Kisa Ou Konnen sou Lafwa?

Nan lòm sèl sa ki egziste se pawòl lafwa ki pa san asirans lan, e poutan lòm pa konn sa k konpoze lafwa, ankò wwens poukisa li gen lafwa. Lòm pa konprann ase, e lòm poutèt li manke twòp bagay; lafwa li nan Mwen se yon bagay egare epi inyoran. Malgre li pa konnen sa lafwa ye, ni poukisa li gen lafwa nan Mwen, li kontinye kwè nan Mwen avèk obsesyon. Sa Mwen mande lòm lan se pa senpman pou li rele M ak obsesyon nan fason sa a oswa kwè nan Mwen ak lejète, paske travay Mwen fè a se pou lòm ka wè M, epi konnen Mwen, non pa pou lòm pantan epi gade M nan yon limyè tounèf. Yon lè, Mwen te manifeste anpil siy ak mèvèy epi Mwen te akonpli anpil mirak, e izrayelit yo nan epòk lan te montre M yon gwo admirasyon e yo te vrèman venere kapasite eksepsyonèl Mwen pou geri malad epi chase demon yo. Nan epòk la, jwif yo te panse pisans gerizon Mwen yo te majistral, estrawòdinè—e akoz tout pakèt zèv Mwen yo, yo tout te venere M e yo te moutre gwo admirasyon pou tout pisans Mwen yo. Konsa, tout sa ki te wè M ap akonpli mirak yo te suiv Mwen trè prè, nan yon fason kote plizyè milye moun te antoure M pou gade M k ap geri malad yo. Mwen te manifeste yon pakèt siy ak mirak, e poutan moun yo te senpman konsidere M tankou yon medsen majistral; menm jan, Mwen te rakonte anpil pawòl ansèyman bay moun yo nan epòk la, e poutan yo te senpman konsidere M tankou yon pwofesè ki siperyè sou disip li yo. Menm jodi a, apre lèzòm te fin wè dosye istorik zèv Mwen yo, entèpretasyon yo kontinye pou di Mwen se yon gran medsen ki geri malad yo e yon anseyan pou inyoran yo, e yo defini Mwen tankou Seyè Jezi Kris ki gen mizerikòd la. Sila yo ki entèprete Pawòl lan gendwa te depase konpetans Mwen yo nan gerizon, oswa yo gendwa menm se disip ki gen gwo renome, kote tout moun nan lemond konnen non yo, yo konsidere M trè fèb tankou yon senp medsen. Zèv Mwen yo pi plis pase grenn sab ki bò plaj yo, e sajès Mwen depase tout pitit Salomon yo, men moun yo senpman konsidere M tankou yon medsen ki pa gen gwo istwa ak yon pwofesè pou lòm moun pa konnen. Anpil moun kwè nan Mwen sèlman pou M ka geri yo. Anpil moun kwè nan Mwen sèlman pou M ka itilize pouvwa Mwen yo pou chase move lespri nan kò yo, epi gen anpil moun ki kwè nan Mwen senpman pou yo ka resevwa lapè ak lajwa nan Men M. Gen anpil moun ki kwè nan Mwen sèlman pou fè M gwo richès materyèl. Gen anpil moun ki kwè nan Mwen jis pou yo pase vi sa a nan lapè epi pou yo san danje epi ansekirite nan mond k ap vini an. Gen anpil moun ki kwè nan Mwen jis pou evite soufrans lanfè epi resevwa benediksyon nan syèl la. Anpil moun kwè nan Mwen sèlman pou yo alèz pou yon ti tan, e poutan yo pa p chèche pou yo genyen anyen nan mond k ap vini an. Lè Mwen te lage raj Mwen sou lòm e M te sezi tout lajwa ak lapè li te posede oparavan, lòm te vin gen dout. Lè Mwen te bay lòm soufrans lanfè a epi reklame benediksyon syèl lan, wont lòm te vin tounen kòlè. Lè lòm te mande M pou geri l, Mwen pa t ba l okenn atansyon e Mwen te epwouve degoutans kont li; lòm te pito ale lwen Mwen pou l chèche chemen move medsin ak sòsèlri. Lè M te pote ale tout sa lòm te mande M, tout moun te disparèt san yo pa t kite tras. Konsa, Mwen di lòm gen lafwa nan Mwen paske Mwen bay twòp gras, epi gen twòp bagay moun ka jwenn. Juif yo te kwè nan Mwen pou gras Mwen e yo te suiv Mwen tout kote Mwen te fè. Moun inyoran sa yo ki gen yon konesans ak eksperyans ki limite te chèche wè siy ak mèvèy Mwen t ap manifeste yo. Yo te konsidere M tankou chèf kay Juif yo ki te ka akonpli pi gwo mirak yo. Konsa, lè Mwen te chase demon nan lòm, sa te lakòz anpil diskisyon nan mitan yo: Yo te di Mwen te Eli, Mwen te Moyiz, Mwen te sila ki te pi ansyen nan pwofèt yo, epi Mwen te pi gran nan tout medsen yo. Apa Mwen menm k ap di Mwen se lavi a, chemen an ak laverite a, pèsòn pa t ka konnen nati Mwen oswa idantite M. Apa Mwen menm k ap di syèl lan se kote Papa M ap viv la, pèsòn pa t konnen Mwen se Pitit Bondye a e Bondye poutèt Li. Apa Mwen menm k ap di Mwen ap pote redanmsyon pou tout limanite ak ranson pou limanite, pèsòn pa t konnen Mwen se Redanmtè limanite e lèzòm te sèlman konnen M sèlman kòm yon nonm ki byenveyan e ki gen konpasyon. E apa Mwen menm ki kapab esplike tout sa ki gen nan Mwen, pèsòn pa t konnen M, e pèsòn pa t kwè Mwen se Pitit Bondye vivan an. Se konsa lafwa moun yo ye nan Mwen, ak fason yo eseye twonpe M. Kijan yo ta ka rann Mwen temwanyaj lè se konsa yo wè M?

Moun yo kwè nan Mwen, men yo pa kapab rann Mwen temwanyaj, ni yo pa ka temwanye pou Mwen anvan Mwen fè konn Tèt Mwen. Moun yo sèlman wè Mwen depase kreyati yo ak tout moun ki sen yo, e yo wè travay Mwen fè a lèzòm pa ka fè l. Konsa, soti nan Juif yo pou rive nan moun tan kounya yo, tout sila yo ki wè zèv Mwen yo ki ranpli ak laglwa yo pa gen lòt bagay ki ranpli yo sinon kiryorizete pou Mwen, e pa menm yon sèl bouch nan kreyati yo te ka rann Mwen temwanyaj. Se sèl Papa M ki te rann Mwen temwanyaj, e Li te trase yon chemen pou Mwen pami tout kreyati yo, si Li pa t fè l, kèlkeswa jan M te travay lan, lòm pa t ap janm konnen Mwen se Seyè kreyasyon an, paske lòm sèlman konnen pou yo pran nan Menm men yo pa gen lafwa nan Mwen parapò ak zèv Mwen. Lòm konnen M sèlman paske Mwen inosan e Mwen pa yon pechè nan okenn fason, paske Mwen ka esplike anpil mistè, paske Mwen sou tèt foul lan, oswa paske lòm te pwofite anpil nan Mwen, e poutan se kèk ki kwè Mwen se Seyè kreyasyon an. Se pou sa Mwen di lòm pa konnen poukisa li gen lafwa nan Mwen; li pa konnen objektif oswa siyifikasyon pou gen lafwa nan Mwen. Reyalite lòm lan manke, ki fè li apenn ka rann Mwen temwanyaj. Vrè lafwa nou twò piti, epi nou pa jwenn sa ki twò piti, konsa temwanyaj nou twò piti. Anplis sa, nou gen twòp ti konpreyansyon epi nou gen anpil mankman, ki fè nou prèske pa adapte pou rann temwanyaj pou aksyon Mwen yo. Rezolisyon nou an kapab konsiderab vre, men èske nou sèten nou ap kapab temwanye nati Bondye an ak siksè? Sa nou te eksperimante epi wè yo depase pa sen ak pwofèt tout epòk yo, men èske nou kapab bay yon temwanyaj ki pi gran pase pawòl sen ak pwofèt tan pase sa yo? Sa Mwen lage sou nou an depase Moyiz, e bare David, nan menm fason an Mwen mande pou temwanyaj nou depase Moyiz e pou pawòl nou yo pi gran pase David. Mwen ba nou san fwa plis—kidonk Mwen mande nou tou pou nou repeye Mwen an nati. Nou dwe konnen Mwen se Sila ki lage lavi nan limanite, e se nou ki resevwa lavi nan Men M e nou dwe rann Mwen temwanyaj. Sa se devwa nou Mwen ban nou e nou dwe fè l pou Mwen. Mwen te lage tout glwa Mwen sou nou, Mwen te lage lavi sou pèp chwazi an, Izrayelit yo, yo pa t janm resevwa. Nan dwa nou, nou dwe rann Mwen temwanyaj epi konsakre jenès nou pou Mwen epi ban M lavi nou. Nenpòt moun Mwen mete laglwa Mwen nan li ap rann Mwen temwanyaj epi bay lavi yo pou Mwen. Sa fè lontan Mwen te predestine sa. Sa se richès nou lè Mwen mete laglwa Mwen sou nou, e devwa nou se pou temwanye laglwa Mwen. Si nou te dwe kwè nan Mwen sèlman pou jwenn benediksyon, enben travay Mwen t ap gen yon ti kras enpòtans, e nou pa t ap ranpli devwa nou. Izrayelit yo te sèlman wè mizerikòd mwen, lanmou ak grandè Mwen, e Juif yo te temwen pasyans ak redanmsyon Mwen. Yo te wè yon ti kal nan zèv Lespri Mwen an, nan nivo yo te ka konprann sèlman yon dimilyèm nan sa nou te tande epi wè. Sa nou te wè an depase menm gran prèt yo pami yo. Verite nou konprann jodi an yo depase pa yo a; sa nou te wè jodi an depase sa yo te wè nan Epòk Lalwa a, ansanm ak Epòk Lagras lan, e sa nou te esperimante depase menm Moyiz ak Eli. Paske sa Izrayelit yo te konprann se te sèlman lalwa Jewova e sa yo te wè se te sèlman do Jewova; sa Juif yo te konprann se te sèlman redanmsyon Jezi an, sa yo te resevwa se te sèlman lagras Jezi bay lan epi sa yo te wè se te sèlman imaj Jezi anndan Juif yo. Sa nou wè jodi a se laglwa Jewova, redanmsyon Jezi ak tout zèv Mwen yo pou jounen sa a. Se menm jan an tou, nou te tande pawòl Lespri Mwen an, nou te apresye sajès Mwen, nou te aprann konnen mèvèy Mwen epi nou te aprann tanperaman Mwen. Mwen te rakonte nou tou tout plan jesyon Mwen. Sa nou te wè an se pa senpman yon Bondye ki gen lanmou epi ki gen mizerikòd, men yon Bondye ki ranpli ak jistis. Nou te wè zèv ki chaje mèvèy Mwen an e nou te konnen Mwen debòde ak majeste epi kòlè. Anplis, nou konnen Mwen te fè raj Mwen k ap bouyi an tonbe sou moun Izrayèl yo anvan, e jodi an, li vini tonbe sou nou. Nou konprann plis nan mistè Mwen yo nan syèl lan pase Ezayi ak Jan; nou konnen plis nan bote ak renome Mwen pase tout sen nan syèk ki pase yo. Sa nou te resevwa a pa senpman verite Mwen an, chemen Mwen, ak lavi Mwen, men yon vizyon ak yon revelasyon ki pi gran pase pa Jan an. Nou konprann pi plis mistè, e nou te gade tou vrè vizaj Mwen; nou te aksepte plis nan jijman Mwen an e konnen plis nan tanperaman jis Mwen an. E konsa, malgre nou te fèt nan dènye jou yo, konpreyansyon nou se konpreyansyon ansyen yo ak tan pase a te genyen, e nou te esperimante tou bagay jodi yo, e se Mwen ki te fè tout sa pèsonèlman. Sa Mwen mande nou an pa twòp, paske Mwen te ban nou tanpil bagay, e nou te wè anpil bagay nan Mwen. Konsa, Mwen mande nou pou rann Mwen temwanyaj devan sen ki nan syèk ki te pase yo, e se sèlman sa kè Mwen vle.

Se te Papa M ki te premye rann Mwen temwanyaj, men Mwen swete resevwa pi gran glwa, e pou pawòl temwanyaj soti nan bouch bagay moun mwen te ki kreye yo—kidonk Mwen ban nou tout Mwen menm, pou nou ka akonpli devwa nou, sa k ap mete yon fen nan travay Mwen pami lòm. Nou ta dwe konprann poukisa nou kwè nan Mwen; si nou sèlman vle pou nou apranti Mwen oswa pasyan Mwen, oswa vin youn nan sen Mwen yo nan syèl lan, enben sa pa p gen enpòtans lè n ap swiv mwen konsa. Suiv Mwen nan fason sa a t ap senpman yon gaspiyaj enèji; genyen kalite lafwa sa a nan Mwen t ap senpman fè jou ou yo pase, gaspiye jenès ou. Epi alafen, nou pa t ap resevwa anyen. Èske se pa t ap yon travay anven? Mwen pati sa fè lontan sa a soti nan mitan Juif yo e Mwen pa yon medsen pou lòm ankò ni medikaman pou lòm. Mwen pa yon bèt k ap pot chaj pou lòm dirije l oswa yon bèt yo ka tiye lè yo vle ankò; olye sa, Mwen te vini pami lòm pou jije epi chatye lòm, yon fason pou lòm ka konnen Mwen. Ou dwe konnen gen yon lè Mwen te fè travay redanmsyon an; sa gen yon lè Mwen te Jezi, men Mwen pa t ka rete Jezi pou toutan, menm jan sa gen yon lè Mwen te Jewova men apre M te vin tounen Jezi. Mwen se Bondye limanite, Seyè kreyasyon an, men Mwen pa ka rete Jezi oswa Jewova pou toutan. Mwen te sa lèzòm konsidere yon medsen ye, men yo pa ka di Bondye se yon medsen pou limanite senpman. Kidonk, si ou gen opinyon moun ansyen yo nan lafwa ou nan Mwen, alò ou pa p atenn anyen. Kèlkeswa jan ou louwe M chak jou: “Gad jan Bondye renmen lòm; Li geri m e li ban m benediksyon, lapè ak lajwa. Gad jan Bondye bon pou lòm; si nou senpman gen lafwa nan Li, enben nou pa bezwen sousye nou pou lajan ak richès…,” Jiskaprezan M pa ka twouble travay orijinal Mwen an. Si ou kwè nan Mwen jodi an, ou ap sèlman resevwa laglwa Mwen e ou ap merite pou rann Mwen temwanyaj, e tout lòt bagay yo ap vin aprè. Ou dwe konn sa klè.

Kounya, èske ou konnen poukisa ou kwè nan Mwen tout bon? Èske ou konnen objektif ak enpòtans zèv Mwen tout bon vre? Èske ou konnen devwa ou tout bon? Èske ou konnen temwanyaj Mwen tout bon vre? Si ou senpman kwè nan Mwen, e poutan pa gen okenn siy laglwa Mwen oswa temwanyaj Mwen nan ou, enben Mwen te gentan elimine ou sa fè lontan sa. Pou sila yo ki konnen tout bagay yo, yo plis pase pikan nan zye Mwen, e nan kay Mwen an, yo pa lòt bagay apa obstak nan chemen Mwen, yo se vye zèb ki dwe vannen totalman nan zèv Mwen, yo pa gen okenn itilite, yo san valè, e Mwen gen lontan mwen degoute yo. Souvan kòlè Mwen rabat li sou tout sila yo ki pa gen temwanyaj, e baton Mwen pa janm rete lwen yo. Mwen te remèt yo nan men malen an sa fè lontan sa; yo pa gen benediksyon M. Lè jou an rive, chatiman yo an ap pote plis doulè pase fanm ki fou. Jodi an, Mwen sèlman fè zèv ki se devwa Mwen pou M fè; Mwen ap mare tout ble yo an lo, ansanm ak vye zèb sa yo. Se sa ki travay Mwen jodi an. Y ap vannen tout move zèb sa yo nan moman M ap vannen an, apre y ap mete tout grenn ble yo nan depo, epi y ap mete tout livrè yo te vannen yo nan dife pou boule jouk yo fè sann. Travay Mwen kounye a se senpman pou mare tout moun an lo; sa vle di, pou M konkeri yo totalman. Lè sa a M ap kòmanse vannen yo pou M revele lafen tout moun. E konsa ou dwe konnen kijan ou dwe satisfè M kounye a, ak kijan ou dwe mete w sou bon wout lan nan lafwa ou nan Mwen. Sa M vle anpil lan se lwayote ou ak obeyisans ou kounye a, lanmou ou ak temwanyaj ou kounye a. Menm si ou pa konnen pou moman sa a kisa temwanyaj oswa lanmou ye, ou dwe pote tout sa ou genyen ban Mwen, epi remèt Mwen sèl grenn trezò ou genyen yo: lwayote ak obeyisans ou. Ou dwe konnen temwanyaj sou viktwa Mwen ranpòte sou Satan an repoze sou lwayote ak obeyisans lòm, menm jan ak temwanyaj konkèt total Mwen an sou lòm. Devwa lafwa ou nan Mwen se pou rann Mwen temwanyaj, pou ou lwayal ak Mwen epi okenn lòt moun ankò, epi pou obeyi M jiska lafen. Anvan Mwen kòmanse pwochen etap travay Mwen an, kijan ou pral rann Mwen temwanyaj? Kijan ou pral lwayal epi obeyisan ak Mwen? Èske w ap konsakre tout lwayote ou ak fonksyon ou oswa èske w ap senpman bay vag? Èske ou ta pito soumèt ou ak tout angajman Mwen yo (menm si se lanmò oswa destriksyon) oswa pran lafuit nan mwatye wout pou evite chatiman Mwen? Mwen chatye ou pou ou ka rann Mwen temwanyaj, epi pou ou lwayal ak Mwen epi obeyi Mwen. Anplis toujou, chatiman aktyèl lan se pou dewoule pwochen etap zèv Mwen an epi pèmèt zèv lan pwogrese san antrav. Kidonk, Mwen egzòte ou pou ou saj epi pa trete ni lavi ou ni siyifikasyon egzistans ou tankou sab ki san valè. Èske ou ka konnen egzakteman sa travay Mwen gen pou M fè a ye? Èske ou konnen kijan Mwen pral travay nan jou k ap vini yo, e kijan zèv Mwen an pral dewoule? Ou dwe konnen siyifikasyon eksperyans ou ak zèv Mwen an, epi plis toujou, enpòtans lafwa ou nan Mwen. Mwen tèlman fè anpil bagay; kijan Mwen ta ka bay vag nan mitan wout, jan ou imajine l lan? Mwen fè yon travay ki tèlman gran; kijan Mwen ta ka detwi l? Anfèt, Mwen vini pou M mete yon fen nan epòk sa a. Sa se vre, men anplis ou dwe konnen Mwen dwe kòmanse yon nouvo epòk, kòmanse nouvo travay, epi, sitou, simaye levanjil wayòm lan. Konsa, ou dwe konnen travay kounye a se senpman pou kòmanse yon epòk epi poze fondasyon pou simaye levanjil lan nan tan k ap vini an epi mete yon fen nan epòk lan alavni. Travay Mwen an pa senp jan ou panse l lan, ni li pa san valè oswa san sans jan ou gendwa kwè l lan. Kidonk, Mwen toujou ka di ou: Ou dwe bay la vi w pou zèv Mwen an, epi anplis sa, ou dwe konsakre tèt ou pou laglwa Mwen. Depi lontan Mwen te anvi ou rann Mwen temwanyaj, epi pi lontan pase sa toujou, Mwen te anvi ou simaye levanjil Mwen an. Ou dwe konprann sa ki nan kè Mwen.

Avan:  Kisa Sa Vle Di Pou w yon Moun Tout Bon

Pwochen:  Lè Fey Ki Tonbe Yo Retounen Nan Rasin Yo, Nou Pral Regret Tout Mal Nou Te Fè

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger