Bondye Se Sous Lavi Lòm
Apati de moman ou pouse kout rèl ou lè w vini nan mond sa a, ou tou kòmanse misyon w. Lè w jwe wòl ou genyen nan plan Bondye a e nan òdinasyon li, se kòmansman pakou lavi w. Kèlkeswa pase ou, e kèlkeswa pakou ki devan ou, okenn moun pa kapab chape anba òkèstrasyon ak aranjman Syèl la fè, epi tou okenn moun pa gen kontwòl destine pwòp tèt li, paske se sèlman Sila a ki ap gouvène tout bagay yo ki kapab fè yon travay konsa. Depi jou lòm te kòmanse egziste, Bondye te toujou travay konsa, jere linivè, oryante règ chanjman pou tout bagay ak trajektwa deplasman yo. Menm jan ak tout bagay, lòm nouri de dousè ak lapli ak lawouze nan men Bondye san li pa rann li kont nan yon fason pèzib; Menm jan ak tout bagay, lòm viv anba òkèstrasyon men Bondye san li pa rann li kont. Kè lòm ak lespri li nan men Bondye, tout bagay nan lavi li soutni devan zye Bondye. Menm si ou kwè nan sa ou pa, tout e kèlkeswa bagay, vivan oswa mò, ava transfòme, chanje, renouvle epi disparèt daprè panse Bondye yo. Se fason sa a Bondye renye sou tout bagay.
Pandan nwit lan ap pwoche, lòm pa okouran, paske kè lòm pa gen yon apèsi sou kòman nwit lan ap apwoche, ni ki kote l ap sòti. Pandan nwit lan ap disparèt tou dousman, lòm akeyi reyon limyè jounen an men kanta pou ki kote limyè a sòti, e kòman li kase fè nwa lanjelis la, lòm pa konnen anyen menm, e li pa menm okouran. Chanjman renouvlab ant jou ak nwit sa yo mennen lòm nan yon peryòd ale nan yon lòt, sòti nan yon kontèks istorik ale nan yon lòt, pandan l ap asire ke travay Bondye a nan chak peryòd ak plan Li genyen atravè chak tan ap reyalize. Lòm te mache atravè peryòd sa a ansanm ak Bondye, poutan li pa konnen ke Bondye domine sou destine tout bagay ak èt vivan yo, ni kòman Bondye òkèstre epi oryante tout bagay. Sa te echape lòm sòti nan tan lontan pou rive jounen jodi a. Kanta pou rezon yo, se pa paske zèv Bondye yo twò kache, ni pa paske plan Bondye a poko reyalize, men paske kè ak lespri lòm twò lwen Bondye, nan yon pwen kote lòm rete nan sèvi Satan menm kant l ap swiv Bondye—e li toujou pa konnen sa. Pa gen moun k’ap chèche mak pye Bondye yo ak aparans Li, e okenn moun pa vle viv anba swen ak pwoteksyon Bondye. Olye de sa, yo swete repoze sou deteryorasyon Satan, mechan an, nan lide pou yo adapte ak mond sa a, e ak règ egzistans ke lòm mechan yo ap swiv. Nan nivo sa a, kè ak lespri lòm vin tounen omaj lòm ak Satan epi tounen manje Satan. Anplis de sa, kè lòm ak lespri li tounen yon plas kote Satan ka abite e ki se tèren jwèt ki byen plase pou li. Konsa lòm pèdi konpreyansyon sou prensip pou viv antanke moun san l’ pa rann li kont li, e valè ak siyifikasyon egzistans lòm. Lwa Bondye yo e alyans ant Bondye e lòm disparèt nan kè lòm pazapa, epi li sispann chèche oswa mete atansyon li sou Bondye. Otan tan an ap file, lòm sispann konprann rezon ki fè Bondye te kreye li, ni li pa konprann mo ki sòti nan bouch Bondye ak tout sa ki sòti nan Bondye. Answit Lòm kòmanse reziste lwa ak dekrè Bondye mete yo, e kè li ak lespri li vini andisi…. Bondye pèdi lòm Li te kreye a, e lòm li menm pèdi rasin orijin li: Sa a se chagren ras lòm lan. Anfèt, sòti depi nan kòmansman rive kounya, Bondye monte yon sèn trajik pou limanite, ladan l lòm alafwa aktè prensipal e viktim. Epi okenn moun pa kapab reponn kiyès ki direktè trajedi sa a.
Nan kokennchenn etalaj mond sa a, yon bann chanjman rive fèt, oseyan yo anvayi tè yo, tè yo benyen nan oseyan yo vire tounen. Apa de Sila a ki ap gouvène tout bagay nan linivè a, okenn moun pa kapab mennen oswa gide ras lòm lan. Pa genyen okenn moun ki pisan pou rive travay oswa fè preparasyon pou ras lòm lan, alevwa pou ta gen yon moun ki kapab mennen ras lòm sa a nan destinasyon limyè a e libere li anba enjistis ki gen sou latè. Bondye lamante sou avni lòm, Li gen chagren lè lòm te chite a, e L ap soufri akòz lòm ap mache pazapa vè pouriti nan yon chemen ki pa gen retounen. Yon ras moun ki mete chagren nan kè Bondye epi vire do ba Li pou al chèche dyab la: Èske janm gen yon moun ki reyalize nan ki direksyon yon tèl ras te dwe oryante li? Se egzakteman pou rezon sa a okenn moun pa gen presantiman kòlè Bondye, rezon okenn moun pa chèche yon mwayen pou fè Bondye plezi oswa eseye vin pi prè Bondye, e anplis de sa, poukisa okenn moun pa chèche konprann lapèn ak chagren Bondye. Menm aprè li fin tande vwa Bondye, lòm kontinye fè pwòp chemen li, pèsiste nan mawon pou Bondye, ale kache pou gras ak pwoteksyon Bondye, epi kouri pou verite Li, li prefere vann tèt li ak Satan, lènmi Bondye. Epi kiyès ki imajine—si lòm pèsiste nan tèt di li—kòman Bondye ava aji anvè lòm sa a ki kite Li san gade dèyè? Okenn moun pa konnen rezon ki fè rapèl repete ak egzòtasyon Bondye fè yo se paske Li te prepare nan pla men Li yon kalamite ki pa gen parèy, youn ki va ensipòtab pou lachè ak nanm lòm. Kalamite sa a pa senpman yon pinisyon pou lachè, men tou pou nanm. Ou bezwen konnen sa: Kant plan Bondye pa abouti, e kant rapèl ak egzòtasyon Li yo pa jwenn okenn repons an retou, ki kalite kòlè Li va devèse? Li va san parèy konpare ak sa okenn kreyati te gentan konnen oswa tande deja. Kidonk Mwen di, kalamite sa a pa t genyen tankou li anvan, e li p ap janm repete. Paske plan Bondye se pou Li kreye lòm sèlman grenn fwa sa a, e se pou Li sove lòm sèlman fwa sa a. Sa a se premye fwa, e sa ap tou dènye fwa. Kidonk, okenn moun pa kapab konprann entansyon dataye ak antisipasyon devwe ke Bondye egzèse pou sove lòm fwa sa a.
Bondye te kreye mond sa a epi kreye lòm, yon èt vivan ke Li te soufle lavi nan li. Aprèsa, lòm te vin gen paran ak pwòch fanmi e li pa te pou kont li ankò. Depi lè lòm te fenk voye zye li sou mond vizib sa a, li te destine pou li egziste nan konsekrasyon Bondye. Souf lavi a ki sòti nan Bondye kenbe chak grenn èt vivan atravè yon kwasans jouk yo rive granmoun. Pandan pwosesis sa a, okenn moun pa santi ke lòm ap grandi anba pwoteksyon Bondye. Olye de sa, yo kwè ke lòm ap reyalize sa anba swen lanmou paran li, epi se pwòp ensten li k’ ap dirije kwasans li a. Se paske lòm pa konnen kiyès ki soufle lavi nan li, oswa nan ki kote sa sòti, ankò mwens fason entwisyon lavi a fè mirak. Li sèlman konnen ke manje se pilye ki fè lavi li kontinye, ke pèseverans se sous egzistans li, e ke kwayans ki nan lespri li yo se fondman ki fè l ap siviv. Lòm vin konplètman ensansib anvè gras ak pwovizyon Bondye, e li gaspiye lavi Bondye te soufle nan li a. Pa menm yon sèl moun nan ras lòm ke Bondye pran swen lajounen kon lannwit lan ki pran angajman yo pou adore Li. Bondye sèlman kontinye ap travay nan lòm, jan Li te gentan planifye l’ la, san’L pa gen okenn atant de li. Li aji konsa nan lespwa ke yon jou lòm ava reveye nan rèv li ye a epi reyalize toudenkou enpòtans ak siyifikasyon lavi, pri Bondye te peye pou tout sa Li te ba li a, ak anprèsman ke Bondye manifeste nan rete tann lòm retounen vin jwenn Li. Pèsòn moun pa te janm gade sekrè ki gouvène orijin ak pwolonjman lavi lòm. Sèlman Bondye, ki konprann tout bagay sa yo, ap andire an silans blesi ak frap ke lòm ba Li alòske li te resevwa tout bagay nan men Bondye, men san rekonesans. Lòm pran ak lejète tout sa lavi pote, epi konsa se yon “kesyon de tan” pou lòm te trayi Bondye, bliye Li epi pran avantaj sou Li. Èske se ta plan Bondye ki gen tout enpòtans sa a vre? Èske se ta lòm, ki se yon èt vivan ki sòti nan men Bondye, ki gen tout enpòtans sa a vre? Plan Bondye a asireman gen enpòtans; men, èt vivan sa a Bondye te kreye ak men Li an egziste akòz plan Li. Konsa, Bondye pa kapab detounen plan Li poutèt rayisman pou ras lòm sa a. Se akòz plan Li ak souf Li soufle a kifè Bondye te andire tout touman sa yo, se pa pou lachè lòm men se pou lavi lòm. Li fè sa konsa se pa nan lide pou Li repran lachè lòm men lavi Li te soufle a. Se plan Li an sa.
Tout moun ki vin nan mond sa a dwe pase pa lavi ak lanmò, e majorite nan yo te pase atravè sikwi lanmò ak nouvo nesans lan. Sila yo ki ap viv kounye a pral mouri trè byento, e mò yo pral resisite talè konsa. Tout bagay sa yo se pwosesis lavi a ke Bondye te ranje pou chak èt vivan. Pwosesis ak sikwi sa a se bonjan verite ke Bondye swete pou lòm kenbe: ke lavi ke Bondye soufle nan lòm nan san limit, san sa ki fizik, san tan oswa lespas pa afekte l’ Se konsa mistè lavi Bondye soufle nan lòm nan ye, epi pwouve ke lavi sòti nan Li. Malgre anpil kapab pa kwè ke lavi sòti nan Bondye, lòm kanmèm jwi tout sa ki sòti nan Bondye, kèlkelanswa yo kwè oswa nye egzistans Li. Si Bondye ta deside yon jou Li chanje lide epi swete reklame tout sa ki egziste nan mond lan e repran lavi Li te bay la, kidonk tout bagay t ap sispann egziste. Bondye itilize lavi Li pou sipòte tout bagay, ni sa ki ap viv ni sa ki san vi, ranje tout bagay nan bonjan lòd pa mwayen pouvwa ak otorite Li. Se verite sa a pèsòn pa kapab konsevwa oswa konprann, e verite enkonpreyansib sa yo se bonjan manifestasyon ak temwànyaj fòs lavi Bondye a. Kounya kite m rakonte w’ yon sekrè: Grandè lavi Bondye ak pouvwa lavi Li ensondab pou nenpòt kreyati. Se konsa sa ye kounya, menmjan sa te ye nan tan lontan, e se konsa sa ap toujou ye. Dezyèm sekrè mwen dwe devwale se sa a: sous lavi a vini de Bondye, pou tout kreyati, kèlkeswa jan yo ta kapab diferan nan fòm oswa nan fon. Kèlkeswa tip èt vivan ou ye a, ou pa kapab vire do bay trajektwa lavi ke Bondye trase a. Antouka, tout sa mwen swete se pou lòm konprann sa a: San swen, prezans ak pwovizyon Bondye, lòm pa kapab resevwa tout sa li te dwe resevwa, nenpòt jan li te ka debwouye li oswa fason difisil li te ka lite. San pwovizyon lavi ki sòti nan Bondye a, lòm pèdi sans valab ki gen nan viv e sans siyifikatif lavi. Kòman Bondye ta kapab pèmèt lòm, ki te gaspiye nan frivolite valè lavi Li bay la genyen, pou li manfouben konsa? Jan mwen te di sa anvan: Pa bliye ke Bondye se sous lavi ou. Si lòm pa reyisi admire tout sa Bondye te bay, non sèlman Bondye ava repran sa Li te bay la okòmansman, men tou Li pral ekzije, kòm rekonpans kay lòm, doub pri tout sa Li te bay.
26 Me 2003