Konnen Twa Etap Travay Bondye a Se Chemen pou Konnen Bondye

Travay jesyon limanite a divize an twa etap, sa vle di travay pou sove limanite a divize an twa etap. Twa etap sa yo pa gen ladan yo travay kreyasyon mond lan, men pito yo se twa etap travay Epòk Lalwa a, Epòk Gras la, ak Epòk Wayòm nan. Travay kreyasyon mond lan sete travay pou pwodui tout limanite. Se pa t travay pou sove limanite, e li pa gen rapò ak travay pou sove limanite a, paske lè mond lan te kreye, Satan pa t ko kòwonpi limanite, e konsa pa t gen nesesite pou fè travay Sali limanite a. Travay Sali limanite a te kòmanse sèlman lè Satan te kòwonpi li, e konsa travay jesyon limanite a tou te kòmanse sèlman lè limanite te kòwonpi. Nou te ka di tou, jesyon Bondye pou lòm te kòmanse kòm yon rezilta travay Sali limanite a, e li pa t soti nan travay kreyasyon mond lan. Se te sèlman apre lòm te fin genyen yon nati kòwonpi travay jesyon an te vin egziste, e konsa travay jesyon limanite a te gen ladann twa pati, olye de kat etap, oswa kat epòk. Se Sèlman sa a ki se fason kòrèk pou fè referans a jesyon Bondye pou limanite. Lè dènye epòk la fini, travay jesyon limanite a pral fini nèt. Fen travay jesyon an vle di travay Sali tout limanite a pral fini konplètman, e limanite pral rive nan fen vwayaj li. San travay Sali tout limanite a, travay jesyon limanite a pa t ap egziste, ni pa t ap gen twa etap travay. Sete presizeman akoz depravasyon limanite, e se paske limanite te tèlman nan bezwen ijan pou Sali a, ke Jewova te acheve kreyasyon an epi kòmanse ak travay Epòk Lalwa a. Se lè sa a sèlman travay jesyon limanite a kòmanse, sa ki vle di se sèlman lè sa a travay pou sove limanite a kòmanse. “Jere limanite” pa vle di dirije vi prive limanite, ki fenk kreye, sou tè a (sa ki vle di, yon limanite ki pa t ko kòwonpi). Pito, se sali yon limanite Satan te kòwonpi, sa vle di, se pou transfòme limanite kòwonpi sa a. Sa se siyifikasyon “jesyon limanite.” Travay Sali limanite a pa gen ladann travay kreyasyon mond lan, epi tou travay jesyon limanite a pa gen ladann travay kreyasyon mond lan non plis, men pito li gen ladann sèlman twa etap travay yo ki separe de kreyasyon mond lan. Pou konprann travay jesyon limanite a, li nesesè pou konnen istwa twa etap travay yo—se sa tout moun dwe konnen pou yo sove. Antanke kreyati Bondye, nou dwe rekonèt se Bondye ki te kreye lòm, e nou dwe rekònèt sous kòripsyon limanite, e, anplis, pwosesis Sali lòm. Si w sèlman konnen kijan pou aji selon doktrin nan tantativ pou jwenn favè Bondye, men ou pa gen yon ti ide sou kijan Bondye sove limanite, oswa sou sous kòripsyon limanite, alò se sa ou manke kòm kreyati Bondye. Ou pa dwe sèlman kontante w de konpreyansyon verite sa yo moun ka mete an pratik, pandan w rete inyore yon pi gran chan travay jesyon Bondye a—si se sa, ou twò dògmatik. Twa etap travay yo nan istwa jesyon Bondye pou lòm, avènman levanjil tout linivè a, pi gran mistè nan tout limanite, epi tou yo se baz pou pwopaje levanjil la. Si w fokis sèlman sou konprann senp verite ki an rapò ak lavi ou, epi w pa konnen anyen sou sa, sa pi gran pami tout mistè ak vizyon yo, lè sa a, èske lavi w pa sanble ak yon pwodui ki pa bon, ki pa itil anyen, sof pou yo gade l?

Si lòm konsantre l sèlman sou pratik, e li wè travay Bondye a ak konesans lòm kòm bagay ki segondè, lè sa a èske se pa menm bagay ak obsesyon pou ti detay pandan w meprize bagay ki pi enpòtan yo? Ou dwe konnen sa pou w konnen; ou dwe mete an mete an pratik sa pou w mete an pratik. Se sèlman lè sa a w ap yon moun ki konnen kijan pou pou swiv laverite. Lè jou a rive pou w pwopaje levanjil la, si w sèlman ka di Bondye se yon Bondye ki gran ak jis, Li se Bondye siprèm nan, yon Bondye yo pa ka konpare ak okenn grantòm, e Li se yon Bondye ki pa gen pèsonn sou tèt Li…, si w ka di pawòl sa yo ki pa gen rapò ak sijè a e ki sipèfisyèl pandan w konplètman enkapab pou w pale pawòl ki gen anpil enpòtans e ki gen sibstans, si w pa gen anyen pou di sou konesans Bondye oswa travay Bondye a, epi, anplis, ou pa eksplike verite a, oswa bay sa ki manke kay lòm, yon moun tankou w pa ka fè travay li byen. Rann temwanyaj pou Bondye ak pwopaje levanjil wayòm nan se pa yon bagay ki senp. Ou dwe dabò byen ekipe ak laverite, ak vizyon moun dwe konprann yo. Lè w klè sou vizyon yo ak laverite epi diferan aspè travay Bondye a, e kèlkeswa sa Bondye fè—kit se jijman jis oswa pirifikasyon lòm—ou posede pi gran vizyon an kòm baz ou, e w posede bon jan verite pou w mete an pratik, lè sa a w ap ka swiv Bondye jiska lafen. Ou dwe konnen kèlkeswa travay Li fè, objektif travay Bondye a pa chanje, e volonte L anvè lòm pa chanje. Kèlkeswa jan pawòl Li yo sevè, kèlkeswa jan milye a defavorab, prensip travay Li yo p ap chanje, epi entansyon L pou sove lòm p ap chanje. Ni pwen santral travay Li a p ap chanje, depi se pa travay revelasyon sou finisman lòm oswa destinasyon lòm, epi se pa travay faz final la, oswa travay pou mete fen nan plan jesyon Bondye a annantye, epi depi se pandan tan L ap travay sou lòm nan. Pwen santral travay Li a se ap toujou Sali limanite; sa ta dwe baz kwayans nou nan Bondye. Objektif twa etap Sali tout limanite a—sa vle di sove lòm konplètman anba pouvwa Satan. Menm si chak nan twa etap travay yo gen yon objektif ak enpòtans diferan, yo chak fè pati travay pou sove limanite a, epi chak se yon travay Sali diferan ki fèt selon bezwen limanite. Yon fwa w konnen objektif twa etap sa yo ki nan travay la, w ap konnen kijan pou apresye enpòtans chak etap travay la, epi w ap konnen kijan pou w aji pou satisfè dezi Bondye. Si w ka atenn pwen sa a, alò, sa a, pi gran pami tout vizyon yo, pral vin fondasyon kwayans ou nan Bondye. Ou pa ta dwe chache sèlman fason ki fasil pou pratike oswa verite ki pwofon yo, men w ta dwe konbine vizyon yo ak pratik la, pou gen alafwa verite yo moun ka mete an pratik ak konesans ki baze sou vizyon yo. Se sèlman lè sa a w ap yon moun k ap pouswiv verite a totalman.

Twa etap travay la se pwen santral tout jesyon Bondye a, e nati Bondye ak sa Li ye eksprime nan yo. Sila yo ki pa konnen twa etap travay Bondye a enkapab pou yo rann yo kont kijan Bondye eksprime nati Li, ni yo pa konnen sajès travay Bondye a. Yo rete inyoran tou de pakèt fason Li sove limanite, ak volonte L pou tout limanite. Twa etap travay la se ekspresyon konplè travay pou sove limanite. Sila yo ki pa konnen twa etap tavay la pral inyore divès metòd ak prensip travay Sentespri a, e sila yo ki sèlman rete soude solidman ak doktrin ki rete nan yon sèten etap travay, se moun ki limite Bondye a doktrin, epi kwayans yo nan Bondye vag epi ensèten. Moun sa yo p ap janm resevwa Sali Bondye. Se sèlman twa etap travay Bondye a ki ka eksprime totalman nati Bondye annantye ak eksprime konplètman entansyon Bondye pou sove tout limanite, ak tout pwosesis Sali limanite a. Sa sa prèv Li te ranpòte laviktwa sou Satan epi rive genyen limanite; li se prèv viktwa Bondye, e li se ekspresyon nati Bondye annantye. Sila yo ki konprann sèlman youn nan twa etap travay Bondye a konnen sèlman yon pati nan nati Bondye. Nan nosyon lòm yo, li fasil pou sèl etap sa a nan travay la vin doktrin, e li vin pwobab pou lòm etabli règ ki fiks sou Bondye ak itilize sèl pati sa a nan nati Bondye kòm yon reprezantasyon nati Bondye annantye. Anplis, yon gwo pati nan imajinasyon lòm melanje anndan lòm, yon moun konsa limite nati Bondye, moun Li ye a, ak sajès Li, epi tou prensip travay Bondye yo, nan paramèt ki limite, pandan yo kwè si Bondye te konsa yon fwa, alò L ap rete menm jan an toutan e L p ap janm chanje. Tout sila yo ki konnen ak apresye twa etap travay la ka konnen Bondye konplètman e avèk presizyon. Omwen yo p ap defini Bondye kòm Bondye izrayelit yo, oswa jwif yo, e yo p pa wè L kòm Bondye k ap kloure sou kwa a pou toutan nan enterè lòm. Si yon moun rive konnen Bondye sèlman apati de yon etap nan travay Li, alò konesans yo vrèman twò piti, e li pa vo plis pase yon gout dlo nan oseyan an. Si se pa sa, poukisa anpil nan ansyen gad relijye yo ta kloure Bondye vivan sou kwa a? Èske se pa paske lòm fèmen Bondye nan sèten paramèt? Èske anpil moun pa opoze ak Bondye e bloke travay Sentespri a paske yo pa konnen travay Bondye ki varye epi divèsifye, e, anplis, paske yo posede sèlman yon ti kal nan konesans ak doktrin ki sèvi pou mezire travay Sentespri a? Menm si eksperyans moun konsa sipèfisyèl, yo awogan ak toleran nan nati yo, e yo gade travay Sentespri a avèk mepri, yo inyore disiplin Sentespri a e, anplis, yo itilize vye agiman san enpòtans yo pou “konfime” travay Sentespri a. Epi tou Yo fè yon montaj, e yo gen konviksyon total de pwòp aprantisaj yo ak edikasyon yo, e yo gen konviksyon yo ka vwayaje atravè mond lan. Èske moun konsa pa sila yo ke Sentespri a meprize epi rejte, e èske nouvo epòk la p ap elimine yo? Èske sila yo ki vini devan Bondye e ki ouvètman opoze ak Li se pa moun piti ki inyoran ak mal enfòme, ki sèlman ap eseye montre jan yo briyan? Avèk sèlman yon ti kras konesans nan Bib la, yo eseye chevoche “akademi” mond lan; avèk yon doktrin sipèfisyèl pou anseye moun, yo eseye envès travay Sentespri a e tante fè l tounen tou pwòp pwosesis panse yo. Jan yo pa wè lwen an, yo eseye gade nan yon senp koudèy si mil (6,000) ane travay Bondye a. Moun sa yo pa gen okenn sans ki merite mansyone! An reyalite, plis moun gen gwo konesans sou Bondye, plis yo lan pou jije travay Li. Anplis, yo sèlman pale yon ti kras de konesans yo sou tavay Bondye a jodi a, men yo pa enpridan nan jijman yo. Mwens moun yo konnen Bondye, plis yo awogan ak twòp konfyan e plis yo pwoklame moun Bondye ye a yon fason ki lèd—men yo sèlman pale de teyori, e yo pa ofri bon jan prèv. Moun konsa pa gen okenn valè. Sila ki wè travay Sentespri a kòm yon jwèt, yo frivol! Sila yo ki pa pran prekosyon lè y ap rankontre nouvo travay Sentespri a, ki pale pou yo pa di anyen, ki prese jije, ki libere ensten natirèl yo pou nye jistis travay Sentespri a, e ki tou ensilte ak blasfeme li—èske moun ki drespektan konsa pa moun ki inyore travay Sentespri a? Èske, anplis, yo pa moun ki gen gwo awogans, moun ki natirèlman ògeye e engouvènab? Menm si yon jou rive kote moun sa yo ap aksepte nouvo travay Sentespri a, Bondye ap toujou pa tolere yo. Non sèlman yo meprize sila yo k ap travay pou Bondye, men tou yo blasfeme kont Bondye Li menm. Moun enpridan konsa p ap jwenn padon, ni nan epòk sa a ni nan epòk k ap vini an, e yo pral peri pou toutan nan lanfè! Moun derespektan, toleran konsa pretann yo kwè nan Bondye, e plis moun yo vin konsa, se plis yo siseptib pou ofanse dekrè administratif Bondye yo. Èske tout moun awogan sa yo ki natirèlman dezobeyisan, e ki pa janm obeyi pèsonn pa mache sou chemen sa a? Èske yo pa opoze ak Bondye jou aprè jou, Bondye ki toujou nouvo e ki pa janm ansyen an? Jodi a, nou ta dwe konprann poukisa nou dwe konnen enpòtans twa etap travay Bondye yo. Pawòl m ap di yo nan avantaj nou, e yo pa senp pawòl anlè. Si nou sèlman li yo kòm si nou t ap admire flè pandan n ap galope pase sou cheval, èske tout travay di mwen an p ap pou granmesi? Chak nan nou ta dwe konnen pwòp nati nou. Pi fò nan nou abil nan agimantasyon; repons a kesyon teyorik yo woule soti nan lang nou; men nou pa gen anyen pou di ki gen awè ak sibstans. Menm jodi a, nou toujou antre nan konvèsasyon frivòl, nou enkapab pou nou chanje ansyen nati nou, e pifò nan nou pa gen entansyon chanje fason n ap pouswiv pou atenn verite ki pi wo, men olyesa nou viv vi nou sèlman san antouzyas. Kòman moun konsa ka swiv Bondye jiska lafen? Menm si nou ka swiv chemen an jiska lafen san antouzyas, ki benefis l ap ye pou nou? L ap pi bon si nou chanje ide nou anvan l twò ta, swa nou pouswiv tout bon, swa nou retire kò nou bonè. Pandan tan an ap pase w ap vin yon parasite k ap viv sou do lòt moun—èske nou vle jwe yon wòl ki ba epi dezonorab konsa?

Twa etap travay Bondye a se yon dosye sou Sali Bondye pou limanite, e yo pa imajinè. Si nou vrèman vle chache yon konesans sou nati Bondye annantye, nou dwe konnen twa etap travay Bondye fè a, e, anplis, nou pa dwe retire okenn etap. Sa se minimòm sila yo k ap chache konnen Bondye dwe reyalize. Lòm li menm pa ka fabrike yon vrè konesans sou Bondye. Sa se pa yon bagay lòm li menm ka imajine, ni li pa konsekans favè espesyal Sentespri a fè yon sèl moun. Pito, li se konesans ki vini apre lòm fin eksperimante travay Bondye a, e li se yon konesans Bondye ki vini sèlman vini apre w fin eksperimante reyalite travay Bondye a. Konesans konsa pa ka reyalize ak fantezi, ni li pa yon bagay yo ka anseye. Li totalman an rapò ak eksperyans pèsonèl. Sali Bondye pou limanite nan sant twa etap etap travay la, men nan travay Sali a gen plizyè metòd travay ak plizyè fason ki eksprime nati Bondye. Se sa ki pi difisil pou lòm idantifye, e se sa ki difisil pou lòm konprann. Separasyon epòk yo, chanjman nan travay Bondye a, chanjman nan kote travay la fèt, chanjman moun ki benefisye travay sa a, elatriye—tout sa yo nan twa etap travay la. An patikilye, diferans nan fason Sentespri a travay, menm jan ak chanjman nan nati, imaj, non, idantite Bondye, oswa lòt chanjman, tout fè pati twa etap travay la. Yon etap travay ka reprezante sèlman yon pati, e l limite nan yon sèten chan. Li pa enplike separasyon etap yo, oswa chanjman nan travay Bondye a, ankò mwens lòt aspè yo. Sa se yon reyalite ki klèman evidan. Twa etap travay la se totalite travay Bondye a nan Sali limanite. Lòm dwe konnen travay Bondye a ak nati Bondye nan travay Sali a; san reyalite sa a, konesans ou sou Bondye pa lòt bagay pase pawòl san sans, li se sèlman pawòl anlè san aksyon. Konesans konsa pa ka ni konvenk ni konkeri lòm; li an kontradiksyon ak reyalite a, e li pa laverite. Li ka abondan ak agreyab nan zòrèy, men li an kontradiksyon ak dispozisyon natirèl Bondye, alò Bondye p ap epaye w. Non sèlman li p ap fè elòj konesans ou, men tou l ap fè reprezay kont ou poutèt ou se yon pechè ki blasfeme L. Yo pa di pawòl konesans Bondye avèk lejète. Menm si w ka gen lejète nan pawòl ou ak yon lang annajan, e menm si w ka fè nwa pase pou blan e blan pase pou nwa tèlman pawòl ou yo entelijan, ou toujou sipifisyèl lè pou pale de konesans Bondye. Bondye se pa yon moun ou ka prese jije oswa louwe yon fason dekontrakte, oswa amize w ap denigre. Ou fè lwanj pou nenpòt moun ak pou tout moun, men w ap goumen pou jwenn mo ki bon pou dekri gran bonte ak byenveyans Bondye—se sa tout moun ki pèdi vin reyalize. Menm gen moun ki metrize langaj ki ka dekri Bondye, presizyon sa yo dekri a se sèlman yon santyèm nan verite moun ki pou Bondye yo di, se moun ki, malgre yo posede yon vokabilè limite, gen yon eksperyans rich pou moun apiye sou li. Konsa moun ka wè konesans Bondye a chita sou presizyon ak reyalite, e non pa nan itilizasyon entelijan mo oswa yon vokabilè ki rich, e pa gen okenn rapò ant konesans lòm ak konesans Bondye. Leson konesans Bondye a pi wo pase tout syans natirèl limanite yo. Se sèlman yon ti kantite nan sila yo k ap chache konnen Bondye ki reyalize leson sa a, e se pa jis nenpòt moun ki gen talan ki ka reyalize l. Konsa nou pa dwe wè konesans Bondye ak pouswit laverite kòm si yo se bagay yon senp timoun ta ka reyalize. Petèt ou reyisi totalman nan lavi fanmi w, oswa nan karyè w, oswa nan maryaj ou, men lè se verite a ak leson konesans Bondye a, ou pa gen anyen pou montre pou tèt ou e ou pa reyalize anyen. Lè w mete verite a an pratik, ou ka di, ou gen gwo difikilte, e konesans Bondye se menm yon pi gwo pwoblèm. Sa se difikilte nou, e se tou difikilte tout limanite ap konfwonte. Pami sila yo ki te fè kèk reyalizasyon pandan yo konnen Bondye a, prèske pa gen youn ki alawotè. Lòm pa konnen kisa konnen Bondye vle di, oswa poukisa l nesesè pou konnen Bondye, oswa ki degre l dwe atenn pou l konnen Bondye. Se sa ki mete limanite nan konfizyon, e li se senpleman pi gwo kastèt limanite konfwonte—pèsonn pa ka reponn kesyon sa a, ni pèsonn pa vle reponn kesyon sa a, paske, jiska jodi a, pèsonn nan limanite pa reyisi nan etid travay sa a. Petèt lè yo fè limanite konnen kastèt twa etap travay la, yon gwoup moun ki gen talan ki konnen Bondye ap parèt youn apre lòt. Sètènman, mwen espere se sa li ye, e, anplis, mwen nan pwosesis pou egzekite travay sa a, e mwen espere wè plis moun ki gen talan konsa parèt nan yon tan ki pa lwen. Y ap vin sila yo ki rann temwanyaj sou reyalite twa etap travay la, e, sètènman, yo pral tou premye moun ki rann temwanyaj sou twa etap travay la. Men anyen pa ta pi penib ak pi regretab pase moun ki gen talan sa yo ki pa emèje jou travay Bondye a rive nan fen l, oswa si genyen sèlman youn oswa de ki pèsonèlman aksepte pou Bondye ki tounen moun nan pèfeksyone yo. Sepandan, sa se sèlman pi move senaryo. Kèlkeswa ka a, mwen espere sila k ap pouswiv tout bon yo ka jwenn benediksyon sa a. Depi kòmansman tan an, pa janm gen travay tankou sa a; yon antrepriz konsa pa t janm fèt nan istwa devlòpman limanite. Si w ka vin vrèman youn pami sila ki konnen Bondye yo, èske sa pa t ap pi gran lonè pami tout kreyati yo? Èske Bondye ta felisite nenpòt kreyati pami lèzòm? Travay konsa pa fasil pou reyalize, men l ap toujou fini pa rekòlte rekonpans. Kèlkeswa sèks yo oswa nasyonalite yo, tout sila yo ki ka jwenn konesans Bondye pral, nan fen an, resevwa pi gran lonè Bondye, e yo pral sèl moun ki posede otorite Bondye. Sa se travay jodi a, e li se tou travay lavni an; li se dènye ak pi gwo travay ki dwe akonpli nan 6,000 ane travay, e li se yon fason pou travay ki revele chak kategori moun. Atravè travay pou fè konnen Bondye a, yo revele diferan grad lòm yo: sila yo ki konnen Bondye kalifye pou resevwa Benediksyon Bondye yo ak aksepte pwomès Li yo, tandiske sila yo ki pa konnen Bondye pa kalifye pou resevwa benediksyon Bondye ak pwomès Li yo. Sila yo ki konnen Bondye se entim nan Bondye, e sila yo ki pa konnen Bondye, yo pa rele yo entim nan Bondye; entim nan Bondye ka resevwa nenpòt nan benediksyon Bondye yo, men sila yo ki pa entim nan Li pa diy pou okenn nan travay Li. Kit se tribilasyon, rafinman, oswa jijman, tout bagay sa yo se pou pèmèt lòm fini pa genyen yon konesans Bondye, epi pou lòm ka soumèt li a Bondye. Sa se sèl efè k ap reyalize alafen. Pa gen anyen nan twa etap travay la ki kache, e sa nan avantaj konesans lòm sou Bondye, eli ede lòm genyen yon konesans ki pi konplè ak pi apwofondi sou Bondye. Tout travay sa a nan benefis lòm.

Travay Bondye a Li menm se vizyon lòm dwe konnen an, paske lòm pa ka fè travay bondye a, e lòm pa posede l. Twa etap travay la se totalite jesyon Bondye, e pa gen pi gran vizyon lòm ta dwe konnen, alò li pa fasil pou konnen Bondye, li pa fasil pou konprann volonte Bondye, e, anplis, chemen lòm ap mache ladann nan vin pi difisil chak fwa. San vizyon yo, lòm pa t ap ka rive lwen konsa. Se vizyon ki sovgade lòm jiska jodi a, e ki bay lòm pi gran pwoteksyon. Alavni, konesans nou dwe apwofondi, e nou dwe konnen tout volonte Li ak esans travay saj Li a nan twa etap travay la. Se sèlman sa ki vrè nivo devlòpman nou. Etap final travay la pa kanpe poukont li, men li fè pati yon ansanm ki fòme avèk de etap anvan yo, sa vle di li enposib pou konplete tout tavay Sali a lè w fè yon sèl nan twa etap travay la. Menm si etap final travay la ka sove lòm konplètman, sa pa vle di li nesesè pou fè sèl etap sa a poukont li, e de etap anvan yo pa nesesè pou sove lòm anba enfliyans Satan. Moun pa ka kenbe okenn nan twa etap sa yo kòm sèl vizyon tout limanite dwe konnen, paske totalite travay Sali a se twa etap travay la, non pa yon sèl etap pami yo. Toutan travay Sali a pa fin akonpli, jesyon Bondye a p ap ka fini konplètman. Moun Bondye ye a, nati Li, ak sajès Li eksprime nan totalite travay Sali a; yo pa revele a lòm nan kòmansman an menm, men yo eksprime pwogresivman nan travay Sali a. Chak etap nan travay Sali a eksprime yon pati nan nati Bondye, e yon pati moun li ye a; se pa chak etap travay la ki ka eskprime dirèkteman ak konplètman totalite moun Bondye ye a. Konsa, travay Sali a ka acheve totalman yon fwa twa etap travay la fini, e konsa konesans lòm sou Bondye annantye pa ka separe de twa etap travay Bondye a. Sa lòm jwenn nan youn nan etap travay la se senpleman nati Bondye ki eksprime nan yon sèl pati travay Li a. Li pa ka reprezante nati L ak moun Li ye a ki eksprime nan etap yo anvan oswa apre. Sa se paske travay pou sove limanite a pa ka fini imedyatman pandan yon peryòd, oswa yon kote, men li vin pwogresivman pi pwofon selon nivo devlòpman lòm nan diferan peyòd ak diferan kote yo. Li se travay ki fèt pa etap, e li pa fini nan yon sèl etap. Konsa tout sajès Bondye kristalize nan twa etap yo, olye yon sèl etap. Tout moun Li ye a ak tout sajès Li anransinen nan twa etap sa yo, e chak etap gen moun Li ye a, epi chak etap se yon dosye sajès travay Li. Lòm ta dwe konnen tout nati Bondye ki eksprime nan twa etap sa yo. Tout sa nan nati Bondye gen pi gwo enpòtans pou tout limanite, e si moun yo pa gen konesans sa a lè y ap adore Bondye, alò yo pa diferan de sila yo k ap adore Bouda. Travay Bondye pami lèzòm pa kache pou lòm, e tout sila yo k ap adore Bondye ta dwe konnen l. Depi Bondye te egzekite twa etap travay Sali a pami lèzòm, lòm ta dwe konnen ekspresyon sa Li genyen e sa Li ye pandan twa etap travay sa yo. Se sa lòm dwe fè. Sa Bondye kache pou lòm se sa lòm pa ka reyalize, e sa lòm pa ta dwe konnen, tandiske sa Bondye montre lòm se sa lòm ta dwe konnen, e sa lòm ta dwe posede. Chak etap travay fèt sou etap ki vini anvan an; li pa fèt youn endepandan de lòt, separe de travay Sali a. Menm si gen gwo diferans ant epòk la ak tip travay ki fèt la, nan sant li se toujou travay Sali limanite a, e chak etap travay Sali a pi pwofon pase dènye a. Chak etap travay la kontinye apati de baz dènye a, sa ki pa aboli. Nan fason sa a, nan travay Li ki toujou nouvo e ki pa janm ansyen, Bondye toujou ap eksprime aspè nati Li ki pa t janm eksprime a lòm anvan, e Li toujou ap revele a lòm nouvo travay Li ak nouvo moun Li ye a, e menm si ansyen gad relijye a fè tout sa l kapab pou reziste kont sa, e opoze ouvètman ak li, Bondye toujou fè travay nouvo Li gen entansyon fè a. Travay Li toujou ap chanje, e akoz sa, li toujou ap rankontre opozisyon lòm. Konsa, tou, nati L toujou ap chanje menm jan ak epòk la ak benefisyè travay li yo. Anplis, li toujou ap fè travay ki pa t janm fèt anvan, e menm egzekite travay ki sanble an kontradiksyon pou lòm ak travay ki te fèt anvan, pou kanpe kont li. Lèzòm sèlman ka aksepte yon kalte travay, oswa yon fason pou pratike, epi li difisil pou lèzòm aksepte travay la, oswa fason pou pratike yo, ki an dezakò ak yo, oswa ki pi wo pase yo. Sentespri a toujou ap fè travay nouvo, e konsa gen gwoup ekspè relijye ki parèt youn apre lòt ki opoze ak nouvo travay Bondye a. Moun sa yo vin ekspè presizeman paske lòm pa gen konesans sou jan Bondye toujou nouvo e Li pa janm ansyen, e li pa gen konesans sou prensip travay Bondye yo, e, anplis, li pa gen konesans sou pakèt fason Bondye sove lòm. Konsa, lòm definitivman pa ka di si se travay ki soti nan Sentespri a, e si se travay ki soti nan Bondye Li menm. Anpil moun akwoche yo a yon atitid kote si yon bagay koresponn ak pawòl ki te di anvan yo, yo aksepte l, e si gen diferans ak travay anvan an, yo opoze ak li e yo rejte l. Jodi a, èske nou tout pa respekte prensip sa yo? Twa etap travay Sali pa t gen gwo efè sou nou, e gen sila yo ki kwè de etap travay anvan yo se yon fado yo senpleman pa bezwen konnen. Yo panse etap sa yo pa ta dwe deklare bay mas yo, e yo ta dwe retrakte yo pi vit posib, pou moun yo pa santi yo akable pa de premye etap yo nan twa etap travay la. Pifò moun yo kwè fè konnen de premye etap travay la se yon demach ki ale twò lwen, e sa pa ede moun konnen Bondye—se sa nou panse. Jodi a, nou tout kwè li bon pou aji nan fason sa a, men jou a pral rive kote n ap rann kont de enpòtans travay Mwen an: konnen byen Mwen pa fè okenn travay ki san enpòtans. Puiske M ap deklare twa etap travay Mwen yo ba nou, yo dwe nan avantaj nou; puiske twa etap travay sa yo nan sant tout jesyon Bondye a, yo dwe vin sant atansyon tout moun nan linivè. Yon jou n ap rann nou kont de enpòtans travay sa a. Konnen nou opoze ak travay Bondye, oswa nou itilize pwòp nosyon nou pou mezire travay jodi a, paske nou pa konnen prensip travay Bondye yo, e paske nou pa pran pawòl Sentespri a oserye ase. Se ide nou yo ak inyorans natirèl nou ki lakoz opozisyon nou ak Bondye ak obstriksyon travay Sentespri a. Se pa paske travay Bondye a pa bon, men se paske nou natirèlman twò dezobeyisan. Apre yo fin jwenn kwayans nan Bondye, gen kèk moun ki pa ka menm di avèk sètitid ki kote lòm soti, men yo oze fè diskou piblik kote y ap evalye sa ki bon ak sa ki pa bon nan travay Sentespri a. Yo menm fè laleson ak apot yo ki gen nouvo travay Sentespri a, pandan y ap fè kòmantè ak pale yon fason ki pa apwopriye; imanite yo twò ba, e pa gen ti kras sans ki pi piti a nan yo. Èske jou a p ap rive kote travay Sentespri a pral rejte moun konsa, epi boule yo nan dife lanfè? Yo pa konnen travay Bondye a, men olyesa, yo kritike travay Li, epi tou yo eseye di Bondye kijan pou L travay. Kijan moun ki pa rezonab konsa ka konnen Bondye? Lòm vin konnen Bondye pandan pwosesis rechèch ak eksperimantasyon an; se pa atravè kritik ki chita sou fantezi lòm rive konnen Bondye atravè limyè Sentespri a. Plis konesesans moun yo sou Bondye vin egzat, mwens yo opoze ak Li. Pakont, mwens moun yo konnen Bondye, plis li pwobab pou yo opoze ak Li. Ide nou yo, ansyen nati nou an, ak imanite nou, karaktè ak aparans moral nou se “kapital” ki sèvi pou nou reziste ak Bondye, plis nou vin kòwonpi, degrade ak ba, plis nou se lènmi Bondye. Moun ki posede nosyon ki fò e ki gen yon nati jistis pou tèt yo plis lènmi Bondye ki tounen moun nan; moun konsa se antikris. Si nosyon nou yo pa rektifye, y ap toujou kont Bondye; nou p ap janm konpatib ak Bondye, e n ap toujou separe ak Li.

Se sèlman lè nou mete ansyen nosyon nou yo dekote nou ka gen nouvo konesans, men ansyen konesans pa nesesèman ekivalan ansyen nosyon. “Nosyon” fè referans ak bagay lòm imajine e ki an kontradiksyon ak reyalite a. Si ansyen konesans lan te deja depase nan ansyen epòk la e li te anpeche lòm antre nan nouvo travay la, alò konesans sa a se yon nosyon tou. Si lòm kapab fè apwòch ki kòrèk la pa rapò ak konesans konsa e li kapab konnen Bondye apati de plizyè aspè diferan, nan konbine sa ki ansyen ak sa ki nouvo, alò ansyen konesans lan vin yon èd pou lòm e li vin baz ki sèvi pou lòm antre nan nouvo epòk la. Leson konesans Bondye a mande pou metrize anpil prensip: kijan pou antre nan chemen pou konnen Bondye a, ki verite ou dwe konprann pou konnen Bondye, e kijan pou w debarase w de nosyon w yo pou w ka soumèt ak tout aranjaman nouvo travay Bondye a. Si w itilize prensip sa yo kòm baz pou w antre nan leson konesans bondye a, alò konesans ou ap vin apwofondi pi plis. Si w gen yon konesans ki klè sou twa etap travay yo—sa vle di sou plan jesyon Bondye a annantye—e si w kapab konplètman tabli relasyon ant de premye etap travay Bondye yo ak etap kounye a, e wè li se travay Bondye fè a, lè sa a w ap gen yon baz solid ki enkonparab. Se yon Bondye ki te fè twa etap travay la; sa se pi gran vizyon an, e li se sèl chemen pou konnen Bondye. Bondye te ka fè twa etap travay la Li menm, e pèsonn pa t ka fè travay sa a nan non L—sa vle di se Bondye sèlman ki te ka fè pwòp travay Li depi okòmansman rive jodi a. Menm si twa etap travay Bondye a te fèt nan plizyè epòk ak plizyè kote, e menm si travay chak etap diferan, se yon sèl Bondye ki fè tout travay la. Pami tout vizyon yo, sa se pi gran vizyon lòm ta dwe konnen, lè sa a li t ap kapab kenbe fèm. Jodi a, pi gwo pwoblèm divès relijyon ak denominasyon yo ap konfwonte sèke yo pa konnen travay Sentespri a, e yo pa ka fè diferans ant sa ki travay Sentespri a ak sa ki pa travay Sentespri a—akoz de sa, yo pa ka di si etap travay sa a, menm jan ak lòt de dènye etap yo, se Jewova ki fè l tou. Menm si moun ap swiv Bondye, pifò ladan yo toujou pa ka di si se vrè chemen an. Lòm gen enkyetid konsènan si chemen sa a se chemen Bondye Li menm ap dirije pèsonèlman, e si enkanasyon Bondye se yon reyalite, e pi fò moun yo toujou pa gen okenn ide sou kòman pou yo disène bagay sa yo. Moun k ap swiv Bondye yo pa ka detèmine chemen an, e konsa mesaj ki di yo gen sèlman yon efè pasyèl pami moun sa yo, e li pa ka efikas totalman, e konsa, lè sa a, sa afekte antre moun sa yo nan lavi. Si lòm ka wè twa etap travay la se Bondye Li menm ki te fè yo nan divès peryòd, divès kote, ak divès moun; si lòm ka wè malgre travay la diferan, se Bondye ki fè tout, e puiske se travay Bondye fè, alò li dwe bon e san erè, e malgre li an kontradiksyon ak nosyon lòm yo, pa gen zafè nye li se travay yon sèl Bondye—si lòm ka di avèk sètitid sa se travay yon sèl Bondye, alò nosyon lòm yo redui a yon seri senp ti pòsyon, pa lapenn pou mansyone sa. Paske vizyon lòm yo pa klè, e paske lòm sèlman konnen Jewova kòm Bondye, e Jezi kòm Seyè a, e li nan de lide konsènan Bondye ki tounen moun nan jodi a, anpil moun rete konsakre ak travay Jewova ak Jezi, e yo anba atak nosyon sou travay jodi a, pifò moun toujou gen dout, e yo pa pran travay jodi a oserye. Lòm pa gen nosyon sou de dènye etap travay la, ki te envizib. Sa se paske lòm pa konprann reyalite de dènye etap travay la, e li pa t temwen yo pèsonèlman. Se paske etap sa yo nan travay la pa ka wè lòm k ap imajine jan l vle; kèlkeswa sa l vini avè l, pa gen eleman pou pwouve imajinasyon konsa, e pèsonn pa ka korije yo. Lòm bay ensten natirèl li chemen lib, lè li voye pridans nan van e kite imajinasyon l fonskyone libreman, paske pa gen eleman pou verifye sa l imajine yo, e konsa sa l imajine yo vin “reyalite,” menm si pa gen okenn prèv pou yo. Konsa lòm kwè nan pwòp Bondye l li imajine nan lespri l, e li pa chache Bondye reyèl la. Si yon moun gen yon tip kwayans, alò sou san moun gen san tip kwayans. Lòm gen kwayans sa yo paske li pa t wè reyalite travay Bondye a, paske li te sèlman tande l ak zòrèy li, e li pa t wè l ak je l. Lòm te tande lejann ak istwa yo—men li te tande raman konesans reyalite travay Bondye a. Konsa, sèke moun ki te kwayan sèlman pandan yon ane vin kwè nan Bondye atravè pwòp nosyon yo. Menm bagay la vrè tou pou sila yo ki kwè nan Bondye pandan tout lavi yo. Sila yo ki pa ka wè reyalite yo p ap janm ka chape anba yon lafwa se ladan yo gen nosyon sou Bondye. Lòm kwè li libere tèt li anba chenn ansyen nosyon l yo, e li antre nan yon nouvo tèritwa. Èske lòm pa konnen konesans sila yo ki pa ka wè vrè fas Bondye a pa lòt bagay ke nosyon ak bagay yo tande moun di? Lòm panse nosyon l bon e san erè, e li panse nosyon sa yo soti nan Bondye. Jodi a, lè lòm temwen travay Bondye a, li lache nosyon l ki te akimile pandan anpil ane. Imajinasyon l yo ak ide l yo nan tan pase a te vin yon blokaj pou travay etap sa a, e li vin difisil pou lòm abandone nosyon sa yo e rejte ide sa yo. Nosyon sou travay etap-pa-etap sa a anpil nan moun ki te swiv Bondye jiska jodi a genyen vin pi grav toujou, e moun sa yo te fòme pwogresivman yon ostilite tenas kont Bondye ki tounen moun nan. Sous rayisman sa a chita nan nosyon ak imajinasyon lòm yo. Nosyon ak imajinasyon lòm yo vin lènmi travay jodi a, travay ki an kontradiksyon ak nosyon lòm yo. Sa te rive presizeman paske reyalite yo pa pèmèt lòm bay imajinasyon l chemen lib, e, anplis, lòm pa ka rejte l fasilman, e nosyon ak imajinasyon lòm yo pa tolere egzistans reyalite yo, e, plis ankò, paske lòm pa reflechi sou egzaktitid ak verasite reyalite yo, e senpleman lage nosyon l yo san rezèv e anplwaye pwòp imajinasyon l. Moun ka sèlman di sa se fòt nosyon lòm yo, e moun pa ka di sa se fòt travay Bondye a. Lòm ka imajine sa l vle, men li pa ka konteste libreman okenn etap nan travay Bondye a oswa okenn pati ladan; lòm pa ka vyole reyalite travay Bondye a. Ou ka bay imajinasyon w chemen lib, e menm konpile bèl istwa sou travay Jewova ak Jezi a, men ou pa ka rejte reyalite chak etap travay Jewova ak Jezi a; sa se yon prensip, e li se tou yon dekrè administratif, e nou dwe konprann enpòtans kesyon sa yo. Lòm kwè etap sa a nan travay la enkonpatib ak nosyon lòm yo, e sa se pa leka pou de premye etap travay la. Nan imajinasyon l, lòm kwè travay de premye etap yo sètènman pa menm ak travay jodi a—men èske w janm konsidere tout prensip travay Bondye se menm, travay Li toujou pratik, e, kèlkeswa epòk la, pral toujou gen yon bann moun ki reziste e opoze ak reyalite travay Li a? Tout sila yo ki jodi a reziste e opoze ak etap sa a nan travay la t ap san dout opoze tou ak Bondye nan tan pase yo, paske moun konsa yo ap toujou lènmi Bondye. Moun ki konnen reyalite travay Bondye a pral wè twa etap travay la kòm travay yon sèl Bondye, e yo pral abandone nosyon yo genyen yo. Sa yo se moun ki konnen Bondye, e moun sa yo se moun k ap swiv Bondye tout bon. Lè tout jesyon Bondye ap pwoche nan fen l, Bondye pral klase tout bagay pa kategori. Se men Kreyatè a ki te fè lòm, e alafen Li dwe retounen lòm konplètman anba dominasyon L; sa a se konklizyon twa etap travay la. Etap travay dènye jou yo, ak de premye etap yo nan Izrayèl ak Jida, se plan jesyon Bondye nan tout linivè. Pèsonn pa ka nye sa, e se reyalite travay Bondye a. Menm si moun yo pa t eksperimante oswa temwen anpil nan travay sa a, reyalite yo toujou reyalite, e okenn moun pa ka nye sa. Tout moun ki kwè nan Bondye nan chak peyi nan linivè pral aksepte twa etap travay la. Si w konnen sèlman yon etap patikilye nan travay la, e w pa konprann de lòt etap travay la, ou pa konprann travay Bondye a nan tan pase yo, alò ou pa ka di tout laverite sou plan jesyon Bondye annantye, e konesans ou sou Bondye se yon konesans pasyèl, paske nan kwayans ou nan Bondye ou pa konnen oswa konprann Li, e konsa ou ba bon pou rann temwanyaj pou Bondye. kit konesans ou sou bagay sa yo kounye a pwofon oswa sipèfisyèl, alafen ou dwe gen konesans, e w dwe konvenk totalman, e tout moun pral wè travay Bondye a annantye e soumèt yo anba dominasyon Bondye. Nan fen travay sa a, tout relijye yo pral vin youn, tout kreyati yo pral retounen anba dominasyon Kreyatè a, tout kreyati yo pral adore sèl vrè Bondye a, e tout move relijyon yo p ap anyen, yo p ap janm parèt ankò.

Poukisa yo fè referans san rete konsa ak twa etap travay la? Pasaj epòk yo, devlòpman sosyal, ak fas nati a k ap chanje, tout ap swiv alterasyon yo nan twa etap travay la. Limanite chanje atan avèk travay Bondye a, e li pa devlope pa li menm. Yo fè referans ak twa etap yo pou mennen tout kreyati, ak tout moun nan chak relijyon ak chak denominasyon anba dominasyon yon sèl Bondye. Kèlkeswa relijyon nou, finalman nou tout pa soumèt anba dominasyon Bondye. Se sèl Bondye Li menm ki ka fè travay sa a; okenn chèf relijye pa ka fè l. Gen plizyè gran relijyon nan mond lan, e chak gen pwòp chèf li, oswa pwòp lidè l, e fidèl li yo gaye nan diferan peyi ak rejyon toupatou nan mond lan; chak peyi, kit li piti kit li gwo, gen divès relijyon ladan. Sepandan, kèlkeswa kantite relijyon ki gen nan mond lan, tout moun nan linivè finalman egziste anba direksyon yon sèl Bondye, e se pa chèf relijye oswa lidè relijye ki gide egzistans yo. Sa vle di se pa yon chèf relijye oswa yon lidè relijye patikilye ki gide limanite; pito, se Kreyatè a ki gide tout limanite, Li menm ki te kreye syèl la, tè a, ak tout bagay, e ki te kreye limanite tou—sa se yon reyalite. Menm si mond lan gen plizyè gran relijyon, kèlkeswa jan yo gran, yo tout egziste anba dominasyon Kreyatè a, e okenn nan yo pa ka depase chan dominasyon l. Devlòpman limanite, pwogrè sosyal, devlòpman syans natirèl yo—chak enseparab de aranjman Kreyatè a, e travay sa a pa yon bagay okenn chèf relijye ka fè. Chèf relijye yo se sèlman lidè yon relijye an patikilye, e yo pa ka reprezante Bondye, ni yo pa ka reprezante Sila ki te kreye syèl la ak tè a ak tout bagay. Chèf relijye yo ka mennen tout sila yo ki nan relijyon an, men yo pa ka kòmande tout kreyati ki anba syèl la—sa se yon reyalite yo rekonèt nan tout linivè. Chèf relijye yo se senpleman lidè, e yo pa ka egal ak Bondye (Kreyatè a). Tout bagay nan men Kreyatè a, e alafen yo tout pral retounen nan men Kreyatè a. Okòmansman se Bondye ki te fè limanite, e nan kèlkeswa relijyon yo ye, tout moun pral tounen anba dominasyon Bondye—sa a inevitab. Se sèlman bondye ki Pi Wo pami tout bagay, e pi gwo dirijan pami tout kreyati yo dwe retounen anba dominasyon L tou. Kèlkeswa wotè pozisyon yon moun, moun sa a pa ka mennen limanite nan yon bon destinasyon, e pèsonn pa ka klase tout bagay pa kategori. Jewova Li menm te kreye limanite, e li te klase tout bagay selon kategori yo, e lè tan lafen an rive, Li pral toujou fè pwòp travay Li Li menm, nan klase tout bagay selon kategori yo—Apre Bondye pèsonn pa ka fè travay sa a. Se Bondye Li menm ki te fè twa etap travay la soti nan kòmansman an rive jodi a, e se yon sèl Bondye a ki te fè yo. Reyalite twa etap travay la se reyalite lidèchip Bondye pou tout limanite, yon reyalite pèsonn pa ka nye. Nan fen twa etap travay la, tout bagay pral klase selon kategori yo epi retounen anba dominasyon Bondye, paske nan tout linivè se yon sèl Bondye ki egziste, e pa gen lòt relijyon. Sila a ki pa kapab kreye mond la p ap kapab mete fen nan li, tandiske Sila ki te kreye mond lan ap sètènman mete fen nan li. Kidonk, si yon moun pa ka mete fen nan epòk la e li senpleman kapab ede lòm kiltive lespri l, alò sètènman li p ap Bondye, e sètènman li p ap Seyè limanite a, e li pral sètènman enkapab fè travay ki gran konsa, gen sèlman yon moun ki ka fè travay sa a, tout sa ki pa ka fè travay sa a se sètènman lènmi e non pa Bondye. Tout move relijyon yo enkonpatib ak Bondye, e puiske yo enkonpatib ak Bondye, yo se lènmi Bondye. Se yon sèl vrè Bondye sa a ki fè tout travay, e se sèl Bondye ki kòmande tout linivè. Kit L ap travay nan peyi Izrayèl oswa nan peyi Lachin, kit se Lespri a oswa lachè a ki fè travay la, se Bondye Li menm ki fè tout bagay, e okenn lòt moun pa ka fè l. Se presizeman paske Li se Bondye tout limanite ki fè Li travay libreman, san okenn kondisyon pa kontrenn Li—se sa a ki pi gran pami tout vizyon yo. Antanke kreyati Bondye, si w swete fè travay la kòm kreyati Bondye e w konprann volonte Bondye, ou dwe konprann travay Bondye a, ou dwe konprann volonte Bondye pou kreyati yo, ou dwe konprann plan jesyon Li, e ou dwe konprann tout enpòtans travay Li fè a. Sila yo ki pa konprann sa pa kalifye pou yo kreyati Bondye! Antanke kreyati Bondye, si w pa konprann ki kote w soti, ou pa konprann istwa limanite ak tout travay Bondye fè a, e plis ankò, ou pa konprann kòman limanite te devlope rive jiska jodi a, e depi Li te fin kreye lòm sou tè a, Li pa janm abandone l. Sentespri a pa janm sispann travay, Li pa janm sispann dirije limanite, e Li pa janm abandone limanite. Men limanite pa rann li kont gen yon yon Bondye, ankò mwens li pa konnen Bondye. Èske gen yon bagay ki pi imilyan pase sa pou tout kreyati Bondye yo? Bondye pèsonèlman dirije lòm, men lòm pa konprann travay Bondye a. Ou se kreyati Bondye, men ou pa konprann pwòp istwa w, ou pa konsyan kiyès ki kondui w sou pakou w, e ou enkonsyan de travay Bondye fè a, e konsa ou pa ka konnen Bondye. Si ou pa konnen tout sa kounye a, alò ou p ap janm kalifye pou rann temwanyaj pou Bondye. Jodi a Kreyatè a pèsonèlman ap dirije tout moun yon fwa ankò, e fè tout moun kontanple sajès Li, tout pouvwa L, Sali L, ak jan Li mèveye. Men ou toujou pa rann ou kont oswa konprann—kidonk, èske w pa moun ki p ap resevwa Sali a? Sila yo ki pou Satan pa konprann pawòl Bondye yo, tandiske sila yo ki pou Bondye ka tande vwa Bondye. Tout sila yo ki rann yo kont e konprann pawòl mwen di yo se sila yo ki pral sove e ki pral rann temwanyaj pou Bondye; tout sila yo ki pa konprann pawòl mwen di yo pa ka rann temwanyaj pou Bondye, e yo se moun ki pral elimine. Sila yo ki pa konprann volonte Bondye e ki pa rann yo kont de travay Bondye a, yo pa kapab atenn konesans Bondye a, e moun konsa p ap rann temwanyaj pou Bondye. Si w swete rann temwanyaj pou Bondye, alò ou dwe konnen Bondye; konesans Bondye akonpli atravè travay Bondye. Angwo, si w swete konnen Bondye, alò ou dwe konnen travay Bondye: konnen travay Bondye a se sa ki pi enpòtan. Lè twa etap travay la fini, gen yon gwoup moun ki rann temwanyaj pou Bondye ki pral fòme, yon gwoup moun ki konnen Bondye. Tout moun sa yo pral konnen Bondye e yo pral kapab mete verite a an pratik. Yo pral genyen imanite ak larezon, e yo tout pral konnen twa etap travay Sali Bondye a. Se travay sa a ki pral akonpli alafen, e moun sa yo se kristalizasyon travay jesyon 6,000 ane a, e yo se temwanyaj ki pi puisan pou dènye viktwa sou Satan an. Sila yo ki ka rann temwanyaj pou Bondye pral kapab resevwa pwomès ak benediksyon Bondye, e yo pral gwoup k ap rete nan fen an menm, gwoup ki posede otorite Bondye e ki rann temwanyaj pou Bondye. Petèt tout moun pami nou ka vin manm gwoup sa a, oswa petèt sèlman mwatye nan nou, oswa sèlman yon ti kras—sa depann de volonte nou ak objektif nou.

Avan:  Travay Bondye ak Travay Lòm

Pwochen:  Limanite Kowonpi Pi Bezwen Delivrans Bondye Lachè

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger