Mechan Yo Ap Pini Kanmenm
Gade nan nou menm pou wè si nou pratike lajistis nan tout sa nou fè, epi si Bondye ap obsève tout aksyon nou yo: se avèk prensip sa a moun ki kwè nan Bondye yo kondi zafè yo. Y ap rele nou moun ki jis paske nou kapab satisfè Bondye epi paske nou aksepte swen ak pwoteksyon Bondye. Nan je Bondye, tout moun ki aksepte swen, pwoteksyon, ak pèfeksyon Bondye, epi Li genyen moun sa a yo, yo jis, epi Li konsidere ke yo tout gen yon trè gran valè. Plis ou aksepte pawòl aktyèl Bondye yo, plis ou pral kapab resevwa epi konprann volonte Bondye, epi plis poutèt sa ou pral kapab viv pawòl Bondye yo epi satisfè egzijans Li yo. Sa a se misyon Bondye pou nou, epi se sa nou tout ta dwe kapab akonpli. Si nou sèvi ak pwòp konsepsyon pa nou pou mezire epi delimite Bondye, kòmsi Bondye ta yon estati ajil ki pa chanje, epi si nou konplètman delimite Bondye andedan paramèt Bib la epi nou fèmen Li andedan yon etandi travay limite, enben sa pwouve ke nou kondane Bondye. Poutèt Jwif yo nan epòk Ansyen Testaman an te pran Bondye tankou yon zidòl ki gen yon fòm fiks ke yo te kenbe nan kè yo, kòmsi se sèlman non Mesi a yo ta kapab bay Bondye, epi se sèlman Sila a yo rele Mesi a ki ta kapab Bondye, epi poutèt limanite te sèvi epi adore Bondye kòmsi Li te yon estati ajil (san lavi), yo te kloure Jezi sou kwa a nan tan sa a, pandan yo te kondane Li a mò—se konsa yo te kondane a mò Jezi inosan an. Bondye te inosan de tout ofans, malgre sa lèzòm te refize epaye Li, epi yo te ensiste pou kondane Li a mò, epi se konsa yo te kloure Jezi sou kwa a. Lèzòm toujou kwè Bondye rete san Li pa chanje, epi yo defini Li sou baz yon sèl grenn liv, Bib la, kòmsi lèzòm te konprann jesyon Bondye yon fason pafè, kòmsi lèzòm te kenbe nan pla men yo tout sa Bondye fè. Moun yo derezonab depase, awogan depase, epi yo tout renmen egzajere lè y ap pale. Kèlkeswa gwosè konesans ou genyen sou Bondye, mwen kontinye di ke ou pa konnen Bondye, ke ou se yon moun ki pi plis kont Bondye, epi ke ou te kondane Bondye, paske ou totalman enkapab pou w obeyi travay Bondye a epi mache nan chemen kote Bondye ap fè w vin pafè a. Poukisa Bondye pa janm satisfè avèk aksyon lèzòm? Paske lèzòm pa konnen Bondye, paske yo gen twòp move konsepsyon, epi paske konesans yo sou Bondye pa ann akò avèk reyalite a nan okenn fason, olye sa yo repete menm tèm lan sou yon sèl ton san varyasyon epi yo itilize menm apwòch la pou tout sitiyasyon. Epi konsa, pandan li vini sou latè jodi a, yon lòt fwa ankò, lèzòm kloure Bondye sou kwa a. Limanite mechan anpil! Konplisite ak konplo, rape ak sezi bagay youn nan men lòt, kouri dèyè non ak fòtin, youn ap touye lòt—kilè bagay sa a yo ap janm fini? Malgre plizyè santèn milye mo Bondye di, pèsonn pa retounen nan bon sans yo. Moun yo aji nan enterè fanmi yo, pitit gason yo ak pitit fi yo, pou karyè yo, pèspektiv lavni yo, pozisyon, vanite ak lajan, pou manje, rad, ak lachè. Men èske gen moun ke aksyon yo vrèman nan enterè Bondye? Menm pami sa a yo ki aji nan enterè Bondye, genyen ki konnen Bondye men yo pa anpil. Konbyen moun ki pa aji nan pwòp enterè pa yo? Konbyen ki pa oprime oswa mete lòt yo sou kote pou yo kapab pwoteje pwòp pozisyon pa yo? Epi konsa, yo te kondane Bondye a mò avèk fòs anpil anpil fwa, epi yon pil ak yon pakèt jij sovaj te kondane Bondye epi kloure Li sou kwa a yon lòt fwa ankò. Konbyen moun yo ka rele jis poutèt yo vrèman aji nan enterè Bondye?
Èske li sitèlman fasil pou yon moun pèfeksyone devan Bondye kòm yon sen oswa yon moun ki jis? Se yon deklarasyon ki vre,“pa gen jis sou tè sa a, jis yo pa nan mond sa a.” Lè nou prezante devan Bondye, egzamine rad nou mete, egzamine tout pawòl ak tout aksyon nou, tout panse ak tout lide nou, epi menm rèv ke nou reve chak jou yo—yo tout se pou pwòp enterè pa nou. Èske sa se pa vrè eta bagay yo? “Lajistis” pa vle di bay lòt yo lacharite, sa pa vle di renmen pwochen w menm jan ak pwòp tèt ou, epi sa pa vle di evite akwochay nan bouch ak diskisyon oswa fè vyolans sou moun pou pran afè yo ak vòlè afè moun. Lajistis vle di pran misyon Bondye a kòm devwa w epi obeyi plan ak aranjman Bondye yo kòm vokasyon syèl la te voye pou ou, kèlkeswa lè a oswa kote a, egzakteman kòmsi tout bagay sa a yo se Seyè Jezi ki te fè yo. Se lajistis sa a ke Bondye t ap pale a. Yo te ka rele Lòt jis se paske li te sove de zanj Bondye te voye yo san li pa t konsidere pwòp gany ak pèd pa li; yo ka sèlman di sa li te fè nan tan sa a ka rele “jis”, men yo pa ka rele li yon moun ki jis. Se sèlman paske Lòt te wè Bondye kifè li te bay de pitit fi li yo ann echanj pou zanj yo, men tout konpòtman li yo nan tan pase yo pa t reprezante lajistis. Se poutèt sa mwen di “pa gen jis sou tè sa a”. Menm pami sila a yo ki nan kouran gerizon an, yo pa ka rele okenn moun “jis”. Kèlkeswa jan aksyon w yo bon, kèlkeswa jan ou sanble ap bay non Bondye glwa, san ou pa frape ni madichonnen lòt moun, san ou pa vòlè ni piye lòt moun, yo toujou pa kapab rele w jis, paske se sa yon moun nòmal kapab genyen. Sa ki pi enpòtan kounye a sè ke ou pa konnen Bondye. Yo kapab sèlman di kounye a ou gen yon tikras limanite nòmal, men san okenn eleman nan lajistis Bondye te pale a, epi konsa anyen w fè pa kapab pwouve ke w konnen Bondye.
Anvan, lè Bondye te nan syèl la, lèzòm te aji yon fason malonèt anvè Bondye. Jodi a, Bondye pami lèzòm—pèsonn pa konnen depi konbyen lane—poutan lèzòm kontinye ap fè bagay yo pou la fòm epi ap eseye twonpe Li. Èske lèzòm pa twò aryere nan fason yo reflechi? Se te menm bagay la avèk Jida: anvan Jezi te vini, Jida t ap bay manti pou twonpe frè ak sè li yo, epi menm apre Jezi te vini, li te toujou pa t chanje; li pa t konnen Jezi ditou, epi alafen li te trayi Jezi. Èske se pa paske li pa t konnen Bondye? Si, jodi a, nou toujou pa konnen Bondye, enben li posib pou nou tounen yon lòt Jida, epi akoz de sa, trajedi kloure Jezi sou kwa a nan Tan Lagras la gen de mil an de sa, t ap retounen fèt ankò. Èske nou pa kwè sa? Se yon reyalite! Jounen jodi, majorite moun yo nan yon sitiyasyon ki menm jan an—petèt mwen di sa yon tikras twò bonè—epi tout moun sa a yo ap jwe wòl Jida a. Se pa pawòl ki san sans m ap pale la a, se sou baz reyalite a mwen ap pale—epi mwen pa ka pa konvenk ou. Malgre anpil moun pran pòz yo gen imilite, se sèlman yon ma dlo san lavi, yon twou dlo santi ki gen nan kè yo. Kounye a la a gen twòp moun konsa nan legliz la, epi nou panse mwen pa konnen sa ditou. Jodi a, Lespri Mwen deside pou Mwen, epi li rann temwayaj pou Mwen. Èske w panse mwen pa konn anyen? Èske w panse mwen pa konprann anyen nan panse sounwa ki andedan kè nou yo, bagay nou kenbe andedan kè nou yo? Èske li sitèlman fasil pou domine sou Bondye? Èske w panse ou kapab trete Li jan w vle? Nan tan pase yo, mwen te pè pou nou pa t vin limite, se poutèt sa mwen te kontinye ba nou libète, men limanite pa t kapab rekonèt jan mwen te bon avèk li, epi lè mwen te bay yon pous yo te pran twa pye. Poze tèt nou kesyon antre nou: mwen prèske pa t janm okipe pèsonn, epi mwen prèske pa t janm rale zòrèy pèsonn—malgre mwen byen klè konsènan motivasyon ak konsepsyon lèzòm. Èske w panse Bondye Li menm, ke Bondye rann temwayaj, se yon moun fou? Nan ka sa a, mwen di ou twò avèg! Mwen p ap denonse ou, men an nou sèlman wè nan ki pwen ou ka vin konwonpi. An nou wè si ti konminezon rize w yo kapab sove w, oswa si eseye meyè fason ou kapab pou w renmen Bondye kapab sove w. Jodi a, mwen pa p kondane w; an nou tann tan Bondye a pou wè ki pinisyon Li ap ba ou. Mwen pa gen tan pou m pale anpil tankou aryennafè avèk ou kounye a, epi mwen pa vle retade pi gwo travay Mwen an poutèt ou menm sèlman. Yon vè tankou w pa merite tan sa ta pran Bondye pou li okipe w—konsa an nou wè sèlman nan ki pwen ou kapab vin devègonde. Moun konsa yo pa pouswiv konesans Bondye ditou, ni yo pa genyen menm pi piti moso lanmou an pou Li, epi malgre sa yo swete pou Bondye ta rele yo jis—èske se pa yon blag? Poutèt se yon ti kantite moun ki vrèman onèt, mwen pral konsantre sèlman sou kontinye bay moun lavi. M ap fè sèlman sa mwen ta dwe fè jodi a, men nan tan k ap vini yo, m ap bay chak moun pinisyon selon sa li te fè. Mwen di tout sa ki gen pou di, paske se egzakteman travay m ap fè a. Mwen fè sèlman sa m ta dwe fè, pa sa m pa ta dwe fè. Toutfwa, mwen espere nou pral pase plis tan ap reflechi: ki kantite egzakteman ki vre nan konesans ou sou Bondye? Èske w se yon moun ki yon fwa ankò kloure Bondye sou kwa a? Men dènye pawòl mwen yo: malè pou moun ki kloure Bondye sou kwa a.