Chapit 36
Vrè Bondye Toupisan an, Wa ki chita sou twòn nan, dirije linivè a, fas a bann ak pakèt nasyon ak pèp yo, epi limyè gloriye Bondye klere toupatou nan mond lan. Tout sa k ap viv nan linivè a ak jis nan bout tè a pral wè. Mòn yo, rivyè yo, lak yo, tè yo, oseyan yo, ak tout èt vivan yo louvri rido yo nan limyè figi vrè Bondye a, epi yo reprann lavi, kòmsi yo te nan yon rèv, kòmsi yo te jèm k ap pèse soti anba tè!
A! Sèl vrè Bondye a parèt devan moun nan mond lan. Kiyès ki oze fè rezistans devan Li? Tout moun ap tranble tèlman yo pè. Yo tout konvenki totalman, epi yo tout pa sispann sipliye pou gen pitye ak padon Li. Bann ak pakèt moun yo tonbe ajenou devan Li, epi bann ak pakèt bouch ap adore Li! Kontinan yo ak oseyan yo, mòn yo, rivyè yo, ak tout bagay yo ap fè lwanj pou Li san rete! Ti van cho yo, ansanm ak souf prentan an, pote avèk yo yon ti lapli prentan ki lejè e ki pa sispann tonbe. Ti kouran dlo k ap fè bri dous ak foul moun yo sanble, yo toude ranpli ak lapenn ak lajwa, y ap koule dlo nan je paske yo santi yon santiman dèt ak repwòch pou tèt yo. Rivyè yo, lak yo, vag yo ak lanm yo tout ap chante, y ap fè lwanj pou non sen vrè Bondye a! Son lwanj lan sonnen tèlman klè! Bagay ansyen Satan te kòwonp yon lè yo─yo pral renouvle epi chanje chak grenn ladan yo epi yo pral antre nan yon domèn totalman nouvo...
Sa a se twonpèt divin nan, epi li kòmanse sonnen! Koute li avèk atansyon. Son sa a, tèlman dous, se deklarasyon twòn nan. Li anonse bay chak nasyon ak chak moun Bondye chwazi, moman an rive, rezilta dènye jou yo la, plan jesyon Mwen an fini, wayòm Mwen an parèt aklè sou tè a, epi wayòm mond yo tounen wayòm pa Mwen menm, ki se Bondye. Sèt twonpèt Mwen yo sonnen sot nan twòn nan, epi anpil bagay estrawòdinè pral rive! Moun ki nan tout bout latè yo kouri rasanble ansanm soti nan tout direksyon ak fòs yon lavalas epi puisans zèklè, genyen k ap vwayaje sou lanmè, genyen k ap vole nan avyon, genyen k ap kouri nan machin tout fòm ak tout gwosè, genyen k ap monte sou chwal. Gade byen. Koute avèk atansyon. Kavalye sa yo ki monte sou chwal tout koulè, ki gen lespri yo soulve, ki pisan epi ki mayifik, kòmsi yo t ap antre sou chan batay, yo pa pè lanmò. Nan mitan chwal yo k ap ranni epi gwo bri moun yo k ap rele vrè Bondye a, yo pilonnen yon pakèt gason, fanm, ak timoun ap anba zago yo nan yon batje. Genyen ki mouri, genyen k ap rann dènye souf yo, genyen ki domaje seryezman, san pèsonn pou okipe yo, y ap rele ak tout fòs yo, y ap pouse gwo rèl anba doulè. Pitit rebelyon yo! Èske se pa sa ki rezilta final nou?
Mwen gade pèp Mwen an avèk lajwa, ki kapab tande vwa Mwen epi rasanble soti nan tout nasyon ak tout peyi. Yon pakèt moun, ki toujou kenbe vrè Bondye a nan bouch yo, ap fè lwanj epi y ap sote san rete! Yo rann temwayaj bay moun nan mond lan, epi son temwayaj yo pou vrè Bondye a tankou son anpil dlo k ap fè bri loraj. Yon pakèt moun pral antre an foul anndan wayòm Mwen an.
Sèt twonpèt Mwen yo sonnen, yo reveye moun k ap dòmi yo! Leve byen vit, li poko twò ta. Pran swen lavi ou! Louvri je ou epi gade ki lè li ye kounye a. Kisa ki genyen pou chèche? Kisa ki genyen pou reflechi sou li? Epi kisa ki genyen pou atache ak li? Èske ou poko janm konsidere diferans valè ki genyen ant jwenn lavi Mwen an ak jwenn sa ou renmen epi ou atache avè l yo? Pa fè tèt di ni jwe ankò. Pa rate opòtinite sa a. Moman sa a p ap retounen ankò! Leve kanpe tousuit, se pou ou kapab antrene tèt ou nan fè lespri ou fè egzèsis, epi se pou ou kapab itilize plizyè zouti pou wè klè epi kontrekare anpil konplo ak riz Satan yo, epi ranpòte laviktwa sou Satan, pou eksperyans lavi ou ka vin pi pwofon epi pou ou ka viv dispozisyon Mwen, konsa lavi ou ka vin gen matirite epi byen devlope, e pou w ka toujou kenbe menm vitès ak tras pa Mwen yo. Piga ou ni dekouraje ni feblimen se pou w toujou avanse pi devan, pazapa, tou dwat jouk nan fen wout la!
Lè sèt twonpèt yo sonnen ankò, se pral son twonpèt jijman an, jijman pitit rebelyon yo, jijman bann ak pakèt nasyon ak pèp yo, epi chak nasyon pral bay legen devan Bondye. Figi gloriye Bondye pral parèt san mank devan bann ak pakèt nasyon ak pèp yo. Tout moun ap konvenki totalman, epi y ap rele vrè Bondye a san rete. Bondye toupisan an pral gen plis glwa toujou, epi pitit gason Mwen yo avèk Mwen pral jwenn glwa epi n ap gouvènen ansanm, n ap jije bann ak pakèt nasyon ak pèp yo, n ap pini mechan yo, n ap sove epi mizèrikòd pou moun Mwen chwazi yo, epi n ap fè wayòm nan vin solid epi estab. Atravè son sèt twonpèt yo, yon gwo kantite moun pral sove, y ap retounen devan Mwen pou yo ajenou epi adore Mwen avèk lwanj toutan!
Lè sèt twonpèt yo sonnen yon fwa ankò, sa pral make fen epòk la, son twonpèt laviktwa sou dyab yo ak Satan, kout kanno ki anonse kòmansman lavi aklè nan wayòm nan sou tè a! Ala yon son ki wo, son sa a k ap fè eko otou twòn nan, son twonpèt sa a k ap souke syèl la ak tè a, ki se siy ki montre plan jesyon Mwen an ranpòte laviktwa, epi ki make jijman Satan; li kondane tout ansyen mond sa a amò, pou li ka jete nan twou san fon an! Son twonpèt sa a siyifi pòt lagras la pral fèmen, lavi wayòm nan pral kòmanse sou tè a, yon bagay ki jis e ki kòrèk. Bondye sove moun ki renmen Li yo. Yon fwa yo tounen nan wayòm Li a, moun sou tè a pral fè fas ak grangou ak epidemi, epi sèt bòl ak sèt flewo Bondye yo pral deklanche youn apre lòt. Syèl la ak tè a ap pase, men pawòl Mwen p ap janm pase!