Chapit 82

Lè yo tande pawòl Mwen yo, tout moun pè; chak moun san eksepsyon ranpli ak laperèz. Kisa nou pè la? Mwen pa pral touye nou! Èske nou pè pou yo pa mete move zak nou yo deyo; sa nou fè dèyè do Mwen tèlman frivòl ak san valè. Sa fè M rayi nou tèlman, M swete ak tout kè Mwen te jete tout moun Mwen pat ni predestine ni chwazi yo nan yon twou san fon, pou yo te kraze an miyèt moso. Sepandan, Mwen gen plan Mwen; Mwen gen sa Mwen gen entansyon fè. Mwen pral epaye lavi mizerab ou an pou tan sa, an premye map kite ou fin rann sèvis pou Mwen, epi apre sa voye ou jete. Mwen pa vle wè kreyati konsa; yo se yon wont pou non Mwen! Èske nou konn sa? Èske nou konprann? Bann mizerab san valè! Konnen sa byen: Lè yo itilize ou, se Mwen menm ki fè sa, e lè yo pa itilize ou, se Mwen tou ki fè sa. Se Mwen ki òkestre tout bagay, e nan men Mwen, tout bagay ap pase nan lod ak disiplin. Nenpòt moun ki oze deplase san pèmisyon ap frape imedyatman pa men Mwen. Mwen di “frape” souvan; èske nou panse se vrèman ak pwòp men Mwen Mwen fè sa? Mwen pa bezwen sa! Aksyon mwen yo pa san reflechi jan lèzòm imajine yo. Kisa sa vle di lè yo di se pawòl mwen ki etabli ak akonpli tout bagay? Tout bagay akonpli san Mwen pa menm leve yon dwèt. Èske nou konprann vrè siyifikasyon pawòl Mwen yo?

Mwen p ap janm pote delivrans pou okenn nan moun ki sèvi Mwen; yo pa gen okenn pati nan wayòm Mwen an. Sa se paske moun sa yo sèlman okipe tèt yo ak zafè ekstèn, olye ke yo swiv volonte M. Malgre M ap sèvi ak yo kounye a, an reyalite yo se moun Mwen rayi plis yo; moun Mwen meprize plis yo. Jodi a, Mwen renmen tout moun ki ka suiv volonte M, nenpòt moun ki ka pran chay Mwen yo an konsiderasyon, ak tout moun ki ka ofri tout li menm pou Mwen avèk senserite ak otantisite. M ap toujou eklere yo, e Mwen pap kite yo kite M. Mwen souvan di, “ Nou menm ki depanse tèt nou sensèman pou Mwen, Mwen pral sètènman beni nou anpil.” Kisa mo “beni” a vle di? Èske nou konnen? Nan kontèks travay Sentespri an ap fè kounye a, li refere a chay Mwen ba ou yo. Pou tout moun ki kapab pote yon chay pou legliz la, epi ki ofri tèt yo sensèman pou Mwen, chay yo ak sinserite yo se de benediksyon ki soti nan men Mwen. Anplis de sa, revelasyon yo ke Mwen fè nan mitan yo se yon benediksyon ki vini de Mwen. Sa se paske moun ki pa gen yon fado kounye a pa t ni predestine ni chwazi pa Mwen; madichon Mwen yo gentan desann sou yo. Sa vle di, moun Mwen te predestine ak chwazi yo gen yon pati nan aspè pozitif de sa Mwen te di yo a, tandiske moun Mwen pa t ni predestine ni chwazi yo ka sèlman patisipe nan aspè negatif pawòl Mwen yo. Plis pawòl Mwen yo pale, se plis siyifikasyon yo vin klè; plis Mwen pale, se plis pawòl Mwen yo vin transparan. Chak moun pami moun ki kowonpi yo e ki gen riz yo, moun Mwen pa t predestine yo, Mwen te madichonnen yo anvan kreyasyon mond lan. Poukisa yo di ke ane, mwa, jou, e menm lè, minit, ak segonn nesans nou yo te tout byen ranje pa Mwen? Depi lontan Mwen te predestine kiyès sila yo ki tap gen estati premye pitit gason yo. Yo nan je mwen; depi lontan Mwen te konsidere yo kòm presye, e depi lontan yo gen yon plas nan kè Mwen. Chak pawòl mwen pale gen pwa epi li pote lide Mwen yo. Ki sa lòm ye? Apa de kèk moun Mwen renmen yo, ki gen pozisyon premye pitit gason yo, èske gen lòt ankò ki montre konsiderasyon pou entansyon Mwen yo? Ki valè pitit gason Mwen yo genyen? Ki valè pèp Mwen an genyen? Tèm “Pitit gason Mwen yo” ki te itilize anvan an se te yon non pou premye pitit gason Mwen yo, men pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an, ki pa t gen wont, te panse se te yon tit onorifik pou tèt pa yo. Pa jwe wòl premye pitit Mwen yo san okenn wont. Èske nou merite tit sa a? Jodi a, sèl moun ki verifye se sila yo ki te plase nan pozisyon enpòtan devan Mwen; moun sa yo jwenn estati premye pitit gason yo. Yo deja gen yon pòsyon nan twòn mwen, kouwòn mwen, glwa mwen, ak wayòm mwen. Mwen ranje tout bagay ak anpil swen. Tout moun ki jodi a resevwa estati premye pitit gason yo tout te sibi gwo doulè, pèsekisyon, ak tribilasyon, ajoute sou sa yo te eksperimante nan fanmi yo depi nesans yo, pwòp pèspektiv pèsonèl yo, travay yo, ak maryaj yo. Premye pitit gason sa yo pa jwenn estati sa a san yo pa peye yon pri; okontrè, yo gentan pase tout aspè lavi a: sa k bon ak sa k pa bon, monte ak desann yo. Tout moun ki te gen gwo estim nan men pèp mond lan anvan sa, e ki t ap viv alèz lakay yo, pa gen okenn pòsyon pami premye pitit gason yo. Yo pa merite pou yo se premye pitit gason yo; yo pote wont sou non Mwen, e Mwen pa vle yo ditou. Pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an, sa Mwen te chwazi yo, gen yon bon repitasyon nan mond lan tou, men yo pa rive nan pye premye pitit gason Mwen yo. Kounye a, Mwen ap itilize sèten moun, men pami yo, anpil pa menm kalifye pou yo se pèp Mwen an. Yo se sèlman objè pou pèdisyon etènèl; y ap itilize yo pou rann mwen sèvis pou yon ti tan, men yo pa fèt pou itilizasyon alontèm. Nan kè M, Mwen deja deside kiyès k ap itilize alontèm. Sa vle di, sila yo Mwen mete nan pozisyon enpòtan se sila yo Mwen renmen, e Mwen te kòmanse itilize yo depi lontan deja. Sa vle di, fonksyon yo deja fikse. Kanta pou moun mwen rayi anpil yo, nan etap sa a, yo sèlman ap itilize yo sou yon baz tanporè. Lè etranje yo vini, se lè sa a yo pral revele premye pitit gason yo klèman ba nou.

Kounye a Mwen egzije nou pou nou grandi rapidman epi montre konsiderasyon pou chay mwen. Chay sa a pa twò gwo, e M ap fè nou fè sèlman sa ki nan kapasite nou. Mwen konnen estati nou; Mwen konnen ki fonksyon nou kapab okipe. Mwen konnen tout bagay sa yo, e mwen konprann bagay sa yo. Mwen jis swete nou menm, pitit gason Mwen yo, ta abandone tèt nou volontèman epi vrèman rive renmen sa Mwen renmen, rayi sa Mwen rayi, fè sa Mwen fè, epi di sa Mwen di. Pa kite ni espas, jewografi, tan, oswa okenn lòt moun limite nou. Se volonte Mwen pou, kèlkeswa kote nou ye a, lespri nou ka lib epi chak grenn nan nou ka kanpe djanm nan pozisyon premye pitit gason Mwen yo. Kiyès k ap ofri tout li menm ban Mwen jodi a? Kiyès ki depanse tèt yo ak tout kè pou Mwen? Kilès ki rete reveye lannwit kou lajounen pou Mwen? Kilès ki jere zafè kay Mwen yo pou Mwen? Kilès ki soulaje chay ki sou zepòl Mwen yo pou Mwen? Èske se pa pitit gason Mwen yo ye? Tout sa M fè se pou M pèfeksyone pitit gason Mwen yo, e li fèt pou sevi pitit gason M yo. Èske w konprann? Tout bagay se pou premye pitit gason Mwen yo, e Mwen pa janm fè erè. Pa panse Mwen jije moun mal, epi pa panse Mwen meprize ou. Pa sipoze ke Mwen pa byen itilize gwo talan, oswa ke Mwen te fè yon erè lè M pa t predestine ou. Reyalite a sèke ou pa merite sa! Èske w konnen sa? Kounye a, M pral konfime kèk bagay pou nou: Nenpòt moun ki pwovoke kòlè Mwen souvan, epi ki souvan sibi kritik oswa tayad Mwen, sètènman sibi rayisman Mwen. Moun konsa ap mouri san mank—sa a pa gen chanjman posib. Mwen te di Mwen pap taye premye pitit gason Mwen yo ankò, paske moun sa yo gentan sibi gwo eprèv Mwen yo e Mwen jwenn yo diy. Si M gade yon moun mal, moun sa a an danje. Èske w pa pè? Anpil moun pral mouri kou pawol Mwen yo soti nan bouch Mwen. Sepandan, gen kèk ki ap toujou viv nan lachè yo; se sèlman lespri yo ki ap mouri. Endikatè ki pi klè a se ke yo pa posede travay Sentespri an e yo pa soumèt anba okenn restriksyon. (Yo deja kòwompi pa Satan nan yon nivo pwofon.) Kanta pou lè pou lavi yo fini an, Mwen te fè aranjman apwopriye epi Mwen fikse yon tan espesifik. Lanmò lespri yo pa ka rann Mwen okenn gwo sèvis; M ap itilize kò yo pou demontre mèvèy zèv Mwen yo. Apati de sa, tout moun pral totalman konvenki; y ap bay lwanj san fen, e pap gen okenn moun ki p ap gen lakrentif ni tranble devan Mwen. Mwen pa pran okenn detay alalejè; tout moun dwe viv oswa mouri pou Mwen, e pèsonn pa ka ale toutan yo pa fin fè sèvis yo pou Mwen. Menm Satan pa ka retounen nan twou san fon an toutan li pa fin fè sèvis li pou mwen. Chak pa M fè djanm e sekirize, e sou tè ki solid; pa gen okenn pa M fè ki pa fèm—pa menm yon ti kras.

Kiyès ki ta oze konpare avè M? Kiyès ki ta oze opoze avè M? M ap frape ou atè touswit! M pap kite okenn tras, epi chè ou ap disparèt nèt tou; sa a se absoliman vre. Lè m di bagay sa yo, Mwen aji sou yo touswit, e pap gen okenn retou. Mond lan ap depafini jou apre jou, e jou apre jou moun ap peri. A chak jou k ap pase, Wayòm Mwen an ap pran fòm e premye pitit gason Mwen yo ap grandi. Jou apre jou, kòlè M ap grandi, chatiman M ap vin pi sevè, e pawòl Mwen ap vin pi di. Nou toujou ap tann pou m pale avèk nou pi dous, e pou ton M vin pi lejè, men reflechi ankò! Ton Mwen an depann de ki kalite moun Mwen gen pou Mwen fè fas avèk yo. Pou sila yo Mwen renmen yo, ton Mwen an dous epi li toujou rekonfòtan, men pou nou menm, Mwen ka montre sèlman nou severite ak jijman, anplis de sa, Mwen ajoute chatiman ak kòlè. San pèsonn pa rann li kont, sitiyasyon an nan chak peyi nan mond lan ap vin gen plis tansyon, l ap kraze epi l ap plonje nan dezòd total chak jou ki pase. Tout Lidè nan chak peyi yo espere pran pouvwa a nan fen an. Yo pa menm rann yo kont ke chatiman Mwen an deja sou yo. Yo ap chèche pran pouvwa Mwen an—men pa yo a se jis yon rèv vid! Menm lidè Nasyonzini an dwe mande padon devan Mwen. Move zèv li fè yo anpil. Kounye a se lè chatiman an, epi Mwen pap kite l soti ladan l fasil. Tout moun ki gen pouvwa dwe kite pouvwa a; se Mwen sèl ki merite gouvène sou tout bagay yo. Tout bagay depann de mwen; san mansyone kèk etranje, tout bagay depann de mwen. M ap frape imedyatman nenpòt moun ki egzamine Mwen an pwofondè, paske se jis la a travay Mwen rive. Chak jou gen nouvo revelasyon; chak jou gen nouvo limyè. Tout bagay ap vin pi konplè. Dènye jou Satan ap vin pi pre e pi evidan.

Anvan:  Chapit 36

Apre:  Chapit 84

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Connect with us on Messenger