Chapit 104
Tout moun, evènman ak bagay ki deyò Mwen yo pral disparèt nèt, tandiske tout moun, evènman ak bagay ki anndan Mwen yo pral resevwa tout bagay nan men Mwen, ak antre nan laglwa ansanm avèk Mwen, antre nan Mòn Siyon Mwen an, nan kote Mwen rete a, epi y ap viv ansanm avèk Mwen pou toutan. Mwen te kreye tout bagay okòmansman, e Mwen pral fini travay Mwen an nan fen an. Mwen pral egziste epi gouvène kòm Wa pou toutan tou. Pandan peryòd tranzisyon sa a, Mwen ap dirije epi kòmande tout linivè a tou. Pèsonn pa kapab retire otorite Mwen, paske se Mwen menm sèl ki Bondye. Anplis de sa, Mwen gen pouvwa pou Mwen bay premye pitit gason Mwen yo otorite Mwen, pou yo kapab gouvène kòm wa ansanm avèk Mwen. Bagay sa yo ap egziste pou toutan, e yo p ap janm ka chanje. Sa a se dekrè administratif Mwen an. (Kèlkeswa kote Mwen pale de dekrè administratif Mwen an, Mwen ap pale de sa k ap pase nan wayòm Mwen an ak sa ki pral egziste pou toutan e ki pap janm ka chanje.) Tout moun dwe konvenki ak tout kè yo, epi yo dwe wè gwo pouvwa Mwen nan moun Mwen renmen yo. Pèsonn pa kapab dezonore non Mwen; nenpòt moun ki fè sa dwe soti la a! Se pa paske Mwen san pitye, men se paske ou pa dwat. Si ou ofanse chatiman Mwen, Mwen pral regle sa avè w epi fè w pa janm ka viv ankò. (Natirèlman, tout sa konsène moun ki pa premye pitit gason Mwen yo.) Kalite fatra sa yo pa gen plas nan kay Mwen an, kidonk fè vit, soti la a! Pa pèdi yon minit, oswa menm yon segonn! Ou dwe fè sa Mwen di, sinon Mwen ap detwi w ak yon sèl pawòl. Ann wè si w ap toujou ezite, si w ap toujou twonpe moun. Lè w kanpe devan Mwen, w ap pale pawòl san sans epi w ap ban Mwen manti nan figi Mwen. Fè vit, ale! Tan Mwen genyen pou kalite bagay sa yo limite. (Lè lè a rive pou moun sa yo rann sèvis, y ap rann sèvis; epi lè lè a rive pou yo ale, yo prale. Mwen fè bagay yo avèk sajès; yo pa janm fèt yon minit ni yon segonn anvan oswa apre lè yo dwe fèt, e yo pa janm devye menm yon ti kras. Tout aksyon Mwen yo jis e yo egzat nèt.) Sepandan, konsènan premye pitit gason Mwen yo, Mwen gen yon tolerans san limit, epi lanmou Mwen pou nou etènèl, sa ki pèmèt nou jwi bon benediksyon ansanm avèk Mwen pou toutan epi viv pou tout letènite. Pandan tan sa a, nou p ap janm sibi okenn echèk ni gen pou pase anba jijman Mwen. (Sa fè referans ak lè nou kòmanse jwi benediksyon yo.) Sa a se benediksyon ki san limit la ak pwomès Mwen te fè premye pitit gason Mwen yo lè Mwen te kreye mond lan. Nou dwe wè dwati Mwen ladan l: Mwen renmen moun Mwen te predestine yo, epi Mwen rayi moun Mwen te abandone ak elimine yo, pou toutan.
Antanke premye pitit gason Mwen yo, nou tout ta dwe kenbe pwòp devwa pa nou epi rete fèm nan pwòp pozisyon nou. Se pou nou premye fwi mi ki anlve devan Mwen, epi aksepte enspeksyon pèsonèl Mwen, yon fason pou nou kapab demontre imaj gloriye Mwen an nan lavi nou, epi pou limyè gloriye Mwen an kapab klere nan figi nou, pou pawòl Mwen yo kapab simaye ak bouch nou, pou nou kapab dirije wayòm Mwen an, epi pou nou kapab dirije pèp Mwen an. La a, Mwen mansyone “premye fwi mi”, ansanm ak tèm tankou “anlve”. Kisa “premye fwi mi” yo ye? Daprè konsepsyon moun yo, yo panse se premye gwoup moun ki anlve yo, oswa moun k ap pote laviktwa yo, oswa moun ki se premye pitit gason. Tout bagay sa yo se fo rezònman ak entèpretasyon enkòrèk pawòl Mwen yo. Premye fwi mi yo se moun ki te resevwa revelasyon nan men Mwen epi ki te resevwa otorite nan men Mwen. Tèm “premye mi” an fè referans ak moun ki nan posesyon Mwen, epi Mwen te predestine e chwazi yo. “Premye mi” pa vle di “premye nan yon sekans”. “Premye fwi mi” yo pa bagay materyèl je lèzòm kapab wè. Sa yo rele “fwi” sa yo fè referans ak bagay ki bay bon odè (sa a se yon siyifikasyon senbolik); sa vle di, yo fè referans ak moun ki kapab viv jan Mwen vle a, manifeste Mwen, epi viv ansanm avèk Mwen pou toutan. Lè Mwen pale de “fwi”, Mwen ap fè referans ak tout pitit Mwen yo ak pèp Mwen an, tandiske “premye fwi mi” yo fè referans ak premye pitit gason Mwen yo ki pral gouvène kòm wa ansanm avèk Mwen. Kidonk, “premye mi” ta dwe eksplike kòm sa ki pote otorite; se sa ki vrè siyifikasyon li. “Anlve” pa vle di yo pran moun nan yon kote ki ba pou mennen l nan yon kote ki wo, jan moun ta ka imajine; sa se yon gwo konsepsyon enkòrèk. “Anlve” fè referans ak aksyon kote Mwen predestine epi apre sa Mwen chwazi moun yo. Li konsène tout moun Mwen te predestine epi chwazi yo. Tout moun ki te resevwa estati premye pitit gason oswa pitit gason, oswa ki se pèp Bondye a, se moun ki anlve. Sa a se bagay ki pa koresponn ak konsepsyon moun yo menm. Tout moun ki pral gen yon pati nan kay Mwen an nan lavni se moun ki anlve devan Mwen. Sa a se yon verite absoli, ki p ap janm chanje e pèsonn pa ka demanti l. Se yon kont-atak kont Satan. Nenpòt moun Mwen te predestine ap anlve devan Mwen.
Kijan yo eksplike “twonpèt sen” an? Kisa nou konprann sou sa? Poukisa yo di li sen e poukisa yo di li deja sonnen? Yo ta dwe eksplike sa apati etap travay Mwen yo epi konprann li apati fason Mwen travay la. Lè jijman Mwen an pibliye bay tout moun, sa fè referans ak lè dispozisyon Mwen revele bay bann ak pakèt nasyon ak pèp yo. Se lè sa a twonpèt sen an sonnen. Sa vle di, Mwen souvan di dispozisyon Mwen sen e pèsonn pa dwe ofanse l; se poutèt sa yo itilize “sen” pou dekri “twonpèt” la. Apati sa, nou wè klèman “twonpèt” la fè referans ak dispozisyon Mwen epi li reprezante sa Mwen ye ak sa Mwen genyen. Nou kapab di tou jijman Mwen an ap fè pwogrè chak jou, kòlè Mwen ap manifeste chak jou, epi madichon Mwen ap tonbe chak jou sou chak bagay ki pa ann akò ak dispozisyon Mwen. Konsa, nou kapab di lè jijman Mwen kòmanse a, se lè twonpèt sen an kòmanse sonnen, epi li kontinye sonnen chak jou, san li pa rete menm pou yon moman, san li pa sispann menm pou yon minit oswa yon segonn. Depi kounye a, twonpèt sen an ap sonnen pi fò toujou pandan gwo dezas yo ap rive ofiramezi. Sa vle di, pandan jijman dwat Mwen an ap revele, dispozisyon Mwen ap vin pi piblik toujou, epi sa Mwen ye ak sa Mwen genyen ap ajoute pi plis toujou nan premye pitit gason Mwen yo. Men fason Mwen pral travay alavni: sou yon bò, soutni epi sove moun Mwen renmen yo; sou lòt bò a, sèvi ak pawòl Mwen yo pou revele tout moun Mwen rayi yo. Sonje sa! Sa a se fason Mwen travay, se etap travay Mwen yo; pa gen okenn erè ladan l. Mwen te planifye sa depi kreyasyon an, epi pèsonn pa kapab chanje l.
Gen anpil pati nan pawòl Mwen yo ki difisil pou moun konprann toujou, se poutèt sa Mwen te amelyore fason Mwen pale ak fason Mwen revele mistè yo. Sa vle di, fason Mwen pale a ap chanje epi amelyore chak jou; chak jou gen yon nouvo fòm ak yon nouvo fason. Sa yo se etap travay Mwen an, epi pèsonn pa kapab chanje yo. Tout moun dwe sèlman pale epi aji ann akò ak sa Mwen di. Sa a se laverite absoli. Mwen te fè aranjman ki apwopriye ni nan moun Mwen ye a ni nan lachè Mwen. Nan chak aksyon ak zèv limanite Mwen an, gen yon aspè nan sajès divinite Mwen an. (Kòm limanite pa posede okenn sajès ditou, lè Mwen di premye pitit gason yo gen sajès Mwen, sa fè referans ak lefètke yo gen dispozisyon sen Mwen an anndan yo.) Lè premye pitit gason yo fè bagay moun fou, se paske nou toujou gen eleman imen anndan nou. Se poutèt sa, nou dwe retire foli imen sa a, fè sa Mwen renmen epi rejte sa Mwen rayi. Nenpòt moun ki soti nan Mwen dwe retounen anndan Mwen; nenpòt moun ki fèt nan Mwen dwe retounen nan laglwa Mwen. Moun Mwen rayi yo, Mwen dwe abandone yo epi koupe relasyon Mwen avèk yo, youn apre lòt. Sa yo se etap travay Mwen an; se jesyon Mwen, epi se plan sis mil ane Mwen te kreye a. Tout moun Mwen abandone yo dwe soumèt yo epi kite Mwen avèk obeyisans. Tout moun Mwen renmen yo dwe fè lwanj pou Mwen akoz benediksyon Mwen te ba yo, yon fason pou non Mwen kapab vin gen plis glwa san parèy toujou, pou limyè gloriye Mwen an ka ajoute sou vizaj gloriye Mwen an, pou yo ka ranpli ak sajès Mwen nan laglwa Mwen, epi pou yo glorifye non Mwen plis toujou nan limyè gloriye Mwen!