Kisa Konpreyansyon Ou de Bondye Ye?

Moun kwè nan Bondye depi lontan, men pifò nan yo pa konprann sa mo “Bondye” a vle di, epi yo senpman ap swiv nan konfizyon. Yo pa gen okenn ide sou poukisa egzakteman lòm dwe kwè nan Bondye, oubyen sa Bondye ye. Si moun yo sèlman konnen pou kwè nan Bondye epi suiv Li, men pa pou sa Bondye ye, epi tou si yo pa konnen Bondye, lè sa a eske sa se pa jis yon gran plezantri? Malgre, jis rive nan pwen sa, moun yo te temwen anpil mistè selès, epi yo te tande anpil konesans pwofon ke lòm pa t janm konprann avan, yo rete inyoran sou pifò verite elemantèke lòm pa t janm kontanple avan. Kèk moun ka di, “Nou te kwè nan Bondye pandan anpil ane Kijan pou nou pa t konnen kisa Bondye ye? Eske kesyon sa pa rabese nou?” An reyalite, toutfwa, malgre moun ap suiv mwen jodia, yo pa konen anyen nan okenn nan travay mwen yo jodia, epi yo pa reyisi konprann menm kesyon ki pi senp ak pi fasil yo, alewè pou sa yo ki vrèman konplèks tankou sa ki konsène Bondye yo. Konnen ke kesyon ou pa fè sousi pou yo a, sa ou pa t idantifye yo, se yo ki pi enpòtan pou ou konprann, paske ou sèlman konnen pou ou suiv foul la, san w pa fè atansyon ni akòde okenn swen ak bagay ou dwe ekipe tèt ou avèk yo. Eske nou vrèman konnen poukisa nou dwe gen lafwa nan Bondye? Eske nou konnen kisa Bondye ye reyèlman? Eske nou vrèman konnen kisa lòm ye? Kòm yon moun ki gen lafwa nan Bondye, si ou pa reyisi konnen bagay sa yo, eske ou pa pèdi diyite ou kòm yon moun ki kwè nan Bondye? Travay mwen jodia se sa a: ede moun yo konprann vrè nati yo, konprann tout sa mwen fè, epi konnen vrè fas Bondye. Sa a se aksyon final nan plan jesyon mwen an, dènye etap nan travay mwen an. Se pou sa M ap devwale nou tout mistè lavi yo alavans, konsa pou nou ka aksepte yo nan men mwen. Kòm sa se travay sezon final la, mwen dwe di nou tout verite yo sou lavi ke nou pa te janm vle resevwa avan an, malgre nou pa ka konprann oswa sipòte yo akòz nou senpman twò fèb epi twò mal ekipe. Mwen pral konkli travay mwen an; mwen pral konplete travay mwen te sipoze fè a, epi mwen pral di nou tout sa mwen genyen kòm responsablite pou nou, yon fason pou nou pa ale lwen m ankò epi tonbe nan pyèj malen an lè tenèb yo desann. Genyen anpil chemen nou pa konprann, anpil bagay nou pa gen okenn konesans sou yo. Nou tèlman inyoran: mwen konnen trè byen nivo nou ak feblès nou yo. Kidonk, malgre genyen anpil pawòl nou pa kapab konprann, mwen toujou gen dezi pou di nou tout verite nou pa te janm vle resevwa anvan yo, paske mwen kontinye enkyete Mwen si, nan kondisyon aktyèl nou ye la, nou gen kapasite pou rete fèm nan temwayaj nou pou Mwen. Se pa paske mwen pa gen konsiderasyon pou nou: nou tout se bèt ki toujou dwe sibi antrènman fòmèl mwen an, Epi mwen pa wè ditou ki kantite laglwa ki nan nou. Malgre mwen te depanse anpil enèji nan travay nan nou, eleman pozitif yo sanble pa ekziste pratikman, epi yon moun ka konte eleman negatif yo sou dwèt li epi sèvi sèlman kòm temwayaj pou lage lawont sou Satan. Preske tout lòt bagay nèt nan nou se pwazon Satan. Nou konte sou Mwen tankou nou deja jwenn Sali a. Jan bagay yo ye la a, mwen evalye diferan ekspresyon ak konpòtman nou yo, epi finalman, mwen konnen vrè kondisyon nou. Se pou sa mwen toujou ap enkyete M pou nou: Si yo te kite lèzòm poukont yo, pou viv lavi yo, eske yo t ap reyèlman pi byen ke jan yo ye a oswa konparab ak jan yo ye jodia? Eske jan n ap viv tankou timoun nan pa enkyete nou? Eske nou vrèman sanble ak pèp chwazi Izrayèl la—lwayal ak mwen, epi ak mwen sèlman pou tout tan nèt? Sa ki aparan nan nou se pa move konpòtman timoun ki te egare lwen paran yo, men se karaktè animal ki eklate soti nan bèt ki twò lwen rigwaz mèt yo. Nou dwe konnen nati nou, ki se feblès ke nou tout genyen an komen; sa se yon maladi idantik lakay nou tout. Konsa, sèl egzòtasyon mwen jodia se pou nou rete fèm nan temwayaj nou pou Mwen. Nan okenn sikonstans, pa kite ansyen maladi yo reparèt ankò. Rann temwayaj se sa ki pi enpòtan—sa se esans travay mwen an. Nou dwe aksepte pawòl mwen menmjan Mari te aksepte revelasyon Jewova ki te vini kote li nan yon sonj: nan kwè, epi apresa obeyi. Se sèlman sa ki kalifye kòm chastete. Paske nou se moun ki plis tande pawòl mwen yo, moun ke mwen beni plis yo. Mwen te ba nou anpil byen ki gen valè, Mwen te akòde nou tout bagay, men nou tèlman nan kondisyon ki diferan anpil de pèp Izrayèl la; nou vrèman diferan youn de lòt. Men an konparezon ak yo nou resevwa vrèman pi plis; pandan y ap rete tann dezespereman ke Mwen parèt, nou fè eksperyans moman enteresan avèk Mwen, pandan n ap pataje bonte Mwen. Sou baz diferans sa, kisa ki ba nou dwa pou nou kriye ak diskite avèk mwen epi egzije pati pa nou nan byen mwen yo? Eske nou pa te resevwa anpil? Mwen ba nou tèlman anpil, men sa nou ban mwen an retou se jis tristès ka p rache kè ak anksyete, rankin ak mekontantman ke moun pa ka kontwole. Nou tèlman repiyan—men nou toujou merite pitye tou, konsa mwen pa gen lòt chwa sinon vale tout rankin mwen epi fè nou tande objeksyon mwen yo san rete. Pandan plis pase dèmilye ane travay, Mwen pa janm reprimande lòm paske mwen te dekouvri ke, pandan tout evolisyon lòm, se sèlman koken nan mitan nou yo ki te vin gen plis renome, tankou eritaj presye ke zansèt selèb nan ansyen tan yo te kite pou nou. Ala rayi Mwen rayi kochon ak chyen sa yo ki mwens ke moun. Nou twò pa gen konsyans! Nou gen karaktè ki twò ba! Kè nou twò di! Si mwen te itilize menm pawòl ak travay sa yo pou Izrayelit yo, mwen t ap resevwa laglwa lontan sa. Men avèk nou, mwen pa ka rive nan sa; pami nou, se sèlman neglijans kriyèl ki genyen, akèy endiferan nou, ak eskiz nou yo. Nou twò pa gen santiman, epi nou kareman pa vo anyen!

Nou dwe devwe tout nou menm nan travay mwen. Nou dwe fè travay ki nan avantaj Mwen. Mwen gen dezi pou eksplike nou tout bagay ke nou pa konprann pou nou ka resevwa de mwen tout sa nou manke. Malgre defo nou yo twòp pou konte, mwen gen dezi pou m kontiye travay mwen dwe fè nan nou an, pandan M ap ban nou mizerikòd final mwen pou nou ka jwenn avantaj nan mwen e jwenn glwa ki absan nan nou, epi sa ke mond lan pa te janm wè. Mwen tèlman ap travay pandan anpil ane, poutan okenn moun pa janm konnen mwen. Mwen vle rakonte nou sekrè ke mwen pa janm rakonte pèsonn lòt moun.

Nan mitan lèzòm, mwen te Espri yo pa t ka wè a, Espri a yo pa t janm ka konekte avèk li a. Akòz twa etap yo nan travay mwen sou tè a (kreyasyon mond lan, redanmsyon, ak destriksyon), mwen parèt nan mitan yo nan diferan moman (jamè piblikman) pou fè travay mwen nan mitan yo. Premye fwa mwen te vini nan mitan lèzòm se te pandan Epòk Redanmsyon an. Evidaman, mwen te vini nan yon fanmi Jwif; konsa, premye moun ki te wè Bondye vini sou tè a se te Jwif yo. Rezon ki koz mwen te fè travay sa an pèsòn se te paske mwen te vle itilize kò mwen an kòm yon ofrann pou peche nan travay redanmsyon mwen an. Konsa, premye moun ki te wè mwen yo se te Jwif yo nan Epòk Lagras la. Se te premye fwa mwen te travay nan lachè. Nan Epòk Wayòm lan, travay mwen se te pou konkeri ak pèfeksyone, konsa mwen te fè travay mwen kòm bèje a ankò nan kò fizik la. Sa se dezyèm fwa Mwen travay nan kò fizik la Nan de dènye etap travay yo, sa moun yo konekte avèk li a se pa sa ki envizib la ankò, Espri moun pa ka manyen, men yon moun ki se Espri a ki transfòme an moun. Konsa, nan je lòm, mwen te vin tounen yon moun ankò, sa ki pa gen pyès aparans ak sansasyon Bondye. Plis toujou, Bondye ke pèp la wè a pa sèlman yon mal, men Li se yon femèl tou, sa ki pi etonan ak twoublan pou yo. Tanzantan, travay ekstraòdinè Mwen an te kraze ansyen kwayans yo ki te la pandan anpil, anpil ane. Moun yo te etone! Bondye pa jis Sentespri a, Lespri a, Lespri entasifye sèt fwa a, oswa Lespri ki anglobe tout bagay la, men li se yon nonm—yon nonm òdinè, yon nonm eksepsyonèlman komen. Li pa sèlman mal, men femèl tou. Yo similè tou paske Yo toude te pran nesans apati moun, epi Yo diferan paske Sentespri a te anjandre youn epi yon moun te anjandre lòt la, malgre Li te soti direkteman de Lespri a. Yo similè paske yo toude se kò Bondye ki vin nan lachè a pou akonpli travay Bondye Papa a, epi yo diferan paske youn te akonpli travay redanmsyon an pandan lòt la akonpli travay konkèt la. Toude reprezante Bondye Papa a, men youn se Redanmtè a ki ranpli avèk lanmou ak mizerikòd, epi lòt la se Bondye jistis la, ki ranpli avèk kòlè ak jijman. Youn se Kòmandan Siprèm lan ki te lanse travay redansmyon an, pandan lòt la se Bondye jis la ki akonpli travay konkèt la. Youn se Kòmansman an, lòt la se Lafen an. Youn se moun san peche a, pandan lòt la se moun ki konplete redansmsyon an, kontinye travay la, epi pa janm peche. Toude se menm Lespri a, men Yo demere nan yon kò ki diferan epi Yo te pran nesans nan yon andwa diferan, epi se plizyè milye ane ki separe Yo. Sepandan, tout travay yo konplete youn lòt, yo pa janm an konfli, epi yo ka parèt nan yon menm konvèsasyon. Toude se moun, men youn se te yon ti bebe gason epi lòt la se te yon ti bebe tifi. Pandan tout ane sa yo, sa moun yo te wè se pa t sèlman yon moun, yon mal, men tou anpil bagay ki pa kadre avèk konsepsyon moun yo; konsa, lèzòm pa janm kapab sonde Mwen konplètman. Yo kontinye kwè amwatye epi doute amwatye de Mwen—kòmsi mwen ekziste, poutan Mwen se rèv ki pa reyèl—ki se rezon, jis rive jodia, moun toujou pa konnen kisa Bondye ye. Eske nou ka reyèlman rezime mwen nan yon senp fraz? Eske nou vrèman oze di, “Jezi pa lòt pèsonn ke Bondye, epi Bondye pa lòt pèsonn ke Jezi”? Eske nou vrèman gen kran pou nou di, “Bondye pa lòt pèsonn ke Lespri a, epi Lespri a pa lòt pèsonn ke Bondye”? Eske nou alèz pou di, “Bondye se jis yon moun abiye avèk kò fizik la”? Eske nou vrèman gen kouraj pou afime, “Imaj Jezi se gran imaj Bondye a”? Eske nou gen poisiblite itilize elokans nou pou konplètman eksplike tanperaman ak imaj Bondye? Eske ou vrèman oze di, “Bondye te kreye mal sèlman, Li pa t kreye femèl, dapre pwòp imaj Li”? Si nou di sa, enben okenn femèl pa t ap pami sa Mwen seleksyone yo, ankò mwens pou femèl yo ta fè pati yon gwoup nan limanite. Kounye a èske nou vrèman konnen kisa Bondye ye? Eske Bondye se yon moun? Eske Bondye se yon Lespri? Eske Bondye se reyèlman yon mal? Eske se Jezi sèlman ki ka konplete travay mwen dwe fè a? Si nou chwazi youn sèlman nan sa k pi wo a pou rezime esans mwen, donk nou, se yon kwayan lwayal ki inyoran anpil anpil. Si mwen te travay kòm moun ki fèt nan lachè yon fwa, epi sèlman yon fwa, eske nou t ap ka jwenn bout mwen? Eske nou nou ka vrèman konprann mwen konplètman ak yon sèl rega? Eske nou ka reyèlman rezime mwen konplètman sou baz sa yo te fè ou wè pandan lavi ou? Si mwen te fè aktivite similè nan toude enkanasyon mwen yo, kijan nou t ap konprann mwen? Eske nou t ap kite M rete kloure sou kwa a pou tout tan? Eske Bondye ka osi senp jan nou pretann nan?

Malgre lafwa nou trè sensè, pèsonn pami nou pa gen kapasite pou bay yon resi konplè sou mwen, pèsonn pa kapab bay yon temwayaj konplè sou tout reyalite nou wè yo. Panse sou sa: Jodia, pifò nan nou neglijan nan devwa nou yo, pandan n ap suiv lachè, satisfè lachè a, epi nou gouman pou jwi lachè a. Ou posede yon tikras verite. Konsa, kijan nou ka rann temwayaj sou tout sa nou te wè yo? Eske nou reyèlman konfyan ke nou ka temwen pou mwen? Si gen yon jou ki rive kote nou pa ka temwaye tout sa nou te wè jodia, enben nou ta p pèdi fonksyon moun yo te kreye yo, epi pa t ap genyen okenn rezon ditou pou egzistans nou. Nou pa p diy pou n yon moun. Moun ta ka menm di ke nou pa moun! Mwen te fè yon travay ki san mezi nan nou, men akòz ou pa aprann anyen aktyèlman, ou pa konsyan de anyen, epi ou pa efikas nan travay ou yo, lè moman an rive pou mwen etann travay mwen an, ou pral jis gade san ekspresyon, ak lang ou mare epi kareman initil. Eske sa pa pral fè ou yon pechè pou tout tan? Lè moman sa rive, èske ou pral santi regrè ki pi pwofon an? Eske nou pral plonje nan dekourajman? Tout travay mwen jodia pa fèt sou baz parès ak nuizans, men pou bati fondasyon pou travay mwen alavni. Se pa ke mwen nan yon enpas epi bezwen twouve yon bagay nouvo. Nou dwe konprann travay m ap fè a; se pa yon bagay yon timoun k ap jwe nan lari te fè, men se yon travay ki fèt pou reprezante Papa mwen. Nou dwe konnen ke se pa mwen k ap fè tout sa pou tèt mwen; okontrè, mwen reprezante papa mwen. Wòl nou, antretan, se sèlman pou suiv, obeyi, chanje, ak temwaye. Sa nou dwe konprann se poukisa nou dwe kwè nan Mwen; sa se kesyon ki pi enpòtan pou chak nan nou konprann. Papa Mwen, nan enterè laglwa Li, te predestine nou tout pou Mwen depi moman li te kreye mond lan. Se te nan enterè travay Mwen an, epi nan enterè laglwa Li ke Li te predestine nou. Se akòz Papa Mwen ke nou kwè nan Mwen; se akòz predestinasyon Papa Mwen an ke nou ap suiv Mwen. Anyen nan sa pa pwòp chwa nou. Sa ki menm pi enpòtan se ke nou konprann ke nou se moun Papa mwen te akòde mwen nan objektif pou rann temwayaj pou Mwen. Paske li te fè M kado nou, nou ta dwe suiv egzanp Mwen montre nou yo, ansanm ak egzanp ak pawòl Mwen anseye nou yo, paske se devwa nou pou viv selon egzanp Mwen yo. Sa se objektif original lafwa nou nan Mwen. Sepousa, Mwen di nou sa: Nou se senpman moun ke Papa a konfye Mwen pou nou suiv egzanp Mwen yo. Sepandan, nou sèlman kwè nan Mwen; Nou pa moun pa mwen paske nou pa nan fanmi Izrayèl la, epi okontrè nou se menm moun ak sèpan ansyen an. Tout sa m ap mande nou se pou rann temwayaj pou Mwen, men jodia nou dwe mache selon egzanp Mwen yo. Tout sa se nan enterè temwayaj alavni. Si nou fonksyone sèlman tankou moun ki tande egzanp Mwen yo, donk nou pa p gen okenn valè, epi enpòtans ki genyen dèske Papa mwen te konfye nou ban Mwen pral gaspiye. Sa m ap ensiste pou di nou se sa: Nou ta dwe mache nan chemen Mwen yo.

Avan:  Kòman Nou Konprann Benediksyon yo?

Pwochen:  Kisa Sa Vle Di Pou w yon Moun Tout Bon

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger