Li Trèz Enpòtan pou Konprann Dispozisyon Bondye
Gen anpil bagay, mwen espere n ap reyisi fè, men se pa tout aksyon nou, se pa tout bagay nan lavi nou, ki kapab satisfè sa mwen mande a, nan sans sa a sèl chwa mwen genyen an san pase sou kote epi eksplike nou volonte mwen. Kòm nou genyen yon ti kras bon sans epi apresyasyon nou menm jan an, nou prèske pa konn anyen ditou de sa mwen genyen pou mwen fè epi sa mwen ye—kidonk mwen pa ta ret tann pou mwen pale nou de yo. Kelkeswa jan nou te byen konprann bagay avan, nou vle konprann sijè sa yo oubyen non, fò m toujou eksplike nou yo an detay. Sijè sa yo pa etranje pou nou nèt, malgre sa nou manke anpil konpreyansyon, anpil familyarite avèk siyifikasyon ki genyen anndan yo. Anpil nan nou gen sèlman yon ti kras konpreyansyon, sou lafòm epi li pa konplè an plis. Pou ede nou pratike verite a pi byen—pou nou pratike pawòl mwen pi byen—M panse sa e sijè nou sitou dwe konsidere an premye. Sinon, fwa nou an ap ret fèb, ipokrit, epi plen ak senbòl relijyon. Si nou pa konprann dispozisyon Bondye, l ap enposib pou nou fè travay nou dwe fè pou Li a. Si nou pa konnen sa Bondye ye, alò l ap enposib pou nou gen respè ak lapè pou Li; olye sa, ap gen sèlman inatansyon sipèfisyèl ak bay manti, e anplis de sa, blasfèm enkorijib. Menm si konprann dispozisyon Bondye enpòtan vre, nou paka neglije konnen esans Bondye, pèsòn pa janm egzamine an detay ou byen fouye sijè sa yo. Li klè ke nou tout pa swiv dekrè administratif M te bay yo. Si nou pa konprann dispozisyon Bondye a, nap gen anpil chans pou nou ofanse dispozisyon Li. Ofanse dispozisyon Li se menm bagay ak provoke kolè Bondye Li menm, kote dènye fwi aksyon nou yo ap vin vyole dekrè administratif yo. Kounya nou dwe reyalize lè nou konn sa Bondy ye, lè sa nou ka konprann dispozisyon Li tou—e lè nou konprann dispozisyon Li, nou ka konprann dekrè administratif yo. M pa bezwen di anpil nan sa ki anndan dekrè administratif yo pou pale de dispozisyon Bondye, men se pa tout dispozisyon Li ki eksprime nan dekrè administratif yo; konsa fò nou ale pi lwen nan devlopman konpreyansyon nou sou dispozisyon Bondye.
M ap pale avè nou jodya pa tankou nou nan yon konvèsayon òdinè, alò, nou oblije apwoche pawòl mwen ak prekosyon e anplis pou nou reflechi anpil sou yo. Sa mwen vle di nan sans sa, se nou ki pa fè ase efò pou pawòl mwen te pale yo. Nou menm mwens dispoze pou medite sou konpòtman Bondye; se raman yon moun mete efò ladan li. Pou rezon sa a Mwen di fwa nou pa plis pase grandizè. Menm kounya, pa gen yon sèl nan nou ki fè yon efò serye pou feblès ki pi grav nan nou an. Nou fè Mwen wont aprè tout mizè Mwen pase pou nou. Se pa etonan nou pa gen okenn respè pou Bondye e lavi nou pa gen verite ladan li. Kòman yo ka jije moun sa yo de moun ki dwat? Lwa syèl la p ap tolere yon bagay konsa! Kòm se yon ti kras konprann nou genyen sou sa, mwen pa gen lòt chwa se pale plis.
Dispozisyon Bondye a se yon sijè ki sanble vrèman tout moun paka pwouve e se, anplis, yon bagay ki pa fasil pou yon moun aksepte l, paske dispozisyon Li diferan de pèsonalite moun. Bondye, tou, gen emosyon pa Lli, jwa, kòlè, lapenn, ak kontantman, men emosyon sa yo pa menm jan ak emosyon moun. Bondye se sa Li ye e Li gen sa Li genyen. Tout sa Li di ak revele se reprezantasyon sa Li ye menm ak idantite Li. Sa Li ye, ak sa Li genyen, menm jan ak tout sa Li ye ak idantite Li, se bagay okenn moun paka ranplase. Dispozisyon Li genyen ladan l lanmou Li pou limanite, konsolasyon limanite, rayisman limanite, e menm plis, yon konpreyansyon konplè sou limanite. Pèsonalite lèzòm, sepandan, ka optimis, vivan, oswa san santiman. Dispozisyon Bondye se pou chèf tout bagay ak tout moun k ap viv, pou mèt tout kreyasyon an. Dispozisyon Li reprezante onè, pouvwa, noblès, grandè, ak anplis de sa yo, Li nan plas ki pi wo a. Dispozisyon Li se senbòl otorite, senbòl tout sa ki jis, senbòl tout sa ki bèl ak bon. An plis de sa, se senbòl Limenm ke yo paka bat la oubyen fòs tenèb ak fòs enmi paka anvayi a, an menm tan se senbòl Limenm ke okenn kreyati paka ofanse (ni ki p ap tolere yo ofanse Li) pa nenpòt kreyati. Dispozisyon Li se senbòl pouvwa ki pi wo a. Pa gen okenn moun oubyen gwoup moun ki ka deranje travay Li oswa dispozisyon Li. Men pèsonalite moun pa plis pase yon senp senbòl ti siperyorite moun sou bèt. Lòm nan li menm e de li menm pa genyen okenn otorite, pa genyen okenn otonomi, e pa gen okenn kapasite pou kontwole tèt li, men nan tout sa li se yon moun ki pè e vle pitye tout kalite moun, evènman, ak lòt bagay. Jwa Bondye a se akoz egzistans ak aparisyon dwati ak limyè, grasa destriksyon tenèb ak demon. Li pran plezi pote limyè a ak bon lavi ba limanite; Jwa Li se yon jwa ki jis, yon senbòl egzistans lan nan tout sa ki pozitif, epi, menm plis, yon senbòl favorab. Kòlè Bondye a se akoz mal egzistans ak entèferans enjistis pote sou limanite Li a, akoz de egzistans demon ak tenèb, akoz de egzistans bagay ki pouse verite a deyò e menm plis, akoz egzistans bagay ki opoze ak sa ki bon ak bèl. Kòlè li se yon senbòl tout bagay negatif pa egziste ankò e, menm plis pase sa, se yon senbòl sentete Li. Tristès Li se akòz limanite, akoz demon ak tenèb la, paske travay Li fè sou limanite pa rive nan nivo Li te espere a, e paske limanite Li renmen an tout paka viv nan limyè a. Li santi lapenn pou limanite inosan, pou moun ki bon men inyoran, ak pou moun ki bon men ki pa gen opinyon pa yo. Tristès Li se yon senbòl bonte Li, ak Mizèrikòd Li, yon senbòl ki bèl ak jantiyès. Jwa Li, byensi, se lè Li bat lènmi Li yo ak jwenn lafwa nan lèzòm. Plis pase sa a, li parèt nan ekspilsyon ak destriksyon tout fòs lènmi an, e paske limanite resevwa lapè ak yon lavi miyò. Kontantman Bondye a pa menm jan ak kè kontan lèzòm; pito, li se santiman k ap rekòlte bon fwi, yon santiman menm pi gran pase kè kontan. Jwa Li se yon senbòl limanite ki libere anba soufrans apati de moman sa a, ak yon senbòl limanite k ap antre nan yon mond ki gen limyè. Emosyon lèzòm, yo menm, se pou pwòp enterè yo, e pa pou jistis, limyè, oswa sa ki bèl, epi sa yo pi neglije se lagras syèl la bay. Emosyon lèzòm egoyis epi fè pati mond tenèb la. Yo pa egziste pou enterè volonte, e ankò mwens pou plan Bondye a, e konsa lòm ak Bondye p ap janm ka site nan menm souf la. Bondye ap toujou piwo e ap toujou onorab, pandan moun ap toujou baz, toujou san valè. Se paske Bondye toujou ap fè sakrifis ak konsakre tèt Li bay limanite; lòm, sepandan, toujou pran ak fè efò sèlman pou tèt li. Bondye toujou ap soufri pou limanite ka kontinye viv, men lòm pa janm kontribye anyen nan enterè limyè a oswa nan enterè dwati. Mèmsi lòm fè yon efò pou yon tan, li tèlman fèb li paka pran yon sèl kou, paske efò lòm se toujou pou pwòp tèt li, pa pou lòt moun. Lòm toujou egoyis, pandan setan Bondye toujou dezenterese. Bondye se sous tout sa ki jis, bon, ak bèl, pandan se lòm ki reyisi fè manifeste tout sa ki lèd ak sa ki mal. Bondye pap janm chanje esans jistis ak bèlte Li, men lèzòm trè kapab, nenpòt ki lè ak nan nenpòt sitiyasyon, trayi jistis e ale lwen Bondye.
Chak fraz Mwen te pale gen ladan li dispozisyon Bondye. Nou ta fè byen pou nou medite sou pawòl Mwen yo ak anpil atansyon, epi nou t ap tout bon vre benefisye anpil de yo. Sa Bondye ye tout bon an difisil anpil pou konprann, men Mwen kwè nou tout genyen omwen yon ti lide sou dispozisyon Bondye. Alò, Mwen espere, nou pral montre Mwen epi fè plis nan sa ki pa ofanse dispozisyon Bondye. Lè sa a, Mwen pral rasire. Pa egzanp, kenbe Bondye nan kè nou toutan. Lè ou aji, fè sa daprè pawòl Li yo. Chache entansyon Li nan tout bagay, epi evite fè sa ki derespekte ak dezonore Bondye. Li pi rèd si nou mete Bondye yon kote nan lespri nou pou bouche tou ki pral gen nan kè nou, si nou fè sa, nou manke Bondye dega. Ankò, sipoze nou pa janm fè remak malonèt oswa plent kont Bondye pandan tout lavi nou, epi ankò, sipoze ou kapab itilize kòrèkteman tout sa li te konfye nou epi tou soumèt ak tout pawòl Li nan tout lavi nou, lè sa a nou ap evite transgrese kont dekrè administratif yo. Egzanp: si nou te janm di, “Poukisa mwen pa panse se Li Bondye?” “Mwen panse mo sa yo pa anyen pliske kèk ekleraj Sentespri a,” “Nan opinyon mwen, se pa tout bagay Bondye fè ki nesesèman bon,” “Bondye nan lachè pa siperyè pase mwen,” “Pawòl Bondye yo tou senpleman pa kredib,” oswa lòt remak jijman, Lè sa a, mwen egzòte nou konfese e repanti peche nou pi souvan. Sinon, nou p ap janm genyen yon chans pou padon, paske nou pa ofanse yon moun, men Bondye Li menm. Nou ka kwè n ap jije yon nonm, men Lespri Bondye a pa konsidere Li konsa. Derespekte chè Li egal a derespekte Li. Se konsa, èske nou pa te ofanse dispozisyon Bondye? Nou dwe sonje tout sa Lespri Bondye fè yo fèt pou pwoteje travay Li nan lachè epi pou travay sa a byen fèt. Si nou neglije sa a, Lè sa a, Mwen di nou se moun ki p ap janm kapab reyisi kwè nan Bondye. Paske nou te pwovoke kòlè Bondye, se konsa li pral sèvi ak pinisyon nou merite pou ba nou yon leson.
Vin konnen kiyès Bondye ye menm pa yon sijè sanzenpòtans. Ou dwe konprann dispozisyon Li. Konsa, tipa tipa nou prè san nou pa reyalize sa, nou ap vin konn tout bon sa ki Bondye a. Lè nou antre nan nannan konesans sa a, nou pral reyalize nou ap mache nan yon eta pi wo ak pi bèl. Alafen, nou ap vin santi nou wont nanm lèd nou an, epi, Anplis, n ap santi pa gen okenn kote pou nou kache pou wont nou. Nan moman sa a, ap gen mwens ak mwens bagay nan konduit nou pou ofanse dispozisyon Bondye, kè nou ap vin pi pwòch de pa Bondye a, epi yon lanmou pou Li ap grandi piti piti nan kè nou. Sa se siy limanite k ap antre nan yon eta ki bèl. Men, jiska prezan, nou pa rive la. Kòm nou tout ap prese pou enterè desten nou, ki moun ki gen enterè nan eseye konnen kiyès Bondye ye tout bon? Si sa kontinye, san konnen n ap trangrese kont dekrè administratif yo, paske nou konprann sèlman yon tikras nan dispozisyon Bondye. Alò, eske sa nou ap fè kounya se pa mete yon fondasyon pou ofans kont dispozisyon Bondye? Mwen mande nou konprann dispozisyon Bondye pa nan dezakò ak travay Mwen an. Paske si nou transgrese kont dekrè administratif yo souvan, kiyès pami nou ki ap sove de pinisyon? Èske lè sa a travay Mwen an pa t ap anven nèt? Se poutèt sa, Mwen toujou mande, anplis nou ekzamine pwòp konduit nou, nou dwe pridan nan etap sa nou pran. Se pi gwo demand Mwen fè nou, e Mwen espere nou ap konsidere li ak anpil atansyon epi ba li anpil konsiderasyon. Si ta rive yon jou aksyon nou yo ta fè M pèdi kontwòl nèt, lè sa a, se nou ki pral peye konsekans yo pou kont nou, epi pa genyen okenn lòt moun ki pral pote chay la nan plas nou.