Kris Fè Travay Jijman an Avèk Verite a

Travay dènye jou yo se separe tout moun dapre kalite yo, epi fini plan jesyon Bondye a, paske lè a pre rive epi jou Bondye a rive. Bondye mennen tout moun ki antre nan wayòm Li—tout moun ki rete fidèl ak Li jiska lafen—nan epòk pa Bondye a menm. Poutan, anvan epòk pa Bondye a menm rive, travay Bondye se pa obsève zèv lèzòm, oswa chèche konnen sa lavi lèzòm ye, men se jije dezobeyisans lezòm, paske Bondye gen pou L pirifye tout moun ki vini devan twòn Li. Tout moun ki te swiv tras pye Bondye yo jouk jounen jòdi a se moun ki vini devan twòn Bondye a, e se konsa, chak grenn moun ki aksepte travay Bondye dènye etap li ap pase anba pirifikasyon Bondye. Pou di sa yon lòt jan, tout moun ki aksepte travay Bondye nan dènye etap li a pral sibi jijman Bondye.

Nan jijman ki kòmanse nan kay Bondye ke yo te pale sou li nan tan lontan, “jijman” yo pale sou li a refere a jijman Bondye ap fè jodi a sou moun ki vini devan twòn li pandan dènye jou yo. Petèt gen moun ki kwè nan pawòl moun envante kòmkwa, lè dènye jou yo rive, Bondye pral drese yon gwo tab nan syèl la, k ap kouvri ak yon nap blan, epi apre sa, pandan Li chita sou yon gwo twòn ak tout moun ajenou atè a, Li pral revele peche chak moun epi konsa L ap deside si yo dwe monte nan syèl la oswa voye yo anba nan letan dife ak souf la. Kèlkeswa sa lòm imajine, li pa ka chanje sa ki anndan travay Bondye a. Imajinasyon lòm pa lòt bagay pase fwi pwòp panse lòm; yo soti nan sèvo lòm, ki rasanble yo epi li kole yo ansanm dapre sa lòm tande ak wè. Se poutèt sa mwen di, kèlkeswa jan imaj yo envante yo ekstrawòdinè, yo se sèlman reprezantasyon, epi yo pa kapab ranplase plan travay Bondye. Apre tou, Satan te fin Kowonpi lòm, konsa ki jan li ta ka konprann refleksyon Bondye? Lòm konprann travay jijman Bondye kòm yon bagay eksepsyonèl. Li kwè paske se Bondye Li Menm k ap fè travay jijman an, alòs travay sa a dwe nan pi gwo nivo ki genyen, epi li dwe nan yon nivo kote moun mòtel pa ka konprann, epi li dwe sonnen nan tout syèl la epi souke tè a; si se pa sa, ki jan sa ka fè travay jijman Bondye a? Li kwè paske sa a se travay jijman an, alòs, Bondye dwe enpoze Li an gran jan ak plen majeste pandan L ap travay, epi moun y ap jije yo dwe ap rele ak dlo nan je pandan yo ajenou ap mande pitye. Sèn sa yo t ap siman espektakilè, epi ak vrèman akablan. Tout moun imajine travay jijman Bondye a kòm yon mirak. Men, èske w konnen, nan moman kote Bondye gentan kòmanse travay jijman Li a depi lontan pami lòm, ou menm ou rete ap dodomeya kò w? Nan moman kote w panse travay jijman Bondye kòmanse ofisyèlman, Bondye ap gentan fè syèl la ak tè a vi-n nouvo. Nan moman sa a, petèt, se sèlman kòmanse w ap kòmanse konprann sans lavi, men travay pinisyon san pitye Bondye a, pral mennen w nan lanfè. Se sèlman lè sa a w pral rekonèt toudenkou travay jijman Bondye a deja fini.

An nou pa pèdi tan presye nou an, epi pa pale plis sou sijè degoutan ak detestab sa yo. An nou pale pito sou sa jijman an reprezante. Lè yo mansyone mo “jijman” an, gen anpil chans pou w panse ak pawòl Jewova te di tout kote yo ak pawòl reprimand Jezi te pale ak farizyen yo. Malgre jan yo grav, pawòl sa yo p at jijman Bondye sou lòm; yo te sèlman pawòl Bondye te di nan diferan anviwònman, sa vle di, nan kontèks diferan. Pawòl sa yo diferan ak pawòl Kris pral pale pandan L ap jije lòm pandan dènye jou yo. Nan dènye jou yo, Kris sèvi ak yon varyete verite pou anseye lòm, pou ekspoze kisa lòm ye, epi demontre pawòl ak zèv lòm. Mo sa yo gen ladan yo divès verite, tankou devwa lèzòm, jan lòm ta dwe obeyi Bondye, jan lòm ta dwe rete fidèl a Bondye, jan lòm ta dwe viv jan moun dwe viv, ansanm ak sajès ak dispozisyon Bondye, elatriye. Pawòl sa yo vize sa lòm ye ak dispozisyon kòwonpi li. Espesyalman, ekspoze jan lezòm meprize Bondye, yo di yo nan fason pou montre jan lezòm se yon reprezantasyon Satan, ak yon fòs lènmi kont Bondye. Nan travay jijman Li, Bondye pa sèlman fè nati lèzòm vi-n klè ak kèk mo; Li revele li, trete li, epi pase lontan ap netwaye li. Metòd sa yo li sèvi pou revele, pou trete, epi netwaye pa ka eksprime ak pawòl òdinè, men ak verite a ke lòm pa genyen nan li ditou. Se sèlman metòd sa a yo ka rele jijman; sèlman ak yon jijman konsa yo ka donte lòm epi konvenk li pou li soumèt devan Bondye, epi anplis de sa pou li vin genyen vrè konesans Bondye a. Sa travay jijman an pote, se fè lèzòm konprann kiyès Bondye ye tout bon ak verite sou pwòp nati rebèl li. Travay jijman an pèmèt lezòm genyen plis konpreyansyon sou volonte Bondye, bi travay Bondye a, ak mistè li yo ke li pa ka konprann. Li pèmèt tou lezòm rekonèt e konnen nati kowonpi li ak rasin koripsyon li, epi an menm tan dekouvri jan lezòm lèd. Se travay jijman Bondye ki pote tout efè sa yo, paske anreyalite nannan travay sa a se travay ki louvri verite a, chemen an, ak lavi Bondye bay tout moun ki gen lafwa nan Li. Travay sa a se travay jijman Bondye fè a. Si ou pa bay verite sa yo enpòtans, si sèl sa ki nan panse w se kòman pou evite yo, oswa ki jan pou jwenn yon lòt fason ki pa gen a wè ak yo, lè sa a, mwen di ou se yon pechè grav. Si ou gen lafwa nan Bondye, men ou pa chèche laverite oswa volonte Bondye, ni ou pa renmen chemen ki mennen w pi pre Bondye, nan ka sa mwen di ou se yon moun k ap eseye evite jijman an, e ou se yon mannken e yon trèt ki ap kouri pou gran twòn blan an. Bondye p ap epaye okenn nan rebèl ki sove anba je Li yo. Mesye sa yo pral resevwa pinisyon ki pi grav toujou. Moun ki vini devan Bondye pou jijman, epi ki anplis te pirifye, pral viv pou tout tan nan wayòm Bondye a. Natirèlman, se yon bagay ki gen pou vini.

Travay jijman an se pwòp travay Bondye, kidonk se Bondye Li Menm ki dwe natirèlman fè li; li pa ka fèt pa lòm nan plas Li. Paske jijman an se sèvi ak verite a pou konkeri limanite, sa p ap fèt menm pou Bondye ta reparèt sou fòm lachè pou fè travay sa a pami lèzòm. Sa vle di, nan dènye jou yo, Kris ap sèvi ak verite a pou anseye moun atravè mond lan epi fè yo konnen tout verite yo. Sa se travay jijman Bondye. Anpil moun gen yon move santiman sou dezyèm enkanasyon Bondye a, paske moun yo mal pou kwè ke Bondye ta ka tounen lachè pou fè travay jijman an. Antouka, mwen dwe di ou travay Bondye souvan ale pi lwen pase sa lezòm ap tann, epi li difisil pou lespri moun aksepte l. Paske moun yo se selman vètè yo ye sou tè a, pandan ke Bondye se Èt Siprèm nan ki ranpli linivè a; lespri lòm tankou yon twou dlo sal k ap pwodui vè sèlman, tandiske chak etap nan travay la ke panse Bondye ap dirije senbolize sajès Bondye. Moun yo toujou ap eseye plede ak Bondye, poutèt sa mwen di, li klè pou w wè ki moun ki pral pèdi alafen. Mwen ankouraje nou tout pou nou pa panse nou gen plis valè pase lò. Si lòt moun ka aksepte jijman Bondye, poukisa ou pa kapab? Nan ki nivo w pi wo pase lòt moun? Si lòt moun ka bese tèt yo devan verite a, poukisa w pa kapab tou? Travay Bondye a gen yon elan ki pa ka kanpe. Li pa pral repete travay jijman an ankò jis akoz “kontribisyon” ou te fè, epi ou pral regrèt anpil paske w kite yon bon opòtinite konsa ale. Si ou pa kwè pawòl Mwen yo, alòs jis rete tann pou gran twòn blan nan syèl la jije w! Ou dwe konnen ke tout Izrayelit yo te meprize epi refize Jezi, epi malgre sa reyalite delivrans Jezi bay limanite te kontinye simaye nan tout linivè ak nan dènye bout latè. Èske sa se pa yon reyalite Bondye te fè depi lontan? Si ou toujou ap tann pou Jezi mennen-w nan syèl, alòs mwen di ou se yon bout bwa mouri pèsistan[a] Jezi p ap rekonèt yon fo kwayan tankou w, ki pa fidèl ak verite a epi k ap chèche benediksyon sèlman. Okontrè, Li p ap montre okenn pitye pou lage w nan letan dife a pou w boule pandan plizyè dizèn milye ane.

Èske ou konprann kounye a kisa ki jijman ak kisa ki verite a? Si ou konprann, alòs m ap ankouraje w soumèt ak obeyisans anba jijman an, se pa sa ou p ap janm gen opòtinite pou Bondye fè w konpliman oswa mennen w nan wayòm li an. Moun ki sèlman aksepte jijman an, men ki pa janm ka pirifye, sa vle di, moun ki kouri nan mitan travay jijman an, Bondye ap deteste epi rejte yo pou toutan. Peche pa yo pi plis, epi pi grav pase pa Farizyen yo, paske yo trayi Bondye e yo te fè rebèl kont Bondye. Moun sa yo ki pa menm diy pou yo fè sèvis ap resevwa pinisyon pi sevè, yon pinisyon ki, anplis, ap dire pou toutan. Bondye p ap epaye okenn trèt ki te yon fwa parèt fidèl nan pawòl men ki apre sa trayi Li. Moun konsa yo pral resevwa sa k pou yo ki se pinisyon lespri, nanm, ak kò yo. Èske sa a se pa presizeman yon revelasyon sou jan dispozisyon Bondye jis? Èske sa se pa objektif Bondye pou L jije lòm, epi devwale li? Bondye mete tout moun k ap fè tout kalite move zak pandan tan jijman an yon kote ki chaje ak move lespri, pi li kite move lespri sa yo detwi kò lachè yo a jan yo vle l, epi kò moun sa yo genyen move lodè kadav. Se sa yo merite. Bondye ekri nan dosye yo chak grenn peche enfidèl ak fo kwayan yo, fo apot, ak fo travayè yo; e, lè moman an rive, Li jete yo nan mitan move lespri yo, Li kite move lespri sa yo avili tout kò yo jan yo vle, pou yo pa janm ka retounen nan yon kò epi pa janm wè limyè ankò. Ipokrit k ap bay sèvis pandan yon tan, men ki pa kapab rete fidèl jiska lafen, Bondye konte yo pami mechan yo, pou yo ka mache selon konsèy mechan yo epi vi-n fè pati bann dezòdone yo a; finalman Bondye va detwi yo. Bondye mete sou kote epi li pa gade sila yo ki p at janm fidèl ak Kris la oswa ki pat janm kontribye anyen nan kouraj yo, epi lè epòk la chanje Li pral detwi yo tout. Yo p ap egziste sou tè a ankò, alevwa pou yo ta antre nan wayòm Bondye a. Moun ki pa t janm sensè ak Bondye, men ke sikonstans fòse yo trete avek Li yon fason sipèfisyèl, yo konte pami moun k ap fè sèvis pou pèp Li a. Sèlman yon ti kantite nan moun sa yo ki pral siviv, alòske majorite a pral peri ansanm ak moun ki pa kalifye menm pou fè sèvis yo. Alafen, Bondye pral mennen nan wayòm li an tout moun ki gen menm lide ak Bondye, pèp ak pitit Bondye yo, ak moun Bondye te chwazi davans pou yo vin prèt. Yo pral senbolize travay Bondye a. Kanta pou moun yo pa ka klase nan okenn kategori Bondye mete yo, y ap konte yo pami enkwayan yo—epi nou ka siman imajine kisa sò yo pral ye. Mwen deja di nou tout sa pou m di nou; wout nou chwazi a se chwa pa nou poukont nou. Men sa pou n konprann: Travay Bondye pa janm tann pèsonn ki pa ka kenbe vitès ak Li, epi dispozisyon jis Bondye a pa montre okenn pitye pou okenn moun.

Nòt Anba Paj:

a. Yon moso bwa mouri: yon ekspresyon Chinwa, sa vle di “li twò ta pou pèsonn fè yon bagay pou li.”

Avan:  Èske w Kwè nan Bondye Tout bon?

Pwochen:  Èske Ou Te Konnen? Bondye Fè yon Gwo Bagay Pami Lèzòm

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger