Se Sèl Kris nan dènye tan an ki kapab bay lòm chemen lavi tènèl la

Wout lavi a se pa yon bagay nenpòt moun kapab genyen, ni yon bagay moun kapab jwenn fasilman. Paske se nan Bondye sèlman lavi kapab soti, sa vle di se sèl Bondye ki gen sibstans lavi, se sèl Bondye ki gen chemen lavi a. Epi se sèl Bondye ki sous lavi a, sous dlo vivan ki bay lavi ki pap janm fini an. Depi L te fin kreye lemond, Bondye te fè anpil bagay ki rann lavi dinamik, anpil bagay ki pote lavi pou lòm, epi Li te peye yon gwo pri pou lòm te kapab jwenn lavi. Tout sa se paske Bondye se lavi etènèl epi Bondye se mwayen ki pèmèt lòm resisite. Bondye pa janm absan nan kè lòm, epi Li viv pami lèzòm tout tan. Li se fòs motris lavi lòm, rasin egzistans lòm, ak yon richès pou egzistans lòm apre l fin fèt. Li fè lòm fèt yon lòt fwa, epi pèmèt li kapab byen ranpli tout wòl li. Gras ak pouvwa Li ak fòs lavi Li ki pa ka etenn, lòm rive viv jenerasyon aprè jenerasyon, kote pouvwa lavi Bondye se pilye egzistans lòm, epi Bondye te peye yon pri pou egzistans lòm ke okenn lòt moun òdinè pa t janm peye. Fòs lavi ki nan Bondye kapab domine sou tout lòt fòs; apresa li depase tout pouvwa. Lavi Li p ap janm fini, pouvwa Li mèvèye epi pa gen okenn kreyati oswa fòs énmi ki kapab kraze fòs lavi ki nan Li. Fòs lavi nan Bondye egziste epi ekla li briye kèlkeswa tan kèlkeswa kote a. Syèl ak tè a kapab sibi gwo chanjman, men lavi Bondye se menm bagay tout tan. Tout bagay kapab pase, men lavi Bondye ap toujou la, paske Bondye se sous egzistans tout bagay ak rasin egzistans yo. Lavi lòm soti nan Bondye, syèl la egziste akoz Bondye, epi se nan pouvwa lavi Bondye egzistans latè soti. Pa gen anyen ki gen vi ki kapab depase souverènte Bondye, epi okenn fòs pa kapab chape anba otorite Bondye. Nan sans sa a, kèlkeswa moun li ye a, tout moun dwe soumèt anba dominasyon Bondye, tout moun dwe viv anba kòmandman Bondye, epi pyès moun pa ka chape anba men Li.

Petèt sa ou anvi kounye a se pou w gen lavi, oswa petèt ou anvi gen laverite. Kèlkeswa sa li ye a, ou swete jwenn Bondye, pou jwenn Bondye ou kapab konte sou Li a, epi ki kapab ba ou lavi ki p ap janm fini an. Si w swete gen lavi etènèl, ou dwe konprann sous lavi etènèl la epi konnen dabò ki kote Bondye ye. Mwen te deja di se sèl Bondye ki lavi ki pa janm chanje, epi se sèl Bondye ki gen chemen lavi a. Piske lavi Li pa p chanje, ebyen li la pou tout tan; Piske Bondye se sèl chemen lavi a, Bondye menm se chemen lavi ki p ap janm fini an. Konsa, ou dwe konprann dabò ki kote Bondye ye, ak ki fason pou jwenn chemen lavi etènèl sa a. Kounye a, ann debat ansanm sou de kesyon sa yo separeman.

Si vrèman ou swete jwen chemen lavi etènèl la, epi si w ap chache l tout bon vre, reponn kesyon sa a dabò: Ki kote Bondye ye jodi a? Petèt ou t ap reponn: “Bondye nan syèl la, se sèten—Li pa t ap ka rete lakay ou, se pa vre?” Petèt ou ta kapab di li klè Bondye rete pami tout bagay. Oswa ou ta kapab di, Bondye ap viv nan kè chak moun, oswa Bondye twouve L nan mond espirityèl la. Mwen pa rejte youn nan sa yo, men mwen dwe klarifye kesyon sa a. Li pa totalman kòrèk pou di Bondye ap viv nan kè lòm, men se pa yon bagay ki antyèman pa bon nonplis. Se paske pami moun ki kwè nan Bondye yo, genyen kwayans yo vrè epi genyen kwayans yo pa vrè, genyen Bondye apwouve yo epi genyen Li pa apwouve, genyen ki fè L plezi, genyen Li rayi, apresa genyen Li rann pafè, genyen Li elimine. Se nan sans sa a, mwen di Bondye ap viv nan kè kèk moun, e san dout moun sa yo se sila yo ki kwè nan Bondye tout bon vre, sila yo Bondye apwouve, sila yo ki fè L plezi ak sila yo Li rann pafè. Yo se moun Bondye dirije. Piske se Bondye ki dirije yo, yo se moun ki deja tande epi wè chemen lavi etènèl Bondye a. Moun kwayans yo nan Bondye pa vrè, moun Bondye pa apwouve, moun Bondye meprize, moun Bondye elimine—Bondye oblije rejte yo, yo oblije rete san chemen lavi a, yo oblije rete inyoran sou kote Bondye ye. Okontrè, sa yo ki gen Bondye ap viv nan kè yo konnen ki kote Li ye. Yo se moun Bondye bay chemen lavi ki p ap janm fini an, epi yo se sila ki suiv Bondye. Kounye a, èske ou konnen ki kote Bondye ye? Bondye twouve L alafwa nan kè lòm ak bò kote lòm. Li pa sèlman nan mond espirityèl la epi pi wo pase tout bagay, men tou Li plis sou latè kote lòm abite. Epi konsa, nan dènye tan an travay Bondye vin rive sou nouvo teritwa. Bondye gen souverènte sou tout bagay ki nan linivè, epi Li se pilye lòm anndan kè li, apresa Li egziste pami lèzòm. Se sèlman kon sa Li kapab pote chemen lavi bay lòm, epi mennen lòm sou chemen lavi a. Bondye te vin sou latè epi Li abite pami lèzòm pou lòm kapab genyen chemen lavi a, ak pou lòm kapab egziste. An menm tan, Bondye kòmande tout bagay nan linivè pou yo kapab kontribye nan jesyon Li pami lèzòm. Epi, si sèlman ou rekonèt doktrin ki di Bondye trouve L nan syèl ak nan kè lòm nan, men ou po ko rekonèt verite sou egzistans Bondye pami lèzòm nan, lè sa ou p ap janm kapab gen lavi, epi ou p ap janm gen chemen laverite a.

Bondye menm se lavi ak laverite, epi lavi ak laverite Li egziste ansanm. Sila yo ki pa an mezi pou genyen laverite p ap janm kapab gen lavi. San èd ak sipò, ak pwovizyon laverite, w ap sèlman konn ekriti yo, doktrin yo, epi anplis tout sa, lanmò. Lavi nan Bondye ap toujou la, epi lavi ak laverite Li egziste ansanm. Si w pa ka jwenn sous laverite, lè sa a ou p ap genyen sibzistans lavi; si w pa ka genyen pwovizyon lavi, lè sa a se sèten ou p ap genyen laverite, epi apa imajinasyon ak lide, kò w tout antye p ap lòt bagay pase jis chè ou, chè ou ki fin gate. Se pou w konnen pawòl nan liv pa vle di lavi, achiv listwa pa kapab selebre kòm laverite, epi règleman nan tan pase pa kapab sèvi kòm pawòl Bondye di kounye a. Se sèlman bagay Bondye di lè Li vin sou latè epi viv pami lèzòm ki laverite, lavi, volonte Bondye, ak fason Li travay kounye a. Si w aplike pawòl Bondye te di pandan tan pase yo nan tan jodi a, sa fè w yon akeyològ, epi pi bon fason pou dekri ou se yon ekspè nan eritaj istorik. Paske ou toujou kwè nan tras travay Bondye te fè nan tan pase yo, ou sèlman kwè nan lonbraj Bondye ki rete lè Li te konn travay pami lèzòm avan sa, epi ou sèlman kwè nan fason Bondye te bay disip li yo nan tan ansyen. Ou pa kwè nan direksyon Bondye bay pou travay Li jodi a, ou pa kwè nan aspè gloriye Bondye jodi a, epi ou pa kwè nan chemen laverite Bondye bay jodi a. Epi san diskisyon, ou se yon moun k ap reve epi ki dekonekte ak reyalite a. Si kounye a, ou akwoche ak pawòl ki pa kapab pote lavi nan lòm, Le sa ou se yon bout bwa ki san vi,[a] paske ou twò konsèvatè, ou twò difisil, ou twò fèmen sou larezon!

Bondye ki vin fèt nan lachè a yo rele L Kris, kon sa Kris ki bay moun laverite a rele Bondye. Pa gen okenn eksè nan sa, paske Li te posede tout sibstans Bondye, epi Li gen tanperaman Bondye ak sajès nan travay Li, bagay lòm pa ka fè. Sila yo ki rele tèt yo Kris, men ki pa ka fè travay Bondye, se blofè. Kris pa senpman manifestasyon Bondye sou latè, men tou Li se moun Bondye dakò ak jan L ap fè epi akonpli travay Li pami lèzòm. Se pa yon moun pyès lòt moun kapab ranplase, men se yon moun ki kapab byen fè travay Bondye sou latè, epi ki eksprime tanperaman Bondye, epi byen reprezante Bondye, epi bay lèzòm lavi. To ou ta, sila k ap imite Kris yo ap echwe paske menm lè yo di yo se Kris, yo pa gen okenn sibstans Kris nan yo. Epitou mwen di lòm pa ka defini sa Kris ye tout bon vre a, men se yon bagay Bondye Limenm reponn epi deside. Nan sans sa a, si ou vrèman swete chache wout lavi a, ou dwe rekonèt dabò se lè Bondye vin sou latè Li bay lèzòm chemen lavi a, epi ou dwe rekonèt se nan dènye tan an Li te vini sou latè pou L te bay lèzòm chemen lavi a. Sa se pa yon bagay ki pase; li ap fèt jodi a.

Kris nan dènye tan an pote lavi, epi Li pote chemen lavi ki p ap janm fini an. Verite sa a, se chemen ki bay lòm lavi a, epi se sèl chemen lèzòm ap konnen Bondye ak pou Bondye asepte yo. Si ou pa chache chemen lavi Kris nan dènyè tan an bay la, Kris p ap janm asepte w, epi ou p ap janm kapab kalifye pou antre nan wayòm syèl la, paske lè sa a ou se yon maryonèt ak yon prizonye listwa. Sila yo ki kite règleman ak lèt (sa ki ekri) kontwole yo, epi ki kite istwa anchene yo p ap janm kapab genyen lavi ni yo p ap jwenn chemen lavi nèt ale a. Paske tout sa yo genyen se yon dlo twoub ki pito ret atache ak bagay depi plizyè milye ane olye se dlo lavi k ap koule sot nan twón nan. Sila yo ki pa resevwa dlo lavi ap tankou kadav, ti jwèt nan men Satan ak pitit lanfè. Kouman y ap fè kontanple Bondye? Si ou sèlman eseye akwoche w ak tan pase yo, ou sèlman eseye kenbe bagay yo jan yo ye a san w pa fè anyen, epi ou pa eseye chanje jan bagay yo ye kounye a epi rejte listwa, lè sa èske w p ap toujou kont Bondye? Etap travay Bondye yo vas epi puisan, tankou gwo vag voylan ak tonè k ap gronde—malgre sa ou jis chita w ap tann destriksyon, ou akwoche ak vye lide w yo epi ou pa fè anyen menm. Nan ka sa, kijan pou yo fè konsidere w kòm yon moun k ap suiv Anyo a? Kijan w kapab jistifye Bondye ou atache ak Li a kòm Bondye ki toujou nouvo (aktyèl) epi ki pa janm pase mòd? Epi ki jan pawòl ki nan liv ki fin vyeyi yo kapab mennen w nan yon nouvo epòk? Kijan y ap kapab pèmèt ou chache etap travay Bondye yo? Epi kijan y ap fè mennen w nan syèl? Sa w kenbe nan men w yo se lèt (bagay ekri) ki kapab bay konsolasyon pandan yon ti tan, men se pa verite ki kapab ba ou lavi. Sa ou li yo kapab sèlman anrichi lang ou men se pa pawòl sajès ki kapab ede w konnen lavi lòm, alevwa pou l ta etap k ap mennen w nan pèfeksyon. Èske diferans sa a pa ba ou rezon pou reflechi? Èske li pa pèmèt ou reyalize mistè ki gen ladan l? Èske w kapab delivre tèt ou pou w al nan syèl la rankontre Bondye pou kont ou? Si Bondye pa vini, èske w ka mennen tèt ou nan syèl pou w ap rejwi ak Bondye tankou yon fanmi? Èske w ap reve kounye a toujou? Nan sans a, mwen konseye w sispann reve epi gade kiyès k ap travay kounye a—gade pou wè kiyès k ap travay pou sove lèzòm nan dènye tan an. Si w pa fè sa, ou p ap janm rive gen laverite, epi ou p ap janm rive genyen lavi.

Sila yo ki swete gen lavi san yo pa mize sou laverite ki soti nan bouch Kris se moun ki plis egare sou latè, epi sila yo ki pa asepte chemen laverite Kris pote a, se moun ki nan fantezi. Epi mwen di sila yo ki pa asepte Kris nan dènye tan an se moun Bondye ap meprize pou tout tan. Kris se pòt ki mennen lèzòm nan wayòm nan nan dènye tan an, epi pa gen pyès moun ki kapab ale la san yo pa pase pa Li menm. Bondye pa kapab rann pèsonn pafè si se pa pa mwayen Kris. Ou kwè nan Bondye, alòs ou dwe asepte pawòl Li epi obeyi ak sa Li di. Ou pa kapab sèlman panse pou jwenn benediksyon pandan ou pa an mezi resevwa pwovizyon lavi a. Kris vini nan dènye tan an pou tout moun ki kwè nan Li tout bon vre kapab jwenn lavi. Travay Li se pou kapab fini ak ansyen tan an epi antre nan nouvo tan an, epi travay Li se mwayen tout moun ki ta dwe antre nan nouvo tan an dwe suiv. Si w pa kapab rekonèt Li, olye de sa ou kondane Li, blasfeme Li, oswa menm pèsekite Li, lè sa a ou la pou w boule pou letènite epi ou p ap dwe janm ka antre nan wayòm Bondye a. Paske Kris sa a se ekspresyon Sentespri a menm, ekspresyon Bondye, Sila Bondye bay misyon pou fè travay Li sou latè. Kon sa mwen di si ou pa kapab asepte se Kris nan dènye tan an ki fè tout bagay sa yo, lè sa a ou blasfeme kont Sentespri a. Rekonpans ki rezève pou moun ki blasfeme kont Sentespri a parèt aklè pou tout moun. Mwen di ou tou si ou reziste ak Kris nan dènye tan an, si ou meprize Kris nan dènye tan an, p ap gen pyès lòt moun pou peye konsekans la nan plas ou. Apresa, apati lè sa a ou p ap jwenn yon lòt chans pou jwenn Bondye asepte w; menm si ou eseye peye pou pèn ou, ou p ap janm kapab kontanple fas Bondye ankò. Paske lè sa se pa ak yon moun ou reziste, sa ou meprize a se pa jis yon ti bagay, men se Kris. Èske w konnen ki konsekans ki rezève pou sa? Ou p ap annik fè yon ti fot, men ou fè yon gwo krim. Epi mwen konseye tout moun pa griyen dan devan laverite, oswa fè vye kritik, paske se sèlman laverite ki kapab ba ou lavi, anyen ankò esepte laverite ki kapab pèmèt ou fèt yon lòt fwa epi pou kontanple fas Bondye ankò.

Nòt anba paj:

a. Yon moso bwa mouri: yon ekspresyon Chinwa, sa vle di “li twò ta pou pèsonn fè yon bagay pou li.”

Avan:  Èske Ou Te Konnen? Bondye Fè yon Gwo Bagay Pami Lèzòm

Pwochen:  Prepare Ase Bon Zèv pou Destinasyon Ou an

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger