Soupi Bondye ki gen tout pouvwa a
Gen yon gwo sekrè nan kè w’ ke ou pa t’ janm konnen paske w’ap viv nan yon monn ki san limyè. yab la rache kè w’ ak lespri w’. Fènwa bouche je w’, epi ou paka wè ni solèy nan syèl la ni zetwal k’ap briye lanwit. Pawòl dezonèt bouche zòrèy ou epi ou paka tande vwa byen fò Senyè a ni son dlo k’ap koule soti nan twòn lan. Ou fin pèdi tout bagay ki te pou ou legalman, tout bagay ke Bondye ki gen tout pouvwa a te ba ou. Ou vin antre nan yon lanmè afliksyon san fen, san w’ pa gen pouvwa pou sove, san espwa pou kontinye viv epi sèl sa w’ap fè se lite epi fè prese…. Se depi moman sa a ou te kondane pou dyab la aflije w’, ou vin lwen benediksyon Bondye ki gen tout pouvwa a, ou vin pa an mezi pou resevwa pwovizyon Bondye ki gen tout pouvwa a yo, ou vin ap mache sou yon wout ki pa gen retounen. Se apèn si yon milyon apèl ka rive reveye kè w’ ansanm ak lespri w’. Ou nan yon pwofon somèy nan men dyab la ki te trennen w’ nan yon wayòm ki pa gen limit, san direksyon oswa yon siy ki pou gide w’. Dezòmè, ou te pèdi inosans ak vi pwòp orijinèl ou epi ou te kòmanse ale lwen swen Bondye ki gen tout pouvwa a. Malen an dirije w’ nan tout domèn anndan kè w’ epi li vin tounen lavi w’. Ou pa pè li, ou pa evite li, ni doute de li ankò; olye de sa, ou trete l’ tankou Bondye nan kè w’. Ou te kòmanse venere li, adore li epi nou toulede vin enseparab menm jan kò ak lonbraj, nou angaje youn ak lòt nan lavi kou nan lanmò. Ou pa gen okenn lide sou ki kote ou te soti, poukisa ou te fèt, oswa poukisa ou pral mouri. Ou konsidere Bondye ki gen tout pouvwa a tankou yon etranje; ou pa konnen orijin Li yo, alevwa pou w’ ta konnen tout sa ke Li te fè pou ou. Ou vin rayi tout bagay ki soti nan Li; ou pa ni renmen ni konnen valè yo. W’ap mache kòtakòt ak dyab la depi jou ou te resevwa pwovizyon Bondye ki gen tout pouvwa a. u te andire plizyè milye ane tanpèt vyolan ak ouragan ansanm avèk Dyab la epi w’ toujou kanpe avè l’ont Bondye ki te sous lavi ou. Ou pa konnen anyen sou repantans, alevwa pou ta konnen w’ rive sou pwen pou peri. Ou vin bliye ke dyab la te sedwi epi aflije w’; ou vin bliye orijin ou. Se konsa ke dyab la te aflije w’ nan chak pa sou chemen an jiska jounen jodi a. Kè w’ ak lespri w’ angoudi epi yo pouri. Ou vin sispann plenyen sou kontraryete monn lèzòm yo; ou vin pa kwè ke monn lan pa jis ankò. Ou vin menm pa sousye si Bondye ki gen tout pouvwa a ekziste. Sa rive paske ou te konsidere dyab la kòm vrè papa w’ depi lontan epi w’ pa kapab separe w’ ak li. Sa se sekrè ki anndan kè w’ la.
Pandan douvanjou rive, yon zetwal maten kòmanse briye nan kote lès la. Se yon zetwal ki pa t’ janm la anvan sa epi li klere syèl yo ki trankil, ki gen ti limyè, l’ap relimen limyè ki etenn nan kè lèzòm yo. Limanite pa pou kont li ankò gras ak limyè sa a k’ ap briye menm jan sou ou ak sou lòt moun yo. Poutan ou menm sèl rete nan fon somèy lannwit fè nwa a. Ou pa tande okenn son epi w’ pa wè okenn limyè; ou pa okouran ke ap gen yon nouvo syèl ak yon nouvo tè, yon nouvo peryòd k’ap vini paske papa w’ di w’: “Pitit mwen piga w’ leve, li bonè toujou. Tan an frèt, donk pa sot deyò, pou nepe ak lans yo pa pete je w.” Ou sèlman kwè nan avètisman papa w’ yo paske ou kwè ke se papa w’ sèlman ki gen rezon, kòm papa w’pi gran pase w’ epi li renmen w’ anpil. Jan de avètisman sa yo ansanm ak yon lanmou konsa fè w’ vin sispann kwè nan lejann ki di ke gen limyè nan monn lan; yo anpeche w’ sousye si verite toujou ekziste nan monn sa a. Ou pa menm oze espere pou Bondye ki gen tout pouvwa a sove w’ ankò. Ou satisfè ak jan bagay yo ye a, ou pa espere aparisyon limyè a ankò, ou p’ap tann retou Bondye ki gen tout pouvwa a ankò jan lejann lan di l’ la. Pou ou menm, tout sa ki bèl paka resisite, li pa ka ekziste. Nan je pa w’, demen limanite, lavni limanite jis disparèt, li jis efase. Ou rete kole ak rad papa w’ yo avèk tout fòs ou, ou kontan pou pataje zeprèv yo, ou pè anpil pou pa pèdi konpayon vwayaj ou a ansanm ak direksyon vwayaj ou a ki lwen. Monn lèzòm nan ki gran epi ki sonm te fòme anpil nan nou, pèseveran epi brav nan ranpli diferan wòl nan monn sa a. Li te kreye anpil “Gèrye” ki pagen okenn perèz pou lanmò. Anplis desa, li te kreye yon pakèt bann moun angoudi epi paralize ki inyore bi ki fè yo te kreye. Je Bondye ki gen tout pouvwa ap gade chak manm ras lèzòm ki aflije anpil. Sa L’ap tande se rèl sila yo k’ap soufri, sa Li wè se jan moun ki aflije yo mal pou wont, epi sa Li santi se enpisans ak perèz ras lèzòm ki fin pèdi gras sali a. Lèzòm voye jete swen Li yo, yo chwazi mache sou pwòp chemen pa yo epi y’ap eseye chape anba rega Li pandan ke yo prefere goute ansanm ak lènmi an amètim lanmè pwofon an jiskaske yo rive nan dènye gout la. Limanite pa tande jemisman Bondye an ankò; men Bondye ki gen tout pouvwa a pa dispoze karese limanite trajik sa a ankò. A plizyè repriz, Li reprann yo, epi a plizyè repriz Li pèdi yo ankò epi konsa travay L’ap fè a rekòmanse. Apati moman sa a, Li kòmanse fatige, Li santi Li bouke epitou Li kanpe travay k’ap fèt la epi Li sispann mache nan mitan lèzòm…. Limanite pa konnen anyen sou okenn nan chanjman sa yo, yo pa konnen anyen sou ale vini yo, sou tristès ansanm ak melankoli Bondye ki gen tout pouvwa a.
Tout bagay nan monn sa a chanje byen vit avèk panse epi anba je Toupisan an. Bagay ke lèzòm pa t’ janm tande ap rive britsoukou poutan bagay ke lèzòm te posede depi lontan ap disparèt san yo pa rann yo kont. Pagen moun k’ap ka rive konprann tout kote Toupisan an ye, alewè pou yon moun ta rive santi transandans ak grandè fòs lavi Toupisan an. Li transandan nan sans ke Li ka wè sa ke lèzòm pa ka wè. Li gran nan sans ke lèzòm abandone L’ poutan se Li menm k’ap sove limanite. Li konnen sans lavi ak lanmò, anplis desa, Li konnen prensip ki apwopriye pou gouvènen ekzistans lèzòm ke Li te kreye a. Li se fondasyon ekzistans lèzòm epi Li se Sovè ki resisite lèzòm ankò. Li fè kè sa ki kontan yo vin lou ak chagren epi Li leve kè sa ki nan chagren yo avèk kontantman, tout bagay sa yo rive pou byen zèv Li epi pou byen plan Li.
Lèzòm kite pwovizyon lavi Toupisan an bay, yo pa konnen bi ekzistans pandan setan yo pè lanmò. Yo san èd oswa sipò, poutan yo toujou retisan pou fèmen je epitou yo pa gen pwoblèm pou y’p mennen yon lavi meprizab nan monn sa a, yo se sak lachè ki pa gen okenn limyè sou eta nanm yo. Wap viv konsa, san espwa, menm jan lòt yo ap viv la, san objektif. Se sèlman lejand Sila ki apa pou Bondye a ki pral sove pèp k’ap jemi nan mitan soufrans yo epi k’ap tann ak enpasyans Li vini. Jiskaprezan, pa janm jwenn yon kwayans konsa lakay moun ki manke konsyans yo. Poutan, moun yo toujou ap anvi sa anpil. Toupisan an gen pitye pou moun sa yo k’ap soufri anpil yo; an menm tan Li fatige avèk sila yo ki manke konsyans paske sa fè lontan depi L’ap tann yon repons nan men lèzòm. Li vle jwenn, jwenn kè w’ ansanm ak lespri w’, Li vle ba ou dlo ak manje epi Li vle reveye w’ yon fason pou pa janm swaf ak grangou ankò. Lè ou fatige epi w’ kòmanse santi yon bagay tankou yon ti dezolasyon nan monn sa a, pa kite tèt ou pati, piga w’ kriye. Bondye ki Toupisan an, Gadyen an, pral akeyi w’ nenpòt lè w’ vini an. L’ap veye sou ou pandan L’ap tann pou fè yon vòldefas. L’ap tann jou lè britsoukou w’ap reprann memwa w’ lan: lè ou rann ou kont ke se nan Bondye w’ soti, nan yon moman w’ pa konnen ou te pèdi direksyon w’, nan yon moman w’ pa konnen ou te pèdi konesans sou wout la epi nan yon moman w’ pa konnen ou te jwenn yon “papa”; lè anplis desa ou rann ou kont ke Toupisan an te toujou ap veye sou ou, pandan Li pase anpil, anpil tan ap tann pou w’ retounen. L’ap siveye avèk yon dezi dezespere, L’ap tann ou reponn san li pa jwenn yon repons. Siveyans Li pa gen pri epi se pou byen kè ansanm ak lespri moun. Petèt ke siveyans sa a san fen, e petèt ke li rive nan bout li. Men ou dwe konnen ekzakteman kote kè w’ ak lespri w’ ye nan moman sa a.
28 Me 2003