Ou Dwe Chache Chemen Ki Konpatib ak Kris la
Mwen reyalize anpil travay pami lezòm, pandan tan sa M te rive di anpil pawòl. Tout pawòl sa yo se pou sali lèzòm epi yo te pwononse pou lèzòm ta kapab vin konpatib ak Mwen. Men, Mwen genyen sèlman kèk moun sou latè ki konpatib ak Mwen, se pou sa Mwen di lòm pa ancheri pawòl Mwen—Se paske lòm pa konpatib ak Mwen. Nan fason sa, travay Mwen fè a se pa sèlman pou lèzòm ka adore Mwen; men sitou, pou lèzòm kapab konpatib ak Mwen. Lèzòm te kòwonpi epi viv nan pyèj Satan. Tout moun viv nan lachè, nan dezi egoyis yo epi pa menm gen youn pami yo ki konpatib avèk Mwen. Gen sila ki di yo konpatib avèk Mwen, men tout moun sa yo adore vye idòl. Malgre yo rekonèt non Mwen sen, yo pran chemen ki kontrè ak Mwen, epi pawòl yo plen awogans ak konfyans nan tèt yo. Se paske, depi nan rasin, yo tout kont Mwen epi pa konpatib avèk Mwen. Chak jou, y ap chache tras Mwen nan Bib la epi yo jwenn pasaj pa aza ki “apwopriye” yo li san rete epi tonbe resite tankou lèsentzekriti. Yo pa konnen kòman pou yo konpatib avèk Mwen ni kisa sa vle di kont Mwen. Yo sèlman li pasaj biblik yo je fèmen. Nan Bib la, yo kenbe yon Bondye vag yo pa t janm wè epi yo pa kapab wè, epi yo mete L deyò pou gade Li pou bon plezi yo. Yo kwè nan egzistans Mwen sèlman nan yon kad biblik, epi yo mete Mwen egal ego ak Bib la; san Bib la Mwen pa egziste, epi san Mwen Bib la pa egziste. Yo pa prete okenn atansyon ak egziztans Mwen oswa aksyon Mwen yo, men okontrè yo konsakre anpil atansyon espesyal ak chak grenn pawòl nan Bib la. Anpil menm kwè Mwen pa dwe fè sa Mwen swete fè, si e sèlman si yo te predi sa nan Bib la. Yo bay pasaj biblik yo twòp enpòtans. Nou ka di yo bay pawòl ak ekspresyon yo twòp enpòtans, kòmkwa yo itilize chak vèsè nan Bib la pou yo mezire chak pawòl Mwen di epi pou kondanen Mwen. Sa y ap chache se pa chemen ki konpatib avèk Mwen oubyen chemen ki konpatib avèk verite a, men chemen ki konpatib avèk pawòl Bib la epi yo kwè tout sa ki pa konfòm ak Bib la, san esepsyon, pa travay Mwen. Èske kalite moun sa yo se pa desandan obeyisan Farizyen yo? Farizyen jwif yo te itilize lwa Moyiz la pou yo kondanen Jezi. Yo pa t chache konpatiblite ak Jezi nan epòk sa, men yo te suiv lwa a alalèt, nan pwen—aprè yo fin akize Li pa suiv lwa Ansyen Testaman an epi Li pa Mesi a—yo finalman kloure Jezi inonsan an sou lakwa a. Kisa ki te motif yo? Èske se pa paske yo pa t chache chemen ki konpatib avèk verite a? Yo te obsede ak chak grenn mo nan Bib la san yo pa t prete atansyon ak ni volonte Mwen ni etap ak metòd travay Mwen yo. Yo pa t moun ki t ap chache laverite, men moun ki te atache anpil ak mo a; yo pa t moun ki te kwè nan Bondye, men moun ki te kwè nan Bib la. Yo te, esansyèlman, gadyen Bib la. Nan objektif pou yo te defann enterè Bib la, kenbe diyite Bib la ak pwoteje repitasyon Bib la, yo ale menm jiska kloure Jezi ki gen mizèrikòd la sou lakwa. Yo fè sa pou yo defann Bib la sèlman epi pou yo kenbe estati chak grenn mo ki nan Bib la nan kè moun. Yo te prefere renonse ak avni yo epi ak ofrann pou peche pou yo kondane Jezi ki pa t obeyi ak doktrin Bib la a mò. Èske yo tout pa t esklav chak grenn mo nan Bib la?
E moun jounen jodi yo? Kris te vini pou bay verite a, men yo t ap prefere mete Li deyò nan monn sa pou yo ta kapab rantre nan syèl la epi resevwa gras. Yo t ap prefere nye totalman vini verite a pou yo defann enterè Bib la, epi yo t ap prefere kloure Kris la ki te tounen moun nan sou lakwa ankò pou yo asire egzistans etènèl Bib la. Kòman lèzòm ka resevwa sali Mwen an lè kè li ranpli ak move bagay epi nati li a kontrè avèk Mwen? Mwen viv pami lèzòm, men lèzòm pa konn egzistans mwen. Lè m fè limyè Mwen jayi sou lòm, li toujou inyore egzistans Mwen. Lè Mwen deplwaye kòlè Mwen sou lòm, li nye egzistans Mwen avèk plis vigè ankò. Lòm chache konpatiblite avèk mo epi konpatiblite avèk Bib la, men pa menm yon moun pa vin devan Mwen pou chache chemen ki konpatib ak verite a. Lòm chache Mwen nan syèl la epi enterese patikilyèman ak egzistans Mwen nan syèl la, poutan youn pa prete atansyon avèk Mwen nan lachè, paske Mwen k ap viv pami lèzòm twò ensiyifyan. Sila k ap chache konpatiblite sèlman avèk pawòl nan Bib la epi sila k ap chache sèlman konpatiblite avèk yon Bondye vag la pou Mwen yo se yon espektak ki fè pitye. Se paske sa y ap adore yo se mo ki mouri, epi yon Bondye ki ka ba yo anpil trezò; sa y ap adore a se yon Bondye ki mete tèt Li nan sèvis lèzom—yon Bondye ki pa egziste. Kisa moun sa yo ka jwenn nan Mwen? Lèzòm sèlman twò piti pou n di. Sila ki kont Mwen yo, k ap mande Mwen san rete, ki pa gen okenn lanmou pou laverite, ki rebèl ak Mwen—kòman yo ta kapab konpatib avèk Mwen?
Sila ki kont Mwen yo se sila ki pa konpatib avèk Mwen yo. Se ka sila yo ki pa renmen laverite a tou. Sila k ap rebele kont Mwen yo menm plis kont Mwen epi pa konpatib avèk Mwen. Mwen lage sila ki pa konpatib avèk Mwen nan men mechan an, epi lage yo nan koripsyon mechan an, ba yo libète pou yo revele move bagay yo epi finalman lage yo nan men Satan pou l devore yo. M pa prete atansyon ak konbyen moun k ap adore Mwen, sa vle di m pa prete atansyon ak konbyen moun ki kwè nan Mwen. Tout sa k enterese Mwen se konbyen moun ki konpatib avèk Mwen. Se paske tout sa k pa konpatib avèk Mwen yo se mechan ki trayi Mwen; yo se ennmi Mwen, e Mwen p ap kite ennmi Mwen “rantre” nan kay Mwen. Sila ki konpatib ak Mwen yo ap sèvi M pou tout tan lakay Mwen, epi sila ki kont Mwen yo ap sibi chatiman Mwen pou tout tan. Sila ki prete atansyon sèlman ak pawòl ki nan Bib la epi ki pa enterese ak ni laverite ni ak chache mak pye Mwen—yo kont Mwen, paske yo limite Mwen parapò ak Bib la, konfine Mwen nan Bib la, epi k ap blasfeme anpil anpil sou Mwen. Kòman moun konsa ta kapab prezante devan Mwen? Yo pa prete okenn atansyon ak aksyon Mwen, oubyen ak volonte Mwen, oubyen ak laverite, men pito yo obsede pa mo—mo ki bay lanmò. Kòman moun konsa ta fè konpatib avèk Mwen?
Mwen pale anpil pawòl, M esprime volonte ak dispozisyon Mwen tou, e poutan menm aprè sa, moun toujou pa kapab konnen Mwen epi kwè nan Mwen. Oubyen, nou ta kapab di, moun toujou pa ka obeyi Mwen. Sila k ap viv atravè Bib la, sila k ap viv atravè lalwa, sila k ap viv sou lakwa, sila k ap viv selon doktrin, sila k ap viv nan mitan zèv Mwen fè jodi a—Kiyès ladan yo ki konpatib ak Mwen? Nou sèlman panse resevwa benediksyon ak rekonpans, men nou pa janm rezève yon panse sou fason reyèl pou nou konpatib ak Mwen, oubyen sou fason pou evite nou opoze ak Mwen. Nou desevwa M anpil, paske Mwen ban nou anpil, men M jwenn yon ti kras nan men nou. Desepsyon nou yo, awogans nou yo, vorasite nou yo, dezi ekstravagan nou yo, trayizon nou yo, dezobeyisans nou yo—kiyès nan bagay sa yo ki echape atansyon Mwen? Nou dwategòch ak Mwen, nou twonpe Mwen, nou ensilte Mwen, nou woule Mwen, nou egjije Mwen epi menase Mwen pou sakrifis—Kòman yon malfezans konsa ka fè chape anba chatiman Mwen? Tout move bagay sa yo se prèv rayiman nou kont Mwen epi se prèv enkonpatiblite nou avèk Mwen. Nou chak kwè nou konpatib avèk Mwen anpil, men si se ta sa, sou kiyès yo t ap aplike yon prèv irefitab konsa? Nou kwè nou posede pi gwo senserite ak fidelite anvè Mwen. Nou panse nou tèlman gen bon kè, nou tèlman konpatisan epi nou konsakre anpil ak Mwen. Nou panse nou fè plis pase ase pou Mwen. Men èske se kont aksyon nou nou fè sa? Mwen di nou twò awogan, twò ava, twò sipèfisyèl; riz nou itilize pou nou twonpe Mwen an trè entèlijan, epi nou gen anpil entansyon ak metòd malonèt. Fidelite nou yo twò piti, seryozite nou yo twò san valè epi konsyans nou fè defo. Gen twòp move bagay nan kè nou, epi okenn moun pa epanye de malis nou yo, menm Mwen menm. Nou mete M deyò pou byennèt pitit nou yo, oubyen pou mari nou, oubyen pou pwoteksyon tèt nou. Olye nou sousye pou Mwen, nou sousye pou fanmi nou, pou pitit nou, pou pozisyon nou, pou avni nou epi pou satisfaksyon pwòp tèt nou. Kilè nou te panse avèk Mwen pandan nou t ap pale oubyen aji? Lè moman fredi yo, nou panse ak pitit nou, ak mari nou, ak madanm nou oubyen ak paran nou yo. Lè moman chalè yo, Mwen pa gen okenn plas nan panse nou nonplis. Lè w ap egzèse fonksyon ou, ou ap panse ak pwòp enterè ou, ak sekirite tèt ou, ak manm fanmi ou. Kisa ou fè ki pou Mwen? Kilè ou te panse avè M? Kilè ou te konsakre tèt ou, a tou pri, pou Mwen ak travay Mwen? Kote prèv konpatiblite ou avèk Mwen? Kote prèv fidelite ou anvè Mwen? Kote prèv obeyisans ou ak Mwen? Kilè entansyon ou yo pa t pou jwenn benediksyon Mwen yo? Nou twonpe Mwen epi nou desevwa Mwen, nou jwe ak laverite a, nou kache egzistans verite a epi trayi sa nati verite a. Kisa k ap tann nou a lavni lè nou opoze avèk Mwen fason sa? N ap chache senpman pou nou konpatib ak yon Bondye ki vag, epi n ap chache yon kwayans ki vag, men nou pa konpatib avèk Kris la. Eske malfezanz nou yo pa pral pwovoke menm chatiman ak sa mechan yo merite a? Nan moman sa, nou pral reyalize tout moun ki pa konpatib avèk Kris la p ap ka sove anba jou kolè a, epi nou pral dekouvri ki chatiman k ap tonbe sou moun ki kont Kris la. Lè jou sa va rive, rèv pou beni pou kwayans ou nan Bondye ak pou rantre nan syèl la ap detwi. Sepandan, se p ap menm bagay la pou moun ki konpatib avèk Kris yo. Malgre yo pèdi anpil bagay, malgre yo sibi anpil eprèv, y ap resevwa tout eritaj Mwen kite pou limanite. Finalman, n ap konprann se sèl Mwen Bondye ki jis, epi se Mwen sèl ki ka mennen limanite sou bèl chemen destinasyon l lan.