Travay Simaye Levanjil la se Travay pou sove Lòm li ye tou
Tout moun bezwen konprann objektif yo nan travay mwen sou tè a, sa vle di, sa Mwen swete finalman jwenn, epi nan ki nivo Mwen dwe rive nan travay sa a anvan li fini. Si, apre yo fin mache avèk Mwen rive jodia, moun yo pa konprann kisa travay Mwen an ye vrèman, kidonk èske yo pa te mache avèk Mwen anven? Si moun yo ap swiv Mwen, yo ta dwe konnen volonte M’. M’ap travay sou tè a depi plizyè milye ane, epi jis jodia, Mwen kontinye ap fè travay Mwen an konsa. Malgre travay Mwen an gen anpil pwojè, objektif li rete enchange; malgre ke Mwen ranpli avèk jijman ak chatiman pou lòm, pa egzanp, sa M’ fè se toujou nan enterè pou sove li, ak nan enterè pou pi byen simaye levanjil Mwen an epi anplis gaye travay Mwen pi lwen nan mitan tout nasyon payen yo yon fwa ke lòm fin bon nèt. Konsa jodia, nan yon epòk kote anpil moun gen lontan yo plonje fon nan lawont, Mwen toujou kontinye avèk travay Mwen an, Mwen kontinye travay Mwen dwe fè a pou jije ak chatye lòm. Malgre ke an reyalite lòm pa kapab tolere sa Mwen di, epi li pa gen okenn dezi pou fè sousi pou travay Mwen, Mwen toujou ap fè devwa Mwen, paske objektif travay Mwen an p’ap janm change, epi plan Mwen te gen anvan an p’ap kraze. Wòl jijman M’ nan se pou M’ ka fè lòm obeyi Mwen pi byen, epi wòl chatiman M’ nan se pou pèmèt lòm chanje pi byen toujou. Menm lè ke sa Mwen fè se nan enterè regleman Mwen, Mwen pa t’ janm fè anyen ki pa gen benefis pou lòm, paske Mwen swete fè tout nasyon yo apre Izrayèl vin obeyisan menmjan ak Izrayelit yo, pou fè yo vin tounen moun tout bon, konsa Mwen ka genyen pye Mwen kanpe sou peyi andeyò Izrayèl yo. Sa se objektif Mwen; se travay sa a M’ ap reyalize nan mitan nasyon payen yo. Kounye a menm, anpil moun toujou pa konprann objektif Mwen, paske yo pa genyen okenn enterè nan bagay konsa, epi yo fè sousi sèlman pou pwòp avni ak destinasyon pa yo. Kelkeswa sa Mwen di, yo rete endiferan nan travay ke M’ap fè, okontrè yo fokis nèt sou pwòp destinasyon yo pou demen. Si bagay yo kontinye ale nan fason sa, kijan travay Mwen an ap fè grandi? Kijan levanjil Mwen an ka pwopaje nan tout monn lan? Konnen ke lè travay Mwen an pwopaje, Mwen pral dispèse nou, epi frape nou menm jan Jewova te frape chak nan tribi Izrayèl yo. Tout sa pral fèt yon fason pou ke levanjil Mwen an ka pwopaje sou tout tè a, yon fason pou li ka rive jwenn nasyon payen yo, yon fason pou granmoun yo menmjan ak timoun yo kapab mayifye non Mwen, epi pou non Mwen ki sen egzalte nan bouch moun tout tribi ak nasyon yo. Sa fèt konsa pou ke, nan peryòd final sa a, non Mwen ka mayifye nan mitan nasyon payen yo, pou payen yo ka wè zèv Mwen yo epi pou yo rele M’ Toupwisan an akòz zèv Mwen yo, epi yon fason pou pawòl Mwen yo kapab akonpli talè konsa. Mwen pral fè tout moun konnen ke Mwen pa sèlman Bondye Izrayelit yo, men tou Mwen se Bondye pou tout nasyon payen yo, menm sila yo ke Mwen te modi yo. Mwen pral fè tout moun wè ke Mwen se Bondye kreyasyon an. Sa se pi gran travay Mwen, objektif plan travay Mwen pou dènye jou yo, epi sèl travay ki pou akonpli nan dènye jou yo.
Se sèlman pandan dènye jou yo ke travay M’ t’ap jere depi plizyè milye ane a revele totalman bay lòm. Se sèlman kounye a ke Mwen devwale tout mistè regleman Mwen an bay lòm, epi lòm te aprann objektif travay Mwen an, epi, pi plis toujou, te rive konprann tout mistè Mwen yo. Mwen gentan rakonte lòm tout bagay sou destinasyon ki konsène li. Mwen te deja devwale bay lòm tout mistè Mwen yo, pil mistè ki te kache pou plis pase 5.900 ane. Kilès ki Jewova a? Kilès ki Mesi a? Kilès ki Jezi a? Nou ta dwe konnen tout sa. Non sa yo se pwen esansyèl travay Mwen. Èske nou konprann sa? Kijan non Mwen ki sen ta dwe pwoklame? Kijan non Mwen ta dwe pwopaje nan nenpòt nan nasyon yo ki rele Mwen dapre nenpòt nan non Mwen yo? Travay Mwen ap avanse, epi Mwen pral pwopaje li nèt nan tout nasyon yo san distenksyon. Kòm travay Mwen fin fèt nan nou, Mwen pral frape nou menm jan Jewova te frape gadò mouton yo lakay David nan peyi Izrayèl, ki kòz nou vin epapiye nan mitan tout nasyon yo. Paske nan dènye jou yo, Mwen pral kraze tout nasyon yo an miyèt moso epi lakòz pèp yo vin dispèse yon lòt fwa. Lè Mwen retounen ankò, nasyon yo ap deja divize dapre fwontyè flanm dife Mwen te tabli yo. Nan peryòd sa a, Mwen pral manifeste tèt Mwen yon lòt fwa bay lòm tankou yon solèy ki brile, montre tèt Mwen byen louvri ba yo nan imaj Moun Sen an ke yo pa t’ janm wè, mache nan mitan miltitid nasyon yo, menm jan Mwen, Jewova, yon fwa te mache nan mitan tribi Jwif yo. Sotè sa a, Mwen pral dirije lòm nan lavi yo sou latè. La yo pral wè laglwa Mwen tout bon vre, epi yo pral asireman wè tou yon kolòn nyaj anlè a pou dirije yo nan lavi yo, paske mwen pral fè aparisyon mwen nan lye sen yo. Lòm pral wè jou jistis Mwen an, ak laglwa manifestasyon M’wen tou. Sa pral rive lè Mwen gouvènen sou tout latè epi mennen pitit Mwen yo nan laglwa Mwen. Toupatou sou latè, lèzòm pral met ajenou, epi tabènak Mwen an pral bati fèm nan mitan lèzòm, sou baz travay m’ap akonpli jodi a. Moun yo pral sèvi mwen, tou, nan tanp lan. Lotèl la, ki kouvri avèk bagay sal ak repiyan, Mwen pral demoli an pyès epi bati yon lòt fwa. Timouton yo ak ti bèf yo pral fè pil sou lotèl sakre a. Mwen pral demoli tanp nan moman an epi bati youn tounèf. Tanp la ki kanpe kounye a, ki ranpli ak moun san santiman, li pral efondre, epi sila Mwen pral bati a pral ranpli avèk sèvitèki fidèl ak Mwen. Yon lòt fwa ankò yo pral kanpe epi sèvi Mwen nan enterè laglwa tanp Mwen an. Nou pral tout bon vre wè jou kote Mwen resevwa gran glwa, epi nou pral wè tout bon vre jou kote Mwen demoli tanp la epi bati youn tounèf. Nou pral asireman wè tou jou tabènak Mwen an ap rive nan mond lèzòm. Jan Mwen kraze tanp lan, konsa Mwen pral mennen tabènak Mwen an nan mond lèzòm, menm jan yo wè M’ap desann. Apre Mwen fin kraze tout nasyon yo, Mwen pral rasanble yo ansanm ankò, epi kounye a bati tanp Mwen an epi tabli lotèl Mwen an, pou tout ka ofri sakrifis pou Mwen, sèvi Mwen nan tanp Mwen an, epi devwe tèt yo fidèlman nan travay Mwen nan mitan nasyon payen yo. Yo pral vin tankou Izrayelit yo nan epòk aktyèl la, abiye ak ròb chèf prèt yo epi avèk yon kouwòn, avèk laglwa Mwen, Jewova, nan mitan yo, ak pouvwa Mwen ki kouvri yo epi abite avèk yo. Travay Mwen nan nasyon payen yo pral akonpli nan menm fason an tou. Jan travay Mwen te ye nan peyi Izrayèl, se konsa travay Mwen nan nasyon payen yo pral ye tou, paske Mwen pral blayi travay Mwen nan peyi Izrayèl epi pwopaje li nan mitan nasyon payen yo.
Kounyea se moman kote Lespri Mwen akonpli gwo travay nan mitan nasyon payen yo, epi moman kote Mwen kòmanse travay Mwen nan mitan nasyon payen yo. ano plis, se moman kote Mwen klase tout èt ki te kreye yo, mete chak nan kategori pa yo, konsa pou travay Mwen ka avanse rapidman ak pi byen. Epi konsa, sa Mwen mande nou se toujou pou nou konsakre tèt nou totalman nan travay Mwen, epi, pi plis ankò, pou ou dekouvri yo byen klè epi rekonèt tout travay Mwen te akonpli nan ou yo, epi mete tout fòs ou nan travay Mwen pou li ka vin pi efikas. Se sa ou dwe konprann. Sispann goumen yo nan mitan nou, nan chèche yon wout pou tounen dèyè, oswa chèche alèz nan kò nou, ki pral fè travay Mwen anreta an, epi bay avni mèvèye ou a reta. Olye sa pwoteje ou, aji konsa t’ap pote destriksyon pou nou. Eske sa pa tap montre ke ou se yon ensanse? Sa ke w’ap jwijodia avèk goumandiz se bagay sa a menm ki ap gache avni ou, pandan doulè w’ ap soufri jodia se bagay sa menm k’ap pwoteje w’. Ou dwe klèman konsyan de bagay sa yo, konsa pou w’ evite tonbe nan pyèj tantasyon kote li pral difisil pou ou retire tèt ou, epi evite plonje nan bouya epè epi pou l’ vin enposib pou w’ jwenn solèy la. Lè bouya epè a gaye, nou pral jwenn tèt nou nan mitan jijman gran jou a. Nan moman sa a, jou pa Mwen an pral rive pre lèzòm. Kijan w’ pral chape anba jijman Mwen? Kijan w’ pral fè sipòte chalè dife solèy la? Lè Mwen te bay lòm an gran kantite, li pa t’ apresye li andedan li, men mete l’ akote nan yon plas kote pèsonn p’ap remake li. Lè jou Mwen an desann sou lòm, li pap kapab dekouvri abondans Mwen ankò, ni jwenn pawòl verite yo anmè ke Mwen te konn ap di l’ depi lontan. Li pral plenn ak kriye, paske li te pèdi klate limyè a epi tonbe nan fènwa. Sa nou wè jodi a se sèlman nepe file nan bouch Mwen an. Nou poko wè baton an nan men M’ oswa flanm ke Mwen pral boule lòm nan, epi se pou sa nou toujou gen lògèy ak gwo kòlè nan prezans Mwen. Se pou sa nou toujou ap goumen ak Mwen lakay Mwen, diskite avèk lang moun nou sa ke Mwen di avèk bouch Mwen. Lòm pa gen krentif pou Mwen, epi malgre tou li kontinye plonje tèt li nan fè lènmi ak Mwen menm jodia, li rete san okenn krentif. Nou genyen lang ak dan moun ki pa dwat yo nan bouch nou. Pawòl ak zèv nou yo menm jan aksèpan an ki te pouse Èv nan peche. Nou egzije chak moun yon je pou yon je epi yon dan pou yon dan, epi n’ ap lite nan prezans Mwen pou rache pozisyon, repitasyon, ak pwofi pou tèt nou, poutan nou pa konnen ke Mwen ap swiv pawòl ak zèv nou yo an sekrè. Anvan nou menm vini nan prezans Mwen, Mwen te sonde tout pwofondè kè nou. Lòm toujou vle soti anba men Mwen ak chape anba kontwòl je Mwen, men Mwen pa janm ale lwen pawòl ak zèv li yo. Okontrè, Mwen fè ekspre kite pawòl ak zèv sa yo antre nan je Mwen, pou M’ ka chatye peche lòm epi ekzekite jijman sou rebelyon li. Konsa, pawòl ak aksyon lòm fè an sekrè toujou rete devan syèy jijman Mwen, epi jijman Mwen pa janm kite lòm, paske li fè twòp rebèl. Travay mwen se pou boule ak pirifye tout pawòl ak zèv lòm yo ki te di ak akonpli nan prezans Lespri Mwen. Nan fason sa a,[a] lè Mwen kite tè a, moun yo pral toujou kende fidelite yo Avè M’, epi yo pral kontinye sèvi M’ jan sèvitè Mwen yo ki sen fè nan travay Mwen, pou pèmèt ke travay Mwen kontinye sou tè a jouk jou a rive pou l’ fini.
Nòt anba paj:
a. tèks original la pagen fraz “Nan fason sa a.”