Verite Ki Anndan Travay Konkèt la (4)
Kisa sa vle di lè moun pèfeksyone? Kisa sa vle di lè yo konkeri moun? Ki kritè ki dwe satisfè pou moun konkeri? E ki kritè ki dwe satisfè pou yo pèfeksyone? Konkeri ak pèfeksyone toude fèt pou rann lòm konplè pou li ka restore nan resanblans orijinal li e pou li libere anba dispozisyon satanik kòwonpi li ak enfliyans Satan. Konkèt sa vini bonè nan pwosesis travay ki fèt sou lòm; efektivman, se premye etap travay la. Pèfeksyònman se dezyèm etap la, e se travay final la. Chak moun dwe sibi pwosesis konkèt la. Sinon, yo pa t ap gen fason pou konnen Bondye, ni yo pa t ap konnen gen yon Bondye, sa vle di li t ap enposib pou yo rekonèt Bondye. E si yon moun pa rekonèt Bondye, li enposib tou pou Bondye konplete li, paske li pa ranpli kondisyon pou li konplete. Si nou pa menm rekonèt Bondye, kòman nou ka konnen Li? Kòman nou ka chèche Li? Nou p ap ka temwaye pou Li, ni tou, e ankò mwens nou p ap gen lafwa pou satisfè Li. Konsa, nenpòt moun ki vle vin konplè, premye etap la li dwe sibi travay konkèt la. Se premye kondisyon an. Men konkèt ak tout pèfeksyònman la pou travay moun ak pou chanje yo, e chak fè pati travay jesyon lòm. Toude etap yo nesesè pou rann yon moun antye, e li pa ka neglije okenn nan yo. Se vre “konkeri moun” pa sonnen trè byen, men an reyalite pwosesis konkèt yon moun se pwosesis chanjman li. Yon fwa yo konkeri ou, dispozisyon kòwonpi ou ka pa fin derasinen, men w ap konnen li. Nan travay konkèt la, w ap vin konnen jan ou ba kòm moun, menm jan ak yon bon pati nan dezobeyisans ou. Menm si ou p ap ka jete oswa chanje bagay sa yo pandan ti bout tan travay konkèt la, w ap vin konnen yo, epi sa ap mete baz pou pèfeksyon ou. Konsa, konkèt ak pèfeksyònman toude fèt pou chanje moun, pou debarase yo anba dispozisyon satanik kòwonpi yo pou yo ka bay Bondye tout yo menm. Konkeri moun se senpleman premye etap pou chanje dispozisyon yo, se tou premye etap pou moun yo bay Bondye tout yo menm, e li pi ba pase etap pèfeksyònman. Dispozisyon lavi yon moun ki konkeri chanje mwens pase dispozisyon yon moun ki fin bon nèt. Konkeri ak pèfeksyone konseptyèlman diferan youn ak lòt paske yo se faz diferan travay la paske yo egzije moun nivo ki diferan, konkèt egzije moun nivo ki pi ba, tandiske pèfeksyon egzije yon nivo ki pi wo. Moun pèfeksyone se moun ki dwat, moun ki sanktifye e pirifye, yo se krèm travay jesyon limanite, oswa pwodui fini. Menm si yo pa moun ki fin bon nèt, yo se moun k ap chèche viv lavi ki fè sans. Moun ki konkeri yo, poutan, rekonèt egzistans Bondye nan pawòl sèlman. Yo rekonèt Bondye te enkane, Pawòl la te parèt nan lachè, e Bondye te vini sou latè pou fè travay jijman ak chatiman. Yo rekonèt tou jijman ak chatiman Bondye, ak frap Li ak rafinman Li, yo tout nan benefis lòm. Yo fenk kòmanse genyen yon ti kras resanblans moun. Yo gen kèk lide sou lavi men li toujou rete twoub pou yo. Nan yon lòt sans, yo fenk kòmanse posede eta moun nan. Sa yo se rezilta konkèt la. Lè moun mete pye sou chemen pèfeksyon an, li vin posib pou ansyen dispozisyon yo chanje. Pi devan, lavi yo kontinye grandi, e yo antre gradyèlman pi fon nan verite a. Yo kapab deteste mond lan ak tout sila yo ki p ap chèche verite a. Yo deteste tèt yo espesyalman, men plis pase sa, yo konnen tèt yo byen. Yo vle viv selon verite a e yo fè rechèch verite a vin objektif yo. Yo pa vle viv avèk panse pwòp sèvo yo pwodui, e yo santi yo deteste awogans, ògèy ak vanite lòm. Yo pale yon yon fason ki respektab, yo fè bagay yo ak disèneman epi sajès, e yo fidèl ak obeyisan devan Bondye. Si yo fè eksperyans yon egzanp chatiman ak jijman, nonsèlman yo pa vin pasif oswa fèb, men tou yo rekonesan pou chatiman ak jijman Bondye. Yo kwè yo pa ka rete san chatiman ak jijman Bondye, li pwoteje yo. Yo pa chèche yon lafwa pou jwenn lapè ak lajwa ak pou chèche pen pou satisfè grangou. Ni yo pa pouswiv plezi lachè ki ap pase. Se sa ki rive lakay sila yo ki fin bon nèt. Apre yo fin konkeri moun yo, yo rekonèt gen yon Bondye, men gen limit nan sa ki manifeste nan yo lè yo rekonèt egzistans Bondye. Kisa Pawòl la parèt nan lachè vle di reyèlman? Kisa enkanasyon vle di? Kisa Bondye enkane a fè? Ki objektif ak siyifikasyon travay Li? Apre tout eksperyans ou fè ak travay Li, apre eksperyans ak zèv Li nan lachè, kisa ou jwenn? Sèlman lè ou fin konprann tout bagay sa yo w ap konkeri. Si ou senpleman di ou rekonèt gen yon Bondye, men ou pa abandone sa ou dwe abandone, e ou pa rive abandone plezi lachè ou dwe abandone yo, men ou pito kontinye ap konvwate konfò lachè jan ou toujou fè sa, si ou pa ka sispann tout prejije kont frè ak sè yo, e ou pa peye okenn pri nan fè anpil pratik senp, alò sa pwouve ou poko konkeri. Nan ka sa, menm si gen anpil bagay ou konprann, tou sa p ap itil anyen. Sila ki konkeri yo se moun ki reyalize kèk chanjman okòmansman epi kòmanse antre. Eksperyans jijman ak chatiman Bondye bay moun yon premye konsesans sou Bondye ak yon premye konpreyansyon sou laverite. Ou gen dwa pa ka antre totalman nan reyalite laverite ki pi pwofon ak pi detaye, men nan lavi reyèl ou ou ka mete an pratik anpil verite elemantè, tankou sila yo ki gen pou wè ak plezi lachè oswa kondisyon pèsonèl ou. Tout sa se efè ki pwodui lakay moun pandan pwosesis konkèt la. Yo ka wè chanjman tou nan dispozisyon nan moun yo konkeri yo; pa egzanp, fason yo abiye ak prezante tèt yo, ak fason yo ap viv—tout sa yo ka chanje. Pèspektiv yo sou kwayans nan Bondye chanje, yo klè konsènan objektif y ap pousuiv yo, e yo genyen pi gwo anbisyon. Pandan travay konkèt la, chanjman ki koresponn yo kapab fèt tou nan dispozisyon lavi yo. Gen chanjman, men yo sipifisyèl, preliminè ak pi ba lontan pase chanjman nan dispozisyon ak objektif sila yo ki te pèfeksyone ap pouswiv. Si nan moman y ap konkeri yon moun, dispozisyon l pa chanje ditou, e li pa gen okenn verite, moun sa a se fatra, e li pa itil anyen! Moun ki pa konkeri pa ka pèfeksyone! Si yon moun chèche sèlman pou l konkeri, li pa ka vin konplè totalman, menm si dispozisyon l montre kèk chanjman ki koresponn pandan travay konkèt la. L ap pèdi tou premye verite li te genyen yo. Gen yon gwo diferans ant kantite chanjman nan dispozisyon lakay sila yo ki konkeri ak sila yo ki pèfeksyone. Men konkèt la se premye etap nan chanjman an; li se baz la. Si yon moun manke premye chanjman sa se prèv li pa reyèlman konnen Bondye ditou, paske konesans sa soti nan jijman, e jijman sa se pi gwo pati nan travay konkèt la. Konsa tout sila yo ki fin bon nèt dwe konkeri dabò; sinon, pa gen fason pou pèfeksyone yo.
Ou di nou rekonèt Bondye enkane, e ou rekonèt Pawòl la parèt nan lachè, men ou fè yon seri bagay deyè do Li, bagay ki ale kont sa li mande, e nan kè ou ou pa gen krentif pou Li. Èske sa se rekonèt Bondye? Ou rekonèt sa Li di, men ou pa pratike sa ou kapab, ni ou pa swiv chemen Li. Èske sa se rekonèt Bondye? E menm si ou rekonèt Li, ou gen sèlman yon atitid mefyans anvè Li, jamè yon atitid respè. Si ou wè e rekonèt travay Li e ou konnen Li se Bondye, men ou rete tyèd e w pa chanje ditou, alò ou se kalte moun ki toujou poko konkeri. Sila yo ki konkeri dwe fè tout sa yo kapab, e menm si yo pa ka antre nan verite ki pi wo yo, e verite sa yo petèt depase yo, moun sa yo vle atenn sa nan kè yo. Se paske gen limit nan sa yo kapab asepte ki fè gen fwontyè ak limit nan sa yo kapab pratike. Omwen, poutan, yo dwe fè tout sa yo kapab, e si ou ka reyalize sa, se yon rezilta ki te reyalize akoz travay konkèt la. Sipoze ou di, “Etandone Li kapab pale tèlman anpil pawòl lòm pa kapab pale, si Li pa Bondye, kiyès Li ye?” Panse sa a pa vle di ou rekonèt Bondye. Si ou rekonèt Bondye, ou dwe demontre sa nan aksyon ou yo. Si w ap dirije yon legliz, men ou pa pratike sa ki dwat, si w anvi lajan ak richès, e pi w toujou pran lajan legliz la pou ou, èske sa se rekonèt gen yon Bondye? Bondye gen tout pouvwa, e Li merite respè. Kòman ou ka pa gen krentif si vrèman ou rekonèt gen yon Bondye? Si w kapab komèt move zak sa yo, èske ou rekonèt Li vrèman? Èske se Bondye ou kwè nan Li a? Sa w kwè nan li a se yon Bondye vag; se sa ki fè ou pa gen krentif! Tout sila yo ki vrèman rekonèt ak konnen Bondye gen krentif pou Li e yo pè fè tout sa ki opoze ak Li oswa ki vyole konsyans yo; yo sitou pè fè tout bagay yo konnen ki kont volonte Bondye. Sèlman sa kapab konsidere kòm rekonèt egzistans Bondye. Kisa w ta dwe fè lè paran w eseye anpeche w kwè nan Bondye? Kòman w ta dwe renmen Bondye lè mari ki pa kwayan bon pou ou? E kòman w ta dwe renmen Bondye lè frè ak sè w deteste w? Si w rekonèt Li, alò nan sikonstans sa yo w ap aji kòmsadwa epi viv reyalite a. Si w pa reyisi poze aksyon konkrè men ou sèlman di ou rekonèt egzistans Bondye, alò ou se jis yon moun k ap pale! Ou di ou kwè nan Li e rekonèt Li, men nan kisa ou rekonèt Li? Nan kisa ou kwè nan Li? Èske ou gen krentif pou Li? Èske ou respekte Li? Èske ou renmen Li nan fon ou menm? Lè ou nan detrès e ou pa gen pèsonn pou apiye sou li, ou santi bote Bondye, men apre ou bliye tout bagay. Sa se pa renmen Bondye, e ni se pa kwè nan Bondye! Kisa, finalman, Bondye swete pou lòm reyalize? Tout eta mwen te mansyone yo, tankou santi w trè enpresyone pa pwòp enpòtans ou, ou santi ou sezi ak konprann nouvo bagay yo rapidman, kontwole lòt moun, meprize lòt moun, gade moun sou aparans, entimide moun ki onèt, konvwate lajan legliz, elatriye—sèlman lè tout dispozisyon kòwonpi sa yo, an pati, soti nan ou, konkèt ou ap parèt aklè.
Travay konkèt ki fèt nan nou menm pèp gen siyifikasyon ki pi pwofon: yon pa, objektif travay sa se pèfeksyone yon gwoup moun, sa vle di, pèfeksyone yo pou yo ka vin yon gwoup venkè—kòm premye gwoup moun ki vin konplè, sa vle di premye fwi yo. Yon lòt pa, se pou kite kreyati yo jwi lanmou Bondye, resevwa pi gran delivrans total Bondye a, pou fè lòm jwi nonsèlman mizerikòd ak bonte, men pi enpòtan ankò chatiman ak jijman. Soti nan kreyasyon mond lan rive kounye a, tout sa Bondye fè nan travay Li se lanmou, san rayisman pou lòm. Menm chatiman ak jijman ou wè yo se lanmou tou, yon lanmou ki pi veridik ak pi reyèl, yon lanmou ki mennen moun yo nan vrè chemen lavi limanite a. Yon lòt pa ankò se pou pote temwayaj devan Satan. E lòt pa toujou, se poze baz pou simaye travay levanjil la pi devan. Tout travay Li fè pou kondui moun yo sou bon chemen lavi moun, pou yo ka viv tankou moun nòmal, paske moun yo pa konnen kòman pou yo viv, e san oryantasyon sa, w ap viv sèlman lavi ki vid, lavi ou ap san valè oswa sans, e ou ap totalman enkapab vin moun nòmal. Sa se pi gran siyifikasyon konkèt lòm. Nou tout se desandan Moab. Lè travay konkèt la fèt nan nou, se gran delivrans. Nou tout viv nan yon tè peche ak debòch, e nou tout nan debòch e plen peche. Jodi a nou jis pa kapab kontanple Bondye, men sa ki pi enpòtan, nou resevwa chatiman ak jijman, nou resevwa delivrans vrèman pwofon, sa vle di, nou resevwa pi gran lanmou Bondye a. Nan tout sa Li fè, Bondye vrèman renmen nou. Li pa gen move entansyon. Se akoz peche nou ki fè Li jije nou, pou nou ka egzamine tèt nou e resevwa Gwo delivrans sa. Tout sa fèt pou rann lòm konplè. Soti nan kòmansman jiska lafen, Bondye fè tout sa Li kapab pou sove lòm, e Li pa gen lide fin detwi lèzòm nèt Li te te kreye ak pwòp men Li. Jodi a, Li vini pami nou pou Li travay, e èske delivrans sa pa menm pi gran? Si Li te rayi nou, èske Li t ap toujou fè gwosè travay sa pou gide nou pèsonèlman? Poukisa li ta soufri konsa? Bondye pa rayi nou oswa Li pa gen move entansyon pou nou. Nou ta dwe konnen lanmou Bondye se lanmou ki pi vrè a. Se sèlman paske moun yo dezobeyisan ki fè li dwe sove yo atravè jijman; si se pa t sa, sove yo t ap enposib. Paske nou pa konnen kòman pou nou viv e nou pa menm konsyan kòman pou nou viv, e paske nou viv nan tè debòch e ki plen peche sa e nou menm nou se lespri sal ak imoral, Li pa kapab sipòte pou nou vin pi deprave, Li pa kapab sipòte pou wè n ap viv sou tè sal sa jan n ap fè l kounye a, Satan pilonnen nou jan l vle, e Li pa kapab sipòte pou kite nou tonbe kote mò yo ye. Li vle sèlman genyen gwoup moun sa epi sove nou nèt. Sa se prensipal objektif travay konkèt la nan nou—se jis pou delivrans lan. Si ou pa ka wè tout sa ki fèt nan ou se lanmou ak delivrans, si ou panse se jis yon metòd, yon fason pou toumante lòm, ak yon bagay ki pa merite konfyans, alò ou kapab byen retounen nan mond ou an pou soufri doulè ak difikilte! Si ou vle nan kouran sa, e jwi jijman ak kokenn chenn delivrans sa, jwi tout benediksyon sa yo, benediksyon moun pa ka jwenn okenn kote nan mond lòm nan, e jwi lanmou sa, alò se pou ou bon: Rete nan kouran sa pou asepte travay konkèt la pou ou ka vin pafè. Jodi a ou ka soufri yon ti doulè ak rafinman akoz jijman Bondye, men gen valè ak sans nan soufri doulè sa. Menm si chatiman ak jijman Bondye rafine moun epi ekspoze yo san pitye—objektif la se pini yo pou peche yo, pini yo pou lachè—anyen nan travay sa pa fèt pou kondane lachè yo pou li detwi. Revelasyon grav ki nan pawòl la tout fèt pou mennen nou nan bon chemen an. Nou fè eksperyans pèsonèl ak tèlman yon bon kantite nan travay sa a e, klèman, li pa mennen nou nan move chemen! Tou sa se pou fè ou viv yon eta moun nòmal, e tou sa ou ka reyalize l ak eta moun nòmal ou. Chak etap nan travay Bondye a chita sou bezwen ou yo, selon feblès ou yo, ak selon wotè reyèl ou, e pa gen fado ensipòtab yo mete sou do w. Sa pa klè pou ou jodi a, e nou santi kòm si mwen di avèk ou, e efektivman ou toujou kwè rezon ki fè mwen chatye, jije ak repwoche ou chak jou se paske mwen rayi ou. Men menm si ou soufri chatiman ak jijman, se anreyalite lanmou pou ou, e se pi gran pwoteksyon an. Si ou pa pakab sezi sans ki pi pwofon travay sa, li ap enposib pou ou kontinye fè eksperyans. Delivrans sa a dwe pote konsolasyon pou ou. Pa refize rejwenn bon sans ou. Lè ou rive nan nivo sa, travay konkèt la ta dwe klè pou ou, e ou pa ta dwe gen opinyon sou li yon fason oubyen yon lòt!