Chapit 88

Moun yo senpman pa kapab imajine nan ki pwen vitès Mwen akselere: Se yon mèvèy ki rive, ki depase konpreyansyon moun. Vitès Mwen ap mache depi lè mond la te kreye, e travay Mwen pa t janm kanpe. Tout linivè ak sa ki ladan ap chanje jou apre jou, epi moun yo tou, y ap chanje san rete. Tout bagay sa yo fè pati travay Mwen, tout fè pati plan Mwen, plis toujou, yo anba kontwòl Mwen, epi pa gen okenn moun ki konnen oswa ki konprann bagay sa yo. Se sèlman lè Mwen menm, Mwen di w, sèlman lè Mwen pale avè w fasafas, ou kapab rive konnen yon ti kras tou piti; osinon, pèsonn moun pa kapab genyen okenn lide sou plan jesyon Mwen an ditou. Men grandè pouvwa Mwen, plis toujou, men bèl mèvèy M ap akonpli yo. Sa yo se bagay pèsonn pa kapab chanje. Konsa, sa Mwen di jodi a ap fè chemen l, epi tou senpman, pa gen anyen ki kapab chanje nan sa. Pa menm gen yon ti kras konesans nan nosyon moun yo sou Mwen—Tout, se yon pakèt pale anpil san okenn sans! Pa panse ou deja genyen ase oswa pou w ta satisfè! M ap di w sa: Ou gen anpil wout pou w fè toujou! Nou konnen yon ti bagay nan plan global jesyon Mwen an, konsa nou dwe koute sa M ap di, epi fè tout sa Mwen mande nou pou nou fè. Aji selon dezi Mwen nan tout bagay, epi n ap resevwa benediksyon Mwen yo asireman; sila a ki kwè kapab resevwa, alòske sila yo ki pa kwè yo p ap rete ak “anyen” nan sa yo te imajine ki akonpli nan yo a. Se konsa jistis Mwen ye, epi, plis toujou, li se majeste Mwen, kòlè Mwen, epi chatiman M. M p ap kite pèsonn chape menm avèk yon sèl panse oswa aksyon.

Pi fò moun k ap tande pawòl Mwen, laperèz anpare yo, epi yo pran tranble, vizaj yo fè pli akoz kè sote fè sousi yo fonse. Èske M fè w sa k pa sa? Èske sa ta vle di ou pa ta yonn nan pitit gran dragon wouj la? Ou menm vle fè tèt ou pase pou bon! Ou menm pretann ou se premye pitit gason M! Èske w panse Mwen avèg? Èske w panse Mwen pa kapab fè distenksyon nan mitan moun? Mwen se Bondye ki sonde kè tout moun: Se sa Mwen di pitit Mwen yo, e se sa Mwen di nou tou, nou menm pitit gran dragon wouj la. Mwen wè tout bagay byen klè, san Mwen pa fè okenn ti erè. Kijan m ta fè pa konnen sa M ap fè? Mwen klè kou kristal nan sa M ap fè! Poukisa Mwen di se Mwen menm ki Bondye, Kreyatè linivè ak tout lòt bagay yo? Poukisa Mwen di se Mwen menm ki Bondye ki sonde kè tout moun nan? Mwen konnen sitiyasyon chak moun trèbyen. Èske nou panse Mwen pa konnen sa pou M fè oswa sa pou M di? Bagay konsa pa regade nou. Fè atansyon pou Mwen pa touye nou ak men pa M; konsa nou t ap sibi yon pèt. Dekrè administratif Mwen yo pa gen padon. Èske nou konprann? Tout sa ki sot di yo fè pati dekrè administratif Mwen yo. Depi jou Mwen fin di nou yo a, depi nou komèt lòt transgresyon ankò, ap gen chatiman, paske avansa nou pa t ko konprann.

Kounye a, Mwen pibliye dekrè administratif Mwen yo pou nou (ki antre anvigè depi jou yo pibliye a, ki bay diferan chatiman pou diferan moun):

Mwen kenbe pwomès Mwen, epi Mwen genyen tout bagay nan pla men M: Nenpòt moun ki pa kwè sa, y ap touye l kanmenm. Pa gen plas pou okenn konsiderasyon; yo pral elimine yo san pèdi tan, konsa, kè M ap debarase anba tout rayisman. (Dezòmè, sa konfime ke depi yon moun frape pa lanmò, li pa kapab yon manm nan wayòm Mwen an, se yon desandan Satan li dwe ye.)

Paske se premye pitit gason nou ye, nou dwe kenbe pozisyon nou, akonpli devwa nou trèbyen, epi nou pa dwe fouyapòt. Nou dwe ofri tout nou menm pou plan jesyon Mwen an, epi kèlkeswa kote nou ale, nou dwe bay bon temwayaj pou Mwen, epi glorifye non Mwen. Pa komèt okenn zak ki fè moun wont; sèvi egzanp pou tout pitit Mwen yo epi pou pèp Mwen an. Pinga nou lage nan banbòch menm pou yon moman: Nou dwe toujou parèt devan tout lòt moun, tankou sila yo ki pote idantite premye pitit gason, epi nou pa dwe nan bese tèt; okontrè nou dwe vanse ak tèt nou byen wo. M ap mande nou pou nou glorifye non Mwen, pa dezonore non Mwen. Sila yo ki se premye pitit gason yo, yo chak gen fonksyon pa yo, epi yo pa kapab fè tout bagay. Se reskonsablite sa a Mwen ban nou, ni nou pa gen dwa neglije l. Nou dwe konsakre tèt nou ak tout kè nou, ak tout panse nou epi ak tout fòs nou, pou nou akonpli travay Mwen konfye nou an.

Apati jounen jodi a, toupatou nan linivè, se premye pitit gason M yo M ap bay reskonsablite pou akonpli devwa pou pran swen tout pitit Mwen yo ak tout pèp Mwen an, e M ap lage chatiman sou nenpòt moun ki pa konsakre tout kè li ak lespri li pou l akonpli travay sa a. Se jistis pa Mwen sa. Mwen p ap epaye premye pitit gason M yo, ni Mwen p ap tolere yo.

Si genyen nenpòt moun pami pitit gason M yo oswa pami pèp Mwen an ki pase youn nan premye pitit gason M yo nan rizib oswa manke l dega, m ap pini l jis nan zo, paske premye pitit gason M yo se Mwen menm yo reprezante; nenpòt sa yon moun fè yo, se Mwen menm li fè l tou. Se dekrè sa a ki pi sevè nan dekrè administratif Mwen yo. M ap bay premye pitit gason M yo pèmisyon, selon sa yo swete, pou yo aplike jistis Mwen kont nenpòt moun nan pitit gason M yo ak pèp Mwen an ki vyole dekrè sa a.

Ofiramezi, M ap vire do bay nenpòt moun ki pran M alalejè, ki mete lide li sèlman sou manje Mwen bay, sou rad avèk somèy, ki gen sousi sèlman pou bagay materyèl Mwen yo, men ki pa gen okenn konsiderasyon pou reskonsablite Mwen gen sou do M, ni ki pa fè atansyon pou yo akonpli pwòp fonksyon pa yo kòmsadwa. Avètisman sa a se pou tout moun ki gen zòrèy.

Nenpòt moun ki fin fè sèvis Mwen dwe retire kò l ak obeyisans, san bwi san kont. Fè atansyon, osinon, se Mwen menm k ap retire w. (Sa a se yon lòt dekrè anplis.)

Premye pitit gason M yo pral pran baton fè a kounye a epi yo pral kòmanse ekzekite otorite M pou yo gouvènen tout nasyon ak tout pèp, pou yo mache pami nasyon yo ak pèp yo, epi pou yo ekzèse jijman Mwen, jistis Mwen ak majeste M pami nasyon yo ak pèp yo. Pitit gason M yo ak pèp Mwen an pral genyen krentif pou Mwen, pral fè lwanj pou Mwen, bat bravo pou Mwen epi ban Mwen glwa san rete paske plan jesyon Mwen an akonpli epi premye pitit gason M yo kapab gouvènen avè M.

Sa fè pati dekrè administratif Mwen yo; apre sa, Mwen pral di nou yo ofiramezi travay la ap vanse. Apati dekrè administratif k ap vini avan yo, n ap kapab wè ak ki vitès M ap fè travay Mwen, epitou ki etap travay Mwen an deja franchi. Sa ap sèvi kòm yon konfimasyon.

Mwen jije Satan deja. Paske volonte Mwen pa gen okenn antrav epi paske premye pitit gason M yo glorifye ansanm avè M, Mwen deja ekzèse jistis Mwen avèk majeste M sou tout mond la epi sou tout bagay ki pou Satan yo. Mwen pa briding menm ti dwèt Mwen, ni bay Satan okenn atansyon ditou (paske li pa menm merite pou l gen okenn dyalòg ak Mwen). Mwen sèlman kontinye ap fè sa Mwen vle fè a. Travay Mwen ap dewoule byen dous, etap pa etap, epi pa gen anyen sou tout latè ki kapab antrave volonte M. Sa fè Satan wont nan yon nivo, e sa te detwi li konplètman, men sa pa akonpli volonte M pou sa. Mwen bay premye pitit gason M yo pèmisyon tou pou yo ekzekite dekrè administratif Mwen yo sou yo. Sou yon bò, sa Mwen kite Satan wè, se kòlè M kont li, sou lòt bò a, Mwen kite l wè laglwa Mwen (gade kijan premye pitit gason M yo se temwen ki pi eklatan nan imilyasyon Satan an). Mwen pa pini li anpèsonn; Mwen pito kite premye pitit gason M yo akonpli jistis Mwen ak Majeste Mwen. Paske Satan te pran abitid fè pitit gason M yo abi, pèsekite pitit gason M yo, toupizi pitit gason M yo, jodi a, apre tan sèvis li fini, M pral bay premye pitit gason M yo, sa ki gen plis matirite yo pèmisyon pou yo rezoud pwoblèm nan. Satan pa t gen okenn pouvwa pou anpeche pwòp chit li. Fason tout nasyon sou latè domaje se pi bon temwayaj ki montre sa; moun yo k ap goumen antre yo ak peyi yo k ap fè lagè se manifestasyon klè ki montre kijan wayòm Satan an ap anfale. Rezon ki fè Mwen pa t janm montre okenn siy ni okenn mèvèy nan tan pase yo, se pou M te kapab pote imilyasyon sou Satan epi glorifye non Mwen, etap pa etap. Lè Satan fin depafini nèt, Mwen kòmanse montre pouvwa Mwen: Sa m ap di la kòmanse vin reyalite, epi bagay sinatirèl ki pa an konfòmite ak entelijans moun pral akonpli (ki vle di benediksyon ki gen pou vini yo). Paske Mwen se yon Bondye ki Pratik epi ki pa anba okenn règ, epitou paske M ap pale selon chanjman ki genyen nan plan jesyon M nan, sa Mwen te di nan tan pase pa oblije kapab aplike nan tan prezan. Pa rete kole sou pwòp nosyon pa nou! Mwen pa yon Bondye ki oblije konfòme L anba okenn règ; avèk Mwen, tout bagay lib, ekstwòdinè, epi konplètman libere. Petèt, sa yo te pale yè yo gentan pa alamòd jodi a, oubyen petèt yo kapab depoze l nan yon kwen jodi a (sepandan, dekrè akministratif Mwen yo p ap janm chanje, depi yo te gentan fin pibliye). Sa yo se etap plan jesyon Mwen an. Pa rete kole sou regleman. Chak jou, genyen lòt limyè k ap parèt, epi genyen nouvo revelasyon, e sa se plan Mwen. Chak jou, limyè M gen pou li revele nan ou, epi vwa Mwen ap gaye toupatou nan linivè. Èske nou konprann? Sa a se devwa ou, se reskonsablite Mwen konfye ou. Nou pa dwe janm neglije l menm pou yon sèl ti moman. Alafen, se ak moun Mwen apwouve yo M ap sèvi, e sa p ap janm chanje. Paske Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a, Mwen konnen ki kalite moun ki dwe fè chak bagay, menmjan Mwen konnen ki kalite moun ki kapab fè tèl bagay. Sa a se omnipotans Mwen.

Avan:  Chapit 15

Pwochen:  Chapit 103

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger