Eske w’ Se Yon Moun Ki te tounen a lavi?
Se sèlman lè w’ debarase w’ de dispozisyon kowonpi ou yo epi reyisi viv nòmal tankou moun ke ou pral vin bon nèt. Byen ke ou p’ap kapab bay pwofesi, ni pale de okenn mistè, men ou pral viv epi bay imaj ke w’ se yon moun. Bondye te kreye lòm, men Satan te vin gate lòm apre, konsa moun sa yo vin tounen “moun mouri.” Kidonk, apre ou fin chanje, ou p’ap menm jan ak “moun mouri” sa yo ankò. Se pawòl Bondye yo ki fè lespri moun yo viv ankò epi fè yo fèt yon dezyèm fwa, e lè lespri moun yo fèt yon lòt fwa, se lè sa a yo pral viv ankò. Lè M’ap pale de “moun mouri,” M’ap pale de kadav ki pa gen lespri yo, ak moun ki gen lespri yo mouri anndan yo. Lè etensèl lavi a limen nan lespri moun yo, se lè sa a moun yo ap viv. Sen ke yo t’ap pale de yo anvan an fè referans ak moun ki te tounen gen lavi ankò, sila yo ki te anba infliyans Satan men ki rive gen viktwa sou Satan. Pèp chwazi Lachin nan te andire yon pèsekisyon kriyèl e atròs ak riz gwo dragon wouj la; sa ki te kite yo ak lespri yo ravaje e san yon ti kal kouraj pou viv. Konsa, revèy lespri yo dwe kòmanse nan nati yo: tikras pa tikras, lespri yo dwe reveye nan nati yo. Lè y’ap reprann vi yon jou, p’ap gen pyès obstak ankò epi tout bagay pral pase byen swa. Kounye a, sa pakab reyalize. Pifò moun ap viv yon fason ki anjandre anpil kouran mòtèl; lonbraj lanmò kouvri yo epi yo manke anpil bagay. Pawòl kèk nan moun pote lanmò, aksyon yo pote lanmò e prèske tout bagay yo fè nan fason y’ap viv gen lanmò ladan l’. Si, jodia, moun yo rann temwanyaj de Bondye piblikman, enben yo pral echwe nan travay sa a, paske yo poko tounen a lavi nèt epi gen twòp moun ki mouri nan mitan nou. Jodia, gen kèk moun k’ap mande poukisa Bondye pa moutre sin ak mirak pou L’ ka repann zèv Li yo byen vit nan mitan payen yo. Mò yo pa ka bay temwanyaj sou Bondye; sa a se bagay ke sèlman moun ki vivan ka fè, e poutan laplipa moun jodia se “mounmouri”; twòp nan yo ap viv anba lonbraj lanmò, anban infliyans Satan, epi yo pa kapab gen viktwa. Nan kondisyon sa a, kòman yo ta ka rann temwanyay pou Bondye? Kòman yo ta ka propaje travay levanjil la?
Tout sila yo k’ap viv anba enfliyans fènwa se moun k’ap viv nan lanmò, se moun Satan posede. San Bondye pa sove yo, jije yo epi pini yo, moun yo p’ap ka chape anba anpriz lanmò; yo p’ap ka tounen moun vivan ankò. “Moun mouri” sa yo p’ap ka bay temwanyaj de Bondye, ni Bondye p’ap ka itilize yo, ankò mwens pou yo ta antre nan wayòm nan. Bondye vle temwanyaj moun ki vivan, pa temwanyaj moun ki mouri yo, epi Li vle se moun ki vivan, se pa mò yo, ki pou travay pou Li. “Mò yo” se sila yo ki opoze e fè rebèl ak Bondye; yo se moun ki paralize nan lespri e ki pa konprann pawòl Bondye yo; yo se moun ki pa mete verite a an pratik epi ki pa menm gen yon tikras fidelite anvè Bondye, yo se sila yo k’ap viv anba dominasyon Satan epi Satan ap eksplwate yo. Mò yo manifeste tèt yo lè yo kanpe an fas verite a, lè y’ap fè rebelyon kont Bondye, e pandan yo enferyè, meprizan, malveyan, sovaj, trompè e trèt. Menm si jan de moun sa yo manje ak bwè pawòl Bondye, yo pa ka viv pawòl Bondye yo; malgre y’ap viv, men yo jis se mò vivan ki gen souf k’ap mache. Mò yo pa kapab satisfè Bondye totalman, ankò mwens pou yo ta obeyisan ak Li nèt. Yo ka sèlman twonpe Li, pale L’ mal e trayi Li, epi tout sa yo fè nan fason y’ap viv moutre nati Satan. Si moun yo swete tounen moun ki vivan e rann temwanyaj de Bondye, epi pou Bondye apwouve yo, enben yo dwe aksepte sali Bondye a; yo dwe soumèt yo anba jijmanak chatiman Li avèk kè kontan, epi yo dwe aksepte pou Bondye fasone yo epi regle ak yo. Se sèlman lè sa a y’ap ka mete tout vérite ke Bondye ekzije yo a an pratik, epi se sèlman lè sa a y’ap rive gen sali Bondye a e vini moun vivan tout bon. Moun ki vivan yo se Bondye ki sove yo; Bondye te jije e pini yo, kounye a yo vle konsakre tout yo menm e yo kontan pou bay tout lavi yo pou Bondye, e yo t’ap byen kontan remèt tout lavi yo bay Bondye. Se sèlman lè moun ki vivan yo rann temwanyaj de Bondye ke Satan ka wont; se sèlman vivan yo ki ka simaye travay levanjil Bondye a, se moun ki vivan yo sèlman ki selon kè Bondye, e se moun ki vivan yo sèlman ki moun tout bon. Avan sa, moun Bondye te kreye yo te vivan, men akòz koripsyon Satan, lèzòm ap viv nan fon lanmò anba anpriz Satan, epi konsa konsa, moun yo tounen mò san lespri, yo te vin tounen lènmi ki kanpe anfas Bondye, yo te vin tounen zouti Satan, epi yo tounen prizonye Satan. Tout moun vivan Bondye te kreye yo te tounen moun mouri, e sa te fè Bondye pèdi temwanyaj Li, epi Li te pèdi limanite ke L’ te kreye ki se sèl bagay ki gen souf Li. Si Bondye ta dwe repran temwanyaj Li e repran sila yo ke L’ te kreye avèk pwòp men Li men kite vin tounen prizonye Satan, enben Li dwe resisite yo pou yo ka tounen moun vivan ankò, e Li dwe reklame yo pou yo ka viv nan limyè Li. Mò yo se sila yo ki pa gen pyès lespri, sila yo ki angoudi nan dènyè bout yo e ki opoze ak Bondye. Yo se premye moun tou ki pa konnen Bondye. Moun sa yo pa menm gen yon tikras entansyon pou obeyi Bondye; yo sèlman ap fè rebèl ak Li epi opoze Li san yo pa gen menm tikal atachman. Moun ki vivan yo se moun lespri yo te fèt yon lòt fwa, ki konnen pou yo obeyi Bondye, ak moun ki fidèl a Bondye. Yo kite verite a ak temwanyaj la posede yo, se moun sa yo sèlman ki fè Bondye plèzi nan kay Li a. Bondye sove sila yo ki ka vini a lavi, ki ka wè SaliBondye a, ki ka fidèl ak Bondye e ki vle chache Bondye. Li sove sila yo ki kwè nan Bondye ki te vin nan lachè a ak nan aparans Li. Gen kèk moun ki ka tounen a lavi, men gen kèk moun ki pa kapab; sa a depann de si nati yo kapab sove oubyen yo pa kapab. Anpil moun tande anpil nan pawòl Bondye yo poutan yo pa konprann volonte Bondye, epi yo toujou pa kapab mete yo an pratik. Moun sa yo pa anmezi pou viv nenpòt verite epi tou yo fè eksprè pou anpeche travay Bondye a. Yo pa kapab fè pyès travay pou Bondye, yo pa ka konsakre anyen pou Li, epi y’ap depanse lajan legliz la an kachèt e manje nan kay Bondye a gratis. Moun sa yo mouri epi yo p’ap sove. Bondye sove tout sila yo ki nan fon travay Li, men gen yon pòsyon moun ki pa kapab resevwa Sali Li a; se sèlman yon ti gwoup k’ap resevwa Sali Li a. Se paske pifò moun yo vin twò kowonpi epi yo tounen moun mouri, yo pa ka sove ankò; Satan te fin eksplwate yo nèt, epi yo twò malveyan nan nati yo. Ti kras moun sa yo tou pa pakapab obeyi Bondye antyèman. Yo pa moun ki te fidèl nèt ak Bondye depi nan kòmansman, oubyen kite gen pi gwo lanmou pou Bondye depi nan kòmansman; men pito, yo te vin obeyisan ak Bondye akòz de travay konkèt Li a, yo wè Bondye akòz de lanmou siprèm Li a, genyen chanjman nan dispozisyon yo akòz de dispozisyon Bondye ki jis, epi yo vin konnen Bondye akòz de zèv Li yo, travay Li ki alafwa pratik e nòmal. San travay Bondye sa a, kèlkeswa jan moun sa yo bon, yo t’ap toujou nan Satan, yo t’ap toujou nan lanmò epi yo t’ap toujou mouri. Lefèt ke moun sa yo ka resevwa delivrans Bondye jodia a se paske yo vle kolabore ak Bondye tout bon vre.
Akòz de fidelite yo avèk Bondye, moun ki vivan yo Bondye ap posede yo e y’ap viv nan pwomès Bondye yo, men akòz opozisyon yo ak Bondye, moun ki mouri yo Bondye ap rayi yo e voye yo jete epi y’ap viv anba chatiman ak madichon Li. Sa a se dispozisyon jis Bondye a, sa ke okenn moun pa ka chanje. Akòz de pwòp rechèch yo, lèzòm resevwa favè Bondye epi viv nan limyè; akòz de riz yo, Bondye pini lèzòm epi yo tonbe anba chatiman; akòz de move zak yo, Bondye pini yo, epi akòz de gran dezi ak fidelite yo, lèzòm resevwa benediksyon Bondye yo. Bondye jis: Li beni vivan yo men Li madichonnen mò yo pou yo ka toujou nan lanmò epi pou yo pap janm rive viv nan limyè Bondye. Bondye pral pran tout vivan yo nan wayòm Li ak nan benediksyon Li, pou yo ka avè L’ pou tout tan. Men pou mò yo, Li pral frape yo epi lage yo nan lanmò etènèl; yo se objè destriksyon Li epi y’ap toujou pou Satan. Bondye pa aji ak pèsòn avèk enjistis. Tout sila yo k’ap chache Bondye tout bon pral rete nan kay Bondye a, men tout sila yo ki dezobeyisan ak Bondye e meprizan anvè Li pral viv anba pinisyon Li. Petèt ke ou pa sèten de travay Bondye a nan lachè—men yon jou, kò Bondye p’ap ranje lafen lòm dirèkteman; olye de sa, Lespri Li pral ranje destinasyon lòm, epi lè sa a pèp la ap konnen ke kò Bondye ak Lespri Li se youn, kò Li pa ka fè erè eke Lespri Li vin pi pa kapab fè erè. Finalman, Li pral pran sila yo ki vivan nan wayòm Li a tout bon vre, p’ap gen youn anplis ni youn mwens. Pou mò yo ki pa t’ tounen a lavi, yo pral jete yo nan tanyè Satan.