Èske w Kwè nan Bondye Tout bon?
Ou ka te mache nan chemen lafwa nan Bondye pandan plis pase youn oswa de ane, epi ou ka te konnen anpil difikilte nan lavi w pandan ane sa yo; oswa ou ka pa t konnen anpil difikilte, epi ou te resevwa anpil gras pito. Petèt tou ou pa t konnen ni difikilte ni gras, men w te viv pito yon vi ki pa remakab. Kanmèm, ou toujou ap swiv Bondye, konsa, annou pale sou kesyon swiv Bondye a. Sepandan, mwen dwe raple tout moun kap li pawòl sa yo ke pawòl Bondye a te adrese ak moun ki konnen Li epi swiv Li, men li pat adrese ak tout moun, ke yo te konnen Li ke yo pat konnen Li. Si w kwè Bondye te pale ak mas yo, ak tout moun nan mond lan, pawòl Bondye a pap fè efè nan ou. Kidonk, ou dwe kenbe tout pawòl sa yo nan kè w, epi pa janm bliye yo. Antouka, annou pale sou sa kap pase lakay nou.
Kounye a, nou tout dwe konprann siyifikasyon lafwa nan Bondye. Siyifikasyon lafwa nan Bondye mwen t ap pale anvan an te gen rapò ak bagay pozitif ki lakay nou. Jodi a se pa menm bagay. Jodi a mwen ta renmen analize sa ki gen nan lafwa nou nan Bondye. Asireman, sa ap gide nou nan sans negatif; si m pa t fè sa, enben nou pa t ap janm konnen vrè vizaj nou, epi nou t ap toujou vante tèt nou nan di nou jis epi fidèl. Mwen gen rezon lè m di si m pat ekspoze salte ki nan fon kè nou, nou tout tap plase yon kouwòn sou tèt nou epi kenbe tout glwa a pou tèt nou. Nati awogan ak vanite nou yo fè nou trayi pwòp konsyans nou, pou fè rebèl ak rezistans ak Kris la, epi pou montre jan nou lèd, sa fè entansyon nou yo parèt aklè, lide nou yo, dezi ekstravagan nou yo, ak je nou ki chaje ak goumandiz. Epi nou kontinye ap pale de pasyon nou genyen depi lontan pou travay Kris la, ak repete san rete verite Kris te di depi lontan. Sa se “lafwa” nou—“lafwa san tach nou an.” Mwen te toujou kenbe lòm nan yon estanda ki estrik. Si lwayote nou vini avèk entansyon ak kondisyon, Mwen ta pito rete san swadizan lwayote sa a, paske Mwen rayi sila yo ki twonpe Mwen nan entansyon yo epi ki ap mete kondisyon devan Mwen pou fè chantaj. Mwen sèlman swete pou lòm fidèl ak Mwen tout bon, epi pou fè tout bagay pou—epi pwouve—yon mo: lafwa. Mwen rayi lè n ap itilize flatri nou yo pou eseye fè kè m kontan, paske Mwen te toujou trete nou avèk senserite, konsa Mwen swete pou nou aji avèk bonjan lafwa anvè Mwen. Pou sa ki konsène lafwa, anpil moun ka panse yo ap swiv Bondye paske yo gen lafwa, sinon yo patap konnen soufrans sa a. Kidonk, mwen mande nou sa: Si nou kwè Bondye egziste, poukisa nou pa onore Li? Si nou kwè Bondye egziste, poukisa pa gen yon ti kras krent pou Li nan kè nou. Nou dakò Kris se Bondye ki tounen moun nan, men poukisa nou meprize Li? Poukisa nou aji san respè pou Li? Poukisa nou jije Li san kache? Poukisa nou toujou ap siveye mouvman Li yo? Poukisa nou pa soumèt nou anba prensip Li yo? Poukisa nou pa aji selon pawòl Li? Poukisa n ap eseye dewobe epi vòlè ofrann Li? Poukisa n ap pale nan plas Kris la? Poukisa n ap jije si travay Li ak pawòl Li kòrèk? Poukisa nou pèmèt nou derespekte Li? Eske se bagay sa yo ak lòt yo ki fòme lafwa nou?
Pawòl nou ak konpòtman nou montre nou pa kwè nan Kris. Enkredilite anvayi motif ak objektif tout sa n ap fè. Menm rega nou montre nou pa kwè nan Kris. Yo ka di chak minit ki pase, nou tout ap nouri bagay enkredilite yo. Sa vle di, a chak moman, nou riske trayi Kris la, paske san k ap koule nan kò nou an melanje ak enkredilite nou nan Bondye ki te vini nan lachè a. Kidonk, mwen di tras pye nou kite sou chemen lafwa nan Bondye a pa reyèl, pandan n ap mache sou chemen lafwa nan Bondye a, nou pa byen asire pye nou—nou senpleman ap fè mouvman. Nou pa janm kwè nan pawòl Kris la totalman epi nou pa ka mete l an pratik touswit. Se rezon sa a ki fè nou pa gen lafwa nan Kris. Lè nou gen kèk lide sou Li se yon lòt rezon ki fè nou pa gen lafwa nan Li. Lè nou toujou gen dout sou travay Kris la, lè pawòl Kris la antre nan zòrèy ki soud, lè nou gen opinyon sou kèlkeswa travay Kris fè, e lè nou paka byen konprann travay Li, lè nou paka rive mete lide nou yo sou kote kèlkeswa eksplikasyon nou resevwa, elatriye—sa yo se bagay enkredilite ki melanje nan kè nou. Menm si n ap swiv travay Kris la e nou pa janm rete dèyè, gen twòp rebelyon nan kè nou. Rebelyon sa a se salte ki nan kwayans nou nan Bondye. Petèt nou pa panse se sa l ye, men si ou pa anmezi pou, n ap pami moun ki ap peri yo, paske Bondye pèfeksyone sèlman moun ki kwè nan Li, pa sila yo ki gen dout sou Li, epi omwen tout moun ki ap swiv Li ak kè sere malgre yo pa janm kwè Li se Bondye.
Gen moun ki pa rejwi nan laverite, alewè pou jijman. Yo pito rejwi nan pouvwa ak richès, yo rele moun sa yo moun kap chache pouvwa. Yo chache sèlman denominasyon ki gen enfliyans nan mond lan, e yo chache sèlman pastè ak anseyan ki soti nan seminè yo. Menm si yo te asepte chemen verite a, yo se kwayan amwatye; yo pa kapab bay tout kè yo ak lespri yo. Yo di yo envesti tèt yo pou Bondye, men je yo fikse sou gwo pastè ak anseyan, e yo pa voye je gade Kris la. Sa ki nan kè yo se popilarite, fòtin ak glwa. Yo panse li pa kesyon pou yon ti nonm konsa ta kapab konkeri tout moun sa yo, pou yon nonm ki pa remakab ta kapab rann lòm pafè. Yo panse li pa kesyon pou bann pa anyen sa yo ki nan pousyè ak fimye yo se moun Bondye chwazi. Yo kwè si moun sa yo te fè objè sali Bondye a, syèl la ak tè a tap chavire tèt anba, e tout moun tap ri tèt yo. Yo kwè si Bondye te chwazi bann pa anyen sa yo pou yo vin pafè, gwo moun sa yo t ap tounen Bondye Li menm. Pèspektiv yo kouvri ak enkredilite; anplis yo enkredil, yo se senpleman yon bann bèt ridikil. Paske se estati, prestij, ak pouvwa sèlman yo bay valè, e se gran gwoup ak gran denominasyon sèlman yo bay enpòtans. Yo pa gen okenn konsiderasyon pou moun Kris ap kondui yo, yo se senpleman yon bann trèt ki vire do bay Kris la, laverite ak lavi.
Sa ou admire se pa imilite Kris la, men se pito fo bèje sa yo ki nan gwo pozisyon. Ou pa admire bote ak sajès Kris la, men pito sila yo ki nan libètinaj, kap benyen nan salte mond lan. Ou pase doulè Kris la ki pa gen yon kote pou l poze tèt li nan betiz, men ou admire kadav sa yo kap kouri dèyè ofrann epi kap viv nan debòch. Ou pa vle soufri bò kote Kris la, men ou kontan lage kò ou nan bra antikris tèt rèd sa yo, menm si yo ranpli ou sèlman ak lachè, pawòl ak kontwòl. Menm kounye a, kè ou toujou branche sou yo, sou repitasyon yo, sou estati yo, sou enfliyans yo. Epi ou kontinye kenbe yon atitid kote ou twouve travay Kris la difisil pou dijere e ou pa vle asepte li. Se poutèt sa mwen di ou manke lafwa pou rekonèt Kris la. Sak fè w ap swiv Li jis jodi a se paske ou pa gen lòt opsyon. Yon seri gwo imaj toujou ap monte nan kè ou; ou pa kapab bliye pawòl yo ak aksyon yo, ni pawòl ak men yo ki gen enfliyans. Nan kè nou, yo se gwo moun ak ewo pou toutan. Men se pa konsa sa ye pou Kris jodi a. Li toujou ensiyifyan nan kè ou, Li toujou pa merite reverans. Paske Li twò òdinè, enfliyans Li twò piti, epi Li lwen pou L enpozan.
Antouka, mwen di tout sila yo ki pa bay laverite valè se enkredil ak moun ki trayi laverite a. Moun sa yo pap janm resevwa apwobasyon Kris la. Eske ou wè kounye a kouman ou enkredil, e kouman ou trayi Kris la? Map egzòte ou: pwiske ou chwazi chemen laverite, ou dwe konsakre ou ak tout kè ou; piga ou yon pye deyò, yon pye anndan oswa amwatye. Ou dwe konprann Bondye pa pou mond lan ni pou pèsonn, men pou tout sila yo ki vrèman kwè nan Li, tout sila yo ki adore Li, ak tout sila ki konsakre yo epi ki fidèl ak Li.
Jodi a, nou enkredil anpil. Gade byen nan nou menm, e asireman nap jwenn repons lan. Lè ou jwenn vrè repons lan, w ap admèt ou pa kwè nan Bondye, men pito nou se moun ki desevwa, blasfeme, ak trayi Li, epi ou pa lwayal anvè Li. Alò, w ap rann ou kont Kris se pa yon moun, men Li se Bondye. Lè jou sa va rive, w ap adore, gen krentif, e renmen Kris la toutbon. Pou kounye a, se sèlman trant pousan nan kè nou ki ranpli ak lafwa, tandiske lòt swasanndi pousan an ranpli ak dout. Tout sa Kris fè ak di bon pou ba nou nosyon ak opinyon sou Li, nosyon ak opinyon ki boujonnen nan enkredilite total nou nan Li. Nou admire e gen krentif pou Bondye nan syèl la nou pa wè a, epi nou pa gade Kris ki vivan sou tè a. Eske sa tou se pa enkredilite nou? Nou gen anvi sèlman pou Bondye ki te travay nan tan pase a, men nou pa fè fas ak Kris jodi a. Tout sa se “lafwa,” ki melanje pou toutan nan kè nou, lafwa ki pa kwè nan Kris jodi a. Mwen pap souzestime nou nan okenn fason, paske gen twòp enkredilite nan nou, gen twòp bagay nan nou ki pa pwòp e ki dwe diseke. Salte sa yo se siy nou pa gen lafwa ditou; yo se prèv nou renonse a Kris, e yo se mak nou kòm moun ki trayi Kris la. Yo se vwal ki bare konesans nou sou Kris la, yon baryè ki anpeche Kris genyen nou, yon obstak pou konpatiblite nou ak Kris la, epi pwouve Kris pa apwouve nou. Kounye a li lè pou nou egzamine tout lavi nou! Lè nou fè l konsa nap benefisye nan tout fason ki imajinab!