Sèlman Sila yo Ki Konnen Bondye ak Travay Li Kapab Satisfè Bondye
Travay Bondye nan lachè a genyen 2 pati. Lè li te tounen moun pou premye fwa, moun yo pa t kwè nan Li oubyen yo pa t konnen Li, e yo te kloure Jezi sou kwa. Epi lè li te vin tounen moun pou dezyèm fwa a, moun yo te toujou pa t kwè nan Li, ankò mwens yo pa t konnen Li, epi yo te kloure Kris sou kwa yon lòt fwa ankò. Èske lòm se pa lénmi Bondye? Si lòm pa konnen Li, kòman lòm ta ka bon zanmi Bondye? Kòman li ta fè kalifye pou fè lwanj pou Bondye? Diskou lanmou lòm pou Bondye, pou yo sèvi ak glorifye Bondye, èske se pa yon bann manti? Si ou konsakre vi w nan bagay ireyalis ak enpratikab sa yo, èske se pa pou granmesi w ap travay? Kòman w ta fè bon zanmi Bondye lè w pa menm konnen kiyès Bondye ye? Èske mòd rechèch sa se pa yon bagay vag epi ki san sans? Èske sa pa twonpri? Kòman yon moun ka bon zanmi Bondye? Kisa sa vle di lè yon moun bon zanmi Bondye? Èske ou ka bon zanmi Lespri Bondye? Èske ou ka wè nan ki nivo Lespri a gran e siperyè? Bon zanmi yon Bondye ou pa ka wè, ou pa ka touche—èske se pa yon bagay ki vag epi ki pa gen sans? Ki bon sans ki genyen nan bagay sa? Èske tout sa se pa manti? Sa w ap chache se pou ou vin bon zanmi Bondye, poutan ou se ti jwèt anndan kay Satan, paske ou pa konnen Bondye e w ap chache “Bondye tout bagay yo” ki pa egziste a, sa moun pa ka wè, moun pa ka touche, e ki se rezilta pwòp panse ou yo. Nan yon sans vag, yon Bondye konsa se Satan, e pou byen di, se ou menm menm. W ap chache pou ou bon zanmi pwòp tèt ou, pandan w ap di ou vle vin bon zanmi Bondye—èske sa se pa blasfème? Ki valè yon konpòtman konsa genyen? Si Lespri Bondye a pa tounen moun, kidonk nati Bondye se sèlman yon Lespri lavi moun pa ka wè, pa ka touche, ki san fòm e ki pa sanble ak anyen tankou yon bagay ki pa materyèl, ki pa aksesib epi lòm pa ka konprann. Kòman lòm ta bon zanmi yon Lespri ki pa gen kò, ki mèveye e ki ensondab konsa? Èske sa se pa yon blag? Yon move rezònman konsa pa bon epi li pa ka pratike. Nati lòm ki te kreye a diferan nèt ak nati pa Lespri Bondye a, kidonk kòman yo ta ka vin asosye? Si Lespri Bondye pa t vin moun, si Bondye pa t fè tèt Li tounen moun epi Li pa t imilye pwòp tèt Li pou L te vin yon kreyati, kidonk kreyati lòm nan pa t ap ni kalifye, ni kapab vin bon zanmi Li, anwetan moun yo ki kwè nan Bondye ki kapab gen chans bon zanmi Bondye apre nanm yo te fin antre nan syèl la, pifò moun yo pa t ap kapab vin bon zanmi Lespri Bondye. E si moun yo vle vin bon zanmi Bondye anba direksyon Bondye ki te moun nan, èske se pa yon banm moun egare yo ye? Moun yo ap chache sèlman fidelite pou yon Bondye yo pa ka wè, epi yo pa bay Bondye yo ka wè a yon ti kras enpòtans, paske li si tèlman fasil pou yo suiv yon Bondye yo pa ka wè. Moun yo ka fè sa yo vle, men chache Bondye vivan an pa fasil. Sila k ap chache yon Bondye ki pa reyèl p ap ka jwenn Bondye ditou, paske tout bagay ki pa reyèl e ki abstrè, yo tout se imajinasyon lòm, epi lòm pa ka genyen yo. Si Bondye ki te vin nan mitan nou an se te yon Bondye ki te anlè epi siperyè kote nou pa t ka jwenn li, ebyen kòman nou ta ka fè konprann volonte Li? Epi kòman nou t ap fè konnen Li e konprann Li? Si Li te sèlman fè travay li, e Li pa t gen pyès kontak nòmal ak lòm, oubyen Li pa t posede yon eta moun nòmal epi pyès moun pa t ka kontakte Li, kidonk menm si li te fè anpil travay pou nou, men nou pa t gen pyès kontak ak Li, epi nou pa t ka wè Li, kòman nou t ap fè konnen Li? Si se pa t moun sa ki te posede yon eta moun nòmal, pa t ap gen pyès fason pou lòm konn Bondye; se sèlman akoz Bondye te vin pran fòm moun ki koz lòm vin kalifye pou vin bon zanmi Bondye. Moun yo vin bon zanmi Bondye paske yo vin an kontak ak Li, paske y ap viv ansanm ak Li e yo rete kole sou Li, epi tanzantan y ap konnen Li plis. Si se pa t konsa, èske sa lòm ap chache a pa t ap pou granmesi? Sa vle di, se pa sèlman gras a zèv Bondye a ki koz lòm kapab bon zanmi Bondye, men gras a reyalite epi ak nòmalite Bondye nan lachè a. Se sèlman paske Bondye tounen moun ki fè moun yo gen posiblite akonpli devwa yo ak chans pou yo adore vrè Bondye a. Èske sa se pa verite ki pi reyèl e ki pi pratik la? Kounye a èske w toujou vle bon zanmi Bondye nan syèl la? Se jis lè Bondye imilye tèt Li nan yon nivo, sa vle di, jis lè Bondye vin pran fòm moun, lòm vin kapab bon zanmi ak konfidan Li. Bondye se Lespri: Kòman moun yo fè kalifye pou vin bon zanmi Lespri sa, ki si tèlman siperyè epi ensondab? Se jis lè Lespri Bondye desann pran fòm moun, epi vin yon kreyati ki sanble ak lòm, moun yo kapab konprann volonte Li epi tout bon vre vin zafè pa Li. Li pale e Li travay nan fòm moun, Li pataje jwa ak doulè Li, e tribilasyon limanite yo, Li viv nan menm mond ak limanite, Li pwoteje limanite e Li gide li epi atravè sa, li pirifye moun yo e Li pemèt yo resevwa Sali ak benediksyon Li. Apre yo fin gen bagay sa yo, moun yo konprann tout bon vre volonte Bondye, e sèlman lè sa yo ka vin bon zanmi Bondye. Se sèlman sa ki se yon bagay pratik. Si Bondye te envizib e moun yo pa t ka touche Li, kòman yo t ap kapab bon zanmi Li? Èske sa se pa yon doktrin ki pa gen okenn sans?
Apre yo te toujou kwè nan Bondye, anpil moun ap chache bagay ki pa sèten epi abstrè. Yo pa gen okenn konpreyasyon sou reyalite travay Bondye jodi a, e y ap viv toujou selon lwa ak doktrin yo. Poutan, pifò nan yo pako antre nan reyalite nouvo pawòl tankou “nouvèl jenerasyon moun sa yo ki renmen Bondye a,” “zanmi Bondye,” “egzanp ak modèl lanmou pou Bondye,” “estil apòt Pyè”; okontrè rechèch yo toujou vid epi abstrè, yo ankò ap virewon nan doktrin, epi yo pa gen pyès konpreyansyon sou reyalite pawòl sa yo. Lè Lespri Bondye a vin pran fòm moun, ou ka wè epi touche travay Li nan lachè a. Poutan si ou toujou pa kapab vin bon zanmi Li, si ou toujou pa kapab konfidan Li, ebyen, kòman w ta ka fè konfidan Lespri Bondye? Si ou pa konn Bondye jodi a, kòman w ka fè pati nouvèl jenerasyon sila yo ki renmen Bondye? Èske pawòl sa yo se pa lwa ak doktrin yo ki pa gen okenn sans? Èske ou an mezi pou w wè Lespri a epi konnen volonte Li? Èske pawòl sa yo se pa pawòl san sans? Sa pa sifi pou w repete pawòl sa yo ak mo sa yo, ni w pa kapab atenn satisfaksyon Bondye atravè detèminasyon sèlman. Ou konsantre w pou w repete mo sa yo, e ou fè sa pou w satisfè pwòp dezi w yo, pou w satisfè pwòp enterè w yo, e pou w satisfè pwòp vizyon ak panse w yo. Si ou pa konn Bondye tan sa a, kidonk, kèlkeswa sa w fè, ou p ap ka satisfè dezi kè Bondye. Kisa sa vle di konfidan Bondye? Ou toujou pa konprann sa? Etandone bon zanmi Bondye a se lòm, kidonk Bondye tou se lòm. Sa vle di, Bondye te pran fòm moun, e li te tounen yon nonm. Sèl sila yo ki gen menm nati ak Li ki kapab rele tèt yo konfidan, kidonk sèl yo menm ki ka konsidere tankou bon zanmi Bondye. Si Bondye te soti nan Lespri, kòman lòm ki te kreye a ta ka vin bon zanmi Li?
Kwayans ou nan Bondye, angajman w pou verite a, e menm konpòtman w dwe chita sou reyalite a: Tout sa ou fè dwe pratik, e ou pa dwe ap chache bagay ki pa reyèl e ki fo. Pa gen enterè pou yon moun konpòte li konsa, epi, anplis, yon vi konsa pa vle di anyen. Paske travay ou ak vi ou ap pase nan manti ak nan twonpri, epi paske ou p ap chache bagay ki gen valè ak sans, sèl bagay ou jwenn se yon banm rezònman ak fo doktrin yo ki pa laverite. Mòd bagay sa yo pa gen okenn rapò ak enpòtans e valè egzistans nou yo, epi yo Sèlman ka mennen nou nan yon wayòm ki pa egziste. Konsa, tout lavi nou ap san valè oubyen sans—e si ou p ap chache yon vi ki gen sans, ou ka viv san tan epi pou granmesi. Kòman nou ta fè ka rele sa yon vi imèn? Èske se pa pito vi yon bèt sa ye? Menm jan an tou, si nou eseye suiv wout kwayans nan Bondye a, men nou p ap tante chache Bondye moun ka wè a epi okontrè n ap adore yon Bondye moun pa ka wè e pa ka touche, yon aksyon konsa, èske se pa ankò bagay initil? Alafen, tout sa nou ap chache yo ap tounen yon bann tenten. Ki avantaj konpòtman sa gen pou nou? Pi gwo pwoblèm lòm, yo renmen bagay yo pa ka wè oubyen touche, bagay yo ki gen gwo mistè e ki mèveye epi ki enposib pou lòm e ki pa aksesib pou pyès moun. Plis bagay sa yo pa reyèl, se plis yo monte nan tèt moun yo, epi moun yo ap chache yo san yo pa panse ak konsekans lan, epi y ap eseye resevwa yo. Plis yo pa reyèl, se plis moun yo ap gade yo e analize yo pi prè, yo menm rive gen yon lide detaye sou yo. Okontrè, plis bagay yo reyèl, se plis moun yo meprize yo; yo sèlman rete anlè y ap gade yo anba e yo menm meprize yo. Èske klèman se pa konpòtman nou anvè travay reyalis mwen fè nan tan sa? Plis bagay yo reyèl, se plis nou jije yo mal. Nou pa pèdi tan analize yo, men nou sèlman inyore yo; nou touse nen nou pou nou gade kondisyon reyèl sa yo e nou twipe yo, e nou fè yon bann lide sou Bondye sa ki si tèlman reyèl la epi nou sèlman pa kapab aksepte reyalite ak nòmalite Li a. nan fason sa, èske se pa yon kwayans vag nou genyen? Nou gen yon kwayans ki fèm nan Bondye tan pase yo, epi nou pa gen pyès enterè pou vrè Bondye tan sa. Èske se pa paske Bondye tan pase yo ak Bondye tan sa soti nan de peryòd diferan? Èske tou se pa paske Bondye tan pase a se Bondye siperyè nan syèl la, tandiske, Bondye tan sa a se yon èt imen tou zuit sou tè a? Èske se pa pito paske Bondye lòm adore a se rezilta panse li yo, tandiske Bondye tan sa se moun tout bon, ki te fèt sou tè a? Finalman, èske se pa paske Bondye tan sa twò reyèl ki koz lòm pa vle chache li? Paske sa Bondye tan sa mande moun yo, se li menm menm yo pa vle fè, epi se sa ki fè yo santi yo wont. Èske sa pa rann bagay yo difisil pou moun yo? Bagay sa pa leve pansman sou maleng moun yo? Fason sa a tout moun yo ki p ap chache verite a vin tounen énmi Bondye ki pran fòm moun nan, yo vin tounen antikris. Èske se pa yon bagay ki klè? Nan tan pase, lè Bondye pa t ko pran fòm lòm, petèt ou te yon relijye, oubyen yon bon kwayan. Apre Bondye te vi pran fòm lòm, anpil nan kwayan devwe sa yo vin tounen antikris san yo pa konnen. Nou konnen sa k ap pase isi a? Nan kwayans nou nan Bondye, nou pa konsantre nou sou reyalite a oubyen nou p ap chache verite a, men nou ap woule nan manti—èske sa se pa sous ki montre aklè nou gen pwoblèm ak Bondye moun nan? Bondye ki te pran fòm moun nan rele Kris, kidonk, tout moun yo ki pa kwè nan Bondye ki pran fòm moun nan se pa antikris yo ye? Konsa, moun nou kwè nan li a e nou renmen an èske se vrè Bondye ki te pran fòm moun nan? Èske se vrè Bondye vivan an, ki ap respire a, ki pi reyèl la, e ki pi nomal la? Bon! ki objektif sa n ap chache yo tout bon vre? Èske se nan syèl la oubyen sou tè a? Èske se yon nosyon oubyen laverite? Èske se Bondye oubyen yon èt sinatirel? Franchman, verite a se pwezi ki pi reyèl nan vi a, e se pwezi ki pi siperyè nan limanite. Paske li se egzijans Bondye fè lòm, e li se travay pèsonèl Bondye akonpli, kidonk yo rele li pwezi lavi a. Se pa yon pwezi ki rezime nan kèk bagay, ni yon sitasyon selèb yon gran pèsonaj. Men se pito deklarasyon Mèt syèl la ak tè a ak tout sa ki nan limanite a; se pa kèk mo lòm rezime, men sou divinite Bondye. E se konsa yo rele l “pwezi ki pi wo lavi a.” Lè lom ap chache verite a, se devwa li l ap akonpli, sa vle di l ap chache satisfè egzijans Bondye. Nati egzijans sa se sa ki pi reyèl pami tout verite yo, se pa yon doktrin vid kote pyès moun pa ka atenn. Si sa w ap chache a pa anyen sof yon doktrin epi li pa gen pyès reyalite, èske ou pa nan rebelyon kont verite a? Èske ou pa yon moun ki ap atake verite a? Kòman moun sa ta fè yon moun ki ap chache renmen Bondye? Sila yo ki pa gen reyalite a se sila yo ki trayi verite a, e yo se moun ki rebèl jouk nan zo.
Kèlkeswa fason w ap chache, ou dwe konprann travay Bondye akonpli nan tan sa, e ou dwe konnen ki sa sa vle di. Ou dwe konprann epi konnen ki travay Bondye pote lè li vini nan dènye jou yo, ki dispozisyon li pote, ak kisa l ap akonpli nan lòm. Si ou pa konnen oubyen ou pa konprann travay li vin akonpli nan lachè a, kidonk kijan ou ka konprann volonte Li e kòman ou ka vin bon zanmi Li? An reyalite, vin bon zanmi Bondye pa konplike, men tou se pa yon bagay senp. Si moun yo ka byen konprann Li epi pratike Li, kidonk li pa konplike; si moun yo pa ka byen konprann Li, kidonk li vin pi difisil, e, anpils yo sou wout pou sa y ap chache a trennen yo nan twou. Si nan chache Bondye a, moun yo pa gen pwòp agiman yo pou defann tèt yo, e yo pa konnen ki verite pou yo apiye, sa vle di yo pa gen okenn fondman, e li vin difisil pou yo kenbe fèm. Jodi a tèlman gen moun ki pa konprann verite a, ki pa ka fè diferans ant byen ak mal oubyen di sa w dwe renmen oubyen rayi. Moun sa yo p ap fasil pou yo kenbe fèm. Kle kwayans nan Bondye a se lè ou kapab pratike verite a, lè ou sansib pou volonte Bondye, pou konnen travay Bondye sou lòm lè Li pran fòm moun ak prensip Li itilize pou Li pale yo. Pa suiv foul. Ou dwe gen prensip nan sa w ap fè, e ou dwe pratike yo. Kenbe bagay sa yo fèm ki nan ou a kote se Bondye menm ki te pote yo pou limyè k ap itil ou. Si ou pa fè sa, jodi a w ap chanje direksyon, demen w ap chanje direksyon, epi ou p ap janm genyen anyen ki reyèl. Lè ou konsa, sa pa nan avantaj pwòp lavi w. Sila yo ki pa konprann verite a toujou ap suiv lòt yo: Si moun yo di sa se travay Lespri Sen an; kidonk ou menm tou, ou di se travay Lespri Sen an; si moun yo di sa se travay yon move lespri, kidonk, ou menm tou ou vin gen dout, oubyen tou ou di se travay yon move lespri. Ou toujou ap repete anba bouch lòt yo, e ou pa kapab distenge anyen pou kont ou, ni tou ou pa ka panse pou kont ou. Se yon moun ki pa gen pozisyon, ki pa ka fè diferans—yon moun konsa se yon mizerad ki san valè! Ou toujou ap repete anba bouch lòt moun yo: Jodi a yo di sa se travay Lespri Sen an, men sa ka rive yon jou, yon moun di se pa travay Lespri Sen an, e an reyalite se travay lòm—men ou pa ka fè diferans lan, e lè ou temwen sa lòt moun di, ou repete menm bagay la. An reyalite, se travay Lespri Sen an, men ou di se travay lòm; èske ou pa tounen yon moun k ap blasfème kont travay Lespri Sen an? Nan sans sa, èske ou pa kanpe anfas Bondye paske ou pa ka fè diferans lan? Petèt yon jou, yon moun fou ap vin di “sa se travay yon move lespri,” e lè ou tande pawòl sa yo w ap egare, epi yon lòt fwa ankò w ap asosye ak pawòl lòt yo. Chak fwa yon moun kreye yon konfizyon, ou pa ka rete nan pozisyon w, e tout se paske ou pa posede verite a. Kwè nan Bondye epi chache konnen Li pa yon bagay fasil. Bagay sa yo pa ka reyalize sèlman nan reyini epi nan tande mesaj legliz, e ou pa ka pèfeksyone atravè sèl pasyon an. Ou dwe fè eksperyans, konnen e mache nan prensip aksyon w yo epi resevwa travay Lespri Sen an. Lè ou fin viv eksperyans yo, w ap an mezi pou distenge anpil bagay: W ap ka fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal, ant lajistis ak mechanste, ant lachè ak san epi verite. Ou ta dwe kapab distenge tout bagay sa yo, epi konsa, kèlkeswa sikonstans yo, ou p ap janm pèdi. Se sèlman sa ki fè bon karaktè ou.
Konnen travay Bondye a pa yon bagay fasil. Ou dwe gen prensip ak yon objektif nan sa w ap chache a, ou dwe konnen kòman pou w chache vrè chemen an, kòman pou w konnen si se vrè chemen an ou pa, si se travay Bondye ou pa. Ki prensip ki pi fondamantal ki genyen nan chache vrè chemen an? Ou dwe gade si genyen oubyen si pa genyen travay Lespri Sen an nan chemen sa, si pawòl li yo se pawòl verite ou pa, ki rekonèt, epi sa li ka rapòte ou. Fè diferans ant vrè chemen an ak fo chemen an mande anpil dimansyon nan konesans esansyèl yo, kote sa ki pi fondamantal la, se rive di si travay Lespri Sen an prezan ladan ou pa. Paske fondman kwayans moun yo nan Bondye se kwayans nan Lespri Bondye a, e menm kwayans yo nan Bondye ki te pran fòm moun nan se paske kò sa se fòm moun Lespri Bondye a, se sa ki fè yon kwayans konsa se toujou kwayans nan Lespri a. gen diferans ant Lespri avèk moun nan, men paske moun sa soti nan Lespri a, epi pawòl la te vin tounen moun, kidonk nan sa lòm kwè a se toujou menm Bondye a. Konsa, pou ou distenge vrè chemen an ou pa, ou dwe gade anvan si li gen ladan ou pa travay Lespri Sen an, aprè ou dwe gade si nan fason sa gen laverite ou pa. Verite a, se dispozisyon lavi dign, sa vle di sa Bondye te egzije lòm depi lè li te fin kreye li nan kòmansman an, kidonk tout limanite nèt an jeneral (ladan nou jwenn santiman lòm, klèvwayans, sajès ak konesans fondamantal lòm). Sa vle di, ou dwe analize si fason sa ka mennen moun yo jwenn yon lavi nòmal ki dign, si verite sa y ap pale a li konfòm ou pa selon reyalite diyite a, si verite sa pratik epi reyèl, e si li pi apwopriye ou pa. Si verite sa egziste, kidonk li kapab mennen moun yo fè eksperyans ki nòmal e ki reyèl; anplis, moun yo ap vin pi nòmal tanzantan, sans moun yo ap vin plis konplè, lavi ki nan kò yo ak lavi espirityèl yo ap vin pi gen lòd tanzantan, epi emosyon yo ap vin pi nòmal tanzantan. Se dezyèm prensip la. Gen yon lòt prensip ki se chache konnen si moun yo gen yon konesans k ap grandi sou Bondye, e paske y ap eksperimante kalite travay sa ak kalite verite sa kapab fè yo ou pa devlope yon lanmou pou Bondye epi apwoche yo plis sou Bondye. Nan konsa, li posib pou mezire si chemen sa se vrè chemen an ou pa. Sa ki pi enpòtan an, se konnen si chemen sa a, se se yon chemen reyèl oubyen sinatirèl, e si li kapab pote lavi pou lòm ou pa. Si li respekte kondisyon sa yo, nou ka deklare chemen sa se vrè chemen an. Mwen di pawòl sa yo, se pa pou m fè nou aksepte lòt fason pou nou fè eksperyans nou pra l genyen yo, ni tankou yon pwofesi kote pra l gen travay yon lòt jenerasyon demen. Mwen di yo pou nou gen asisrans chemen sa, se vrè chemen an, pou nou pa sèlman yon ti kras asire sou kwayans nan travay tan sa, epi pou nou pa kapab gen yon vizyon sou li. Menm gen moun, malgre yo gen asirans, men yo ankò nan konfizyon; yon asirans konsa pa gen okenn fondasyon, e moun sa yo dwe disparèt yon jou oubyen yon lòt. Menm sa yo ki pi zele nan rechèch yo, sètitid yo nan nivo twa epi ensòtitid yo nan nivo senk, sa ki montre yo pa gen okenn fondman. Paske nivo nou twò fèb epi fondasyon yo two anlè, nou pa menm gen konpreyansyon pou fè diferans. Bondye pa repwodui travay Li, Li pa fè travay ki pa bon, Li pa fè lòm pil gwo egzijans, e Li pa fè travay ki depase konpreyansyon lòm. Tout travay Li fè se nan sans lòm. Li pa depase nivo konpreyansyon limanite, e travay Li fèt selon egzijans nòmal lòm. Si se travay Lespri Sen an, moun yo ap vin pi nòmal tanzantan, e sansiblite yo ap vin pi nòmal tanzantan. Moun yo gen yon konesans k ap grandi sou karaktè kowonpi satan yo ak sou nati lòm, e yo genyen tou yon anvi ki toujou gran pou verite a. Sa vle di, lavi lòm ap grandi e devlope, e karaktè kowonpi lòm nan vin ka chanje tanzantan. Tout sa se siy ki montre Bondye tounen lavi lòm. Si yon chemen pa ka revele bagay sa yo ki se nannan lòm nan, li pa ka chanje karaktè lòm, e anplis, li pa ka mennen moun yo devan Bondye, oubyen pemèt yo pi byen konprann Bondye, e menm fè nati yo vin pi enb e santiman yo pi nòmal, kidonk chemen sa pa dwe vrè chemen an, e li kapab se travay move lespri a, oubyen ansyen chemen an. An rezime, sa pa ka travay Lespri Sen an. Nou te kwè nan Bondye pandan tout ane sa yo, men nou pa gen yon ti kras lide sou prensip ki pèmèt nou fè diferans ant vrè chemen an ak fo chemen an. Pifò moun yo pa menm entèrese ak koze sa yo, yo Sèlman pran wout pifò moun yo pran e y ap repete anba bouch pifò moun yo. Kisa ki fè moun sa ap chache vrè chemen an? Epi kòman moun sa yo ka jwenn vrè chemen an? Si nou konprann kèk prensip fondamantal sa yo, kidonk nenpòt sa ki ta rive, nou p ap pèdi. Jodi a, li enpòtan pou moun yo kapab rive fè diferans yo; se sa tout moun nòmal ta dwe posede, e se sa moun yo dwe genyen nan eksperyans yo. Si menm jounen jodi a, moun yo toujou pa fè diferans anyen nan kad rechèch yo, e si sansiblite moun yo pa grandi, kidonk moun yo egare twòp, epi sa y ap chache a fo e deraye. Pa gen yon tikras diferans nan sa w ap chache a jodi a, e si se vre, jan ou di l la, ou jwenn vrè chemen an, èske w genyen l? Èske ou te kapab distenge kèk bagay? Ki fondman vrè chemen an? Nan vrè chemen an, nou pa t genyen vrè chemen an; nou pa t resevwa anyen nan verite a, sa vle di nou pa t rive akonpli anyen nan sa Bondye egzije nou an, e kidonk pa gen okenn chanjman nan koripsyon nou an. Si nou kontinye ap chache chemen sa, n ap disparèt finalman. Paske nou an vi jouk jounen jodi a, nou dwe gen asirans chemen nou pran an, se bon chemen an e nou pa dwe gen pyès dout. Anpil moun yo toujou doute e yo sispann chache verite a akoz kèk ti pwoblèm. Moun sa yo se sila yo ki pa gen pyès konesans sou travay Bondye a; se sa yo ki ap suiv Bondye nan konfizyon. Moun yo ki pa konnen Bondye pa kapab bon zanmi Li, oubyen fè lwanj pou Li. Mwen konseye sila yo ki ap sèlman chache benediksyon yo epi ki ap kouri dèyè bagay ki vid e san valè yo pou yo prese chache verite, pou lavi yo ka gen yon sans. Penga nou twonpe tèt nou ankò!