Moun Ki Renmen Bondye Pral Viv Nan Limyè Li Pou Toutan

Sibstans kwayans pifò moun nan Bondye se konviksyon relijye: yo pa kapab renmen Bondye epi ka sèlman swiv Bondye tankou yon wobo yo pa kapab vreman anvi wè Bondye oswa adore Li. Yo senpleman swiv Li an silans. Anpil moun kwè nan Bondye, men se kèk ki renmen Bondye; yo sèlman “respekte” Bondye paske yo pè katastwòf, oswa si se pa sa, yo “admire” Bondye paske Li wo epi Li pisan—men nan reverans ak admirasyon yo, pa gen okenn lanmou oswa vre anvi. Nan eksperyans yo, yo chèche detay verite a, oswa si se pa sa kèk mistè ensiyifyan. Pifò moun senpleman swiv, mete tèt yo an difikilte nan chèche benediksyon; yo pa chèche verite a, ni yo pa vreman obeyi Bondye pou yo ka resevwa benediksyon Bondye yo. Lavi kwayans tout moun yo nan Bondye pa gen sans, li san valè, e konsiderasyon ak aktivite pèsonèl yo ladan li; yo pa kwè nan Bondye pou yo ka renmen Bondye, men pou Li ka beni yo. Anpil moun aji jan sa fè yo plezi; yo fè tout sa yo vle epi yo pa janm konsidere enterè Bondye yo, oswa si sa yo fè yo akòde avèk volante Bondye. Kalite moun sa yo pa menm ka atenn vre kwayans, san mansyone lanmou pou Bondye. Sibstans Bondye a se pa sèlman pou moun kwè; li se, anplis, pou lòm renmen. Men, anpil nan moun ki kwè nan Bondye yo pa kapab dekouvri “sekrè” sa a. Moun yo pa oze renmen Bondye, ni yo pa eseye renmen Li. Yo pa t janm dekouvri gen anpil bagay moun ka renmen nan Bondye; yo pa janm dekouvri, Bondye se Bondye ki renmen lòm, e Li se Bondye pou lòm renmen. Bote Bondye a eksprime nan travay Li: Se sèlman lè yo fè eksperyans travay Li moun yo ka dekouvri bote L; se sèlman nan eksperyans reyèl yo, yo ka apresye bote Bondye a; epi san yo pa obsève sa nan lavi reyèl la, pèsonn pap ka dekouvri bote Bondye. Gen anpil bagay sou Bondye pou renmen, men san angajman reyèl avè L, moun yo pa kapab dekouvri l. Sa kivle di, si Bondye pa t vin fèt nan lachè, moun yo pa tap kapab angaje avè L reyèlman, epi si yo pa ta kapab angaje avè L reyèlman, yo pa tap kapab fè eksperyans travay Li—e konsa lanmou yo pou Bondye tap tache ak anpil manti. Lanmou moun pou Bondye ki nan syèl la pa reyèl tankou lanmou moun pou Bondye ki sou tè a, paske konesans moun genyen sou Bondye ki nan syèl la bati sou imajinasyon yo, olye sa yo te wè ak pwòp je yo ak sa yo te fè eksperyans pèsonèlman. Lè Bondye vini sou tè a, moun yo kapab wè zèv reyèl Li yo ak bote Li, epi yo ka wè tout bagay nan dispozisyon pratik ak nòmal Li yo, tout bagay sa yo pi reyèl dè milye fwa pase konesans sou Bondye ki nan syèl yo. Kèlkeswa nivo moun renmen Bondye ki nan syèl yo pa gen anyen reyèl nan lanmou sa a, e li plen ak lide imen. Kèlkeswa jan lanmou moun yo pou Bondye sou tè a piti, lanmou sa a reyèl; menmsi gen sèlman yon ti kras nan li, li toujou reyèl. Bondye fè moun yo konnen L nan travay ki reyèl, epi atravè konesans sa a Li genyen lanmou yo. Se tankou Pyè: si li pa t viv ak Jezi, li tap enposib pou l adore Jezi. Se konsa tou, lwayote l anvè Jezi te bati sou angajman l ak Jezi. Pou fè lèzòm renmen L, Bondye vini nan mitan lòm e Li viv ansanm ak lòm, e tout sa Li fè moun wè e eksperimante se reyalite Bondye.

Bondye sèvi avèk reyalite e bagay ki rive yo pou fè moun pafè; pawòl Bondye yo ranpli yon pati nan pèfeksyon Li nan moun, e sa se travay gidans ak ouvèti chimen an. Sa kivle di, nan pawòl Bondye yo ou dwe jwenn chimen ki pratik ak konesans sou vizyon yo. Lè li konprann bagay sa yo, lòm pral gen yon chimen ak vizyon nan pratik reyèl li, epi li pral kapab jwenn limyè nan pawòl Bondye yo; li pral kapab konprann, bagay sa yo te soti nan Bondye e li pral kapab disène anpil. Aprè l fin konprann, lòm dwe imedyatman antre nan reyalite sa a epi li dwe itilize pawòl Bondye pou satisfè Bondye nan lavi li ye a. Bondye ap gide w nan tout bagay yo epi pral ba w yon chimen pratik, epi fè w santi jan Li espesyalman bon, e pèmèt ou wè chak etap travay Bondye nan ou gen entansyon fè ou pafè. Si ou vle wè lanmou Bondye, si w ta renmen vreman fè eksperyans lanmou Bondye, lè sa a, ou dwe antre fon nan reyalite, ou dwe antre fon nan lavi reyèl ak wè tout bagay Bondye fè se lanmou ak delivrans, tout sa Li fè se fè moun kapab kite dèyè sa ki pa pwòp, epi rafine bagay nan lòm ki pa kapab satisfè volonte Bondye. Bondye sèvi ak pawòl yo pou bay lòm; Li ranje sikonstans lavi reyèl yo pou moun fè eksperyans, epi si moun yo manje ak bwè anpil nan pawòl Bondye yo, konsa lè yo reyèlman mete yo an pratik, yo ka rezoud tout difikilte nan lavi yo avèk anpil pawòl Bondye. Sa ki vle di, ou dwe gen pawòl Bondye yo pou ka antre fon nan reyalite a; si w pa manje ak bwè pawòl Bondye yo epi ou san travay Bondye, lè sa a, ou pa pral gen okenn chimen nan lavi reyèl la. Si w pa janm manje oswa bwè pawòl Bondye yo, lè sa a ou pral konfonn lè yon bagay rive w. Ou sèlman konnen ou ta dwe renmen Bondye, men ou pa kapab diferansye w epi ou pa gen okenn chimen pratik; ou mele e ou nan konfizyon, epi pafwa ou menm kwè lè w ap satisfè lachè, se Bondye w ap satisfè—tout sa se konsekans lè w pa manje ak bwè pawòl Bondye yo. Sa ki vle di, si w san èd nan pawòl Bondye yo epi sèlman tatonnen nan reyalite a, lè sa a, ou pa anmezi fondamantalman pou jwenn chimen pratik la. Moun konsa senpleman pa konprann ki sa sa vle di kwè nan Bondye, ankò mwens yo konprann sa renmen Bondye vle di. Si, nan sèvi avèk klarifikasyon ak gidans pawòl Bondye yo, ou priye souvan, ak eksplore, ak chèche, epi atravè sa ou dekouvri, sa w bezwen mete an pratik la, ou jwenn opòtinite pou travay Sentespri a, ou vreman kolabore ak Bondye, epi ou pa mele e ou pa nan konfizyon, lè sa a, w ap gen yon chimen nan lavi reyèl la, epi w ap vrèman satisfè Bondye. Lè w satisfè Bondye, pral gen gidans Bondye a andedan w, epi Bondye pral beni w yon fason espesyal, ki pral ba w yon sans rejwisans: Ou pral santi espesyalman ou onore paske ou te satisfè Bondye, ou pral santi espesyalman briye andedan, epi ou pral klè e gen lapè nan kè w. Konsyans ou ap rekonfòte e li pap gen akizasyon, epi ou pral santi w agreyab andedan lè ou wè frè ak sè w yo. Se sa sa vle di jwi lanmou Bondye, e se sèlman sa ki vrèman fè Bondye kontan. Rejwisans moun nan lanmou Bondye a reyalize nan eksperyans: Lè yo fè eksperyans difikilte, epi yo fè eksperyans mete verite a an pratik, yo jwenn benediksyon Bondye yo. Si ou sèlman di Bondye reyèlman renmen w, Bondye te reyèlman peye yon pri lou pou moun, Li te pale avèk pasyans ak dousè anpil pawòl epi toujou sove moun, sa w di yo se sèlman yon bò nan rejwisans Bondye a. Men, pi gwo rejwisans lan—rejwisans reyèl la se lè moun yo mete verite a an pratik nan lavi reyèl yo, apre yo nan lapè epi klè nan kè yo. Yo santi yo vrèman bouje anndan yo pi yo santi Bondye pi emab. W ap santi pri ou te peye a pi plis pase jis. Apre w fin peye yon gwo pri nan efò w, ou pral espesyalman briye andedan w: Ou pral santi ou jwi lanmou Bondye a tout bon epi ou pral konprann Bondye te fè travay delivrans lan nan moun, rafinman Li nan moun vle di Li pirifye yo, e Bondye ap teste moun yo pou L wè si yo renmen L vreman. Si w toujou mete verite a an pratik nan fason sa a, lè sa a, w ap devlope piti piti yon konesans klè nan anpil nan travay Bondye a, epi nan moman sa a w ap santi pawòl Bondye yo devan w klè tankou kristal. Si w ka byen konprann klè anpil verite, ou pral santi tout bagay yo fasil pou mete an pratik, ou ka simonte nenpòt pwoblèm ak tantasyon, epi ou pral wè anyen pa yon pwoblèm pou ou, sa ki pral libere w anpil epi ede w chape. Nan moman sa a, ou pral jwi lanmou Bondye a, epi vre lanmou Bondye a pral rive sou ou. Bondye beni moun sa yo ki gen vizyon, ki gen verite a, ki gen konesans, epi ki renmen Li tout bon. Si moun yo vle wè lanmou Bondye, yo dwe mete verite a an pratik nan lavi reyèl la, yo dwe dispoze andire doulè epi abandone sa yo renmen pou satisfè Bondye, e malgre dlo nan je yo, yo dwe toujou kapab satisfè kè Bondye. Nan fason sa a, se sèten Bondye pral beni w, epi si ou andire difikilte tankou sa a, travay Sentespri a pral swiv li. Atravè lavi reyèl la, ak naneksperyans pawòl Bondye yo, moun yo kapab wè bote Bondye, epi se si yo te goute lanmou Bondye sèlman yo ka vreman renmen L.

Plis ou mete verite a an pratik, se plis verite a posede w; plis ou mete verite a an pratik, se plis ou posede lanmou Bondye; e plis ou mete verite a an pratik, se plis Bondye beni w. Si w toujou pratike nan fason sa a, lanmou Bondye pou ou pral pèmèt ou wè gradyèlman, menm jan Pyète vin konnen Bondye: Pyè te di Bondye pa sèlman gen bon konprann pou kreye syèl yo ak tè a ak tout bagay ki ladan l, men, anplis, Li tou gen bon konprann pou fè vre travay nan moun. Pyè te di Bondye pa sèlman merite lanmou moun yo paske Li te kreye syèl yo, tè a ak tout bagay ki ladan l, men, anplis, akòz kapasite Li pou kreye lòm, pou sove lòm, pou fè lòm pafè, epi pou Li bay lòm lanmou Li. Konsa tou, Pyè te di gen anpil bagay nan Li ki merite lanmou lòm. Pyè te di Jezi: “Èske kreye syèl yo, tè a ak tout bagay se sèl rezon kifè Ou merite lanmou lòm? Gen plis nan Ou ki merite lanmou. Ou aji ak deplase nan lavi reyèl la, Lespri w manyen m anndan mwen, Ou disipline m, Ou reproche m—bagay sa yo fè W merite lanmou moun plis toujou.” I w vle wè ak fè eksperyans lanmou Bondye, lè sa a, ou dwe eksplore epi chèche nan lavi reyèl la epi ou dwe vle mete sou kote pwòp kò w. Ou dwe pran rezolisyon sa a. Ou dwe yon moun ki gen detèminasyon ki kapab satisfè Bondye nan tout bagay, san fè parese oswa anvi plezi lachè sitèlman, ki pap viv pou lachè men ki ap viv pou Bondye. Gen kèk lè w pa satisfè Bondye. Se paske w pa konprann volonte Bondye; pwochenn fwa a, menm si sa pral mande plis efò, ou dwe satisfè L e ou pa dwe satisfè lachè. Lè w fè eksperyans nan fason sa a, w ap vin konnen Bondye. Ou pral wè Bondye ka kreye syèl yo ak tè a ak tout bagay, Li te vin fèt nan lachè pou moun ka wè L reyèlman epi angaje avè L reyèlman; ou pral wè, Li kapab mache nan mitan lèzòm, e Lespri Li ka fè moun pafè nan lavi reyèl la, sa ki pèmèt yo wè bote Li e fè eksperyans disiplin Li, pinisyon Li, ak benediksyon L yo. Si w toujou fè eksperyans nan fason sa a, ou pral pa ka separe ak Bondye nan lavi reyèl, epi si yon jou relasyon w ak Bondye sispann nòmal, ou pral kapab soufri repwòch e santi remò. Lè w gen yon relasyon nòmal ak Bondye, ou pa janm vle kite Bondye, epi si yon jou Bondye di Li pral kite w, ou pral pè, epi ou pral di, ou pito mouri pase pou Bondye kite w. Pi vit ou gen emosyon sa yo, w ap santi w pa kapab kite Bondye, e nan fason sa a, w ap gen yon fondasyon, epi ou pral vreman jwi lanmou Bondye.

Moun souvan pale de kite Bondye lavi yo, men eksperyans yo poko rive nan pwen sa a. Ou senpleman di, Bondye se lavi w, Li gide w chak jou, ou manje ak bwè pawòl li yo chak jou, epi ou priye L chak jou, se konsa li te vin tounen lavi w. Konesans moun ki di sa a byen sipèfisyèl. Anpil moun pa gen fondasyon nan yo; Pawòl Bondye yo te plante nan yo, men yo poko jèmen, ankò mwens yo pa bay okenn fwi. Jodi a, nan ki nivo ou fè eksperyans? Se sèlman kounye a, apre Bondye fin fòse w rive jouk la, ou santi w pa ka kite Bondye. Yon jou, lè eksperyans ou te rive nan yon nivo, si Bondye te fè w kite, ou pa tap kapab. W ap toujou santi w pa ka rete san Bondye anndan w; ou kapab san yon mari, madanm, oswa pitit, san yon fanmi, san yon manman oswa papa, san plezi nan lachè yo, men ou pa ka rete san Bondye. Lè w san Bondye ta tankou pèdi lavi w; ou pa ta kapab viv san Bondye. Lè w te fè eksperyans nan pwen sa a, ou te pral frape mak la nan lafwa w nan Bondye, ak nan fason sa a, Bondye te pral vin tounen lavi w, Li te pral vin fondasyon egzistans ou. Ou pap janm ka kite Bondye ankò. Lè w te fè eksperyans nan nivo sa a, ou te pral reyèlman jwi lanmou Bondye a, epi lè w gen yon relasyon ase sere avèk Bondye, Li pral lavi w, lanmou w, epi nan moman sa a, ou pral priye Bondye e di: “O Bondye! Mwen pa ka kite W. Ou se lavi mwen. Mwen ka ale san tout lòt bagay—men san Ou, mwen pa ka kontinye viv.” Sa a se vre nivo moun; sa se lavi reyèl la. Yo te fòse Kèk moun te vini osi lwen ke jodi a: Yo oblije kontinye ke yo vle li ou pa, epi yo toujou santi konkidire yo kole ant yon wòch ak yon kote ki di. Ou dwe fè eksperyans yon fason pou Bondye se lavi w, yon fason si Bondye te soti nan kè w, sa ta tankou ou pèdi lavi w; se Bondye ki dwe lavi w, epi w dwe pa anmezi pou kite L. Nan fason sa a, ou pral fè eksperyans Bondye tout bon, epi nan moman sa a, lè w renmen Bondye, w ap renmen Bondye tout bon, epi sa pral yon lanmou inik e ki pwòp. Yon jou, lè eksperyans ou yo tankou jan lavi ou te rive nan yon nivo, lè w priye Bondye, epi pou manje ak bwè pawòl Bondye yo, ou pap kapab kite Bondye pati andedan w, ni ou pap ka bliye L menm si ou te vle. Bondye ap vin lavi w; ou ka bliye mond lan, ou ka bliye madanm ou, mari w, oswa pitit ou yo, men w ap gen pwoblèm pou bliye Bondye—fè yon bagay konsa ta enposib, sa a se vre lavi w ak vre lanmou w pou Bondye. Lè lanmou moun pou Bondye rive nan yon nivo, lanmou yo pou anyen ankò pa egal a lanmou yo pou Bondye; lanmou yo pou Bondye vini an premye. Nan fason sa a, ou kapab abandone tout lòt bagay, epi dispoze aksepte tout bagay e separasyon ak Bondye. Lè w te reyalize yon lanmou pou Bondye ki depase tout lòt bagay, w ap viv nan reyalite ak nan lanmou Bondye a.

Pi vit Bondye vin tounen lavi a nan moun yo, moun yo vin pa kapab kite Bondye. Èske se pa zèv Bondye a? Pa gen pi gwo temwayaj! Bondye te travay nan yon nivo; Li te di pou moun yo fè sèvis, yo dwe sibi pinisyon oswa mouri, epi moun ki pa t fè bak, sa ki montre, Bondye te konkeri yo. Moun ki gen verite a se moun ki, nan eksperyans reyèl yo, ka kanpe fèm nan temwayaj yo, kanpe fèm nan pozisyon yo, kanpe sou bò Bondye, san yo pa janm fè bak, epi ki ka gen yon relasyon nòmal ak moun ki renmen Bondye, lè yon bagay rive yo, yo kapab obeyi Bondye konplètman, epi yo ka obeyi Bondye nan lanmò. Pratik ak revelasyon w yo nan lavi reyèl la se temwayaj Bondye, yo se lavi lòm ak temwayaj Bondye, e sa se jwi lanmou Bondye vrèman; lè w te fè eksperyans nan pwen sa a, ou pral atenn efè ou te dwe a. Vi aktyèl la posede w epi lòt moun yo gade chak aksyon w avèk admirasyon. Yo pa remake rad ou ak aparans deyò w, men ou ap viv yon lavi nan pi gwo atachman relijye, epi lè w kominike pawòl Bondye yo, Li gide e Li eklere w. Ou kapab pale volonte Bondye atravè pawòl ou yo, kominike reyalite, epi ou konprann anpil bagay sou sèvi nan lespri. Ou franch nan diskou w, ou desan e ou dwat, ou pa nan konfwontasyon e ou modere, ou kapab obeyi aranjman Bondye yo e kenbe fèm nan temwayaj ou lè kèk bagay rive w, epi ou trankil e ou poze kèlkeswa sa ou ap fè fas la. Kalite moun sa a te wè lanmou Bondye vrèman. Gen kèk moun ki toujou jèn, men yo aji tankou yon moun ki gen laj mwayen; yo gen matirite, verite a posede yo, epi lòt moun admire yo—e se moun sa yo ki gen temwayaj e ki se manifestasyon Bondye. Ki vle di, lè yo te fè eksperyans nan yon nivo, andedan yo pral gen yon klèvwayans sou Bondye, epi dispozisyon ekstèn yo pral estabilize tou. Anpil moun pa mete verite a an pratik e yo pa kenbe fèm nan temwayaj yo. Nan moun sa yo pa gen lanmou pou Bondye, oswa temwayaj devan Bondye, epi se moun sa yo Bondye pi deteste. Yo li pawòl Bondye yo nan rasanbleman yo, men vi yo ap mennen se Satan, e sa se dezonore Bondye, joure Bondye, ak pale mal sou Bondye. Nan kalite moun sa yo, pa gen siy lanmou Bondye, epi yo pa gen zèv Sentespri a ditou. Si kè w toujou nan lapè devan Bondye, epi ou toujou fè atansyon sou moun ak bagay ki antoure w yo, e sa k ap pase bò kote w, epi si w sonje fado Bondye a, epi toujou gen yon kè ki venere Bondye, lè sa a, Bondye pral eklere w souvan. Nan legliz la gen moun ki se “sipèvizè”: Yo plase pou veye echèk lòt moun yo epi konsa kopye e imite yo. Yo pa kapab diferansye yo, yo pa rayi peche epi yo pa deteste ni santi bagay Satan yo degoutan. Moun sa yo plen ak bagay Satan, e finalman, Bondye ap abandone yo ouvètman. Kè w ta dwe toujou nan respè devan Bondye, ou ta dwe modere nan pawòl ou ak aksyon epi pa janm vle opoze oswa fè Bondye fache. Ou pa ta dwe janm vle pou travay Bondye a nan ou pat itil anyen, oswa pou pèmèt tout difikilte ou te andire ak tout sa ou te mete an pratik yo vin initil. Ou dwe dispoze pou travay pi di e pou renmen Bondye plis sou chimen ki devan w lan. Sa yo se moun ki gen yon vizyon tankou fondasyon yo. Sa yo se moun kap chèche pwogrè.

Si moun kwè nan Bondye epi fè eksperyans pawòl Bondye yo ak yon kè ki onore Bondye, lè sa a nan moun sa yo delivrans Bondye a ak lanmou Bondye ka manifeste. Moun sa yo kapab temwaye pou Bondye; yo viv verite a, e sa yo temwaye a se laverite tou, sa Bondye ye ak dispozisyon Bondye. Yo viv nan mitan lanmou Bondye a epi yo te wè lanmou Bondye a. Si moun yo vle renmen Bondye, yo dwe goute bonte Bondye epi wè bote Bondye; se sèlman lè sa a yon kè ki renmen Bondye ka leve nan yo, yon kè ki enspire moun bay tèt yo fidèlman pou Bondye. Bondye pa fè moun renmen L nan mo ak ekspresyon oswa atravè imajinasyon yo, epi li pa fòse moun renmen L. Olye sa, Li kite yo renmen L nan pwòp volonte yo, epi Li kite yo wè bote Li nan travay Li ak pawòl Li yo, apre sa renmen Bondye a te pran nesans nan yo. Se nan fason sa a sèlman moun ka pote temwayaj pou Bondye vreman. Moun yo pa renmen Bondye paske lòt moun ankouraje yo fè sa, ni se pa yon enpilsyon emosyonèl ki pa dire lontan. Yo renmen Bondye paske yo te wè bote Li, yo te wè gen anpil bagay nan Li ki merite lanmou moun, paske yo te wè delivrans Bondye a, sajès, ak bèl zèv yo—e kòm konsekans, yo fè lwanj Bondye vreman e anvi wè L vreman, epi gen yon pasyon konsa ki leve nan yo, yo pa t kapab siviv san Bondye. Rezon ki lakòz moun sa yo ki temwaye Bondye vreman yo kapab ba L yon temwayaj ki retenti se paske temwayaj yo chita sou fondasyon vre konesans ak vre anvi pou Bondye. Yo pa ofri kalite temwayaj sa a dapre yon enpilsyon emosyonèl, men dapre konesans yo sou Bondye ak dispozisyon Li. Paske yo vin konnen Bondye, yo santi yo dwe temwaye Bondye ak asirans epi fè tout moun ki anvi Bondye rive konnen Bondye, epi yo dwe pran konsyans de bote Bondye ak reyalite L. Tankou lanmou moun pou Bondye, temwayaj yo espontane; li reyèl e li gen vre siyifikasyon ak valè. Li pa pasif oswa kre e san sans. Rezon ki fè se sèlman moun ki renmen Bondye vreman ki gen plis valè ak siyifikasyon nan lavi yo, rezon sèlman ki fè yo kwè nan Bondye vrèman, se paske moun sa yo kapab viv nan limyè Bondye a epi yo kapab viv pou travay ak jesyon Bondye a. Se paske yo pa rete nan fènwa, men yo viv nan limyè; yo pa viv lavi san sans la, men lavi Bondye te beni a. Se sèlman moun ki renmen Bondye ki kapab temwaye Bondye, se sèlman yo ki se temwen Bondye, se sèlman yo Bondye beni, e se sèlman yo ki kapab resevwa pwomès Bondye yo. Moun ki renmen Bondye se entim Bondye; yo se moun Bondye renmen anpil, epi yo ka jwi benediksyon yo ansanm ak Bondye. Se sèlman moun sa yo ki pral viv nan letènite, epi sèlman yo ki prap viv anba swen ak pwoteksyon Bondye pou tout tan. Bondye se pou moun renmen, e li merite lanmou tout moun, men se pa tout moun ki kapab renmen Bondye, e se pa tout moun ki ka temwaye Bondye epi kenbe pouvwa avèk Bondye. Paske yo kapab temwaye Bondye epi konsakre tout efò yo pou travay Bondye a, moun ki renmen Bondye vreman ka mache nenpòt kote anba syèl yo san pèsonn pa oze opoze ak yo, epi yo ka egzèse pouvwa sou tè a epi dirije tout pèp Bondye a. Moun sa yo te reyini nan tout mond lan. Yo pale lang ki diferan yo epi yo gen koulè po ki diferan yo, men egzistans yo gen menm siyifikasyon an; yo tout gen yon kè ki renmen Bondye, yo tout rann menm temwayaj, e yo gen menm detèminasyon, epi yo gen menm rezolisyon. Moun ki renmen Bondye ka mache lib nan tout mond lan, e moun ki temwaye Bondye ka vwayaje atravè linivè a. Bondye renmen moun sa yo, Bondye beni yo, e y ap viv nan limyè Li pou toutan.

Avan:  Kijan Pyè Te rive konnen Jezi

Pwochen:  Travay Sentespri a ak Travay Satan an

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger