Vrè nati kò Bondye Abite a
Nan premye enkanasyon Li an, Bondye te viv sou tè a pandan tranntwa zan edmi, epi Li te akonpli ministè Li pandan sèlman twa zan edmi nan kantite tan li te fè ap viv sou tè a. Pandan tou de tan sa yo, Li te travay, epi anvan Li te kòmanse travay Li, Li te posede eta moun nòmal la; Li te abite nan eta moun nòmal Li a pandan tranntwa zan edmi. Pandan dènye twa zan edmi yo, Li te revele tèt Li kòm Bondye enkane a. Anvan Li te kòmanse fè ministè Li, Li te parèt ak yon eta moun òdinè e nòmal, ki pa montre okenn siy divinite Li, epi se sèlman aprè Li te kòmanse fè ministè Li fòmèlman, divinite Li te parèt aklè. Lavi Li ak travay Li pandan ventnèf premye ane sa yo te montre Li te yon moun nòmal, yon pitit gason Bondye, e yon kò lachè, paske ministè Li te kòmanse seryezman sèlman apre laj ventnevan an. “Enkanasyon an” se aparans Bondye nan kò a; Bondye travay pami kreyati L yo nan imaj kò a. Konsa, pou Bondye viv nan lachè, Li dwe gen fòm moun anvan, moun avèk eta nòmal la; sa a se avantou sa ki pi fondamantal la. An reyalite, enplikasyon enkanasyon Bondye vle di Bondye ap viv e ap travay nan kò a, Bondye nan nati Li menm vin tounen kò, vin tounen yon moun. Lavi enkane Li a ak travay Li kapab separe an de etap. Premye a se lavi Li viv anvan Li reyalize ministè Li a. Li viv nan yon fanmi moun òdinè, nan yon eta moun ki nòmal nèt, Li obeyi prensip moral ak lwa nòmal lavi moun yo, avèk bezwen nòmal moun genyen (manje, rad, dòmi, kay), feblès moun nòmal, ak emosyon moun nòmal. Nou te ka di tou, pandan premye etap sa a Li viv nan yon eta ki pa diven, yon eta moun konplètman nòmal, Li patisipe nan tout aktivite moun nòmal. Dezyèm etap la se lavi Li viv aprè Li fin kòmanse akonpli ministè Li. Li toujou rete nan eta moun òdinè avèk yon po moun nòmal, ki pa montre okenn siy enkane nan sinatirèl la. Poutan, Li viv espesyalman pou ministè Li, epi pandan tan sa a eta moun nòmal Li egziste antyèman pou soutni travay nòmal divinite Li, paske lè sa a eta moun nòmal Li te gen matirite nan nivo pou Li te kapab fè ministè Li. Konsa, dezyèm etap lavi Li a se fè ministè Li nan eta moun nòmal Li, pandan li se yon lavi ki alafwa eta moun nòmal ak divinite konplè. Rezon ki fè, pandan premye etap nan lavi Li, Li viv nan eta moun òdinè ki konplè a se paske eta moun Li genyen an poko kapab reponn a tout travay diven an, eta sa a poko gen matirite; sèlman apre eta moun Li vin pran matirite, Li vin kapab soutni ministè Li sou zepòl Li, Li ka kòmanse fè ministè Li dwe fè a. Paske Li menm antan ke moun bezwen grandi ak pran matirite, premye etap lavi Li se sa ki nan eta moun nòmal la—pandan Li nan dezyèm etap la, paske eta moun Li kapab mennen travay Li ak fè ministè Li, lavi Bondye ki vivan nan lachè a ap viv pandan ministè Li a alafwa yon lavi eta moun ak lavi divinite konplè. Si, depi nan moman nesans Li, Bondye ki vivan nan kò fizik la te kòmanse ministè Li aktivman, nan fè mirak ak mèvèy sinatirèl yo, enben Li pa t ap gen okenn esans kòporèl. Kidonk, eta moun Li egziste nan sousi pou nati kòporèl Li; pa ka gen kò san eta moun, epi yon moun san eta moun se pa yon moun. Nan fason sa a, eta moun kò Bondye a se yon pwopriyete kò Bondye enkane a posede anndan L. Pou di “lè Bondye vin tounen moun, Li totalman diven, e Li pa moun ditou,” se blasfèm, paske deklarasyon sa a jis pa egziste, epi li vyole prensip enkanasyon an. Menm apre Li kòmanse fè ministè Li, Li toujou ap viv nan divinite Li avèk yon kò imen lè L ap fè travay Li; se sèlman nan moman sa a, eta moun Li sèvi sèl objektif ki se pou pèmèt divinite Li fè travay la nan kò nòmal la. Konsa, fòs travay la se divinite a ki abite nan eta moun Li an. Se divinite Li, se pa eta moun Li k ap travay, poutan divinite sa a kache nan eta moun Li a; An reyalite, se divinite konplè Li ki fè travay Li, se pa eta moun Li. Men, moun ki fè travay la se kò Li. Yon moun te kapab di, Li se yon moun epi tou Li se Bondye, paske Bondye vin tounen yon Bondye k ap viv nan kò a, avèk yon po moun e yon nati imen, men tou ak nati Bondye a. Paske Li se yon moun ki gen nati Bondye a, Li pi wo pase tout moun ki kreye yo, pi wo pase nenpòt moun ki ka fè travay Bondye yo. Epi konsa, pami tout moun ki gen yon kò moun tankou Li, pami tout moun ki posede eta moun, se Li mennm sèl ki se Bondye ki vivan nan kò fizik la—tout lòt moun yo se kreyati. Menm si yo tout genyen eta moun, tout moun ki kreye yo pa gen anyen ke eta moun, pandanke Bondye ki vivan nan lachè a diferan: Nan kò Li Li pa sèlman genyen eta moun men, sa ki pi enpòtan, Li gen divinite. Eta moun Li kapab parèt nan aparans ekstèn kò Li ak nan lavi chak jou Li ap mennen, men divinite Li difisil pou wè. Paske divinite Li eksprime sèlman lè Li gen eta moun, epi Li pa sinatirèl jan moun imajine Li ye a, li trè difisil pou moun yo wè. Menm jodi a, moun yo gen ki pi gwo difikilte a pou yo sonde nati veritab Bondye ki vivan nan lachè a. Menm apre Mwen fin pale sou sa pandan tout tan sa a, Mwen atann li toujou rete yon mistè pou pifò nan nou. An reyalite, pwoblèm sa a trè senp: Depi Bondye vin tounen moun nan, nati Li se yon maryaj ki gen eta moun ak divinite. Maryaj sa a rele Bondye Li menm, Bondye Li menm sou tè a.
Lavi Jezi te viv sou tè a se te yon lavi nan fòm moun nòmal. Li te viv nan eta moun nòmal kò Li a. Otorite Li—pou fè travay Li epi pale pawòl Li, oswa pou geri malad yo epi chase move lespri yo, pou fè bagay ekstraòdinè sa yo—pa t manifeste, pou pi plis fwa jiskaske Li te kòmanse ministè Li. Lavi Li anvan ventnevan, anvan Li te akonpli ministè Li, te pwouve ase, Li te jis yon kò nòmal. Poutèt sa, e paske Li poko te kòmanse akonpli ministè Li, lèzòm pa te wè anyen diven nan Li, yo pa te wè anyen plis pase yon moun nòmal, yon moun òdinè—menm jan nan tan sa a, gen kèk moun ki te kwè Li te pitit gason Jozèf. Moun yo te panse, Li te pitit gason yon nonm òdinè, yo pa t gen okenn fason pou di, Li te kò Bondye ki vivan nan lachè a; menm lè, pandan Li ap ekzekite ministè Li, Li te fè anpil mirak, pifò moun te toujou ap di, Li te pitit gason Jozèf, paske Li te Kris la e kò ekstèn eta moun nòmal la. Eta moun nòmal Li ak travay Li tou de te egziste pou akonpli enpòtans premye enkanasyon an, pou pwouve, Bondye te vini antyèman nan kò a, Li te vin tounen yon moun konplètman òdinè. Eta moun nòmal Li a anvan Li te kòmanse travay Li te pwouve Li te yon kò òdinè; e Li te travay aprè Li te pwouve tou Li te yon kò òdinè, paske Li te fè mirak ak mèvèy yo, Li te geri malad yo epi Li te chase move lespri yo nan kò ki gen eta moun nòmal. Rezon ki fè Li te kapab fè mirak yo se paske kò Li te pote otorite Bondye, se te kò ki te abiye ak Lespri Bondye a. Li te posede otorite sa gras a Lespri Bondye a, epi sa pa vle di, Li pa t yon fòm moun. Geri malad yo ak chase move lespri yo te travay Li te bezwen fè nan ministè Li, se te yon ekspresyon divinite Li ki kache nan eta moun Li, epi kèlkeswa mirak Li te montre oswa fason Li te montre otorite Li, Li te toujou viv nan yon eta moun nòmal e Li te toujou yon moun nòmal. Jouk rive nan pwen kote Li te soti vivan nan lanmò sou kwa a, Li te rete nan kò nòmal. Akòde gras, geri malad yo, ak chase move lespri yo te tout yon pati nan ministè Li a, yo tout te travay Li te fè nan kò nòmal Li. Anvan Li te ale sou kwa a, Li pa t janm kite kò moun nòmal Li, kèlkeswa sa Li t ap fè. Li te Bondye Li menm, ki t ap fè pwòp travay Bondye a, poutan paske Li te kò enkane Bondye a, Li te manje epi te Li abiye, Li te gen bezwen moun nòmal, Li te gen refleksyon moun nòmal, epi yon lespri moun nòmal. Tout bagay sa yo te pwouve Li te yon moun nòmal, sa ki te pwouve, kò enkane Bondye a te yon kò avèk yon eta moun nòmal, e li pa t sinatirèl. Travay Li se te pou Li akonpli travay premye enkanasyon Bondye a, pou akonpli ministè premye enkanasyon an ta dwe akonpli a. Enpòtans enkanasyon an sèke yon moun ki òdinè, ki nòmal fè travay Bondye a Li menm menm; sa ki vle di, Bondye akonpli travay diven Li an nan eta moun e kidonk Li kraze tèt Satan. Enkanasyon vle di: Lespri Bondye a vin tounen moun, sa vle di, Bondye vin nan lachè; travay moun nan fè a se travay Lespri Bondye a, e se sa ki reyalize nan eta moun nan, sa eta moun nan eksprime a. Pèsonn eksepte Bondye sou fòm moun nan pa ka akonpli ministè Bondye ki vivan nan lachè; sa ki vle di, se sèlman Bondye ki tounen moun nan, eta moun nòmal sa a—e pa gen lòt moun—ki ka eksprime travay diven an. Si, pandan premye vini Li an, Bondye pa t posede eta moun nòmal la anvan laj ventnevan an—si depi tou piti lè Li te fèt, Li te ka fè mirak, si depi tou piti lè Li te aprann pale, Li te ka pale langaj syèl la, si nan moman li te premye mete pye sou tè a Li te kapab konprann tout pwoblèm lèzòm, Li te ka disène panse ak entansyon chak moun—yon moun konsa pa ta ka rele yon moun nòmal, e yon kò konsa pa ta ka rele kò moun. Si se konsa avèk Kris la te ye, enben enpòtans ak nati enkanasyon Bondye a t ap pèdi. Paske Li posede eta moun nòmal la pwouve Li se Bondye ki te viv nan moun nan; paske Li sibi yon pwosesis kwasans moun nòmal montre plis toujou Li se yon moun nòmal; anplis sa, travay Li se yon prèv ki montre Li se Pawòl Bondye a, Li se Lespri Bondye a ki vin tounen moun. Bondye vin kò akòz nesesite travay Li; nou te ka di tou, etap travay sa a te dwe fèt nan kò a, Li dwe fèt nan eta moun nòmal la. Sa a se premye kondisyon pou “Pawòl la vin tounen kò,” pou “aparans Pawòl la nan kò a,” epi sa se veritab istwa dèyè 2 enkanasyon Bondye yo. Moun ka kwè, Jezi te fè mirak pandan tout lavi Li, Li pa te montre okenn siy eta moun jiskaske travay Li fini sou tè a, Li pa t gen nesesite moun nòmal oswa feblès oswa emosyon moun, Li pa t gen nesesite fondamantal yo nan lavi oswa Li pa t anime ak panse moun nòmal. Yo kwè Li te sèlman genyen yon entèlijans ki depase moun, yon eta moun siperyè. Yo kwè akòz Li se Bondye, Li pa ta dwe panse ak viv tankou jan moun nòmal fè sa, se sèlman yon moun nòmal, yon moun ki gen bònfwa Bondye, ki kapab genyen panse moun nòmal epi viv yon lavi moun nòmal. Tout sa yo se lide moun ak konsepsyon moun, epi konsepsyon sa yo kontrè ak entansyon orijinal travay Bondye a. Refleksyon moun nòmal soutni rezon moun nòmal ak eta moun nòmal; eta moun nòmal soutni fonksyon nòmal nan kò a; epi fonksyon nòmal kò a pèmèt lavi nòmal kò a totalman. Se sèlman nan travay nan kò sa a Bondye ka akonpli objektif enkanasyon Li an. Si Bondye ki vivan nan lachè a te posede sèlman yon kò ekstèn moun nan, men Li pa t panse panse moun nòmal yo, enben kò sa a pa t ap posede rezon moun, mwens ankò bònfwa eta moun. Kouman yon kò konsa te kapab, san eta moun, akonpli ministè Bondye ki vivan nan lachè a dwe fè? Yon lespri nòmal soutni tout aspè lavi moun; san yon lespri nòmal, yon moun pa t ap moun. Nou te ka di tou, yon moun ki pa genyen panse nòmal se yon malad mantal, epi yon Kris ki pa gen okenn eta moun men ki gen divinite sèlman pa kapab konsidere kòm kò enkane Bondye a. Nan fason sa a, ki jan kò enkane Bondye a ta ka pa gen okenn eta moun nòmal? Èske se pa pale mal sou Bondye pou di Kris la pa gen okenn eta moun? Tout aktivite moun nòmal yo angaje ladan repoze sou jan lespri moun nòmal fonksyone. San sa, lèzòm ta gen yon konpòtman ki san sans; yo ta menm pa anmezi pou di diferans ki genyen ant nwa ak blan, ant byen ak mal; epi yo pa ta gen okenn etik moun ak prensip moral yo. Menm jan an tou, si Bondye ki vivan nan kò moun nan pa t panse tankou yon moun nòmal, enben Li pa t ap yon moun ki gen bònfwa, yon moun nòmal. Yon moun ki pa ka panse konsa pa t ap anmezi pran responsabilite travay diven an. Li pa t ap kapab angaje Li nòmalman nan aktivite moun nòmal yo, mwens ankò pou Li viv ansanm ak moun sou latè. Konsa, enpòtans menm vini Bondye nan kò a t ap pèdi. Eta moun Bondye ki vin nan lachè a egziste pou kontinye kenbe travay diven nòmal la nan kò a; Panse moun nòmal Li soutni eta moun nòmal Li ak tout aktivite kòporèl nòmal Li yo. Yon moun te kapab di panse moun nòmal Li egziste pou soutni tout travay Bondye a nan kò a. Si kò sa a pa t posede yon lespri moun nòmal, enben Bondye pa t ap kapab travay nan kò a, e sa Li bezwen fè nan kò a pa t ap janm kapab akonpli. Menm si Bondye enkane a posede yon lespri moun nòmal, panse moun pa ka souye travay Li; Li akonpli travay la nan yon eta moun avèk yon lespri nòmal, daprè kondisyon anvan an pou posede eta moun nan avèk yon lespri, se pa avèk egzèsis panse moun nòmal. Kèlkeswa jan panse lachè Li yo nòb, lojik ak panse pa tache travay Li. Nou te ka di tou, travay li pa baze sou lespri kò Li, men se yon ekspresyon dirèk travay diven an nan eta moun Li. Tout travay Li yo se ministè Li dwe akonpli, e pa gen youn ladan sèvo Li te prepare. Paregzanp, geri malad yo, chase move lespri yo, ak krisifiksyon an pa t pwodwi nan lide moun Li, epi nenpòt ki moun ki gen yon lide moun pa t kapab reyalize yo. Menm jan an tou, travay konkèt jodi a se yon ministè Bondye vivan nan kò fizik la dwe akonpli, men se pa travay volonte yon moun, se travay divinite Li ta dwe akonpli, travay okenn lachè moun pa kapab fè. Konsa, Bondye ki vivan nan kò moun nan dwe posede yon lespri moun nòmal, Li dwe posede eta moun nòmal, paske Li dwe akonpli travay Li nan eta moun avèk yon lespri nòmal. Sa a se nati travay Bondye ki vivan nan lachè a, vrè enpòtans Bondye ki vivan nan kò fizik la.
Anvan Jezi te fè travay la, Li te viv senpleman nan eta moun nòmal Li. Pèsonn pa t kapab di Li te Bondye, pesonn pa t konnen Li te Bondye ki vivan nan kò fizik la; moun jis te konnen Li kòm yon nonm òdinè konplètman. Eta moun òdinè ak nòmal nèt Li, se te prèv Bondye te enkane nan kò a, epi epòk Gras la te epòk travay Bondye ki vivan nan kò fizik la a, se pa epòk travay Lespri a. Se te prèv ki montre Lespri Bondye a te fèt konplètman nan kò a, se te prèv ki montre nan epòk enkanasyon Bondye a kò Li tap fè tout travay Lespri a. Kris la avèk eta moun nòmal la se yon kò kote Lespri a fèt, epi Li posede eta moun nòmal la, esans nòmal, ak panse moun. “Fèt” vle di Bondye vin tounen moun, Lespri Bondye a vin tounen kò; pou di sa pi klè, se lè Bondye Li menm abite yon kò ki gen eta moun nòmal, epi atravè kò sa travay diven Li eksprime—se sa “fèt” la vle di, oswa “enkane.” Pandan premye enkanasyon Li, li te nesesè pou Bondye geri malad yo epi chase move lespri yo, paske travay Li se te vin rachte. Pou rachte tout ras imen an, Li te bezwen gen konpasyon ak padon. Travay Li te fè anvan yo te kloure Li sou kwa a se te geri malad yo epi chase move lespri yo, sa ki te montre delivrans Li pou lòm anba peche ak salte. Paske se te epòk Gras la, li te nesesè pou Li te geri malad yo, kidonk Li montre siy ak mèvèy yo, sa ki te reprezante gras Bondye epòk sa a—paske epòk Gras la te santre otou don gras Bondye a, epi lapè, kè kontan, ak benediksyon materyèl, tout siy lafwa moun nan Jezi te senbolize l. Sa vle di, geri malad yo, chase move lespri yo, ak bay gras Bondye yo se te kapasite kò Jezi a posede anndan l nan Epòk Gras la, se te travay Lespri Bondye a te reyalize nan kò a. Men, pandan Li te fè travay sa a, Li te viv nan kò a, epi Li pa t depase kò a. Kèlkeswa aksyon gerizon Li te fè, Li te toujou posede eta moun nòmal la, Li te toujou viv yon vi moun nòmal. Rezon ki fè Mwen di, pandan epòk enkanasyon Bondye a kò a te fè tout travay Lespri a, se paske kèlkeswa travay Li te fè, Li te fè l nan kò a. Men, akòz travay Li, moun pa t konsidere kò Li tankou Li gen yon esans kòporèl ki konplè, paske kò sa a te kapab fè mèvèy, e nan kèk tan espesyal Li te kapab fè kèk bagay ki depase kò a. Natirèlman, tout bagay sa yo te rive apre Li te kòmanse ministè Li, tankou Li te teste pandan karant jou oswa Li te transfigire sou montay la. Konsa, avèk Jezi, enpòtans enkanasyon Bondye a pa t konplè, men li te akonpli sèlman yon ti kras. Lavi Li te viv nan kò a anvan Li te kòmanse travay Li te nòmal nèt nan tout respè. Aprè Li te kòmanse travay la, Li te kenbe sèlman kokiy ekstèn kò Li. Paske travay Li te yon ekspresyon divinite, li depase fonksyon nòmal yo nan kò a. Apre tout sa, kò Bondye ki vivan nan lachè a te diferan ak moun chè ak san yo. An reyalite, nan lavi chak jou Li, Li te mande manje, rad, dòmi, ak abri, Li te bezwen tout nesesite nòmal yo, e Li te gen esans yon moun nòmal, e Li te panse tankou yon moun nòmal. Moun yo te toujou pran Li pou yon moun nòmal, sof travay Li te fè a ki te sinatirèl. Kounye a, kèlkeswa sa Li te fè, Li te viv nan yon eta moun ki òdinè e ki nòmal, epi toutotan Li te fè travay la, esans Li te sitou nòmal, panse Li yo te lisid espesyalman, pi plis pase sa nenpòt lòt moun nòmal. Li te nesesè pou Bondye ki vivan nan lachè a gen yon panse ak yon esans konsa, paske yon kò ki gen sans li te trè nòmal epi ki gen panse li yo ki te trè lisid te dwe eksprime travay diven an—sèlman nan fason sa a kò Li te kapab eksprime travay diven an. Tout pandan tranntwa zan edmi an Jezi te viv sou tè a, Li te kenbe eta moun nòmal Li, men akòz travay Li pandan ministè twa zan edmi Li an, moun te panse Li te trè depase, Li te sinatirèl pi plis pase anvan. An reyalite, eta moun nòmal Jezi a te rete san chanje anvan ak apre Li te kòmanse ministè Li; eta moun Li te menm bagay la pandan tout tan, men akòz diferans lan anvan ak apre Li te kòmanse ministè Li a, de opinyon diferan te parèt konsènan kò Li. Kèlkeswa sa moun te panse, Bondye ki vivan nan kò fizik la kenbe orijinal Li, eta moun nòmal Li tout tan an, paske depi Bondye te enkane, Li te viv nan kò a, kò a ki te gen eta moun nòmal la. Kit Li t ap fè ministè Li ou non, eta moun nòmal la nan kò Li pa t kapab efase, paske eta moun se esans debaz kò a. Anvan Jezi te akonpli ministè Li, kò Li te rete nòmal nèt, nan angaje nan tout aktivite òdinè moun; Li pa t parèt sinatirèl nan sa ki pi piti a, Li pa t montre okenn siy mirak. Nan moman sa a, Li te tou senpleman yon nonm trè komen ki tap adore Bondye, menm si pouswit Li te pi onèt, pi sensè pase nenpòt moun. Sa a se te fason eta moun Li ki nòmal nèt manifeste poukont Li. Paske Li pa t fè okenn travay ditou anvan Li te asime ministè Li, pèsonn pa te okouran de idantite Li, pèsonn pat ka di kò Li diferan ak tout lòt yo, paske Li pa t fè menm yon sèl mirak, Li pa t fè yon ti kras nan pwòp travay Bondye a. Sepandan, apre Li te kòmanse fè ministè Li, Li te kenbe kokiy ekstèn eta moun nòmal la epi Li te viv toujou ak rezon moun nòmal, men paske Li te kòmanse fè travay Bondye a Li menm, asime ministè Kris la epi fè travay moun mòtèl yo, moun ki gen chè ak san yo, pa t anmezi pou fè a, moun yo sipoze Li pa t gen eta moun nòmal e Li pa t yon kò ki nòmal nèt, men yon kò ki enkonplè. Poutèt travay Li te fè a, moun yo te di, Li se yon Bondye nan lachè ki pa t gen eta moun nòmal la. Yon konpreyansyon konsa li san sans, lèzòm pa t sezi enpòtans enkanasyon Bondye a. Malantandi sa a soti nan lefèt travay Bondye ki nan kò a eksprime a se te travay diven an, ki eksprime nan yon kò ki te eta moun nòmal. Bondye te abiye ak lachè, Li te rete nan lachè, e travay Li nan eta moun Li rann fènwa nòmalite eta moun Li. Pou rezon sa a, lèzòm te kwè Bondye pa gen eta moun men se sèlman divinite Li genyen.
Bondye nan premye enkanasyon Li pa t konplete travay enkanasyon an; Li te konplete sèlman premye etap travay la ki te nesesè pou Bondye fè nan kò a. Konsa, pou fini travay enkanasyon an, Bondye retounen nan kò a yon lòt fwa ankò, ap viv tout nòmalite ak reyalite kò a, sa ki vle di, ap fè Pawòl Bondye a manifeste nan yon kò ki nòmal ak òdinè totalman, kidonk ap fini travay ki potko Li te kite nan kò a. Lesansyel, dezyèm kò ki vivav nan lachè a se tankou premye a, men li menm pi reyèl, menm pi nòmal pase premye a. Kòm yon konsekans, soufrans dezyèm kò enkane a andire a pi gwo pase pa premye kò a, men soufrans sa a se yon rezilta ministè Li nan kò a, sa ki diferan ak soufrans lòm kòwonpi a. Sa soti tou nan nòmalite ak reyalite kò Li. Paske Li fè ministè Li nan yon kò ki nòmal e ki reyèl nèt, kò a dwe andire anpil difikilte. Plis kò sa a nòmal e reyèl, se plis li pral soufri nan reyalizasyon ministè Li. Travay Bondye a eksprime nan yon kò ki trè komen, yon kò ki pa sinatirèl ditou. Paske kò Li nòmal epi Li dwe pote sou zepòl Li travay pou sove lòm nan, Li soufri menm nan yon mezi ki pi gwo pase yon kò sinatirèl ta soufri—epi tout soufrans sa a soti nan reyalite ak nòmalite kò Li. Soti nan soufrans ke de kò enkane yo te sibi pandan y ap fè ministè yo, yon moun ka wè esans kò enkane a. Plis kò a nòmal, se pi gwo difikilte Li dwe andire pandan Li ap antreprann travay la; plis kò ki antreprann travay la reyèl, se pi di nosyon moun yo pi di, e plis danje yo gen anpil chans rive sou Li. Epi men, plis kò a reyèl, e plis kò a posede bezwen yo ak sans konplè yon moun nòmal, se plis Li ka pote travay Bondye nan kò a. Se te kò Jezi ki te kloure sou kwa a, kò Li Li te bay kòm yon ofrann pou peche; se te avèk yon kò ki gen eta moun nòmal Li te bat Satan epi sove lòm konplètman nan kwa a. Epi se tankou yon kò konplè Bondye, nan dezyèm enkanasyon Li, reyalize travay konkèt la epi Li bat Satan. Se sèlman yon kò ki nòmal e reyèl konplètman ki ka fè travay konkèt la nan totalite li epi rann temwayaj pisan. Sa vle di, konkèt lòm nan efikas atravè reyalite ak nòmalite Bondye nan kò a, se pa nan mirak sinatirèl ak revelasyon yo. Ministè Bondye enkane sa a se pale, epi kidonk konkeri lòm e rann lòm pafè; nan yon lòt sans, travay Lespri a te reyalize nan kò a, devwa kò a, se pale epi kidonk konkeri lòm, revele lòm, rann lòm pafè, e elimine lòm nèt. Epi konsa, se nan travay konkèt la travay Bondye a nan kò a pral akonpli totalman. Travay inisyal redanmsyon an te sèlman kòmansman travay enkanasyon an; kò a ki fè tavay konkèt la pral fini tout travay enkanasyon an. Nan sèks, youn se gason e lòt la fi, se konsa konplete enpòtans enkanasyon Bondye a, e fè disparèt nosyon moun yo gen de Bondye: Bondye ka vin tounen tou de: gason ak fi, epi lesansyèl, Bondye ki vivan nan lachè a pa gen sèks. Li fè gason kou fanm. Epi pou Li, pa gen okenn divizyon nan sèks. Nan etap travay sa a, Bondye pa fè siy ak mèvèy yo, se konsa travay la pral atenn rezilta li yo nan pawòl yo. Rezon ki fè sa, anplis, se paske travay Bondye ki vivan nan kò fizik la fwa sa a se pa pou geri malad yo ak chase move lespri yo, men se pou konkeri lòm nan pale, sa ki vle di, kapasite natif natal kò Bondye ki vivan nan lachè sa a posede a se pou pale pawòl yo e konkeri lòm, se pa pou geri malad epi chase move lespri yo. Travay Li nan eta moun nòmal la se pa fè mirak, se pa geri malad yo epi chase move lespri yo, men se pale, e konsa dezyèm kò enkane a sanble ak moun ki pi nòmal pase premye a. Lèzòm wè, enkanasyon Bondye a se pa manti; men Bondye ki vivan nan kò fizik sa a diferan ak Jezi enkane a, e menm si yo tou de se Bondye ki vivan nan kö fizik la, Yo menm yo pa menm bagay la konplètman. Jezi te posede eta moun nòmal la, eta moun òdinè a, men anpil siy ak mèvèy yo te akonpaye Li. Nan Bondye ki vivan nan kò fizik sa a, je lèzòm pap wè okenn siy ni mèvèy, ni koze geri malad, chase move lespri, mache sou lanmè, fè jèn pandan karant jou…. Li pa fè menm travay Jezi te fè a, lesansyèl, se pa paske kò Li trè diferan ak sa Jezi te genyen an, men paske geri malad epi chase move lespri yo se pa ministè Li. Li pa kraze pwòp travay Li, Li pa deranje pwòp travay Li. Depi Li konkeri lòm nan vre pawòl Li yo, pa gen okenn bezwen pou Li soumèt Li ak mirak, e konsa etap sa a se pou konplete travay enkanasyon an. Bondye ki vivan nan lachè a ou wè jodi a se yon kò antyèman, e pa gen anyen sinatirèl sou Li. Li tonbe malad tankou lòt moun, Li bezwen manje ak rad menm jan ak lòt moun; Li se yon kò totalman. Si, fwa sa a, Bondye ki vivan nan kò fizik la te fè siy sinatirèl ak mèvèy yo, si Li te geri malad yo, te chase move lespri yo, oswa Li te kapab touye ak yon grenn pawòl, ki jan travay konkèt la tap kapab fèt? Ki jan travay gaye nan mitan moun lòt nasyon yo tap kapab fèt? Geri malad yo ak chase move lespri yo se te travay nan Epòk Gras la, se te premye etap travay redanmsyon an, e kounye a, Bondye sove lòm nan kwa a, Li pa fè travay sa a ankò. Si, pandan dènye jou yo, yon “Bondye” menm jan ak Jezi parèt, yonn ki geri malad yo, chase move lespri yo, epi yo te kloure sou kwa pou lòm, “Bondye” sa a, menm si Li ta idantik ak Bondye ki deskri nan Bib la epi Li ta fasil pou lòm aksepte, lesansyèl, se pa tap kò Lespri Bondye a mete a, men sa yon move lespri mete a. Paske, se prensip travay Bondye a ki pa janm repete sa Li deja fini. Epi konsa, travay dezyèm enkanasyon Bondye a diferan ak travay premye an. Nan dènye jou yo, Bondye reyalize travay konkèt la nan yon kò ki òdinè, ki nòmal; Li pa geri malad yo, lòm pa pral kloure Li sou kwa, men Li pale tou senpleman pawòl yo nan kò a, epi konkeri lòm nan kò a. Se sèlman kò sa a ki se kò Bondye ki vivan nan lachè a; sèlman kò sa ki kapab konplete travay Bondye a nan kò a.
Kit nan etap sa a Bondye ki vivan nan lachè a ap andire difikilte oswa fè ministè Li, Li fè sa pou Li konplete enpòtans enkanasyon an, paske sa a se dènye enkanasyon Bondye a. Bondye ka sèlman viv nan lachè de fwa. Pa ka gen yon twazyèm fwa. Premye enkanasyon an te gason, dezyèm nan se fi a, e konsa imaj kò fizik Bondye a fini nan lespri lòm; anplis de sa, de enkanasyon yo deja fini travay Bondye a nan kò a. Premye fwa a, Bondye ki vivan nan lachè a te posede eta moun nòmal pou konplete enpòtans enkanasyon an. Fwa sa a, Li posede tou eta moun nòmal la, men enpòtans enkanasyon sa a diferan: Li pi pwofon, epi travay Li gen enpòtans ki pwofon. Rezon ki fè Bondye te vin tounen kò yon fwa plis se pou konplete enpòtans enkanasyon an. Lè Bondye fini etap sa a nèt nan travay Li, tout enpòtans enkanasyon an, sa ki vle di, travay Bondye nan kò a, pral konplè, e pa va gen lòt travay ki dwe fèt nan kò a. Sa ki vle di, depi kounye a Bondye pap janm vin nan kò a ankò pou Li fè travay Li. Se sèlman pou sove ak rann moun pafè Bondye fè travay enkanasyon an. Nan yon lòt sans, Li pa gen okenn abitid pou Bondye vini nan kò a, eksepte nan sousi pou travay la. Lè Li vini nan kò a pou Li travay, Li montre Satan, Bondye se yon kò, yon moun nòmal, yon moun òdinè—e deja Li ka gouvènen ak viktwa sou mond lan, Li kapab venk Satan, Li kapab delivre lòm, Li kapab konkeri lòm! Objektif travay Satan an se kòwonpi lòm, alòske objektif Bondye se sove lòm. Satan pyeje lòm nan yon twou san fon, pandan Bondye delivre l ladan. Satan fè tout moun adore li, pandan Bondye fè yo soumèt devan dominasyon Li, paske Li se Seyè kreyasyon an. Tout travay sa a reyalize atravè enkanasyon Bondye a. Lesansyèl, kò Li se reyinyon a eta moun ak divinite, epi Li posede eta moun nòmal. Konsa, san kò Bondye ki vivan nan lachè a, Bondye pa t ap kapab atenn rezilta sove limanite a, epi san eta moun nòmal kò Li, travay Li nan kò a pa t ap toujou kapab atenn rezilta sa yo. Esans enkanasyon Bondye a sèke Li dwe posede eta moun nòmal la; paske li ta otreman ka ale kont entansyon orijinal Bondye a lè Li ap viv nan lachè a.
Poukisa Mwen di, enpòtans enkanasyon an pa t fini nan travay Jezi a? Paske Pawòl la pa t vin tounen kò nèt. Sa Jezi te fè a se te sèlman yon pati travay Bondye a nan kò a; Li sèlman te fè travay redanmsyon an, epi Li pa t fè travay pou genyen lòm konplètman an. Pou rezon sa a, Bondye vin tounen kò yon lòt fwa ankò nan dènye jou yo. Etap sa a nan travay la fèt tou nan yon kò òdinè; se yon moun nòmal nèt ki fè li, yonn ki gen eta moun Li ki pa depase ditou. Nan yon lòt sans, Bondye te vin tounen yon moun konplè; Li se yon moun ki gen idantite Bondye, yon moun konplè, yon kò konplè, ki ap fè travay la. Je moun wè yon kò lachè ki pa depase ditou, yon moun trè òdinè ki ka pale lang syèl la, ki pa montre okenn siy mirak, ki pa fè okenn mirak, ankò mwens ki ekspoze verite anndan an sou relijyon nan gwo sal asanble yo. Pou moun, travay dezyèm kò enkane a sanble li diferan ak premye a, si tèlman yo sanble yo pa gen anyen ki komen, e pa gen anyen nan travay premye a yo ka wè tan sa a. Menm si travay dezyèm kò enkane a diferan ak premye a, sa pa pwouve sous Yo se pa yon sèl e menm bagay la. Kit sous Yo menm depan nati travay kò yo fè a, epi Yo pa sou kokiy ekstèn Yo. Pandan twa etap travay Li, Bondye te enkane de fwa, e tou de fwa yo travay Bondye enkane a inogire yon nouvo epòk, li inisye yon nouvo travay; enkanasyon yo konplete youn lòt. Li enposib pou je moun di, de kò yo vreman soti nan menm sous la. Li evidan sa a depase kapasite je lòm oswa lespri lòm. Men, nan esans Yo, Yo menm, paske travay yo soti nan menm Lespri a. Kit de kò enkane yo soti nan menm sous la, epòk la ak plas la kote yo te fèt la, oswa lòt faktè sa yo, pa ka jije Yo, men travay diven Yo eksprime a kapab jije Yo. Dezyèm kò enkane a pa fè okenn travay Jezi te fè, paske travay Bondye a pa respekte konvansyon, men li louvri yon nouvo chimen chak fwa. Dezyèm kò enkane a pa vize apwofondi oswa solidifye enpresyon premye kò a nan lespri moun, men konplete e rann li pafè, apwofondi konesans moun sou Bondye, kraze tout règleman yo ki egziste nan kè lòm, ak retire fo imaj Bondye yo nan kè yo. Yo ka di, pa gen okenn etap endividyèl nan pwòp travay Bondye a ki ka bay moun yon konesans konplè sou Li; chak etap yo bay sèlman yon pati, se pa tout. Menm si Bondye te eksprime dispozisyon li an plen, paske kapasite konpreyansyon lòm limite, konesans li sou Bondye toujou rete enkonplè. Li enposib, lè l sèvi avèk langaj moun, pou li transmèt antyèman dispozisyon Bondye a; anplis sa, ki jan yon sèl etap travay Li ka eksprime Bondye konplètman? Li travay nan kò a anba kouvèti eta moun nòmal Li, epi yon moun kapab sèlman konnen L nan ekspresyon divinite Li, pa nan kokiy kò L yo. Bondye vini nan kò a pou pèmèt lòm konnen Li nan divès kalite travay Li, e pa gen de etap nan travay Li ki sanble. Se sèlman nan fason sa a moun ka gen yon konesans konplè sou travay Bondye a nan kò a, pa sèlman nan yon sèl fasèt. Menm si travay nan de kò enkane yo diferan, esans kò yo, ak sous travay yo, yo idantik; Yo jis egziste pou fè de etap diferan nan travay la, epi leve nan de epòk diferan. Kèlkeswa, kò enkane Bondye yo pataje menm esans ak menm orijin—sa a se yon verite pesonn pa ka refize.