Verite Ki Anndan Travay Konkèt la (1)

Limanite, tèlman kowonpi pa Satan, pa konnen ke gen yon sèl Bondye epi li sispann adore Bondye. O kòmansman, lè yo te kreye Adan ak Èv, laglwa ansanm ak temwayaj Jewova yo te toujou prezan. Men aprè yo te kowonp li, lòm te pèdi laglwa ansanm ak temwayaj yo, paske tout moun te rebele kont Bondye epi yo te sispann venere Li konplètman. Travay konkèt jodi a se rekipere tout temwayaj ansanm ak tout laglwa epi fè tout moun adore Bondye, yon fason pou gen yon temwayaj nan mitan moun yo kreye yo; sa a se travay ki dwe fèt pandan etap sa a. Kijan, ekzakteman, yo ka rive konkeri limanite? Nan sèvi avèk travay pawòl nan etap sa a pou totalman konvenk lòm; nan itilize revelasyon, jijman, chatiman ansanm ak malediksyon san pitye pou mennen li nan soumisyon total; nan revele rebelyon lòm epi nan jije rezistans li yon fason pou li ka konnen inikite ansanm ak salte limanite epi se konsa n ap itilize bagay sa yo kòm yon wout k ap mennen nan karaktè jis Bondye a. Se atravè pawòl sa yo prensipalman ke yo ka konkeri lòm epi rive konvenk li totalman. Pawòl se mwayen ki mennen nan konkèt iltim limanite epi tout sa yo ki aksepte konkèt Bondye a dwe aksepte afliksyon ansanm ak jijman pawòl Li yo. Travay pou pale jodi a se presizeman travay pou konkeri moun. Epi kijan moun dwe kowopere? Nan rive konnen kijan pou manje epi bwè pawòl sa yo, epi nan rive atenn yon konpreyansyon sou yo. Nan sa ki gen pou wè ak kijan moun rive konkeri, sa se pa yon bagay yo ka fè pou kont yo. Tout sa w ka fè se, atravè manje ak bwè pawòl sa yo, rive konnen koripsyon w ansanm ak salte w, rebelyon w ansanm ak inikite w epi pou tonbe devan Bondye. Si, aprè ou fin konprann volonte Bondye, ou kapab mete li an pratik, epi si ou gen vizyon epi w kapab soumèt ou konplètman ak pawòl sa yo, epi w pa fè okenn chwa pou kont ou, nan ka sa a ou pral rive konkeri—e sa pral fèt akoz pawòl sa yo. Poukisa limanite te pèdi temwayaj la? Paske pa gen moun ki gen lafwa nan Bondye, paske Bondye pa gen plas nan kè moun. Konkèt limanite se restorasyon lafwa limanite. Moun toujou vle kouri antre tèt bese nan monn òdinè a, yo nouri twòp espwa, yo vle twòp bagay pou avni yo epitou yo gen twòp demann ekstravagan. Yo toujou ap panse ak lachè, planifye pou lachè epi yo pa gen okenn enterè nan chache mwayen pou yo kwè nan Bondye. Satan te rache kè yo, yo te pèdi respè yo pou Bondye epi yo te fikse yo sou Satan. Men se Bondye ki te kreye lòm. Nan ka sa a, lòm te pèdi temwayaj la, sa ki vle di li te pèdi laglwa Bondye. Objektif konkèt limanite a se retabli laglwa admirasyon lòm pou Bondye. Yo ka eksplike li nan fason sa a: Gen anpil moun ki p ap kouri dèyè lavi; menm si gen kèk moun k ap kouri dèyè lavi, se sèlman yon ti ponyen yo ye. Moun bay tèt yo pwoblèm pou avni yo epi yo pa prete okenn atansyon ak lavi a. Kèk moun rebele kont Bondye epi yo kenbe tèt avèk Li, jije Li dèyè dò Li epi yo pa pratike laverite. Yo inyore moun sa yo pou kounye a; pou moman an, anyen pa fèt ak pitit gason rebelyon sa yo, men nan lavni ou pral viv nan tenèb, nan kriye epi nan manje dan w. Ou pa santi jan limyè a se yon bagay presye lè w ap viv ladan, men ou pral reyalize jan li presye yon fwa w ap viv nan lanwit fènwa epi ou pral regrèt lè sa a. Ou santi w byen kounye a, men gen yon jou k ap vini kote w ap regrèt. Lè jou sa a rive epi fènwa desann epi p ap janm gen limyè ankò, li pral twò ta pou regrèt. Se paske ou toujou pa konprann travay k ap fèt jodi a ki fè w pa ka apresye tan ou genyen kounye a. Yon fwa travay nan tout linivè a kòmanse, sa vle di lè tout bagay mwen di jodi a rive vre, anpil moun pral kenbe tèt yo epi yo pral gen anpil dlo nan je. Epi lè yo fè sa, èske yo pa pral tonbe nan fènwa ak nan kriye ansanm ak nan manje dan yo? Yo ka itilize tout moun k ap kouri tout bon vre dèyè lavi a epi yo te rann konplè, pandan ke tout pitit gason rebelyon yo ki pa nan kondisyon pou yo itilize yo pral tonbe nan tenèb. Yo pral pèdi travay Sentespri a epi yo pa pral kapab konprann anyen. Se konsa yo pral gen kè yo k ap rache tank y ap kriye, pandan yo te plonje yo nan pinisyon. Si ou byen ekipe nan faz travay sa a epi ou gen matirite nan lavi w, nan ka sa a ou nan kondisyon pou yo itilize w. Si ou te mal ekipe, nan ka sa a menm si yo te konvoke w pou pwochen faz travay la, ou pa nan kondisyon pou yo itilize w—nan pwen sa a, ou pa pral gen okenn chans menm si ou ta vle ekipe tèt pa w. Bondye pral ale; ki kote ou ta ka ale pou jwenn kalite opòtinite ki devan w kounye a? Ki kote ou ka ale pou resevwa ekzèsis ke Bondye pèsonèlman founi yo? Nan moman sa a, Bondye pa pral pale pèsonèlman oswa fè tande vwa Li; tout sa w ka fè se li bagay ke y ap pale sou yo jodi a—kijan li pral fasil pou bon konprann vini nan ka sa a? Kijan lavi nan lavni ka vin pi bon ke jan li ye jodia a? Nan pwen sa a, èske ou pa pral soufri yon lanmò vivan pandan w ap kriye ak manje dan w? Gen Benediksyon ke y ap ba ou kounye a, men ou pa konnen kijan pou jwi yo; w ap viv nan benediksyon, poutan ou rete nan inyorans. Sa pwouve ke ou kondane pou soufri! Jodi a, kèk moun ap reziste, kèk moun ap rebele, kèk moun ap fè sesi sela. Mwen senpman inyore w, men pa panse ke Mwen pa okouran de sa nou ap fè. Èske Mwen pa konprann sa nou ye tout bon vre a? Poukisa ou kontinye ap goumen avè M? Èske ou pa kwè nan Bondye yon fason pou ka jwenn lavi a ansanm ak benediksyon pou pwòp tèt ou? Èske se pa pou pwòp tèt ou ke ou gen lafwa? Nan moman sa a, M ap fè travay konkèt la sèlman nan pale, epi yon fwa travay konkèt sa a rive nan bout li, lafen w pral parèt aklè. Èske Mwen dwe eksplike w klèman?

Travay konkèt jodi a gen pou objektif pou montre klèman kisa lafen lòm lan pral ye. Poukisa Mwen di ke chatiman ansanm ak jijman jodi a se jijman devan gran twòn blan dènye jou yo? Èske ou pa wè sa? Poukisa travay konkèt la se etap final la? Èske se pa presizeman yon fason pou montre klèman ki kalite lafen chak klas moun pral jwenn? Èske se pa pou pèmèt tout moun, pandan travay konkèt chatiman ak jijman an, parèt sou vrè vizaj yo epi pou klase yo lè sa a an fonksyon nati yo? Olye nou di sa a se konkeri limanite, li ta petèt pi bon pou nou di ke sa montre ki kalite lafen ki pral genyen pou chak klas moun. Sa gen rapò ak jije peche moun yo epitou revele diferan kategori moun ki genyen, ak deside nan ka sa a si yo se move moun oswa bon moun. Aprè travay konkèt la, travay pou rekonpanse byen epi pou pini mal ap vini apresa. Moun ki obeyi konplètman—sètadi ke yo konplètman konkeri—yo pral mete yo nan pwochen etap la ki se repann travay Bondye a nan tout linivè a; yo pral mete moun ke yo pa konkeri yo nan tenèb epi yo pral fè fas ak kalamite. Nan ka sa a, èske yo pral klase lòm selon nati li, èske yo pral gwoupe mechan yo avèk mal, pou yo ka janm gen limyè solèy la ankò, epi gwoupe moun ki jis yo avèk byen, pou yo ka resevwa limyè epi viv pou toutan nan limyè a. Lafen an pwòch pou tout bagay; lafen lòm parèt aklè devan zye li epi yo klase tout bagay selon nati yo. Kijan, nan ka sa a, moun ka chape anba kè sere ki genyen pou yo klase selon nati yo? Y ap revele diferan lafen chak gwoup moun lè lafen pou tout bagay prèt pou rive epitou sa fèt pandan travay pou konkeri tout linivè a (ki gen ladan tout travay konkèt la, premye etap la se travay k ap fèt kounye a). Revelasyon lafen tout limanite a ap fèt devan syèj jijman an, pandan chatiman an epi pandan travay konkèt dènye tan yo. Klase moun selon nati yo p ap fè moun retounen nan premye klas yo te ye avan an, paske lè lòm te kreye nan moman kreyasyon an, te gen sèlman yon sèl kalite moun, sèl divizyon ki te genyen se ant gason ak fanm. Pat gen anpil diferan kalite moun. Se sèlman aprè plizyè milye lane koripsyon ke diferan klas moun te vin parèt, avèk kèk moun ki anba dominasyon demon sal, kèk moun ki anba dominasyon demon mechan, epi kèk moun, sa yo k ap kouri dèyè mòdvi a, anba dominasyon Moun ki gen tout pouvwa a. Se sèlman konsa gwoup yo rive fòme gradyèlman nan mitan moun yo, epi se sèlman konsa moun yo vin separe an gwoup nan mitan gwo fanmi limanite a. Tout moun vin gen “papa” ki diferan; se pa vre tout moun konplètman anba dominasyon Moun ki gen tout pouvwa a, paske lòm twò rebèl Jijman jis la revele vrè vizaj chak tip moun, san li pa kache anyen. Tout moun montre vrè vizaj yo nan limyè a. Nan pwen sa a, lòm pa menm jan li te ye premye fwa a, resanblans orijinal zanzèt li yo te disparèt depi lontan, paske Satan te kaptire anpil nan desandan Adan ak Èv depi lontan, yo p ap janm konnen syèlsolèy la ankò epi paske moun yo ranpli avèk tout kalite venen Satan. Se konsa, moun gen destinasyon apwopriye yo. Anplis desa, se sou baz diferan venen yo genyen ke yo klasifye yo selon nati yo, sa ki vle di yo triye yo an fonksyon mezi yo konkeri yo jodi a. Lafen lòm lan pa yon bagay ki te predestine depi kreyasyon monn lan. Se paske nan kòmansman an, te gen yon sèl klas, ke tout moun te rele “limanite,” epitou se pa Satan ki te kòwonp lòm o kòmansman, epi tout moun te viv nan limyè Bondye a san pa gen fènwa ki tonbe sou yo. Men aprè Satan te kòwonp lòm, tout tip ak kalite moun te repann tout kote sou latè—tout tip ak tout kalite moun ki te soti nan fanmi tout moun rele “limanite” a ki te konpoze avèk gason ak fanm. Zansèt pa yo te gide yo tout pou yo ka rete lwen zansèt pa yo ki pi ansyen yo—limanite ki konpoze avèk gason ak fanm ( sètadi Adan ak Èv orijinal yo, zansèt pa yo ki pi ansyen yo). Nan tan sa a, Izrayelit yo te sèl pèp ki te gen yon lavi sou latè ke Jewova t ap gide. Diferan tip moun ki te soti nan tout Izrayèl (sa vle di klan fanmi orijinal la) te apresa pèdi direksyon Jewova a. Premye pèp sa yo te konplètman inyoran sou zafè ki gen rapò ak monn imen an, apresa, yo te vwayaje avèk zansèt pa yo pou yo ka viv sou tèritwa ke yo te pran yo, sa ki kontinye jiska jounen jodi a. Nan ka sa a, yo inyore kijan yo te ale lwen Jewova epitou kijan yo te vin kowonpi jiska jounen jodi a pa tout kalite demon sal ak move lespri. Moun sa yo ke yo kowonp epi anpwazyone anpil yo jiska jounen jodi a—sa yo ke yo paka finalman sove yo—pa pral gen lòt chwa ke pou yo ale avèk zansèt pa yo, demon sal ki te kòwonp yo. Moun sa yo ke yo ka finalman sove yo pral ale nan destinasyon limanite ki apwopriye a, sètadi nan lafen ki rezève pou moun sove yo epi ke yo konkeri yo. Tout bagay pral fèt pou sove tout moun ki ka sove—men pou moun ki esnsansib e ki pa ka geri yo, sèl chwa yo pral genyen se swiv zansèt pa yo nan twou chatiman san fon an. Piga ou panse ke lafen w la te predestine depi nan kòmansman an epi se sèlman kounye a y ap revele l. Si se konsa ou panse, nan ka sa a ou bliye ke pat gen okenn separasyon klas satanik ki te kreye pandan kreyasyon inisyal limanite a. Èske ou te bliye ke se yon sèl limanite ki te kreye ki te fèt ak Adan ak Èv (sa vle di se sèlman gason ak fanm ki te kreye)? Si ou te desandan Satan nan kòmansman an, èske sa pa ta vle di ke lè Jewova te kreye lòm, Li te enkli yon gwoup satanik nan kreyasyon Li an? Èske li te ka fè yon bagay konsa? Li te kreye lòm akoz temwayaj Li a; Li te kreye moun akoz laglwa Li a. Poukisa li ta entansyonèlman kreye yon klas nan desandan Satan ki fè espre pou reziste Li? Kijan pou Jewova ta ka fè yon bagay konsa? Si Li ta fè sa, kimoun ki ta ka di Li se yon Bondye jis? Lè mwen di kounye a ke kèk nan nou pral ale avèk Satan nan lafen an, sa pa vle di ke ou te ansanm ak Satan depi nan kòmansman an; sa vle di pito ke ou te tèlman tonbe ba ke menm si Bondye te eseye sove w, ou toujou pat rive jwenn sali sa a. Sèl chwa ou genyen se klase w avèk Satan. Se sèlman paske ou ale lwen sali a, se pa paske Bondye enjis anvè w epi Li fè espre pou Li fikse desten w tankou yon enkanasyon Satan epi Li apresa klase w avèk Satan epi Li fè espre pou Li fè w soufri. Sa se pa verite santral travay konkèt la. Si se sa ou kwè, nan ka sa a konpreyansyon w trè bònè! Objektif dènye etap konkèt la se sove moun epitou revele jan yo pral fini. Se revele jan moun ap dejenere atravè jijman an, mwayen sa a ap lakoz pou yo repanti, pou yo leve kanpe epi pou yo kontinye chache lavi a ansanm ak vrè chemen lavi imen an. Se yon fason pou reveye moun ki gen kè angoudi epi ki mal pou konprann yo epi montre, atravè jijman an, rebelyon ki anndan yo a. Sepandan, si moun toujou enkapab pou yo repanti, toujou enkapab pou swiv chemen dwat lavi imen an epi yo enkapab pou yo debarase yo de kòripsyon, nan ka sa a yo lwen sali a epi Satan pral devore yo. Men sa ki pwen enpòtan nan konkèt Bondye a: sove moun epitou montre yo jan yo pral fini. Bon lafen, move lafen—se travay konkèt la ki revele yo tout. Kit yo pral sove oswa modi moun, se pandan travay konkèt la yo revele tout bagay sa yo.

Se nan Dènye jou yo yo pral klase tout bagay selon nati yo pandan konkèt la. Konkèt la se travay dènye jou yo; andotretèm, jije peche chak moun se travay dènye jou yo. Sinon, kijan yo ka klase moun yo? Travay klasman an ki fèt nan mitan nou an se kòmansman yon travay konsa nan tout linivè a. Apresa, moun sa yo ki soti tout kote ak nan tout pèp pral soumèt yo anba travay konkèt la. Sa vle di yo pral klase chak moun nan kreyasyon an selon nati li, y ap vini devan chèz jijman an pou yo ka jije yo. Pagen moun ni okenn bagay k ap ka chape devan chatiman ak jijman sa a, ni okenn moun oswa bagay yo p ap klase selon nati yo; yo pral klase chak moun, paske lafen tout bagay ap pwoche epi tout bagay ki nan syèl yo ak sou tè a rive nan fen yo. Kijan lòm ka fè pou li chape nan dènye jou ekzistans imen an? E nan fason sa a, pou konbyen tan aksyon dezobeyisans nou yo kapab kontinye? Èske w pa wè ke dènye jou nou yo sou wout pou rive? Kijan moun k ap adore Bondye yo epi ki dezire pou Li vini fè pa wè jou aparisyon jistis Bondye a? Kijan fè yo pa resevwa dènye rekonpans poutèt bonte yo? Èske w se yon moun k ap fè byen oswa yon moun k ap fè mal? Èske w se yon moun ki aksepte jijman jis la epi ki obeyi apresa, oswa èske ou se yon moun ki aksepte jijman jis la epi ke yo modi apresa? Èske w rete devan chèz jijman an nan limyè a, oswa èskè w rete nan Lanfè nan mitan tenèb la? Èske w se pa moun ki konnen pi byen si lafen w lan pral yon rekonpans oswa yon pinisyon? Èske w se pa moun ki konnen pi byen epi konprann pi byen ke Bondye se yon Bondye jis Li ye? Kidonk, ak kisa jan w ap viv la ansanm ak kè w sanble? Pandan M ap konkeri w jodi a, èske w vrèman bezwen pou Mwen eksplike w si jan w ap viv la bon? Konbyen bagay ou abandone pou Mwen? Nan ki nivo pwofon w ap adore Mwen? Èske ou pa vrèman konnen kijan pou konpòte w anvè Mwen? Ou ta dwe konnen pi byen pase tout moun kijan lavi w pral fini! An verite, M ap di w: Mwen te sèlman kreye limanite epitou Mwen te kreye w, men Mwen pat remèt nou bay Satan; Mwen pat nonplis fè espre pou nou te rebele kont Mwen oswa reziste Mwen epitou pou Mwen pini nou. Tout kalamite sa yo ansanm ak afliksyon sa yo, èske se pa paske kè nou twò di epi jan n ap viv la pa bon? Kidonk, èske se pa ou menm ki pral detèmine kijan lavi w pral fini? Èske nou pa konnen pi byen pase tout moun, nan kè nou kijan lavi nou pral fini? Rezon ki fè Mwen konkeri moun se pou Mwen ka revele yo epi pou Mwen ka pote sali pou yo pi byen. Se pa pou Mwen fè w fè mal, ni pou Mwen delibereman fè w mache al nan lanfè destriksyon an. Lè moman an rive, tout gwo soufrans ou yo, kriye ansanm ak manje dan w yo—èske se pa akoz peche w yo? Nan ka sa a, èske se pa pwòp bonte w oswa pwòp mechanste w ki meyè fason pou jije w? Èske se pa meyè prèv sou kijan lavi w pral fini?

Jodi a, M ap travay nan pèp ke Bondye chwazi a nan Lachin pou m ka revele tout karaktè rebèl yo genyen epi pou mwen ka demaske tout jan yo lèd epi sa ap founi kondisyon pou mwen ka di tout sa mwen vle di yo. Apresa, lè mwen pral fè pwochen etap nan travay konkèt tout linivè a, Mwen pral itilize jijman Mwen fè sou nou an pou Mwen jije peche tout moun nan tout linivè a, paske nou reprezante moun nan liminate ki rebèl yo. Moun ki pa ka pran responsablite yo pral senpman tounen tras ak objè desèvis, tandiske yo pral itilize moun ki ka pran responsablite yo. Poukisa mwen di ke moun ki pa ka pran responsablite yo pral senpman sèvi kòm tras? Se paske pawòl aktyèl Mwen yo ansanm ak travay Mwen an sible kondisyon nou yo epi paske nou tounen reprezantan epi ekzanp pafè pou moun nan liminate ki rebèl yo. Apresa, Mwen pral pote pawòl sa yo ki konkeri nou yo nan lòt peyi epi M ap itilize yo pou mwen konkeri moun nan peyi sa yo, epoutan ou pa pral rive jwenn yo. Èske sa pa ta fè w tounen yon tras? Karaktè kòwonpi tout limanite a, aksyon rebelyon lòm lan ansanm ak imaj ak vizaj lèd lòm lan—yo te ekri tout bagay sa yo jodi a nan pawòl yo itilize pou konkeri nou yo. Mwen pral lè sa a itilize pawòl sa yo pou konkeri pèp nan chak nasyon ak denominasyon, paske nou se ekzanp tipik la, modèl la. Sepandan, se pa espre Mwen te fè pou Mwen abandone nou; si ou echwe nan sa w ap chache epi kidonk ou pwouve pa gen anyen ki ka geri w, èske ou pa senpman yon objè desèvis ak yon tras? Gen yon fwa Mwen te di Mwen ekzèse sajès Mwen sou baz plan Satan yo. Poukisa Mwen te di sa? Èske sa se pa verite ki dèyè sa M ap di epi fè kounye a? Si ou pa kapab pran responsablite w, si ou pa vin pafè men ou vin olye desa yon moun ke yo pini, èske ou pa ta tounen yon tras? Petèt ou te soufri anpil nan lavi w, men ou toujou pa konprann anyen; ou se yon inyoran konsènan tout bagay nan lavi a. Menm lè yo te chatye w epi jije w, ou pa janm chanje epi byen pwofon anndan w, ou pat jwenn lavi. Lè moman an rive pou teste travay ou a, ou pral sibi yon zeprèv ki tèrib menm jan ak dife e menm yon pi gwo tribilasyon. Dife sa a pral transfòme tout kò w an sann. Antanke yon moun ki pa gen lavi, yon moun ki pa gen yon ons lò ki pi anndan w, yon moun ki toujou pa ka kite ansyen karaktè a epi yon moun ki pa ka menm fè yon bon travay antanke yon tras, kijan pou yo pa ta ka elimine w? Ki itilite travay konkèt la genyen pou yon moun ki vo mwens pase yon santim, yon moun ki pa gen lavi? Lè moman sa a vini, jou nou yo pral vin pi di pase jou nan tan Noye ak Sodòm yo! Priyè nou yo pa pral itil anyen nan ka sa a. Kijan w ap ka apresa fè yon retou annaryè epi pou kòmanse repanti w ankò pandan ke travay sali a te deja fini? Yon fwa tout travay sali a fin akonpli, pa pral gen lòt ankò; sa ki pral genyen se kòmansman travay pou pini moun ki mechan yo. Ou reziste, ou rebele epi ou fè bagay ke ou konnen se mechanste yo ye. Èske ou pa sou wout pou resevwa yon gwo pinisyon? Mwen ap eksplike w sa jodi a. Si ou chwazi pou pa koute, nan ka sa a lè dezas tonbe sou ou pita, èske li pa pral twò ta si se sèlman nan ka sa a ou kòmnanse santi regrè epi pou kòmanse kwè? M ap ba w yon chans pou repanti jodi a, men ou pa vle fè sa. Pou konbyen tan ou vle ret tann? Jiska jou chatiman an? Mwen pa sonje peche ou te fè nan lepase yo jodi a; Mwen toujou, toujou padone w, pandan M vire do bay kote negatif ou a pou Mwen sèlman gade kote pozitif ou a, paske bi tout pawòl ansanm ak travay aktyèl Mwen yo se pou sove w epi Mwen pa gen okenn move entansyon anvè w. Epoutan, ou refize antre; ou pa kapab distenge byen ak mal epi ou pa konnen kijan pou apresye jantiyès. Èske moun konsa p ap senpman ap tann lè moman chatiman ansanm ak rekonpans jis la rive?

Lè Moyiz te frape wòch la epi dlo Jewova te bay la te jayi, se te akoz lafwa li. Lè David te jwe lyre lan pou ban Mwen glwa, Jewova—avèk yon kè li ranpli ak jwa—se te akoz lafwa li. Lè Jòb te pèdi tout bèt li yo ki te ranpli mòn yo ansanm ak tout kantite richès li yo ke moun pa ka konte epi kò li te vin kouvri ak maleng, se te akoz lafwa li. Lè li te ka tande vwa Mwen, Jewova, epi wè glwa Mwen, Jewova, se te akoz lafwa li. Lefèt ke Pyè te ka swiv Jezi Kri se te akoz lafwa li. Lefèt ke yo te ka klouwe li sou kwa a akoz Mwen epi bay yon temwayaj gloriye te faktè ki te pi enpòtan nan lafwa l tou. Lè Jan te wè imaj gloriye Pitit Gason lòm lan, se te akoz lafwa li. Lè li te wè vizyon dènye jou yo, tout sa se te akoz lafwa li. Rezon ki fè swadizan miltitid nan nasyon payen yo te jwenn revelasyon Mwen an epi yo te ka aprann ke Mwen te retounen nan lachè pou Mwen fè travay Mwen nan mitan lèzòm, se akoz lafwa yo tou. Tout moun pawòl di Mwen yo te frape epi ki poutan jwenn rekonfò ladan yo epi ki sove—èske yo pat fè sa aksoz lafwa yo? Moun te tèlman resevwa anpil bagay akoz lafwa yo, e sa se pa toujou yon benediksyon. Yo ka pa resevwa kalite kontantman ak lajwa ke David te santi, oswa dlo ke Jewova te bay la jan Moyiz te fè l la. Pa ekzanp, Jewova te beni Jòb akoz lafwa li, men li te sibi dezas. Kit ou beni oswa w ap sibi dezas, toulede se evènman beni yo ye. San lafwa, ou p ap ka an mezi pou resevwa travay konkèt sa a, alevwa pou ta wè aksyon Jewova yo parèt devan zye w jodi a. Ou p ap kapab wè, alevwa pou ta kapab resevwa. Fleyo sa yo, kalamite sa yo ansanm ak tout jijman yo—si yo pa ta rive, èske ou t ap an mezi pou wè aksyon Jewova yo jodi a? Jodi a, se lafwa ki pèmèt yo ka konkeri w, epi se konkèt la ki pèmèt ou kwè nan chak aksyon Jewova yo. Se sèlman akoz lafwa ki fè ou resevwa yon chatiman ak yon jijman parèy. Atravè chatiman ak jijman sa a, yo rive konkeri w epi fè w vin pafè. Si se pat pou kalite chatiman ak jijman ke w ap resevwa jodi a, lafwa w t ap anven, paske ou pa t ap konnen Bondye; pe enpòt nan ki dimansyon ou kwè nan Li, lafwa w t ap rete yon ekspresyon vid, ki pa chita sou reyalite a. Se sèlman aprè ou te fin resevwa travay konkèt sa a, travay ki vin fè w yon moun ki konplètman obeyisan, ke lafwa w vin veritab epi fiyab epi kè w tounen vè Bondye. Menm si w ap sibi yon gwo jijman ansanm ak malediksyon akoz mo sa a “lafwa,” ou malgre sa gen lafwa veritab la epi ou resevwa bagay ki pi veritab la, ki pi reyèl la epi ki pi presye a. Se paske se sèlman pandan jijman an ke ou wè destinasyon final kreyasyon Bondye a; se nan jijman sa a ou wè ke yo dwe renmen Kreyatè a; se nan yon travay konkèt konsa ou wè ponyèt Bondye; se nan konkèt sa a ou rive konplètman konprann lavi imen an; se nan konkèt sa a ou jwenn vrè chemen lavi imen an epi w rive konprann vrè sans “lòm” lan; se sèlman nan konkèt sa a ou rive wè karaktè jis Moun ki gen tout pouvwa a ansanm ak vizaj mayifik epi gloriye Li a; se nan travay konkèt sa a ou aprann orijin lòm epi ou konprann “istwa imòtèl” tout limanite; se nan konkèt sa a ou rive konprann zansèt limanite yo ansanm ak orijin koripsyon limanite a; se nan konkèt sa a ou resevwa lajwa ak rekonfò ansanm ak chatiman san fen, disiplin, ak pawòl repwòch Kreyatè a pou limanite Li te kreye a; se nan travay konkèt sa a ou resevwa benediksyon, ansanm ak kalamite ki la pou lòm yo…. Èske tout bagay sa yo se pa akoz ti kras lafwa w la? Epitou èske lafwa w pat grandi aprè w te fin jwenn bagay sa yo? Èske w pa genyen l an kantite? Non sèlman ou te tande pawòl Bondye epi ou te wè sajès Bondye, men ou te an menm tan pèsonèlman eksperimante chak etap nan travay Li a. Ou petèt ta di si ou pat gen lafwa, ou pa t ap sibi kalite chatiman sa a oswa kalite jijman sa a. Men ou dwe konnen ke san lafwa, non sèlman ou pa t ap kapab resevwa kalite chatiman sa a oswa kalite swen sa a nan men Moun ki gen tout pouvwa a, men ou t ap pèdi tou pou toutan posiblite pou rankontre Kreyatè a. Ou pa t ap janm konnen orijin limanite epi ou pa t ap janm konprann enpòtans lavi imen an. Menm si kò w mouri epi nanm ou pati, ou t ap toujou pa konprann tout aksyon Kreyatè a, alevwa pou ta konprann ke Kreyatè te fè yon gwo travay sou tè a aprè Li te kreye limanite. Kòm yon manm limanite sa a ke Li te kreye a, èske w vle tonbe pa inyorans nan tenèb la nan fason sa a epi pou soufri yon pinisyon etènèl? Si ou separe tèt ou de chatiman ansanm ak jijman an jodi a, avèk kisa w pral rankontre? Èske w panse ke yon fwa ou separe de jijman aktyèl la, ou pral kapab chape anba pwoblèm lavi a? Èske se pa yon verite li ye si ou kite “plas sa a,” sa ou pral rankontre a se pral yon touman douloure oswa abi kriyèl ke dyab la ap lage sou ou? Èske w ap ka fè fas ak jou ansanm ak lannwit ki ensipòtab yo? Èske w senpman panse ke paske w chape anba jijman sa a jodi a, w ap toujou kapab chape anba tòti sa a nan lavni? Kisa ki pral vini sou chemen w? Èske se vrèman Shangri-La ke ou espere? Èske w panse ou ka chape anba chatiman etènèl k ap vini an senpman lè w ap kouri byen lwen pou reyalite a jan w ap fè l kounye a? Aprè jodi a, èske w ap janm ka jwenn kalite opòtinite sa a ansanm ak kalite benediksyon sa a ankò? Èske w ap kapab jwenn yo lè dezas tonbe sou ou? Èske w ap kapab jwenn yo lè tout limanite antre nan repo li? Lavi kè kontan ou genyen kounye a ansanm ak tèt ansanm ki gen nan ti fanmi w lan—èske sa ka ranplanse pwochen destinasyon etènèl ou an? Si ou gen vrè lafwa a epi si ou genyen l an kantite akoz lafwa w, nan ka sa a tout sa a se sa ou—yon moun ke yo kreye—ta dwe genyen epitou se sa ou te dwe fè depi lontan. Pa gen anyen ki pi bon nan lafwa w ak lavi w pase yon travay konkèt konsa.

Jodi a, ou dwe konnen kisa Bondye mande nan men moun yo konkeri yo, kisa atitid Li ye anvè moun yo rann pafè yo epitou nan kisa ou dwe antre kounye a. Gen kèk bagay ou sèlman bezwen konprann yo yon ti kras. Ou pa bezwen egzamine kèk diskisyon sou mistè Bondye yo; yo p ap vrèman ede w nan lavi a e ou ka sèlman jete yon senp koudèy sou yo. Ou kapab li mistè tankou mistè Adan ak Èv la: kisa Adan ak Èv te ye nan epòk sa a, epi ki travay Bondye vle fè jodi a. Ou bezwen konprann nan konkeri epi rann lòm pafè, Bondye vle fè lòm retounen nan fason Adan ak Èv te ye a. Ou dwe gen nan kè w yon bon lide sou nivo pèfeksyon ki dwe atenn yon fason pou akonpli nòm Bondye yo epi ou dwe nan ka sa a fè efò pou atenn yo. Sa gen rapò ak pratik ou a epi se yon bagay ou dwe konprann. Li sifi pou ou chache antre selon pawòl Bondye yo sou zafè sa yo. Lè ou li ke “listwa devlopman limanite gen plizyè milye lane depi l te kòmanse,” ou vin kirye epitou w ap eseye jwenn yon repons avèk frè ak sè w yo. “Bondye di ke devlopman limanite gen sis milye lane depi l te kòmanse, pa vre? Èske 10 milye lane yo se yon verite?” Ki enpòtans sa genyen pou jwenn yon repons ak kesyon sa a? Kit Bondye ap travay Li menm pandan dè dizèn de milye lane oswa dè santèn de milyon lane—Èske Li reyèlman bezwen pou ou konnen sa? Sa a se pa yon bagay ke ou, kòm yon moun ke yo te kreye, bezwen konnen. Jis pèmèt tèt ou reflechi pandan yon ti tan sou kalite diskisyon sa a, epi pa eseye konprann li kòm si li te yon vizyon. Ou bezwen konnen nan kisa ou dwe antre epi konprann jodi a, epi ou bezwen byen sezi li apresa. Se sèlman lè sa a y ap kapab konkeri w. Aprè w fin li sak sot di la a, ta dwe gen yon reyaksyon nòmal nan ou: Bondye ap boule enkyetid, Li vle konkeri nou epi jwenn laglwa ak temwayaj, kidonk kijan nou dwe kowopere avèk Li. Kisa nou dwe fè pou Li konplètman konkeri nou epi pou nou vin yon temwayaj pou Li? Kisa nou dwe fè pou pèmèt Bondye jwenn glwa? Kisa nou dwe fè pou pèmèt nou viv anba dominasyon Bondye e non pa anba dominasyon Satan? Men ak kisa moun dwe ap panse. Chak moun nan mitan nou dwe klè sou enpòtans konkèt Bondye a. Sa se responsablite w. Se sèlman apre ou fin jwenn klate sa a ou pral ka kite w antre, ou pral konnen etap sa a nan travay la, epi ou pral vin konplètman obeyisan. Sinon, nou pa pral rive atenn vrè obeyisans la.

Avan:  Èske Trinite a Egziste?

Pwochen:  Verite Ki Anndan Travay Konkèt la (3)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger