Diferans ant Ministè Bondye ki Manifeste L nan Lachè a ak Devwa Lòm
Nou dwe aprann konnen vizyon travay Bondye epi konprann direksyon jeneral travay Li. Sa se yon antre pozitif. Depi ou fin byen metrize verite sou vizyon yo, antre ou a ap asire; kèlkeswa fason travay Bondye a chanje, w ap rete fèm nan kè ou, w a gen yon lide klè sou vizyon yo, epi w ap gen yon objektif pou antre w la, e pou rechèch ou. Konsa, tout eksperyans ak konesans ki nan ou ap vin pi pwofon epi y ap vin pi detaye. Depi ou fin konprann sitiyasyon global la konplètman, ou p ap fè pèd ankò nan vi w, ni ou p ap pèdi chemen w. Si ou pa rive konnen etap travay sa yo, w ap fè pèd nan chak etap, epi sa ap pran w plis pase kèk jou pou ou ranvèse sitiyasyon an, epi ou p ap kapab reprann ou menm aprè kèk semèn. Èske sa p ap retade w? Gen plis bagay toujou nan domèn eleman pozitif ak pratik ou bezwen metrize. Konsènan vizyon travay Bondye a, ou dwe konprann pwen sa yo: sans travay konkèt Li a, pwochen wout pou ou vin bon nèt la, sa ki dwe fèt pa mwayen eprèv ak tribilasyon, sans jijman ak chatiman, prensip ki dèyè travay Sentespri a, epi prensip ki dèye pèfeksyon an ak konkèt la. Tout bagay sa yo fè pati verite vizyon yo. Rès la se twa etap travay nan Epòk Lalwa, Epòk Lagras, ak Epòk Wayòm nan, ansanm ak temwayaj ki gen pou vini. Sa yo tou, fè pati verite sou vizyon an, epi se yo ki pi fondamantal e ki pi enpòtan. Pou kounya, gen anpil bagay nou dwe antre ladan yo, epi pratike yo; kounya yo pi etale epi yo pi detaye. Si ou pa konnen verite sa yo, sa montre ou poko antre. Pi souvan, konesans moun yo genyen sou verite a twò sipèfisyèl; yo pa kapab mete sèten verite debaz an pratik, epi yo pa konnen ki jan pou yo jere menm ti bagay raz. Rezon ki fè moun yo pa kapab pratike verite a se paske yo gen yon tandans rebèl, e paske konesans yo sou travay la jodi a twò sipèfisyèl epi li panche sou yon sèl bò. Kidonk, se pa yon travay fasil pou moun yo vin bon nèt. Ou twò rebèl, epi ou retni twòp nan moun ou te ye avan an; ou pa kapab kanpe sou bò verite a, epi ou pa kapab pratike menm verite ki pi klè a. Moun konsa pa kapab sove epi, se yo Bondye pa rive pran pou Li. Si antre ou a pa gen ni detay ni objektif, w ap pran tan pou grandi. Si pa menm genyen yon ti kras reyalite nan antre w la, rechèch ou va fèt anven atò. Kwasans nan vi yon moun ak chanjman nan tandans li reyalize lè li antre nan reyalite a, anplis, lè li fè eksperyans detaye. Si ou fè anpil eksperyans detaye pandan antre w la, epi ou gen anpil konesans reyèl ak antre tout bon, tandans ou va chanje byen vit. Menm si, pou kounya, ou klè nèt konsènan pratik la, ou dwe omwens klè konsènan vizyon travay Bondye a. Si se pa sa, ou p ap kapab antre; antre a posib sèlman lè ou gen konesans verite a. Sèlman si Sentespri a ba w limyè nan eksperyans ou, w ap konprann verite a byen, epi w ap antre pi fon. Nou dwe dekouvri travay Bondye a.
Nan kòmansman, apre Bondyè fin kreye lòm, se te Izrayelit yo ki te sèvi kòm baz travay Bondye a. Tout Izrayèl se te baz travay Jewova a sou latè. Travay Jewova a se te dirije epi kondui lòm dirèkteman pa mwayen lwa yo, pou lòm te kapab viv yon vi ki nòmal epi adore Jewova yon fason ki nòmal sou latè. Nan Epòk Lalwa a lòm pa t kapab ni wè ni touche Bondye. Paske tout sa li te fè se te gide premye pèp Satan te kowonp lan, anseye epi kondui yo, pawòl Li pa t gen anyen ankò apa lwa, òdonans ak prensip konsènan konpòtman lòm, epi li pa t ba yo verite lavi a. Anba lidèchip Li, Satan pa t kowonp Izrayelit yo twòp. Twavay lwa Li a se te reyèlman premye etap nan travay delivrans lan, kòmansman travay delivrans lan, li pa t gen anyen pou wè ak chanje tandans lòm. Konsa, li pa t nesesè nan kòmansman travay delivrans lan pou Li te pran fòm moun ann Izrayèl. Se poutèt sa Li te bezwen yon entèmedyè—yon zouti—pou L te pase pa li pou L konekte ak lòm. Se konsa moun ki te pale epi travay nan non Jewova yo te soti pami moun Bondye kreye, se konsa pitit lòm yo ak pwofèt yo te vin travay pami lèzòm. Pitit lòm yo te travay pami lèzòm nan non Jewova. Lè Jewova rele yon moun “pitit lòm,” sa vle di moun sa prezante lwa yo nan non Jewova. Yo te prèt tou pami pèp Izrayèl la, prèt ki te anba siveyans ak pwoteksyon Jewova, epi Lespri Jewova a te travay nan yo. Pwofèt yo, yon lòt bò, te la pou pale, nan non Jewova, ak pèp la nan tout tèritwa ak tout tribi. Yo te pwofetize travay Jewova tou. Men pitit lòm yo oswa pwofèt yo, yo tout se Lespri Jewova a menm ki te leve yo epi yo te gen travay Jewova a nan yo. Pami pèp la, se te yo menm ki te reprezante Jewova dirèkteman yo; yo te fè travay yo sèlman paske se Jewova ki te leve yo, se pa t paske se yo ki te lachè kote Sentespri a Li menm te manifeste L la. Konsa, menm si yo te sanble nan fason yo t ap pale epi travay nan non Bondye, pitit lòm ak pwofèt nan Epòk Lalwa sa yo se pa t lachè kote Bondye te manifeste L la. Travay Bondye nan Epòk Lagras la ak dènye etap la se te egzakteman lekontrè, paske travay delivrans lan ak jijman lèzòm, toude te akonpli ak Bondye ki manifeste L nan lachè a, konsa, te tou senpleman pa gen nesesite pou chwazi pwofèt ak pitit lòm yo ankò pou travay nan non Li. Nan je lèzòm, pa gen gwo diferans ant matyè travay yo ak metòd travay yo. E se pou rezon sa a moun toujou ap konfonn travay Bondye ki manifeste L nan lachè a ak travay pwofèt yo ak pitit lòm yo. Epi Bondye ki manifeste L nan lachè a te menm pi nòmal epi pi reyèl pase pwofèt yo. Konsa, lòm pa kapab distenge yo. Lòm konsantre sou aparans sèlman, yo vrèman pa konnen si, menm si yo toude sanble nan fason yo pale epi travay, gen yon gwo diferans ant yo. Paske kapasite lòm pou eksplike bagay yo fèb, li pa kapab fè diferans ant pwoblèm senp, ale wè pou yon bagay ki konplike konsa. Lè pwofèt yo ak moun sa yo Sentespri a te itilize te pale epi travay, se te pou yo te fè travay lòm, se te pou okipe yon fonksyon kreyati kapab okipe, epi se te yon bagay ki te la pou lòm fè. Epoutan, pawòl ak travay Bondye ki manifeste nan lachè a se pou reyalize ministè Li. Mo “devwa” a itilize pou kreyati, alòske mo “ministè” a itilize pou Bondye ki manifeste L nan lachè a. Gen yon diferans enpòtan ant yo de (2) a; ou pa ka itilize youn pou lòt. Travay lòm se sèlman pou akonpli devwa li, alòske travay Bondye se jere, epi akonpli ministè Li. Konsa, menm si Sentespri a te itilize anpil apot epi Li te ranpli anpil pwofèt, travay yo ak pawòl yo se te senpleman pou akonpli devwa yo kòm kreyati. Pwofesi yo ka te depase mòd lavi Bondye ki manifeste L nan lachè a pale a, epi eta moun yo kapab depase eta moun Bondye ki manifeste L nan lachè a, men se toujou devwa yo yo t ap akonpli, se pa t yon ministè yo t ap akonpli. Devwa lòm nan konsène fonksyon lòm; se kote lòm ka rive. Epoutan, ministè Bondye ki manifeste L nan lachè a akonpli a konsène jesyon Li, lòm pa ka rive la. Kit Bondye ki manifeste L nan lachè a pale, travay, oswa fè mèvèy, Li ap fè gwo travay nan jesyon Li an, epi travay sa a, lòm pa kapab fè l pou Li. Travay lòm se sèlman pou akonpli devwa li kòm kreyati nan yon etap nan travay jesyon Bondye a. San jesyon Bondye a, sa vle di, si ministè Bondye ki manifeste L nan lachè ta pèdi, tach kreyati a t ap pèdi. Travay Bondye pou akonpli ministè Li se pou dirije lòm, alòske lè lòm akonpli devwa li, se pou reponn pwòp obligasyon l pou satisfè egzijans Kreyatè a, epi nan okenn fason yo pa kapab konsidere l kòm moun k ap akonpli ministè l. Pou Bondye nan esans Li—pou Lespri Li—travay Bondye se jesyon Li, men pou Bondye ki manifeste L nan lachè a, ki pran fòm eksteryè kreyati a, travay Li se akonpli ministè Li. Kèlkeswa travay li fè se pou akonpli ministè Li; Tout sa lòm ka fè, se fè tout efò li kapab nan limit jesyon Bondye a, sou direksyon Bondye.
Akonplisman devwa lòm se, an reyalite, akonplisman tout sa ki natirèl nan lòm, sa vle di, tout sa ki posib pou lòm. Se lè sa a ke devwa li akonpli. Pandan sèvis li, defo lòm vin redui piti a piti; pa mwayen eksperyans pwogresif e pwosesis jijman an; yo pa anpeche ni yo pa afekte devwa lòm. Sa yo ki sispann sèvis yo, oubyen sa yo ki bay legen, oswa ki fè bak paske yo pè ke yo va sibi enkonvenyans nan sèvis yo, se sa yo ki pi lach nan tout. Si moun pa ka eksprime sa yo ta dwe eksprime pandan sèvis yo, oubyen, akonpli sa ki natirèlman posib pou yo, e olye de sa, se tronpe y ap tronpe moun, e se sou pretansyon yo ye, yo pèdi fonksyon ke yon kreyati ta dwe genyen. Se moun konsa ke yo rele “medyokrite”; se dechè initil ke yo ye. Kòman yo kapab kòrèkteman rele moun konsa kreyati? Èske yo pa moun kowonpi ki ap briye aleksteryè men andann yo pouri? Si yon moun rele tèt li Bondye, men li pa kapab eksprime divinite a, li pa ka fè travay Bondye a Li menm, oubyen reprezante Bondye, san dout, li pa Bondye, paske li pa genyen nati Bondye, e sa ke Bondye kapab natirèlman akonpli pa egziste nan li. Si lòm pèdi sa ki natirèlman posib pou li, yo pa kapab konsidere l kòm yon moun ankò, e li pa merite kanpe kòm yon kreyati, oubyen ou li vini devan Bondye e sèvi Li. Anplis de sa, li pa merite resevwa gras Bondye, oubyen pou Bondye gade li, pwoteje li, e rann li pafè. Anpil moun ki pèdi konfyans Bondye vin pèdi lagras Bondye. Non sèlman yo pa rayi move zèv yo, men se avèk odasite ke y ap simen lide ke chemen Bondye a pa kòrèk, e sa ki rebèl yo menm nye egzistans Bondye. Kòman moun konsa, ki tèlman gen tandans rebelyon lakay yo, ka gen dwa jwi gras Bondye? Sa yo ki pa akonpli devwa yo rebèl nèt kont Bondye, e yo dwe Bondye anpil dèt, men yo retounen e y ap fè kritik ke se Bondye ki gen tò. Kòman yon kalite moun konsa ta merite pou li vin pafè? Èske sa se pa avangou pou eliminasyon ak pinisyon? Moun ki pa fè devwa yo devan Bondye, yo gentan koupab de krim ki pi abominab ki genyen, lanmò pa menm yon pinisyon ase pou krim sa yo, men yo gen odas pou ap diskite avèk Bondye, e pou kare tèt yo avèk Li. Ki valè sa genyen pou rann moun konsa pafè? Lè moun manke akonpli devwa yo, yo ta dwe santi yo koupab, e yo dwe santi ke yo genyen yon dèt; yo ta dwe deteste feblès ak vanite yo, tandans rebelyon ak koripsyon yo, e anplis, yo ta dwe bay Bondye lavi yo. Se lè sa sèlman ke yo se kreyati ki vrèman renmen Bondye, e se moun konsa sèlman ki merite jwi benediksyon ak pwomès Bondye, e ki merite pèfeksyon Li. E kisa menm, pou pifò nan nou? Kòman nou trete Bondye ki ap viv pami nou an? Kòman nou te akonpli devwa nou devan Li? Èske nou te fè tout sa li te konfye nou menm si sa ta koute n lavi nou? Kisa n te sakrifye? Èske n pa t resevwa ase nan men Mwen? Èske n kapab distenge? Ki nivo fidelite n pou Mwen? Kijan n te sèvi Mwen? E kisa n fè menm ak tout sa Mwen te akòde nou e sa Mwen te fè pou nou? Èske n te mezire tout? Èske n te jije tout e konpare sa avèk ti konsyans nou gen nan nou an? Kilès ki ta ka merite pawòl avèk aksyon nou yo? Èske se posib ke ti sakrifis nou an ta merite tout sa ke Mwen te akòde nou? Mwen pa gen okenn lòt chwa, Mwen totalman devwe pou nou, men nou genyen move entansyon, e nou san konviksyon anvè mwen. Sa se mezi devwa nou, se sèl fonksyon nou. Èske se pa sa? Èske n pa konnen ke nou echwe nèt lè pou nou akonpli devwa yon kreyati? Kòman yo ta kapab konsidere nou kòm kreyati? Èske sa ke n ap eksprime e sa ke n ap viv la pa klè pou nou? Nou manke akonpli devwa nou, men n ap chache ganye tolerans ak gras imans Bondye a. Gras sa a pa t prepare pou moun ki pa vo anyen, e ki raz tankou nou, men se pou moun sa yo ki pa mande anyen e ki sakrifye avèk kè kontan. Moun tankou nou, medyokrite konsa, pa merite ditou pou jwi lagras syèl la. Se sèlman kalamite ak pinisyon san fen ki va akonpanye jou nou yo! Si nou pa ka rete fidèl ak Mwen, avni nou va plen ak soufrans. Si nou pa kapab montre responsablite ak pawòl Mwen e travay Mwen, lafen nou va plen ak pinisyon. Tout gras, benediksyon, ak bèl lavi nan wayòm nan p ap asosye avèk nou. Sa se lafen ke nou merite jwenn, e se nou ki lakòz konsekans sa a! Non sèlman sa yo ki inyoran e awogan, yo pa eseye fè sa ki miyò, ni yo pa akonpli devwa yo, y ap lonje men pou yo tann favè, kòm si yo te merite sa yo mande a. E si yo ta manke pa jwenn sa yo mande a, yo vin mwens fidèl toujou. Kòman yo kapab konsidere moun konsa rezonab? Nou gen move karaktè, e nou san rezon, nou pa gen kapasite pou akonpli devwa nou te dwe akonpli pandan travay jesyon an ditou. Valè nou gentan degrengole desann. Neglijans nou fè M, pou n pa ranbouse M lè M te montre nou tout favè sa yo, se gentan yon zak rebelyon dènye degre, ki sifi pou kondane nou e revele lachte, enkonpetans, imilyasyon, avèk endiyite nou. Kilès ki ban nou dwa pou nou kontinye lonje men nou? Move zèv e fayit nou, sèke nou pa kapab ofri menm yon ti asistans nan travay Mwen, nou pa kapab rete fidèl, e nou pa kapab temwaye pou Mwen, men olye de sa, nou atake Mwen, bay manti sou Mwen, e n ap bougonnen ke Mwen enjis. Èske se sa ki fidelite nou? Èske se sa ki lanmou nou? Ki lòt travay nou kapab fè apre sa? Ki kontribisyon nou bay nan tout travay ki te fèt deja yo? Konbyen nou depanse? Lè Mwen pa t blame nou, Mwen te gentan montre anpil tolerans, men nou gen odas fè eskiz devan mwen toujou, epi n ap pote plent sou Mwen an prive. Èske nou genyen menm yon ti kal tras konpasyon? Malgre devwa lòm souye avèk panse e konsepsyon lòm, ou dwe fè devwa w pou montre fidelite w. Salte nan travay lòm se yon pwoblèm nan karaktè li, tandiske, si lòm pa akonpli devwa li, sa montre tandans rebelyon li. Pa genyen okenn relasyon ant devwa lòm avèk si li beni oswa modi. Devwa yo, se sa yo dwe akonpli; se vokasyon ke syèl la te voye ba li, e li pa dwe depann sou rekonpans, kondisyon, oubyen rezon. Se lè sa ke li ap fè devwa li. Pou w beni, se lè yon moun vin pafè, e l ap jwi benediksyon Bondye yo, apre ke l fin sibi jijman. Pou w modi, se lè karaktè yon moun pa chanje apre ke l fin sibi chatiman ak jijman, se lè yo pa eksperyanse pèfeksyon, men yo resevwa pinisyon. Men, menm si yo te beni oswa modi, kreyati yo dwe akonpli devwa yo, yo fè sa ke yo dwe fè, e fè sa ke yo kapab fè; sa se pi piti ke yon moun, yon moun ki ap chache Bondye, dwe fè. Ou pa dwe fè devwa w sèlman pou resevwa benediksyon, e ou pa dwe refize aji paske ou pè pou w pa modi. Kite M di nou yon sèl bagay: Akonplisman devwa lòm, se sa ke l dwe fè, e si li pa kapab akonpli devwa li, sa se rebelyon li atò. Se nan pwosesis akonplisman devwa li ke lòm chanje piti a piti, e se nan pwosesis sa a ke li revele fidelite li. Konsa, plis ou kapab fè devwa w, se plis verite ke w va resevwa, e se plis ekspresyon w va vini reyèl. Sa yo ki senpleman ap pran pòz fè devwa yo, e ki p ap chache laverite, dwe elimine alafen, paske moun konsa pa fè devwa yo pou pratike laverite, e yo pa pratike laverite pou akonpli devwa yo. Yo se moun sa yo ki p ap janm chanje e ki va modi. Non sèlman ekspresyon yo souye, men tout sa yo eksprime se mechanste.
Nan Epòk Lagras la, Jezi te pale anpil pawòl e Li te fè anpil travay tou. Kòman Li te diferan de Ezayi? Kòman Li te diferan de Danyèl? Èske Li te yon pwofèt? Poukisa yo di ke Li se Kris? Ki diferans ki genyen antre yo? Yo tout se te moun ki pale pawòl, e pawòl yo te parèt plizoumwen menm bagay la pou lòm. Yo tout te pale pawòl e yo te fè travay. Pwofèt Ansyen Testaman yo te pale pwofesi yo, e Jezi te kapab fè menm bagay la tou. Poukisa sa fèt konsa? Distenksyon an baze sou nati travay la. Pou distenge afè sa a, ou pa dwe konsidere nati lachè a, ni ou pa dwe konsidere nivo frivolite travay yo. Ou toujou dwe konsidere premyèman travay yo, avèk efè ke travay yo te akonpli nan lòm. Pwofesi ke pwofèt yo te pale nan tan sa a pa t founi lavi pou lòm, e enspirasyon ke moun tankou Ezayi ak Danyèl te resevwa, se te senpleman pwofesi, e se pa t chemen lavi a. Si se pa t pou revelasyon ke Jewova te ba yo dirèkteman, okenn moun pa ta kapab fè travay sa a, e se yon travay ki enposib pou lòm mòtèl. Jezi, tou, te pale plizyè pawòl, men pawòl sa yo se te chemen lavi kote lòm te kapab jwenn yon mwayen pou pratike. Sa vle di, premyèman, Li te kapab founi lavi pou lòm, paske Jezi se lavi; dezyèmman, Li te kapab detounen dewoutman lòm; twazyèman, travay Li te kapab siksede travay Jewova a pou kontinye epòk la; katriyèmman, Li te kapab konprann bezwen lòm e konprann sa lòm te manke; senkyèmman, Li te kapab entwodui yon nouvo epòk e konkli ansyen epòk lan. Se poutèt sa yo rele Li Bondye e Kris; non sèlman Li te diferan de Ezayi, men tou, li te diferan de tout lòt pwofèt yo. Pran Ezayi kòm konparezon pou travay pwofèt yo. Premyèman, li pa t kapab founi lavi pou lòm; dezyèmman, li pa t kapab entwodui yon nouvo epòk. Li t ap travay anba direksyon Jewova, e li pa t ap travay pou li te entwodui yon nouvo epòk. Twazyèmman, pawòl ke li t ap pale yo te depase li. Li t ap resevwa revelasyon dirèkteman nan men Lespri Bondye a, e lòt moun pa t konprannn, menm lè yo te koute li. Ti kantite bagay sa yo sèlman, sifi pou pwouve ke pawòl li se pa t plis ke pwofesi ke yo te ye, se pa t plis ke yon aspè travay ki te fèt nan plas Jewova a. Poutan li pa t kapab reprezante Jewova konplètman. Li te sèvitè Jewova, yon enstriman nan travay Jewova a. Li te sèlman ap fè travay nan Epòk Lalwa a, e nan kad travay Jewova a; travay li pa t depase Epòk Lalwa a. Okontrè travay Jezi a te diferan. Li te sipase kad travay Jewova a; Li te travay kòm Bondye ki te tounen moun nan, e li te sibi krisifiksyon afenke pou li te rachte tout lèzòm. Sa vle di, Li te fè nouvo travay andeyò travay ke Jewova te fè yo. Sa se te entwodiksyon nouvo epòk la. Anplis de sa, Li te kapab pale de sa ke lòm pa t kapab akonpli. Travay li se te travay anndann jesyon Bondye a, e li te konsène tout lèzòm. Li pa t fè travay nan sèlman yon ti gwoup moun, ni tou, travay Li pa t fèt pou l te dirije yon ti gwoup moun limite. Kanta pou kòman Bondye te enkane tankou yon moun nan, kòman Lespri a te bay revelasyon nan tan sa a, e kòman Lespri a te desann sou yon moun pou travay—sa se bagay ke lòm pa kapab wè oubyen touche. Li enposib nèt pou verite sa yo sèvi kòm prèv ke Li se Bondye ki te tounen moun nan. Konsa, yo kapab fè distenksyon sèlman ant pawòl ak travay Bondye, ki se bagay ke lòm kapab touche. Se sèlman sa ki reyèl. Se paske zafè Lespri yo pa vizib pou ou, e se sèlman Bondye Li menm ki konnen yo klèman, e pa menm lachè enkane Bondye a konnen tout bagay; ou kapab verifye sèlman si Li se Bondye pa mwayen travay ke li te fè yo. Nan travay Li yo, yo kapab wè ke, premyèman, Li kapab louvri yon nouvo epòk; dezyèmman, Li kapab founi lavi pou lòm e montre lòm chemen li dwe suiv. Sa sifi pou etabli ke li se Bondye Li menm. Omwens, travay ke Li fè a kapab konplètman reprezante Lespri Bondye a, e nan travay sa yo, yo kapab wè ke Lespri Bondye a nan Li. Puiske travay ke Bondye ki te tounen moun nan te fè a, se te prensipalman pou entwodui yon nou epòk, dirije nouvo travay, e louvri yon nouvo domèn, bagay sa yo sèlman sifi pou etabli ke Li se Bondye Li menm. Kidonk, se sa ki separe Li avèk Ezayi, Danyèl, e lòt gran pwofèt yo. Ezayi, Danyèl, e lòt yo, tout te fè pati yon klas moun ki te resevwa anpil edikasyon, e ki te byenelve; yo te moun ekstraòdinè ki te anba direksyon Jewova. Lachè Bondye enkane a tou, te gen konesans, e li p at manke okenn sans, men konpasyon Li te espesyalman nòmal. Li te yon moun òdinè, e avèk zye lachè a, yo pa t kapab distenge okenn sans espesyal, oswa yo pa t kapab detekte okenn sans ki te diferan avèk sans lòt moun. Li pa t mistik oubyen inik, e li pa t resevwa gwo edikasyon, konesans, oswa teyori. Lavi ke Li t ap pale a, e chemen ke li te pran an, se pa t nan teyori, konesans, eksperyans lavi, oswa edikasyon lafanmi ke li te jwenn li. Men pito, se te nan travay dirèk avèk Lespri, ki se travay lachè enkane a. Se paske lòm genyen gran lide de Bondye, e espesyalman, se paske lide sa yo fèt avèk twòp eleman vag e mistik ke, nan zye lòm, yon Bondye nòmal ki gen feblès imen, ki pa kapab opere siy ak mèvèy, se asireman pa Bondye li ye. Èske sa se pa move konsepsyon lòm? Si lachè Bondye enkane a, se pa t yon lòm nòmal li te ye, alò kòman yo ta di ke Li te tounen moun? Pou yo di ou se lachè, sa vle di ou se yon moun òdinè e nòmal; si Li te yon moun ki te siperyè, alò Li pa ta fèt ak lachè. Pou pwouve ke Li te nan lachè, Bondye enkane a te bezwen posede lachè nòmal. Sa, se te senpleman pou akonpli sans enkanasyon an. Tandiske sa se pa t sitiyasyon an pou pwofèt yo ak pitit lòm yo. Se te moun ki te plen ak don ke Lesentepri a te itlize; nan zye lòm, yo te gen gran sans, e yo te akonpli plizè zèv ki te sipase sans nòmal la. Pou rezon sa a, lòm te konsidere yo kòm Bondye. Kounye a, nou tout dwe konprann sa klèman, paske sa se pwoblèm ke lòm te konfonn pi fasil, nan tout epòk pase yo. Anplis, enkanasyon an se bagay ki pi misterye nan tout, e Bondye enkane a, se bagay ki pi difisil pou lòm aksepte. Sa m ap di a va fasilite nou akonpli fonksyon nou e va fasilite konesans nou nan mistè enkanasyon an. Tout bagay sa yo asosye ak jesyon Bondye a, ak vizyon yo. Lè ou konprann sa yo, sa va fasilite konesans nou nan vizyon yo, ki vle di, nan travay jesyon Bondye a. Nan fason sa a, nou va vin genyen anpil konesans sou devwa ke diferan kalite moun dwe akonpli. Kwake pawòl sa yo pa montre nou chemen an dirèkteman, yo kapab ede nou anpil nan antre nou, paske lavi nou kounye a manke vizyon, e sa va tounen yon gran baryè ki va anpeche antre nou. Si nou pa kapab konprann pwoblèm sa yo, p ap genyen okenn motivasyon ki va mobilize antre nou. E kòman yon rechèch konsa va kapab ede nou akonpli devwa nou pi byen?