Fason pou Sèvi an amoni avèk Volonte Bondye

Lè yon moun kwè nan Bondye, kijan, egzakteman, li dwe sèvi Li? Ki kondisyon ki dwe ranpli epi ki verite moun k ap sèvi Bondye yo dwe konprann? Epi ki kote ou ta kapab devye nan sèvis ou yo? Yo dwe konnen repons tout bagay sa yo. Difikilte sa yo enfliyanse fason ou kwè nan Bondye epi fason ou mache nan wout Sentespri a trase a epi soumèt ak fason Bondye jere tout bagay, kidonk kite w konprann chak etap travay Bondye a nan ou. Lè ou atenn pwen sa, ou pral apresye kisa lafwa nan Bondye ye, kijan pou kwè nan Bondye tout bon epi kisa ou dwe fè pou aji an amoni ak volonte Bondye. Sa ap fè ou vin konplètman obeyisan nan travay Bondye; ou p ap gen okenn plent epi ou pa pral jije ni analize, ni menm chache travay Bondye a. Tankou, w ap vin kapab obeyi Bondye jiska lanmò, kite Bondye gide w epi tiye w tankou yon mouton, konsa nou tout ap kapab vin Pyè ane 1990 la epi n ap kapab gen yon gwo lanmou pou Bondye menm kloure sou lakwa, san yon ti plenyen. Se sèlman konsa w ap kapab viv tankou Pyè nan ane 1990.

Tout moun ki te pran rezolisyon sa kapab sèvi Bondye—men li dwe sèlman moun ki prete atansyon ak volonte Bondye e ki konprann volonte Bondye yo ki kalifye ak an mezi sèvi Bondye. Mwen te dekouvri sa nan mitan nou: Anpil moun kwè toutotan y ap pataje pawòl Bondye a pou Bondye avèk konviksyon, kontinye sou chemen an pou Bondye, bay tout yo menm epi abandone anpil bagay pou Bondye, elatriye, kidonk se lè sa yo fè sèvis pou Bondye. Menm anpil kretyen kwè sèvi Bondye vle di mache toupatou ak yon Bib nan men yo, pataje bon nouvèl wayòm syèl la epi sove moun nan fè yo repanti ak konfese. Gen anpil responsab legliz tou ki panse sèvi Bondye se preche nan chapel aprè yo fin pran fòmasyon nan seminè, epi anseye moun atravè pasaj lekti Biblik. Anplis, gen moun nan rejyon pòv yo ki kwè sèvi Bondye vle di geri malad ak chase demon nan mitan frè ak sè yo oubyen priye pou yo oubyen sèvi yo. Nan mitan nou, gen anpil ki kwè sèvi Bondye vle di manje epi bwè pawòl Bondye, priye Bondye chak jou, an menm tan vizite ak fè travay nan legliz tout kote. Gen lòt frè ak sè ki kwè sèvi Bondye vle di pa janm marye oubyen fòme yon fanmi epi bay Bondye tout yo menm. Jiska prezan se kèk moun ki konnen kisa sèvi Bondye ye egzakteman. Menm si gen menm kantite moun k ap sèvi Bondye ak zetwal nan syèl la, kantite moun ki kapab sèvi dirèkteman yo epi ki kapab sèvi selon volonte Bondye a minim—piti anpil. Poukisa m di sa? Mwen di sa paske nou pa konprann sans fraz “sèvis pou Bondye” a, epi nou konprann yon ti kras sou fason pou sèvi selon volonte Bondye. Gen yon bezwen ijan pou moun rive konprann egzakteman ki kalite sèvis pou fè pou Bondye ki kapab an amoni avèk volonte Li.

Si ou espere sèvi selon volonte Bondye, ou dwe konnen avan ki kalite moun ki fè Bondye plezi, ki kalite moun Bondye pa renmen, ki kalite moun Bondye fè vin pafè, epi ki kalite moun ki kalifye pou sèvi Bondye. Brèf, ou dwe pote konesans sa nan ou. Anplis, ou dwe konn objektif travay Bondye yo ak travay Bondye pral fè isit la kounye a. Aprè ou fin konprann sa, epi atravè direksyon pawòl Bondye yo, ou dwe gen aksè avan epi resevwa misyon Bondye a avan. Imedyatman ou genyen esperyans veritab pawòl Bondye yo epi lè ou konnen vrèman travay Bondye, w ap kalifye pou sèvi Bondye. E se lè ou sèvi Li Bondye ouvri je espirityèl ou epi pèmèt ou gen yon pi gwo konpreyansyon sou travay Li epi wè l pi klè. Lè ou rantre nan reyalite sa, esperyans ou ap vin pi pwofon e pi reyèl epi nou tout nèt ki te gen esperyans konsa ap kapab mache nan mitan legliz yo epi ofri frè ak sè nou yo pwovizyon yon fason pou nou kapab met fòs nou ansanm pou nou konpanse pwòp mank nou yo epi genyen konesans ki pi rich nan espri nou. Se sèlman lè nou reyalize sa n ap kapab sèvi selon volonte Bondye epi Bondye ap rann nou pafè nan moman sèvis nou.

Sila sa yo k ap sèvi Bondye yo ta dwe bon zanmi Bondye, yo ta dwe fè Bondye plezi epi kapab fè prèv de yon fidelite san fay anvè Bondye. Menm si ou aji an prive oubyen an piblik, ou kapab genyen lakontantman Bondye devan Bondye, ou kapab kanpe fèm devan Bondye, epi kèlkeswa fason lòt moun trete w, w ap toujou suiv chemen ou dwe suiv la epi sousye de fado Bondye a. Se sèlman moun konsa yo ki bon zanmi Bondye. Si bon zanmi Bondye yo ka sèvi Li dirèkteman se paske yo te resevwa gran komisyon an ak fado Bondye a, yo ka fè kè Bondye vin pa yo epi pran fado Bondye tankou se pa yo epi yo pa bay pwojè yo enpòtans: menm lè yo pa gen okenn pwojè, epi yo pa gen anyen a ganye, y ap toujou kwè nan Bondye avèk yon kè ki gen renmen. Kidonk, kalite moun sa se bon zanmi Bondye. Bon zanmi Bondye yo se konfidan Li tou; se sèl konfidan Bondye yo ki ka pataje ajitasyon Li ak panse Li, e malgre kò yo gen doulè epi fèb, yo kapab andire doulè epi abandone sa yo renmen pou yo satisfè Bondye. Bondye bay moun sa yo plis fado epi sa Bondye desire fè yo konfime nan temwanyaj moun sa yo. konsa, moun sa yo renmen Bondye epi yo se sèvitè Bondye ki selon kè Li epi se sèlman kalite moun sa yo ki kapab gouvènen ak Bondye. Lè w vin zanmi Bondye tout bon, se moman sa menm ou pral renye avèk Li.

Jezi te an mezi pou akonpli misyon Bondye a—travay redanmsyon limanite a—paske Li te sousye de volonte Bondye, san fè okenn plan ak aranjman pou tèt Li. Li te bon zanmi Bondye tou—Bondye menm—ki se yon bagay nou tout konprann trè byen. (Li te Bondye Li menm Bondye te rann temwayay de li a. M mansyone sa isi a pou m itilize Jezi kòm faktè pou ilistre yon pwoblèm.) Li te kapab mete plan jesyon Bondye a nan sant lan epi toujou priye Papa ki nan syèl la ak chèche volonte Papa a ki nan syèl la. Li priye epi Li di: “Papa Bondye! Se pou volonte W fèt, pa aji selon dezi M men selon plan Ou. Moun ka fèb, men poukisa Ou vle pran swen li? kòman moun fè dign de atansyon Ou, lòm ki tankou foumi nan plamen Ou? Nan kè mwen, m sèlman swete fè volonte Ou e mwen te vle Ou kapab fè sa Ou t ap fè nan mwen an selon dezi Ou.” Sou wout Jerizalèm, Jezi te an agoni, kòm si yon kouto te plante nan kè Li, poutan li pa t gen okenn entansyon tounen sou pawòl Li; te toujou gen yon gwo fòs ki t ap pouse Li kote Li ta pral krisifye a. Finalman, Li te kloure sou lakwa epi Li te vin gen resanblans pechè lachè, epi fini travay redanmsyon limanite a. Li libere tèt Li nan chèn lanmò ak Adès. Devan Li, lanmò, lanfè ak Adès pèdi pouvwa yo epi Li pote viktwa sou yo. Li viv tranntwa lane, pandan ane sa yo Li te fè tout sa k posib pou satisfè volonte Bondye selon zèv Bondye nan tan sa, san Li pa t janm konsidere pwòp gany ak pèt pèsonèl Li, epi pandan Li ap toujou panse ak volonte Bondye papa a. Konsa, aprè Li te fin batize, Bondye di: “Sa se Pitit gason Mwen renmen anpil la, moun ki fè kè M kontan anpil la.” Akoz sèvis Li devan Bondye ki te an amoni avèk volonte Bondye, Bondye te mete sou zepòl Li gwo fado redanmsyon limanite a epi fè Li akonpli li, Li te kalifye epi gen abilite pou Li akonpli travay enpòtan sa. Pandan tout vi Li Li andire anpil gwo soufrans pou Bondye, Satan te tante Li anpil anpil fwa, men Li pa t janm dekouraje. Bondye te ba Li yon si gwo travay paske Li te fè Li konfyans e Li te renmen Li. Se konsa Bondye te di pèsonèlman: “Sa se Pitit gason Mwen renmen anpil la, moun ki fè kè M kontan anpil la.” Nan epòk sa, se sèl Jezi ki te ka akonpli misyon sa, epi se te yon aspè pratik akonplisman zèv Bondye pou rachte limanite sou Tan Lgras.

Si, tankou Jezi, nou kapab sousye de fado Bondye a, epi tounen do bay lachè, Bondye ap konfye nou travay enpòtan Li yo, yon fason pou nou kapab ranpli kondisyon yo mande yo pou fè sèvis pou Bondye. Se sèlman nan yon sikonstans konsa nou ka pran ris pou di n ap fè volonte Bondye ak akonpli misyon Li, e se lè sa yo ka pran ris pou di n ap sèvi Bondye tout bon. Parapò ak egzanp Jezi a, èske ou ka riske di ou se bon zanmi Bondye? Èske ou riske di w ap fè volonte Bondye? Èske ou riske di w ap sèvi Bondye tout bon? Jounen jodi a, ou pa konprann fason pou sèvi Bondye, èske ou riske pou di ou se bon zanmi Bondye? Si ou di w ap sèvi Bondye, èske se pa blasfèm kont Li? Reflechi sou sa: èske w ap sèvi Bondye oubyen tèt ou? W ap sèvi Satan, e poutan ou pa sispann di w ap sèvi Bondye—nan sans sa, èske se pa blasfème w ap blasfème Bondye? Anpil moun dèyè do m konvwate benediksyon pozisyon sa, yo plen tèt yo ak manje, yo renmen dòmi ak bay lachè atansyon, pandan yo toujou pè pou pa gen okenn pòt soti pou lachè. Yo pa ranpli fonksyon yo legliz, men yo libere tèt yo nan legliz oubyen reprimande frè ak sè yo ak pawòl Mwen yo, pandan y ap fè sanblan nan pozisyon otorite yo. Moun sa yo kontinye di y ap fè volonte Bondye epi yo se bon zanmi Bondye—èske sa pa absid? Si ou gen bon entansyon, men ou pa kapab sèvi selon volonte Bondye, ebyen ou se yon moun fou; men si w pa gen bon entansyon epi ou toujou ap di w ap sèvi Bondye, ebyen ou se yon moun ki opoze ak Bondye, Bondye ta dwe pini w! Mwen pa gen okenn senpati pou jan de moun sa yo! Lakay bondye, yo se parazit ki toujou konvwate konfò lachè epi pa bay okenn konsiderasyon ak enterè Bondye yo. Yo toujou ap chache sa k bon pou yo epi yo pa prete okenn atansyon ak volonte Bondye. Yo pa asepte egzamen Lespri Bondye nan tout sa y ap fè. Yo toujou ap manipile epi twonpe frè ak sè yo, epi yo gen doub vizaj tankou yon rena nan yon jaden rezen, ki toujou ap vòlè rezen epi k ap pyetinen jaden rezen an. Èske moun konsa ka bon zanmi Bondye? Èske ou kapab resevwa benediksyon Bondye? Ou pa pran okenn fado pou lavi w ni pou legliz la, èske w ka resevwa misyon Bondye a? Kiyès ki t ap oze fè yon moun tankou w konfyans? Lè w ap fè sèvis Li konsa, èske Bondye ka oze konfye w yon travay pi enpòtan?Èske sa pa t ap fè travay la retade?

Mwen di sa pou yo ka konnen ki kondisyon ki dwe ranpli pou fè sèvis an amoni akvolonte Bondye. Si yo pa bay Bondye kè yo, si yo pa sousye de volonte Bondye tankou Jezi, ebyen yo pa ka gen konfyans nan Bondye, epi Bondye ap fini pa jije yo. Petèt jounen jodi a, nan sèvis ou pou Bondye, ou toujou ap karese lide pou twonpe Bondye ak toujou trete Li yon fason sipèfisyèl. Brèf, san konsidere tout lòt bagay, si ou twonpe Bondye, yon jijman san pitye ap tonbe sou ou. Nou dwe pwofite paske yo fenk rantre nan bon chemen pou fè sèvis Bondye, pou premyèman yo bay kè yo pou Bondye san pataje fidelite yo. Kit ou devan Bondye oubyen devan lòt moun, kè w toujou tounen bò kote Bondye epi ou dwe detèmine pou renmen Bondye tankou jan Jezi te fè. Nan sans sa, Bondye ap rann ou vin pafè, yon fason pou vin yon sèvitè Bondye selon kè Li. Si ou vrèman swete Bondye rann ou pafè epi pou sèvis ou an amoni ak volonte Li, ebyen ou dwe chanje ansyen fason ou te pèsevwa lafwa nan Bondye epi chanje fason ou te konn fè sèvis pou Bondye lontan yo, konsa pou Bondye fè plis bagay nan ou vin bon nèt. De tout fason, Bondye p ap abandonen w, epi tankou Pyè w ap devan pami moun ki renmen Bondye yo. Si ou rete nan peche epi w pa gen okenn regrèou te ofanse Bondye, w ap fini menm jan ak Jida. Tout moun ki kwè nan Bondye dwe konprann sa.

Avan:  Mechan Yo Ap Pini Kanmenm

Pwochen:  Konsènan Lè Bondye Itilize Lòm

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger