Kòman Ou Dwe Okipe Ou de Pwochen Misyon Ou an?
Èske ou kapab kominike dispozisyon Bondye eksprime nan chak epòk nan yon fason konkrè, avèk langaj ki transmèt enpòtans epòk la konvnableman? Èske ou, ki fè eksperyans travay Bondye nan dènye jou yo, kapab dekri nati jis Bondye a an detay? Èske ou ka temwaye de nati Bondye a byen klè epi avèk presizyon? Kòman ou pral transmèt sa ou wè ak esperimante a sa yo ki mizerab, ki pòv, ak kwayan relijye devwe yo ki grangou ak swaf jistis epi k ap tann ou pou pran swen yo? Ki kalite moun ki ap tann ou pou gide yo? Èske ou ka imajine? Èske ou konsyan de fado ki sou zepòl ou, komisyon ou, ak responsablite ou? Kote sans misyon istorik ou a? Kòman ou pral byen sèvi kòm yon mèt nan epòk ki ap vini an? Èske ou genyen yon sans metriz ki fò? Kòman ou ta eksplike metriz tout bagay yo? Èske se reyèlman metriz tout kreyati vivan ak tout bagay fizik nan mond lan? Ki plan ou genyen pou avansman pwochèn faz travay la? Konbyen moun ki ap tann ou vin bèje yo? Èske responsablite ou a lou? Yo pòv, mizerab, avèg, e yo pèdi, yo ap rele nan fènwa a—ki kote chemen an ye? Kòman yo anvi limyè a, tankou yon etwal filant, k ap desann toudenkou e chase fòs fènwa yo ki oprime lòm pandan anpil ane. Ki moun ki ka konnen nan ki degre yo espere avèk enkyetid, e ki jan yo dezire, lajounen kou lannwit, pou sa a? Menm padan yon jou lè limyè klere, moun sa yo ki ap soufri anpil la rete amprizone nan yon prizon fè nwa san espwa libète; kilè yo ap sispann kriye? Lespri frajil sa yo ki pa janm jwenn repo nan yon malè terib, e depi lontan lyen san pitye ak istwa anti-pwogrè kenbe yo mare nan kondisyon sa. Ki moun ki tande son jemisman yo? Ki moun ki gade kondisyon mizerab yo a? Èske ou janm realize kòman kè Bondye tris e enkyè? Kòman Li ka sipòte wè limanite inosan, ke Li te kreye ak pwòp men Li, ap soufri touman sa a? Lèzòm, aprè tou, se viktim ki te anpwazonen. E byenke lòm siviv jouk jounen jodi a, kimoun ki t ap konnen ke lespri malen an anpwazonnen limanite depi lontan? Eske ou bliye ke ou se yonn nan viktim yo? Èske ou pa vle fè efò, selon lanmou ou pou Bondye, pou sove sivivan sa yo? Èske ou pa vle konsakre tout enèji ou pou konpanse Bondye, ki renmen limanite tankou pwòp kò ak san Li? Lè tout bagay fini, kòman ou tap entèprete ke Bondye itilize ou pou viv lavi ekstraòdinè ou a? Èske ou reyèlman gen detèminasyon ak konfyans pou viv lavi enpòtan de yon moun fidèl, ki ap sèvi Bondye?