Kijan pou Konnen Bondye ki sou Tè a
Nou tout vle jwenn rekonpans devan Bondye epi jwenn favè nan men Bondye; se bagay konsa tout moun espere jwenn lè yo kòmanse kwè nan Bondye, paske tout moun ap kouri dèyè bagay ki pi wo e pa gen moun ki vle pou lòt moun pran devan yo. Se konsa moun ye menm. Se ekzakteman pou rezon sa a, anpil nan nou toujou ap eseye jwenn favè nan men Bondye ki nan syèl la, epoutan an reyalite, fidelite nou ansanm ak onètete nou anvè Bondye pi piti pase fidelite nou ansanm ak onètete nou anvè pwòp tèt pa nou. Poukisa mwen di sa? Paske mwen pa rekonèt fidelite nou gen anvè Bondye a menm e, anplis desa, paske mwen refize rekonèt egzistans Bondye ki nan kè nou an. Sa vle di, Bondye n ap adore a, Bondye vag nou admire a, pa ekziste ditou. Rezon ki fè mwen ka di sa konsa san oken dout se paske nou twò lwen vrè Bondye a. Rezon ki fè nou fidèl la se akoz idòl ki anndan kè nou an; kanta pou mwen, pandan setan, Bondye ke nou konsidere kòm ni gran ni piti a, nou senpman rekonèt Li avèk pawòl. Lè mwen di nou lwen Bondye a, mwen vle di nou elwaye de vrè Bondye a, pandan ke nou sanble pre Bondye vag la. Lè m di: “pa gran,” sa vle di, se pa rapò ak jan Bondye nou kwè ladan jodi a senpleman sanble ak yon moun ki pa gen gwo kapasite, yon moun ki pa twò wo. E lè mwen di: “pa piti,” sa vle di, byenke moun sa a pa ka kòmande van an epi kòmande lapli, pandan setan li kapab envoke Lespri Bondye a pou l ka fè yon travay k ap sekwe syèl yo ak tè a, k ap konplètman kite moun yo nan konfizyon. Nan aparans, nou tout sanble ak moun ki trè obeyisan ak Kris sa a ki sou tè a, epoutan ofon, nou pa gen lafwa nan Li, ni nou pa renmen Li. Sa vle di, moun nou vrèman kwè nan li a se Bondye vag pwòp santiman nou yo, e Bondye nou vrèman renmen an se Bondye nou dezire lajounen kou lannwit la, epoutan pa janm gen moun ki wè li. Lè nou bò Kris sa a, lafwa nou se senpman yon ti kras bagay epi lanmou nou pa anyen. Lafwa vle di kwayans ak konfyans; lanmou vle di adorasyon ak admirasyon nan kè yon moun, yo pa janm kite l. Epoutan, lafwa ak lanmou nou pou Kris la pa nan nivo yo t ap atann lan. Nan sa ki gen rapò ak lafwa, kijan nou gen lafwa nan Li? Nan sa ki gen rapò ak lanmou, nan ki fason nou renmen Li? Nou senpleman pa konprann anyen sou karaktè Li, alevwa pou nou ta konnen nati Li, kidonk, kijan nou fè gen lafwa nan Li? Kibò reyalite lafwa nou gen nan Li an ye? Kijan nou renmen Li? Kibò reyalite lanmou nou gen pou Li an ye?
Anpil moun ap swiv Mwen san ezitasyon jouk jounen jodi a. Konsa tou, èske nou sibi anpil fatig pandan dènye ane ki sot pase yo. Karaktè ak abitid natirèl chak grenn nan nou, mwen koprann yo klè kou dlo kòk; kominike avèk chak grenn nan nou difisil anpil. Sa ki fè M mal la se paske, malgre Mwen konprann anpil bagay sou nou, nou pa konprann anyen sou Mwen. Se pa etonan pou moun di nou tonbe nan pyèj yon moun pandan yon peryòd konfizyon. Sètènman, nou pa konprann anyen sou karaktè Mwen, alevwa pou nou ta konprann sa ki nan lespri Mwen. Jodi a, jan nou mal konprann Mwen an se yon bagay san kontwòl e lafwa nou nan Mwen rete yon lafwa konfizyon. Olye nou di nou gen lafwa nan Mwen, li t ap pi bon si nou di nou tout ap eseye jwenn favè nan men Mwen e sa depann de Mwen jodi a. Motif nou yo trè senp: Mwen pral swiv nenpòt moun ki kapab rekonpanse m, e mwen pral kwè nan nenpòt moun ki pèmèt mwen chape anba gwo dezas yo, kit se Bondye oswa yon sèten Bondye. Okenn nan bagay sa yo pa enkyete m. Gen anpil moun konsa nan mitan nou, e sitiyasyon sa a trè grav. Si, yon jou, te gen yon tès pou konnen konbyen moun nan mitan nou ki te gen lafwa nan Kris la akoz konpreyansyon l sou nati Li, lè sa a Mwen pè pou pa ta gen menm youn nan nou ki satisfè M. Sa pa ta fè okenn nan nou mal si nou reflechi sou kesyon sa a: Bondye nou kwè nan li a diferan anpil de Mwen, e akoz desa, kisa esans lafwa nou nan Bondye a ye nan ka sa a? Plis nou kwè nan sa yo rele Bondye nou an, se plis n ap devye de Mwen. Kisa esans pwoblèm lan ye nan ka sa a? Li sèten okenn nan nou pa t janm reflechi sou yon kesyon konsa, men èske jan bagay la grav la janm pase nan lespri nou? Èske nou reflechi sou konsekans ki genyen lè nou kontinye kwè nan fason sa a?
Jodi a, nou ap andire anpil pwoblèm, e pa gen youn nan nou ki abil nan rezoud pwoblèm. Si sitiyasyon sa a kontinye, sèl moun ki pral pèdi se pral nou menm. Mwen pral ede nou idantifye pwoblèm yo, men rezoud yo depann de nou.
Mwen pran plezi nan moun ki pa sispèk lòt moun, e Mwen renmen moun ki aksepte verite a fasilman; Mwen bay anpil atansyon ak de kategori moun sa yo, paske se moun onèt yo ye devan zye Mwen. Si w pa yon moun onèt, ou pral retisan epi sispèk anvè tout moun ak tout bagay, e lè sa a lafwa w nan Mwen pral bati sou yon fondasyon soupson. Mwen pa janm ka rekonèt yon lafwa konsa. Alòske w pa gen vrè lafwa a, ou vin menm pa genyen vrè lanmou an ditou. E si w sou wout pou doute Bondye epi espekile sou Li jan w vle, nan ka sa a, ou, san oken dout, moun ki pi malonèt ki genyen pami tout moun. Ou mande si Bondye kapab tankou lòm: yon pechè ki pa merite padon, yon moun san karaktè, ki pa gen enpasyalite ak rezon, ki manke sans jistis, ki abitye ak taktik visye, ki trèt epi rizye, ki pran plezi nan mal ak nan fènwa, elatriye. Èske se pa se pa sa ki fè moun gen panse konsa paske yo pa menm gen yon ti kal konesans sou Bondye? Yon lafwa konsa pa lòt bagay ke peche! Gen moun menm ki kwè ke moun ki fè M plezi yo se sitou moun sa yo k ap flate epi niche pye M, e moun sa yo ki manke konpetans konsa ap endezirab lakay Bondye a e yo pral pèdi plas yo ladan. Èske sa se sèl konesans nou akeri aprè tout ane sa yo? Èske se sa nou jwenn? Epi konesans ou gen sou Mwen an p ap kanpe akoz malantandi sa yo; sa ki pi mal la se jan nou blasfème Lespri Bondye a epi jan nou pale syèl la mal. Se poutèt sa Mwen di yon lafwa menm jan ak lafwa nou an pral sèlman lakoz nou rete lwen Mwen epi pou nou vin pi opoze ak Mwen. Pandan anpil ane travay, nou wè anpil verite, men èske nou konnen sa zòrèy Mwen tande? Konbyen nan mitan nou ki pare pou aksepte verite a? Nou tout kwè nou pare pou nou peye pri verite a, men konbyen nan nou ki te vrèman soufri pou verite a? Pa gen lòt bagay pase peche anndan kè nou, sa ki fè nou panse ke tout moun, kèlkeswa moun li ye a, mètdam epi kwochi menm jan ak nou—nan pwen kote nou menm kwè ke Bondye enkane a ka, menm jan ak yon moun nòmal, pa gen yon kè ki gen jantiyès ladan oswa yon lanmou byenveyan. Anplis desa, nou kwè ke yon karaktè nòb ansanm ak yon nati mizèrikòdye ak byenveyan egziste sèlman nan Bondye ki nan syèl la. Nou kwè yon moun sen konsa pa egziste, se sèlman fènwa ak mal k ap reye sou tè a, pandan ke Bondye se yon bagay moun konfye dezi yo genyen pou byen ak sa ki bèl nan Li, yon figi lejandè yo fabrike. Nan lespri nou, Bondye nan syèl la onèt, jis epi gran anpil, Li merite glwa ak admirasyon; Bondye sa a ki sou tè a, pandan setan, se yon ranplasan ak yon enstriman Bondye ki nan syèl la. Nou kwè Bondye sa a pa kapab egalego ak Bondye nan syèl la, alevwa pou yo ta konpare l avèk Li. Nan sa ki gen rapò ak grandè ansanm ak onè Bondye, yo apateni ak laglwa Bondye ki nan syèl la, men nan sa ki gen rapò ak nati ak kòripsyon lòm, yo se karakteristik Bondye ki sou tè a genyen. Bondye ki nan syèl la se yon jeyan pou tout letènite, pandan ke Bondye sou ki tè a ap toujou rete ensiyifyan, fèb epi enkonpetan. Bondye ki nan syèl la pa ka gen tandans pou emosyon, se sèlman jistis, pandan setan Bondye ki sou tè a sèlman genyen motif egoyis epi Li san enpasyalite oswa rezon. Bondye ki nan syèl la pa gen okenn bagay kwochi nan Li e Li toujou fidèl, pandan ke Bondye ki sou tè a toujou gen yon bò malonèt nan Li. Bondye ki nan syèl la renmen lòm anpil, pandan ke Bondye ki sou tè a pa pran swen lòm lan ase, Li menm neglije l nèt. Konesans ki pa kòrèk sa a toujou ret nan kè nou e li ka kontinye nan lavni. Nou konsidere tout aksyon Kris la selon pwendvi bagay ki pa jis e nou evalye tout travay Li a, ansanm ak idantite Li ak esans Li, selon pwendvi mechan yo. Nou fè yon erè grav epi nou fè sa moun ki te la avan nou pat janm fè. Sa vle di, nou sèlman ap sèvi Bondye jeyan ki nan syèl la ki gen yon kouwòn sou tèt Li e nou pa janm ale bò kote Bondye ke nou tèlman konsidere kòm ensiyifyan an nan yon pwen kote Li envizib pou nou. Èske se pa sa ki peche nou? Èske se pa yon egzanp klasik ofans nou kont karaktè Bondye a? N ap adore Bondye ki nan syèl la. Nou adore imaj ki nòb epi nou bay sa ki enfliyan yo valè akoz elokans yo. Se Bondye ki ranpli men w yo avèk richès k ap dirije w ak kè kontan epi w ap sipliye Bondye ki ka satisfè tout dezi w yo. Sèl Moun ou pa adore se Bondye sa a ki pa jeyan an; sèl bagay ou rayi se asosyasyon avèk Bondye sa a ke pèsonn pa ka leve tèt gade. Sèl bagay ou pa vle fè se sèvi Bondye sa a ki pa janm ba ou menm yon santim lan, e sèl Moun ki pa kapab fè w anvi wè Li se Bondye ki pa gen renmen an. Kalite Bondye sa a pa kapab pèmèt ou elaji orizon w, Li pa kapab fè w santi kòm si ou te jwenn yon trezò, alevwa pou L ta rive reyalize sa w vle. Poukisa, nan ka sa, w ap swiv Li? Èske w te reflechi sou kesyon konsa? Sa w ap fè a pa senpleman ofanse Kris sa a; sa k pi enpòtan an, li ofanse Bondye nan syèl la. Mwen panse se pa sa ki objektif lafwa nou an nan Bondye!
Nou dezire pou Bondye pran plezi nan nou, epoutan nou lwen Bondye. Ki pwoblèm ki gen la a? Nou sèlman aksepte pawòl Li yo, men nou pa aksepte chatiman Li yo ni jan Li ap netwaye nou, alevwa pou nou ta aksepte chak aranjman Li yo, pou nou ta gen yon lafwa ki konplè nan Li. Kisa pwoblèm lan ye nan ka sa a? Nan dènye analiz la, lafwa nou an se yon kokiy ze vid ki p ap janm ka pwodui yon ti poul. Paske lafwa nou an pa pote verite a ba nou ni li pa ba nou lavi, men olye desa li ba nou yon sans sipò ak espwa ki chita sou ilizyon. Se sans sipò ak espwa sa a ki se objektif nou lè nou kwè nan Bondye, se pa verite a ansanm ak lavi a. Se poutèt sa Mwen di peryòd lafwa nou an nan Bondye pa lòt bagay ke n ap eseye atire favè Bondye pa mwayen basès ak yon atitid san pidè, e yo p ap ka janm konsidere yon bagay konsa kòm vrè lafwa. Kijan yon ti poul ka rive fèt nan yon lafwa konsa? Nan lòt mo, kisa yon lafwa konsa ka akonpli? Objektif lafwa nou an nan Bondye se itilize Li pou atenn pwòp objektif nou yo. Èske se pa yon fè anplis nan ofans nou kont karaktè Bondye a? Nou kwè nan ekzistans Bondye ki nan syèl la e nou nye ekzistans Bondye ki sou tè a, epoutan Mwen pa aksepte jan nou wè bagay yo; Mwen sèlman felisite sa yo ki kenbe pye yo sou tè epi k ap sèvi Bondye ki sou tè a, men jamè sa yo ki pa janm aksepte Kris ki sou tè a. Kèlkeswa jan moun sa yo rete fidèl ak Bondye ki nan syèl la, alafen yo p ap chape anba men Mwen ki pini mechan yo. Moun sa yo se mechan yo ye; se yo menm ki mechan ki opoze ak Bondye epi ki pa janm obeyi Bondye ak kè kontan. Sètènman, pami yo gen tout sa yo ki pa konnen e, anplis desa, ki pa rekonèt Kris la. Èske w kwè ou ka aji jan w vle anvè Kris la toutotan ou fidèl ak Bondye ki nan syèl la? Fo! Inyorans ou sou Kris la se yon inyorans sou Bondye ki nan syèl la. Kèlkeswa jan ou fidèl ak Bondye ki nan syèl la, se senpleman pawòl vid ak pretansyon yo ye, paske Bondye ki sou tè a pa sèlman yon enstriman pou lòm resevwa verite a ansanm ak konesans ki pi pwofon, men anplis desa Li enpòtan nan kondanasyon lòm e apresa nan konprann fè yo pou pini mechan yo. Èske w konprann rezilta favorab epi danjere ki gen la a? Èske w fè eksperyans ak yo? Mwen swete pou nou konprann verite sa a yon jou ki pa lwen: Pou konnen Bondye, ou dwe non sèlman konnen Bondye ki nan syèl la men, pi enpòtan toujou, Bondye ki sou tè a. Piga w konfonn priyorite w yo oswa piga w pèmèt sa ki segondè a ranplase sa ki prensipal la. Se sèlman nan fason sa a ou ka vrèman konstwi yon bon relasyon avèk Bondye epi rapwoche kè w pi pre Li. Si w gen lafwa pandan plizyè lane epi ou asosye avè M pandan lontan, epoutan ou rete lwen Mwen, nan ka sa a M ap di li trè pwobab ke ou souvan ofanse karaktè Bondye a epi lafen w pral trè difisil pou gade. Si plizyè lane asosyasyon w avèk Mwen non sèlman pa rive fè w tounen yon moun ki gen imanite ak verite, men, anplis desa, yo anrasine move fason w yo nan nati w, e ou non sèlman gen awogans de fwa plis pase avan sa, men enkonpreyansyon w sou Mwen vin ogmante tou, nan yon pwen kote ou konsidere Mwen tankou ti akolit ou, nan ka sa a M ap di afliksyon w pa anndan po w ankò men li antre nan jouk nan zo w yo. Tout sa ou ret pou fè se rete tann yo fè aranjman fineray ou. Ou pa bezwen sipliye M nan ka sa a pou M ka Bondye w, paske w komèt yon peche ki merite lanmò, yon peche enpadonab. Menm si Mwen ta ka gen pitye pou ou, Bondye ki nan syèl la pral ensiste pou pran lavi w, paske peche w kont karaktè Bondye a pa yon pwoblèm òdinè, men yon pwoblèm trè grav. Lè tan an rive, pa blame M paske M pat di w sa alavans. Tout bagay gen rapò ak sa: Lè ou asosye w avèk Kris la—Bondye ki sou tè a—kòm yon moun òdinè, sa vle di, lè ou kwè ke Bondye sa a pa lòt bagay ke yon moun, se lè sa a ou pral peri. Se sèl avètisman M pou nou tout.