Mistè Enkanasyon an (4)

Nou ta dwe konnen istwa ki dèyè Bib la ak sa li fè yo. Konesans sa a pa pou moun ki pa aksepte nouvo travay Bondye a. Yo pa konnen. Si w te dwe pale klè sou enpòtans bagay sa yo, yo pa t ap suiv Bib la avèk ou. Yo toujou ap fouye pwofesi yo: Èske pawòl sa a akonpli? Èske pawòl sa a akonpli? Yo aksepte levanjil la ann daprè Bib la, epi yo preche levanjil la selon Bib la. Kwayans yo nan Bondye repoze sou pawòl ki nan Bib la; san Bib la, yo pap kwè nan Bondye. Se fason sa a yo viv, nan soumèt Bib la anba ti ekzamen. Lè yon lòt fwa ankò, yo vin fouye nan Bib la epi yo mande w eksplikasyon, w ap di: “Premyèman, nou pa gen pou n verifye chak pawòl. An nou gade pito ki jan Sentespri a travay. An nou pran wout n ap mache a epi an nou konpare l avèk verite yo pou nou wè si chemen sa a se travay Sentespri a tout bon, epi an nou sèvi ak travay Sentespri a pou n wè si yon chemen konsa kòrèk. Kit pawòl sa a oswa sa a rive jan yo te di a, nou menm moun, nou pa ta dwe fouye bwa nen nou ladan. Olye travay Sentespri a ak dènye travay Bondye ap fè a, li pi bon pou nou pou nou pale.” Pwofesi yo ki nan Bib la se pawòl Bondye pwofèt yo te transmèt nan moman sa a ak pawòl moun Bondye te itilize yo te ekri, ki te enspire; se sèlman Bondye Li menm ki kapab eksplike pawòl sa yo, se sèl Sentespri a ki ka fè konnen ki sa pawòl sa yo vle di, epi se sèl Bondye Li menm ki kapab kraze sèt so yo epi louvri woulo liv la. Ou di: “Ou pa Bondye, e ni Mwen menm tou, kidonk ki moun ki azade l eksplike pawòl Bondye yo alalejè? Èske w oze eksplike pawòl sa yo? Menm si pwofèt Jeremi, Jan ak Eli te dwe vini, yo pa t ap oze eseye eksplike pawòl sa yo, paske se pa yo ki ti Mouton an. Se sèl ti Mouton an ki kapab kraze sèt so yo epi louvri woulo liv la, e okenn lòt moun pa kapab eksplike pawòl Li yo. Mwen pa oze vòlè non Bondye a, e mwens ankò pou Mwen ta eseye eksplike pawòl Bondye yo. Mwen kapab sèlman yon moun ki ap obeyi Bondye. Èske ou se Bondye? Okenn nan kreyati Bondye yo pa azade yo louvri woulo liv la ni eksplike pawòl sa yo, e konsa mwen pa azade M eksplike yo tou. Li pi bon pou ou pou w pa eseye eksplike yo. pèsonn pa dwe eseye eksplike yo. Ann pale sou travay Sentespri a; moun kapab fè tout sa. Mwen konnen yon ti kras sou travay Jewova ak Jezi, men kòm Mwen pa gen okenn eksperyans pèsonèl nan yon travay konsa, Mwen ka sèlman pale de li tou piti. Pou sans pawòl Ezayi oswa Jezi te di nan tan pa yo, Mwen pa pral bay okenn eksplikasyon. Mwen pa etidye Bib la, men Mwen swiv travay Bondye a kounye a pito. An reyalite, ou konsidere Bib la tankou ti woulo liv la, men èske se pa sèl ti Mouton an ki gen pouvwa pou louvri l? Apa ti Mouton an, ki lòt moun ki kapab louvri l? Se pa ou ki ti Mouton an, e mwens ankò pou M oze deklare Mwen se Bondye Li menm, kidonk, kite nou pa fè analiz sou Bib la oswa mete l anba ti egzamen. Nou pa gen nan tèt nou pou diskite sou travay Sentespri a fè ditou, sa vle di sou travay Bondye Li menm fè kounye a. Ann wè ki sa prensip travay Bondye ye e ki sa nati travay Li ye, pandan n ap sèvi avèk sa yo pou verifye si chemen nou mache jodi a bon, epi nan fason sa a pou n pa gen dout sou li.” Si nou vle preche levanjil la, sitou ak moun ki nan mond relijye a, nou dwe konprann Bib la epi nou dwe metrize mistè ki andedan l yo; otreman, ou pap ka preche levanjil la ditou. Depi w fin metriz pi gwo imaj la, e ou sispann egzaminen pawòl san vi sa yo ki gen nan Bib la konsa konsa, men ou pale sèlman sou travay Bondye a ak verite lavi a, lè sa a ou pral kapab jwenn moun k ap chache ak yon kè tout bon yo.

Travay Jewova a, lwa Li te mete an plas yo, ak prensip Li te gide lèzòm pou yo viv lavi yo, kontni travay Li te fè nan tan Lalwa a, enpòtans sa genyen lè Li etabli lwa Li yo, enpòtans travay Li nan Tan Lagras la, ak ki travay Bondye fè nan etap final sa a: nou ta dwe konprann bagay sa yo. Premye etap la se travay Tan Lalwa a, dezyèm lan se travay Tan Lagras la, e twazyèm nan se travay dènye jou yo. Nou dwe klè sou etap sa yo nan travay Bondye. Soti nan konmansman pou rive nan fen, gen twa etap an tou. Ki enpòtans chak etap travay? Konbyen etap nan travay la ki te fèt nan plan jesyon sis mil ane a? Kouman yo te reyalize etap sa yo, e poukisa yo chak te fèt nan pwòp fason patikilye li? Tout sa yo se kesyon ki enpòtan. Travay ki fèt nan chak tan gen valè li reprezante. Ki travay Jewova te reyalize? Poukisa Li te fè l nan fason patikilye sa a? Poukisa yo te rele Li Jewova? Ankò, ki travay Jezi te reyaliize nan Tan Lagras la, e nan ki fason Li te fè l? Ki aspè nan dispozisyon Bondye chak etap travay e chak laj te reprezante? Ki aspè nan dispozisyon L yo te eksprime nan Tan Lalwa a? E ki aspè nan Tan Lagras la? Epi ki aspè nan tan final la? Nou dwe klè sou kesyon esansyèl sa yo. Pandan plan jesyon sis mil ane a, yo devwale tout dispozisyon Bondye a. Se pa nan Tan Lagras la yo devwale l sèlman, ni se pa nan Tan Lalwa la sèlman, mwens ankò se pa sèlman nan peryòd dènye jou sa yo. Se jijman, kòlè ak chatiman, travay ki te fèt nan dènye jou yo reprezante. Travay ki te fèt nan dènye jou yo pa kapab ranplase travay nan Tan Lalwa a oswa travay nan Tan Lagras la. Poutan, twa etap yo, lè yo konekte yonn ak lòt, yo fòme yon sèl bagay, e yo tout se travay yon sèl Bondye a. Natirèlman, travay sa a dekoupe an moso tan lè y ap ekzekite l. Travay ki fèt nan dènye jou yo fè tout bagay fini; sa ki te fèt nan Tan Lalwa a se te travay kòmansman an; e sa ki te fèt nan Tan Lagras la se te travay redanmsyon an. Pou vizyon travay tout plan jesyon sis mil ane sa yo, pesonn pa kapab gen okenn lide ni konpreyansyon, e vizyon sa yo rete kòm devinèt. Nan dènye jou yo, se sèlman travay pawòl Bondye a ki fèt pou inisye Tan Wayòm nan, men Li pa reprezante tout tan yo. Dènye jou yo pa plis pase Tan Wayòm nan, e yo pa reprezante Tan Lagras la oswa Lalwa a. Jis se pandan dènye jou yo, yo devwale ba nou tout travay plan jesyon sis mil ane a. Sa se mistè a ki devwale. Pèsonn pa kapab devwale kalite mistè sa a. Kèlkeswa nan nivo yon moun konprann Bib la, se pawòl li ye sèlman, paske lòm pa konprann enpòtans Bib la. Lè l ap li Bib la, lòm ka konprann kèk verite, li ka eksplike kèk pawòl, oswa mete kèk pasaj ak chapit ki pi popilè yo anba ti ekzamen l, men li pap janm kapab retire enpòtans pawòl sa yo genyen, paske tout moun wè yo se pawòl ki mouri, se pa sèn travay Jewova ak Jezi yo, epi moun pa gen okenn fason pou demantle mistè travay sa a. Se poutèt sa, mistè plan jesyon sis mil ane a se mistè ki pi gran an, ki kache kote ki pi pwofon an, e moun pa ka sonde ditou a. Pèsonn pa ka konprann volonte Bondye dirèkteman, sof si Bondye Li menm eksplike l ak revele l bay lòm; otreman, bagay sa yo ap rete kòm devinèt tout tan pou moun, ap rete tout tan yon mistè ki sele. Pa janm bliye moun sa yo ki nan mond relijye a; si nou pa t pale jodi a, nou pa t ap konprann li tou. Travay sis mil ane sa a gen plis mistè pase tout pwofesi pwofèt yo. Soti nan kreyasyon pou rive kounye a, li se pi gran mistè a, e pa gen yon sèl pami pwofèt yo nan tout tan yo ki te janm kapab sonde l, paske se nan tan final la mistè sa a devwale sèlman epi li pa t janm devwale anvan. Si nou kapab konprann mistè sa a, epi si nou kapab resevwa l nan tout sa l ye, enben mistè sa a pral bat tout moun relijye yo. Sèlman, sa a se pi gran vizyon an; li se sa moun pi anvi konprann nan men tou li se sa ki mwens klè pou li a. Lè nou te nan Tan Lagras la, nou pa t konnen ki travay Jezi te fè oswa sa Jewova te fè a. Moun yo pa t konprann poukisa Jewova te tabli lwa yo, poukisa li te mande foul moun yo pou yo kenbe lwa yo oswa poukisa tanp lan te dwe bati, e mwens ankò moun pa t konprann poukisa yo te mennen Izrayelit yo soti nan peyi Lejip rive nan dezè a epi ale nan peyi Kanaran. Se pa t jouk rive jou sa a yo devwale bagay sa yo.

Travay dènye jou yo se etap final la nan twa etap yo. Li se travay yon lòt nouvo tan e li pa reprezante tout travay jesyon an. Plan jesyon sis mil ane a separe an twa etap travay. Pa gen yon sèl etap pou kont li ki kapab reprezante travay twa tan yo, men se sèlman yon pati nan tout travay la. Non Jewova pa ka reprezante tout dispozisyon Bondye. Paske Li te reyalize travay Li nan Tan Lalwa pa pwouve, Bondye kapab sèlman Bondye lè Li anba Lalwa. Jewova te tabli lwa yo pou lòm e Li te ba l kòmandman yo, li te mande lòm pou l bati tanp lan ak lotèl yo; travay li te fè a reprezante sèlman Tan Lalwa a. Travay sa a Li te fè a pa pwouve Bondye se sèlman yon Bondye ki mande lòm respekte lalwa a, oswa Li se Bondye nan tanp lan, oswa Li se Bondye devan lotèl la. Pou di sa ta dwe vre. Travay ki fèt anba lalwa a kapab reprezante sèlman yon tan. Se poutèt sa, si Bondye te sèlman fè travay nan tan Lalwa a, lè sa a moun ta fèmen Bondye nan definisyon sa a, ki di: “Bondye se Bondye ki nan tanp lan, e, pou nou ka sèvi Bondye nou dwe mete rad prèt sou nou epi antre tanp lan.” Si travay Tan Lagras la pa t janm reyalize e Tan lalwa a te kontinye jouk kounye a, moun pa t ap konnen, Bondye gen pitye ak renmen tou. Si travay nan Tan Lalwa a pa t fèt, e se te sèlman travay na Tan Lagras la pito, enben tout moun t ap vin konnen Bondye kapab sèlman rachte moun ak padonnen peche moun. Lòm ta konnen sèlman Li sen e inosan, e pou lèzòm Li kapab sakrifye tèt Li epi kloure sou kwa. Lòm t ap konnen sèlman bagay sa yo, men li pa t ap konprann anyen ankò. Se poutèt sa, chak tan reprezante yon pati nan dispozisyon Bondye a. Pou sa ki gen a wè ak ki aspè nan dispozisyon Bondye ki reprezante nan Tan Lalwa a, nan Tan Lagras, e nan etap sa a kounye a: se sèlman lè tout twa etap yo fè yon sèl y ap kapab devwale tout dispozisyon Bondye. Se sèlman lè lòm rive konnen tout twa etap yo, l ap kapab konprann li nèt. Yo pa ka retire okenn nan twa etap yo. Nou pral sèlman wè tout dispozisyon Bondye a apre nou fin vin konnen twa etap travay sa yo. Paske Bondye te fini travay Li nan Tan Lalwa a sa pa pwouve Li se sèlman Bondye ki anba lalwa, e poutèt Li te akonpli travay redanmsyon Li an pa vle di Bondye ap rachte limanite pou tout tan. Se moun ki fè tout konklizyon sa yo. Tan Lagras la fini, enben ou pa kapab di se pou kwa sèlman a Bondye vini epi se kwa a sèlman ki reprezante sali Bondye a. Lè w fè sa, se Bondye ou t ap defini. Nan etap kounye a, Bondye ap fè travay pawòl la prensipalman, men ou pa kapab di lè sa a Bondye pa janm gen mizerikòd pou moun epi chatiman ak jijman se tout sa Li pote. Travay nan dènye jou yo pote travay Jewova ak Jezi ak tout mistè lèzòm pa konprann, yon fason pou revele destinasyon ak fen limanite epi pou fini tout travay sali a pami lèzòm. Etap travay sa a nan dènye jou yo fini ak tout bagay. Tout mistè moun pa konprann yo dwe devwale pou pèmèt moun antre fon nan yo epi gen yon konpreyansyon ki klè nèt nan kè li. Se sèlman lè sa a yo kapab klase ras moun nan selon kalite li. Se sèlman aprè plan jesyon sis mil ane a fini, moun pral rive konprann tout dispozisyon Bondye a, paske jesyon Li pral rive nan bout li. Kounye a, piske nou fè eksperyans travay Bondye nan dènye tan an, ki sa dispozisyon Bondye ye? Èske w oze di, Bondye se Bondye a ki jis di pawòl e pa gen anyen anplis? Ou pa tap azade w fè yon konklizyon konsa. Gen kèk moun ki t ap di, Bondye se Bondye ki konn devwale mistè yo, Bondye se ti Mouton an ak Sila a ki kase sèt so yo. Men, pèsonn pa oze fè yon konklizyon konsa. Gen lòt moun ki ta ka di, Bondye se moun ki vivan nan kò a, men sa ta p toujou pa gen sans. Gen lòt moun ki ta kapab di, Bondye ki vin nan lachè a sèlman pale epi Li pa fè siy ak mèvèy yo, men ou pa t ap oze ankò mwens pale nan fason sa a, paske Jezi te vin tounen moun e Li te fè siy ak mèvèy yo, kidonk, ou pa t ap oze defini Bondye konsa konsa. Tout travay ki te fèt pandan tout plan jesyon sis mil ane a rive nan bout li kounye a. Se sèlman aprè tout travay sa a fin devwale bay lòm epi ki fin fèt nan mitan limanite, lèzòm pral konnen tout dispozisyon Bondye, ki sa Li genyen e ki sa Li ye. Lè travay etap sa a fini nèt, tout mistè moun pa t konprann yo pral devwale, tout verite moun potko konprann pral parèt klè, epi yo pral di tout moun chemen lavni ak destinasyon yo. Tout travay sa a dwe fèt nan etap kounye a. Menm si chemen lòm ap mache jodi a se chemen kwa a tou ak chemen soufrans lan, sa lòm pratike, ak sa li manje, bwè ak jwi jodi a yo diferan anpil ak sa lòm te jwenn lè li te anba Tan Lagras la. Sa yo mande moun jodi a diferan ak sa nan tan pase e menm pi diferan ak sa yo te mande moun nan Tan Lalwa. Kounye a, ki sa yo te mande moun ki te anba lalwa lè Bondye t ap fè travay Li nan pèp Izrayèl la? moun ta dwe sèlman respekte jou repo a ak lwa Jewova yo. Pèsonn pa t dwe travay jou repo a ni transgrese lwa Jewova yo. Men, se pa konsa sa ye kounye a. Jou Saba a, moun travay, rasanble, ak priye kòm dabitid, epi yo pa ba l okenn limit. Moun ki nan Tan Lagras yo te dwe batize, epi yo te mande yo pou yo fè jèn, pou yo kase pen, pou yo bwè diven, pou yo kouvri tèt yo epi pou yo lave pye lòt moun pou yo. Kounye a, règleman sa yo aboli, men yo mande moun pi gwo bagay, paske travay Bondye toujou ap grandi epi antre moun nan rive toujou kote pi wo a. Nan tan pase, Jezi te poze men L sou moun e Li te priye, men kounye a tout bagay fin di, ki sa poze men an fè? Pawòl yo pou kont yo kapab pote rezilta. Lè Li te poze men L sou moun nan tan pase a, se te pou beni moun epi tou pou geri l’ anba maladi li yo. Se te fason sa a Sentespri a te travay nan tan sa a, men se pa menm bagay la kounye a. Kounye a, Sentespri a sèvi ak pawòl yo pou Li travay e pou Li bay rezilta. Pawòl Li yo vin klè pou nou, epi nou ta dwe mete yo an pratik menm jan sa te di a. Pawòl Li se volonte L; yo se travay Li vle fè. Atravè pawòl Li yo, ou pral konprann volonte Li ak sa Li mande w pou rive fè, epi ou ka jis mete pawòl Li yo an pratik dirèkteman san okenn nesesite pou poze men. Gen moun ki ka di, “Mete men ou sou mwen! Mete men ou sou mwen pou m ka resevwa benediksyon W yo e pou m ka patisipe avèk Ou.” Tout bagay sa yo se pratik demode nan tan pase a, kounye a ki pa alamòd, paske tan an chanje. Sentespri a ap travay an akò avèk tan an, Li pa ni nan aza ni nan konfòmite avèk règleman yo mete. Tan an chanje, epi yon nouvo tan pote kanmenm avèk li nouvo travay. Sa a se yon verite nan chak etap travay, e alò travay Li pa janm repete. Nan Tan Lagras la, Jezi te fè yon bon kantite nan kalite travay sa a, tankou geri malad yo, chase move lespri yo, poze men L sou moun pou priye pou li, e Li t ap beni moun. Poutan, li pap gen sans pou nou fè sa ankò jounen jodi a. Nan moman an, Sentespri a te travay nan fason sa a paske se te Tan Lagras la, e gras ki te genyen an te sifi pou lèzòm jwi. Yo pa t mande l peye anyen, e toutotan li te kwè nan Bondye, li t ap resevwa gras. Yo te trete tout bagay avèk anpil gras. Kounye a, tan an chanje, e travay Bondye a pwogrese plis; yo pral netwaye rebelyon moun ak bagay ki pa pwòp nan moun atravè chatiman ak jijman. Etap redanmsyon sa a, Bondye gen dwa travay nan fason sa a, pandan L ap montre gras ki sifi pou lòm jwi, pou moun ka rachte anba peche epi, avèk favè Bondye, pou li jwenn padon pou peche l yo. Etap kounye a dwe ekspoze enjistis ki nan moun avèk chatiman, jijman, fraka nan pawòl, menm jan ak disiplin e revelasyon pawòl yo tou, pou moun ka sove aprè sa. Travay sa a ale pi lwen pase redanmsyon an. Gras nan Tan Lagras la te sifi pou moun pran plezi; kounye a piske lòm deja fè eksperyans gras sa a, li pa jwi l ankò. Kounye a tan travay sa a pase e li pap tounen ankò. Kounye a, lòm dwe sove atravè jijman pawòl la. Aprè yo fin jije lòm, chatye, ak rafine, lè sa a dispozisyon li ap chanje. Eske se pa paske Mwen te pale tout bagay sa yo? Chak etap travay la fèt daprè tout limanite e daprè tan an. Tout travay la enpòtan, epi tout fèt pou sali final la, pou limanite ka gen yon bon destinasyon nan tan k ap vini an, e pou to ka klase moun selon kalite li nan fen an.

Pale pawòl yo se travay dènye jou yo. Pawòl yo kapab pote gwo chanjman nan moun. Chanjman ki fèt kounye a nan moun sa yo lè yo aksepte pawòl sa yo pi plis pase sa yo ki fèt nan moun lè yo aksepte siy ak mèvèy nan Tan Lagras la. Paske, nan Tan Lagras la, yo te chase move lespri soti nan moun avèk poze men e fè lapriyè, men dispozisyon kòwonpi ki nan moun te rete menm jan. Moun te geri nan maladi l, peche l yo padonnen, men pou jan lòm te dwe pirifye nan dispozisyon satanik koripsyon l la, travay sa a te dwe deja fèt. Lòm te sèlman jwenn sali ak padon pou lafwa l, men nati peche lòm nan pa t disparèt e li toujou rete nan li. Peche lòm yo te padonnen atravè Bondye ki vin nan lachè a, men sa pa t vle di moun pa t gen peche nan li ankò. Lòm p at kapab jwenn padon pou peche yo san ofrann, men pou jis konnen ki jan lòm ka pa peche ankò, e ki jan nati peche l ka disparèt nèt epi transfòme, li pa ka rezoud pwoblèm sa a menm menm. Lòm te jwenn padon pou peche l yo, e se travay krisifiksyon Bondye a ki fè sa men lòm te kontinye ap viv nan dispozisyon satanik kòwonpi ansyen l la. Kidonk, lòm dwe sove konplètman anba dispozisyon satanik kòwonpi l la, pou nati peche l ka disparèt nèt, pa janm devlope ankò, lè sa a dispozisyon lòm nan ap kapab transfòme. Sa ta mande pou moun konprann chemen kwasans nan lavi a, konprann vrè chemen lavi a, e konprann chemen ki mennen nan chanjman dispozisyon l lan. Anplis, li t ap mande pou moun aji ann akò ak wout sa a, pou dispozisyon li ka chanje piti piti e pou li ka viv anba limyè k ap klere a, pou l ka fè tout bagay selon volonte Bondye, pou l ka chase dispozisyon satanik kòwonpi l la, epi pou l ka libere anba enfliyans fènwa Satan an, kidonk l ap sòti nèt nan peche. Se sèlman lè sa a lòm pral resevwa sali konplè. Nan moman Jezi t ap fè travay Li, konesans moun sou Li te toujou vag epi pa klè. Lèzòm te toujou kwè Li se pitit David, e yo te pwoklame L kòm yon gwo pwofèt, Senyè benevòl ki te rachte moun nan peche yo. Gen kèk moun, sou fòs lafwa yo, ki te geri jis paske yo te rive touche ke rad Li; avèg yo te kapab wè e menm mò yo te kapab retounen nan lavi. Poutan, lòm pa t kapab dekouvri dispozisyon satanik kòwonpi ki anrasinen nan li menm, ni li pa t konnen ki jan pou li voye l jete. Moun te resevwa anpil gras, tankou lapè ak kontantman kò a, lafwa yon sèl manm ki pote benediksyon sou tout yon fanmi, gerizon nan maladi, elatriye. Rès bagay yo se te bon zèv moun fè ak jan li sanble respekte Bondye; si yon moun te kapab viv sou baz bagay sa yo, yo te konsidere l se yon kwayan ki akseptab. Se sèlman kwayan sa yo ki te kapab antre nan syèl la apre lanmò, ki vle di, yo te sove. Men, nan lavi yo, moun sa yo pa t konprann ditou vrè chemen lavi a. Tout sa yo te fè se komèt peche e alò konfese peche nètalkole san yo pa jwenn okenn chemen pou chanje dispozisyon yo: Sa se te kondisyon moun nan Tan Lagras la. Èske moun resevwa sali konplè? Non! Kidonk, apre etap travay fini, travay jijman an ak chatiman te toujou rete. Etap sa a rann moun pwòp pa mwayen pawòl la, e kidonk ba li yon chemen pou li swiv. Etap sa a pa t ap bay rezilta ni gen sans si l te kontinye nan chase move lespri yo, paske li t ap rive disparèt nati peche moun lan, e moun t ap vin rete nan remisyon pou peche l yo. Atravè ofrann pou peche a, lòm jwenn padon pou peche l yo, paske travay krisifiksyon an deja rive nan bout li epi Bondye domine sou Satan. Men, dispozisyon kòwonpi lòm toujou rete nan li, lòm kapab toujou fè peche e reziste ak Bondye, epi Bondye pa jwenn limanite. Se poutèt sa nan etap sa travay sa a Bondye sèvi ak pawòl la pou Li ekspoze dispozisyon kòwonpi moun, sa ki rann li kapab pratike selon vrè chemen an. Etap sa a gen plis sans pase etap anvan an, konsa li bay plis rezilta tou, pou kounye a li se pawòl Bondye a ki bay moun lavi dirèkteman e ki rann dispozisyon moun kapab renouvle nèt; li se yon etap travay ki pi apwofondi. Kidonk, enkanasyon an nan dènye jou yo konplete enpòtans enkanasyon Bondye a e fini plan jesyon sali moun nan nèt.

Sali moun nan Bondye pa fèt dirèkteman avèk metòd ak idantite Lespri a, paske moun pa kapab ni touche ni wè, ni moun pakapb pwoche bò kote L. Si Li te eseye sove moun dirèkteman pandan L ap sèvi ak mannyè Lespri a, moun t ap kapab resevwa Sali Li a. Si Bondye pa t pran fòm eksteryè yon kreyati, moun pa t ap kapab resevwa sali sa a ditou. Paske, lòm pa gen mwayen pou yo pwoche bò kote L, menm jan pèsonn pa t kapab pwoche bò nyaj Jewova a. Se sèlman lè Li vin yon Kreyati, sa vle di, se sèlman lè Li mete pawòl li nan kò lachè Li pral vin tounen an, Li kapab aji pèsonèlman ak pawòl la nan tout moun k ap swiv Li. Se sèlman lè sa a moun kapab wè ak tande pawòl Li pèsonèlman, e anplis, li kapab gen pawòl Li, epi se pa mwayen sa a li rive sove totalman. Si Bondye pa t vin tounen moun, pèsonn moun pa t p kapab resevwa gran sali sa a, ni yon sèl moun pa t ap sove. Si Lespri Bondye a te travay dirèkteman nan mitan limanite, tout moun t ap frape, osnon, san gen okenn fason pou antre an kontak ak Bondye, Satan ta pral jete yo prizon nèt. Premye enkanasyon an te dwe rachte lòm nan peche, pou rachte l avèk kò lachè Jezi, sa vle di, Li te sove nan kwa a, men dispozisyon satanik kòwonpi lan te toujou rete nan lòm. Dezyèm enkanasyon an pa sèvi kòm ofrann pou peche ankò, men pito pou sove tout moun ki te delivre anba peche. Sa fèt pou moun ki te jwenn padon yo ka delivre anba peche yo e pou yo vin pwòp nèt, e lè dispozisyon yo rive chanje, jwenn libète anba enfliyans fènwa Satan an epi retounen devan fòtèy Bondye a. Se sèlman nan fason sa a moun kapab rive sanktifye konplètman. Apre Tan Lalwa te rive nan bout li, e Tan Lagras te kòmanse, Bondye te tanmen travay sali a, ki kontinye jouk nan dènye jou yo lè, nan jije ak chatye tout moun pou rebelyon yo, Li pral pirifye limanite konplètman. Se sèlman lè sa a Bondye pral fini travay Sali Li a epi Li pral repoze. Kidonk, nan twa etap nan travay yo, se sèlman de fwa Bondye te vin tounen moun pou reyalize travay Li pou tèt Li pami lèzòm. Sa se paske se yon sèl nan twa etap travay yo ki dwe gide moun nan mennen lavi yo, tandiske 2 lòt yo gen ladan yo travay sali a. Se sèlman lè Li vin nan lachè Bondye kapab viv ansanm ak moun, fè eksperyans soufrans mond lan, e viv nan yon kò moun nòmal. Se sèlman nan fason sa a Li kapab bay moun vrè chemen pratik la yo bezwen antanke kreyati. Se atravè enkanasyon Bondye a lòm resevwa sali a an plen nan men Bondye, epi se pa repons priyè l yo ki soti nan syèl la dirèkteman. Paske, lòm se lachè, li pa gen okenn fason pou l wè Lespri Bondye a, e mwens ankò pou l pwoche bò kote Lespri L. Tout moun ka antre an kontak ak kò Bondye ki vin tounen moun nan, e se mwayen sa a sèlman moun genyen pou kapab konprann tout vrè chemen an ak tout laverite epi pou li resevwa sali konplè. Dezyèm enkanasyon an pral sifi pou netwaye peche lòm e pou pirifye l nèt. Pakonsekan, avèk dezyèm enkanasyon an, tout travay Bondye a nan moun nan pral fini e enpòtans enkanasyon Bondye a dwe vin konplè. Apati de kounye a, travay Bondye a nan moun nan pral fini nèt. Aprè dezyèm enkanasyon an, Li pa pral vin tounen moun yon twazyèm fwa pou Li travay. Paske tout jesyon Li pral rive nan bout li. Enkanasyon dènye jou yo pral jwenn moun Li chwazi yo konplètman, epi nan dènye jou yo, yo pral klase tout moun selon kalite yo. Li pa pral fè travay sali a ankò, ni Li pa pral retounen sou fòm moun nan pou Li reyalize okenn travay. Nan travay dènye jou yo, pawòl la gen plis fòs pase manifestasyon siy ak mèvèy yo, epi otorite pawòl la depase otorite siy ak mèvèy yo. Pawòl la ekspoze tout dispozisyon kòwonpi ki te antere byen fon nan kè moun. Ou pa ka rekonèt yo pou kont ou ditou. Lè pawòl fè yo parèt devan w, ou pral vin dekouvri yo natirèlman; ou pap kapab nye yo, epi ou pa pral gen okenn dout. Èske se pa otorite pawòl la? Sa a se rezilta travay pawòl la akonpli jodi a. Kidonk, se pa nan geri maladi ak chase move lespri moun ka sove konplètman anba peche l yo, ni se pa manifestasyon siy ak mèvèy yo ki kapab rann li konplè totalman. Otorite pou geri maladi ak chase move lespri yo se sèlman yon favè moun resevwa, men Satan toujou posede kò moun e dispozisyon satanik kòwonpi a toujou rete nan moun. Nou te ka di tou, sa yo pa pwòpte toujou rete anba peche ak salte. Se sèlman apre li fin pwòp gras a sèvis pawòl la, Bondye kapab jwenn lòm epi rann li sanktifye. Lè move lespri yo te chase nan moun e li te jwenn delivrans, sa te vle di sèlman, yo te pran l nan men Satan epi retounen l bay Bondye. Sepandan, si Bondye pa pwòpte l oswa chanje l, l ap rete tankou moun kòwonpi. Toujou gen salte opozisyon, ak rebelyon nan moun; redanmsyon Bondye jis pèmèt lòm retounen vin jwenn Li, men li pa gen pi piti konesans lan sou Bondye e li toujou kapab reziste ak trayi Li. Anvan Bondye te rachte lòm, anpil gen nan pwazon Satan yo te deja plante nan li epi, apre plizyè milye ane Satan te fin pèvèti l, li gen yon nati k ap reziste ak Bondye ki etabli nan li. Kidonk, lè moun rachte, li pa gen anyen ki plis pase yon ka redanmsyon kote yo achte lòm ak yon gro pri, men sa pa elimine nati ki gen pwazon anndan l lan. Moun ki avili konsa dwe sibi yon chanjman anvan li vin diy pou sèvi Bondye. Pa mwayen travay jijman ak chatiman sa a, moun pral rive konnen salte ak koripsyon nan li menm menm, e li pral kapab chanje nèt epi vin pwòp. Se sèlman nan fason sa a moun ka vin diy pou retounen devan twòn Bondye a. Tout travay ki fèt jodi a se pou rann moun pwòp e pou yo chanje; atravè jijman ak chatiman pa mwayen pawòl Bondye a, menm jan tou atravè rafineman, lòm ka netwaye koripsyon l yo epi li ka vin pwòp. Olye yo konsidere etap travay sa a kòm travay sali a, li t ap pi apwopriye pou di se travay pou pirifye. An verite, etap sa a se etap konkèt menm jan ak dezyèm etap travay Sali a. Se atravè jijman ak chatiman nan pawòl la Bondye rive genyen moun, epi tout malpwòpte, konsepsyon, oryantasyon, ak aspirasyon endividyèl ki nan kè moun vin devwale konplètman nan sèvi ak pawòl Bondye a pou rafine, pou jije, e pou divilge. Pou tout bagay lòm ka jwenn delivrans ak padon pou peche l yo, nou kapab sèlman pran l tankou Bondye pa sonje transgresyon yo nan lòm ee Li pa trete lòm selon transgresyon l yo. Sepandan, lè moum, ki abite nan yon kò lachè, pa libere anba peche, li kapab sèlman kontinye peche, pandan l ap devwale nètalkole dispozisyon satanik kòwonpi l la. Se mòd vi sa a moun ap mennen, yon repetisyon sa fen nan peche e ki pa padonnen. Majorite moun tanmen fè peche lajounen pou yo sèlman konfese nan aswè. Fason sa a, menm si ofrann pou peche a toujou efikas pou lòm, li pap kapab sove moun anba peche. Se sèlman mwatye travay sali a ki fini, paske lòm toujou gen yon dispozisyon kòwonpi. Paregzanp, lè moun yo te reyalize yo te soti nan Moab, yo te pote pawòl ki gen plent, yo te sispann pousuiv lavi, e yo te vin negatif totalman. Èske sa pa montre lèzòm toujou pa kapab soumèt konplètman anba dominasyon Bondye a? Èske sa a se pa jisteman dispozisyon satanik kòwonpi yo a? Lè w pa t sibi chatiman, ou te leve men w pi wo pase tout lòt yo, menm pase men Jezi. Epi ou te rele byen fò: “Ou dwe yon pitit gason Bondye renmen anpil! Ou dwe yon moun entim pou Bondye! Nou pito mouri olye nou bese tèt nou devan Satan! Revòlte kont ansyen Satan an! Revòlte kont gwo dragon wouj la! Se pou gwo dragon wouj la pèdi pouvwa! Se pou Bondye rann nou konplè!” Kri w yo te pi fò pase tout lòt yo. Men lè sa a, moman chatiman an te rive e, yon lòt fwa ankò, dispozisyon kòwonpi lèzòm te devwale. Alò, kri yo te sispann, e yo te echwe nan rezolisyon yo. Sa a se koripsyon lòm; lè l ap antre pi fon nan peche, se yon bagay Satan plante e anrasinen pwofondman nan moun. Li pa fasil pou moun konnen peche l yo; li pa kapab rekonèt menm pwòp nati l ki anrasin byen fon, epi li dwe konte sou jijman nan pawòl la pou li ka rive jwenn rezilta sa a. Soti nan nivo sa a, se sèlman konsa moun kapab chanje gradyèlman. Alò, lòm rele byen fò nan tan lontan paske li pa t gen okenn konpreyansyon sou dispozisyon orijinal kòwonpi l yo. Sa yo se malpwòpte ki gen nan moun. Pandan tout yon peryòd jijman ak chatiman long konsa, moun te viv nan yon atmosfè ki gen tansyon. Èske tout sa pa reyalize nan sèvis pawòl la? Eske w pa kriye byen fò anvan eprèv moun kap fè sèvis yo? “Antre nan wayòm nan! Tout moun ki aksepte non sa a pral antre nan wayòm nan! Tout moun pral patisipe ak Bondye!” Lè eprèv moun k ap fè sèvis yo te rive, ou pa t kriye ankò. Nan kòmansman an, tout moun t ap rele byen fò, “Woy Bondye! Nenpòt kote ou mete m, m ap anba direksyon w.” Lè nou fin li pawòl Bondye yo, “Ki moun ki pral Pòl Mwen an?” Moun yo te di, “Mwen vle!” Lè sa a, yo wè pawòl yo, “E lafwa Jòb?” e Li te di: “Mwen dispoze pran lafwa Jòb la. Bondye, tanpri teste m!” Lè eprèv moun k ap fè sèvis yo te rive, yo te tonbe imedyatman epi yo pa ka leve kanpe ankò. Apre sa, ti kras pa ti kras, malpwòpte ki nan kè yo te diminye gradyèlman. Èske se pa t atravè pawòl la sa te akonpli? Alò, sa nou te fè eksperyans jodi a se rezilta nou jwenn gras a pawòl la, ki menm pi gran pase sa yo ki te akonpli atravè siy ak mèvèy Jezi te fè yo. Laglwa Bondye ak otorite Bondye Li menm ou wè, se pa jis krisifiksyon an ki pèmèt ou wè yo, se pa geri malad ak chase move lespri yo, men plis ankò se pa jijman pawòl Li. Sa montre w, otorite ak pouvwa Bondye pa gen ladan sèlman fè siy, geri malad e chase move lespri yo, men jijman pawòl Bondye a pi byen kapab reprezante otorite Bondye e revele tout pouvwa Li.

Sa lòm akonpli kounye a—nivo sosyal li ye kounye a, konesans, lanmou, lwayote, obeyisans, ak sajès—rezilta sa yo rive gras a jijman pawòl la. Ou dwe kapab gen lwayote epi rete kanpe jiskaske jou sa a rive nan sèvis pawòl la. Kounye a, moun wè travay Bondye ki vin tounen moun nan ekstraòdinè tout bon, e gen anpil ladan moun pa kapab rive jwenn, e ki se mistè ak mèvèy. Kidonk, anpil moun te soumèt. Gen kèk ki pa janm soumèt devan okenn moun depi yo te fèt, epoutan lè yo wè pawòl Bondye yo jounen jodi a, yo soumèt konplètman san yo pa konnen, epi yo pa ose egzamine oswa di nenpòt lòt bagay. Lèzòm tonbe anba pawòl la epi li kouche plat devan jijman pawòl la. Si Lespri Bondye a te pale dirèkteman ak moun, limanite t ap tout soumèt devan vwa a, yo t ap tonbe atè san pawòl revelasyon, menm jan Pòl te tonbe atè nan limyè sou wout Damas la. Si Bondye kontinye travay nan fason sa a, moun pa t ap janm kapab vin konnen pwòp koripsyon l nan jijman pawòl la epi kidonk rive sove. Se sèlman lè L vini nan lachè Bondye kapab pèsonèlman fè pawòl Li rive nan zòrèy chak moun, pou tout moun ki gen zòrèy ka tande pawòl Li yo epi resevwa travay jijman Li gras a pawòl la. Sèlman, sa a se rezilta pawòl Li bay, olye manifestasyon Lespri a pou fè moun pè jouk li soumèt. Se sèlman gras a travay pratik e ankò ekstraòdinè sa a, vye dispozisyon ki kache fon nan moun pandan anpil ane ka ekspoze konplètman, kidonk moun ka rekonèt li epi jwenn chanjman pou li. Tout bagay sa yo se travay pratik Bondye ki vin tounen moun nan, ladan yo, L ap pale e L ap egzekite jijman nan yon fason pratik, Li rive jwenn rezilta jijman yo sou moun gras a pawòl la. Sa a se otorite Bondye ki vin nan lachè a e enpòtans enkanasyon Bondye a. Sa rive pou fè konnen otorite Bondye ki vin tounen moun nan, pou fè konnen rezilta travay pawòl la akonpli a, e pou fè konnen Lespri a te vini nan lachè e Li montre otorite Li nan jije moun gras a pawòl la. Malgre kò L se fòm ekstèn yon eta moun nòmal e òdinè, li se rezilta akonplisman pawòl Li yo ki montre moun Li plen otorite, Li se Bondye Li menm, e pawòl Li yo se ekspresyon Bondye Li menm. Pa mwayen sa a, Li montre tout moun Li se Bondye Li menm, Li se Bondye Li menm ki te vin lachè a, pèsonn pa gen dwa manke L dega, e pèsonn pa kapab pi wo pase jijman Li nan pawòl la, e pa gen fòs fènwa ki ka domine sou otorite L. Moun soumèt nèt devan Li akòz Li se Pawòl la ki vin tounen moun, akòz otorite Li, e akòz jijman Li pa mwayen pawòl la. Travay moun ki vin nan lachè a pote se otorite Li posede. Rezon ki fè Li vin tounen moun nan se paske moun nan kapab posede otorite tou, e Li kapab fè travay nan yon fason pratik pami lèzòm, nan yon fason li vizib e reyèl pou lèzòm. Travay sa a pi reyèl pase travay Lespri Bondye a fè dirèkteman an, Li menm ki gen tout otorite, e rezilta li yo se bagay moun ka wè tou. Sa se paske Bondye ki vivan nan kò a ka pale ak travay nan yon fason pratik. Fòm ekstèn moun Li pa gen okenn otorite, epi moun kapab pwoche L, tandiske nati L gen otorite, pèsonn pa kapab wè otorite L. Lè Li pale ak travay, lòm pa kapab detekte egzistans otorite Li; sa fè li vin fasil pou Li nan fè travay yon nati pratik. Tout travay pratik sa a kapab pote rezilta. Menm si pa gen moun ki reyalize otorite L, oswa wè yo pa gen dwa ofanse L oswa wè kòlè L, Li pote rezilta nesesè pawòl Li yo atravè otorite vwale Li a, kòlè kache L, ak pawòl Li pale ouvètman yo. Nou te ka di tou, nan ton vwa Li, severite diskou Li yo, ak tout sajès pawòl Li yo, moun vin pa gen dout menm. Nan fason sa a, moun soumèt anba pawòl Bondye ki vin nan lachè a, ki sanble pa gen okenn otorite, kidonk Li ranpli objektif Bondye genyen pou sove moun nan. Sa a se yon lòt aspè nan enpòtans enkanasyon Li an: pale yon fason plis reyèl e pèmèt reyalite pawòl Li yo gen yon efè sou moun, pou moun ka temwaye pouvwa pawòl Bondye a. Kidonk, travay sa a p at fèt pa mwayen enkanasyon an, li pa t ap pote yon tikras rezilta li pa t ap kapab sove pechè yo totalman. Si Bondye pa t vin tounen moun, Li t ap rete Lespri a ki alafwa pa vizib e pa reyèl pou moun. Kòm moun soti nan lachè, li menm ak Bondye fè pati 2 mond diferan epi nati yo diferan. Lespri Bondye pa konpatib ak moun, ki soti nan lachè, epi li jis pa posib ditou pou etabli relasyon ant yo, nou pa bezwen di moun pa kapab tounen yon lespri. Kidonk, Lespri Bondye a dwe vin tounen yon kreyati pou fè travay orijinal Li. Bondye kapab alafwa monte nan plas ki pi wo a epi imilye tèt Li pou l vin tounen yon kreyati, lè L ap travay pami lèzòm e viv nan mitan yo, men moun pa ka monte nan plas ki pi wo a epi vin yon lespri, e mwens ankò pou li ta desann nan kote ki pi ba a. Se poutèt sa Bondye dwe vin nan lachè pou reyalize travay Li. Nan menm sans lan, pandan premye enkanasyon an, se sèlman moun Bondye ki vin nan lachè ki te kapab rachte lòm atravè krisifiksyon L lan, men Lespri Bondye a pa t ap janm kapab krisifye kòm yon ofrann pou peche an favè moun. Bondye te kapab vin tounen moun dirèkteman pou sèvi kòm yon ofrann pou peche an favè moun, men lòm pa t kapab monte dirèkteman nan syèl la pou pran ofrann pou peche Bondye te prepare pou li a. Kidonk, tout sa ki posib se ta mande Bondye pou L kouri monte desann kèk fwa ant syèl la ak tè a, pa gen moun ki monte pran sali nan syèl la, paske lòm chite, e anplis, moun senpleman pa t ap kapab moute nan syèl la, mwens ankò pou li ta jwenn ofrann pou peche a. Kidonk, li te nesesè pou Jezi vini pami lèzòm epi pèsonèlman fè travay moun jis pa t kapab akonpli a. Chak fwa Bondye vin nan lachè, se yon bagay ki pa ka pa fèt. Si Lespri a te kapab reyalize nenpòt nan etap yo dirèkteman, Li pa t ap sibi endiyite paske Li vin nan lachè.

Nan etap final travay sa a, se sèvis pawòl la ki bay rezilta yo. Atravè pawòl la, moun rive konprann anpil mistè ak travay Bondye fè atravè jenerasyon pase yo; atravè pawòl la, Sentespri a eklere moun; atravè pawòl la, lèzòm rive konprann mistè jenerasyon pase yo pa t janm dekouvri, menm jan pou travay pwofèt ak apot nan tan pase yo, e prensip yo travay; atravè pawòl la, moun rive konprann dispozisyon Bondye Li menm, menm jan pou rebelyon ak rezistans moun, epi li vin konnen pwòp nati l. Atravè etap travay sa yo ak tout pawòl ki te pale yo, moun vin konnen travay Lespri a, travay Bondye ki vin tounen moun nan fè, e plis ankò, tout dispozisyon Li. Èske se pa gras a pawòl la Konesans ou genyen sou jesyon travay Bondye plis pase sis mil ane a te vini tou? Èske se pa gras a pawòl la ou te rive jwenn konesans sou ansyen konsepsyon w ak siksè w pou debarase ak yo tou? Nan etap anvan an, Jezi te fè siy ak mèvèy yo, men pa gen okenn siy ak mèvèy nan etap sa a. Èske w pa konprann poukisa Bondye pa revele siy ak mèvèy yo tou reyalize nan pawòl Bondye a? Kidonk, pawòl ki te pale nan etap sa a depase travay apot yo ak pwofèt yo te fè nan jenerasyon pase yo. Menm pwofesi pwofèt yo te bay yo pa t kapab pote rezilta sa a. Pwofèt yo te bay pwofesi yo sèlman, yo te pale sou sa ki ta pral rive alavni, men se pa sou travay Bondye te vle fè nan moman an. Ni yo pa t pale pou gide lèzòm nan lavi yo, ni pou yo bay moun verite, oswa revele mistè yo, mwens ankò pou yo ta bay lavi. Nan pawòl ki te pale nan etap sa a, gen pwofesi ak verite, men pawòl sa yo prensipalman sèvi pou bay moun lavi. Pawòl yo kounye a yo pa menm jan ak pwofesi pwofèt yo. Sa se yon etap travay pou lavi moun, pou chanje dispozisyon lavi moun, e se pa pou bay pwofesi. Premye etap la se te travay Jewova: travay Li se te prepare yon chemen pou lòm adore Bondye sou tè a. Se te travay kòmansman an pou rive jwenn yon kote ki gen orijin pou travay sou tè a. Nan moman sa a, Jewova te anseye Izrayelit yo pou yo obsève jou repo a, onore paran yo, epi viv anpè youn ak lòt. Se te paske moun nan epòk sa a pa t konprann kòman moun te fèt ni yo pa t konprann ki jan pou yo viv sou latè. Li te nesesè pou Li nan premye etap travay la pou Li gide lèzòm nan dirije lavi yo. Tout sa Jewova te pale ak yo moun pa t deja konnen yo ni yo pa t posede yo. Nan moman sa a, Bondye te leve anpil pwofèt pou bay pwofesi, e yo tout te fè sa anba direksyon Jewova. Sa te jis yon pwen nan travay Bondye a. Nan premye etap la, Bondye pa t vin tounen moun, e alò Li te itilize pwofèt yo pou enstwi tribi ak nasyon yo. Lè Jezi t ap travay nan tan Li, Li pa t pale menm jan ak jounen jodi a. Etap travay pawòl sa a nan dènye jou yo pa janm te fèt anvan tan yo ak jenerasyon pase yo. Menm si Ezayi, Danyèl ak Jan te bay anpil pwofesi, pwofesi yo te totalman diferan ak pawòl ki pale kounye a. Se sèlman pwofesi yo te bay, men pawòl ki pale kounye a se pa pwofesi yo ye. Si M te fè tout sa M di kounye a tounen pwofesi, èske nou t ap kapab konprann? Sipoze sa Mwen te pale yo te sou bagay apre Mwen te fin ale, ki jan ou ta p fè konprann menm? Travay pawòl la pa t janm fèt nan tan Jezi a ni nan Tan Lalwa a. Petèt kèk moun ap di: “Èske Jewova pa t di kèk pawòl nan tan travay Li a tou? Eske Jezi, anplis geri maladi, chase move lespri yo, opere siy ak mèvèy, pa t di tou kèk pawòl nan tan Li t ap travay la?” Gen diferans nan fason pawòl yo pale. Ki enpòtans pawòl Jewova te di yo? Li te sèlman gide lèzòm pou yo mennen lavi yo sou tè a, ki pa t touche bagay espirityèl nan lavi. Poukisa yo di, lè Jewova te pale, se te pou bay moun lòd tout kote? Mo “bay lòd” vle di pou di klèman epi kòmande dirèkteman. Li pa t bay moun lavi; olye de sa, Li te pran men moun senpleman e Li te anseye moun ki jan pou yo respekte L, san anpil bagay nan chemen parabòl yo. Travay Jewova te fè nan pèp Izrayèl la se pa t pou koresponn ak lòm ni pou korije lòm oswa pou jije ak chatye, se te pou l gide l. Jewova te bay Moyiz lòd pou l di pèp Li a pou l ranmase laman nan dezè a. Chak maten anvan solèy leve, yo te ranmase laman, sèlman kantite ki sifi pou yo manje jou sa a. Laman nan pa t kapab rete jouk rive demen, paske lè sa a li t ap vin gate. Li pa t fè moun leson ni ekspoze nati yo, ni li p at ekspoze lide yo ak panse yo. Li pa t chanje moun, men pito Li gide yo nan fason pou yo mennen lavi yo. Moun nan tan sa a te tankou timoun, yo pa t konprann anyen e yo te kapab sèlman fè kèk aktivite regilye fondamantal, e alò Jewova te sèlman dekrete lwa pou gide foul moun yo.

Pou gaye bòn nouvèl la, yon fason pou tout moun k ap chache ak yon vrè kè ka jwenn konesans travay ki fèt jodi a e pou yo pa gen okenn dout, ou dwe rive konprann klè anndan istwa a, nati, ak enpòtans travay ki fèt nan chak etap yo. Fè kòm si, lè w tande zanmi w yo, lòt moun ka konprann travay Jewova, travay Jezi e, plis ankò, tout travay Bondye jodi a, menm jan pou koneksyon ak diferans ki genyen ant twa etap travay yo. Fè kòm si, aprè w fin koute, lòt moun pral wè twa etap yo pa deranje youn lòt, men yo tout se travay menm Lespri a. Malgre yo travay nan tan ki diferan, kontni travay yo reyalize a diferan, e pawòl yo pale yo diferan, poutan prensip travay yo se you sèl e menm bagay la. Bagay sa yo se pi gwo vizyon tout moun k ap swiv Bondye ta dwe konprann.

Avan:  Mistè Enkanasyon an (3)

Pwochen:  De Enkanasyon Yo Konplete Enpòtans Enkanasyon an

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger