Kòman Nou Konprann Benediksyon yo?
Malgre Satan ak vye demon yo kòwonpi moun ki fèt nan epòk sa a, yon kòripsyon kon sa pote pi gwo sali a pou yo, sali ki menm pi gran pase mòn ak plèn ki chaje ak zanimo ak gwo richès Jòb te genyen, pi gran toujou pase benediksyon Jòb te resevwa pou l admire Jewova a aprè eprèv li yo. Se sèlman apre Jòb te fin sibi eprèv lanmò, li te tande Jewova pale epi li te tande vwa Jewova nan toubiyon an. Epoutan li pa t wè fas Jewova, epi li pa t konnen nati li non plis. Sa Jòb te jwenn se te jis richès materyèl ki bay plezi fizik, pi bèl pitit nan tout vil ki te tou pre yo, ak pwoteksyon zanj nan syèl la. Li pa t janm wè Jewova, li pa t janm konnen nati Jewova, malgre sa yo te konsidere l kòm yon moun ki dwat. Malgre plezi materyèl moun jodi a se bagay, nou ka di, ki pa anpil epi ki pa la pou lontan; malgre anviwònman monn deyò a pa bon, mwen montre nati Mwen, bagay mwen pa t janm revele moun depi peryòd antikite, bagay ki te toujou rete sekrè, menm jan ak mistè nan tan pase yo pou pèp yo, ki gen plis imilite pase tout, men se yo menm mwen bay pi gwo sali a. Anplis, se premye fwa mwen revele bagay sa yo; mwen pa t janm fè travay kon sa avan. Malgre nou enferyè nèt pa rapò ak Jòb, sa nou resevwa ak sa nou deja wè depase Jòb delwen. Malgre nou sibi tout kalite soufrans epi nou fè esperyans tout kalite touman, soufrans sa yo pa anyen devan eprèv Jòb te sibi; se pito jijman ak chatiman moun resevwa akoz rebelyon yo, akoz rezistans yo, ak akoz nati mwen genyen ki chita sou ladwati; se jijman ki dwat, chatiman ak malediksyon; yon lòt bò, Jòb se te yon moun ki t ap mache dwat devan Bondye pami Izrayelit ki te benefisye gwo renmen ak tandrès Jewova a. Li pa t fè move zak, epi li pa t kenbe tèt ak Jewova; okontrè, se yon moun ki te konsakre li bay Jewova ak fidelite. Akoz lavi dwat li t ap mennen an, li te pase anba eprèv, epi li te travèse gwo eprèv paske l t ap sèvi Jewova ak fidelite. Moun jodi a tonbe anba jijman ak malediksyon Mwen paske yo deprave epi yo p ap viv dwat. Malgre soufrans yo pa anyen devan sa Jòb te pase lè li te pèdi tout zannimo, byen, sèvitè, pitit ak tout sa li te genyen ki te gen valè pou li, sa yo soufri se yon pèfeksyònman tèrib epi ki boule. Kalite eprèv sa yo pa diminye oubyen yo pa disparèt paske moun yo fèb, se sa ki fè li pi grav pase sa Jòb te esperimante a; okontrè, yo dire lontan epi y ap kontinye jis rive nan dènye jou lavi moun. Sa se pinisyon, jijman, ak malediksyon. Se yon dife koupe souf, menm plis ankò, se “eritaj” lejitim limanite. Se sa moun merite, epi se la nati ki dwat mwen genyen an esprime. Se yon reyalite moun konnen. Epoutan sa moun yo resevwa depase soufrans yo andire nèt jodi a. Soufrans n ap andire jodi a se jis yon echèk ki se konsekans foli nou, tandiske sa nou resevwa san fwa pi gran pase soufrans nou yo. Selon lalwa Izrayèl nan Ansyen Testaman, tout moun ki kenbe tèt ak mwen, tout moun ki jije mwen san kache, tout moun ki p ap suiv chemen mwen, epi ki oze ofri mwen move sakrifis, dife nan tanp lan ap detui yo san mank oubyen moun ki chwazi pou sa ap kalonnen yo ak kout wòch jous yo mouri, menm moun ki soti nan menm branch fanmi avèk yo ak lòt manm fanmi pwòch yo ap gen pou soufri malediksyon Mwen. Nan tan k ap vini yo, yo p ap lib, men y ap esklav esklav mwen yo, epi m ap mennen yo an n egzil pami Payen yo, epi yo p ap kapab retounen nan peyi yo. Sou baz aksyon ak konpòtman yo, soufrans moun jodi a andire pa prèske grav menm jan ak pinisyon Izrayelit yo te soufri. Di sa n ap soufri konnye a se retribisyon, li pa san jistifikasyon, paske nou vrèman depase lèbòn. Si nou te an Izrayèl, nou t ap tounen pechè etènèl, epi Izrayelit yo t ap kraze nou an miyèt moso lontan deja epi dife nan syèl la t ap gentan kankannen nou nan tanp Jewova a. Kisa nou genyen konnye a? Kisa nou resevwa, epi kisa nou pran plezi ladan l? Mwen revele nati ki dwat mwen genyen an nan nou, men sa ki pi enpòtan ankò mwen revele pasyans mwen pou rachte limanite. Yon moun ta ka di travay mwen fè nan nou an pa lòt bagay pase yon travay pasyans; sa fèt pou byen jesyon mwen, anplis, li fèt pou plezi limanite.
Malgre Jòb te pase anba eprèv Jewova yo, li jis te yon nonm ki dwat ki t ap adore Jewova. Malgre li t ap travèse eprèv sa yo, li pa t blame Jewova, li te valorize rankont li avè l. Non sèlman moun jodi a pa cheri prezans Bondye, men tou yo rejte, deteste, plenyen epi moke aparans li. Eske nou pa resevwa anpil? Eske soufrans nou yo vrèman gran nan pwen sa a? Eske nou pa pi byen pase Mari ak Jak? Eske rezistans nou pa vrèman san enpòtans? Eske sa mwen egzije nou ak sa mwen mande nou fè yo twò gwo epi twòp? Kòlè mwen sèlman tonbe sou Izrayelit ki t ap kenbe tèt ak mwen yo, pa dirèkteman sou nou; sa nou resevwa a se jis jijman san pitye mwen ak revelasyon mwen yo, ak yon pèfeksyònman tèrib san rete. Malgre sa, moun kontinye kenbe tèt ak mwen epi demanti mwen, yo fè sa san okenn soumisyon. Genyen kèk ki menm pran distans yo ak mwen epi ki nye mwen; moun sa yo pa pi bon pase gwoup moun Kore ak Datan ki te kanpe kont Moyiz. Kè moun twò di epi yo gen nati ki twò rebèl. Yo pa janm chanje fason yo te konn viv avan an. Mwen di yo parèt toutouni tankou fi k ap mennen vi deregle gwo lajounen. Pawòl mwen yo di nan yon pwen kote yo ka menm “blese zòrèy,” yo fè nati moun yo parèt aklè nan limyè jounen an—sepandan yo jis souke tèt yo, kèk ti gout dlo sot nan je yo, epi yo fòse tèt yo pou yo santi yo on ti jan tris. Depi sa pase, yo pi mechan pase wa bèt sovaj nan mòn yo, epi yo pa gen yon ti kras konsyans. Kòman moun ki gen yon nati konsa ap rive konnen yo gen san fwa plis privilèj pase Jòb? Kòman yo ka konsyans sa y ap jwi jodi a se benediksyon moun pa t konn prèske wè nan tan pase yo, benediksyon pyès moun pa t janm te konn jwi avan? Kòman konsyans moun yo ka fè yo santi kalite benediksyon sa yo, benediksyon ki mache ak pinisyon? Pou pale fran, tout sa m egzije nou, se pou n ka vin modèl pou zèv mwen yo, temwen tout nati mwen ak tout aksyon mwen yo, konsa pou n ka libere anba afliksyon Satan yo. Sepandan, moun toujou ap repouse travay mwen epi yo montre yo agresif kont sa m ap fè yon fason entansyonèl. Kòman pou moun sa yo pa ta pouse M pou tounen ak lwa Izrayèl yo, kòman pou yo pa ta pouse m lage menm kòle mwen te lage sou Izrayèl la sou yo? Malgre gen anpil nan nou ki “obeyisan epi ki soumèt” devan mwen, genyen menm plis ki menm jan ak gwoup moun Kore yo. Apre m fin glorifye nèt, m ap sèvi ak dife nan syèl la pou boule yo jouk yo fè sann. Nou dwe konnen mwen p ap chatye moun ak pawòl mwen ankò; okontrè, avan mwen fè travay Izrayèl la, m ap kankannen “gwoup Kore a” ki te kenbe tèt ak mwen, gwoup moun sa yo mwen te elimine byen lontan an. Limanite p ap jwenn okazyon pou yo jwi mwen ankò; okontrè tout sa yo pral wè se va kòlè mwen ak flam dife k ap soti nan syèl la. Mwen gen pou m revele divès bilan sou tout kalite moun, epi m ap divize yo an plizyè kategori. M ap pran nòt sou chak aksyon rebèl yo poze epi m ap fini travay mwen an, pou detèmine bilan moun yo sou baz kondanasyon mwen pandan yo te sou latè ak sou baz atitid yo te genyen anvè m. Lè tan sa a rive, p ap gen anyen k ap ka chanje bilan yo; kite moun revele pwòp bilan yo! Ansuit m ap bay Papa a ki nan syèl la bilan moun yo.