Konsènan yon Lavi Espirityèl Nòmal

Lafwa nan Bondye mande yon lavi espirityèl nòmal, ki se fondasyon pou fè eksperyans pawòl Bondye yo epi antre nan reyalite a. Èske tout abitid priyè aktyèl nou yo, chèche pwoche kote Bondye, chante kantik, fè lwanj, meditasyon, ak reflechi sou pawòl Bondye yo se ekivalan yon “lavi espirityèl nòmal”? Okenn nan nou pa sanble konnen. Yon lavi espirityèl nòmal pa limite sèlman a pratik sa yo tankou priye, chante kantik, patisipe nan lavi legliz, epi manje ak bwè pawòl Bondye yo. Okontrè, li enplike viv yon lavi espirityèl ki nouvo e ki plen ak vi. Sa ki enpòtan se pa fason nou pratike, men se ki fwi pratik nou an pote. Pifò moun kwè ke yon lavi espirityèl nòmal nesesèman dwe enplike priye, chante kantik, manje ak bwè pawòl Bondye yo, oubyen reflechi sou pawòl Li yo, san yo pa gade si pratik sa yo vrèman bay rezilta oswa si yo mennen nan konpreyansyon reyèl. Moun sa yo konsantre sou suiv pwosedi sipèfisyèl yo san yo pa menm panse a rezilta yo; yo se moun k ap viv nan rityèl relijye, men yo pa moun k ap viv anndan legliz la, alewè pou yo ta manm wayòm nan. Priyè yo, chante kantik, epi manje ak bwè pawòl Bondye yo tout se jis yon fòm pou respekte règleman yo, ki fèt anba presyon epi pou rete alamòd, yo pa fèt volontèman ni ak senserite. Sepandan, moun sa yo mèt priye oubyen chante, efò yo p ap pote okenn fwi, paske sa yo pratike a se jis règleman ak rityèl relijyon; an reyalite yo pa mete pawòl Bondye yo an pratik vre. Yo konsantre sèlman sou fè bri pou anyen konsènan apwòch yo, epi yo trete pawòl Bondye yo kòm règleman pou yo swiv. Kalite moun sa yo pa mete pawòl Bondye yo an pratik; yo jis ap satisfè lachè epi ap aji pou fè lòt moun wè. Règleman ak rityèl relijye sa yo tout soti nan lèzòm; yo pa soti nan Bondye. Bondye pa swiv règleman, ni Li pa swiv okenn lwa. Okontrè, Li fè bagay nouvo chak jou, lè L ap akonpli travay pratik. Tankou moun yo nan Legliz Three-Self la (Twa Otonomi a), ki limite tèt yo nan pratik tankou obsève revèy matinal chak jou, ofri priyè aswè ak priyè rekonesans yo avan yo manje, epi bay remèsiman pou tout bagay—Yo mèt fè sa anpil, yo mèt pratike l pandan lontan, Sentespri a p ap travay nan yo. Lè moun mennen yon lavi ki baze sèlman sou règleman epi kite kè yo fikse sou metòd yo dwe pratike yo, Sentespri a pa kapab travay, paske kè yo okipe ak règleman yo e opinyon lèzòm. Konsa, Bondye pa kapab entèvni epi travay sou yo, epi yo ka sèlman kontinye viv anba kontrent lalwa. Kalite moun sa yo p ap janm kapab resevwa apwobasyon Bondye.

Yon lavi espirityèl nòmal se yon lavi moun viv nan prezans Bondye. Lè yon moun ap priye, li kapab kalme kè li devan Bondye, epi atravè lapriyè, yon moun ka cheche eklèsisman Sentespri a, konnen pawòl Bondye yo, epi konprann entansyon Bondye yo. Nan manje ak bwè pawòl Li yo, moun kapab genyen yon konpreyansyon ki pi klè ak pi konplè sou travay Bondye kounye a. Yo ka vin genyen tou yon nouvo fason pou pratike, epi yo pa pral rete akwoche ak ansyen an; sa yo pratike se pral tout bagay ki pote kwasans nan lavi a. Pa egzanp, objektif lapriyè se pa pale kèk bèl pawòl ki sonnen byen oswa pou tonbe kriye devan Bondye pou montre jan ou santi ou dwe Li; okontrè, se pou yon moun fòme tèt li nan fason li itilize lespri a, pèmèt yon moun soumèt kè li devan Bondye, pou fòme tèt li pou cheche jwenn gidans apati pawòl Bondye yo nan tout bagay, yon fason pou kè yon moun ka atire nan yon nouvo sous limyè fre chak jou, epi konsa yon moun p ap negatif ni parese epi l ap demare sou bon wout la nan mete pawòl Bondye yo an pratik. Pifò moun jodi a konsantre sou metòd pou pratike; objektif yo se pa chèche jwenn verite epi atenn pwogrè nan lavi. Se la devyasyon yo ye. Genyen kèk moun tou ki kapab aksepte nouvo limyè, men metòd pratik yo pa chanje. Yo pote ansyen nosyon relijye yo avèk yo pandan y ap chèche konprann pawòl Bondye jodi yo, donk sa yo konprann nan se toujou doktrin ki kolore pa nosyon relijye yo; yo pa aksepte limyè jodi a nan yon fason pwòp ak senp. Kòm rezilta, pratik yo kontamine; y ap plake yon nouvo non sou menm ansyen pwodui a. Kèlkeswa jan yo ka ap byen pratike, yo se ipokrit. Bondye dirije moun pou fè bagay nouvo chak jou, Li mande pou yo genyen limyè ak konpreyansyon nouvo chak jou, epi Li egzije pou yo pa ni demode ni repetitif. Si ou te kwè nan Bondye pandan anpil ane, men metòd ou pratike yo pa chanje ditou, epi si ou toujou zele ak okipe konsènan sijè ekstèn yo, men ou pa vini nan prezans Bondye pou jwi pawòl Li yo avèk yon kè trankil, lè sa ou p ap jwenn anyen. Nan sa ki gen pou wè ak aksepte nouvo travay Bondye a, si ou pa planifye yon lòt fason, ou pa pratike nan yon nouvo fason, epi ou pa ap cheche konpreyansyon ki pi nouvo, men okontrè ou rete atache a ansyen an epi aksepte sèlman yon ti limyè nouvo limite, san ou pa chanje fason ou pratike a, lè sa kalite moun tankou ou sèlman pote non moun ki nan kouran sa a; an reyalite, yo se Farizyen relijye ki pa nan kouran Sentespri a.

Pou viv yon lavi espirityèl nòmal, ou dwe kapab aksepte nouvo limyè chak jou epi chèche konprann pawòl Bondye yo pou toutbon. Ou dwe kapab konprann laverite a klèman, epi jwenn yon fason pou pratike l nan tout bagay. Atravè lekti pawòl Bondye yo chak jou, ou dwe kapab dekouvri nouvo pwoblèm yo epi wè sa ki manke lakay ou, pou ou ka gen anvi ak yon kè k ap chèche ak tout ou menm nèt konsa ou ka rete poze devan Bondye toutan, avèk gwo krent pou w pa rete dèyè. Yon moun ki gen yon dezi nan kè li konsa pou chèche, ki dispose pou kontinye jwenn aksè, sou bon wout lavi esprityèl la. Moun ki aksepte Sentespri a touche yo, ki anvi fè pi byen, ki dispoze pou chèche pou Bondye rann yo pafè, ki ap cheche konprann pi byen pawòl Bondye yo, ki p ap chèche bagay sinatirèl, men ki pito peye yon pri reyèl, vrèman montre yo respekte entansyon Bondye yo, epi ki rive antre nan lavi a toutbon, sa ki fè eksperyans yo vin pi reyèl e pi otantik; ki pa chèche pawòl ak doktrin ki vid, ni ki pa chèche santiman sinatirèl; ki pa adore okenn gwo pèsonalite─se moun sa yo ki te antre nan yon lavi espirityèl nòmal. Tout sa yo fè se nan entansyon pou akonpli plis pwogrè nan lavi epi pou fè lespri yo rete fre ak vivan, epi yo toujou gen kapasite pou antre nan lavi a aktivman. San yo pa reyalize sa, yo vin konprann verite a epi antre nan reyalite a. Sila yo ki gen lavi espirityèl nòmal yo, epi fè eksperyans liberasyon ak libète despri chak jou, kapab pratike pawòl Bondye yo yon fason ki fleksib men k ap toujou satisfè Li. Menm nan priyè, yo pa suiv okenn kouran, epi yo gen kapasite pou ajiste yo avèk nouvo limyè chak jou. Pa egzanp, moun fòme tèt yo pou kalme kè yo devan Bondye, epi kè yo rete trankil devan Bondye, epi pèsonn moun pa ka twouble yo. Okenn moun, okenn evènman, oswa bagay pa kapab anpeche yo viv lavi espirityèl nòmal yo. Kalite fòmasyon sa a gen objektif bay yon rezilta; li pa gen pou kreye règleman pou moun swiv. Pratik sa pa gen anyen pou wè ak e règleman, men li gen objektif pou pwomote kwasans nan lavi moun. Si ou wè pratik sa yo sèlman kòm regeleman pou ou swiv, lavi ou p ap janm chanje. Ou ka angaje nan menm fòmasyon an ak lòt moun, men pandan yo finalman reyisi ajiste yo avèk ritm travay Sentespri a, ou disparèt nan kouran Sentespri a. Èske ou p ap bay tèt ou manti? Objektif pawòl sa yo se pou pèmèt moun kalme kè yo devan Bondye, remèt kè yo bay Bondye, yon fason pou travay Bondye nan yo kapab fèt san obstak epi l ka pote fwi. Sèlman lè sa moun kapab an amoni avèk entansyon Bondye yo.

Anvan:  Kijan pou Konnen Reyalite a

Apre:  Konsènan Tout Moun k Ap Ranpli Fonksyon Yo

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Connect with us on Messenger