Konsènan Lè Bondye Itilize Lòm
Okenn moun pa kapab viv yon fason endepandan, sof sila yo ki resevwa direksyon espesyal nan men Sentespri a ak sila yo Sentespri ap gide, paske yo reklame ministè a ak siveyans moun Bondye itilize yo. Kidonk, chak epòk, Bondye leve wo divès moun ki prese pou dirije legliz yo pou byennèt travay Li. Sa vle di travay Bondye dwe fèt atravè sila yo Li gade avèk favè yo epi Li apwouve yo; Sentespri a dwe itilize pati anndan yo ki merite itiize pou Sentespri a ka travay, epi Bondye rann yo itilizab atravè Sentespri a ki rann yo pafè. Paske kapasite pou konprann lòm genyen an pa sifi, sila Bondye itilize yo dwe kondi li; Se menm jan Bondye te itilize Moyis, nan li Li te jwenn anpil bagay ki apwopriye pou itilize nan epòk la, epi se sa Li te itilize pou fè travay Bondye pandan etap sa. Nan etap kounye a, Bondye itilize yon nonm pandan L ap pwofite de pati nan li Sentespri a ka itilize pou travay, epi Sentespri dirije li, an menm tan li fè pati ki rete epi ki pa itilize a vin pafè.
Travay moun Bondye itilize a akonpli se nan lide pou met ansanm ak travay Kris la oubyen Sentespri a. Bondye leve moun sa wo pami lèzòm, li la pou mennen tout moun Bondye chwazi yo, epitou Bondye leve li wo pou li fè travay kolaborasyon ak moun nan. Avèk yon kalite moun konsa ki gen kapasite pou fè travay kolaborasyon an, plis nan bagay Bondye mande lèzòm yo epi travay Sentespri a dwe fè pami lèzòm ka rive reyalize ak li. Yon lòt fason nou ka di se: Objektif Bondye lè L ap itilize moun sa se pou fè tout moun k ap suiv Bondye kapab konprann pi byen volonte Bondye, ak atenn plis nan egzijans Bondye yo. Paske moun pa gen kapasite pou konprann pawòl Bondye yo oubyen volonte Bondye dirèkteman, Bondye leve wo moun ki abitye akonpli kalite travay sa. Konsa tou nou kapab dekri moun sa Bondye itilize a kòm yon mwayen Bondye pase pou gide moun, tankou “tradiktè” k ap kominike ant Bondye ak lèzòm. Kidonk, yon nonm konsa diferan de nenpòt nan moun k ap travay nan kay Bondye a oubyen moun ki apòt Li yo. Tankou yo, nou ka di li se yon moun k ap sèvi Bondye, epoutan nan sibstans travay li epi nan sa ki dèyè jan Bondye itilize Li, li diferan anpil de lòt ouvriye ak apot yo. Nan sa ki konsène sibstans travay li a ak sa ki dèyè itilizasyon li, moun Bondye itilize a, Li leve li wo, Bondye prepare li pou fè travay Bondye, epi li kolabore nan travay ki pou Bondye Li menm. Okenn moun pa t ap ka fè travay li a nan plas li—se kolaborasyon moun sa ki endispansab akote travay Bondye fè. Travay lòt ouvriye oubyen apot yo fè a, pandanstan, pa lòt pase transmisyon ak reyalizasyon anpil aspè nan aranjman pou legliz yo nan chak epòk, oubyen pote senpman pwovizyon lavi pou kenbe lavi legliz la. Se pa Bondye ki te mete ouvriye ak apot sa yo, nou pa menm ka rele yo moun Sentespri a te itilize yo. Yo te chwazi yo nan legliz yo epi yo te ba yo fòmasyon epi kiltive yo pou yon tan, yo te kenbe sa ki te kapab yo epi voye tounen sa ki pa t kapab yo kote yo te soti yo. Paske yo te chwazi moun sa yo nan legliz yo, kèk nan yo montre kiyès yo ye tout bon aprè yo te vin dirijan, epi kèk nan yo menm fè anpil move bagay jis yo rive elimine. Moun Bondye itilize a, nan yon lòt bò, se yon moun Bondye te prepare, epi ki posede yon sèten kalite epi ki genyen imanite. Sentespri te prepare epi rann li pafè davans, epi se Sentespri a ki dirije li nèt, e patikilyèman lè se pou travay li, Sentespri a dirije l epi kòmande l—Sa gen pou konsekans, pa gen okenn deviyasyon sou chemen pou mennen moun Bondye chwazi yo, paske sètènman Bondye pran reskonsablite travay pa Li, epi Bondye fè travay pa Li tout lè.