Kisa Sa Vle Di Pou w yon Moun Tout Bon
Se te toujou devwa M pou M dirije moun. Anplis, fè konkèt lòm se sa Mwen te kòmande lè Mwen te kreye mond la. Moun gendwa pa konnen ke M ap rive domine limanite konplètman nan dènye jou yo, oubyen ke konkèt rebèl yo nan pami limanite se prèv ke Mwen pote laviktwa sou Satan. Men lè lennmi M vin jwenn Mwen kòm patizan batay, Mwen te deja di M ap fè konkèt sila yo Satan te gentan fè prizonye, epi fè yo vin pitit li, sèvitè fidèl li ki t ap veye kay li. Sans orijinal fè konkèt la vle di bat lennmi an, imilye li; nan langaj Izrayelit yo, li vle di bat, detwi, epi rann lennmi an enkapab pou li kontinye reziste avè M. Men jodi a, lè M sèvi ak mo sa pami nou, li vle di fè konkèt oubyen soumèt. Nou dwe konnen entansyon M se te toujou pou M detwi nèt sila a ki se malefis limanite a, epi fè l disparèt devan M, yon fason pou li pa janm fè rebèl avè M ankò, alewè pou l ta jwenn souf pou l entèwonp oswa simen latwoublay nan travay Mwen. Kidonk, nan sa ki regade moun, mo sa a vin vle di konkèt. Kèlkeswa sans mo a ta pran, travay Mwen se pou M soumèt limanite. Paske, menm si se vre limanite se yon konpleman nan jesyon Mwen, pou pote plis presizyon, limanite pa lòt bagay ke lennmi M. Se limanite menm ki se mal la, ki kanpe anfas Mwen epi k ap dezobeyi M. Limanite pa lòt bagay ke pitit malen an Mwen te modi a. Limanite pa lòt bagay ke pitit pitit akanj la ki te trayi M nan. Limanite pa lòt bagay ke eritaj djab la ki se lennmi Mwen te repouse depi lontan an, lennmi mwen p ap janm rekonsilye ak li a. Paske syèl la ki anlè tèt limanite a twoub epi li sonm, li pa menm make pou l ta gen yon ti klète ditou, epi mond la ak tout moun k ap viv ladan l, yo plonje nan yon fènwa ki sitèlman total, okenn kretyen vivan pa menm ka wè men l, lè li lonje l devan vizaj li, oswa wè solèy la lè l ap leve sou tèt li. Wout ki anba pye l yo chaje labou ak yon pakèt twou epi yo antòtye, tout latè chaje ak kadav lensoulòt, kwen fènwa yo chaje ak rès mò yo, epi kwen ki pi fre yo, sa ki gen lonbray yo, se yo ki sèvi kay pou yon pakèt denmon. Epi toupatou nan mond la kote moun abite a, plizyè twoupo denmon ap fè alevini san rete. Pitit tout kalite bèt, ak kò yo plen kras, kanpe fasafas pou yon batay ranje, bri y ap fè yo bay moun gwo panik ki reponn yo nan kè. Nan moman sa yo, nan yon mond konsa, yon “paradi terès” konsa, ki kote yon moun pral chèche bonè lavi a? Ki kote yon moun kapab ale pou li jwenn destinasyon lavi li? Limanite ke Satan ap pile depi lontan anba pye l, te toujou yon aktè ki te chwazi depi okòmansman pou l sanble tèt koupe ak imaj Satan—plis toujou, limanite enkane Satan menm, epi li se prèv k ap fè temwayaj, gòj deplwaye, pou Satan. Kijan pou yon ras moun konsa, yon pil malpwòpte dejenere konsa, pitit tout lafanmi limanite ki kowonpi konsa, ta kapab temwaye pou Bondye? Kote laglwa M ap sòti la? Ki kote yon moun kapab kòmanse temwaye pou Mwen? Paske lennmi an, ki fin kowonp limanite, kanpe anfas Mwen, li genten pran limanite—limanite Mwen te kreye depi lontan epi ki te ranpli ak laglwa Mwen, ak lavi Mwen—epi li sal li. Li vòlè laglwa Mwen, epi tout sa li reyisi mete nan lèzòm se yon pwazon ki melanje ak lèdè Satan, epi yon ji ki fèt ak fwi pye bwa konesans byen ak mal la. Okòmansman, Mwen te kreye limanite, sa vle di Mwen te kreye zansèt limanite a, Adan. Li te genyen fòm ak imaj, li te plen fòs ak enèji, anplis li te bò kote laglwa Mwen. Se te yon jou laglwa lè M te kreye lòm nan. Apre sa, Èv te kreye ak yon pati nan kò Adan, li menm tou, li te zansèt lòm, epi konsa moun Mwen te kreye yo te ranpli ak souf mwen, epi yo t ap debòde ak laglwa Mwen. Okòmansman se ak men pa M Mwen te fè Adan, epi li te reprezante imaj Mwen. Konsa, premye sans non “Adan” an, se te moun Mwen kreye a, ki fèt ak enèji vital mwen nan li, ki genyen souf lavi M nan li, ki genyen laglwa Mwen nan li, ki gen yon fòm ak yon imaj, ki gen yon lespri ak yon souf. Se te sèl kreyati ki te gen yon lespri ki te kapab reprezante M, pote imaj Mwen, epi resevwa souf Mwen. Okòmansman, Èv se te dezyèm moun ki te gen souf ke Mwen te pase lòd pou kreye, konsa sans orijinal “Èv,” se te yon kreyati ki ta pral kontinye laglwa Mwen, ranpli ak enèji epi ki gen laglwa Mwen nan li anplis. Èv sòti nan Adan, konsa li te gen imaj Mwen nan li tou, paske li se dezyèm moun Mwen te kreye dapre imaj Mwen. Sans orijinal “Èv” se te yon kreyati, se te yon moun vivan, avèk yon lespri, chè ak zo, deyèm temwayaj Mwen, epitou dezyèm imaj Mwen nan pami limanite. Se yo ki te zansèt limanite, yon trezò san tach, ak anpil valè pou moun epi, kretyen vivan ki gen lespri depi nan premye tan yo. Men, malen an pile anba pye l epi li kaptire pitit zansèt limanite yo, li plonje tout moun nan mond la nan yon fènwa total, epi li fè yon fason pou pitit la pa kwè nan egzistans Mwen ankò. Pi gwo abominasyon an, menmsi malen an ap kowonpi moun yo epi pile yo anba pye l toupatou, li rache laglwa Mwen ak fewosite, temwayaj Mwen, enèji Mwen te ba yo, souf ak lavi Mwen te soufle nan yo, tout laglwa Mwen nan mond la ak moun ki ladan yo, tout san ki sòti nan kè m ke m te depanse pou limanite. Limanite pa nan limyè ankò, moun yo pèdi tout sa Mwen te ba yo, epi yo voye jete laglwa Mwen te bay la. Kijan yo kapab rekonèt ke se Mwen menm ki Seyè tout kreyati? Kijan yo kapab kontinye kwè ke M egziste nan syèl la? Kijan yo kapab dekouvri nan ki fason laglwa Mwen manifeste sou latè? Kijan pitit pitit gason ak pitit pitit fi sa yo kapab pran Bondye pwòp zansèt yo te konn venere a pou Seyè ki te kreye yo a? Pitit pitit gason ak pitit pitit fi mizerab sa yo “pote bay” malen an, san regrèt, laglwa Mwen, imaj Mwen ak temwayaj mwen te bay Adan ak Èv, ak tout lavi Mwen te bay limanite a ki pèmèt yo ekziste; epi prezans malen an pa deranje yo ditou, epi yo ba li tout laglwa Mwen. Èske se pa la menm sous mo “malpwòpte” a sòti? Kijan yon limanite konsa, denmon malefis konsa, kadav k ap pwomennen konsa, imaj Satan konsa, kalite lennmi M konsa, ta kapab posede laglwa Mwen? M ap reprann laglwa Mwen, M ap reprann temwayaj Mwen ki ekziste pami moun yo, epi tout sa ki te pou Mwen nan tan lontan, ke M te bay lèzòm depi lontan—M ap soumèt limanite konplètman. Men, ou dwe konnen moun Mwen te kreye yo se te moun sen ki te pote imaj Mwen ak laglwa Mwen. Yo pa t pou Satan, ni yo pa t anba pye l pou l pile, men se manifestasyon M yo te ye, pa yon ti tras pwazon Saton pa t kapab atenn yo. Konsa, M ap mete limanite okouran ke sa M vle a, se sa Mwen te kreye ak men M, sen Mwen renmen yo e ki pa pou pèsonn lòt. Anplis, M ap pran plezi nan yo e M ap konsidere yo tankou laglwa Mwen. Men, sa M vle a, se pa limanite Satan gentan kowonpi a, ki rele Satan chèmèt chèmètrès jodi a, epi ki pa kreyasyon orijinal Mwen an ankò. Paske Mwen gen entansyon reprann laglwa Mwen ki ekziste nan mond kretyen vivan yo, M ap soumèt konplètman moun k ap viv toujou yo, nan pami limanite, kòm prèv laglwa Mwen, nan fason Mwen pote laviktwa sou Satan. Mwen sèlman pran temwayaj Mwen kòm mwayen pou M ranfòse tèt Mwen, kòm objè jwisans Mwen. Sa a se volonte M.
Se plizyè dizèn milye lane limanite pran pou l rive kote li ye la kounye a, men limanite Mwen te kreye okòmansman an plonje depi lontan nan dekonpozisyon. Limanite pa limanite Mwen te dezire a ankò, kidonk, nan je pa m, moun yo pa merite pote non limanite a ankò. Se pito malpwòpte ki nan limanite a Satan reyisi kaptire, se nan kadav pouri limanite a k ap flannen pasipala Satan abite epi li pran fè sèvi l rad. Moun yo pa gen okenn lafwa nan ekzistans Mwen, epi yo pa akeyi vini M nonplis. Se nan fòse pou limanite reponn demand Mwen yo, se yon lè konsa li sonje yo, epi li pa pataje lapenn ak lajwa lavi a avè M. Paske moun yo gade M tankou yo pa kapab konprann Mwen, se nan fòse yo souri avè M, konpòtman yo se vini pi pre sila a ki sou pouvwa a, paske moun yo pa konnen travay Mwen, yo pi pa konnen toujou sa ki volonte M nan moman an. M ap onèt ak nou: Lè jou yo rive, soufrans nenpòt ki moun k ap adore M ap pi fasil pou sipòte pase soufrans pa nou. Degre lafwa nou nan Mwen pa depase pa Jòb la pou di laverite—menm lafwa Farizyen Jwif yo depase pa nou an—konsa, si jou dife a desann, soufrans pa nou ap pi grav pase pa Farizyen yo Jezi te blame a, pase pa 250 lidè ki te dezobeyi Moyiz yo, epitou pase pa Sodòm anba chalè flanm dife destriksyon an. Lè Moyiz te frape wòch la epi dlo Jewova te bay la te jayi, se te akoz lafwa li. Lè David te jwe lyre lan pou ban Mwen glwa, Jewova—avèk yon kè li ranpli ak jwa—se te akoz lafwa li. Lè Jòb te pèdi tout bèt li yo ki te ranpli mòn yo ansanm ak tout kantite richès li yo ke moun pa ka konte epi kò li te vin kouvri ak maleng, se te akoz lafwa li. Lè li te ka tande vwa Mwen, Jewova, epi wè glwa Mwen, Jewova, se te akoz lafwa li. Lefèt ke Pyè te ka swiv Jezi Kri se te akoz lafwa li. Lefèt ke yo te ka klouwe li sou kwa a akoz Mwen epi bay yon temwayaj gloriye te faktè ki te pi enpòtan nan lafwa l tou. Lè Jan te wè imaj gloriye Pitit Gason lòm lan, se te akoz lafwa li. Lè li te wè vizyon dènye jou yo, tout sa se te akoz lafwa li. Rezon ki fè swadizan miltitid nan nasyon payen yo te jwenn revelasyon Mwen an epi yo te ka aprann ke Mwen te retounen nan lachè pou Mwen fè travay Mwen nan mitan lèzòm, se akoz lafwa yo tou. Tout moun pawòl di Mwen yo te frape epi ki poutan jwenn rekonfò ladan yo epi ki sove—èske yo pat fè sa aksoz lafwa yo? Sila yo ki kwè nan Mwen men k ap soufri anba eprèv, èske mond la pa t voye yo jete? Sila yo k ap viv andeyò pawòl Mwen, k ap kouri pou soufrans eprèv yo, èske yo tout pa aladriv toupatou nan mond la? Yo sanble ak fèy lotòn k ap flote pasipala, san yo pa genyen kote pou yo poze, pi rèd toujou, yo pa genyen pawòl konsolasyon M yo. Menm si chatiman M ak rafinman M p ap swiv yo, èske yo pa tounen mandyan k ap drive toupatou, flannen nan lari andeyò wayòm syèl la? Èske mond la se plas repo nou vre? Lè nou chape anba chatiman M, èske n ap vreman kapab jwenn kòm kado nan mond la menm ti souri ki pi fèb la? Èske nou kapab vreman sèvi ak jwisans pasaje nou yo pou konble vid ki nan kè nou, yon vid ki pa kapab kache? N ap kapab petèt rive twonpe tout moun nan fanmi nou, men nou p ap janm kapab twonpe M. Akoz lafwa nou ki twò mens, jis jodi a nou toujou pa kapab jwenn plezi lavi a gen pou l ofri yo. M ap ekzòte nou: pito nou pase mwatye lavi nou pou mwen ak senserite pase pou nou pase tout lavi nou nan medyokrite ak travay san pran souf pou lachè, pandan n ap andire tout kalite soufrans ki difisil pou yon moun sipòte. Sa sa ap itil pou n ap bay tèt nou tout enpòtans sa a pandan n ap kouri pou chatiman M? Sa l ap itil nou pou n ap kache pou chatiman M pou yon moman, epi pou n al rekòlte yon letènite nan lawont, anba chatiman? An reyalite, m pa pliye pèsonn anba volonte M. Si yon moun vreman dispoze pou l soumèt li anba tout plan M yo, Mwen p ap trete li mal. Men M ekzije pou tout moun kwè nan Mwen, menmjan Jòb te kwè nan Mwen, Jewova. Si lafwa nou depase pa Toma a, ebyen lafwa nou ap jwenn lwanj Mwen, nan senserite nou, n ap jwenn bonè Mwen, epi asireman n ap jwenn laglwa Mwen nan jou nou yo. Men moun sa yo ki kwè nan mond la epi ki kwè nan djab la, yo andisi kè yo, menmjan ap pèp lavil Sodòm nan, ak grenn sab van an soufle nan je yo epi ofrann djab la nan bouch yo; depi lontan, malen an, ki fè dappiyanp sou mond la, posede lespri yo ki te deja anboulvès. Panse yo prèske fin antòtye nèt nan pyèj djab ansyen tan yo. Epi konsa, lafwa limanite nan van an, epi yo pa menm kapab pran nòt sou travay Mwen. Tout sa yo kapab fè se eseye, san konviksyon, pou yo trete travay mwen konsa konsa, oubyen pou yo analize l san yo pa pran san yo paske pwazon Satan an posede yo deja depi lontan.
M ap soumèt limanite anba volonte M paske se Mwen ki te kreye moun yo, epi anplis yo te apresye tout bon bagay Mwen te kreye yo. Men moun yo te rejte M tou; Mwen absan nan kè yo, epi yo gade M tankou yon chay nan ekzistans yo, sitèlman, malgre yo te gen chans wè M pou tout bon, yo rejte m ankò epi y ap fòse sèvo yo travay pou yo jwenn pa ki mwayen yo te kapab ranvèse M. Moun yo pa pèmèt Mwen pran yo oserye oswa fè yo demand ki kadre ak ekzijans Mwen, epi yo pa ban M chans anplis pou M jije epi chatye inikite yo. Pase pou yo ta angaje yo nan sans sa a, yo twouve se nwi bagay sa yo nwi yo. Kidonk, travay Mwen, se pran epi soumèt limanite sa a k ap manje, bwè epi rejwi nan Mwen alòske li pa menm konnen M. M ap dezame limanite, apre sa, M ap pran zanj Mwen yo, M ap pran laglwa Mwen epi M ap retounen lakay Mwen. Paske zak moun yo brize kè m depi lontan epi li kraze travay Mwen pakanpak. Mwen gen intansyon pou Mwen reprann laglwa malen an te kidnape anvan l t al fè wout li ak kè kontan, pandan li kite limanite kontinye ap viv lavi li, kontinye ap “viv epi travay nan lapè ak lakontantman,” kontinye ap “kiltive pwòp jaden yo,” epi Mwen p ap foure bouch nan lavi yo ankò. Men kounye a Mwen gen entansyon reprann laglwa Mwen ankè nan men malen an, reprann tout laglwa Mwen te pote bay lèzòm lè Mwen t ap kreye mond la. Jamè Mwen p ap bay ras moun sou latè li ankò. Paske non sèlman moun yo echwe nan prezève laglwa Mwen, men yo pran li fè echanj avèk imaj Satan. Moun yo pa ancheri vini Mwen, ni yo pa bay jou laglwa Mwen valè. Yo pa kontan resevwa chatiman Mwen, yo pi pa dispoze pou yo ban M glwa ni voye jete pwazon malen an. Limanite kontinye ap fè m desi toujou menmjan an, moun yo toujou gen bèl souri ak vizaj yo byen fre menmjan an, yo pa gen konsyans fondè fènwa ki pral desann sou limanite apre laglwa Mwen fin ale kite yo. Anpatikilye, yo pa konnen lè jou M nan rive pou limanite, bagay la pral pi di pou yo pase pèp nan tan Noye a, paske yo pa konnen kijan Izrayèl te tonbe nan fènwa lè laglwa Mwen te ale kite yo, paske kou l fè jou, lèzom gentan bliye kijan li te difisil pou travèse fènwa lannwit la. Lè solèy la va retounen al kache epi fènwa desann sou lèzòm, yo pral rekòmanse lamante epi manje dan yo nan fènwa a. Èske nou bliye lè laglwa Mwen te kite Izrayèl, kijan li te difisil pou pèp Izrayèl la te sipòte soufrans sa yo? Tan an rive kote nou wè laglwa Mwen, e se nan nan menm tan sa a n ap pataje jou laglwa Mwen an. Lèzòm pral lamante nan mitan fènwa a lè laglwa Mwen pral kite latè sal sa a. Jou laglwa Mwen an se kounye a, pandan m ap fè travay Mwen, epi se jou M ap ekzante lèzòm anba soufrans paske Mwen p ap pataje tan touman yo ak tribilasyon yo avèk yo. Mwen sèlman vle fè konkèt limanite tout antye, epi pote laviktwa total sou malen an nan limanite.