Deklarasyon kris nan kòmansman—Chapit 15
Prezans Bondye te gentan manifeste nan tout legliz yo. Se Lespri a ki pale a; Li se yon dife ki vyolan, Li plen pouvwa e Li se jij. Li se Pitit Lòm nan, Li abiye ak yon rad ki rive sou pye Li, avèk yon Sentiwon an lò ki mare senti Li. Tèt Li ak cheve Li blan tankou lèn, epi je Li tankou flanm dife; pye Li sanble avèk bon kwiv ki prepare nan yon founo dife. Epi vwa Li sonnen tankou bri anpil gwo dlo. Li kenbe sèt zetwal nan plamen dwat Li, epi nan bouch Li, yon epe ki file de bò, epi vizaj Li klere tankou gwo solèy cho!
Yo te wè Pitit Lòm nan, epi Bondye te vin revele pwòp tèt Li byen klè. Glwa Bondye te parèt, li te klere fò tankou yon solèy cho! Vizaj gloriye Li a ap briye ak limyè; ki moun ki ka oze kanpe devan Li? Rezistans mennen lanmò! Pa gen yon ti kras pitye pou tout sa w ap panse nan kè w, pou tout sa w di, oubyen pou tout sa w fè. Nou tout ap rive konprann epi n ap rive wè sa nou jwenn—jijman Mwen sèlman! Èske Mwen ka tolere lè nou pa fè efò pou nou nan manje ak bwè pawòl Mwen yo, epi olye sa nou entèwonp san rezon ak detwi konstriksyon Mwen an? Mwen p ap trete kalite moun sa ak jantiyès! Si konpòtman w dejenere toutbon, w ap boule nan flanm dife! Bondye ki gen tout pouvwa a manifeste nan yon kò esprityèl, san yon ti kras moso lachè oubyen san ki konekte depi nan tèt pou rive nan zòtèy. Li travèse inivè mond lan, chita sou twón gloriye a nan twazyèm syèl la, l ap jere tout bagay! Inivè a ak tout bagay nan men Mwen. Si Mwen di yon bagay, l ap fèt. Si Mwen pase yon lòd, l ap fèt. Satan anba pye Mwen; li nan twou fon an! Lè vwa Mwen rezonnen, syèl la ak tout tè a va pase epi yo p ap vo anyen ankò! Tout bagay ap tou nèf; se yon verite ki pa ka sonde, ki vrè sou tout pwen. Mwen pote viktwa sou mond lan, ak sou tout mechan yo tou. Mwen chita la ap pale avèk nou, epi tout moun ki gen zòrèy dwe tande epi tout moun k ap viv dwe asepte.
Jou yo gen pou fini; tout bagay nan mond sa ap vin san valè, epi tout bagay ap vin nouvo. Sonje sa! Pa bliye! Pa ka gen okenn konfizyon la! Syèl la ak tout tè a ap pase, men pawòl Mwen p ap janm pase. Kite Mwen egzòte nou yon lòt fwa ankò: Pa kouri pou granmensi! Reveye nou! Repanti, epi Sali a pwòch! Mwen te parèt nan mitan nou deja, epi Mwen te leve vwa Mwen. Vwa Mwen te parèt devan nou; chak jou l ap konfwonte w, fas a fas, epi chak jou li frèch epi li nouvo. Ou wè Mwen epi Mwen wè ou; Mwen toujou pale avèk ou, epi Mwen fas a fas avèk ou. Malgre sa, ou rejte Mwen epi ou pa konnen Mwen. Mouton Mwen yo ka tande vwa Mwen, e poutan nou ap ezite! N ap ezite! Kè w vin di, Satan bouche je nou, epi nou pa ka wè vizaj gloriye Mwen an—kè Mwen fè Mwen mal pou nou! kè Mwen fè Mwen mal pou nou!
Mwen te voye sèt Espri ki devan twón Mwen an nan tout kwen sou latè epi Mwen voye Mesaje Mwen an pale nan tout legliz yo. Mwen jis epi Mwen fidèl; Mwen se Bondye ki egzamine pati ki pi pwofon nan kè lèzòm. Sentespri a pale ak legliz yo, epi se pawòl Mwen ki soti nan Pitit Mwen an; tout moun ki gen zòrèy dwe koute! Tout moun k ap viv dwe aksepte! Jis manje epi bwè yo, epi pa doute. Tout moun ki soumèt epi ki koute pawòl Mwen ap resevwa gwo benediksyon! Tout moun ki chache prezans Mwen avèk senserite ap genyen nouvo limyè a toutbon vre, nouvo konesans ak nouvo konpreyansyon; tout bagay ap frèch epi nouvo. Pawòl Mwen yo ap parèt sou ou nenpòt moman, epi y ap louvri je espirityèl ou pou w kapab wè tout mistè wayòm espirityèl la epi wè wayòm nan pami lèzòm. Rantre nan refij la epi tout gras ak benediksyon ap tonbe sou ou; lafen ak lapès p ap kapab touche w, epi lou, sèpan, tig ak lewopa p ap ka fè w mal. Ou prale avèk Mwen, mache avèk Mwen, epi antre nan glwa avèk Mwen!
Bondye ki gen tout pouvwa a! Kò gloriye Li a parèt pou tout moun ka wè, kò espirityèl ki sen an parèt, Li se Bondye an antye a menm! Mond lan ak lachè toulède chanje epi transfigirasyon Li sou montay la se Bondye an pèsòn. Li pote yon kouwòn an lò sou tèt Li, rad Li te blan san tach, nan senti Li, yon sentiwon an lò, epi tout bagay nan mond lan se sou yo Li repoze pye Li. Je Li tankou flanm dife, nan bouch Li, gen yon epe ki file de bò, Li kenbe sèt zetwal nan men dwat Li. Chemen pou ale nan wayòm nan klere anpil, glwa Li parèt epi L ap briye; montay yo kontan, dlo yo ap ri, epi solèy la, lalin ak zetwal yo, yo tout deplase nan lòd yo pou yo akeyi sèl vrè Bondye a nan gran retou Li ki anonse akonplisman plan jesyon sis mil ane Li an. Tout bagay ap sote epi danse nan kè kontan! Aplodi! Bondye ki gen tout pouvwa a chita sou twón gloriye Li! Chante! Banyè laviktwa a Bondye ki gen tout pouvwa a leve byen wo sou Mòn Siyon an ki bèl epi majestye an! Tout nasyon ap aplodi, tout pèp ap chante, Mòn Siyon ap ri ak kè kontan, epi glwa Bondye a parèt! Mwen pa t menm janm reve ke m t ap wè vizaj Bondye, poutan jodi a mwen wè Li. Fas a fas avèk Li chak jou, mwen remèt Li kè mwen san rezèv. Li bay manje ak bwason an abondans. Lavi, pawòl, aksyon, panse, lide—limyè gloriye Li a klere tout moun. Li dirije chak pa nan chemen an, epi jijman Li frape tout kè ki rebèl imedyatman.
Manje, abite ansanm, epi ap viv ansanm ak Bondye, ansanm avèk Li, mache ansanm, jwi ansanm, jwenn glwa ak benediksyon ansanm, pataje wayote a avèk Li, epi egziste ansanm nan wayòm nan—o, gade yon plezi! O, ala bèl sa bèl! Nou fas a fas avèk Li chak jou, pale avèk Li chak jou epi pale san rete, epi nou resevwa chak jou nouvo konesans ak nouvo lide chak jou. Je espirityèl nou louvri, epi nou wè tout bagay; tout mistè Espri a revele devan nou. Pa gen tèt chaje nan lavi ki sen an; kouri vit epi pa kanpe, epi kontinye avanse—gen yon pi bon vi k ap tann ou. Pa kontante avèk yon senp gou sikre; kontinye chache rantre nan Bondye. Li gen anpil bon kè, epi li plen gras epi Li gen tout kalite bagay nou manke. Travay ak Li san rete, epi antre nan Li, epi anyen p ap janm ret menm jan ankò. Lavi nou ap transande, okenn moun, pwoblèm ni okenn bagay p ap kapab deranje nou.
Transandans! Transandans! Vrè Transandans Lan! Vi transandan Bondye a anndan moun epi tout bagay vin trankil tout bon! Nou transande mond lan ak bagay ki nan mond lan, pa santi okenn atachman ak mari oubyen pitit. Nou transande kontwòl maladi ak anviwónman. Satan pa ka oze deranje nou. Nou transande tout katastwòf konplètman. Sa ap pèmèt Bondye pran wayote a! Nou foule Satan anba pye nou, nou temwaye pou legliz, epi nou ekspoze figi lèd Satan an konplètman. Fondasyon legliz la se nan Kris, epi kò gloriye a parèt—sa se viv nan lajwa ak Jezi pou tout tan!