lòm dwe fè devwa li ta dwe fè a ak fè sa li dwe fè. Lòm ta dwe fè tout sa ki posib pou moun fè pou akonpli devwa li, e li pa ta dwe menm gen rezèv ki pi piti a.

Apre li fin travay pandan plizyè ane, lòm pral rezime eksperyans anpil ane travay li yo, menm jan ak sajès ak règ li te akimile. Yon moun ki te travay pandan lontan konnen kòman pou li santi mouvman travay Sentespri a; li konnen lè Sentespri a ap travay ak lè Li p ap travay; li konnen kòman pou kominye pandan li ap pote yon fado; e li konnen eta nòmal travay Sentespri a ak eta nòmal avansman moun yo nan lavi. Sa se yon moun ki te travay pandan plizyè ane e ki konnen travay Sentespri a. Sila yo ki te travay pandan lontan pale avèk asirans e san prese; menm lè yo pa gen anyen pou di, yo poze. Anndan, yo ka kontinye priye pou chèche travay Sentespri a. Yo gen eksperyans nan travay. Yon moun ki te tavay pandan lontan, ki gen anpil eksperyans e ki te aprann anpil leson, gen anpil bagay anndan li ki bloke travay Sentespri a; sa se yon defo travay li a ki fèt pandan lontan. Yon moun ki fèk kòmanse travay pa kontamine pa leson oswa eksperyans moun yo e li patikilyèman pèdi konsènan fason Sentespri a travay. Sepandan, pandan dewoulman travay la, li aprann santi pwogresivman kòman sentespri a travay e li vin konnen sa pou l fè pou jwenn travay Sentespri a, sa pou l fè pou frape egzakteman nan pwen fèb lòt yo, ak lòt kalite konesans komen moun k ap travay yo ta dwe posede. Apre yon tan, li vin konnen sajès sa a ak konesans komen travay la tankou do men li, e Li sanble itilize li fasilman lè li ap travay. Sepandan, lè Sentespri a chanje fason Li travay, li toujou rete atache ak ansyen konesans li sou travay la ak ansyen règ travay yo e li gen yon konesans ki piti anpil sou nouvo dinamik travay la. Ane travay yo ak zafè ranpli ak prezans ak èd Sentespri a ba li plis leson toujou sou travay la ak plis eksperyans toujou. Bagay sa yo ranpli li ak konfyans nan tèt li ki pa ògèy. Nan yon lòt sans, li vrèman pran plezi nan pwòp travay li ak satisfaksyon pou konesans komen li te jwenn sou travay Sentespri a. An patiklye, lè li fin jwenn oswa reyalize bagay sa yo lòt moun genyen, sa fè li gen plis konfyans nan tèt li toujou; sanble travay Sentespri a nan li pa janm ka etenn, alòske lòt yo pa kalifye pou tretman espesyal sa a. Se sèlman kalite moun sa yo, ki te travay pandan plizyè ane e sèvis yo gen yon valè konsiderab, ki kalifye pou jwi li. Bagay sa yo vin yon gwo anpechman pou li asepte nouvo travay Sentespri a. Menm si li ka asepte nouvo travay la, li pa ka fè sa toudenkou. Li asire l li fè plizyè vire tounen anvan li asepte li. Sitiyasyon sa a ka sèlman ranvèse pwogresivman, apre ansyen nosyon li yo fin trete e ansyen tanperaman li pase nan jijman. San pase pa etap sa yo, li pa abandonee e asepte fasilman nouvo ansèyman ak travay ki pa annamoni ak ansyen nosyon li yo. Sa se bagay ki pi difisil pou trete nan lòm, e li pa fasil pou chanje. Si, antanke travayè, li kapab alafwa gen yon konpreyansyon sou travay Sentespri a ak rezime dinamik travay la, e li ka pa anba restriksyon eksperyans travay li yo epi asepte nouvo travay nan limyè ansyen travay la, lè sa a li se yon nonm saj ak yon travayè kalifye. Moun yo souvan konsa: yo travay pandan plizyè ane san yo pa ka rezime eksperyans travay yo, oswa, apre yo fin rezime eksperyans yo ak sajès yo konsènan travay la, yo gen anpechman pou asepte nouvo travay la e yo pa ka konprann kòmsadwa oswa trete ansyen ak nouvo travay la kòrèkteman. Moun yo vrèman difisil pou jere! Pifò nan nou konsa. Sila yo ki te fè eksperyans travay Sentespri pandan plizyè ane twouve li dififisil pou asepte nouvo travay la, e yo toujou chaje nosyon yo pa ka mete dekote, alòske yon moun ki fèk kòmanse travay manke konesans komen konsènan travay la e li pa menm konnen kòman pou li jere kèk nan zafè ki pi senp yo. Nou menm moun vrèman difisil! Sila yo ki gen ansyènte tèlman fyè ak ògeye yo bliye ki kote yo te soti. Yo toujou ap meprize moun ki pi jèn yo, men yo pa ka asepte nouvo travay la ak abandone nosyon yo te ranmase ak kenbe yo pandan plizyè ane. Menm si jèn sa yo, moun inyoran yo kapab asepte ti kras nan nouvo travay Sentespri a epi yo vrèman antouzyas, yo toujou tonbe nan konfizyon e yo pa konnen sa pou yo fè lè pwoblèm yo prezante. Yo antouzyas men yo inyoran. Yo genyen sèlman yon ti kras konesans sou travay Sentespri a epi yo pa ka itilize li nan lavi yo; se jis doktrin ki konplètman initil. Gen twòp moun tankou nou; konbyen ki bon pou sèvi? Konbyen ki ka obeyi limyè ak ekleraj Sentespri a epi reyisi kòfome yo ak volonte Bondye? Sanble moun pami nou yo ki se disip jis kounye a obeyisan anpil, men, an reyalite, nou pa abandone ansyen nosyon nou yo, nou toujou ap fouye Bib la, nou kwè nan bagay ki vag, nou pèdi nan nosyon yo. Pa gen youn ki ankete avèk swen sou vrè travay jodi a oswa antre ladann an pwofondè. Nou asepte chemen jodi a avèk ansyen nosyon nou yo. Kisa nou ka genyen ak yon kwayans konsa? Moun ta ka di gen anpil nosyon kache nan nou ki pa janm revele, e nou senpleman ap fè yon gwo efò pou kache yo, san revele yo fasilman. Nou pa asepte nouvo travay la avèk senserite, e nou pa fè plan pou abandone ansyen nosyon nou yo; nou gen twòp filozifi pou lavi a, e yo twò enpòtan. Nou pa abandone ansyen nosyon nou yo e nou trete nouvo travay la avèk retisans. Kè nou twò di, e nou senpleman pa pran etap nouvo travay la akè. Èske bann pa itil tankou nou ka fè travay pwopagasyon levanjil la? Èske nou antreprann travay la pou pwopaje li nan tout linivè? Pratik nou sa yo ap anpeche nou transfòme tanperaman nou ak konnen Bondye. Si nou kontinye konsa, nou sou wout pou elimine.

Nou dwe konnen kòman pou nou fè diferans ant travay Bondye ak travay lòm. Kisa w ka wè nan travay lòm? Gen anpil eleman eksperyans lòm nan travay li; sa lòm eksprime se sa li ye. Pwòp travay Bondye a eksprime tou sa Li ye, men moun Li ye a diferan de moun lòm ye a. Moun lòm ye a reprezante eksperyans ak lavi lòm (sa lòm eksperimante oswa rankontre nan lavi li, oswa filozofi li genyen sou lavi a), epi moun k ap viv nan diferan anviwònman yo eksprime diferan kalite moun. Kit ou gen eksperyans sosyete a ak fason ou vrèman viv nan fanmi w ak fè eksperyans ladann, moun kapab wè li nan sa ou eksprime tandiske ou pa ka wè nan travay Bondye ki vini nan lachè a si Li gen eksperyans sosyal. Li konnen byen sibstans lòm e li ka revele tout kalite pratik tout kalite moun. Li menm pi bon nan revele dispozisyon kòwonpi ak konpòtman rebèl lèzòm. Li pa viv pami moun ki nan mond lan, men Li konnen nati mòtèl yo ak tout kòripsyon moun ki nan mond lan. Sa se moun Li ye a. Menm si li pa trete avèk mond lan, Li konnen règ sou fason pou trete avèk mond lan, paske li konprann nati moun konplètman. Li konnen bagay sou travay Sentespri a je lèzòm pa ka wè e zòrèy lòm pa ka tande jodi a tankou nan tan pase. Sa gen ladann sajès ki pa yon filozofi pou viv ak mèvèy ki difisil pou moun konprann. Sa se moun Li ye a, ouvri sou moun e kache lwen moun an menm tan. Sa Li eksprime se pa sa yon moun ekstraòdinè ye, men karakteristik natirèl ak sa Lespri a ye. Li pa vwayaje nan mond lan men Li konnen tout bagay sou li. Li kontakte “antwopoyid” yo ki pa gen konesans oswa vizyon, men li di pawòl ki pi wo pase konesans e ki depase grantòm yo. Li viv nan mitan yon gwoup moun ki lan nan lespri yo e ki angoudi, ki san eta moun e ki pa konprann konvansyon yo ak lavi limanite, men li ka mande lèzòm pou viv yon eta moun nòmal, an menm tan li revele baz ak jan eta moun lèzòm ba. Tout sa se moun Li ye a, ki pi wo pase tout moun ki fèt ak lachè ak san. Pou Li, li pa nesesè pou fè eksperyans yon vi sosyal konplike, ankonbran ak sal pou fè travay Li bezwen fè ak byen revele sibstans limanite ki kòwonpi. Yon vi sosyal sal pa edifye lachè Li. Travay Li ak pawòl Li sèlman revele dezobeyisans lòm e yo pa bay lòm eksperyans ak leson pou trete avèk mond lan. Li pa bezwen ankete sou sosyete oswa fanmi lòm lè Li bay lòm lavi. Devwale ak jije lòm se pa yon ekspresyon eksperyans lachè Li; se revelasyon Li fè sou enjistis lòm apre Li fin konnen dezobeyisans lòm pandan lontan ak deteste kòripsyon lòm. Travay Li fè a tout se pou revele dispozisyon Li bay lòm ak pou eksprime moun Li ye a. Se sèlman Li menm ki ka fè travay sa; se pa yon bagay moun ki fèt ak lachè ak san ta ka reyalize. Apati de travay Li, lòm pa ka di ki kalite moun Li ye. Lòm pa ka tou klase Li kòm yon kreyati sou baz travay Li. Moun Li ye a fè tou yo pa ka klase Li kòm yon moun yo te kreye. Lòm kapab sèlman konsidere Li kòm Li pa yon moun, men li pa konnen nan ki kategori pou li mete Li, konsa lòm fòse klase Li nan kategori Bondye. Li pa derezonab pou lòm fè sa, paske Bondye te fè anpil travay pami moun yo ke lòm pa ka fè.

Travay Bondye a pa reprezante eksperyans Li nan lachè; travay lòm fè a reprezante eksperyans li. Chak moun pale de eksperyans pèsonèl li. Bondye kapab eksprime verite a dirèkteman, tandiske lòm ka sèlman eksprime eksperyans ki koresponn ak zafè li te eksperimante verite a. Travay Bondye a pa gen règ e li pa soumèt anba kontrent tan an oswa kontrent jeyografik. Li ka eksprime sa Li ye nenpòt lè, nenpòt kote. Li travay jan Li vle. Travay lòm gen kondisyon ak kontèks; san yo, li pa t ap kapab travay e li pa t ap kapab eksprime konesans li sou Bondye oswa eksperyans li nan verite a. Pou di si yon yon bagay se pwòp travay Bondye oswa travay lòm, ou dwe senpleman konpare diferans ant de travay yo. Si pa gen travay Bondye fè Li menm epi gen sèlman travay lòm, ou pral sèlman konnen ansèyman lòm yo se gwo bagay, ki depase kapasite tout lòt moun; jan yo pale, prensip yo aplike nan jesyon bagay yo, epi fason eksperimante ak estab yo nan travay pa alapòte lòt yo. Nou tout admire moun sa yo ki gen bon kalib ak gwo konesans, men ou pa ka wè nan travay ak pawòl Bondye kòman moun Li ye a wo. Pito, Li òdinè, e, lè Li ap travay, Li nòmal ak reyèl men tou mòtèl yo pa ka mezire Li, sa ki an konsekans, fè moun yo santi yon kalite respè pou Li. Petèt eksperyans yon moun nan travay li patikilyèman avanse, oswa imajinasyon li ak rezònman li patikilyèman avanse, e moun li ye a patikilyèman bon; karakteristik sa yo kapab sèlman jwenn admirasyon moun yo, men yo pa enpresyone yo ak fè yo gen lakrent. Tout moun yo admire sila yo ki ka travay byen, ki gen patikilyèman anpil eksperyans, e ki ka pratike verite a, men moun sa yo pa janm ka pwovoke etònman, sèlman admirasyon ak anvi. Men moun yo ki gen eksperyans travay Bondye pa admire Bondye; pito, yo santi travay Li pa alapòte lòm e lòm pa ka konprann li, li fre ak mèveye. Lè moun yo fè eksperyans travay Bondye, premye bagay yo konnen sou li sèke moun pa ka konprann Li, Li saj, ak mèveye, e yo respekte Li san yo pa rann yo kont e yo santi mistè travay Li fè a ki depase konpreyansyon lespri lòm. Moun yo vle sèlman kapab satisfè egzijans li yo, satisfè dezi Li yo; yo pa vle depase Li, paske travay Li fè a depase panse ak imajinasyon lòm e lòm pa ta ka fè li nan plas Li. Menm lòm li menm pa konnen pwòp feblès li yo, men Bondye te fè yon nouvo chemen e Li te vini pou mete lòm nan yon mond ki pi nèf ak pi bèl, e konsa limanite te fè nouvo pwogrè e li te pran yon nouvo depa. Sa moun yo santi pou Bondye se pa admirasyon, oswa pito, se pa sèlman admirasyon. Pi gwo eksperyans yo se etònman ak lanmou, santiman yo sèke Bondye vrèman mèveye. Li fè travay lòm pa ka fè ak di bagay lòm pa ka di. Moun ki te fè eksperyans travay Bondye a toujou gen yon santiman ki pa ka dekri. Moun eksperyans yo gwo ase ka konprann lanmou Bondye; yo ka santi bote Li, travay Li ki tèlman saj, tèlman mèveye, e la se puisans enfini ki pwodui pami yo. Se pa lakrent oswa lanmou ak respè okazyonèl, men yon gwo sans konpasyon Bondye pou lòm ak tolerans Bondye pou li. Sepandan, moun ki te fè eksperyans chatiman Li ak jijman Li santi majeste Li e santi Li pa tolere okenn ofans. Menm moun ki te fè eksperyans anpil nan travay Li pa ka konprann Li; tout moun ki vrèman respekte Li konnen travay Li pa annakò ak nosyon moun yo men tou li opoze ak nosyon yo. Li pa bezwen moun admire Li konplètman oswa bay aparans soumisyon anba Li; pito, yo ta dwe bay vrè Respè ak fè vrè soumisyon. Nan anpil nan travay Li, tout moun ki gen vrè eksperyans santi respè pou Li, ki pi wo pase admirasyon. Moun yo te wè dispozisyon Li akoz travay chatiman ak jijman Li, e poutèt sa yo respekte Li nan kè yo. Bondye fèt pou moun respekte ak obeyi Li, paske moun Li ye a ak dispozisyon Li pa menm ak pa yon kreyati e yo siperyè ak pa yon kreyati. Bondye egziste pa Li menm e Li la pou toutan, Li pa yon kreyati, e sèlman Bondye merite adorasyon ak obeyisans; lòm pa kalifye pou sa. Kidonk, tout moun ki te fè eksperyans travay Li e ki te vrèman konnen Li santi respè pou Li. Sepandan, sila yo ki pa abandone nosyon yon gen sou Li yo—sila yo ki senpleman pa gade Li pou Bondye—pa gen respè pou Li, e menm si yo swiv Li, yo pa konkeri; yo se moun ki natirèman dezobeyisan. Sa Li vle reyalize lè Li travay se pou tout kreyati gen kè yo ranpli ak respè pou Kreyatè a, adore Li, ak soumèt anba dominasyon Li san kondisyon. Sa se rezilta final tout travay Li gen entansyon reyalize. Si moun yo ki gen eksperyans travay sa pa respekte Bondye, menm yon ti kras, e si dezobeyisans lontan yo pa chanje ditou, lè sa a yo sèten pou yo elimine. Si atitid yon moun anvè Bondye se sèlman pou admire Li oswa ba Li respè adistans, e non pa renmen Li nan dimansyon ki pi piti a, sa se rezilta yon moun ki pa gen lanmou nan kè li pou Bondye, e moun sa a manke kondisyon pou li pèfeksyone. Si tout travay sa a pa ka jwenn vrè lanmou yon moun, alò moun sa a pa gen Bondye e li pap chèche verite a tout bon. Yon moun ki pa renmen Bondye pa renmen verite a epi konsa li pa ka gen Bondye, ankò mwens resevwa apwobasyon Bondye. Moun konsa yo, kèlkeswa jan yo fè eksperyans travay Sentespri a, e kèlkeswa jan yo fè eksperyans jijman an, yo pa ka respekte Bondye. Sa yo se moun nati yo pa ka chanje epi ki gen tanperaman ki move anpil. Tout moun ki pa respekte Bondye la pou elimine, pou sibi pinisyon, e sibi pinisyon menm jan ak sila ki fè mal, pou soufri menm plis pase sila yo ki te fè bagay ki pa dwat.

Avan:  Siksè oswa Echèk Depann sou Chemen ke Lòm Pran an

Pwochen:  Konnen Twa Etap Travay Bondye a Se Chemen pou Konnen Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger