Bondye ak Lòm Pral Antre nan Repo Ansanm

Nan kòmansman an, Bondye te nan repo. Pa t gen okenn moun oubyen anyen ankò sou tè a nan moman sa, e Bondye pa t ko fè okenn travay. Li te sèlman kòmanse travay jesyon Li an jis lè limanite te egziste epi aprè limanite te vin kòwonpi; depi lè sa, Li te sispann repoze, men Li te pito kòmanse okipe nan travay pou limanite. Se koripsyon limanite ki lakoz Bondye te sispann repoze, epitou se akoz rebelyon akanj lan. Si Bondye pa venk Satan epi sove limanite kowonpi a, Li p ap janm ka repoze ankò. Menm jan lòm manke repo, se konsa Bondye manke repo tou, e lè sa va rive pou Li pran repo, lòm va gen repo tou. Viv nan repo vle di se yon vi san lagè, san salte, san okenn enjistis vire tounen. Sa vle di, yon lavi ki san pètibasyon Satan (la a, “Satan” fè referans ak fòs èdmi yo) ak koripsyon Satan, yon vi kote okenn lòt fòs ki opoze ak Bondye p ap anvayi; yon vi kote tout bagay yo nan plas yo epi ki ka adore Seyè kreyasyon an. Yon vi kote syèl la ak tè a byen trankil—men kisa pawòl “vi trankil moun” nan vle di Lè Bondye repoze, p ap gen enjistis sou tè a ankò, ni fòs lénmi yo p ap anvayi ankò epi limanite ap antre nan yon nouvo wayòm—Limanite p ap yon kote Satan kòwonpi ankò, men se ap yon limanite sove apre Satan te fin kòwonp li. Jou repo limanite a se ap jou repo pa Bondye a tou. Bondye te pèdi repo Li akoz enkapasite limanite pou li antre nan repo a, men se pa t paske Li pa t ka repoze li depi nan kòmansman an. Gen repo pa vle di tout bagay yo sispann mache oubyen sispann devlope, ni tou sa pa vle di Bondye sispann travay oubyen moun yo sispann viv. Siyal ki pral di gen repo a se lè Satan fin detwi, lè mechan an ak akolit ki t ap fè mal ak li yo fin jije e disparèt, epi lè tout fòs ki te kanpe kont Bondye yo pa egziste ankò. Repo Bondye a vle di Li p ap travay pou sali limanite ankò. Repo limanite a vle di limanite ap viv nan limyè Bondye ak anba benediksyon Li, p ap gen koripsyon Satan ankò, epi p ap gen enjistis ankò. Moun yo ap viv nòmalman sou tè a anba pwotesksyon Bondye. Lè Bondye ak limanite antre nan repo ansanm, sa vle di limanite sove epi Satan detwi, travay Bondye a nan moun akonpli konplètman. Bondye p ap kontinye travay nan moun ankò, e yo p ap viv anba dominasyon Satan ankò. Konsa, Bondye p ap okipe ankò, epi moun yo p ap toutan nan monte desann; Bondye ak limanite ap antre nan repo menm lè. Bondye ap tounen kote L te ye nan kòmansman an, epi chak moun ap tounen nan plas yo. Sa yo se destinasyon kote Bondye ak moun yo pral rete lè Bondye fin jere tout bagay. Bondye gen destinasyon Bondye, epi limanite gen destinasyon limanite. Nan moman repo Li a, Bondye ap kontinye gide tout moun yo pandan y ap vi sou tè a, epi pandan yo nan limyè Li a, y ap adore vrè Bondye a ki nan syèl la. Bondye p ap viv nan mitan limanite ankò, epi moun p ap kapab viv avèk Bondye nan destinasyon Li a. Bondye ak moun yo pa kapab viv menm kote; okontrè, yo chak gen fason yo pou yo viv. Bondye se Sila k ap gide tout limanite a, e tout limanite se rezilta travay jesyon Bondye. Moun se sila y ap gide yo, e yo pa menm nati ak Bondye. Repoze vle di retounen kote w te ye anvan. Kidonk, lè Bondye pran repo, sa vle di Li retounen nan plas kote L te ye nan kòmansaman an. Li p ap viv sou tè a ankò oubyen Li p ap pami moun yo ankò pou pataje jwa ak soufrans yo. Lè moun yo antre nan repo, sa vle di yo vin tounen veritab objè kreyasyon an; yo ap adore Bondye depi sou tè a, epi yo ap viv yon vi nòmal. Yo p ap dezobeyi Bondye ankò ni tou yo p ap kenbe tèt ak Li, epi yo ap retounen nan vi orijinèl Adan ak Èv la. Sa yo ap lavi ak destinasyon Bondye ak moun yo aprè yo fin antre nan repo. Inevitableman Satan gen pou Li pèdi batay nan lit kont Bondye a. Konsa, antre Bondye nan repo aprè reyalizasyon travay jesyon Li a ak sali konplè epi antre limanite nan repovin yon bagay yo pap ka anpeche tou. Plas kote limanite pral antre nan repo a se sou tè a, e plas repo pa Bondye a se nan syèl la. Pandan moun yo nan repo yo ap adore Bondye, y ap viv sou tè a, epi pandan Bondye ap mennen limanite nan repo, L ap dirije yo depi nan syèl la, men se pa sou tè a. Bondye ap toujou rete Lespri, tandiske lèzòm ap toujou rete moun. Bondye ak lèzòm repoze toude nan yon fason diferan. Pandan Bondye ap repoze, L ap vini e parèt nan mitan lèzòm; pandan lèzòm ap repoze, Bondye ap mennen yo al vizite syèl la, konsa y ap ka jwi lavi yo la. Aprè Bondye ak limanite antre nan repo, Satan p ap egziste ankò; moun k ap fè mechanste yo ap sispann egziste tou. Anvan Bondye ak limanite repoze, mechan yo ki te konn pèsekite Bondye sou tè a, menm jan avèk ènmi ki te dezobeyi Li la yo, y ap gentan fin detwi yo, pil gwo katastwòf dènye jou yo ap gentan fini ak yo. Lè bann mechan sa yo fin detwi konplètman, Satan p ap janm atake tè a ankò. Se lè sa limanite ap resevwa sali definitif la, epi travay Bondye a ap fini konplètman. Sa se kondisyon fondamantal pou Bondye ak limanite antre nan repo.

Avanse nan fen tout bagay yo vle di travay Bondye a fini, menm jan ak fen devlopman limanite a. Sa vle di, moun Satan te kowonpi yo rive nan dènye bout devlopman yo, epi desandan Adan ak Èv yo sispann miltipliye. Sa vle di tou, l ap enposib pou limanite sa a Satan te kowonpi a rive kontinye devlope. Yo pa t kòwonpi Adan ak Èv ki te la anvan an, men Satan te kòwonpi Adan ak Èv ke yo te mete deyò nan Jaden Edenn nan. Lè Bondye ak lèzòm rantre nan repo ansanm, Adan ak Èv—yo te mete deyò nan Jaden Edenn nan—ak desandan li yo ap rive nan fen yo. Limanite demen an ap toujou gen desandan Adan ak Èv, men moun sa yo p ap moun k ap viv anba dominasyon Satan. Se ap pito yon bann moun ki te sove epi pirifye. Se ap yon limanite ki te jije epi chatye, epi yon limanite ki sen. Moun sa yo p ap menm jan ak ras moun ki te la nan kòmansman yo; nou ka prèske di se pral yon liminate totalman diferan ak pa Adan ak Èv nan kòmansman an. Moun sa yo se moun yo te chwazi nan mitan tout sila Satan te kòwonpi yo e se sila yo ki te kenbe fèm pandan jijman ak chatiman Bondye a; yo ap dènye gwoup moun ki rete nan mitan moun kowonpi yo. Sèl moun sa yo ki pral kapab antre nan repo final la avèk Bondye. Sila yo ki kapab kenbe fèm pandan travay jijman ak chatiman Bondye pandan dènye jou yo—sa vle di pandan dènye travay pirifikasyon an—se yo menm ki ap antre nan repo final la bò kote Bondye; konsa, tout sila yo ki antre nan repo a pral libere anba grif Satan epi Bondye ap resevwa yo aprè yo te fin sibi dènye travay pirifikasyon an. Moun sa yo Bondye pral finalman resevwa a, pral antre nan repo final la. Objektif fondamantal travay chatiman ak jijman Bondye a se pou pirifye limanite epi prepare l pou dènye gran repo li a; san pirifikasyon sa, okenn moun pa t ap ka klase nan diferan kategori yo selon ran li, ni li pa t ap ka antre nan repo a. Travay sa se sèl chemen ki pèmèt limanite antre nan repo. Se sèl travay pirifikasyon Bondye a k ap pirifye moun yo nan enjistis yo, epi se sèl travay chatiman ak jijman Li ki pral denonse tout dezobeyisans limanite, konsa, sa separe sila yo ki ka sove ak sila yo ki pa kapab sove yo, e sila yo k ap rete pami sa ki p ap rete yo. Lè travay sa fini, tout moun yo ki jwenn pèmisyon rete yo pral pirifye e yo pral pase nan yon eta moun siperyè kote yo pral jwi yon dezyèm vi pi mèveye sou tè a; oubyen ankò, yo pral kòmanse jou repo moun yo a epi egziste bò kote Bondye. Aprè sila yo ki pa t jwenn pèmisyon rete yo fin tonbe anba pinisyon ak jijman, vrè nati yo pral devwale konplètman, aprè sa yo tout pral detwi, epi menm jan ak Satan, yo p ap ka kontinye viv sou tè a ankò. Limanite demen an p ap genyen okenn nan mòd moun sa yo; moun sa yo pa prè pou antre sou tèritwa repo etènel la, ni yo pa prè pou yo vini nan jou repo Bondye ak limanite pral pataje a, paske pil chatiman pral tonbe sou yo epi yo se moun mechan ak enjis. Yo te sove yon fwa, e yo te jije epi chatye tou; yo te rann Bondye sèvis yon fwa tou. Sepandan, Lè dènye jou a va rive, y ap toujou elimine yo epi detwi yo akoz mechanste yo e akoz dezobeyisans ak enkapasite yo pou yo sove; yo p ap janm ka antre nan nouvo mond lan e yo p ap janm viv ankò pami ras moun ki pral genyen yo. Kit se lespri moun mouri oubyen moun k ap viv ankò nan lachè, tout malfektè ak tout sila yo ki pa t sove yo, yo pral detwi yo nan moman moun jis ki nan limanite yo pral antre nan repo. Kanta pou lespri ak moun sa yo k ap fè malfezan, oubyen lespri moun jis yo ak sila yo ki pratike lajistis, kèlkeswa peryòd yo ladann nan, yo pral finalman detwi tout sila yo k ap pratike mal, epi tout moun jis yo pral viv. Se pa kantite travay ke yon moun oubyen yon lespri reyalize pandan tout laj li ki koz li konplètman kalifye pou resevwa Sali a, men se pito akoz li te reziste ou pa oubyen dezobeyi Bondye. Moun yo nan tan anvan an ki te konn pratike mal epi ki pa t kapab atenn Sali a pral anba pinisyon sètènman, e sila yo nan epòk sa ki ap pratike mal e ki pa kapab sove yo pral tonbe anba pinisyon tou. Yo separe moun yo selon si yo fè byen oswa mal, se pa selon epòk y ap viv ladann nan. Lè yo separe konsa, yo p ap pini yo oubyen rekonpanse yo tousuit; okontrè, Bondye ap reyalize travay pinisyon pou sa ki mal yo ak rekonpans pou sa ki byen yo sèlman lè Li fini ak travay konkèt Li a nan dènye jou yo. An reyalite, Li ap separe moun yo ant byen ak mal depi lè li te kòmanse fè travay Li a nan mitan yo. Sèlman Li ap rekonpanse moun jis yo e pini moun mechan yo apre travay Li a fini; sa pa vle di Li pral separe yo an kategori apre travay Li a fini epi Li pral tousuit kòmanse travay pinisyon mal yo epi rekonpanse byen yo. Objektif prensipal travay Bondye a ki se pini sa ki mal yo epi rekonpanse sa ki byen yo, se pou L pirifye konplètman tout moun yo yon fason pou Li mennen yon limanite ki pafètman sen nan repo etènèl la. Faz sa nan travay Li a pi enpòtan; se faz final tout travay jesyon Li an. Si Bondye pa t detwi mechan yo, men Li te kite yo rete, lè sa a chak moun t ap toujou pa kapab antre nan repo a, epi Bondye pa t ap kapab mennen limanite nan yon pi bon wayòm. Yon travay konsa pa t ap konplè. Lè travay Li a tèmine, tout limanite ap vin sen; se sèlman konsa Bondye ap ka viv nan repo avèk lapè.

Nan jou sa yo, moun yo toujou pa kapab dezabitye ak bagay lachè yo; yo pa kapab kite plezi lachè a, mond lan ak lajan oubyen konpòtman kowonpi yo. Pifò moun yo ap pousuiv aktivite yo yon fason vag. An reyalite, moun sa yo pa pote Bondye nan kè yo, sa ki pi grav, yo pa gen krentif pou Bondye. Yo pa gen Bondye nan fon kè yo, e kidonk yo paka konprann tout sa Bondye fè, e ankò mwens, yo pa kapab kwè nan pawòl Li pwononse. Moun sa yo chanèl twòp, yo twò kowonpi epi yo pa gen pyès verite. Anplis, yo pa kwè Bondye te kapab tounen moun. Tout moun ki pa kwè nan Bondye vivan an, sa vle di tout moun ki pa kwè nan Bondye vizib la oubyen nan travay Li oubyen nan pawòl Li yo, epi okontrè ki ap adore Bondye envizib la nan syèl la, se yon moun ki pa gen Bondye nan kè li. Mòd moun sa yo rebèl epi yo kanpe kont Bondye. Yo manke etadam ak rezon, nou pa bezwen di pou yo ta gen verite. Anplis, pou moun sa yo, moun pa ka kwè nan Bondye vizib e touchab la, poutan yo konsidere Bondye envizib e entouchab la se Bondye ki pi kredib e pi rejwisan. Sa yo ap chache a pa verite reyèl la, ni li pa veritab fondman lavi; ankò mwens verite Bondye a. Yo pito ap chache plezi. Bagay ki kapab plis pèmèt yo reyalize pwòp dezi yo, se san dout, bagay yo kwè ladan yo ak bagay yo ap chache yo. Yo kwè nan Bondye sèlman pou yo satisfè dezi yo, men pa pou yo chache verite a. Èske moun sa yo pa malfezan? Yo kwè nan tèt yo anpil, e yo pa kwè ditou Bondye nan syèl la pral detwi “bon moun” tankou yo. Okontrè, yo kwè Bondye ap pèmèt yo rete, e anplis L ap rekonpanse yo jenerezman paske yo te fè anpil bagay pou Bondye epi yo te “fidèl” anpil ak Li. Si yo te dwe chache Bondye vizib la tou, chak fwa dezi yo pa konble, yo t ap revòlte kont Bondye oubyen laraj t ap kouvri yo. Yo konpòte yo tankou yon bann moun egoyis ki entèrese sèlman pou satisfè pwòp dezi pa yo; yo pa moun entèg k ap chache verite a. Moun sa yo se swadizan mechan yo ki ap mache dèyè Kris la. Moun sa yo ki p ap chache verite a p ap ka kwè nan verite a, e anplis yo enkapab pou yo konprann konsekans avni limanite, paske yo pa kwè nan okenn travay oubyen pawòl Bondye vizib la—e sa gen ladann enkapasite pou yo kwè nan destinasyon kote limanite prale a. Kidonk, menm si yo ap suiv Bondye vizib la, yo toujou ap fè mal epi yo pa ap chache verite a ditou, ni yo p ap pratike verite Mwen mande a. Sila ki pa kwè yo pral detwi yo, se okontrè yo menm menm ki pral detwi. Yo kwè nan tèt yo ke yo se yon bann moun entèlijan, epi yo panse yo se moun k ap pratike verite a. Yo konsidere move konpòtman yo a kòm verite epi y ap defann li. Bann mechan sa yo kwè nan tèt yo pase tout moun; yo pran verite a pou doktrin epi move zak yo pou verite, men anfen se sa yo te simen y ap gen pou rekòlte. Plis moun yo kwè nan tèt yo, se plis yo awogan, se plis yo pa kapab jwenn verite a; plis moun yo kwè nan Bondye nan syèl la, se plis yo kanpe anfas Bondye. Se moun sa yo ki pral tonbe anba pinisyon. Anvan limanite antre nan repo, chak grenn moun pral resevwa chatiman oubyen rekonpans selon jan yo te chache verite a, si yo konnen Bondye ak si yo kapab soumèt yo anba Bondye vizib la. Sila yo ki te sèvi Bondye vizib la, men ki pa konnen Li epi ki pa soumèt anba Li, pa gen verite a. Mòd moun sa yo se mechan yo ye, e mechan yo se moun k ap jwenn pinisyon kanmenm; kidonk yo pral pini akoz move konpòtman yo. Moun fèt pou kwè nan Bondye, epi Li merite obeyisans nan men yo. Sila yo ki Sèlman kwè nan yon Bondye vag e envizib se moun ki pa kwè nan Bondye epi ki pa kapab soumèt yo anba Li. Si moun sa yo toujou pa rive kwè nan Bondye vizib la nan moman travay konkèt Li a fini, epi yo kontinye dezobeyi e kanpe anfas Bondye vizib nan lachè a, kidonk “vagnè” sa yo pral tounen moun ki pral detwi kanmenm. Se menm jan pou kèk nan nou—tout moun ki rekonèt Bondye enkane a nan bouch, men ki pa pratike verite soumisyon ak Bondye enkane a, ap finalman tounen moun ki pral elimine epi detwi. Anplis, tout moun ki rekonèt nan bouch li, ki manje epi bwè verite Li bay la pandan l ap chache tou yon lòt bò Bondye vag e envizib la, se moun ki kapab detwi tou demen. Okenn nan moun sa yo p ap kapab rete pou rive jis nan tan repo ki gen pou vini aprè travay Bondye a, epi okenn moun ki menm jan ak moun sa yo p ap kapab rete pandan tan repo a. Moun demonyak yo se moun ki pa pratike verite a; nati yo se fè rebelyon ak dezobeyi Bondye, yo pa gen volonte pou yo soumèt anba Li. Moun sa yo pral detwi. Kesyon pou w konnen si w gen verite ak si w kanpe anfas Bondye a depann de nati w, se pa aparans ou oubyen fason w pale oubyen fason w konpòte w. Se nati yon moun ki pral detèmine si l ap detwi oubyen si l p ap detwi; sa pral fèt selon sa nati moun nan revele sou konpòtman li ak fason li t ap chache verite a. Pami moun yo ki menm jan yonn ak lòt yo nan sans y ap fè menm travay, epi ki ap fè menm kantite travay, sila yo ki gen bon nati epi ki posede verite a se sila yo ki ap gen pèmisyon rete, tandiske sila yoki gen move nati epi ki dezobeyi Bondye vizib la se sila yo ki pral detwi. Tout travay Bondye a oubyen pawòl ki gen rapò ak destinasyon limanite a ap trete moun yo yon fason ki apwopriye ak nati yo chak, pyès erè p ap rive, epi pa menm yon sèl erè menm. Se Sèlman lè moun yo fè travay, emosyon yo oubyen sans yo melanje. Travay pa Bondye fè a pi apwopriye; Li pa pote okenn fo deklarasyon kont pyès kreyati. Aktyèman gen anpil moun ki pa kapab konprann kote limanite prale epi ki pa kwè nan pawòl Mwen di yo. Tout sila yo ki pa kwè, menm jan ak sila yo ki p ap pratike verite a, yo se demon!

Jounen jodi a, sila yo k ap chache ak sila yo ki p ap chache se de moun totalman diferan kote menm destinasyon yo diferan tou. Sila yo k ap chache konesans verite a ki ap pratike verite a, se yo menm Bondye ap bay sali a. Sila yo ki pa konnen vrè chemen an se yon bann demon ak enmi; yo se piti Akanj lan epi yo pral detwi. Menm sila yo ki se kwayan fidèl yon Bondye vag, yo menm tou se pa demon yo ye? Moun yo ki gen bon konsyans men ki pa aksepte vrè chemen an se demon yo ye; nati yo se rezistans kont Bondye. Sila yo ki pa aksepte vrè chemen an se sila yo ki kanpe kont Bondye, epi menm si moun sa yo ap pase anpil eprèv, yo pral detwi kanmenm. Tout sila yo ki pa vle kite mond sa, ki paka sipòte separe ak paran yo e ki paka detache yo ak pwòp jwisans lachè yo pa moun k ap obeyi Bondye, epi yo tout pral detwi. Tout moun ki pa kwè nan Bondye vivan nan lachè a se demon, anplis yo pral detwi. Sila yo ki gen lafwa men ki p ap pratike verite a, sila yo ki pa kwè nan Bondye vivan nan lachè a, e sila yo ki pa kwè ditou nan egzistans Bondye pral detwi menm jan an tou. Tout sila yo ki jwenn pèmisyon pou rete se moun yo ki te sibi soufrans rafinman an e ki te kenbe fèm; se moun yo ki te pase eprèv tout bon. Nenpòt moun ki pa rekonèt Bondye se yon énmi, sa vle di nenpòt moun ki pa rekonèt Bondye vivan nan lachè a—kit se yon moun ki anndan oubyen ki deyò kouran sa a—li se yon moun ki kont Kris. Ki moun Satan ye, kiyès ki demon li yo, epi ki moun yo ki énmi Bondye sinon moun yo ki kanpe kont, ki pa kwè nan Bondye? Se pa moun yo ki dezobeyi Bondye? Èske se pa moun yo ki fè moun kwè yo gen la fwa, men ki pa gen verite a? Se pa moun yo ki sèlman ap chache jwenn benediksyon yo pandan yo pa menm ka fè lwanj pou Bondye? Ou makonen kò w ak demon sa yo jodi a epi ou gen sansiblite ak lanmou pou yo, men nan ka sa a, èske w pa yon moun ki renmen Satan? Èske w pa asosye w ak demon yo? Si moun jounen jodi a pa kapab distenge byen ak mal, epi kontinye renmen ak gen pitye san gade dèyè, san okenn volonte pou chache fè Bondye plezi oubyen pou yo ta kapab jwenn yon mwayen kite plezi Bondye abite yo tankou se te pa yo, kidonk y ap fini pi mal. Nenpòt moun ki pa kwè nan Bondye vivan nan lachè a se yon énmi Bondye. Si w kapab rive sipòte sansiblite ak lanmou pou yon énmi, èske w ou pa yon moun ki manke sans lajistis? Si w ann amoni ak sila m M pa renmen yo e ak sa M pa dakò yo, epi ou pote lanmou ak santiman pèsonèl pou yo, kidonk ou pa an rebelyon? Èske ou pa fè eksprè kanpe kont Bondye? Yon moun konsa èske li posede verite a? Si moun yo gen santiman pou énmi yo, lanmou pou demon yo ak pitye pou Satan, èske se pa eksprè yo fè y ap toumante travay Bondye a? Moun yo ki kwè sèlman nan Jezi epi ki pa kwè nan Bondye vivan nan lachè a nan dènye jou yo, menm jan ak sila yo ki di nan bouch yo yo kwè nan Bondye vivan nan lachè a epi k ap fè mal, tout se antikris, san konte lòt yo ki pa menm kwè nan Bondye. Tout moun sa yo pral detwi. Kritè moun yo itilize pou jije lòt moun parèy yo chita sou konpòtman yo; sila yo ki gen bon konpòtman yo jis, tandiske sila yo ki pa gen bon konpòtman se mechan. Kritè Bondye itilize pou jije moun yo chita sou nati yo, sa vle di si li te soumèt ou non anba Li; sila ki soumèt li anba Bondye se yon moun jis, tandiske, moun ki pa fè sa se yon énmi e yon moun mechan, menm si konpòtman moun sa ka bon oubyen pa bon e pawòl li kòrèk ou enkòrèk. Kèk moun vle fè bon aksyon pou yo ka ale nan bon destinasyon demen, epi lòt yo vle itilize bèl pawòl pou yo ka rive nan yon bon destinasyon. Tout moun nan erè lè yo kwè Bondye chwazi bay moun yo rezilta apre lè Li fin obsève konpòtman yo oubyen apre Li fin tande pawòl yo; anpil moun yo vle pwofite sa pou twonpe Bondye nan ba Li ofrann pou yon moman. Nan jou k ap vini yo, moun yo ki pral viv nan repo a, yo tout ap pase jou tribilasyon yo epi y ap rann temwanyaj pou Bondye tou; Yo tout se moun ki pral akonpli devwa yo e ki ap soumèt yo anba Bondye pou kont yo. Sila yo ki Sèlman vle pwofite okazyon pou sèvi nan entansyon pou pa pratike verite p ap otorize rete. Bondye gen kritè ki pwòp pou klasman rezilta chak grenn moun; Li pa jis deside sa selon pawòl ak konpòtman yon moun, ni selon fason moun nan aji pandan yon tan. Li p ap toleran anvè move konpòtman yon moun poutèt sèvis li te fè pou Li, ni tou Li p ap epanye yon moun nan lanmò poutèt li te fè yon ofrann ra pou Bondye. Okenn moun pa ka echape chatiman pou mechanste li, epi okenn moun pa ka kache move konpòtman li e konsa evite touman destriksyon an. Si moun yo kapab ranpli pwòp devwa yo, sa vle di yo etènèlman fidèl ak Bondye e yo p ap chache rekonpans, kit yo jwenn benediksyon kit y ap soufri nan malè. Si moun yo fidèl avèk Bondye lè yo wè benediksyon, men yo sispann fidèl lè yo pa wè benediksyon, e si, alafen, yo toujou pa kapab temwanye pou Bondye oubyen ranpli devwa ki sou responsablite yo, kidonk yo ap toujou moun ki pral detwi menm si yo te deja rann yon sèvis fidèl anvè Bondye. Sa vle di, mechan yo paka viv nan letènite, ni antre nan repo a; sèlman moun jis yo ki se mèt repo a. Yon fwa limanite sou bon chemen an, moun yo ap gen yon vi ki nòmal. Yo tout ap fè devwa yo epi y ap fidèl anvè Bondye konplètman. Yo pral debarase yo totalman ak dezobeyisans ak nati kowonpi yo, epi yo pral viv pou Bondye, nan Bondye, san dezobeyisans ni rezistans. Yo tout ap kapab soumèt yo nèt anba Bondye. Se ap lavi Bondye ak limanite, se pral yon vi repo.

Sila yo ki trennen timoun yo ki pa kwè ditou ak pwòch yo nan legliz la egoyis anpil, e yo gen anpil bonte. Moun sa yo konsantre yo Sèlman sou afeksyon yo, kit yo kwè, kit yo pa kwè, se volonte Bondye ki dwe fèt. Genyen ki Mennen madanm yo devan Bondye oubyen yo trennen pwòch yo devan Bondye, e kit Lespri Sen an aksepte yo oubyen pa aksepte yo oubyen Li travay nan lavi yo, moun sa yo kontinye je fèmen ap “adopte moun ki gen talan” pou Bondye. Ki benefis ki genyen nan yon kalite bonte konsa pou moun sa yo ki pa kwè? Menm si yo menm, ki pa gen prezans Lespri Sen an, ap lite pou suiv Bondye, yo toujou pa kapab sove tankou nou ta ka kwè li. Sila yo ki ka resevwa Sali a pa fasil pou w jwenn yo. Moun yo ki pa sibi travay ak eprèv Lespri Sen an, epi Bondye kite vivan nan lachè a pa t pèfeksyone, yo totalman enkapab pou yo vin konplè. Konsa, apatid moman yo kòmanse ap suiv Bondye nòmalman, moun sa yo pa gen prezans Lespri Sen an. Pa rapò ak kondisyon yo avèk eta aktyèl yo, yo senpman paka vin konplè. Konsa tou, Lespri Sen an deside pa gaspiye twòp enèji nan yo, ni enstwi yo oubyen gide yo nan yon sans; Li Sèlman pèmèt yo suiv chemen an e l ap revele yo finalman rezilta yo—anyen ankò. Se Satan ki bay limanite pasyon ak entansyon sa yo, e bagay sa yo p ap jan kapab konplete travay Lespri Sen an. Kèlkesaw fason moun yo ye, yo dwe genyen travay Lespri Sen an. Èske moun yo ka konplè? Poukisa yon mari renmen madanm li? Poukisa yon madanm renmen mari li? Poukisa timoun yo dwe respekte paran yo? Poukisa paran yo dwe okipe timoun yo? Ki mòd entansyon moun yo genyen reyèlman? Èske entansyon yo se pa pou yo satisfè pwòp plan yo ak dezi egoyis yo? Èske tout bon vre yo gen entansyon pou yo aji nan non plan jesyon Bondye a? Èske yo ap aji tout bon vre nan avantaj travay Bondye a? Èske yo gen entansyon akonpli devwa kreyati yo ye a? Sila yo depi nan moman yo te kòmanse kwè nan Bondye a ki pa kapab atenn prezans Lespri Sen an, pa kapab jwenn travay Lespri Sen an; Moun sa yo te konsidere tankou moun ki dwe detwi. Kèlkeswa jan nou te renmen yo, sa pa ka ranplase travay Lespri Sen an. Pasyon ak lanmou moun yo reprezante entansyon moun yo, men sa yo paka ranplase entansyon pa Bondye yo, ni yo paka ranplase travay Bondye a. Menmsi nou bay moun sa yo ki kwè nan Bondye a e ki pretann ap suiv Li san yo pa menm konnen reyèlman kisa sa vle di kwè nan Bondye, yo toujou p ap benefisye mizèrikòd Bondye, ni travay Lespri Sen an. Menm si moun yo ki ap suiv Bondye ak tout kè yo pa gen gwo nivo epi yo pa kapab konprann anpil verite, yo toujou kapab okazyonèlman jwenn travay Lespri Sen an; alòske, sila yo ki gen ase bon nivo yo, poutan ki pa kwè sensèman yo, jis paka jwenn prezans Lespri Sen an. Pa gen okenn posiblite Sali avèk moun sa yo. Menmsi yo ap li pawòl Bondye yo oubyen y ap tande okzyonèlman mesaj yo, oubyen ap chante lwanj pou Bondye, yo p ap kapab finalman viv jis rive nan tan repo a. Se pa fason moun yo ap jije oubyen fason moun nan lantouraj yo wè ki detèmine si moun yo ap chache tout bon vre, men se fason Lespri Sen an travay nan yo ak si yo atenn prezans Lespri Sen an. Anplis, sa depann si entansyon yo chanje ak si yo gen yon ti konesans sou Bondye apre yo fin sibi travay Lespri Sen an pandan yon peryòd. Si Lespri Sen an ap travay nan yon moun, entansyon moun sa ap chanje pwogresivman, e pèspektiv li sou kwayans nan Bondye ap vin pi pwòp pwogresivman. Kèlkeswa dire tan moun yo ap suiv Bondye a, depi yo chanje sa vle di Lespri Sen an travay nan yo. Si yo pa chanje, sa vle di Lespri Sen an pa travay nan yo. Menm si moun yo ap fè sèvis, sa ki pouse yo fè sa, se dezi pou yo jwenn bon richès. Akoz n ap rann sèvis okazyonèlman paka ranplase chanjman nan entansyon yo. Tout fason, yo ap detwi, paske yo pa bezwen moun ki rann sèvis nan wayòm nan, ni moun yo entansyon yo pa chanje pou rann sèvis ak sila yo ki te pèfeksyone epi ki fidèl ak Bondye. Pawòl sa yo ki te pwononse nan tan pase a, “Lè nou kwè nan Bondye, richès souri bay fanmi an,” koresponn ak peryòd gras la, men sa pa gen okenn rapò ak destinasyon limanite a. Yo te Sèlman apwopriye pou etap peryòd gras la. Sans pawòl sa yo te dirije nan wout lapè ak benediksyon materyèl moun yo t ap jwi yo; sa pa t vle di tout fanmi moun yo ki kwè nan Seyè a pral sove, ni tou kòmkwa lè nou resevwa pil richès, tout fanmi nou kapab tou rete nan repo a. Kit nou resevwa benediksyon oubyen kit n ap soufri ak malè sa detèmine pa rapò ak nati li, men pa pa rapò ak nati komin nou ta kapab pataje ak lòt moun. Mòd dikton sa yo oubyen règ sa yo senpman pa gen plas li nan wayòm nan. Si yon moun finalman kapab sove, se paske li satisfè egzijans Bondye yo, e si li finalman pa kapab rete jis nan tan repo a, se paske li te dezobeyisan anvè Bondye epi li pa t satisfè egzijans Bondye yo. Chak moun gen destinasyon ki bon pou li. Destinasyon sa yo detèmine pa rapò a nati chak endividi, e yo pa gen anyen pou wè ak lòt moun yo. Move konpòtman yon timoun paka transmèt bay paran l yo, ni bon sajès yon timoun paka pataje ak paran l yo. Move konpòtman yo paran paka transmèt bay pitit yo, ni bon ladrès li paka pataje ak pitit yo. Chak moun gen responsablite pwòp peche yo, e chak moun jwi richès yo. Okenn moun paka pran plas yon lòt; sa se jistis. Pou sa ki gen awè ak moun, si paran yo resevwa bon richès, kidonk timoun yo ta dwe kapab fè menm bagay la tou, e si timoun yo komèt sa ki mal, kidonk paran yo dwe efase peche sa yo. Se yon pèspektiv moun e yon fason moun pou fè bagay yo; sa a pa pèspektiv Bondye. Chak moun detèmine pa rapò a nati konpòtman yo, e yo toujou mache ak lòt. Okenn moun paka pote peche yon lòt moun, sa k ta pi grav ankò, okenn moun paka pini nan plas yon lòt. Sa se yon bagay ki paka chanje. Akoz yon paran okipe piti li yo pa vle di li ka akonpli aksyon ki jis nan plas timoun li yo, ni nonplis kèlkeswa jan yon timoun ta gen afeksyon pou paran li yo, pa vle di li ka akonpli aksyon jis nan plas paran li yo. Men sa pawòl yo vle di reyèlman, “Kidonk, de moun ap nan yon jaden, y ap pran yonn, lòt la ap rete. De fanm ap moulen mayi, y ap pran yonn, lòt la ap rete.” Moun yo paka mete pitit yo genyen ki delenkan an repo sou baz lanmou pwofon yo gen pou yo, e okenn moun paka mete madanm (oubyen mari) li an repo sou baz bon konduit li. Sa se yon règ administratif; li paka gen fòs kote. Antouka, sila yo k ap fè byen responsab byen yo fè yo, e sila yo k ap fè mal se yo ki responsab mal yo fè yo. Moun ki jis yo ap sove, tandiske mechan yo ap detwi. Sa ki Sen li rete sen; yo p ap sal. Sa ki sal rete sal, e pa menm yon ti moso nan yo p ap vin sen. Tout moun ki pral detwi yo, tout se mechan, e tout moun k ap sove yo se jis yo—menm si pitit mechan yo akonpli aksyon jis, e menm si paran timoun jis yo akonpli move aksyon. Pa gen rapò ant yon mari kwayan ak yon madanm enkwayan, e pa gen rapò ant timoun ki kwayan yo ak paran enkwayan; de kalite moun sa yo totalman enkonpatib. Nou gen paran fizik anvan nou antre nan repo a, men yon fwa nou antre nan repo a, nou p ap gen paran fizik ankò pou byen di. Sila yo ki pran responsablite yo se énmi sila yo ki pa pran responsablite yo; sila yo ki renmen Bondye ak sila yo ki pa renmen Bondye yo kanpe youn anfas lòt. Sila yo ki pral antre nan repo a e sila ki pral detwi yo se de kalite kreyati ki paka fonksyone ansanm. Kreyati yo ki akonpli devwa yo pral kapab sove, tandiske sila yo ki pa akonpli devwa yo pral objè destriksyon; sa k pi rèd la, sa ap dire pou tout letènite. Èske w renmen mari w nan pwen pou w akonpli devwa w antan èt ki kreye? Èske w renmen madanm ou nan pwen pou w akonpli devwa èt ki kreye ou ye a? Èske w obeyisan anvè paran non kwayan w yo nan pwen pou w akonpli devwa èt kreye ou ye a? Konsepsyon moun sou kwayans nan Bondye èske li jis ounyen fo? Poukisa w kwè nan Bondye? Kisa w swete jwenn? Kòman w renmen Bondye? Sila yo ki paka akonpli devwa yo antan èt kreye, e ki paka fè yon efò total, ap tounen yon bann objè destriksyon. Relasyon fizik ant moun yo egziste jodia, menm jan ak alyans atravè san, men nan jou k ap vini yo, tout bagay sa yo ap fini. Moun ki kwayan yo ak moun ki pa kwayan yo p ap konpatib, youn opoze ak lòt. Sila yo ki nan repo a, pral kwè gen yon Bondye e yo pral soumèt yo anba Bondye, tandiske sila yo ki dezobeyisan yo pral detwi. P ap gen fanmi ankò sou tè a; Kòman ta fè gen paran oubyen timoun oubyen rapò ant mari ak madanm? Enkonpatiblite kwayans lan ak enkredilite ap koupe relasyon fizik yo totalman.

Nan kòmansman an, pa t gen fanmi nan limanite; te gen sèlman yon gason ak yon fanm ki te egziste, se te de moun diferan. Pa t gen peyi, nou pa bezwen pale pou fanmi, men akoz koripsyon limanite, chak kalite moun vin òganize ti klan pa yo, se sa ki vin devlope pou bay peyi ak nasyon yo. Peyi ak nasyon sa yo te fòme ak pil ti fanmi individyèl, epi konsa, tout kalite moun yo te vin separe ant diferan ras toudepan diferan lang ak fwontyè yo. Antouka, kèlkeswa kantite ras ki egziste nan mond lan, limanite gen yon sèl zansèt. Nan kòmansman an te gen sèlman de kalite moun, e de kalite moun sa yo se gason ak fanm yo te ye. Sepandan, akoz pwogrè travay Bondye ak istwa ak chanjman jewografi yo, de kalite moun sa yo te devlope nan plizyè nivo, nan lòt kalite moun ki pi plis. Kidonk, kèlkeswa kantite ras moun ki konpoze limanite, tout limanite antyè rete kreyasyon Bondye. Kèlkeswa nan ki ras moun yo soti, yo tout se kreyati Li; yo tout se desandan Adan ak Èv. Menm si se pa t ak pla men Bondye yo te kreye, yo se desandan Adan ak Èv Bondye te kreye li menm menm nan. Kèlkeswa nan kalite èt moun yo soti, yo tout se Kreyati Li; piske yo anndan vant limanite ki pou Bondye, destinasyon yo se menm sa limanite ta dwe genyen an, e yo te separe selon règ yo ki òganize moun yo. Sa vle di, tout mechan yo ak moun jis yo, yo menm tou, se kreyati Bondye. Kreyati ki ap komèt mal pral finalman detwi, e kreyati yo k ap akonpli aksyon ki jis ap sove. Sa se pi bon aranjman ki genyen pou de kalite kreyati sa yo. Mechan yo pa kapab, akoz dezobeyisans yo, menm si yo se kreyasyon Bondye, Satan te sezi yo e yo paka sove. Kreyati ki konpòte yo yon fason ki jis, poutèt y ap sove, yo paka nye se Bondye ki te kreye yo e yo te kapab resevwa Sali a apre Satan te fin kowonpi yo. Mechan yo se yon bann kreyati ki dezobeyi Bondye; se kreyati ki paka sove e Satan te kaptire yo konplètman. Moun yo ki ap komèt mal yo se moun yo ye tou; se moun ki te kowonpi nan dènye bout e ki paka sove. Menm jan yo se kreyati, moun yo ki gen yon konduit ki jis te kowonpi tou, men se moun yo ki pre pou libere tèt yo anba fòs koripsyon an epi ki kapab soumèt yo anba Bondye. Moun yo ki gen yon konduit jis, jistis pa anvayi yo; okontrè, yo te resevwa Sali a epi yo libere anba panse kowonpi yo; yo ka soumèt yo anba Bondye. Y ap rete fèm jiskobou, menm si sa pa vle di Satan pa t janm kowonpi yo. Apre travay Bondye a fini, pami tout kreyati sa yo, ap genyen sa yo ki pral detwi ak sa yo ki pral sove. Se yon etap oblije nan travay jesyon Li an; okenn moun paka nye sa. Mechan yo p ap gen otorizasyon pou yo sove; sila yo ki soumèt yo epi ki ap suiv Bondye jiskobou gen asirans y ap sove. Etandone travay sa se travay jesyon limanite, ap genyen sila yo ki ap rete e sila yo ki ap elimine. Sa se plizyè konsekans ki genyen pou plizyè kalite moun, e se kondisyon ki pi apwopriye pou kreyati Bondye yo. Plan final Bondye pou limanite se fè li tounen yon sèl kò kote l ap wete koze lafanmi ak nasyon yo, l ap retire zafè fwontyè nasyonal yo nan yon plan san lafanmi ni fwontyè nasyonal, paske apre tou, tout moun yo se desandan yon sèl zansèt e yo se kreyati Bondye. Kidonk, kreyati mechan yo pral detwi, e kreyati k ap obeyi Bondye yo pral sove. Konsa, p ap gen fanmi ankò, p ap gen peyi ankò, pi enpòtan ankò, p ap gen zafè nasyon ankò nan tan repo ki pral vini an; kalite eta moun sa se pral eta moun ki pi sakre a. Adan ak Èv te kreye nan objektif pou limanite te ka okipe tout bagay sou tè a; nan kòmansman an, moun yo te gen kontwòl tout bagay. Entansyon Jewova lè Li t ap kreye moun se te pou L te pèmèt yo viv sou tè a epi pou yo pran swen tout bagay ki sou tè a, paske limanite pa t kowonpi nan kòmansman an e li pa t kapab fè sa ki mal. Konsa, apre moun yo te fin kowonpi, yo pa t gen kontwòl tout bagay ankò. Objektif Sali Bondye a se pou L restore wòl limanite, rekanpe rezon ak obeyisans orijinèl limanite; limanite nan repo a se pral reprezantasyon menm rezilta Bondye espere atenn nan avèk travay Sali Li a. Menm si se p ap yon vi menm jan ak sa nan jaden Dedenn nan, nati yo ap menm; limanite p ap jis menm ansyen limanite a non kowonpi, men se ap pito yon limanite ki te kowonpi epi ki vin resevwa Sali a. Moun sa yo ki te resevwa Sali ap antre finalman (sa vle di apre travay Bondye a fin akonpli) nan repo a. Menm jan an tou, rezilta sila ki te pini yo pral revele konplètman alafen, e yo pral detwi jis apre travay Bondye a fini. Nan yon lòt sans, yon fwa travay Li a tèmine, mechan sa yo ak sila yo ki te sove yo pral devwale, paske travay revele tout kalite moun yo (kit se mechan oubyen sila ki sove yo) ap fèt sou tout moun an menm tan. Mechan yo pral elimine, e sila ki otorize rete yo ap devwale an menm tan. Konsa, rezilta tout kalite moun yo pral devwale an menm tan. Bondye p ap pèmèt pou gwoup moun yo ki te resevwa Sali a antre nan repo anvan Li retire mechan yo epi jije yo oubyen pini yo tout ansanm, sa pa t ap yon bagay ki fè sans. Lè mechan yo fin detwi epi sila yo ki ka sove yo antre nan repo a, travay Bondye a nan tout mond lan ap fini. P ap gen okenn prensip priyorite ant sila yo ki resevwa benediksyon yo ak sila yo ki ap soufri ak malè; Sila yo ki resevwa benediksyon yo ap viv etènèlman, tandiske sila yo ki ap soufri ak malè yo ap peri etènèlman. De etap sa yo nan travay la dwe akonpli nan menm moman. Se egzakteman akoz moun dezobeyisan yo egziste ki koz jistis sila yo ki soumèt yo pral devwale, e se egzakteman paske gen moun ki te resevwa benediksyon yo ki koz malè mechan yo ap sibi a pral revele. Si Bondye pa t devwale mechan yo, kidonk, moun yo ki soumèt sensèman anba Bondye pa t ap revele; Si Bondye pa t mennen moun yo ki soumèt anba Li nan destinasyon ki bon pou yo a, kidonk sila ki dezobeyisan yo pa t ap kapab resevwa sa yo merite. Sa se pwosesis travay Bondye a. Si Li pa t akonpli travay pinisyon mechan yo epi rekonpanse moun ki fè byen yo, kidonk kreyati li yo pa t ap janm ka antre nan destinasyon yo merite a. Lè limanite fin antre an repo, mechan yo ap gentan fin detwi epi tout limanite ap sou bon chemen an; tout kalite moun yo ap ansanm avèk pwòp espès yo selon wòl yo ta dwe ranpli yo. Se pral sèlman jou repo limanite a, se pral kondisyon obligatwa pou limanite devlope, e se sèlman lè limanite antre nan repo gwo akonplisman final Bondye a ap fini; se pral dènye etap nan travay Li a. Travay sa ap mete fen nan travay destriksyon lachè limanite, ni tou ak lavi kowonpi limanti a. Moun yo ap finalman antre nan yon nouvo wayòm. Menm si tout moun yo ap viv nan lachè a, genyen diferan nivo ant nati lavi a ak lavi limanite kowonpi a. definisyon egzistans ak definisyon egzistans limanite a diferan tou. Menm si se lavi yon nouvo kalite moun, nou ka di se lavi yon limanite ki te resevwa Sali a, avèk yon lavi kote limanite ak larezon te kontre. Se moun yo ki te dezobeyi Bondye, Bondye te al chache epi sove, se moun yo ki te dezonore Bondye epi apre ki temwanye non Li. Egzistans yo pi enpòtan, apre yo te fin sibi epi viv eprèv Li a; se moun yo ki temwanye non Bondye devan Satan, e yo se moun ki bon pou viv. Sila yo ki gen pou detwi yo paka temwanye non Bondye e yo pa bon pou kontinye viv. Destriksyon yo dwe konsekans move konpòtman yo, e aneyatisman yo se meyè destinasyon pou yo. Nan tan k ap vini an, lè limanite ap antre nan bèl mond lan, p ap gen okenn relasyon ant mari ak madanm, ant papa ak pitit fi, oubyen ant manman ak pitit gason jan moun yo te konprann li an. Nan moman sa, chak moun ap suiv sanblab yo, e lafanmi ap deja gentan brize. Satan p ap janmè deranje limanite ankò paske li gentan fin elimine, epi moun yo p ap gen move lide Satan yo ankò. Moun dezobeyisan sa yo ap deja gentan fin detwi, e sèl moun ki soumèt yo ki ap rete. Konsa, p ap gen anpil lafanmi k ap rete antye; relasyon fizik yo ka kontinye egziste? Lavi pase limanite nan lachè a ap totalman bani; kòman relasyon fizik ant moun ak moun ta kapab egziste menm? San move entansyon kowonpi Satan, lavi moun p ap ansyen lavi pase a, men se ap pito yon lòt lavi. Paran yo ap pèdi pitit yo e timoun yo ap pèdi paran yo. Mari yo ap pèdi madanm yo, e madanm yo ap pèdi mari yo. Relasyon fizik ant moun ak moun egziste kounya, sa p ap egziste ankò lè tout moun antre nan repo a. Sèl eta moun sa ap posede jistis ak sentete; sèl eta moun sa ki kapab adore Bondye.

Bondye te kreye moun yo e Li te mete yo sou tè a, e depi lè sa L ap mennen yo. Apre sa Li te sove yo epi sèvi ofrann pou peche limanite. Alafen, Li dwe pran limanite, pou L sove lèzòm konplètman epi mete yo nan kondisyon orijinèl yo te ye a. Sa se travay Li te kèmanse depi nan kòmansman an nan restore limanite nan imaj li ak kondisyon li te ye depi nan orijin nan. Bondye pral etabli wayòm Li epi restore kondisyon orijinèl lèzòm, sa vle di Bondye pral etabli otorite Li sou tè a, e nan mitan tout kreyasyon. Limanite te pèdi kè li pou l te krenn Bondye menm jan ak responsablite ki te sou kreyati Bondye yo apre Satan te fin kowonpi yo, konsa yo vin tounen énmi ki ap dezobeyi Bondye. Limanite vin ap viv anba dominasyon Satan epi l ap suiv lòd Satan; konsa, Bondye pa t gen okenn mwayen pou Li travay nan mitan kreyati Li yo, e konsa Li pa t ka jwenn krent ak respè nan men yo. Se Bondye ki te kreye lèzòm e yo te dwe adore Li, men yo te vire do ba Li e yo te adore Satan pito. Satan te vin tounen idòl kè yo. Konsa, Bondye te vin pèdi plas Li nan kè yo, sa vle di Li te pèdi sans kreyasyon limanite. Kidonk, pou Li restore sans kreyasyon limanite a, Li dwe restore kondisyon orijinèl yo epi debarase limanite ak entansyon kowonpi li yo. Pou retire lèzòm anba men Satan, Bondye dwe sove yo nan peche. Se Sèlman nan fason sa a Bondye ka pwogresivman restore kondisyon yo ak wòl orijin yo, epi anfen restore wayòm Li an. Destriksyon final pitit dezobeyisans yo ap fèt tou yon fason pou lèzòm kapab adore Bondye pi byen epi viv pi byen sou tè a. Paske Bondye te kreye lèzòm, e L ap fè yo adore Li, paske Li vle restore wòl orijinèl yo nan limanite, L ap restore yo konplètman jan sa dwe fèt. Restore otorite Li vle di L ap aranje Li pou tout moun yo adore Li epi soumèt yo anba Li; sa vle di Bondye ap fè lèzòm viv poutèt Li menm menm epi L ap fè énmi yo peri akoz otorite Li. Sa vle di Bondye ap aranje Li pou tout sa ki gen rapò ak Li kontinye rete nan lèzòm san okenn moun pa kanpe anfas Li. Wayòm Bondye vle etabli a se pwòp wayòm Li. Limanite Li vle a e k ap adore Li a, sa k ap soumèt li anba Li konplètman an e ki pral manifeste glwa Li a. Si Bondye pa sove limanite kowonpi a, kidonk sans kreyasyon limanite a ap pèdi; p ap gen otorite nan moun yo ankò, e wayòm Li a p ap ka egziste sou tè a ankò. Si Bondye pa detwi énmi ki ap dezobeyi Li yo, Li p ap kapab jwenn glwa konplè Li a, ni nonplis etabli wayòm Li sou tè a. Sa yo se ap siy fen travay Li a ak gran akonplisman Li a: L ap detwi konplètman sila yo ki nan mitan limanite ki ap dezobeyi Li e L ap fè sila yo ki te fini yo sove yo anpè. Lè lèzòm fin restore nan kondisyon orijinèl li, e lè yo ap kapab akonpli devwa yo kòmsadwa, rete nan plas yo epi soumèt yo anba tout volonte Bondye yo, Bondye ap gen yon gwoup moun sou tè a k ap adore Li, e L ap etabli yon wayòm sou tè a ki pou adore Li. L ap gen yon viktwa etènel sou tè a, e tout sa yo ki kanpe kont Li ap peri pou letènite. Sa pral etabli plan Li te genyen depi nan kòmansaman an lè Li t ap kreye limanite a, sa pral etabli plan Li te genyen lè Li t ap kreye tout bagay yo, e sa pral etable otorite Li sou tè a, nan mitan tout bagay e nan mitan tout énmi Li yo. Sa yo se pral senbòl viktwa total Li a. Dezòme, limanite pral antre nan repo a e pral kòmanse yon lavi ki sou bon chemen an. Bondye pral antre nan repo etènel la ak limanite tou e L ap kòmanse yon lavi etènel pataje ant Li menm ak lèzòm. Salte ak dezobeyisans ap disparèt sou tè a, e tout plenn yo ap fini, e tout sa yo ki kanpe anfas Bondye nan mond sa ap sispann egziste. Sèl Bondye ak moun yo Li bay Sali a ap rete; sèl kreyasyon Li an k ap rete.

Avan:  Restore Lavi Nòmal Lòm epi Mennen Li nan yon Destinasyon Mèveye

Pwochen:  Pandan W ap Admire Kò Espirityèl Jezi, Bondye ap Gentan Fè Syèl la Ak Tè a Vin Nouvo

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger