Chapit 2
Legliz Filadèlfi pran fòm, sa fèt akoz gras ak mizerikòd Bondye sèlman. Renmen pou Bondye leve nan kè anpil anpil sen, ki p ap balanse de bò nan vwayaj espirityèl yo. Yo rete atache fèm ak kwayans yo. Selon kwayans sa, sèl vrè Bondye a tounen moun, Li se Chèf linivè a, ki kòmande tout bagay: Sentespri a konfime sa, li rete san fè mouvman menm jan ak montay yo! Epi sa p ap janm chanje!
O, Bondye ki gen tout pouvwa a! Jodi a se Ou menm ki louvri je espirityèl nou, ki pèmèt moun avèg yo wè, bwate yo mache, moun ki gen lèp yo geri. Se Ou menm ki louvri fenèt syèl la, ki pèmèt nou wè mistè wayòm espirityèl la. Pawòl sen Ou yo travèse nou epi sove nou anba nati moun nou genyen an, nati Satan kontamine a—bagay konsa se gwo travay Ou fè ki pa gen pri, se gwo mizerikòd Ou ki pa gen pri. Nou se temwen Ou!
Sa fè lontan Ou rete kache, nan imilite ak nan silans. Ou rive resisite nan lanmò, ou sibi soufrans krisifiksyon, eksperimante jwa ak chagren lavi moun, pèsekisyon ak advèsite; ou eksperimante epi ou goute doulè mond lèzòm nan, epi epòk la abandone ou. Bondye ki pran fòm moun nan se Bondye Li menm. Poutèt volonte Bondye, Ou sove nou anba fimye, Ou kenbe nou ak men dwat Ou, epi Ou ban nou gras Ou ak tout volonte Ou. Ou mete lavi pa Ou nan nou, san Ou pa evite okenn doulè; pri Ou peye ak san Ou, swè Ou, ak dlo nan je Ou parèt aklè nan sen yo. Nou se pwodui[a] efò Ou fè ak doulè; nou se pri Ou peye a.
O, Bondye ki gen tout pouvwa a! Se akoz bonte ou ak mizerikòd ou, dwati ou ak majeste ou, sentete ou ak imilite ou tout moun gen pou pwostène devan ou epi adore ou pou tout letènite.
Jodi a Ou rann tout legliz yo konplè—legliz Filadèlfi a—pa konsekan Ou akonpli plan jesyon 6 000 ane Ou an. Sen yo ka soumèt devan Ou ak imilite, konekte ann espri epi suiv nan renmen, konekte ak menm sous fontèn nan. Dlo vivan lavi a koule san rete, lave epi netwaye labou ak dlo sal nan legliz la, pirifye tanp Ou a yon lòt fwa ankò. Nou rive konnen vrè Bondye pratik la, mache nan pawòl Li, rekonèt pwòp fonksyon nou ak responsabilite nou, epi fè tout sa nou kapab pou nou sakrifye tèt nou pou byen legliz la. Toujou an silans devan Ou, nou dwe pran travay Sentespri a an konsiderasyon, pou volonte Ou pa jwenn blokaj nan nou. Nan mitan sen yo gen renmen youn pou lòt, epi fòs kèk nan yo ap kouvri feblès lòt yo. Yo kapab mache selon lespri a nan tout sikonstans, Sentespri a ap ba yo bon konprann epi klere yo. Yo mete verite a an pratik tousuit lè yo fin konprann li. Yo mache opa ak limyè tou nèf la, epi yo suiv tras pye Bondye.
Kolabore ak Bondye yon fason aktif; kite L pran kontwòl se mache avèk li. Tout lide pèsonèl nou yo, move konsepsyon, opinyon, ak konplikasyon lemond ap disparèt nan lè a tankou lafimen. Nou kite Bondye renye ak otorite nan lespri nou, nou mache avèk li, epi konsa resevwa transandans, pandan n ap ranpòte laviktwa sou lemond, epi lespri nou vole libelibè epi jwenn libète: sa se rezilta lè Bondye ki gen tout pouvwa a tounen Wa. Kòman pou n pa ka danse epi chante kantik louwanj, ofri louwanj nou yo, ofri chantik tou nèf?
An reyalite, gen anpil fason pou louwe Bondye: rele non Li, vin pi pwòch Li, panse ak Li, priye epi li, antre an kominyon avèk li, admire epi medite, priyè, ak chan louwanj. Nan kalite louwanj sa yo, genyen kè kontan, epi genyen onksyon; genyen puisans nan louwanj, epi genyen yon fado tou. Genyen lafwa nan louwanj, epi genyen nouvo disèneman.
Kolabore ak Bondye yon fason aktif, kowòdone nan sèvis epi fè yon sèl, akonpli entansyon Bondye ki gen tout pouvwa a, prese tounen yon kò espirityèl ki sen, pilonnen Satan, epi mete yon bout nan desten Satan. Legliz Filadèlfi anlve nan prezans Bondye epi li parèk aklè nan glwa Li.
Nòt anba paj:
a. Teks orijinal la pa genyen mo “pwodui” a.