De Enkanasyon Yo Konplete Enpòtans Enkanasyon an
Chak etap nan zèv Bondye akonpli an gen pwòp enpòtans pratik li. Nan epòk lan, lè Jezi te vini an, Li te yon gason, e lè Bondye ap vini fwa sa a, Li se yon fanm. Apati sa a, ou ka wè Bondye te kreye alafwa gason ak fanm pou zèv Li, e ak Li pa gen distenksyon nan sèks. Lè Lespri li ap vini, Li ka pran nenpòt lachè Li vle, e lachè sa a kapab reprezante L; kit li se gason oswa fanm, li ka reprezante Bondye toutotan li se enkanasyon lachè Li. Si Jezi te parèt tankou yon fanm lè Li te vini an, nan yon lòt fason, si Sentespri an te fè yon ti pitit fi, e non pa yon ti gason, etap sa a nan zèv lan t ap deja gentan akonpli. Si se te sa l te ye, eben se yon gason ki ta dwe akonpli etap aktyèl nan zèv lan pito, men zèv lan t ap deja gentan akonpli. Zèv ki reyalize an nan chak etap yo gen menm enpòtans lan; okenn etap nan zèv lan pa repete, ni pa gen konfli ak lòt. Nan epòk lan, Jezi, nan reyalizasyon zèv Li an, yo te rele l sèl grenn Pitit Gason an, e “Pitit Gason” enplike sèks maskilen an. Poukisa sèl Pitit Gason an pa mansyone nan etap aktyèl sa a? Paske egzijans zèv lan te nesesite yon chanjman nan sèks parapò ak sèks pa Jezi an. Ak Bondye, pa gen okenn disktenksyon nan sèks. Li akonpli zèv Li an jan Li swete l lan, e nan akonplisman zèv Li an Li pa soumèt ak okenn restriksyon, men Li espesyalman lib. Poutan chak etap nan zèv lan gen pwòp enpòtans pratik li. Bondye te tounen lachè de fwa, e Li pwouve tèt Li enkanasyon Li an pandan dènye jou yo se moman final lan. Li vini pou pou L fè konnen tout aksyon Li yo. Si nan etap sa a Li pa t tounen lachè nan lide pou pèsonèlman reyalize zèv pou lòm temwen, lòm t ap atache l pou toutan ak nosyon Bondye se gason l ye sèlman, non pa yon fanm. Anvan sa, tout limanite te kwè Bondye pa t ka pa yon gason e yo pa t ka rele yon fanm Bondye, paske tout limanite te konsidere gason gen otorite sou fanm. Yo te kwè okenn fanm pa t ka pran otorite, se te sèlman gason ki te ka fè sa. Anplis, yo te menm di gason se te tèt fanm e fanm dwe obeyi gason e li pa t ka depase l. Nan tan lontan, lè yo te di gason se te tèt fanm, sa te adrese ak Adan e Èv, ki te tonbe anba sediksyon sèpan an—non pa ak gason ak fanm nan jan Jewova te kreye yo okòmansman. Byensi, yon fanm dwe obeyi epi renmen mari l, e yon mari l dwe aprann nouri epi sipòte fanmi l. Sa yo se lwa ak dekrè Jewova prezante limanite dwe respekte pandan lavi yo sou latè. Jewova te di fanm lan: “W ap toujou anvi mari w, epi l ap domine sou ou.” Li te pale konsa pou limanite (sa vle di, alafwa gason ak fanm) kapab viv lavi nòmal anba dominasyon Jewova, e pou lavi limanite ta ka gen yon estrikti e pa ekate l sot nan bon jan limit li. Konsa, Jewova te fè règ ki apwopriye sou fason gason ak fanm ta dwe aji, malgre sa te sèlman konsène tout sa ki kreye k ap viv sou latè, e sa pa t gen okenn rapò ak enkanasyon lachè Bondye. Kijan pou Bondye ta ka menm jan ak sa Li kreye yo? Pawòl li yo te adrese sèlman ak limanite kreyasyon Li an; se te nan lide pou limanite viv lavi nòmal Li te etabli règ pou gason ak fanm. Nan kòmansman, lè Jewova te kreye limanite, Li te fè de tip moun, alafwa gason ak fanm; e donk gen repatisyon gason ak fanm nan enkanasyon lachè Li. Li pa t pran desizyon sou zèv li sou baz pawòl Li te pale ak Adan e Èv. De moman Li te tounen lachè yo te totalman detèmine dapre refleksyon Li nan moman Li te kreye limanite premye fwa; sa vle di Li te fini zèv de enkanasyon Li yo sou baz gason an ak fanm lan anvan yo te kowonpi. Si limanite te pran pawòl Jewova te pwononse bay Adan e Èv yo, ki te tonbe anba sediksyon sèpan an, epi li te aplike yo ak zèv enkanasyon Bondye an, èske Jezi pa t ap blije renmen madanm Li jan Li ta dwe an? Nan fason sa a, èske Bondye t ap toujou Bondye? E si se konsa, èske Li t ap toujou kapab fini zèv Li an? Si l ta fo pou enkanasyon lachè Bondye yon fanm, eben èske li pa t ap yon erè nan pi gwo nivo an tou dèske Bondye te kreye fanm? Si moun toujou kwè li pa t ap bon pou Bondye pran fòm moun tankou yon fanm, eben èske Jezi, ki Li Menm pa t marye e kidonk pa t kapab renmen madanm Li, pa t ap otan nan erè menm jan ak enkanasyon aktyèl lan? Piske ou itilize mo Jewova te pwononse bay Èv yo pou mezire laverite enkanasyon Bondye nan moman aktyèl lan, eben ou dwe itilize pawòl Jewova te pwononse bay Adan yo pou jije Seyè Jezi an ki te tounen lachè nan Epòk Lagras lan. Èske sa yo pa yon sèl e menm bagay lan? Piske ou pran mezi Seyè Jezi an selon gason sèpan an pa t sedui an, eben ou pa ka jije laverite enkanasyon jodi an selon fanm sèpan an pa t sedui an. Sa pa t ap jis! Mezire Bondye nan fason sa a pwouve ou manke lojik. Lè Jewova te tounen lachè de fwa, idantite seksyèl lachè Li te lye ak gason ansanm ak fanm sèpan an pa t sedui an; se te nan konfòmite ak gason ansanm ak fanm sèpan an pa t sedui an Li te tounen lachè de fwa. Pa panse maskilinite Jezi an te menm ak pa Adan, ki te tonbe anba sediksyon sèpan an. Yo de an totalman endepandan, yo se gason ki gen de nati diferan. Se sèten maskilinite Jezi an pa pwouve Li se tèt tout fanm yo men pa pou tout gason yo? Èske Li pa Wa tout juif yo (sa gen ladan l tout gason ak fanm)? Li se Bondye Li Menm, pa senpman tèt fanm men tèt gason tou. Li se Seyè tout kreyati epi tèt tout kreyati. Kijan ou ta ka detèmine maskilinite Jezi an se senbòl tèt fanm? Èske sa pa t ap yon blasfèm? Jezi se yon gason ki pa t janm kowonpi. Li se Bondye; Li se Kris lan; Li se Seyè an. Kijan Li t ap ka yon gason tankou Adan ki te kowonpi? Jezi se lachè Lespri Bondye ki pi sen an mete. Kijan ou ta ka di Li se yon Bondye ki posede maskilinite Adan? Nan ka sa a, èske tout zèv Bondye an pa t ap pa bon? Èske Jewova t ap kapab entegre anndan Jezi maskilinite Adan sèpan an te sedui an? Èske enkanasyon moman aktyèl lan pa yon lòt egzanp zèv enkanasyon Bondye an, ki diferan nan idantite seksyèl li ak Jezi men ki menm jan ak Li nan nati l? Èske ou toujou oze di enkanasyon Bondye an pa t ap ka yon fanm, paske fanm se te premye moun sèpan an te sedui? Èske ou toujou di, kòm fanm se sa ki pi pa pwòp lan ak sous koripsyon limanite, Bondye pa t janm ka tounen lachè antanke yon fanm? Èske ou oze pèsiste nan di “fanm dwe toujou obeyi lòm epi gendwa pa p janm ka manifeste oswa reprezante dirèkteman Bondye”? Ou pa t konprann lontan, men èske ou kontinye blasfème zèv Bondye an kounya, espesyalman enkanasyon lachè Bondye an? Si sa pa klè pou ou, pito ou fè atansyon ak lang ou, pou sotiz ak inyorans ou pa revele epi lèdè ou pa ekspoze. Pa panse ou konprann tout bagay. Mwen di ou tout sa ou wè epi eksperimante pa ase pou ou konprann menm yon milyèm nan plan jesyon Mwen an. Kidonk poukisa ou aji ak fyète konsa? Ti moso talan sa a e ti kras konesans ou genyen an pa ase pou Jezi itilize menm pou yon sèl segonn nan zèv Li an! Ki eksperyans ou posede reyèlman? Sa ou wè ak tout sa ou tande pandan lavi ou epi sa ou imajine mwens pase zèv mwen akonpli nan yon sèl moman! Pito ou pa ting ting epi twouve defo. Ou kapab otan awogan ou vle l, men ou pa anyen plis pase yon kreyati ki pa menm egal ak yon foumi! Tout sa ou kenbe nan vant ou mwens pase sa ki nan vant yon foumi! Pa panse, senpman akoz ou pran eksperyans ak ansyènte, sa otorize ou fè gwo jès epi pale fò. Èske eksperyans ak ansyènte ou an se pa pwodui mo ou te pwononse yo? Èske ou kwè yo te pou pwòp travay ak redi ou? Jodi an, ou wè mwen tounen lachè, e pou sa sèlman genyen nan ou yon depasman konsèp, e pa gen okenn fen nan nosyon yo ki sot ladan l. Si se pa t pou enkanasyon Mwen an, menm si ou te posede talan ki ekstrawòdinè, ou pa t ap gen tout konsèp sa yo; e èske se pa nan sa yo nosyon ou yo soti? Si Jezi pa t tounen lachè premye fwa sa a, èske ou t ap menm konnen sa k enkanasyon an? Èske se pa akoz premye enkanasyon an te ba ou konesans ou gen enpridans eseye jije dezyèm enkanasyon an? Poukisa, olye pou ou yon disip obeyisan, ou soumèt li ak yon etid? Lè ou te antre nan kouran sa a epi vin devan Bondye ki tounen moun lan, èske Li t ap pèmèt ou fè rechèch sou Li? Ou ka fè rechèch sou pwòp istwa fanmi ou, men si ou eseye fè rechèch sou “istwa fanmi” Bondye an, èske Bondye jodi an t ap pèmèt ou mennen yon etid konsa? Èske ou pa avèg? Èske ou pa pote mepri kont tèt ou?
Si sèlman zèv Jezi an te akonpli, e yon zèv nan etap sa a nan dènye jou yo pa t konplete l, lòm t ap atache l pou toutan ak nosyon Jezi se sèlman sèl grenn Pitit Gason Bondye an, sa vle di, Bondye gen sèlman yon sèl pitit gason, e nenpòt moun ki vin apresa sou yon lòt non pa t ap sèl grenn Pitit Gason Bondye an, ankò mwens Bondye Li Menm. Lòm gen nosyon nenpòt moun ki sèvi antanke yon ofrann pou peche oswa ki pran pouvwa nan non Bondye epi rachte tout limanite, se sèl grenn Pitit Gason Bondye an. Genyen kèk ki kwè toutotan Sila ki vini an se yon gason, yo gendwa konsidere L se sèl Pitit Gason Bondye an epi reprezantan Bondye. Gen menm sila yo ki di Jezi se Pitit Gason Jewova, sèl grenn Pitit Gason Li an. Èske nosyon sa yo pa egzajere? Si etap sa a nan zèv lan pa t akonpli nan epòk final lan, eben devan Bondye tout limanite t ap vwale anba yon lonbraj sonb. Si se ta sa l ta ye, lòm t ap panse li pi wo pase fanm, e fanm yo pa t ap janm kapab leve tèt yo, epi apresa pa menm yon sèl fanm t ap ka sove. Moun toujou kwè Bondye se yon gason, e anplis sa Li te toujou meprize fanm e pa t ap janm sove l. Si se ta sa l ta ye, èske li pa t ap vre tout fanm yo, Jewova te kreye e ki te kowonpi tou, pa t ap janm gen opòtinite pou yo sove? Eben èske li pa t ap san enpòtans pou Jewova te kreye fanm, sa vle di, pou te kreye Èv? E èske fanm pa t ap peri pou letènite? Pou rezon sa a, etap nan zèv lan pandan dènye jou yo dwe antreprann nan lide pou sove tout limanite, pa senpman fanm. Si yon moun ta dwe panse si Bondye te dwe tounen moun antanke yon fanm, li t ap sèlman pou sove fanm, eben moun sa a t ap yon enbesil anfèt!
Zèv jodi an fè avanse zèv Epòk Lagras lan; sa vle di, zèv nan kad plan jesyon simil lane an pwogrese. Malgre Epòk Lagras lan fini, gen pwogrè nan zèv Bondye an. Poukisa mwen di plizyè fwa etap sa a nan zèv lan konstwi sou Epòk Lagras lan ak Epòk Lalwa a? Paske zèv jodi a a se yon pousuit zèv ki fèt nan Epòk Lagras lan, e yon pwogrè parapò ak sa ki akonpli nan Epòk Lalwa a. Twa etap yo entèkonekte nan yon fason sere, ak chak mayon nan chèn lan ki lye byen di ak lòt lan. Poukisa mwen di tou etap sa a nan zèv lan konstwi sou sa Jezi akonpli an? Ann sipoze etap sa a pa t konstwi sou zèv Jezi akonpli an, yon krisifiksyon t ap blije fèt nan etap sa a, e zèv ki pote redanmsyon nan etap anvan an ta dwe akonpli yon lòt fwa ankò. Sa pa t ap gen okenn sans. E kidonk se pa zèv lan ki totalman fini, men epòk lan te pwogrese e nivo zèv lan te ogmante plis pase oparavan. Nou ka di etap sa a nan zèv lan konstwi sou fondman Epòk Lalwa a epi sou wòch zèv Jezi an. Zèv Bondye an konstwi etap apre etap, e etap sa a pa yon kòmansman tounèf. Se sèl konbinezon twa etap zèv yo ki gendwa konsidere kòm plan jesyon simil lane an. Zèv etap sa a fèt sou fondman zèv Epòk Lagras lan. Si de etap zèv sa yo pa t lye, eben poukisa krisifiksyon an pa repete nan etap sa a? Poukisa mwen pa pote peche lòm yo, men olyesa mwen vini pou jije epi chatye lòm dirèkteman? Si zèv Mwen pou jije epi chatye lòm ak retou Mwen kounya, non pa nan konsepsyon Sentespri an, pa t suiv krisifiksyon an, eben mwen pa t ap kalifye pou jije epi chatye lòm. Se presizeman paske mwen se yon sèl ak Jezi mwen vin dirèkteman pou chatye epi jije lòm. Zèv lan nan etap sa a konstwi totalman sou zèv etap ki vin anvan an. Se sa k fè se sèlman yon zèv nan kalite sa ki ka mennen lòm, etap apre etap, nan sali an. Jezi ak mwen soti nan yon sèl Lespri. Menm si Nou pa lye nan lachè Nou, Lespri Nou yo fè yon sèl; menm si kontni sa Nou fè ak zèv Nou antreprann lan pa menm bagay lan, esansyèlman Nou sanble; lachè Nou pran diferan fòm, men sa se akoz chanjman epòk lan ak diferan egzijans zèv Nou an; ministè Nou yo pa sanble, kidonk zèv Nou pwodui an ak tanperaman Nou revele bay lòm yo diferan tou. Se poutèt sa, sa lòm wè epi konprann jou sa a diferan ak tan pase an, akoz chanjman nan epòk lan. Pou otan yo diferan nan sèks ak nan fòm lachè Yo, e Yo pa t fèt nan menm fanmi an, ankò mwens nan menm peryòd lan, lespri Yo poutan se yon sèl. Pou otan lachè yo pa pataje ni san ni parante fizik okenn tip lan, nou pa ka nye Yo se enkanasyon lachè Bondye nan de peryòd tan diferan. Di yo se enkanasyon lachè Bondye se yon verite ki pa ka demanti, menm si Yo pa gen menm san e yo pa pataje yon langaj imen ki komen (youn se te yon gason ki te pale lang juif yo epi lòt lan yon fanm ki sèlman pale chinwa). Se pou rezon sa yo Yo viv nan peyi diferan pou akonpli zèv yo chak gen pou fè an, epi nan diferan peryòd tan tou. Malgre Yo se menm Lespri an, ki posede menm nannan an, pa gen okenn resanblans radikal ant kokiy deyò yo lachè Yo. Tout sa Yo pataje se menm imanite an, men nan sa ki gen rapò ak aparans deyò lachè Yo ak sikonstans nesans Yo, Yo pa sanble. Bagay sa yo pa gen okenn enpak sou zèv Yo chak lan oswa sou konesans lòm gen sou Yo, paske, nan analiz final lan, Yo se menm Lespri an e pèsòn pa ka separe Yo. Menm si Yo pa lye ak san, tout yo menm sou responsablite Lespri Yo, sa ki ba Yo yon zèv diferan nan peryòd tan diferan, ak lachè Yo ak diferan san k ap koule ladan l. Lespri Jewova pa papa Lespri Jezi an, e Lespri Jezi an pa pitit Lespri Jewova: Yo se yon sèl ak menm Lespri an. Nan menm fason an, Bondye ki tounen moun jodi an ak Jezi pa lye ak san, men Yo se yon sèl, se paske Lespri Yo se yon sèl. Bondye ka akonpli zèv mizerikòd ak bonte, ansanm ak pa jijman jis lan epi chatiman lòm lan, e zèv pou l ap rele malediksyon sou lòm; e alafen, Li ka akonpli zèv pou l detwi mond lan epi pini mechan yo. Èske Li pa fè tout sa Li Menm? Èske sa pa omnipotans Bondye an? Li te kapab alafwa pwomilge lwa pou lòm e ba li kòmandman, e Li te kapab tou kondui premye Izrayelit yo nan viv lavi yo sou latè, epi gide yo nan konstwi tanp lan ak otèl yo, kenbe tout Izrayelit yo anba dominasyon L. Akoz otorite Li, Li te viv sou latè ak pèp Izrayèl pandan demil lane. Izrayelit yo pa t oze fè rebèl kont Li; tout te venere Jewova epi te obsève kòmandman Li yo. Sa se te zèv ki te akonpli selon otorite Li ak omnipotans Li. Epi, pandan Epòk Lagras lan, Jezi te vini pou rachte tout limanite ki chite an (pa sèlman Izrayelit yo). Li te montre mizerikòd ak bonte pou lòm. Jezi lòm te wè an nan Epòk Lagras lan te ranpli ak bonte epi te toujou renmen lòm, paske Li te vini pou sove limanite anba peche. Li te kapab padone peche lòm yo jouk krisifiksyon Li te rachte totalman limanite anba peche. Pandan peryòd sa a, Bondye te parèt devan lòm ak mizerikòd ak bonte; sa vle di, Li te vini yon ofrann pou peche pou lòm epi yo te krisifye L pou peche lòm, pou yo te ka padone yo pou toutan. Li te gen mizerikòd, konpasyon, pasyans epi lanmou. E tout sila yo ki te suiv Jezi nan Epòk Lagras lan te chèche tou pou yo pasyan epi gen lanmou nan tout bagay. Yo t ap soufri depi lontan e yo pa t janm riposte menm lè yo te bat, joure oswa lapide yo. Men pandan etap final lan li pa ka konsa ankò. Zèv Jezi ak Jewova pa t totalman mem lan menm si Yo te yon sèl Lespri. Zèv Jewova a pa t pote yon fen nan epòk lan, men li te gide epòk lan, nan inogire lavi limanite sou latè, e zèv jodi an se pou pran nasyon payen yo ki te kowonpi jouk nan zo yo, epi dirije non sèlman moun Bondye chwazi yo nan peyi Lachin, men tout linivè a ak tout limanite. Li gendwa parèt pou ou zèv sa a ap reyalize nan peyi Lachin sèlman, men anfèt li deja kòmanse pwopaje aletranje. Poukisa moun ki andeyò Lachin yo ap chèche vre chemen an, vire tounen? Se paske Lespri an te deja pare pou travay, e pawòl ki pale jodi an adrese ak moun nan tout linivè an. Ak sa a, mwatye nan zèv lan deja ap fè chemen l. Depi nan kreyasyon mond lan jiska kounya, Lespri Bondye te deplwaye gwo zèv sa a, e li te anplis reyalize yon zèv diferan nan diferan epòk epi pami nasyon diferan. Moun nan chak epòk yo wè yon tanperaman diferan nan Li, ki natirèlman revele atravè zèv diferan Li fè. Li se Bondye, ki ranpli ak mizerikòd ak bonte; Li se ofrann pou peche pou lòm ak bèje lòm; men Li se jijman, chatiman ak malediksyon lòm tou. Li te kapab kondui lòm viv sou latè pandan demil lane, e Li te ka rachte limanite kowonpi anba peche. Jodi an, Li kapab pran limanite tou, ki pa konnen L, e pwostène yo anba dominasyon Li, pou yo tout soumèt yo ba Li totalman. Alafen, Li pral boule tout sa ki pa pwòp epi ki pa jis lakay moun nan tout linivè an, pou montre yo Li pa sèlman yon Bondye ki gen mizerikòd ak lanmou, pa sèlman yon Bondye ki gen lasajès ak mèvèy, pa sèlman yon Bondye ki sen, men sitou, yon Bondye ki jije lòm. Pou moun ki mechan yo pami limanite, Li se boule, jijman ak pinisyon; pou sila yo ki dwe vin san defo yo, Li se tribilasyon, rafinman ak zeprèv, ansanm ak rekonfò, manje, li bay pawòl, tranzaksyon ak netwayaj. E pou sila ki elimine yo, Li se pinisyon ak retribisyon. Di M, èske Bondye pa toupisan? Li kapab reyalize nenpòt ak tout zèv, non pa sèlman krisifiksyon an, jan ou imajine l lan. Ou gen twò piti refleksyon sou Bondye! Èske ou kwè tout sa Li ka fè se rachte tout limanite atravè krisifiksyon Li, epi sa fini? Epi apresa, ou pral suiv Li jouk rive nan syèl pou manje nan fwi pyebwa lavi an epi bwè nan larivyè lavi an? … Èske li ta ka senp konsa? Di M, kisa ou te akonpli? Èske ou gen lavi Jezi an? Li te rachte ou efektivman, men krisifiksyon an se te zèv Jezi Li Menm. Ki devwa ou te ranpli antake yon moun? Ou sèlman relijye deyò, men ou pa konprann fason Li. Èske se konsa ou manifeste L? Si ou pa atenn lavi Bondye an oswa wè tout tanperaman jis Li an, eben ou pa ka pretann ou se moun ki gen lavi an, epi ou pa diy pou franchi pòt wayòm syèl lan.
Non sèlman Bondye se yon Lespri, Li ka tounen lachè tou. Li se, anplis sa, yon kò laglwa. Izrayelit yo—juif yo nan epòk sa a, te temwen Jezi, malgre nou pa wè L. Li te dabò yon kò lachè, men apre yo te krisifye L, Li te tounen kò laglwa a. Li se Lespri ki anglobe tout bagay yo epi ki ka akonpli travay tout kote. Li ka Jewova oswa Jezi oswa Mesi an; alafen, Li ka vin Bondye Toupisan tou. Li se lajistis, jijman ak chatiman; Li se malediksyon epi kòlè; men Li se mizerikòd ak bonte. Tout zèv Li akonpli an kapab reprezante L. Ki tip Bondye ou di Li ye? Ou pa ka esplike l. Si ou vreman pa ka esplike l, ou pa ta dwe pote konklizyon sou Bondye. Pa tire konklizyon Bondye se yon Bondye mizerikòd ak bonte pou toutan senpman paske Li te akonpli zèv redanmsyon an nan yon sèl etap. Èske ou sèten Li se sèlman yon Bondye ki gen mizerikòd ak lanmou? Si Li sèlman yon Bondye mizerikòd ak lanmou, poukisa Li pral pote yon fen nan epòk lan nan dènye jou yo? Poukisa li pral voye tout dezas sa yo? Selon nosyon ak panse moun yo, Bondye ta dwe gen mizerikòd ak lanmou jiskobou, pou chak dènye manm nan limanite kapab sove. Men poukisa, nan dènye jou yo, Li voye gwo dezas konsa tankou tranblemanntè, lapès ak famin pou detwi move limanite sa a, ki konsidere Bondye tankou yon lènmi? Poukisa Li pèmèt lòm sibi dezas sa yo? Konsènan ki fason nan Bondye Li ye, pèsòn pami nou pa oze di l, e pèsòn pa kapab esplike l. Èske ou kapab sèten Li se Lespri an? Èske ou oze di Li pa lòt bagay apa lachè Jezi an? E èske ou oze di Li se yon Bondye ki pral krisifye pou toutan akoz lòm?