Yon Avètisman pou Moun Ki pa Pratike Laverite
Moun sa yo ki nan mitan frè ak sè ki toujou ap voye enèjy negatif se sèvitè Satan, epi yo deranje legliz la. Yo dwe mete moun sa yo deyò epi elimine yo yon jou. Nan kwayans yo nan Bondye, si moun yo pa gen respè pou Bondye nan kè yo, si yo pa gen obeyisans pou Bondye nan kè yo, lè sa a non sèlman yo p ap ka fè okenn travay pou Li, men okontrè y ap vin moun ki ap deranje travay Li epi tounen yon defi pou Li. Kwè nan Bondye, men pa obeyi oswa respekteLi, epi olye de sa yo reziste ak Li, se pi gwo wont pou yon kwayan. Si kwayan yo alèz ak san limit nan pawòl ak konpòtman yo menm jan ak enkonvèti, lè sa a yo pi demon pase sa ki pa kwè yo; yo se bon jan demon an. Moun lang yo se pwazon, ki ap pale pawòl malveyan nan legliz la, ki ap gaye rimè, ki ankouraje divizyon, epi ki fòme ti klan nan mitan frè ak sè yo—yo te dwe gentan mete yo deyò nan legliz la. Epoutan paske kounya se yon epòk diferan nan travay Bondye a, moun sa yo gen limit, paske li klè se eliminasyon k ap tann yo. Tout moun Satan kowonp gen dispozisyon kowonpi. Gen kèk ki pa gen okenn lòt dispozisyon ke koripsyon, pandan gen lòt moun ki diferan: Non sèlman yo genyen dispozisyon satanik kowonpi, men nati yo tou gen anpil mechanste. Non sèlman pawòl yo ak aksyon yo revele koripsyon, ak dispozisyon satanik yo; moun sa yo se, anplis, Satan, dyab la menm. Konpòtman yo entèwonp e deranje travay Bondye a, li anpeche frè ak sè yo antre nan lavi a, epi li deranje lavi nòmal legliz la. Yon jou kanmenm, nou dwe mete chen mechan ki kouvri ak po mouton sa yo deyò; nou dwe san pitye epi rejete bann tisousou Satan sa yo. Se sèlman sa ki montre nou kanpe nan kan Bondye, epi moun ki pa fè sa yo ap woule nan labou a ak Satan. Moun ki vrèman kwè nan Bondye toujou genyen Li nan kè yo, epi yo toujou pote andedan yo yon kè ki respekte Bondye, yon kè ki renmen Bondye. Moun ki kwè nan Bondye ta dwe fè bagay yo ak prekosyon ak pridans, epi tout sa yo fè yo ta dwe ann akò ak egzijans Bondye e kapab fè kè Li kontan. Yo pa ta dwe gen tèt di, fè nenpòt sa yo vle; sa se pa konpòtman moun ki sen. Moun yo pa dwe fin debòde, souke drapo Bondye tout kote pandan yo awogan epi y ap bay kou toupatou; sa a se mòd konpòtman ki pi rebèl. Fanmi yo gen règ yo, epi nasyon yo gen lwa yo—eske nan kay Bondye a li pa pi rèd toujou? Èske prensip yo pa pi sevè? Èske pa gen menm plis dekrè administratif? Moun lib pou yo fè sa yo vle, men yo pa ka chanje dekrè administratif Bondye yo lè yo vle. Bondye se yon Bondye ki pa tolere derespektan nan men lèzòm; Li se yon Bondye ki kondane moun amò. Èske se tout bon moun yo pa konnen sa deja?
Chak legliz gen moun ki lakòz pwoblèm pou legliz la oswa ki foure bouch yo nan travay Bondye a. Yo tout se Satan degize ki fofile antre kay Bondye a. Moun sa yo bon nan fè teyat: Yo vini devan Mwen ak gwo respè, yo bese tèt yo epi y ap grate, y ap viv tankou chen ki gen pis, epi yo bay “tout yo menm” pou yo reyalize pwòp objektif yo—men devan frè yo ak sè yo, yo montre jan yo lèd. Lè yo wè moun ki pratike verite a, yo frape yo epi pouse yo sou kote; lè yo wè moun ki pi gwo zotobre pase yo, yo flate epi fè sousou yo. Yo kouri monte desann nan legliz la. Yo ka di yo mòd “agresè lokal” sa yo, mòd “tichen” sa yo egziste nan majorite legliz yo. Yo aji tankou dyab ansanm, yo gen siy ak siyal sekrè youn fè ak lòt, epi pyès nan yo pa pratike verite a. Moun pami yo ki pi mechan an se li ki “chèf demon an,” e ladan yo sa ki gen plis prestij la se li ki lidè yo, ki pote drapo yo anlè. Moun sa yo sakaje legliz la, yo simaye bagay negatif, pote lanmò, fè sa yo vle, di sa yo vle, epi pèsonn pa oze di yo sispann. Yo chaje ak dispozisyon Satan. Depi yo fin kòz yon pwoblèm gen yon van lanmò ki vante nan legliz la. Moun nan legliz la ki pratike verite, yo mete yo deyò, paske yo pa kapab bay tout yo menm, pandan moun ki deranje epi ap simaye lanmò fè dega andedan an—e sa ki pi di, pifò moun swiv yo. Legliz sa yo se Satan ki dirije yo, li fasil pou wè sa; dyab la se wa yo. Si fidèl yo pa leve kanpe epi mete chèf demon yo deyò, yo menm tou, yon jou kanmenm y ap degrenngole. Apati jodi a, fòk gen mezi ki pran kont legliz sa yo. Si moun ki kapab pratike yon ti kras nan verite a pa chache fè l, ebyen, legliz sa pral elimine. Si yon legliz pa gen okenn moun ki vle pratike verite a e pa gen yon moun ki ka kanpe kòm temwen pou Bondye, ebyen legliz sa a ta dwe izole nèt, epi yo dwe koupe koneksyon li ak lòt legliz yo. Yo rele sa “antere lanmò”; se sa sa vle di chase Satan. Si yon legliz gen plizyè agresè lokal, epi gen pakèt “ti mouch” ki pa gen okenn bon sans k ap swiv yo, epi si fidèl yo, menm apre yo fin wè verite a, yo toujou pa anmezi pou kase kòd ak manipilasyon agresè sa yo, alò, y ap elimine tout bouki sa yo alafen. Ti mouch sa yo ta ka pa fè anyen terib, men yo pi rize, menm pi mètdam ak malen, e tout moun ki konsa yo ap elimine. Pa genyen youn ladan yo ki ap rete! Moun ki pou Satan yo pral retounen yo al jwenn Satan, pandan sa ki pou Bondye pral siman ale chache verite a; se nati yo ki deside sa. Kite tout moun k ap swiv Satan peri! Pa gen okenn pitye pou moun sa yo. Kite moun k ap chache verite jwenn li, epi pou yo ka pran plezi nan pawòl Bondye andedan kè yo. Bondye jis; Li pa nan moun pa ak pèsonn. Si ou se yon demon, ou pa kapab pratike verite a; si ou se moun ki ap chache verite a, alò, li sèten ou pa pral prizonye Satan. Pa gen manti nan sa.
Moun ki pa fè efò pou pwogrè toujou swete pou lòt moun pa bon ak san koutya menm jan ak yo. Moun ki pa pratike verite a jalou de moun ki fè l yo, epi toujou eseye twonpe moun ki pa si de tèt yo e ki manke bon sans. Bagay moun sa yo ap pale ka lakòz ou dejenere, fè bak, devlope yon eta ki pa nòmal, epi ranpli nou ak tenèb. Yo lakòz ou pran distans ak Bondye, epi dòlote lachè ak satisfè tèt ou. Moun ki pa renmen verite a epi ki toujou frèt pou Bondye pa janm analize tèt yo, e tandans moun sa yo sedui lòt moun e fè yo fè peche ak bay Bondye defi. Yo pa pratike verite a, ni yo pa pèmèt lòt moun pratike li. Yo renmem peche epi yo pa gen okenn degoutans pou tèt yo. Yo pa konnen tèt yo, epi yo anpeche lòt moun konnen tèt yo; anplis yo anpeche lòt moun vle verite a. Moun yo twonpe yo pa ka wè limyè a. Yo tonbe nan tenèb, yo pa konnen tèt yo, yo pa klè sou verite a, e yo kontinye pral pi lwen Bondye. Yo pa pratike verite a e anpeche lòt moun pratike verite a, y ap mennen tout moun san konprann sa yo devan yo. Olye pou yo di yo kwè nan Bondye, li ta pi bon pou di yo kwè nan zansèt yo, oswa sa yo kwè nan yo se zidòl ki nan kè yo. Li ta pi bon pou moun sa yo ki deklare y ap swiv Bondye yo louvri je yo epi byen gade pou yo wè egzakteman nan ki moun yo kwè: Èske tout bon se nan Bondye ou kwè, oswa Satan? Si ou konnen sa ou kwè ladann nan se pa Bondye, men pwòp zidòl ou, alò, li ta pi bon si ou pa deklare ou se kwayan. Si ou pa konnen tout bon nan ki moun ou kwè, alò, ankò, li t ap pi bon si ou pa deklare ke ou se kwayan. Si ou di sa se ta pale Bondye mal! Pa gen moun ki ap fòse ou kwè nan Bondye. Pa di nou kwè nan Mwen; Mwen te bouke ak pawòl sa yo, e Mwen pa swete tande yo ankò, paske sa nou kwè nan yo se zidòl yo nan kè nou ak agresè ki nan mitan nou. Moun ki souke tèt yo lè yo tande verite a, ki souri lè yo tande pale de lanmò, yo tout sòti nan Satan, e se yo menm ki pral elimine. Anpil moun nan legliz la pa gen okenn bon sans. Lè yon move bagay pase, san atann yo kanpe nan kan Satan; yo menm vekse lè yo rele yo sèvitè Satan. Menm si moun ta ka di yo pa gen okenn bon sans, yo toujou kanpe sou bò ki pa gen verite a, yo pa janm kanpe sou bò verite a nan moman kritik, yo pa janm leve kanpe epi diskite pou verite a. Èske tout bon yo manke bon sans? Poukisa san atann yo pran pou Satan? Poukisa yo pa janm di yon mo ki jis e ki rezonab pou sipòte verite a? Èske sitiyasyon sa a rive tout bon kòm rezilta konfizyon yo pou yon ti tan? Tank moun nan manke bon sans, se tank li pa ka kanpe sou bò verite a. Ki sa sa montre? Èske li pa montre moun ki pa gen bon sans renmen sa ki mal? Èske sa pa montre yo se pitit fidèl Satan? Poukisa yo toujou kapab kanpe sou bò Satan epi pale langaj li? Chak mo ak aksyon yo, ekspresyon ki sou figi yo, yo tout ase pou pwouve yo pa fè pati moun ki renmen verite a; olye de sa, yo se moun ki rayi verite a. Paske yo ka kanpe bò kote Satan, sa ase pou pwouve Satan renmen tout bon ti demon sa yo ki pase lavi yo ap goumen pou Satan. Èske tout reyalite sa yo pa byen klè? Si tout bon ou se moun ki renmen verite a, alò, poukisa ou pa gen okenn konsiderasyon pou moun ki pratike verite a, e poukisa san reflechi ou swiv moun ki pa pratike verite a depi yo fè yon ti gade ou? Ki mòd pwoblèm sa a? Ki mele Mwen ou gen bon sans ou pa. Ki mele Mwen ak gwosè pri ou te peye. Ki mele Mwen ak gwosè fòs ou genyen, epi ki mele Mwen ou se agresè lokal oubyen lidè k ap pote drapo a. Si ou gen anpil fòs, alò, se sèlman paske Satan ba ou fòs. Si yo ba ou anpil estim, alò, se senpleman paske gen twòp moun bò kote ou ki pa pratike verite a. Si yo pa mete ou deyò se paske kounya se poko moman pou travay mete deyò a fèt; pito, se moman pou travay eliminasyon an. Pa gen okenn mache prese pou mete ou deyò kounya. Mwen senpleman ap tann jou lè Mwen pral pini ou apre ou fin elimine. Nenpòt moun ki pa pratike verite a ap elimine!
Moun ki kwè nan Bondye tout bon se moun ki gen volonte pou mete pawòl Bondye a an pratik epi yo gen volonte pou pratike verite a. Moun ki kapab kenbe fèm tout bon pou bay temwayaj pou Bondye, se menm moun sa yo ki vle mete pawòl Li an pratik epi ki ka kanpe tout bon sou bò verite a. Tout moun ki ap twonpe ak fè enjistis tout pa gen verite a, e yo tout fè Bondye wont. Moun ki lakòz diskisyon nan legliz la se sèvitè Satan, yo se Satan an pèsòn. Moun sa yo malveyan anpil. Moun ki pa gen okenn bon sans epi ki pa kapab kanpe sou bò verite a tout gen move entansyon epi y ap blaze verite a. Plis pase sa, yo se bon jan reprezantan Satan. Pa gen sove pou yo, epi yo tou natirèlman gen pou elimine. Fanmi Bondye a pa pèmèt moun ki pa pratike verite a rete, ni li pa pèmèt moun ki fè espre ap kraze legliz la rete. Epoutan, kounya se pa moman pou fè travay mete deyò a; moun sa yo pral tou senpleman ekspoze epi elimine alafen. Pa gen okenn travay initil ki ap fèt sou moun sa yo ankò; moun ki pou Satan pa ka kanpe sou bò verite a, tandiske moun ki ap chache verite a kapab. Moun ki pa pratike verite a pa diy pou yo tande chemen verite a e yo pa diy pou yo rann temwayaj sou verite a. Verite a tou senpleman pa pou zòrèy yo; okontrè, li ale jwenn moun ki pratike li. Anvan fen chak moun devwale, moun ki fè dezòd nan legliz la ak entèwonp travay Bondye a y ap kite yo sou kote pou kounya, y ap regle ak yo pita. Yon fwa travay la fini, chak moun sa yo ap ekspoze, epi y ap elimine yo. Pou kounya, pandan y ap bay verite a, y ap inyore yo. Lè tout verite revele bay limanite, moun sa yo dwe elimine; se pral moman kote tout moun ap klase selon espès yo. Ti mètdam moun ki pa gen bon sans sa yo ap lakoz yo detwi nan men mechan yo, yo pral atire yo vin jwenn yo, yo p ap janm tounen. E se tretman sa yo merite, paske yo pa renmen verite a, paske yo pa kapab kanpe sou bò verite a, paske yo swiv moun ki ap fè mal e kanpe ak moun ki ap fè mal, e paske yo kolabore ak moun ki ap fè mal epi bay Bondye defi. Yo konnen trè byen move moun sa yo se move vibrasyon yo voye, men yo fè kè yo di epi vire do bay verite a pou swiv moun sa yo. Èske moun sa yo ki pa pratike verite a, men ki fè aksyon detwi ak abominasyon se pa zak demon y ap fè? Malgre genyen nan mitan yo ki fè tèt yo pase pou wa e lòt moun ki swiv yo, eske nati ki defye Bondye, se pa tout ki genyen l? Ki eskiz yo ka genyen pou pretann Bondye pa sove yo? Ki eskiz yo genyen pou pretann Bondye pa jis? Èske se pa pwòp mal yo fè ki ap detwi yo? Èske se pa pwòp rebèl yo ki ap rale yo desann nan lanfè? Moun ki pratike verite a pral, nan fen an, sove epi vin pafè akoz verite a. Moun ki pa pratike verite a pral, nan fen an, rale destriksyon sou pwòp tèt yo akòz verite a. Sa yo se fen ki ap tann moun ki pratike verite a ak moun ki pa fè sa. Mwen konseye moun ki pa planifye pou pratike verite a kite legliz la pi vit posib pou yo evite komèt plis peche toujou. Lè lè a va rive, li ap twò ta pou regrèt. An patikilye, moun ki fòme ti klan ak kreye divizyon, ak moun ki agresè lokal yo nan legliz la, dwe kite pi bonè toujou. Moun sa yo, ki genyen nati chen mawon mechan, yo pa kapab chanje. Li ta pi bon si yo kite legliz la nan premye okazyon yo jwenn, e pou yo pa janm deranje lavi nòmal frè ak sè yo ankò, konsa pou evite pinisyon Bondye a. Moun nan nou ki te ale ansanm avèk yo ta byen fè pou sezi okazyon sa a pou reflechi sou tèt nou. Èske w ap kite legliz la ansanm ak sa ki pa bon yo, oswa rete epi swiv ak obeyisans? Ou dwe konsidere zafè sa a ak anpil swen. Mwen ba nou yon dènye okazyon pou nou chwazi, epi M ap tann repons nou.