Chemen an … (3)

Nan lavi Mwen, M toujou kontan konsakre lespri m ak kò m nèt bay Bondye. Se sèlman lè sa a konsyans Mwen san repwòch e li yon ti jan anpè. Antanke yon moun k ap chèche lavi, li dwe konsakre tout kè li bay Bondye an premye; sa se yon kondisyon ki dwe ranpli anvan tout bagay. Mwen ta renmen frè ak sè M yo priye ansanm avè M: “Bondye! Se pou Lespri Ou ki nan syèl la fè moun ki sou tè a gras, pou kè mwen ka vire nèt sou Ou, pou Ou ka touche lespri mwen, pou m ka wè jan Ou agreyab nan kè mwen ak nan lespri mwen, epi pou moun ki sou tè a ka jwenn benediksyon pou yo wè bote Ou. Bondye! Se pou Lespri Ou touche lespri nou yon lòt fwa ankò, pou lanmou nou ka dire pou tout tan epi pou li pa janm chanje!” Nan nou chak, Bondye teste kè nou an premye—epi yon fwa nou fin ouvri kè nou ba Li, Li kòmanse touche lespri nou. Se sèlman nan lespri nou, nou ka wè jan Bondye agreyab, siprèm ak gran. Sa se chemen Sentespri a suiv nan èt imen yo. Èske ou te janm mennen yon lavi konsa? Èske ou te fè eksperyans lavi Sentespri a? Èske Bondye te touche lespri ou? Èske ou te wè fason Sentespri a travay nan moun? Èske ou remèt kè ou bay Bondye an antye? Lè ou fin bay Bondye tout kè w, ou kapab fè eksperyans lavi Sentespri a dirèkteman, epi travay Li ap toujou parèt aklè devan ou. Nan moman sa a, w ap vin yon moun Sentespri a itilize. Èske ou vle vin yon moun konsa? Mwen sonje jan, lè Sentespri a te touche M epi Mwen te bay Bondye kè Mwen pou premye fwa, Mwen te pwostène devan Li epi Mwen te rele byen fò: “Bondye! Ou louvri je Mwen epi Ou pèmèt Mwen konnen sali Ou a. Mwen vle ba Ou tout kè M, epi Mwen mande sèlman pou volonte Ou fèt; Mwen vle sèlman pou kè M jwenn apwobasyon W nan prezans Ou, epi Mwen mande sèlman pou M suiv volonte Ou.” Mwen pa t janm ka bliye priyè sa a; sa te touche M anpil, e Mwen te kriye anpil devan Bondye. Se te premye priyè M ki te reyisi devan Bondye antanke yon moun ki te sove, e se te premye dezi kè M. Apre sa, Sentespri a te konn touche mwen souvan. Èske ou te genyen kalite eksperyans sa a? Ki jan Sentespri a te travay nan ou? Mwen panse tout moun k ap chèche renmen Bondye fè eksperyans sa a nan yon nivo oswa yon lòt—yo jis bliye sa. Si yon moun di li pa t fè yon eksperyans konsa, sa pwouve li poko sove e li toujou anba pouvwa Satan. Travay Sentespri a ki komen pou nou tout la, se chemen sa a Sentespri a suiv, e se chemen moun ki kwè nan Bondye e k ap chache Bondye suiv tou. Premye etap travay Sentespri a fè nan moun se touche lespri yo, apre sa yo kòmanse renmen Bondye, e pousuiv lavi, epi tout moun ki mache sou chemen sa a nan kouran Sentespri a. Se pa sèlman nan Lachin kontinantal travay Bondye ap dewoule konsa, men nan tout linivè a tou. Se konsa Li travay nan tout moun. Si yo pa t janm touche yon moun, sa pwouve li deyò kouran restorasyon an. Nan kè M, Mwen pa janm sispann priye Bondye, Mwen mande Li pou Li touche tout moun, yon fason pou tout moun anba solèy la ka santi Li touche yo epi mache sou chemen sa a. Petèt sa se sèlman yon demann ensiyifyan Mwen fè Bondye, men Mwen kwè Li pral fè sa. Mwen espere tout frè ak sè M yo pral priye pou sa, pou volonte Bondye ka fèt, epi pou travay Li ka fini byento, yon fason pou Lespri Li ki nan syèl la ka jwenn repo. Sa se ti espwa pa Mwen.

Mwen kwè, piske Bondye te kapab fè travay Li nan yon fòtrès demon, se sèten Li kapab fè l tou nan pakèt lòt fòtrès demon ki nan linivè a. Nou menm ki nan dènye epòk la, se sèten n ap wè jou Bondye pral jwenn glwa a. Se sa sa vle di: “Moun ki suiv jouk nan fen an ap sove san mank.” Pèsonn pa ka ranplase Bondye nan etap sa a nan travay Li—se Bondye sèlman ki ka fè travay sa a, paske etap travay sa a ekstraòdinè; se yon etap nan travay konkèt la—e moun pa kapab konkeri lòt moun. Se sèlman lè Bondye pale ak pwòp bouch Li epi aji ak pwòp men Li, yo ka konkeri moun. Nan tout linivè a, Bondye sèvi ak peyi gwo dragon wouj la kòm yon teren pou fè tès, apre sa Li pral kòmanse fè travay sa a nan tout linivè a. Konsa, Li pral fè yon travay ki pi gran toujou nan tout linivè a, e tout moun nan linivè a dwe aksepte travay konkèt Bondye a. Moun nan tout relijyon ak tout denominasyon dwe aksepte etap travay sa a. Sa se yon chemen yo dwe pran—pèsonn pa ka chape anba li. Èske ou dispoze aksepte sa Bondye konfye ou a? Mwen te toujou santi aksepte misyon Sentespri konfye a se yon bagay ki gen glwa. Fason Mwen wè sa, se pi gwo misyon Bondye konfye lòm. Mwen espere frè ak sè M yo pral travay di ansanm avè M epi aksepte misyon sa a nan men Bondye, pou Bondye ka jwenn glwa nan tout linivè a ak nan domèn ki anwo a, epi pou lavi nou pa pase pou gremesi. Nou ta dwe fè yon bagay pou Bondye, oswa nou ta dwe fè yon sèman. Si moun yo pa gen okenn objektif pou yo pousuiv lè yo kwè nan Bondye, enben lavi yo p ap sèvi anyen, epi lè lè a rive pou yo mouri, se sèlman syèl ble a ak pousyè tè y ap wè. Èske yon lavi konsa gen okenn sans? Si ou kapab satisfè egzijans Bondye pandan w vivan, èske se pa yon bèl bagay? Poukisa ou toujou ap mete tèt ou nan pwoblèm, e poukisa ou toujou tris konsa? Lè ou aji konsa, èske ou jwenn yon bagay nan men Bondye? Epi, èske Bondye ka jwenn yon bagay nan men w? Nan sèman Mwen devan Bondye, se te sèlman pwomès kè M; Mwen pa t ap eseye twonpe Li ak pawòl. Mwen pa t ap janm fè yon bagay konsa—Mwen vle sèlman konsole Bondye Mwen renmen ak kè M nan, pou Lespri Li ki nan syèl la ka jwenn konsolasyon. Kè a ka gen anpil valè, men lanmou pi presye toujou. Mwen ta bay Bondye lanmou ki pi presye ki nan kè M nan, pou Li ka pran plezi nan pi bèl bagay Mwen genyen, e Mwen espere Li ka satisfè ak lanmou Mwen ofri L la. Èske ou vle bay Bondye lanmou ou pou Li ka apresye l? Èske ou vle fè sa tounen kapital egzistans ou? Nan eksperyans Mwen yo, M wè plis Mwen bay Bondye lanmou, se plis Mwen jwenn lajwa pou viv. Anplis, fòs Mwen san limit, e Mwen dispoze ofri tout kò M ak lespri M, epi Mwen toujou santi M pa ka renmen Bondye ase. Kidonk, èske lanmou ou se yon lanmou neglijab, oswa èske li enfini, san mezi? Si ou vle renmen Bondye vrèman, w ap toujou gen plis lanmou pou ba Li an retou—e si se konsa, ki moun oswa ki bagay ki ta ka anpeche ou renmen Bondye?

Bondye konsidere lanmou chak moun kòm yon bagay ki presye. Pou tout moun ki renmen Li, Li double benediksyon Li yo, paske lanmou lèzòm tèlman ra, e tèlman li piti, li prèske pa egziste. Nan linivè a, Bondye te eseye mande moun pou yo renmen Li anretou, men pandan tout epòk yo rive jouk jounen jodi a, se sèlman kèk moun—yon ti ponyen—ki te janm ba Li vrè lanmou anretou. Daprè sa mwen sonje, Pyè te youn ladan yo, men menm li menm, se sèlman lè li te sou kabann lanmò li li te bay Bondye tout lanmou li, apre Jezi te fin gide l pèsonèlman, se konsa lavi li te fini. Konsa, nan kondisyon terib sa yo, Bondye te redui dimansyon travay Li nan linivè a, epi Li te sèvi ak peyi gwo dragon wouj la kòm yon sit demonstrasyon, Li te konsantre tout enèji Li ak tout san Li nan yon sèl kote, yon fason pou travay Li ka pi efikas epi pote plis benefis pou temwayaj Li. Se nan de kondisyon sa yo Bondye te transfere travay Li nan tout linivè a sou moun sa yo nan Lachin kontinantal, ki te gen kalib ki pi ba pase tout lòt moun, epi Li te kòmanse travay konkèt Li a ki plen lanmou. E apre Li fin fè yo tout renmen Li, Li pral fè pwochen etap travay Li a. Sa se plan Bondye. Se konsa travay Li a rive jwenn pi gwo rezilta a. Dimansyon travay Li a gen alafwa yon sant ak limit. Li klè ki gwo pri Bondye te peye ak kòman li te bay tout san Li pandan Li t ap fè travay Li sou nou, e se sèlman konsa jou nou an te kapab rive. Sa a se benediksyon nou. Sa ki pa koresponn ak nosyon moun yo, sèke moun Lwès yo anvye nou paske nou fèt nan yon bèl kote, alòske nou menm nou wè tèt nou kòm moun ki ba. Èske se pa Bondye k ap leve nou? Pitit gwo dragon wouj la ke yo te toujou ap foule anba pye, kounye a moun Lwès yo gade yo ak yon je espesyal—sa se vrèman benediksyon nou. Lè Mwen panse ak sa, chalè Bondye, jan Li chè pou Mwen ak jan Li fasil pou moun pwoche bò kote Li anvayi Mwen. Sa montre tout sa Bondye fè pa ann akò ak nosyon lèzòm yo. Malgre tout moun sa yo anba madichon, Li pa anba kontrent lalwa, e Li te fè espre transfere sant travay Li sou moso tè sa a. Se poutèt sa Mwen santi M satisfè, se poutèt sa Mwen santi M kontan yon fason ki san mezi. Kòm yon moun ki gen yon wòl dirijan nan travay la, menm jan ak granprèt yo pami Izrayelit yo, Mwen kapab fè travay Lespri a dirèkteman epi sèvi Lespri Bondye a dirèkteman; sa se benediksyon Mwen. Ki moun ki t ap oze imajine yon bagay konsa? Men jodi a, sa rive sou nou sanzatann. Sa se vrèman yon gwo kè kontan ki merite pou nou selebre l. Mwen espere Bondye kontinye beni nou, epi leve nou anlè, yon fason pou Bondye fè nou menm k ap viv nan fimye sa a vin itil anpil, epi konsa renmen Li anretou.

Chemen M ap suiv kounye a se chemen pou M renmen Bondye anretou, men Mwen toujou santi se pa entansyon Bondye sa, ni se pa chemen Mwen ta dwe suiv la. Pou Bondye sèvi anpil avè m—se sa ki entansyon Bondye, e se chemen Sentespri a sa. Petèt Mwen twonpe M, men Mwen panse se chemen pa Mwen sa, paske depi lontan Mwen te deja pran rezolisyon M devan Bondye. Mwen swete Li gide M, pou M ka prese mete pye M sou chemen Mwen dwe mache a, epi satisfè entansyon Bondye pi vit posib. Kèlkeswa sa lòt moun panse, Mwen kwè swiv volonte Bondye se sa ki pi enpòtan. Anyen pa pi enpòtan nan lavi Mwen, e pèsonn pa ka prive M dwa sa a. Sa se opinyon pèsonèl Mwen, e petèt gen kèk moun ki pa ka konprann li, men Mwen pa panse M bezwen jistifye sa devan pèsonn. Mwen pral pran chemen M dwe pran an—depi M fin rekonèt chemen an klè, Mwen dwe mache sou li e mwen pa dwe fè bak. Kidonk, Mwen retounen sou pawòl sa yo: Mwen pran detèminasyon pou M suiv volonte Bondye. Mwen sèten frè ak sè Mwen yo p ap panse mal de Mwen! An jeneral, jan Mwen wè sa pèsonèlman, lòt moun ka di sa yo vle, men M santi se suiv volonte Bondye ki pi enpòtan, e Mwen pa ta dwe kite anyen mete restriksyon sou Mwen nan sa. Suiv volonte Bondye p ap janm mal! E se pa aji nan pwòp enterè yon moun! Mwen kwè Bondye te obsève kè Mwen! Kidonk, kijan ou ta dwe konprann sa? Èske ou dispoze ofri tèt ou pou Bondye? Èske ou dispoze pou Bondye sèvi avè w? Èske detèminasyon ou genyen an se pou swiv volonte Bondye? Mwen espere frè ak sè M yo ka jwenn kèk èd, menm si li piti, nan pawòl Mwen yo. Malgre pa gen anyen ki pwofon nan refleksyon Mwen yo, M toujou pataje yo avèk ou, pou nou ka pataje santiman ki pi pwofon nan kè nou san okenn baryè ant nou, epi pou Bondye ka toujou pami nou pou tout tan. Sa yo se pawòl ki soti nan kè Mwen. Oke! Se tout sa Mwen gen pou m di ki soti nan kè M jodi a. Mwen espere frè ak sè M yo ap kontinye travay di, e Mwen espere Lespri Bondye a ap toujou pran swen nou!

Anvan:  Chemen an … (2)

Apre:  Nan lafwa ou nan Bondye ou dwe obeyi Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Connect with us on Messenger