Siksè oswa Echèk Depann sou Chemen ke Lòm Pran an

Pifò moun kwè nan Bondye se pou avantaj destinasyon lavni yo, oubyen, se pou yo sa eksperyanse yon juisans pou yon ti tan. Pou sa yo ki pa pase nan pwoblèm sa yo, yo kwè nan Bondye pou yo ka ale nan syèl, afenke yo kapab resevwa rekonpans. Yo pa kwè nan Bondye pou ke Bondye kapab rann yo pafè non, oubyen, pou yo ranpli devwa yon kreyati Bondye non. Sa vle di ke, pifò moun pa kwè nan Bondye ak entansyon pou yo ranpli responsablite yo, oubyen pou fè devwa yo. Se raman pou moun kwè nan Bondye avèk entansyon pou yo mennen yo vi ki itil, ni tou, ta genyen sa yo ki kwè ke, puiske lòm egziste, li dwe renmen Bondye paske Syèl la òdone sa, e latè rekonèt ke se sa ki dwe fèt, e ke se vokasyon natirèl lòm. Konsa, malgre chak moun diferan ap pousuiv pwòp objektif pa yo, entansyon rechèch yo ansanm ak motivasyon ki dèyè rechèch la se menm bagay la, e dayè, pou pifò nan yo, rezon pou adorasyon yo se prèske menm nan. Nan dènye mil (1000) ane yo, plizyè kwayan mouri, e anpil nan sa yo ki te mouri a te fèt yon dezyèm fwa. Se pa sèlman youn oswa de (2) moun ki ap chache Bondye non, ni se pa menm youn oswa de mil (2000), poutan pifò nan moun sa yo ap chache Bondye pou chans yo kapab pwofite, oswa, pou espwa granpanpan ke yo genyen pou lavni. Moun sa yo ki devwe pou Kris yo pa anpil. Plizyè kwayan ki devwe te mouri antan yo te toujou mawonen nan pyèj pwòp filè yo, e kantite moun ki te ranpòte viktwa, dayè, se yon vyep tikal. Jouk jounen jodi a, moun sa yo pa konnen rezon ki te fè yo echwe, oswa sekrè ki te fè yo ranpòte laviktwa. Moun sa yo, ki preyokipe tout tan ap chache Kris la, poko eksperyanse moman kote tout bagay vin klè toujou, yo poko rive nan fon mistè sa yo, paske tou senpleman yo pa konnen. Malgre yo fè anpil efò nan rechèch yo, chemen yo pran an se chemen echèk ke moun ki te vin anvan yo te pran, e se pa chemen siksè a. Konsa, kèlkeswa fason yo chache a, èske se pa chemen ki mennen nan fènwa ke yo pran? Èske rekonpans yo se pa fwi anmè? Li deja difisil pou prevwa si moun, ki ap imite sa yo ki te gen siksè nan tan lontan yo, va finalman jwenn bonè oswa kalamite. Ala malchans ki kapab tann moun, ki ap suiv tras sa yo ki te echwe, nan rechèch yo atò? Èske chans pou yo echwe a pa pi gran? Ki valè ki genyen nan chemen ke yo pran an? Èske se pa tan yo ke y ap pèdi? Kèlkeswa moun jwenn siksè oswa echèk nan rechèch yo, genyen, an brèf, yon rezon pouki yo fè sa, e sa pa yon sitiyasyon kote se pousuiv jan yo vle ki detèmine siksè oswa echèk yo.

Egzijans ki pi fondamantal pou konfyans lòm nan Bondye, sèke li dwe genyen yon kè ki onèt, e li dwe konsakre tèt li konplètman, e li dwe vrèman obeyi. Sa ki pi difisil pou lòm, se bay tout lavi li annechanj pou vrè konfyans lan, ki va mennen li pou li ganye tout laverite a nèt, e akonpli devwa li kòm kreyati Bondye. Se sa ki enposib pou sa yo ki echwe, e li pi enposib menm pou sa yo ki pa kapab jwenn Kris. Paske lòm pa bon nan konsekrasyon tèt li nèt bay Bondye, paske lòm pa vle akonpli devwa li anvè Kreyatè a, paske lòm wè verite a men li chankre verite a, e pran pwòp chemen li, paske lòm se tras moun ki echwe li toujou suiv lè l ap chache, paske lòm toujou reziste Syèl la, donk, lòm toujou echwe, li toujou pran nan riz Satan, e li pran nan pyèj pwòp filè li. Paske lòm pa konnen Kris, paske lòm pa gen metriz nan konesans ak eksperyans verite a, paske lòm twò antyoutyout pou adore Paul, e twò avaris pou rive nan syèl la, paske lòm toujou ap egzije ke Kris obeyi li, e ap pase Bondye lòd, donk, moun granchire sa yo, e sa yo ki te pase nan peripesi mond lan, yo se lòm a kò mòtèl toujou, e yo kontinye ap mouri nan mitan chatiman Bondye. Tout sa mwen kapab di de moun sa yo, sèke yo sibi yon lanmò terib, e konsekans lan pou yo—lanmò yo—pa san jistifikasyon. Èske echèk yo pa menm pi ensipòtab nan lwa Syèl la? Laverite a soti nan mond lòm nan, tandiske se Kris ki te pase verite a bay lòm. Orijin li soti nan Kris, sa vle di, li soti nan Bondye Li menm, e se pa yon bagay ki nan kapasite lòm. Tandiske Kris bay sèlman laverite; Li pa vini pou deside si lòm pral gen siksè lè la chache verite a. An konsekans, siksè oubyen echèk nan verite a, tou se va rezilta rechèch lòm. Siksè oswa echèk lòm nan verite a pa janm gen anyen pou wè avèk Kris, men olye de sa, se pousuit lòm ki detèmine sa. Yo pa kapab anpile destinasyon lòm, ansanm ak siksè oswa echèk li, kòm yon chay sou tèt Bondye, pou se Bondye Li menm ki ap pote li, paske se pa yon kesyon de Bondye Li menm, men sa gen pou wè pèsonèlman avèk devwa ke kreyati Bondye yo dwe akonpli. Laplipa moun genyen yon ti konesans sou rechèch ak destinasyon Pòl ak Pyè, poutan moun pa konnen plis pase konsekans Pyè ak Pòl, e yo inyoran de sekrè siksè Pyè a, oubyen enkonpetans ki te lakòz echèk Pol la. Donk si nou totalman pa kapab wè depase esans rechèch yo, rechèch pifò nan nou va toujou echwe atò, e menm si yon ti gwoup nan nou te gen siksè, yo p ap menm egal ak siksè Pyè a. Si chemen rechèch ou an se bon chemen an, ou va gen espwa pou gen siksè atò; si chemen ou pran pou rechèch la, se move chemen an, alò ou p ap janm kapab gen siksè, e ou va genyen menm lafen avèk Pòl.

Pyè se te yon moun ki te vin pafè. Se sèlman aprè l te pase chatiman ak jijman, e konsa li te vin genyen yon lanmou ki san tach pou Bondye, ke li te vin pafè; chemen ke li te pran an se te chemen pou li jwenn pèfeksyon. Sa vle di, depi okòmansman, chemen ke Pyè te pran an se te bon chemen an, e motivasyon pou li te kwè nan Bondye, se te bon motivasyon an, donk li te tounen yon moun ki te vin pafè e li te pran yon nouvo chemen ke lòm pa t janm pran avan. Tandiske, chemen ke Pòl te pran depi nan kòmansman an se te chemen opozisyon a Kris, e se te sèlman paske Sentespri a te vle itilze li, pou pwofite don ak tout merit li pou travay Li, ke li te travay pou Kris pou plizyè deseni. Li te senpleman yon moun ke Sentespri a te itilize, e Jezi pa t itilize li paske Li te apresye karaktè li, men se akoz de don li yo. Li te kapab travay pou Jezi paske li te frape, pa paske li te kontan pou li te fè sa. Li te kapab fè travay sa yo akoz de revelasyon e direksyon Sentespri a, e travay li te fè a pa t reprezante rechèch li ditou, oubyen karaktè li. Travay Pòl la te reprezante travay yon sèvitè, ki vle di li te fè travay yon apot. Pyè li menm te diferan: Li te fè kèk travay tou; travay li pa t gran tankou travay Pòl la, men li te travay antan li ta pousuiv pwòp antre li, e travay li te diferan ak travay Pòl la. Travay Pyè a se te akonplisman devwa yon kreyati Bondye. Li pa t travay nan wòl yon apot, men li te travay antan li ta p chache lanmou pou Bondye. Dewoulman travay Pòl la te genyen rechèch pèsonèl li ladan l: Rechèch li se pa t pou anyen deplis ke espwa li pou lavni, ak dezi li pou yon bon destinasyon. Li pa t aksepte pèfeksyon pandan travay li a, e li pa t aksepte ni netwayaj, ni pou yo regle ak li. Li te kwè ke depi travay li te fè a te satisfè dezi Bondye, epi tout sa li fè te fè Bondye plezi, enben ap gen yon rekonpans k ap tann li alafen. Pa t genyen okenn eksperyans pèsonèl nan travay li—tout sa se te pou pwòp avantaj li, e travay la pa t fèt nan pousuit chanjman. Tout bagay nan travay li se te yon tranzaksyon, travay li pa t genyen okenn devwa oubyen soumisyon yon kreyati Bondye. Pandan tan travay li a, pa t genyen okenn chanjman ki te fèt nan ansyen karaktè Pòl yo. Travay li se te senpleman pou sèvi lòt yo, e sa pa t kapab pote chanjman nan karaktè li. Pòl te fè travay li pèsonèlman, san ke li pa t vin pafè, oubyen, san yo pa t regle ak li, e se te rekonpans ki te motive li. Pyè te diferan: Li te yon moun ki te pase nan netwayaj, sibi chatiman, e pèfeksyònman. Entansyon ak motivasyon travay Pyè a te fondamantalman diferan avèk Pòl. Malgre Pyè pa t fè anpil travay, karaktè li te sibi anpil chanjman, epi sa ke li t ap chache se te verite ak vrè chanjman. Li pa t fè travay li senpleman pou avantaj travay la li menm. Malgre Pòl te fè anpil travay, tout se te travay Sentespri an, e malgre Pòl te kowòpere nan travay sa a, li pa t fè eksperyans travay la. Si Pyè pa t fè anpil travay, se sèlman paske Sentespri a pa t fè anpil travay avèk li. Kantite travay yo pa t detèminen si yo te vin pafè; pousuit youn se te pou resevwa rekonpans, e pousuit lòt la se te pou reyalize lanmou total pou Bondye, e akonpli devwa li kòm kreyati Bondye, nan mezi ke li te ka viv yon bèl imaj afenke li satisfè dezi Bondye. Nan eksteryè yo, yo te diferan, e demenm, esans yo te diferan. Ou pa kapab detèminen kilès ladan yo ki te vin pafè daprè kantite travay yo te fè. Pyè te chache pou li te viv imaj yon moun ki renmen Bondye, pou li te vin yon moun ki te obeyi Bondye, pou li te vin yon moun ki te asepte pou yo regle ak li, ki te asepte netwayaj, e pou li te vin yon moun ki te akonpli devwa li kòm kreyati Bondye. Li te kapab konsakre tèt li bay Bondye, pou livre tout tèt li nan men Bondye, epi obeyi Li jiskaske li mouri. Se sa ke li te deside fè, e anplis, se sa ke li te akonpli. Se te rezon fondamantal sa a ki fè lafen li te diferan ak lafen Pòl finalman. Travay ke Sentespri an te fè nan Pyè a se te pou rann li pafè, e travay ke Sentespri a te fè nan Pòl la se te pou itilize li. Se paske nati yo ak pèspektif ke yo te genyen sou rechèch la pa t menm bagay. Toude te genyen travay Sentespri a. Pyè te aplike travay sa a pou tèt li, e li te bay lòt moun li; Pòl, antretan, te bay lòt moun tout travay Sentespri a nèt, e li pa t ganye anyen poutèt li. Konsa, apre ke li te fè eksperyans travay Sentespri a pandan plizyè ane sa yo, chanjman nan Pòl te prèske pa egziste. Li te rete prèske nan eta natirèl li, e li te toujou Pòl ki te la avan an. Se te senpleman aprè ke li te fin andire difikilte anpil ane travay yo, li te aprann kòman pou “travay,” e li te aprann andirans, men ansyen nati li—nati ki te ekstrèmeman konpetitif ak mèsenè li a—te toujou la. Aprè ke li te travay pou tout ane sa yo, li pa t konnen nati kowonpi li a, li pa t retire vye nati li a, e sa te toujou vizib klèman nan travay li. Nan li te genyen senpleman plis eksperyans travay, men sèl ti eksperyans konsa sèlman pa t kapab chanje li e pa t kapab chanje pèspektif li sou egzistans oubyen enpòtans rechèch li. Malgre li te travay plizyè ane pou Kris, epi li pa t janm pèsekite Seyè Jezi a ankò, pa t genyen okenn chanjman nan konesans Bondye nan kè li. Sa vle di ke, li pa t travay pou devwe tèt li bay Bondye, men pito li te blije travay pou avantaj destinasyon avni li. Paske, okòmansman, li te pèsekite Kris, e li pa t soumèt li ak Kris; li te esansyèlman yon rebèl ki te opoze Kris volontèman, e yon moun ki pa t genyen okenn konesans sou travay Sentespri a. Lè travay li te prèske fini, li te toujou pa t konnen travay Sentespri a, e li te senpleman aji pou kont li dapre pwòp karaktè li, san li pa prete menm yon ti atansyon ak volonte Sentespri a. Donk nati li te nan animozite avèk Kris e li pa t obeyi laverite a. Yon moun konsa, ke travay Sentespri a te abandone, ki pa t konnen travay Sentespri a, e ki te opoze Kris la tou—kòman yon moun konsa te kapab sove? Pou lòm kapab sove ou pa, sa pa depann de kantite travay li fè, oubyen nan ki mezi li devwe, men olye de sa, sa ki detèmine li, se si li konnen oubyen pa konnen travay Sentespri a, si li ka pratike laverite ou pa, e si, wi ou non, pèspektif li sou rechèch la annakò avèk laverite.

Malgre revelasyon natirèl yo te parèt aprè ke Pyè te kòmanse suiv Jezi, nan nati li, depi nan kòmansman, li te toujou yon moun ki te vle soumèt li ak Sentespri a natirèlman, epi chache Kris la. Obeyisans ke li te genyen pou Sentespri a te pafè: Li pa t chache repitasyon oubyen fòtin, men se te obeyisans ak laverite ki te motive li. Malgre sa te fè twa fwa depi Pyè te nye ke li te konnen Kris la, e malgre li te tante Senyè Jezi a, ti feblès imen sa yo pa t gen anyen pou wè ak nati li, sa pa t afekte rechèch li nan lavni, e sa pa ka pwouve ase ke tantasyon li se te aksyon yon antikris. Feblès imen nòmal se yon bagay ke tout moun nan mond lan pataje—èske ou te espere pou Pyè tediferan? Èske pa gen moun ki gen sèten opinyon de Pyè paske li te fè plizyè erè ridikil? Èske moun pa adore Pòl akoz de tout travay li te fè yo, e tout epit ke li te ekri yo? Kòman lòm ta kapab rive wè sibstans lòm? Asireman sila yo ki gen bon sans kapab wè yon bagay ki pa enpòtan konsa? Malgre yo pa t rapòte plizyè ane eksperyans difisil Pyè nan Bib la, sa pa pwouve ke Pyè pa t fè vrè eksperyans, oubyen ke Pyè pa t vin pafè. Kòman lòm kapab konprann travay Bondye a konplètman? Se pa t Jezi ki te chwazi dosye nan Labib yo pèsonèlman, men se moun nan jenerasyon aprè yo ki te konpile yo. Puiske se konsa, èske tout sa ki rapòte nan Bib la se pa lòm ki te chwazi yo dapre panse yo? Dayè, yo pa fin klèman eksprime lafen Pyè ak Pòl nan epit yo, kifè la, lòm jije Pyè avèk Pòl dapre pwòp pèsepsyon pa li, e dapre pwòp preferans li. E paske Pòl te tèlman fè anpil travay, paske “kontribisyon” li yo te tèlman anpil, li te ganye konfyans pèp la. Èske lòm pa konsantre yo sèlman sou bagay frivòl? Kòman lòm ta kapab rive wè sibstans lòm? San mansyone, lè n konsidere jan Pòl te resevwa adorasyon depi kèk milye ane, kilès ki ta fouti rejte travay li san reflechi? Pyè se sèlman yon pechè pwason li te ye, donk kòman kontribisyon li ta fè gran menm jan ak Pòl? Annegad de kontribisyon ke yo te fè a, yo te dwe rekonpanse Pòl anvan Pyè, e se li menm ki te dwe genyen yon meyè kalifikasyon pou ganye apwobasyon Bondye. Ki moun ki ta ka panse sa, nan tretman ke Li bay Pòl, Bondye te senpleman fè li travay avèk don li yo, tandiske Bondye te rann Pyè pafè. Se pa vre ditou ke Seyè Jezi a te fè plan pou Pyè ak Pòl depi okòmansman non: Yo te, pito, vin pafè oubyen yo te fè yon travay dapre pwòp nati yo. E donk, sa moun wè se senpleman kontribisyon eksteryè lòm yo, tandiske sa Bondye wè se sibstans lòm, ansanm ak chemen ke lòm pousuiv depi nan kòmansman an, epi motivasyon ki dèyè pousuit lòm. Moun mezire lòm dapre konsepsyon yo, e daprè pwòp pèsepsyon yo, poutan lafen lòm se pa eleman eksteryè li ki detèminen li. Donk sa mwen di se, si chemen ou pran depi nan kòmansman an se chemen siksè, enpi, ou genyen yon bon pèspektif sou rechèch la depi nan kòmansman an, enben ou tankou Pyè; si chemen ou pran an se chemen echèk, alò kèlkeswa pri ke w peye a, lafen ou va toujou menm ak lafen Pòl. Kèlkeswa ka a, destinasyon ou ak si ou reyisi oubyen echwe, se chemen ou pran ki bon an oswa chemen ki pa bon an ki detèmine toude, se pa devosyon ou oswa pri ou peye a ki detèmine sa. Esans Pyè avèk Pòl, e objektif ke yo te pousuiv, te diferan; lòm pa gen kapasite pou dekouvri bagay sa yo, e se sèl Bondye ki kapab konnen yo nèt. Paske sa Bondye wè se sibstans lòm, men lòm pa konnen anyen nan pwòp esans li. Lòm pa kapab gade esans ki anndan lòm oubyen repitasyon aktyèl li, e konsa lòm pa kapab idantifye rezon pou echèk e siksè Pòl ak Pyè. Rezon ki fè plis moun adore Pòl e yo pa adore Pyè, se paske yo te itilize Pòl nan sèvis piblik, e lòm kapab pèsevwa travay sa a, e konsa moun rekonèt “akonplisman” Pòl. Eksperyans Pyè yo, sepandan, envizib pou lòm, e sa ke li t ap chache a lòm pa ka atenn li, donk lòm pa enterese nan Pyè.

Pyè te vin pafè pa mwayen eksperyans règleman ak pèfeksyònman. Li te di, “Mwen dwe satisfè dezi Bondye nan tout tan. Nan tout sa m ap fè, m ap sèlman chache pou satisfè dezi Bondye, e ke yo te chatye m, oubyen jije m, mwen toujou kontan pou m fè sa.” Pyè te fè Bondye kado tout li menm, e travay li, pawòl li, e tout lavi li te tout pou avantaj lanmou li pou Bondye. Li te yon moun ki te chache sentete, e plis eksperyans li te fè, plis lanmou li te vin pi gran pou Bondye nan fon kè li. Paul, pandanstan sa, te fè travay nan eksteryè yo, e malgre li te travay di tou, travay li se te pou te fè zèv li byen dekwa pou ganye yon rekonpans. Si li te konnen ke li pa ta pral resevwa okenn rekonpans, li ta abandone travay li. Sousi Pyè se te vrè lanmou anndan kè li, ansanm ak sa ki te pratik e posib. Li pa t bezwen konnen si li ta pral resevwa yon rekonpans, men li te gen sousi pou si karaktè li te kapab chanje. Sousi Pòl se te pou li travay pi di, li te sousye de travay eksteryè ak devouman, e de doktrin ke moun nòmal pa t eksperyanse. Li pa t gen okenn sousi pou chanjman ki fon anndan kè li, ni pou vrè lanmou Bondye. Eksperyans Pyè se te pou reyalize vrè lanmou ak konesans Bondye. Eksperyans li yo se te pou genyen yon relasyon ki pi entim avèk Bondye, e pou li te viv yon vi ki pratik. Travay Pòl te fèt akoz de sa Jezi te konfye l pou fè, e yo te fèt dekwa pou li te kapab genyen bagay ke li dezire, poutan sa pa gen anyen pou wè avèk konesans ke li menm genyen de Bondye. Travay li te fèt sèlman pou li te chape chatiman ak jijman. Sa Pyè t ap chache a se te lanmou san tach, e sa Pòl t ap chache a se te kouwòn lajistis. Pyè te eksperyanse plizyè ane travay Sentespri a, e li te genyen konesans pratik sou Kris, enpitou li te konnen nan fon kè li, kilès li menm li te ye. Donk lanmou li pou Bondye te sant tach. Plizyè ane pèfeksyònman te ogmante konesans li nan Jezi e nan lavi, e lanmou li se te yon lanmou san kondisyon, se te yon lanmou natirèl, e li pa t mande anyen an retou, ni li pa t espere jwenn okenn avantaj. Pòl te travay pou plizyè ane, men li pa t genyen okenn gran konesans de Kris, e se te yon vyep tikal konesans ke li te genyen de tèt li. Li senpleman pa t gen okenn lanmou pou Kris, e travay li ak kous ke l te kouri se te dekwa pou li te resevwa lorye ekselans final la. Sa ke li t ap chache se te pi bèl kouwòn nan, se pa t lanmou ki pi pafè a. Li pa t chache aktivman, men li te chache nan yon mwayen pasif; se pa devwa li ke li t ap pèfòme, men se yon pousuit ke li te oblije fè aprè ke travay Sentespri a te sezi li. Kidonk, pousuit li pa pwouve ke li te yon kreyati Bondye ki te kalifye; se te Pyè ki te yon kreyati Bondye ki te kalifye, ki te pèfòme devwa li. Lòm panse ke tout sa yo ki fè yon kontribisyon bay Bondye dwe resevwa yon rekonpans, e plis yo fè kontribisyon, se plis yo sipoze ke yo dwe resevwa favè Bondye. Esans pèspektif lòm se yon negosyasyon, e lòm p ap aktivman chache pou akonpli devwa li kòm kreyati Bondye. Pou Bondye, plis moun ap chache yon vrè lanmou pou Bondye, ak obeyisans konplèt pou Bondye, ki vle di ke y ap chache akonpli devwa yo kòm kreyati Bondye, se plis yo va kapab genyen apwobasyon Bondye. Pèspektif Bondye sèke Li mande pou lòm retwouve devwa ak estati orijinèl li. Lòm se yon kreyati Bondye, e donk lòm pa dwe depase tèt li nan fè demand devan Bondye, e pa dwe fè plis pase pèfòme devwa li kòm kreyati Bondye. Yo te mezire destinasyon Pyè ak Pòl daprè si yo te kapab akonpli devwa yo kòm kreyati Bondye, yo pa t mezire li daprè gwosè kontribisyon yo; yo te detèminen destinasyon yo selon sa ke yo t ap chache depi nan kòmansman an, pa selon kantite zèv yo te fè, oubyen selon fason lòt moun estime yo. E donk, lè w ap chache pou aktivman akonpli devwa w kòm yon kreyati Bondye, se chemen siksè a; lè w ap chache chemen vrè lanmou Bondye a, se pi bon chemen an; lè w ap chache chanjman nan ansyen karaktè ou yo, e lè w ap chache lanmou pafè Bondye a, se chemen siksè a. Yon chemen siksè konsa se chemen pou retwouve devwa orijinèl ansanm ak aparans orijinèl yon kreyati Bondye. Se chemen pou retablisman, e se tou, objektif pou tout travay Bondye depi nan kòmansman jiska lafen. Si rechèch lòm souye avèk demand ekstravagan pèsonèl e dezi derezonnen li, enben rezilta ke lòm va jwenn nan, se p ap chanjman nan karaktè lòm. Sa pa annakò avèk travay retablisman an. Se, san dout, pa travay ke Sentespri a te fè, e konsa Bondye pa apwouve rechèch konsa. Ki enpòtans ki genyen nan yon rechèch ke Bondye pa apwouve?

Travay ke Pòl te fè a te ekspoze devan lòm, men kanta pou mezi pèfeksyon lanmou li pou Bondye, e nan ki mezi li te renmen Bondye nan fon kè li—bagay sa yo lòm pa ka wè yo. Lòm kapab sèlman gade travay ke li te fè yo, ki montre ke asireman Sentespri a t ap dirije li, donk lòm panse ke Pòl te pi bon pase Pyè, ke zèv li yo te pi gran, paske li te kapab fè byen pou legliz yo. Pyè te sèlman itilize eksperyans pèsonèl li, e li te ganye sèlman yon ti gwoup moun pandan travay ke li te fè detanzantan an. Genyen sèlman kèk ti epit ke li te ekri, men kilès ki konnen ki gwosè lanmou li pou Bondye nan fon kè li? Jou ale, jou vini, Pòl te travay pou Bondye: Depi te gen travay ki pou te fèt, li te fè li. Li te santi ke nan fason sa a li ta kapab ganye kouwòn nan, e li te kapab satisfè Bondye, men li pa t chache mwayen pou chanje tèt li pa mwayen zèv li yo. Nenpòt bagay nan lavi Pyè ki pa t satisfè dezi Bondye te fè li malalèz. Si yon bagay pa t satisfè dezi Bondye, sa te ba li remò, e li te chache yon bon fason pou li te fè efò pou satisfè kè Bondye. Menm nan aspè nan lavi li, ki pi piti e san konsekans yo, li te egzije tèt li pou satisfè Bondye toujou. Li pa te mwens egzijan nan sitiyasyon ansyen karaktè li, li te trè egzijan nan demann ke li te mete sou tèt li, pou li te pwogrese pi fon nan laverite. Pòl te chache sèlman repitasyon sipèfisyèl avèk estati. Li te chache enpresyone lòm, e li pa t chache fè okenn pwogrè pi fon nan antre lavi li. Sousi li se te pou doktrin, pa pou reyalite. Gen moun ki di, “Pòl fè tèlman anpil zèv pou Bondye, poukisa Bondye pa t sonje li? Pyè te fè sèlman yon ti ponyen travay pou Bondye, e li pa t fè gran kontribisyon nan legliz yo, donk poukisa Bondye te rann li pafè?” Pyè te renmen Bondye rive nan yon sèten mezi, yon bagay ke Bondye te egzije; se sèlman moun konsa ki genyen temwayaj. E Pòl menm? Nan ki degre Pòl te renmen Bondye? Èske ou konnen? Pou kisa Pòl te fè travay li? E Pou kisa Pyè te fè travay li? Pyè pa t fè anpil travay, men èske ou konnen sa ki te anndan fon kè li? Travay Pòl se te pou te bay legliz yo provizyon, e pou sipòte legliz yo. Sa ke Pyè te eksperyanse se te chanjman nan dispozisyon lavi li; li te eksperyanse lanmou pou Bondye. Kounye a ke ou konnen diferans nan esans yo, ou kapab wè kilès, alafen, ki te vrèman kwè nan Bondye, e kilès ki pa t vrèman kwè nan Bondye. Youn ladan yo te vrèman renmen Bondye, e lòt la pa t vrèman renmen Bondye; youn te sibi chanjman nan karaktè li, e lòt la pa t sibi chanjman; youn te sèvi avèk imilite, e moun pa t fasilman remake li, e, moun te adore lòt la, li te gen gran repitasyon; youn te chache sentete, e lòt la pa t chache li, e malgre li pa t souye, li pa t posede yon lanmou ki pi; youn te posede vrè konpasyon, e lòt la pa t genyen li; youn te posede sans yon kreyati Bondye, lòt la pa t genyen li. Sa yo se diferans ant esans Pòl ak Pyè. Chemen ke Pyè te pran an se te chemen siksè, se te chemen pou te akonpli retablisman limanite nòmal, ak retablisman devwa yon kreyati Bondye tou. Pyè reprezante tout sa yo ki genyen siksè. Chemen ke Pòl te pran an se te chemen echèk la, e li reprezante tout sa yo ki sèlman soumèt e laji tèt yo pou fè moun wè sèlman, e yo pa renmen Bondye vrèman. Pòl reprezante tout sa yo ki pa posede laverite. Nan konfyans li nan Bondye, Pyè te chache satisfè Bondye nan tout bagay, e li te chache obeyi tout sa ki soti nan Bondye. San menm yon ti kras konplent, li te kapab aksepte chatiman ak jijman, ansanm ak pèfeksyònman, tribilasyon, e, li te rejte tout bagay ki te kapab chanje lanmou li pou Bondye. Èske sa se pa t lanmou siprèm pou Bondye? Èske sa se pa t akonplisman devwa yon kreyati Bondye? Kèlkeswa chatiman, jijman, oubyen tribilasyon an, ou kapab toujou reyalize obeyisans jiska lanmò, e se sa ke yon kreyati Bondye ta dwe reyalize, sa se pèfeksyon lanmou pou Bondye a. Si lòm kapab reyalize tout sa, li se yon Kreyati Bondye ki kalifye, e pa genyen anyen ki pi satisfè dezi Kreyatè a. Sipoze ke ou kapab travay pou Bondye, men ou pa obeyi Bondye, enpi ou pa kapab vrèman renmen Bondye. Nan fason sa a, non sèlman ou pa pral reyalize devwa yon kreyati Bondye, men tou, Bondye va kondane w, paske ou se yon moun ki pa genyen laverite, ki pa kapab obeyi Bondye, e ki dezobeyisan a Bondye. Ou senpleman vle travay pou Bondye, e ou pa gen okenn entansyon pou pratike laverite, ni pou konnen tèt ou. Ou pa konprann, ni ou pa konnen Kreyatè a, e ou pa obeyi, ni ou pa renmen Kreyatè a. Ou se yon moun ki natirèlman dezobeyisan a Bondye, e moun konsa, Bondye pa dòlote yo.

Gen moun ki di, “Pòl te fè yon bann travay, e li te pote anpil gwo fado pou legliz yo, e li te kontribye anpil nan legliz yo. Trez (13) epit Pòl yo te soutni demil (2000) ane Epòk Lagras la, e se yo ki vin an dezyèm aprè Kat (4) Levanjil yo. Kilès ki kapab konpare avèk li? Okenn moun pa kapab dechifre Revelasyon Jan an, tandiske epit Pòl yo bay lavi, e travay ke li te fè yo te pote benefis pou legliz yo. Ki lòt moun ki te kapab reyalize yon bagay konsa? E ki travay ke Pyè te fè?” Lè lòm mezire lòm, li mezire li dapre kontribisyon yo. Lè Bondye mezire lòm, Li mezire yo dapre nati lòm. Pami sa yo ki ap chache lavi, Pòl te yon moun ki pa t konnen pwòp sibstans li. Li pa te ni rabese, ni obeyisan, ni li pa t konnen esans li, ki te nan opozisyon avèk Bondye. E donk, li se yon moun ki pa t sibi eksperyans ki konplè, e li te yon moun ki pa t pratike laverite. Pyè te diferan. Li te konnen enpèfeksyon li yo, feblès li yo, avèk dispozisyon kowonpi li kòm yon kreyati Bondye, e donk li te genyen yon chemen pratik pou chanje karaktè li; li pa t youn nan sa yo ki te sèlman genyen doktrin, men ki pa t posede okenn reyalite. Moun sa yo ki chanje se nouvo moun ki sove, yo se moun sa yo ki kalifye nan rechèch laverite. Moun ki pa chanje fè pati nan sa yo ki natirèlman demode; yo se sa yo ki pa sove, sa vle di, sa yo ke Bondye deteste e rejte. Bondye p ap sonje yo kèlkeswa gwo zèv yo te fè. Lè ou konpare sa avèk pwòp rechèch pa w, sa dwe vin trè klè, si w se, alafen, menm moun avèk Pyè oubyen Pòl. Si pa gen laverite toujou nan sa ke w ap chache a, e menm si jodi a ou awogan e ensolan toujou tankou Pòl, e ou toujou frivòl e ògeye tankou li, alò, san dout, ou se yon dejenere ki echwe. Si w ap chache menm jan ak Pyè, si w ap chache bagay pratik e vrè chanjman, e ou pa awogan oubyen tèt di, men w ap chache pou akonpli devwa w, ou va yon kreyati Bondye ki kapab reyalize laviktwa atò. Pòl p at konnen pwòp esans li oubyen koripsyon li, pi mal ankò, li pa t konnen pwòp dezobeyisans li. Li p at janm mansyonen defi kowonpi li pou Kris, ni li pa t twò regrete. Li te sèlman ofri yon ti eksplikasyon e, nan fon kè li, li pa te konplètman soumèt bay Bondye. Malgre li te tonbe sou wout Damas, li pa t rantre nan fon kè li. Li te senpleman satisfè pou kontinye travay, e li p at konsidere ke pwoblèm esansyèl la, se te pou li te chache konnen tèt li, e chanje dispozisyon li. Li te satisfè pou li senpleman pale laverite, fè byen pou lòt yo kòm yon remèd pou konsyans li, konsole tèt li paske li pa t ap pèsekite disip Jezi yo ankò, e padone tèt li pou peche ke li te fè anvan yo. Objektif ke li t ap pousuiv la, se pa t plis pase yon kouwòn nan lavni, e yon travay pou yon ti tan, objektif ke li t ap pousuiv se te lagras annabondans. Li pa t chache laverite ki nesesè, ni li pa t chache pou li te pwogrese pi fon nan laverite ke li pa t konprann anvan an. Pa konsekans, yo ta di ke, se manti li t ap bay tèt li, e li pa t asepte chatiman oubyen jijman. Paske li te kapab travay, sa pa vle di ke li te posede bon konprann sou pwòp nati ak esans li; li te konsantre sou pratik eksteryè sèlman. Tout efò ke li te fè, dayè, se pa t pou chanjman, men se te pou konesans. Travay li se te toutafè rezilta aparans Jezi sou wout Damas la. Se pa t yon bagay ke li te chwazi fè avan tout, ni se pa t travay ki te vini aprè ke li te aksepte netwayaj ansyen karaktè li. Kèlkeswa jan li te travay, ansyen karaktè li pa t chanje, donk travay li pa t rachte peche l te fè yo, men li te senpleman jwe yon sèten wòl pami legliz yo nan tan sa a. Pou yon moun konsa, ki pa t chanje ansyen karaktè li—sa vle di, yon moun ki pa t resevwa sali a, yon moun ki te san laverite—Li absoliman pa t ap kapab tounen youn nan moun ke Seyè Jezi a te aksepte. Li pa t yon moun ki te plen ak lanmou oubyen respè pou Jezi Kris, ni li pa t yon moun ki te gen metriz nan chache laverite, mwens pase sa, li pa t yon moun ki t ap chache mistè enkanasyon an. Li te senpleman yon moun ki te metrize desepsyon, e ki pa t ap sede bay okenn moun ki te pi siperyè pase li, oubyen okenn moun ki te posede laverite. Li te anvi moun oswa verite ki te kontrè avèk li, oubyen, ki te nan animozite avèk li, li te prefere moun ki te genyen don ki te reprezante yon gran imaj, e ki te posede yon pakèt konesans. Li pa t renmen dyaloge avèk moun pòv ki t ap chache vrè chemen an, e ki te enterese sèlman nan laverite, men olye de sa, li te konsène tèt li avèk moun nan òganizasyon levanjil yo, ki te gen repitasyon, e ki t ap pale de doktrin sèlman, e ki te posede anpil konesans. Li pa t genyen okenn lanmou pou nouvo travay Sentespri a, e li pa t gen okenn sousi pou mouvman nouvo travay Sentespri a. Olye de sa, li te prefere règ ak dotrin ki te depase laverite jeneral yo. Nan sibstans natirèl li, e nan tout sa li t ap chache, li pa t merite pou yo te rele li yon Kretyen ki t ap pousuiv laverite, ni yon sèvitè nan mezon Bondye a nonplis, paske ipokrizi li te twòp, e dezobeyisans li te twò gran. Malgre yo rekonèt li kòm yon sèvitè Jezi Senyè a, li pa t bon pou li te antre nan baryè wayòm syèl la ditou, paske aksyon li depi nan kòmansman jiska lafen, yo pa ka rele sa jis. Yo ka senpleman wè li kòm yon moun ki te ipokrit, e ki fè bagay enjis, men ki te travay pou Kris. Malgre nou pa ka rele li mechan, nou kapab ba li non yon moun ki fè lenjistis. Li te fè anpil travay, men nou pa dwe jije li sou kantite travay ke li te fè, men nou dwe jije li sèlman sou kalite ak esans travay li. Se nan fason sa a sèlman, ke li va posib pou konprann tout bagay sa a. Li te toujou kwè: “Mwen kapab travay, mwen pi bon pase pifò moun; pa gen moun ki gen plis konsiderasyon pou fado Senyè a pase mwen, e pa gen moun ki repanti pi sensè pase mwen, paske gran limyè a te briye sou mwen, e mwen te wè gran limyè a, e donk repantans mwen pi sensè pase nenpòt lòt moun.” Nan tan sa, se sa ki te nan panse kè li. Nan fen travay li, Pòl te di: “Mwen fin mennen batay la, mwen fini kous mwen, e genyen yon kouwòn lajistis ki ap tann mwen.” Batay li, travay li, ak kous li, te fèt konplètman pou avantaj kouwòn lajistis la, e li pa t aktivman pwogrese alavan. Malgre li pa t akonpli travay la nan yon fason sipèfisyèl, nou kapab di ke travay la te fèt senpleman dekwa pou li kapab repare erè li yo, pou libere repwòch nan konsyans li. Li te sèlman espere pou li te akonpli travay li, fini kous la, e konbat yon bon konba osito ke posib, afenke li kapab ganye kouwòn jistis ke li t ap tann tèlman an, osito ke posib. Sa ke li te dezire se pa t pou li te fè fas avèk Jezi Senyè a non, avèk eksperyans ak vrè konesans li non, men sa li t ap tann se te pou li te fini travay li osito ke posib, dekwa pou li te resevwa rekonpans ke li te merite pou travay li, lè li te fè fas avèk Jezi Senyè a. Li te itilize travay li pou rekonfòte tèt li, e pou fè règleman annechanj pou yon kouwòn nan lavni. Sa ke li t ap chache, se pa te laverite oubyen Bondye, men sèlman kouwòn nan. Kòman yon rechèch konsa ta konfòme a sa ki nòmal? Motivasyon li, travay li, pri ke li te peye, e tout zefò li yo—bèl fantezi li yo te anvayi tout, e li te travay nèt ale dapre pwòp dezi pa li. Nan tout travay li, pa t genyen yon ti kras karaktè nan pri ke li te peye a; li te sèlman enterese pou li te fè yon règleman. Li pa t mete zefò l avèk volonte l dekwa pou l te fè devwa li, men li te mete zefò l ak volonte l pou l te reyalize objektif règleman an. Èske gen okenn valè nan zefò konsa? Kilès ki ta rekòmande zefò kowonpi li yo? Ki moun ki enterese nan zefò konsa? Travay li te plen ak rèv pou lavni, plen ak bèl plan, e li pa t genyen okenn chemen ki ta mennen li pou chanje karaktè imen an. Yon gran pati nan byenveyans li se te yon pretèks; travay li pa t founi lavi, men se te yon maskarad sivil; se te pwodiksyon pou yon règleman. Kòman yon travay konsa ta mennen lòm nan chemen pou retabli devwa orijinèl li?

Tout sa ke Pyè t ap chache te aprè kè Bondye. Li t ap chache pou satisfè dezi Bondye, e kèlkelanswa soufrans oswa advèsite a, li te dispoze pou satisfè dezi Bondye. Pa gen yon pousuit ki pi gran pou yon kwayan nan Bondye. Sa Pòl t ap chache a te souye avèk pwòp lachè li, avèk pèsepsyon li, e avèk plan e taktik li yo. Nan okenn fason, li pa t yon kreyati Bondye ki te kalifye. Li pa t yon moun ki te chache pou satisfè dezi Bondye. Pyè te chache pou soumèt a direksyon Bondye yo, e malgre travay li te fè yo pa t gran, motivasyon ki te dèyè rechèch li, e chemen li te pran an te bon; malgre li pa t kapab ganye anpil moun, li te kapab pousuiv chemen laverite a. Akoz de sa, yo kapab di ke li se yon kreyati Bondye ki kalifye. Jodi a, menm si ou pa yon travayè, ou dwe kapab pèfòme devwa yon kreyati Bondye, e chache pou soumèt a tout direksyon Bondye yo. Ou dwe kapab obeyi kèlkeswa sa Bondye di, e sibi tout kalite tribilasyon ak pèfeksyònman, e malgre ou fèb, nan kè ou, ou dwe toujou kapab renmen Bondye. Sa yo ki pran responsablite pou pwòp lavi yo, dispoze pou pèfòme devwa yon kreyati Bondye, e pèspektif moun konsa, sou rechèch la, se bon pèspektif la. Se moun sa yo ke Bondye bezwen. Si ou te fè anpil travay, e lòt moun te benefisye nan ransèyman ou yo, men ou menm ou pa t chanje, e ou pa t gen okenn temwayaj, oubyen, ou pa t fè okenn vrè eksperyans, tankou nan fen lavi ou, okenn nan zèv ou te fè yo ta ka rann temwayaj, èske ou se yon moun ki chanje atò? Èske ou se yon moun ki pousuiv laverite? Nan lè sa a, Sentespri a te itilize ou, men lè Li itilize ou, li te itilize pati nan ou ki te kapab travay la, e Li pa t itilize pati nan ou ki pa t itil la. Si ou te chache chanje, alò ou va vin pafè piti ap piti pandan pwosesis itilizasyon w lan. Men Sentespri a pa aksepte okenn responsablite pou si ou va finalman jwenn chanjman ou pa, donk, sa depann nan fason ou fè rechèch ou an. Si pa genyen okenn chanjman ki fèt nan karaktè pèsonèl ou, alò se paske pèspektif ou sou rechèch la pa bon. Si ou pa resevwa okenn rekonpans, alò sa se pwòp pwoblèm ou, e se paske ou pa te pratike laverite, e ou pa kapab satisfè dezi Bondye. E donk, pa gen anyen ki pi enpòtan pase eksperyans pèsonèl ou, e pa gen anyen ki pi kritik pase antre pèsonèl ou! Gen moun ki va vin di, “Mwen te fè anpil travay pou ou, e malgre mwen pa t reyalize okenn akonplisman ki renome, mwen te toujou vijilan nan efò mwen. Èske ou pa kapab jis kite m antre nan syèl la pou m manje fui lavi a?” Ou dwe konnen ki kalite moun Mwen dezire; Mwen pa pèmèt sa yo ki souye antre nan wayòm nan, Mwen pa pèmèt sa yo ki enpi souye tè ki apa a. Malgre ou te fè anpil travay, e ou te travay pou plizyè ane, alafen, si ou toujou souye nan yon fason ki deplorab, alò dapre lwa Syèl la, li va ensipòtab ke ou vle antre nan wayòm Mwen! Depi nan fondasyon mond lan jouk jodi a, Mwen pa t janm ofri yon aksè fasil nan wayòm Mwen, bay sa yo ki ap chache favè nan men mwen. Sa se yon règ syèl la, e okenn moun pa kapab vyole li! Ou dwe chache lavi. Jodi a, moun sa yo ki va vin pafè se sa yo ki menm jan ak Pyè: Se moun sa yo ki ap chache chanjman nan pwòp karaktè yo, e yo dispoze temwaye pou Bondye, e akonpli devwa yo kòm kreyati Bondye. Se moun konsa sèlman ki va vin pafè. Si se rekonpans sèlman ke w ap chache, e ou pa chache chanje pwòp dispozisyon lavi ou, alò tout efò ou yo pral fèt anven—sa se yon verite ki p ap chanje!

Nan diferans ki genyen nan esans Pyè ak Pòl la, ou dwe konprann ke tout sa yo ki pa pousuiv lavi ap travay anven! Ou kwè nan Bondye e ou suiv Bondye, donk nan kè ou, ou dwe renmen Bondye. Ou dwe rejte karaktè kowonpi w la, ou dwe chache satisfè dezi Bondye, e ou dwe akonpli devwa yon kreyati Bondye. Puiske ou kwè, e, puiske w ap suiv Bondye, ou dwe ofri Li tout bagay, e ou pa dwe fè demann oubyen chwa pèsonèl, e, ou dwe akonpli satisfaksyon dezi Bondye. Puiske se kreye yo te kreye w, ou dwe obeyi Senyè ki te kreye w la, paske, natirèlman, ou pa gen okenn pouvwa sou tèt ou, e ou pa gen kapasite pou kontwole avni ou. Puiske ou se yon moun ki kwè nan Bondye, ou dwe chache sentete avèk chanjman. Puiske ou se yon kreyati Bondye, ou dwe soumèt a devwa ou, e gade plas ou, e ou pa dwe sipase devwa ou. Sa se pa yon limitasyon non, oubyen, se pa pou kontwole w avèk yon doktrin non, men olye de sa, se chemen ki va fasilite w akonpli devwa w, e moun ki kapab akonpli li—moun ki ta dwe akonpli li—se moun ki mache nan lajistis. Si ou konpare esans Pyè ak Pòl, alò ou konnen kòman ou ta dwe chache. Nan chemen ke Pyè ak Pòl te pran an, youn se chemen ki va mennen nan pèfeksyon, e youn se chemen eliminasyon; Pyè ak Pòl te reprezante de (2) chemen diferan. Malgre yo chak te resevwa travay Sentespri a, e chak te resevwa vizyon ak iliminasyon Sentespri a, e chak te akspete sa ke Jezi Senyè a te konfye yo a, fwi ke yo chak te pwodui a pa t menm bagay la: Youn te vrèman pote fwi, e lòt la pa t pote fwi. Dapre esans yo, travay ke yo te fè a, sa ke yo te eksprime a leksteryè, e konklizyon final yo, ou dwe konprann ki chemen pou w pran, ki chemen ou dwe chwazi pou pran. Yo te pran de (2) chemen ki diferan nèt. Pòl ak Pyè, yo te yon bon egzanp pou chak chemen yo, e donk depi nan kòmansman, yo te itilize yo pou karakterize de (2) chemen sa yo. Kisa ki de (2) pwen prensipal eksperyans Pòl, e pou kisa li pa t reyisi? Kisa ki de (2) pwen prensipal eksperyans Pyè, e kòman li te eksperyanse pèfeksyon? Si ou konpare sousi yo chak la, alò ou va konnen ki kalite moun egzakteman ke Bondye vle, e kisa volonte Bondye ye, kisa karaktè Bondye ye, e ki kalite moun ke Li va rann pafè, enpi tou, ki kalite moun ke Li p ap rann pafè; Ou va konnen tou ki karaktè moun ke yo va rann pafè, e ki karaktè moun ke yo p ap rann pafè—ou kapab wè pwoblèm esans sa yo nan eksperyans Pòl ak Pyè. Bondye te kreye tout bagay, donk li te fè tout kreyasyon vini anba pouvwa Li, e yo te soumèt anba pouvwa Li; Li va kòmande tout bagay, dekwa pou tout bagay kapab nan men Li. Tout kreyasyon Bondye, zannimo, plant, lèzòm, montay e rivyè, ak basen dlo yo—tout dwe vini anba pouvwa Li. Tout bagay nan syèl yo, e sou tè a dwe vini anba pouvwa Li. Yo pa kapab genyen okenn chwa, e yo dwe soumèt anba direksyon Li. Se te dekrè Bondye, e se otorite Bondye. Bondye kòmande tout bagay, e li preskri klasman, ak grad nan tout bagay, Li klase chak dapre espès yo, e li repati pwòp pozisyon yo dapre volonte Bondye. Kèlkeswa grandè yon bagay, pa gen anyen ki kapab sipase Bondye, tout bagay sèvi lèzòm ke Bondye te kreye a, e pa gen anyen ki ta fouti dezobeyi Bondye, oubyen, pa gen anyen ki ka fè okenn demann devan Bondye. Pa konsekans, lòm, kòm yon kreyati Bondye, dwe pèfòme devwa lòm. Kèlkeswa ke li te mèt e gadyen tout bagay, kèlkeswa wotè estati lòm pami tout bagay yo, se senpleman yon ti èt imen ki anba pouvwa Bondye li ye, e li pa plis pase yon èt imen ki san enpòtans, yon kreyati Bondye, e li p ap janm depase Bondye. Kòm yon kreyati Bondye, lòm dwe chache akonpli devwa yon kreyati Bondye, e chache renmen Bondye san li pa fè lòt chwa, paske Bondye diy pou resevwa lanmou lòm. Sa yo ki chache lanmou Bondye pa dwe chache okenn avantaj pèsonèl, oubyen, yo pa dwe chache sa ke yo dezire pèsonèlman; se pi move fason pou ta fè yon rechèch. Si sa w ap chache a se laverite, si sa ou mete an pratik la se laverite, e si sa ou reyalize a se yon chanjman nan karaktè ou, enben chemen ke ou pran an se bon chemen an. Si sa w ap chache a se benediksyon pou chè a, e sa ou mete an pratik se laverite pwòp konsepsyon ou, e si pa genyen okenn chanjman nan dispozisyon ou, e ou pa obeyi Bondye nan lachè ou, e w ap toujou viv nan yon fason vag, enben sa w ap chache a va asireman mennen ou nan lanfè, paske chemen ke ou pran an se chemen echèk. Kèlkeswa ke ou va vin pafè, oswa ke yo va elimine ou, sa va depann de pwòp rechèch ou, sa ki vle di ke, siksè oubyen echèk depann sou chemen ke lòm pran an.

Avan:  Bondye Se Seyè Tout Kreyati

Pwochen:  Travay Bondye ak Travay Lòm

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger