Èske Ou Te Konnen? Bondye Fè yon Gwo Bagay Pami Lèzòm
Ansyen tan an pase, epi nouvo tan an rive. Lane aprè lane epi jou aprè jou, Bondye te fè anpil travay. Li te vini nan mond lan epi Li te pati apre sa. Sik sa a te repete poukont li atravè anpil jenerasyon. Jodi a, menm jan ak anvan, Bondye kontinye fè travay Li dwe fè a, travay Li poko fini an, paske Li poko pran repo Li jiska jounen jodi a. Depi moman kreyasyon an rive jodi a, Bondye te fè anpil travay. Men èske ou te konnen Bondye fè plis travay lontan jodi a pase anvan, epi dimansyon travay Li a vrèman pi gran pase anvan? Se poutèt sa mwen di Bondye te fè yon gran travay nan mitan lèzòm. Tout travay Bondye yo enpòtan anpil, keseswa pou lèzòm oswa pou Bondye, paske chak eleman nan travay Li a genyen rapò ak lèzòm.
Piske pèsonn pa ka wè ni konprann travay Bondye a—ankò mwens pou mond lan ta wè l—kijan sa kapab yon gran bagay? Ki kalite bagay ki ka konsidere kòm yon bagay ki gran? Sètènman, pèsonn pa ka nye sa, nenpòt travay Bondye fè, li ka konsidere kòm yon gran travay, men poukisa mwen di sa osijè travay Bondye fè jounen jodi a? Lè mwen di Bondye te fè yon gran bagay, san dout sa enplike anpil mistè lèzòm poko konprann. An nou pale sou yo kounye a.
Jezi te fèt nan yon krèch nan yon tan ki pa te ka tolere egzistans Li, men malgre sa, mond sa a pa te ka bare wout Li, epi Li te viv nan mitan lèzòm pandan tranntwa zan anba pwoteksyon Bondye. Pandan tout bann lane sa yo nan lavi L, Li te konnen gou anmè monn lan epi Li te goute lavi mizè sou tè a. Li te pote gwo chaj krisifiksyon an sou do L pou rachte tout limanite. Li te rachte tout pechè ki t ap viv sou kòmandman Satan, epi finalman, kò Li ki te resisite a te retounen nan lye repo Li a. Kounye a nouvo travay Bondye a kòmanse, epitou se kòmansman yon nouvo tan. Bondye mennen lakay Li sila yo Li te rachte pou kòmanse nouvo travay sali Li a. Fwa sa a, travay Sali a plis apwofondi pase nan tan pase yo. Se pa Sentespri a k ap aji nan lòm ki pral lakoz li chanje poukont li, ni se pa kò Jezi ki pral parèt pami lèzòm pou fè travay sa a, epitou travay sa a p ap fèt atravè lòt mwayen. Olye de sa, se Bondye nan lachè a ki pral fè travay la epi dirije li Li menm. Li fè li fason sa a pou mennen lòm nan nouvo travay la. Èske se pa yon gwo bagay? Bondye pa fè travay sa a atravè yon pati nan limanite oswa pa mwayen pwofesi; olye de sa, Bondye fè l poukont Li. Kèk moun di se pa yon gwo bagay epi sa pa ka pote ekstaz pou lèzòm. Men m ap di ou travay Bondye a se pa senpleman sa, men se yon bagay ki vrèman pi gran epi plis toujou.
Fwa sa a, Bondye pa vin travay nan yon kò espirityèl, men nan youn ki byen òdinè. Anplis de sa, se pa sèlman kò dezyèm enkanasyon Bondye a, se kò Bondye itilize pou retounen nan lachè. Se yon lachè ki trè òdinè. Ou pa ka wè okenn bagay ki distenge l ak lòt moun, men ou ka jwenn nan Li verite moun poko janm tande. Lachè san valè sa a se li ki anglobe tout pawòl verite ki soti nan Bondye, ki reyalize travay Bondye nan dènye jou yo, epi eksprime tout dispozisyon Bondye pou lèzòm ka konprann. Èske ou pa genyen gran dezi pou wè Bondye nan syèl la? Èske ou pa genyen gran dezi pou konprann Bondye nan syèl la? Èske ou pa genyen gran dezi pou wè destinasyon limanite? Li pral di nou tout sekrè sa yo—sekrè pèsonn pa te an mezi pou di ou, epi Li pral di verite ou pa konprann tou. Li se baryè ou nan wayòm nan, epi Li se gid ou nan nouvo tan an. Yon lachè òdinè konsa kenbe anpil mistè ki depase imajinasyon lèzòm. Ou ka pa ka konprann zèv Li yo, men tout travay Li fè yo vrèman ase pou pèmèt ou wè Li pa yon senp lachè, jan moun kwè sa. Paske Li reprezante volonte Bondye ak swen Bondye montre pou limanite nan dènye jou yo. Menm si ou pa ka tande pawòl Li yo ki sanble ap souke syèl la ak tè a oswa wè zye L ki tankou gwo flanm k ap boule, epi menm si ou pa ka santi koreksyon baton fè Li a, malgre sa nou ka tande pawòl Li yo ki di Bondye vrèman an kòlè epi konnen Bondye ap montre konpasyon pou limanite; ou ka wè vrè dispozisyon Bondye ak sajès Li, epi, anplis, ou ka reyalize jan Bondye sansib pou tout limanite. Travay Bondye nan dènye jou yo se pou pèmèt lèzòm wè Bondye nan syèl la k ap viv nan mitan lèzòm sou tè a, epi pou fè lèzòm konnen, obeyi, respekte, epi renmen Bondye. Se poutèt sa Li te retounen nan lachè pou yon dezyèm fwa. Menm si sa lèzòm wè nan jou sa a se yon Bondye ki menm jan ak lòm, yon Bondye ki genyen yon nen ak de je, epi yon Bondye san valè, alafen, Bondye pral montre nou si moun sa a pa te egziste, syèl la ak tè a t ap sibi yon gwo chanjman; si lòm sa a pa te egziste, syèl yo t ap sonm, tè a t ap plonje nan dezòd total, epi tout limanite t ap viv nan mitan gwo grangou ak malè. Li pral montre nou si Bondye ki nan lachè a pa sove nou nan dènye jou yo, kidonk Bondye t ap deja detwi limanite depi lontan nan lanfè; si lachè sa a pa te egziste, kidonk nou t ap rete gran pechè pou tout tan, epi nou t ap rete kadav pou tout tan. Nou ta dwe konnen si lachè sa a pa te egziste, tout limanite t ap fè fas ak yon kalamite inevitab epi yo t ap twouve sa enposib pou chape anba pi gwo pinisyon Bondye mezire pou limanite nan dènye jou yo. Si lachè òdinè sa a pa te pran nesans, nou tout t ap nan yon eta kote nou t ap mande lavi men nou pa t ap kapab viv e nou t ap priye pou lanmò vini men nou pa t ap ka mouri; si lachè sa a pa te egziste, lè sa a nou tout pa t ap ka jwenn verite a epi vini devan twòn Bondye jodi a, men olye de sa, Bondye t ap pini nou akoz peche grav nou yo. Èske nou te konnen san retou Bondye nan lachè, pèsonn pa t ap genyen yon chans nan sali a; epi si se pa t lachè sa a ki te vini, Bondye t ap mete fen nan tan ansyen an depi lontan? Konsa, èske nou toujou an mezi pou rejte dezyèm enkanasyon Bondye a? Piske nou ka jwenn anpil avantaj nan nonm òdinè sa a, poukisa nou pa ta aksepte L ak kè kontan?
Travay Bondye a se yon bagay ou pa ka konprann. Si ou pa ka ni byen konprann si chwa ou la kòrèk, ni ou pa ka konnen si travay Bondye a ka reyisi, ebyen poukisa ou pa pran chans ou epi gade si moun òdinè sa a kapab yon gran èd pou nou? Epoutan, mwen dwe di nou nan tan Noye a, lèzòm t ap manje epi yo t ap bwè, yo t ap marye epi marye moun nan yon nivo kote li te ensipòtab pou Bondye wè ak je L, se poutèt sa Li te voye yon gwo delij pou detwi limanite, Li te epanye sèlman fanmi Noye ki te genyen uit moun ak tout kalite zwazo ak bèt. Men, nan dènye jou yo, moun Bondye te epaye yo se sila yo ki te fidèl ak Li jiska lafen. Menm si toude tan sa yo te tan gran koripsyon ki te ensipòtab pou Bondye wè ak je L, epi limanite nan toude epòk yo te vin tèlman kowonpi yo te nye Bondye kòm Senyè yo, Bondye te detwi sèlman moun nan tan Noye a. Limanite nan toude tan yo te lakoz gwo detrès pou Bondye, epoutan Bondye te rete pasyan ak lèzòm nan dènye jou yo jis kounye a. Poukisa sa fèt? Èske nou janm poze tèt nou kesyon poukisa? Si nou vrèman pa konnen, enbyen kite M rakonte nou. Rezon ki fè Bondye kapab fè moun gras nan dènye jou yo se pa paske yo mwens kowonpi pase moun nan tan Noye a, oswa paske yo te montre Bondye yo repanti, mwens toujou se pa paske teknoloji tèlman avanse Bondye pa ka vin detwi yo. Olye de sa, se paske Bondye genyen travay pou L fè nan yon gwoup moun nan dènye jou yo, epi se paske Bondye swete fè travay sa a Li menm nan enkanasyon Li a. Anplis de sa, Bondye vle chwazi yon pati nan gwoup sa a pou vin objè Sali Li a ak fwi plan travay Li a, epi mennen moun sa yo nan pwochen tan an. Se poutèt sa, malgre tout bagay, pri Bondye te peye a te sèvi antyèman nan preparasyon pou travay lachè enkane Li a pral fè nan dènye jou yo. Se gras a lachè sa a ki fè nou rive nan jounen jodia. Se paske Bondye viv nan lachè ki fè nou genyen chans pou nou siviv. Nou te jwenn tout bèl richès sa a gras a nonm òdinè sa a. Se pa sèlman sa, men alafen, chak nasyon pral adore nonm òdinè sa a, epi y ap remèsye epi obeyi nonm san valè sa a tou, paske se verite a, lavi a, ak chemen an Li te swiv ki te sove tout limanite, Li te diminye konfli ant lòm ak Bondye, Li te rann distans lan pi kout ant yo, epi Li te louvri yon koneksyon ant panse Bondye ak lèzòm. Epitou se Limenm ki te jwenn pi gran glwa pou Bondye. Èske yon nonm òdinè konsa pa merite konfyans ak adorasyon? Èske yon nonm òdinè konsa pa merite pou yo rele l Kris? Èske yon nonm òdinè konsa pa ka vin ekspresyon Bondye nan mitan lèzòm? Èske yon nonm konsa ki te epanye limanite anba katastwòf, pa merite lanmou nou ak dezi nou pou konte sou Li? Si nou rejte laverite ki soti nan bouch Li epi nou deteste egzistans Li nan mitan nou, ebyen kisa n ap devni alafen?
Tout travay Bondye nan dènye jou yo fèt atravè nonm òdinè sa a. Li pral akòde ou tout bagay, epi plis ankò, Li pral anmezi pou deside sou tout bagay ki genyen rapò avèk ou. Èske yon moun konsa kapab jan nou kwè Li ye a: yon nonm ki tèlman senp ki pa merite pou yo pale de Li? Èske verite Li a pa ase pou fin konvenk nou nèt? Oswa èske se paske chimen Li dirije nou sou li a pa diy pou nou mache ladan l? Lè nou konsidere tout bagay sa yo, kisa ki fè nou deteste L epi chase L lwen nou epi pran distans nou ak Li? Se nonm sa a ki bay verite a, se nonm sa a ki mennen verite a, epi se nonm sa a ki ban nou yon wout pou nou swiv. Èske se t ap paske nou toujou pa an mezi pou jwenn tras travay Bondye nan verite sa yo? San travay Jezi a, limanite pa t ap ka desann sou kwa a, men san enkanasyon an jodi a, sila yo ki desann sou kwa a pa t ap janm ka jwenn apwobasyon Bondye oswa antre nan nouvo tan an. Si nonm òdinè sa a pa t vini, nou pa t ap janm genyen opòtinite pou wè vrè vizaj Bondye, ni nou pa t ap ka kalifye pou sa, paske nou tout se bagay ki t ap detwi depi lontan. Akoz dezyèm enkanasyon Bondye a te vini, Bondye te padone nou epi Li te montre nou mizerikòd Li. Malgre tout bagay, pawòl mwen dwe kite nou avèk yo alafen se toujou pawòl sa yo: Nonm òdinè sa a, ki se Bondye enkane a, Li genyen yon enpòtans total kapital pou nou. Sa se gwo bagay Bondye deja fè nan mitan lèzòm.