Sila yo Ki Obeyi Bondye Avèk yon Kè ki Pwòp Se Sèten Bondye Pral Genyen yo
Travay Sentespri a chanje de jou an jou. Li monte pi wo a chak etap, revelasyon demen an pi wo pase sa jodi a, li toujou ap grenpe pi wo etap aprè etap. Se nan travay sa a Bondye pèfeksyone lòm. Si lèzòm pa kapab swiv kadans lan, alò yo kapab chase yo a nenpòt moman. Si yo pa gen yon kè obeyisan, yo pa p kapab swiv jiska lafen. Epòk ansyen an pase; sa se yon nouvo epòk. E nan yon nouvo epòk, nouvo travay dwe fèt. Sitou nan epòk final la kote moun yo pèfeksyone, Bondye pral akonpli travay pi nouvo, pi rapidman, donk san obeyisans nan kè yo, lèzòm pral twouve l difisil pou yo swiv tras pye Bondye. Bondye pa konfòme l a okenn règ, ni Li pa trete pyès etap nan travay Li tankou sa ki pa kapab chanje. Olye de sa, travay Li akonpli toujou pi nouvo e toujou pi wo. A chak etap, travay Li kontinye vini plis pratik, epi kontinye plis alinye avèk bezwen reyèl lòm. Sèlman aprè lèzòm eksperimante yon travay konsa yo kapab rive nan transfòmasyon final dispozisyon yo. Konesans lòm sou lavi toujou rive nan nivo ki pi wo yo, e konsa, menm jan an tou, travay Bondye toujou rive nan nivo pi wo yo. Se sèlman konsa lòm ka vin pafè epi vin pare pou sèvis Bondye. Bondye travay nan fason sa a nan yon bò pou kontrekare ak ranvèse konsepsyon lòm yo, e nan yon lòt bò pou mennen lòm nan yon eta ki pi wo e ki pi reyalis, nan domèn ki pi wo nan kwayans nan Bondye, se konsa alafen, Bondye kapab fè volonte l’. Tout moun ki gen yon nati dezobeyisan ki fè espre opoze yo pral chase pa etap sa a nan travay Bondye ki rapid epi k ap avanse avèk raj; sèlman sila yo ki vle obeyi e ki kontan imilye tèt yo ka pwogrese jiska lafen nan wout la. Nan kalite travay sa a, nou tout ta dwe aprann kijan pou nou soumèt ak kijan pou nou mete konsepsyon nou yo sou kote. Nou ta dwe pridan nan chak etap nou franchi. Si nou neglijan, se sèten nou pral vin yon moun ke Sentespri a rejte, yon moun ki deranje travay Bondye a. Anvan li antreprann etap travay sa a, ansyen prensip ak lwa lòm yo te tèlman anpil yo rann li fè wout kwochi, e kòm rezilta, li vin ògeye depase epi li bliye tèt li. Se tout obstak sa yo ki anpeche lòm aksepte nouvo travay Bondye a; yo se lènmi konesans lòm sou Bondye. Li se yon danje pou yon moun pa gen pyès obeyisans nan kè yo, ni aspirasyon pou laverite. Si ou soumèt sèlman anba travay ak pawòl ki senp yo, epi ou pa kapab aksepte anyen ki pi pwofon, lè sa a ou se yon moun ki rete kole sou ansyen abitid yo e ki pa kapab swiv kadans travay Sentespri a. Travay Bondye akonpli diferan soti nan yon peryòd al nan yon lòt. Si ou gen bon jan obeyisans nan travay Bondye a nan yon faz, men nan pwochen faz la obeyisans ou pou travay Li fèb, oswa ou pa kapab obeyi, lè sa a, Bondye ap vire do ba ou. Si ou swiv kadans Bondye jan Li franchi etap sa a, ebyen ou dwe kontinye swiv kadans lan lè Li monte nan pwochen etap la; Se sèlman lè sa a ou ap yon moun ki obeyi Sentespri a. Depi ou kwè nan Bondye, ou dwe rete regilye nan obeyisans ou. Ou pa kapab senpleman obeyi lè sa fè ou plezi epi dezobeyi lè sa pa fè ou plezi. Kalite obeyisans sa a pa jwenn lwanj nan men Bondye. Si ou pa kapab swiv kadans nouvo travay mwen ap pataje a, e kontinye ansyen pwovèb yo, lè sa a, ki jan ou kapab fè pwogrè nan lavi ou? Travay Bondye se fè pwovizyon pou ou atravè pawòl Li yo. Lè ou obeyi e aksepte pawòl Li yo, asireman Sentespri a pral travay nan ou. Sentespri a travay egzakteman jan mwen pale a; fè jan mwen te di a, e Sentespri a pral travay san pèdi tan nan ou. Mwen libere yon nouvo limyè pou nou gade, pou m mennen ou nan limyè nan tan kounye a, epi lè ou mache nan limyè sa a, Sentespri a ap travay nan ou tousuit. Gen kèk moun ki kapab wòklò, ki ap di, “Mwen annik p ap fè sa w di yo.” Nan ka sa a, mwen di ou kounye a ke ou rive nan fen wout la; ou fin sèch nèt, ou pa gen lavi ankò. Se konsa, nan fè eksperyans sou transfòmasyon dispozisyon ou yo, pa gen anyen ki pi enpòtan pase swiv kadans limyè aktyèl la. Sentespri a pa sèlman travay nan kèk moun ke Bondye itilize, men, anplis, nan legliz la. Li kapab ap travay nan nenpòt moun. Li kapab travay nan ou pandan tan kounye a, epi ou ap fè eksperyans travay sa a. Pandan pwochen peryòd la, Li kapab travay nan nenpòt moun, nan ka sa a ou dwe prese swiv; plis ou swiv limyè ki la kounye a, plis lavi ou ka grandi. Nenpòt kalite moun yon moun ye, si Sentespri a ap travay nan li, lè sa a ou dwe swiv sa. Pwofite eksperyans yo pou pwòp tèt ou, e ou pral resevwa bagay ki pi wo toujou. Lè ou fè sa ou pral pwogrese pi vit. Sa a se chemen pèfeksyon pou lòm ak mwayen ki fè lavi grandi. Ou rive nan chemen pou w vin pafè atravè obeyisans ou nan travay Sentespri a. Ou pa konnen ak ki kalite moun Bondye pral travay pou pèfeksyone ou, ni atravè ki moun, ki evènman, oswa bagay Li pral pèmèt ou genyen oswa wè bagay sa yo. Si ou ka mete pye sou tras dwat sa a, li montre gen yon gwo espwa pou ou pou Bondye pèfeksyone w. Si ou pa kapab, sa montre lavni ou sonb, san okenn limyè. Depi ou angaje ou sou bon tras la, ou pral jwenn revelasyon nan tout bagay. Nenpòt sa Sentespri a revele lòt moun, si ou sèvi ak konesans pa yo pou w fè eksperyans pa w, lè sa a, eksperyans sa a ap fè pati lavi ou, e ou pral kapab alimante lòt moun a pati de eksperyans sa a. Moun ki anseye lòt moun ak pawòl l ap repete tankou jako repèt se moun ki pa t fè okenn eksperyans; ou dwe aprann twouve, gras ak limyè ak bon konprann lòt moun, yon fason pou w pratike anvan ou kapab kòmanse pale de pwòp eksperyans ak konesans pa ou. Sa a pral pi gwo avantaj pou pwòp lavi ou. Ou ta dwe fè eksperyans konsa, obeyi tout sa ki soti nan Bondye. Ou ta dwe chèche volonte Bondye nan tout bagay e aprann leson nan tout bagay, pou lavi ou kapab grandi. Pratik sa yo pèmèt pwogrè ki pi rapid yo.
Sentespri a eklere ou atravè eksperyans pratik ou yo, epi pèfeksyone ou atravè lafwa ou. Èske ou vrèman vle jwenn pèfeksyon? Si ou vrèman vle Bondye pèfeksyone ou, lè sa a, ou ap gen kouraj pou mete lachè de kote, ou pral kapab akonpli pawòl Bondye a, e ou pa pral pasif oswa fèb. Ou pral kapab obeyi tout sa ki soti nan Bondye, epi tout aksyon ou yo, ke yo fèt an piblik oswa an prive, yo pral prezantab devan Bondye. Si ou se yon moun onèt, e ou pratike verite a nan tout bagay, lè sa a ou pral jwenn pèfeksyon. Sila yo ki twonpe moun, ki aji yon fason an fas yo e yon lòt fason dèyè do yo pa vle vin pafè. Yo tout la pou pèdi ak detwi; yo pa pou Bondye, men pou Satan. Yo pa kalite moun Bondye chwazi! Si aksyon ou ak konpòtman ou yo ou pa kapab prezante yo devan Bondye oswa si Lespri Bondye pa kontan gade yo, sa a se prèv gen kèk bagay ki pa mache lakay ou. Se sèlman si ou aksepte jijman ak chatiman Bondye, epi sousye de transfòmasyon nan dispozisyon ou, ou pral kapab mete pye ou sou chemen pèfeksyon an. Si ou vrèman vle Bondye pèfeksyone ou e fè volonte Bondye, lè sa a, ou ta dwe obeyi tout travay Bondye, san yon sèl mo plenyen, san ou pa pretann evalye oswa jije travay Bondye a. Sa yo se pi piti kondisyon pou Bondye pèfeksyone yon moun. Kondisyon ki nesesè pou moun k ap chèche pou Bondye pèfeksyone yo se sa a: Aji ak yon kè ki renmen Bondye nan tout bagay. Ki sa sa vle di aji ak yon kè ki renmen Bondye? Sa vle di tout aksyon ou ak konpòtman ou prezantab devan Bondye. Epi paske ou gen bon entansyon, kit aksyon ou bon oswa pa bon, ou pa pè montre Bondye yo oswa montre frè ak sè ou yo, epi ou oze prete sèman devan Bondye. Ou dwe prezante tout entansyon, panse, ak lide ou devan Bondye pou Li egzamine; si ou pratike e antre nan fason sa a, lè sa a, pwogrè nan lavi ou yo pral rapid.
Paske ou kwè nan Bondye, ou dwe mete konfyans ou nan tout pawòl Bondye yo ak nan tout travay Li. Ki vle di, depi ou kwè nan Bondye, ou dwe obeyi Li. Si ou pa kapab fè sa, lè sa a sa pa enpòtan si ou kwè nan Bondye ou pa. Si ou kwè nan Bondye depi anpil ane, e poutan ou pa t janm obeyi L, e ou pa fin aksepte tout pawòl Li yo nèt, e olye de sa ou mande pou Bondye pou L soumèt Li devan ou epi aji selon konsepsyon ou, lè sa a, ou se moun ki pi rebèl pami tout, ou pa yon moun ki kwè. Ki jan moun sa yo ta kapab obeyi travay ak pawòl Bondye ki pa konfòme yo ak konsepsyon lèzòm? Pi rebèl pami tout se sila yo ki fè espre bay defi epi reziste ak Bondye. Yo se lènmi Bondye, se antikris yo ye. Yo toujou genyen yon dispozisyon pou kanpe kont nouvo travay Bondye ap fè; yo pa janm gen tikras tandans pou yo soumèt, ni yo pa janm kontan soumèt oswa imilye tèt yo. Yo leve tèt yo devan lòt moun e yo pa janm soumèt devan okenn moun. Devan Bondye, yo konsidere tèt yo kòm pi bon nan preche pawòl la, e pi abil nan travay sou lòt moun. Yo pa janm jete “trezò yo” ki nan men yo a, men yo trete yo tankou yon eritaj fanmi pou yo adore, pou preche sou lòt moun, epi yo sèvi ak yo pou anseye moun fou sa yo ki pran yo sèvi zidòl. Se vre gen yon bon kantite moun konsa anndan legliz la. Nou ka di yo se “ewo endontab,” jenerasyon aprè jenerasyon ki rete nan kay Bondye a. Yo konsidere predikasyon pawòl la (doktrin) tankou pi gwo devwa yo. Ane aprè ane, jenerasyon aprè jenerasyon, yo kontinye ranfòse avèk enèji devwa “sakre e envyolab” yo genyen. Okenn moun pa oze manyen yo; pa gen pèsonn ki oze reproche yo devan tout moun. Yo tounen “wa” nan kay Bondye a, yo ap ranpe pandan yo ap toupizi lòt moun epòk apre epòk. Pil demon sa yo ap chèche mete men ansanm pou demoli travay mwen an; kijan mwen ka pèmèt dyab vivan sa yo egziste devan je mwen? Menm sila yo ki sèlman obeyisan a mwatye pa ka kontinye jiska lafen, nou pa bezwen mande pou tiran sa yo ki san yon ti kras obeyisans nan kè yo! Travay Bondye a pa fasil pou moun genyen l. Menm lè yo sèvi avèk tout fòs yo genyen, lèzòm ka sèlman genyen sèlman yon pòsyon nan li, finalman ki pral pèmèt yo vin pafè. Alòs, kisa k ap rive pitit akanj yo ki ap chèche detwi travay Bondye a? Èske yo pa genyen mwens espwa toujou pou Bondye genyen yo? Objektif mwen nan fè travay konkèt la se pa sèlman konkeri pou bezwen konkèt la, men konkeri konsa pou revele jistis ak enjistis, pou jwenn prèv pou pinisyon lèzòm, pou kondane mechan yo, e, anplis de sa, pou konkeri pou m ka pèfeksyone sila yo ki vle obeyi. A lafen, tout gen pou separe selon espès yo, e moun k ap vin pafè yo se pral moun ki gen panse ak lide yo plen ak obeyisans. Se travay sa a ki pral akonpli alafen. Sila yo ki gen tout aksyon yo rebèl, kanta yo menm yo pral pini yo e voye yo boule nan dife, yo se objè malediksyon etènèl yo. Lè tan sa a rive, moun ki te “gwo ewo endontab” nan tan pase yo pral tounen moun yo bay mwens valè ak moun yo pi meprize tankou “moun lach ki fèb epi san puisans.” Se sèlman sa a ki kapab ilistre chak aspè nan jistis Bondye a, e dispozisyon Li ke lèzòm pa ka ofanse, epi se sèlman sa a ki kapab kalme hèn nan kè Mwen. Èske nou pa dakò ke sa a totalman rezonab?
Se pa tout moun ki fè eksperyans travay Sentespri a, ni moun ki nan kouran sa a, ki kapab jwenn lavi. Lavi se pa yon pwopriyete komen ki pataje a tout limanite, e tout moun pa fasil reyalize chanjman nan dispozisyon yo. Soumisyon nan travay Bondye a dwe reyèl e aktyèl, e ou dwe viv li. Soumisyon sipèfisyèl pou kont li pa kapab resevwa lwanj Bondye, e senpleman obeyi aspè sipèfisyèl pawòl Bondye a, san yon moun pa chèche chanje dispozisyon li, sa pa selon kè Bondye. Obeyisans devan Bondye ak soumisyon nan travay Bondye a se yon sèl e menm bagay la. Moun ki soumèt devan Bondye sèlman, men pa nan travay Li, yo pa kapab konsidere yo kòm obeyisan, ankò mwens sila yo ki pa vrèman soumèt yo men ki parèt tankou flatè restavèk. Sila yo ki vrèman soumèt devan Bondye yo tout kapab tire pwofi nan travay la epi rive gen konpreyansyon sou dispozisyon ak travay Bondye. Sèlman moun sa yo ki vrèman soumèt devan Bondye. Moun sa yo kapab jwenn nouvo konesans, e sibi nouvo chanjman, nan nouvo travay la. Se sèlman moun sa yo ki jwenn lwanj nan men Bondye, se sèlman moun sa yo ki jwenn pèfeksyon, e se sèlman yo ki gen dispozisyon yo chanje. Moun ki jwenn lwanj nan men Bondye se moun ki kontan soumèt devan Bondye, devan pawòl Li ak travay Li. Se sèlman moun sa yo ki dwat, se sèlman moun sa yo ki vle Bondye tout bon epi ki sensè nan chèche Bondye. Kanta pou moun ki senpleman pale de lafwa yo nan Bondye ak bouch yo, men an reyalite k ap madichonnen L, yo se moun ki maske tèt yo, ki pote pwazon ki nan bouch koulèv la; yo pi trèt pami yo tout. To ou ta, vye mas malfektè yo pral chire. Èske se pa travay sa a k ap fèt jodi a? Mechan an ap toujou mechan, e yo pap janm chape anba jou pinisyon an. Moun ki bon yo ap toujou bon, epi yo pral parèt aklè lè travay Bondye a fini. Pyès nan mechan yo pa pral konsidere kòm jis, ni okenn moun ki jis konsidere kòm mechan. Èske Mwen ka kite yo bay akize kèlkeswa moun nan san l pa fè anyen?
Firanmezi lavi ou ap pwogrese, ou dwe toujou genyen nouvo bagay ak nouvo fason pou wè bagay yo ki pi wo, ki devlope pi fon a chak etap. Se nan sa ke tout limanite ta dwe angaje yo. Atravè kominyon, nan koute prèch, nan li pawòl Bondye a, oswa nan jere pwoblèm, ou ap jwenn nouvo konpreyansyon ak nouvo limyè, e ou pa pral viv selon ansyen règleman yo nan tan lontan yo; ou pral toujou viv nan nouvo limyè a, e ou pa p elwanye ou de pawòl Bondye a. Se sa ki vle di angaje w sou bon wout la. Peye yon pri nan yon nivo sipèfisyèl pa p ka fè l; jou aprè jou, pawòl Bondye a antre nan yon domèn ki pi wo, e nouvo bagay parèt chak jou, e lòm tou, dwe fè yon nouvo antre chak jou. Pandan Bondye ap pale, se konsa Li reyalize tout sa Li te di, e si ou pa ka rete branche, lè sa a ou pral rete deyè. Ou dwe ale pi fon nan priyè ou yo; ou pa ka manje ak bwè pawòl Bondye a yon lè konsa. Aprofondi limyè e bon konprann ou resevwa a, epi konsepsyon ak imajinasyon ou yo dwe disparèt piti piti. Ou dwe tou ranfòse jijman ou, e nenpòt sa ou rankontre, ou dwe gen pwòp panse ak pwòp opinyon ou sou li. Lè w kòmanse konprann kèk bagay nan lespri w, w ap jwenn bon konprann nan bagay ki deyò yo epi konprann nannan nenpòt ki pwoblèm. Si ou pa gen bagay sa yo kòm zouti nan men w, ki jan ou pral kapab dirije legliz la? Si ou sèlman pale de ekriti ak doktrin san okenn reyalite epi san yon fason pratik, ou pral sèlman kapab fonksyone pou yon ti bout tan. Sa w ap fè a ka akseptab nan moman an lè w ap pale ak nouvo konvèti, men apre yon tan, lè nouvo kwayan yo pral genyen kèk eksperyans reyèl, ou pa p ka jwenn pou ba yo ankò. Ebyen, kijan ou prepare pou sèvis Bondye a? San nouvo limyè, ou pa kapab travay. Moun ki pa gen nouvo limyè yo se moun ki pa konnen kijan pou yo jere eksperyans yo, e moun sa yo pa janm genyen nouvo konesans oswa nouvo eksperyans. E, nan sa ki konsène pote lavi, yo pa janm kapab ranpli fonksyon yo, ni yo pa kapab vin anfòm pou sèvis Bondye a. Yon kalite moun konsa se yon voryen, se yon senp rate. An verite, moun sa yo pa kapab ditou ranpli fonksyon yo nan travay la, yo tout se voryen. Se pa sèlman echwe yo echwe nan ranpli fonksyon yo, men an reyalite yo egzèse anpil presyon initil sou legliz la. Mwen egzòte “venerab ansyen” sa yo pou yo kite legliz la prese prese, pou lòt moun pa bezwen gade ou ankò. Moun sa yo pa gen okenn konpreyansyon sou nouvo travay la e yo plen ak yon bann ak yon pakèt prejije. Yo pa ranpli okenn fonksyon ditou nan legliz la; olye de sa, yo anmède moun epi gaye negativite toupatou, yo menm rive nan pwen kote yo enplike nan tout kalite move konduit ak twoub nan legliz la, konsa yo lage moun ki manke disèneman yo nan konfizyon ak dezòd. Demon vivan sa yo, move lespri sa yo ta dwe kite legliz la pi vit posib, pou legliz la pa detwi sou kont ou. Ou ka pa gen krentif pou travay jodi a, men èske ou pa gen krentif pou pinisyon jis k ap vin demen an? Gen yon pakèt moun nan legliz ki se parazit, ak yon gran kantite lou ki ap chèche deranje travay nòmal Bondye a. Bagay sa yo tout se demon ke wa demon an voye, yo se lou mechan ki ap chèche devore ti mouton ki pa konn anyen yo. Si yo pa choute swadizan moun sa yo deyò, yo pral tounen parazit pou legliz la, vè k ap devore ofrann yo. To ou ta, yon jou gen pou vini kote vè sa yo ki meprizab, ki inyoran, k ap trennen atè, epi ki bay repiyans yo gen pou resevwa pinisyon!