Mistè Enkanasyon an (3)
Lè Bondye ap reyalize travay Li, Li pa vini pou angaje nan okenn rasanbleman, men pou akonpli ministè Li. Chak fwa Li vin nan lachè, se sèlman pou Li akonpli yon etap travay e pou Li lanse yon nouvo epòk. Koulye a, epòk Wayòm nan rive, se menm bagay la pou fòmasyon wayòm nan. Etap travay sa a se pa travay moun, epi se pa yon etap ki fèt pou mete moun nan yon degre patikilye, men se sèlman pou rann yon pòsyon nan travay Bondye a konplè. Se pa travay lèzòm Li fè a, se pa pou jwenn rezilta nan moun k ap travay anvan yo kite latè; se pou akonpli ministè Li epi fini travay Li dwe fè a, ki se fè aranjman ki kòrèk pou travay Li sou tè a, epi konsa vin glorifye. Travay Bondye ki vin nan lachè a pa menm ak pa moun Sentespri a itilize yo. Lè Bondye vin fè travay Li sou tè a, akonplisman ministè Li se sèl bagay ki okipe lespri L. Pou tout lòt bagay ki konsène ministè Li, Li pa antre ladan yo, menm nan nivo pou Li inyore yo. Li reyalize travay Li dwe fè senpleman, e ankò mwens pou travay moun ta dwe fè okipe lespri Li. Sa ki gen rapò ak nan ki tan Li ye e ak ministè Li dwe akonpli se sèl travay Li fè, kòm si tout lòt bagay yo pa nan konpetans Li. Li pa bay tèt Li plis konesans fondamantal sou lavi tankou yon moun pami tout moun, ni Li pa aprann plis ladrès sosyal, ni Li pa mete nan tèt Li nenpòt lòt bagay moun ka konprann. Tout bagay moun ta dwe posede pa okipe lespri L ditou e Li jis fè travay ki se devwa Li a, jan lòm wè sa, Bondye ki vin nan lachè a tèlman gen mank nan anpil bagay, Li pa menm okipe pil bagay moun ta dwe genyen, epi li pa konprann bagay sa yo menm. Konesans tout moun genyen sou bagay lavi, menm jan ak prensip ki dirije kondwit pèsonèl e entèraksyon ak lòt moun, parèt pa gen okenn rapò avèk Li. Men, ou jis pa kapab dekouvri yon ti kras bagay ki pa nòmal sou Bondye ki tounen moun nan. Sa vle di, eta moun Li sèlman kenbe lavi moun nòmal Li ak rezònman nòmal sèvo Li, ki ba Li kapasite pou disène ant sa ki byen ak sa ki mal. Sepandan, Li pa genyen okenn lòt bagay pase sa lòm (kreyati yo) ta dwe posede pou kont li. Bondye vin moun sèlman pou akonpli pwòp ministè Li. Travay Li vize tout yon tan, se pa a yon grenn moun oswa yon kote konsa konsa, men a tout linivè a. Sa se direksyon travay Li ak prensip Li travay. Pèsonn pa ka chanje sa a, e moun pa gen okenn fason pou yo antre ladan. Chak fwa Bondye vin tounen moun, Li vini avèk travay tan an, e Li pa gen okenn entansyon viv ansanm ak lòm pandan ven, trant, karant, oswa menm swasanndis oubyen katreven zan pou li ka pi byen konprann e gen yon lide sou Li. Li pa nesesè! Si Li ta fè sa, se pa plis konesans moun t ap vin genyen sou tanperaman natirèl Bondye; pito, sa t ap sèlman mete sou konsepsyon li epi lakòz konsepsyon ak panse li yo pa ka chanje. Kidonk, li enpòtan pou nou tout konprann ekzakteman ki sa travay Bondye ki vin nan lachè a ye. Se vre wi, nou pa gen dwa febli nan konpreyansyon pawòl Mwen te di nou yo: “Rezon ki te fè M vini an, se pa pou Mwen te fè eksperyans lavi yon moun nòmal”? Eske nou bliye pawòl sa yo: “Bondye pa vini sou tè a pou li viv lavi yon moun nòmal”? Nou pa konprann objektif Bondye lè Li tounen moun nan, ni nou pa konnen ki siyifikasyon “Ki jan Bondye ta ka vini sou latè ak entansyon pou Li fè eksperyans lavi yon kreyati?” Bondye vini sou tè a sèlman pou konplete travay Li, e alò travay Li sou tè a dire yon ti tan. Li pa vini sou tè a avèk entansyon pou fè Lespri Bondye transfòme moun ki nan lachè Li a an yon moun siperyè ki pral dirije legliz la. Lè Bondye vini sou tè a, se Pawòl la ki vin tounen moun; poutan, moun pa konnen travay Li e yo fòse ba L pote kèk bagay. Men, nou tout ta dwe konnen, Bondye se “Pawòl la vin nan lachè,” se pa yon moun Lespri Bondye bay fòmasyon pou pran plas Bondye pandan moman sa a. se pa fòmasyon ki fè Bondye Li menm sa Li ye a, men se Pawòl la ki vin nan lachè, e jodi a Li fè travay Li ofisyèlman nan mitan nou tout. Nou tout konnen, epi rekonèt, enkanasyon Bondye a se yon reyalite tout bon, poutan nou aji kòm si nou konprann li. Soti nan travay Bondye ki vin nan lachè a pou rive nan enpòtans ak nati enkanasyon Li a, nou pa anmezi pou konprann bagay sa yo ti yon kras men nou sèlman swiv lòt moun nan resite fasilman pawòl ki soti nan memwa yo. Èske ou kwè Bondye ki vin nan lachè a dwe jan sa ye nan tèt ou a?
Bondye vin tounen moun sèlman pou dirije epòk la e kòmanse nouvo travay. Li nesesè pou nou konprann pwen sa a. Sa diferan anpil ak fonksyon moun, epi yo pa menm ditou. Lòm bezwen jwenn fòmasyon e vin pafè pandan yon bon tan anvan yo ka itilize l pou travay, epi kalite eta moun ki nesesè a se espesyalman yon nivo ki wo. Se pa sèlman eta sans nòmal moun lan lòm dwe kapab soutni, men li dwe plis konprann anpil nan prensip ak règ ki dirije konduit li nan relasyon ak lòt moun, epi, anplis, li dwe angaje nan etidye plis toujou sou sajès ak konesans etik moun. Se sa moun ta dwe genyen. Sepandan, se pa menm bagay lè Bondye vin tounen moun, paske travay Li pa reprezante moun ni li pa travay moun; pito, li se yon ekspresyon dirèk nati Li ak yon aplikasyon dirèk travay Li dwe fè a. (Natirèlman, travay Li te fèt nan bon moman an, se pa pa aza, epi li kòmanse nan lè Li dwe akonpli ministè Li.) Li pa antre nan lavi moun ni nan travay moun, sa vle di, eta moun Li pa gen okenn nan bagay sa yo (byenke sa pa deranje travay Li). Li sèlman ranpli ministè Li nan lè pou Li fè sa; kèlkeswa nivo Li, Li jis ap vanse ak travay Li dwe fè. Kèlkeswa sa moun konnen sou Li ak opinyon moun sou Li, sa yo pa deranje travay Li menm. Paregzanp, lè Jezi te reyalize travay Li, pèsonn pa t konnen egzakteman kiyès Li te ye, men Li te jis pwogrese nan travay Li. Pa gen anyen nan sa ki te anpeche L nan reyalizasyon travay Li dwe fè a. Kidonk, premye bagay Li fè se pa t konfese ni pwoklame pwòp idantite Li, Li te jis fè moun swiv Li. Natirèlman sa a pa t sèlman imilite Bondye, men se te metòd Bondye te travay nan lachè tou. Li te kapab travay sèlman nan fason sa a, paske lèzòm pa t gen okenn fason pou rekonèt Li je kale. E menm si moun te rekonèt Li, sa pa t ap kapab ede nan travay Li. Anplis, Li pa t vin tounen moun pou lèzòm vin konnen kò Li; Li te fè travay ak akonpli ministè Li. Pou rezon sa a, Li pa bay okenn enpòtans sou fè moun konnen idantite L. Lè li te fin akonpli tout travay Li dwe fè, natirèlman tout idantite ak nivo Li te vin parèt klè pou moun. Bondye ki vin tounen moun nan fè silans epi Li pa janm pwoklame anyen. Li pa okipe moun, ni fason y ap mache lè y ap swiv Li, men tou senpleman vanse nan akonplisman ministè Li ak reyalizasyon travay Li dwe fè. Pèsonn pa kapab anpeche L travay. Lè lè a va rive pou L fini travay Li, L ap fini l kanmenm, e pa gen moun ki kapab di lòt fason pou sa fèt. Se sèlman aprè Li fin kite lèzòm lè Li fin rann travay Li konplè, lèzòm pral konprann travay Li fè a, menm si yo pa klè nèt. Epi li pral pran yon bon bout tan pou moun fin konprann konplètman entansyon Li te reyalize premye travay Li premyèman. Nou te ka di tou, travay nan tan Bondye ki vin nan lachè a separe an 2 pati. Yon pati gen ladan travay kò Bondye Li menm ki tounen moun nan fè ak pawòl ki nan kò Bondye Li menm ki tounen moun nan di. Yon fwa ministè a nan kò a fin akonpli nèt, sila yo Sentespri a te itilize ap reyalize lòt pati travay ki rete yo. Se nan moman sa a lòm ta dwe ranpli fonksyon l, paske Bondye te deja louvri chimen an, epi lòm dwe sèlman mache ladan pou tèt li. Sa vle di, Bondye ki vivan nan lachè a reyalize yon pati nan travay la, e alò, Sentespri a ak moun Sentespri itilize ap reyisi nan travay sa a. Kidonk, moun ta dwe konnen egzijans travay Bondye ki vin nan lachè a nan etap sa a ta dwe sitou reyalize a, epi li dwe konprann ekzakteman ki sa enpòtans Bondye vin tounen moun nan ye, e ki sa travay Li dwe fè a ye, e Li pa mande Bondye menm jan lèzòm mande a. Sa se kote erè moun, konsepsyon l, e ankò plis, dezobeyisans li chita.
Bondye pa vin tounen moun avèk entansyon pou pèmèt moun konnen Li nan lachè, oswa pou pèmèt moun distenge diferans ki genyen ant kò Bondye ki vin nan lachè a ak kò moun; ni Bondye pa vin tounen moun pou devlope kapasite pou moun yo disène, e mwens ankò avèk entansyon pou moun ka adore kò Bondye ki vin nan lachè a, kidonk jwenn anpil glwa. Okenn nan bagay sa yo pa t nan entansyon orijinal Bondye lè Li vin tounen moun. Ni Bondye pa vin tounen moun pou kondane lòm, ni pou rann pa fè esprè pou devwale lòm, ni pou rann bagay sa yo difisil pou li. Pa gen okenn nan bagay sa yo ki se entansyon orijinal Bondye a. Chak fwa Bondye vin tounen moun, se yon fòm travay ki pa ka pa fèt. Li aji konsa nan sousi pou pi gwo travay ak pi gwo jesyon Li, epi se pa pou rezon ki moun mete nan tèt yo. Bondye vini sou tè a sèlman paske travay Li egzije sa, epi sèlman paske li nesesè. Li pa vini sou latè ak entansyon pou Li sèlman ap gade adwat agòch, men pou Li fè travay Li dwe fè. Sinon, poukisa Li t ap pran yon gwo fado konsa e pran kalite gwo risk sa yo pou reyalize travay sa a? Bondye vin tounen moun sèlman lè Li gen nesesite pou Li fè sa, e sa toujou gen yon enpòtans espesyal. Si se te sèlman pou pèmèt moun yo gade l ak ogmante konesans yo, enben, Li pa t ap pa janm vini pami lèzòm alalejè konsa tout bon vre. Li vini sou tè a pou jesyon ak pi gwo travay Li yo, epi pou Li ta ka jwenn plis moun. Li vini pou reprezante tan an, Li vini pou kraze tèt Satan, epi Li abiye ak kò moun pou Li ka kraze tèt Satan. Menm plis, Li vini pou gide tout ras imen an k ap viv lavi yo. Tout bagay sa gen enpòtans pou jesyon Li, epi li enpòtan pou travay Li nan tout linivè a. Si Bondye te vin tounen moun jis pou pèmèt lèzòm vin konnen moun Li ye a e pou louvri je moun, poukisa Li pa t ap vwayaje nan tout nasyon? Èske sa pa t ap yon bagay fasil anpil? Men, Li pa t fè sa, Li te pito chwazi yon bon ti kote pou etabli epi kòmanse travay Li dwe fè a. Moun sa a pou kont li gen yon siyifikasyon konsiderab. Li reprezante tout yon tan, epi tou Li reyalize travay tout yon tan; Li alafwa akonpli ansyen tan an e Li inisye nouvo a. Tout bagay sa yo se yon kesyon enpòtan, jesyon Bondye a ap okipe, e tout bagay sa yo se enpòtans yon sèl etap travay Bondye vini sou latè pou Li reyalize. Lè Jezi te vin sou tè a, Li te sèlman di kèk pawòl e Li te fè kèk travay; lavi moun pa t okipe lespri L, epi Li te pati tousuit Li te fin akonpli travay Li. Jodi a, lè Mwen fin pale e ba nou pawòl Mwen yo, e lè nou konprann tout bagay, se pral konklizyon etap sa a nan travay Mwen, nenpòt ki jan lavi nou va ye. Dwe gen kèk moun alavni pou kontinye etap sa a nan travay Mwen e pou kontinye travay sou latè ann akò avèk pawòl sa yo; nan tan sa a, travay ak konstriksyon moun lan pral kòmanse. Men, kounye a, Bondye fè travay Li sèlman pou Li akonpli ministè Li e pou Li konplete yon etap nan travay Li. Bondye travay nan yon fason ki diferan ak jan moun travay. Moun renmen kongregasyon ak fowòm, epi li mete aksan sou seremoni, tandiske sa Bondye pi rayi yo se kongregasyon yo menm ak reyinyon moun. Bondye fè konvèzasyon e Li pale ak moun nan fason ki pa fòmèl; sa a se travay Bondye a, ki pa mare nan pye tab epi tou ki ban nou libète. Sepandan, Mwen rayi nèt rasanble avèk nou, epi Mwen pa ka abitye viv nan prizon tankou nou. Mwen rayi règleman yo kon sa M pa konnen; yo kontwole lòm nan yon nivo li pè kite kote li ye a, li pè pale, e li pè chante, je l fikse dwat devan ou. Mwen rayi fason nou reyini nèt epi mwen rayi gwo kongregasyon yo. Mwen jis pa vle rasanble avèk nou nan fason sa a, paske fason n ap viv la fè yon moun santi li anba chenn epi nou obsève twòp seremoni ak règleman. Si nou te gen pèmisyon dirije, nou t ap fè tout moun koube anba règleman yo, epi yo pa t ap gen okenn fason pou yo retire tèt yo anba règleman yo pandan n ap dirije yo; olye sa, atmosfè relijyon an ta sèlman vin pi entans toujou, e pratik moun yo ta sèlman kontinye ogmante. Gen kèk moun ki kontinye preche ak pale lè yo rasanble epi yo pa janm santi yo bouke, e gen kèk ki ka kontinye preche pandan douz jou san yo pa kanpe. Yo konsidere tout bagay sa yo kòm gwo kongregasyon ak reyinyon lèzòm; yo pa gen anyen pou wè ak yon lavi ki gen manje ak bwè, ki gen rejwisans, oswa yon lespri ki libere. Tout bagay se reyinyon! Reyinyon kòlèg travay nou yo, menm jan ak gwo oswa ti kongregasyon yo, yo tout ban M repiyans, e yo pa enterese M menm. Sa a se prensip travay Mwen: Mwen pa vle preche pandan rasanbleman yo, ni Mwen pa vle pwoklame anyen nan yon gwo asanble piblik, e mwens ankò pou M konvoke nou tout pandan kèk jou nan yon konferans espesyal. Mwen pa wè li bon pou nou tout ta dwe chita, byen nòmal, nan yon rasanbleman; Mwen pa ka wè n ap viv ak limit nenpòt seremoni ba nou, e menm plis, mwen refize antre nan yon seremoni tankou pa nou yo. Plis nou fè sa a, se plis Mwen degoute l. Mwen pa gen pi piti enterè a nan seremoni sa yo ak règleman nou yo; kèlkeswa bon travay n ap fè avèk yo, devan je M, yo tout se abominasyon. Se pa paske plan nou yo pa kadre oswa nivo nou twò ba; se paske Mwen rayi fason nou n ap viv epi, plis ankò, Mwen pa kapab vin abitye ak li. Nou pa konprann ditou travay Mwen vle fè a. Lè Jezi te fè travay Li nan epòk sa a, aprè Li te fin pale nan kèk kote, Li t ap mennen disip Li yo deyò vil la e li t ap pale avèk yo de chimen yo ta dwe konprann yo. Li te konn travay konsa. Travay Li nan mitan foul moun yo pa t anpil epi li te separe. Ann akò ak sa nou mande L, Bondye ki vin nan lachè a pa t ap dwe gen lavi yon moun nòmal; Li dwe fè travay Li, epi, kit Li chita, kanpe, oswa mache, Li dwe pale. Li dwe travay tout tan e Li pa janm kapab kanpe nan “mach” Li, sinon Li t ap neglije devwa Li yo. Èske demand sa yo moun fè mache ak sa ki fè sans pou moun? Ki kote entegrite nou ye? Èske nou pa mande twòp? Èske Mwen bezwen w pou egzaminen M lè M ap travay? Èske Mwen bezwen w pou veye lè M ap akonpli ministè Mwen? Mwen konnen byen ki travay Mwen dwe fè e ki lè Mwen dwe fè l; pa gen okenn nesesite pou lòt moun entèvni. Petèt, li ka parèt pou ou se kòm si Mwen pa t fè anpil bagay, men nan moman sa a travay Mwen an rive nan fini. Ann pran egzanp Jezi nan kat levanjil yo: Èske yo pa t limite tou? Nan moman sa a, lè Jezi te antre nan sinagòg la e Li te preche, Li te fini nan kèk minit pou pi plis, e lè Li te fin pale, Li te mennen disip Li yo sou bato a epi Li pati san okenn eksplikasyon. Nan pi fò, moun yo ki nan sinagòg la te diskite sa antre yo, men Jezi pa t antre ladan. Bondye fè sèlman travay Li dwe fè, e pa gen anyen anplis sa. Koulye a, anpil moun vle pou Mwen pale plis, omwen plizyè èdtan chak jou. Jan nou wè sa, Bondye sispann Bondye si Li pa pale, epi se sèlman moun ki pale ki se Bondye. Nou tout avèg! Nou tout sovaj! Nou se tout bagay inyoran ki pa gen okenn sans yo! Konsepsyon nou yo twòp! Nou ale twò lwen nan demand nou you! Nou pa moun! Nou pa konprann ditou sa Bondye ye! Nou kwè tout moun k ap pale yo se Bondye, e nenpòt moun ki vle ba nou pawòl la se papa nou. Manyè di Mwen, èske nou tout, avèk karakteristik “byen nòmal” e aparans “diferan” nou yo, toujou gen menm yon ti kras bon sans? Poutan, èske ou konnen solèy syèl la! Nou menm jan ak yon dirijan visye e kòwonpi, kidonk ki jan nou kapab gen bon sans? Ki jan nou kapab fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal? Mwen ba nou anpil bagay, men konbyen pami nou ki bay sa valè? Ki moun ki posede l nèt? Nou pa konnen ki moun ki te louvri chimen kote n ap mache jodi a, kidonk, nou kontinye ap mande Mwen, fè Mwen demand bagay ridikil ak san sans sa yo. Èske nou pa chanje koulè lè n anbarase? Eske Mwen pa pale ase? Èske Mwen pa fè ase? Kilès nan nou ki kapab vrèman pran swen pawòl Mwen yo tankou yon trezò? Nou flate Mwen lè nou nan prezans mwen, men nou bay manti e nou fè koken lè nou pa nan prezans Mwen! Aksyon nou yo twò degoutan, epi yo revòlte M! Mwen konnen sèl rezon ki fè nou mande M pou Mwen pale ak travay se pou fè kè nou kontan e ogmante konesans nou, se pa nan sousi pou lavi nou transfòme. Mwen pale anpil avèk nou. Lavi nou ta dwe chanje depi byen lontan, alò, poukisa nou toujou kontinye ap plonje nan vye eta yo jouk kounye a? Èske se kapab vòlè yo te vòle pawòl Mwen yo nan nou epi nou pa t resevwa yo? An verite, Mwen pa ta vle di anyen ankò pou M pèdi tèt Mwen menm jan ak nou—se t ap pou gremesi! Mwen pa vle fè anpil travay initil! Nou vle sèlman ogmante konesans nou oswa fè fèt, epi nou pa jwenn lavi! Nou tout twonpe tèt nou! Mwen mande nou, ki kantite nan sa Mwen te pale avèk nou fas-a-fas yo nou te mete an pratik? Tout sa nou fè se fè jwèt koken pou nou twonpe lòt moun! Mwen rayi moun pami nou ki renmen founi je gade tankou espektatè e Mwen wè kiryozite nou abominab pwofondman. Si nou pa la paske n ap chèche vrè chimen an oswa paske nou swaf verite a, enben, Nou se ki banm degoutans! Mwen konnen nou koute M pale sèlman pou satisfè kiryozite nou oswa pou akonpli youn nan dezi moun ki saf nou yo. Nou pa gen okenn lide nan tèt nou pou n chèche egzistans verite a, ni pou nou dekouvri wout dwat pou antre nan lavi; Nou jis pa gen demand sa yo pami nou. Tout sa nou fè se trete Bondye tankou yon jwèt nou etidye ak renmen. Nou pa gen ase pasyon pou chèche lavi, men anpil dezi pou nou kirye! Lè Mwen eksplike chimen lavi a bay moun sa yo, se kòm si M ap pale nan vid; Mwen ka pa pale ditou! Kite M di nou: Si nou jis ap chèche ranpli vid ki nan kè nou an, enben li t ap pi bon pou nou pa vin kote M! Nou dwe bay enpòtans a kesyon pou gen lavi a! Pa twonpe tèt nou! Li t ap pi bon pou baze sou kiryozite nou pou nou kontinye chèche lavi oswa pou nou itilize li kòm yon pretèks pou mande L pale avèk nou. Tout sa yo se bagay nou bon ladan! Mwen mande nou ankò: Nan ki kantite bagay Mwen mande w pou antre ou vrèman antre? Èske ou konprann tout sa Mwen te di w yo? Èske w travay pou mete an pratik tout sa Mwen te pale avèk ou yo?
Bondye Li menm inisye travay chak tan yo, men ou ta dwe konnen sa, kèlkeswa metòd Bondye travay la, Li pa vini kòmanse yon rasanbleman, oswa fè konferans espesyal, oswa yo etabli nenpòt ki kalite òganizasyon sou non nou. Li vini sèlman pou reyalize travay Li dwe fè a. Pèsonn pa anpeche Li travay. Li fè travay Li nenpòt jan Li vle; kèlkeswa sa moun panse oswa konnen sou Li, se sèlman fè travay Li ki okipe lespri L. Soti nan kreyasyon mond lan jiska prezan, deja gen twa etap travay; soti nan Jewova rive nan Jezi, e soti nan tan Lalwa jouk nan tan Lagras la, Bondye pa janm konvoke lèzòm nan yon konferans espesyal, ni Li pa janm reyini tout limanite ansanm pou yo ka konvoke yon konferans travay mondyal espesyal e konsa elaji dominasyon travay Li. Tout sa Li fè se reyalize premye travay yon tan nèt nan yon moman ki apwopriye e nan yon kote ki apwopriye, kidonk nan inisye tan an e nan dirije limanite sou fason pou yo viv lavi yo. Konferans espesyal yo se kongregasyon moun yo; Lè yo rasanble moun ansanm pou selebre jou ferye, sa se travay moun. Bondye pa obsève jou ferye e, anplis, Li degoute bagay sa yo; Li pa konvoke konferans espesyal, e, anplis, Li degoute yo. Koulye a, ou ta dwe konprann ekzakteman ki travay Bondye ki vin nan lachè a fè!