Verite Ki Anndan Travay Konkèt la (3)
Efè ki te prewva pou travay konkèt la se, prensipalman, pou lachè tout moun sispann fè rebèl; sa vle di, pou lespri lòm ka jwenn yon nouvèl konesans sou Bondye, pou kè lòm ka obeyi Bondye konplètman, e pou lòm ka dezire vin pou Bondye. Yo pa konsidere moun yo konkeri yo lè tanperaman yo oswa kò yo chanje; se lè panse lòm, konsyans lòm, e sans lòm chanje, ki vle di, lè tout atitid mantal ou chanje—se lè sa Bondye genyen ou nèt. Lè ou deside pou obeyi e lè ou adopte yon nouvèl mantalite, lè ou sispann ajoute pwòp nosyon oswa entansyon ou yo nan pawòl ak travay Bondye yo, epi lè sèvo ou ka panse nòmalman—ki vle di, lè ou ka travay pou Bondye ak tout kè ou—Se lè sa ou se kalite moun yo konkeri konplètman an. Nan relijyon, anpil moun soufri anpil nan vi yo: yo kontwole kò yo e yo pote kwa yo, epi yo menm kontinye soufri e kenbe fèm menm lè yo tou prè lanmò! Genyen ki toujou ap jene menm nan maten jou lanmò yo. Pandan tout vi yo, yo refize bay tèt yo bèl manje ak rad, yo konsantre yo sèlman sou soufrans. Yo kapab kontwole e renonse a kò yo. Motivasyon yo pou andire soufrans se yon bagay ki eksepsyonèl. Poutan panse yo, konesans yo, atitid mantal yo, ak an reyalite moun yo te ye avan an, se bagay ki poko janm chanje menm yon ti kras. Yo manke vrè konesans de tèt yo. Imaj mantal yo de Bondye se yon bagay ki tradisyonèl nan sans ke Li se yon Bondye ki vag e abstrè. Desizyon yo pou soufri pou Bondye soti nan devouman yo ak karaktè pozitif yo a. Menmsi yo kwè nan Bondye, yo pa ni konprann Li ni konnen volonte Li. Yo senpleman travay epi soufri pou Bondye je fèmen. Yo pa bay aji avèk disèneman pyès valè, yo yo bay yon tikras enpòtans ak fason pou asire travay yo fè volonte Bondye tout bon, e plis ankò yo pa konsyan sou ki fason yo ka rive genyen konesans sou Bondye. Bondye y ap sèvi a se pa Bondye selon reprezantasyon reyèl Li, men se yon Bondye ki kache nan lejand, yon rezilta de pwòp imajinasyon yo, yon Bondye ke yo sèlman tande pale de Li, oswa yo jwenn nan sa ki ekri. Donk, yo itilize gran imajinasyon yo avèk devouman yo pou soufri pou Bondye e pou antreprann travay Bondye ke Bondye vle fè a. Sèvis yo twò vag, se sa ki fè pratikman okenn nan yo pa vrèman kapab travay selon volonte Bondye. Malgre fason yo soufri ak kè kontan, konpreyansyon yo te genyen avan sou sèvis ak imaj mantal yo sou Bondye pa chanje, paske yo pat sibi jijman Bondye, chatiman, pirifikasyon ak pèfeksyon, e ni okenn moun pat gide yo nan pratik verite a. Menm si yo kwè nan Jezi Sovè a, okenn nan yo pa janm wè Sovè a. Yo sèlman aprann konnen Li atravè lejand e sa yo tande. Kòm rezilta, sèvis yo pa plis ke sèvis ki fèt san objektif avèk zye fèmen, tankou yon avèg kap sèvi pwòp papa li. Kisa, finalman, yon sèvis konsa ka akonpli? Epi ki moun ki tap aksepte sa? Depi nan kòmansman jiska la fen, sèvis yo rete menm jannan tout entegralite yo; yo resevwa sèlman leson ke lèzòm fè epi yo baze sèvis yo sèlman soukonplezans yo ak sou preferans yo. Ki rekonpans sa te ka pote? Menm Pyè, ki te wè Jezi, pat konnen kòman pou sèvi selon volonte Bondye; li te sèlman vin konnen sa a la fen, nan vyeyès li. Ki mesaj sa bay de moun avèg sa yo ki pat fè pyès eksperyans koreksyon oswa ki pat janm pirifye, epi ki pat gen pèsòn pou gide yo? Èske sèvis anpil nan nou jodi a pa menm jan ak sèvis moun avèg sa yo? Tout moun sa yo ki poko resevwa jijman, pirifikasyon ak koreksyon, epi ki poko chanje—èske yo pa t fin konkeri tout totalman? Ki itilite moun konsa genyen? Si panse ou, konesans ou de lavi, ak konesans ou de Bondye pa moutre pyès nouvo chanjman epi ou pa vrèman aprann anyen, ebyen ou pap janm realize anyen ki ekstraòdinè nan sèvis ou! San yon vizyon ak yon nouvo konesans de travay Bondye a, yo pa p ka konkeri ou. Lè sa a, fason wap swiv Bondye ap tankou moun sa yo k’ap soufri e k’ap jene: sa gen yon ti kal valè! Presizeman se paske se yon ti kal temwanyaj ki genyen nan sa yo fè a ki fè’m di sèvis yo a initil. Yo pase vi yo ap soufri epi chita nan prizon; yo toujou gen pasyans, lanmou, epi yo toujou pote kwa yo, lemond pase yo nan betiz epi meprize yo, yo pase tout mizè, e malgre yo obeyisan jiska la fen, yo toujou pa fin konkeri yo, e yo pa ka bay pyès temwanyaj ke yo te konkeri yo. Yo pase anpil soufrans, men nan kè yo yo pa konnen Bondye ditou. Okenn nan vye panse yo, vye konesans yo, pratik relijye yo, konesans ak ide lèzòm yo pa janm korije. Pa gen yon ti kras nouvèl konesans nan yo pou pi piti. Menm yon ti kras nan konesans yo de Bondye pa verite oswa kòrèk. Yo pa konprann volonte Bondye. Èske sa itil Bondye? Kèlkeswa konesans ou te genyen de Bondye nan tan pase yo, si jodi a li rete menmjan epi ou kontinye baze konesans ou sou Bondye sou pwòp nosyon ak ide ou malgre tout sa Bondye fè yo, ki vle di si ou pa posede nouvèl ak vrè konesans de Bondye e si w pa rive konnen vrè imaj ak nati Bondye, si se panse ansyen e sipèstisye ki toujou gide konesans ou nan Bondye e si li soti nan imajinasyon lèzòm, ebyen yo poko janm konkeri ou nèt. Mwen di w tout mo sa yo jodi a pou w ka aprann, pou konesans sa ka mennen ou nan yon konsesans ki pi nèf e pi klè; Mwen di’w tout mo sa yo tou pou m ka retire vye nosyon yo ak move fason ou te konn aprann yo nan ou, pou w ka genyen nouvèl konesans. Si ou manje ak bwè pawòl mwen tout bon vre, alò konesans ou ap chanje anpil. Toutotan w ap manje ak bwè pawòl Bondye avèk yon kè obeyisan, atitid ou ap chanje. Depi ou ka aksepte tout chatiman yo, ansyèn mantalite w la ap chanjepezape. Depi nouvèl mantalite a ranplase ansyen mantalite w la konplètman, abitid ou yo ap chanje menm jan an tou. Nan fason sa a, sèvis ou yo ap akonpli objektif yo pi plis, e l ap plis kapab akonpli volonte Bondye. Si ou ka chanje fason ou viv, konesans ou sou lavi lèzòm, e tout nosyon ou yo de Bondye, lè sa a, konplezans ou a ap diminye pezape. Sa, e absoliman sa, se rezilta lè Bondye konkeri yon moun, sa se chanjman ki fèt nan moun yo. Si, atravè la fwa ou nan Bondye, tout sa w konnen se kontwole kò w, andire e soufri, epi ou pa konnen si sa bon oswa pa bon, e plis ankò pou ki moun ou fè yo, alò kòman yon pratik konsa kapap pwodui chanjman?
Konprann ke sa m ap mande nou an se pa pou nou kenbe kenbe kò nou nan esklavaj oswa pou nou anpeche sèvo nou panse ide ki abitrè. Se pa non plis objektif travay la, ni travay ke nou bezwen fè kounye a. Kounye a, nou dwe gen konesans ki soti nan kote pozitif la pou’n ka chanje tèt nou. Aksyon ki pi nesesè a se pou’n ekipe tètnou avèk pawòl Bondye yo, sa ki vle di pou nou ekipe tèt nou totalman avèk verite e vizyon ki devan nou konnye a, epi ale mete yo an pratik. Sa se reponsablite nou. Mwen pa p mande nou pou nou chache genyen plis limyè. Pou kounye a, nou sinpleman pa gen matirite pou sa. Sa yo mande nou se pou nou fè tout sa n kapab pou nou manje ak bwè pawòl Bondye yo. Nou dwe konprann travay Bondye a, e konnen nati nou, fòs nou, ak ansyen fason nou t ap viv la. An patikilye, nou dwe konnen move abitid nou te genyen yo ak pratik lèzòm nou te adopte yo. Pou’n ka chanje, nou dwe kòmanse chanje panse nou. Premyeman, ranplase ansyen panse nou an avèk sa ki nèf la, epi kite nouvèl panse nou an domine pawòl nou yo, aksyon nou yo, ak lavi nou. Se sa ke yo mande nou chak jodi a. Pa travay je fèmen oswa swiv je fèmen. Nou dwe gen yon baz ak yon objektif. Pa twonpe tèt nou. Nou dwe konnen egzakteman poukisa nou gen lafwa nan Bondye, kisa nou dwe jwenn ladann, e nan kisa nou dwe antre konnye a. Se yon obligasyon pou ou konnen tout sa yo.
Nan sa nou dwe antre a kounye a se leve lavi nou ak nivo karaktè nou. An plis de sa, nou dwe change vye ide nou te genyen anvan an, chanje panse nou, epi chanje konsepsyon nou. Nou bezwen renouvèlman nan tout vi nou. Lè konesans ou sou zèv Bondye chanje, lè ou gen yon nouvo konesans sou verite ke tout bagay Bondye di, e lè konesans ki nan ou a ogmante, donk lavi ou ap pran yon pi bon direksyon. Tout sa moun fè ak tout sa moun di kounye a se bagay ki aplikab. Yo pa doctrin, men yo se bagay ke moun bezwen pou lavi yo, epi yo se bagay ke moun ta dwe genyen. Sa se chanjman ki fèt nan moun pandan travay konkèt la, chanjman ke moun dwe viv la, e sa se rezilta aprè yo vin pou Bondye. Lè ou fin chanje panse ou, adopte yon nouvo atitid mantal, chanje konsepsyon ou, entansyon ou yo ak ansyen rezònman lojik ou yo, jete bagay sa yo ki plante byen fon anndan ou, epi jwenn yon nouvo konesans sou lafwa nan Bondye, lè sa a temwanyaj ou bay yo ap gen plis valè, epi tout oumenm ap chanje tout bon vre. Tout sa yo se bagay ki plis pratik, plis reyèl, plis enpòtan pami tout bagay—bagay ki te difisil pou moun konprann nan tan pase yo, ak bagay yo pat ka pratike. Yo se vrè travay Sentespri a. Koman ou te konprann Bib la nan tan pase yo egzakteman? Yon konparezon rapid jodi a ap bay repons lan. Nan tan pase yo mantalman ou te bay Moyiz, Pyè, Pòl, oswa tout deklarasyon ak nosyon biblik yo anpil valè, e ou te mete yo sou yon pyedestal. Kounye a, si yo te mandew pouw mete Bib la sou yon pyedestal, èske ou t’ap fè sa? Ou tap wè ke Bib la gen twòp istwa ke lèzòm ekri, e ke Bib la se sèlman istwa lèzòm ki baze sou de etap nan travay Bondye a. Se yon liv istwa. Èske sa pa vle di ke konesans ou sou li chanje? Siw te gade jenealoji Jezi nan Levanjil Matye a jodi a, ou ta’p di, “Jenealoji Jezi? Sa pa gen sans! Sa se jenealoji Jozèf, se pa pou Jezi. Pa gen relasyon ant Jezi e Jozèf.” Lè ou gade la Bib kounye a, konesans ou nan li diferan, sa ki vle di ke konsepsyon ou chanje, epi ou pote ladann yon nivo konesans ki pi wo ke nivo savan relijye yo ki t’ap viv nan tan ki pase yo. Si yon moun ta di ke genyen yon bagay nan jenealoji sa, ou t’ap reponn, “Kisa ki genyen ladann? Ou mèt eksplike. Jezi ak Jozèf pa gen lyen familial. Èske ou pa konn sa? Èske Jezi ka gen yon jenealoji? Kòman li posib pou Jezi genyen zanzèt? Kòman li posib pou Li desandan lòm? Kò li fèt nan Mari; lespri Li se lespri Bondye, se pa lespri lèzòm. Jezi se pitit byeneme Bondye a, alò kòman Li ka genyen yon jenealoji? Pandan li te sou latè Li pat fè pati de limanite, alò kòman Li ka genyen yon jenealoji?” Lè ou analize jenealoji a epi ou byen eksplike verite a, pandan w’ap pataje sa ou te konprann, moun w’ap eskplike sa a p’ap jwenn mo pou’l di ou. Kèk moun pral fè referans ak Bib la epi y’ap mande’w, “Jezi te gen yon jenealoji. Èske Bondye ’w genyen jodi a gen yon jenealoji?” Lè sa a w’ap pale yo de konesans ou a, ki pi reyèl pami tout, e nan fason sa, konesans ou ap pwodui yon rezilta. An verite, Jezi pa’t gen relasyon avèk Jozèf, e mwens ankò avèk Abraham; tou senpleman Li te fèt an Izrayèl. Poutan, Bondye pa yon Izraelit oubyen yon desandan de Izraelit yo. Jis paske Jezi te fèt an Izraèl, sa pa vle di ke Bondye se Bondye Izraelit yo sèlman. Se te sèlman poutèt travay Li ke Li te fè travay enkanasyon an. Bondye se Bondye tout kreyasyon an nan tout mond lan. Li te sèlman realize yon etap nan travay Li an Izrayèl anvan, aprè sa Li te kòmanse travay pami lòt nasyon yo. Poutan, moun yo te konsidere Jezi kòm Bondye Izraelit yo, epi an plis yo te plase Li pami Izraelit yo ak pami desandan David yo. La Bib di ke nan dènye jou yo, non Jehovah ap vin gran pami lòt nasyon yo, sa ki vle di Bondye ap travay nan mitan lòt nasyon yo nan dènye jou yo. Lè yo di Bondye te enkane nan Jide sa pa vle di ke Bondye renmen Jwif yo sèlman. Li te fèt la sèlman paske travay la te mande sa; se pa yon verite ke Bondye te ka sèlman enkane an Izraèl (paske Izraelit yo se te pèp ke Li te chwazi). Èske moun ke Bondye chwazi yo pa pami lòt nasyon yo tou? Se te aprè ke Jezi te fin travay nan Jide ke travay la t rive jwenn lòt nasyon yo. (Izraelit yo rele tout nasyon yo eksepte Izraèl “lòt nasyon yo.”) An verite, pèp Bondye chwazi a te peple lòt nasyon sa yo tou; se jis ke pa gen travay ki te gentan ap fèt nan tan sa. Moun yo bay Izraèl anpil atansyon paske de premye etap travay la te fèt an Izraèl pandan ke pa gen travay ki t’ap fèt nan lòt nasyon yo. Travay pami lòt nasyon yo fèk ap kòmanse jodi a, se rezon sa ki fè li difisil pou moun yo aksepte. Si ou ka byen konprann tout sa yo, si ou kapab aprann epi konsidere li kòrèkteman, lè sa a w’ap gen yon konesans ki klè sou Bondye ki la jodi a epi ki te la nan tan pase yo, e nouvo konesans sa ap pi wo ke konesans Tout moun ki sove yo genyen sou Bondye nan tout listwa. Si ou eksperimante trava ki fèt jodi a epi ou tande pawòl pèsonèl Bondye jodi a, poutan ou pa gen pyès konesans sou kimoun Bondye ye totalman; si objektif ou rete jan li te toujou ye a e li pa ranplase pa anyen ki nouvo; e sitou si ou eksperimante tout travay konkèt sa, poutan finalman yo pa ka wè pyès chanjman nan ou, alò èske la fwa’w pa tankou lafwa moun sa yo ki sèlman ap chèche pen pou satisfè grangou yo? Nan ka sa a, travay konkèt la p’ap realize pyès efè nan ou. Lè sa a, èske ou p’ap vin tankou yonn nan sa yo ke yo dwe elimine?
Lè tout travay konkèt la fini, se yon obligasyon pou nou tout konprann ke Bondye pa sèlman Bondye Izraelit yo, men se Bondye tout kreasyon an. Li te kreye tout moun, se pa sèlman Izraelit yo. Si ou di ke Bondye se Bondye Izraelit yo sèlman oswa ke li enposib pou Bondye enkane nan nenpòt lòt nasyon ki pa Izraèl, alò genyen kèk konesans ke ou genyen pou’w aprann pandan travay konkèt la, epi ou pa rekonèt menm nan fason ki pi piti a ke Bondye se Bondye ou; ou sèlman rekonèt ke Bondye te soti an Izraèl pou ale La Chin e ke y’ap fòse Li pou’L vin Bondye ou. Si sa se fason ke ou toujou wè bagay yo, alò travay Mwen pa pote fwi nan ou, epi ou pa konprann anyen nan sa ke mwen di. Si, finalman, ou ekri yon lòt jenealoji pou mwen jan Matye te fè a, ki te jwenn yon bon zansèt pou Mwen, limenm ki te jwenn paran “kòrèk” mwen an—jiskaske Bondye te vin gen de jenealoji pou de enkanasyon Li yo—alò èske sa pa t’ap pi gwo blag nan lemond? Èske ou menm, “moun ki gen bon entansyon sa” ki te jwenn yon jeneaolij pou mwen an, pa t’ap tounen yon moun ki divize Bondye? Èske ou kapab pote fado peche sa? Aprè tout travay konkèt sa, si ou toujou pa kwè ke Bondye se Bondye tout kreyason an, si ou toujou panse ke Bondye se Bondye Izraelit yo sèlman, èske ou pa yon moun ki reziste a Bondye ouvètman? Objektif pou konkeri ou jodi a se pou ka fè ou rekonèt ke Bondye se Bondye ou epi tou Bondye lòt moun yo, e plis enpòtan Li se Bondye tout moun ki renmen Li, ak Bondye tout kreasyon an. Li se Bondye Izraelit yo ak Bondye pèp Ejip la. Li se Bondye Britanik yo ak Bondye Ameriken yo. Li pa sèlman Bondye Adan ak Èv, men tou Li se Bondye tout moun ki soti nan yo. Li se Bondye tout bagay ki nan syèl la ak tout bagay ki sou latè. Tout fanmi yo, swa yo Izraelit oswa lòt nasyon, yo tout nan men yon sèl Bondye. Non sèlman Li te travay an Izraèl pandan plizyè mil ane epi yon fwa li te fèt en Jide, men jodi a Li desann an Chin, peyi kote gran dragon rouj la kouche tou plwaye. Si nesans li en Jide fè’l vin Wa Jwif yo, ebyen èske lè li desann pami nou tout jodi a pa fè li vin Bondye nou tout? Li te kondwi Izraelit yo e li te fèt an Jide, epi li te fèt tou nan yon tè etranje. Èske Li pa’t fè tout travay Li yo pou tout limanite ke li te kreye? Èske Li renmen Izraelit yo yon santèn fwa epi Li rayi lòt nasyon yo mil fwa? Èske se pa konsa ou konprann li? Se pa yon verite ke Bondye pa’t janm Bondye nou, men pito se jis ke nou pa aksepte Li; se pa yon verite ke Bondye pa vle vin Bondye nou, men pito se jis ke nou rejte Li. Kiyès pami kreyati yo ki pa nan men Tou Pwisan an? Nan chache genyen nou jodi a, èske objektif la se pa pou fè nou rekonèt ke Bondye pa lòt ke Bondye nou? Si nou toujou kwè ke Bondye se Bondye Izraelit yo sèlman, epi toujou kwè ke kay David la ki an Izraèl se orijin nesans Bondye, epi ke okenn lòt nasyon pase Izraèl pa kalifye pou “pwodui” Bondye, e mwens ankò ke okenn fanmi lòt nasyon pa ka resevwa travay Jehovah pèsonèlman—si ou toujou panse konsa, alò èske sa pa fè de ou yon moun ki gen tèt di epi ki obstine? Pa toujou ap konsantre nou sou Izraèl. Bondye isit la pami nou jodi a. Ni ou pa dwe kontinye ap fikse zye ’w nan syèl la. Sispann ap dezire Bondye’w la nan syèl la! Bondye te vini pami nou, alò kòman Li ka fè nan syèl la? Ou pa’t kwè nan Bondye pandan anpil tan, poutan ou gen anpil konesans sou Li, jiskaske ou pa oze menm pou yon segond panse ke Bondye Izraelit yo tap dakò fè nou gras avèk prezans Li. Mwens ankò nou pa menm oze reflechi sou kòman nou te ka wè Bondye parèt sou nou pèsonèlman, a koz de jan nou sal anpil. Ni nou pa janm reflechi sou kòman Bondye te ka desann pèsonèlman nan yon tè etranje. Li te oblije desann sou Mòn Sinayi ak sou Mòn Dèzolivye pou li te ka parèt devan Izraelit yo. Èske tout lòt nation yo (sa vle di, moun ki pa soti an Izraèl yo) pa sibi rayisans Li? Kòman Li te ka fè travay pami yo pèsonèlman? Tout sa yo se nosyon ki fon andann nou ke nou devlope pandan plizyè ane. Objektif pou genyen nou totalman jodi a se pou detwi tout nosyon sa yo. Nan fason sa èske nou kontanple prezans pèsonèl Bondye pami nou—pa sou Mòn Sinayi oswa sou Mòn Dèzolivye, men pami moun ke Li pa’t janm dirije anvan. Aprè Bondye te fin egzekite de etap travay Li yo an Izraèl, Izraelit yo ak tout lòt nasyon yo tou te vin kòmanse kwè nosyon ki di: pandan li vrè ke Bondye te kreye tout bagay, Li sèlman vle vin Bondye Izraelit yo, se pa Bondye lòt nasyon yo. Men kisa Izraelit yo kwè: Bondye ka sèlman Bondye nou, pa Bondye nou menm lòt nasyon yo, epi paske nou pa respekte Jehovah, donk Jehovah—Bondye nou an—rayi nou. Men kisa moun Jwif sa yo kwè ankò: Senyè Jezi te adopte imaj nou menm pèp Jwif la epi Li se yon Bondye ki pote mak pèp Jwif la. Se pami nou ke Bondye travay. Imaj Bondye ak imaj nou sanble; imaj nou prèske menm ak imaj Bondye. Senyè Jezi se Wa nou menm Jwif yo; Lòt Nasyon Yo pa kalifye pou resevwa yon gran Sali konsa. Senyè Jezi se ofrand pou peche nou menm Jwif yo. Se te tou senpleman sou baz de etap travay sa yo ke Izraelit yo avèk pèp Jwif la te fòme tout kwayans sa yo. Avèk anpil otorite, yo reklame Bondye pou yo sèl, yo pa pèmèt ke Bondye se Bondye lòt nasyon yo tou. Nan fason sa, Bondye tounen yon espas vid nan kè lòt nasyon yo. Sa se paske tout moun vin kwè ke Bondye pa vle vin Bondye lòt nasyon yo epi ke li renmen Izraelit yo sèlman—pèp ke Li chwazi a—ak pèp Jwif la, sitou disip yo ki te swiv Li. Èske nou pa konnen travay ke Jehovah ak Jezi te fè se pou tout moun ka sove? Èske kounye a ou admèt ke Bondye se Bondye nou tout ki pa fèt an Izraèl? Èske Bondye pa la nan mitan nou jodi a? Sa pa ka yon rèv, se pa vre? Èske nou pa aksepte reyalite sa? Nou pa oze kwè oubyen panse ak sa. Malgre fason nou wè sa, èske Bondye pa la nan mitan nou? Èske nou toujou pè pou nou kwè pawòl sa yo? A pati de jodi a, èske tout moun ke Bondye konkeri yo ak tout moun ki swete swiv Bondye yo pa pèp ke Bondye chwazi? Èske nou tout ki disip jodi a pa moun ke Bondye chwazi epi ki pa an Izraèl? Èske stati nou pa menm jan ak pa Izraelit yo? Èske tout sa se pa bagay nou dwe rekonèt? Èske sa se pa objektif travay pou konkeri nou an? Pliske, nou ka wè Bondye, L’ap Bondye nou pou tout tan, depi nan kòmansman pou rive nan lavni. Li pa’p abandone nou, toutotan nou tout dispoze pou nou swiv Li e pou nou vin kreyati Li ki fidèl epi obeyisan.
Malgre jan anpil moun aspire pou yo renmen Bondye, jeneralman yo obeyisan anpil nan swiv Li jiska jodi a. Se jiska la fen, lè etap travay sa fini, ke y’ap repanti totalman. Se lè sa ke moun yo ap vin pou Bondye tout bon vre. Pou kounye a, yo sèlman nan pwosesis pou yo konkeri yo. Depi travay la fini, y’ap konkeri yo konplètman, men se pa konsa sa ye pou kounye a! Menmsi tout moun vin kwè, sa pa vle di ke yo pou Bondye konplètman. Sa se paske, pou kounye a, moun yo wè pawòl yo sèlman yo pa wè evènman reyèl yo, epi yo toujou ap doute, malgre jan yo kwè anpil. Se pou tèt sa se sèlman gras ak dènye evènman reyèl sa, ke pawòl yo ap tounen reyalite, ke moun yo ap vin pou Bondye konplètman. Kounye a, moun yo pou Bondye paske yo tande anpil mistè ke yo pot ko janm tande anvan. Men anndan yo chak, yo toujou ap chèche ak tann kèk evènman reyèl k’ap pèmèt yo wè chak pawòl Bondye k’ap tounen reyalite. Se sèlman lè sa a ke y’ap vin kwè totalman. Se sèlman lè, a la fen, yo tout fin wè reyalite sa yo, epi ke reyalite sa yo fè yo santi yo sèten, ke y’ap moutre konviksyon nan kè yo, nan pawòl yo, ak nan je yo, epi y’ap vin kwè totalman nan fon kè yo. Men kijan nati lèzòm ye: nou bezwen wè tout pawòl ap tounen reyalite, nou bezwen wè kèk evènman reyèl ap pase ak wè malè ap rive kèk moun, epi se lè sa yo pral konvenk nou anndan fon kè nou. Menmjan ak Jwif yo, nou okipe nan veye sin avèk mirak. Poutan nou pa janm rive wè ke genyen sin ak mirak e ke realite yo ap pase e yo la pou ouvè je nou anpil. Swa li ta yon moun ki desann soti nan syèl la, oubyen yon kolòn nyaj k’ap pale avèk nou, oubyen Mwen menm k’ap chase vye espri nan yonn nan nou, oswa vwa Mwen k’ap gwonde tankou loray pami nou, nou te toujou vle e n’ap toujou vle wè jan de vènman sa yo. Yon moun ka di ke lè nou kwè nan Bondye, pi gwo souwè nou se wè Bondye vini e pèsonèlman pou Li moutre nou yon sin. Lè sa a, n’ap satisfè. Pou’m ka genyen nou menm lèzòm, Mwen dwe fè travay ki sanble a kreyasyon mond lan, epi anplis, moutre nou yon sin kèlkonk. Lè sa a, M’ap konkeri kè nou konplètman.