Nou dwe fè atansyon ak zèv nou yo
Chak zèv oubyen aksyon nan lavi montre nou bezwen pwovizyon yon pasaj nan pawòl Mwen chak jou pou ranpli nou, paske nou manke twòp bagay, e konesans nou ak kapasite pou nou aprann, yo twò mèg. Nan lavi chak jou, n ap viv nan yon atmosfè, yon anviwònman ki pa genyen ni laverite ni bon sans. Nou manke jèvrenn pou nou goumen ak lavi a, e nou pa gen fondasyon pou nou konnen ni Mwen ni laverite. Kwayans nou chita sou yon lafwa vag—ki pa gen okenn reyalite, oubyen konesans ki vrèman dògmatik, ak rityèl relijyon. Chak jou Mwen ap gade sa n ap fè, m ap egazamine entansyon nou ak move zak n ap poze e Mwen pa janm rive jwenn yon grenn moun ki plase kè l avèk lespri l sou lotèl Mwen an ki pa janm deplase. Konsa Mwen pa deside pèdi tan di tout pawòl ki nan tèt Mwen bay kalte moun lèzòm ye; sèl plan ki nan kè M se kontinye travay sa Mwen poko fini an ki se sove rès limanite ki poko sove a. Malgre sa, M swete pou tout moun k ap swiv Mwen resevwa sali M ap bay la ak laverite pawòl Mwen bay lòm nan. Mwen swete yon jou lè w fèmen je w, ou wè yon wayòm kote pafen ranpli lè a epi rivyè dlo vivan koule—se pa yon mond frèt, dezole, kote nyaj nwa anvayi syèl la epi gwo bwi pa janm sispann.
Chak grenn jou, zèv ak panse chak grenn moun devan zye Sila ki se yon Sèl la, an menm tan sa yo fè ap prepare pwòp demen yo. Se chimen sa ki trase pou chak moun ki ap viv; se chimen Mwen te trase pou tout moun, pèsonn pa ka evite l oubyen fè eksepsyon. Yo pa ka konte pawòl Mwen yo, e an plis, travay Mwen fè yo san mezi. Chak jou, Mwen gade jan chak moun ap fè sa yo gen pou yo fè dapre pwòp nati yo ak sa ki ap pase nan nati yo. San yo pa konnen, anpil moun deja sou bon chimen Mwen trase pou montre kòman gen diferan kalte moun. Diferan kalte moun sa yo Mwen plase nan diferan anviwònman, e yo chak nan plas yo, yo chak eksprime sa yo ye anndan yo. Pèsonn pa ka anchene yo, ni sedui yo. Yo lib nan totalite yo e sa yo eksprime vini natirèlman. Yon sèl bagay ki kenbe yo sou kontwòl: pawòl Mwen. Alò, èske gen moun ki fòse li pawòl Mwen jis pou yo evite lanmò, san yo pa janm mete l an pratik; tandiske gen lòt ki pa ka sipòte pou yo pase jou yo san li pawòl Mwen pou gide yo, konsa yo kenbe pawòl Mwen yo natirèlman tou tan? Antan tan ap pase, yo dekouvri sekrè lavi moun, destine limanite e ki valè yon moun genyen. Se senpman konsa limanite ye devan pawòl Mwen, e Mwen jis kite bagay yo fè chimen yo. Mwen pa fè okenn travay pou fòse moun pran pawòl Mwen pou fondasyon lavi yo. Donk moun ki pa janm gen konsyans e sila yo lavi yo pa janm gen okenn valè, met pawòl Mwen akote byen fwonte jan yo vle, apre yo chita gade byen trankil jan tout bagay mache. Yo fatige ak laverite e ak tout sa ki soti nan Mwen. Yo menm fatige rete lakay Mwen. Akoz destine yo, pou yo pa tonbe anba pinisyon, moun sa yo fè yon tan lakay Mwen, menm si yo ap rann sèvis. Sepandan entansyon ak aksyon yo pa janm chanje. Dezi yo pou benediksyon ogmante, menm jan ak dezi pou yo antre nan wayòm nan yon sèl fwa epi apre sa rete la pou tou tan—e menm pou yo antre nan syèl ki la pou tou tan an. Plis y ap tann pou jou M nan rive, plis yo santi verite a vin tankou yon obstak, yon baryè sou wout yo. Yo pa ka tann pou mete pye yo nan wayòm syèl la—tout sa, san yo pa bezwen cheche laverite oubyen aksepte jijman ni chatiman, e sitou, san yo pa bezwen trennen lakay Mwen e fè sa M mande. Moun sa yon antre lakay Mwen, se pa pou satisfè dezi ke yo genyen pou chache laverite non, ni se pa pou yo met tèt ansanm avèk jesyon Mwen non; entansyon yo se senpleman pou yo chita pami sa yo ki p ap peri nan epòk k ap vini an. Donk, kè yo pa janm konnen kisa laverite ye, ni kòman pou akspete laverite. Se pou rezon sa a moun konsa yo pa t janm pratike laverite, ni yo pa t janm reyalize nivo koripsyon yo, e poutan yo te toujou abite lakay Mwen kòm “sèvitè.” Y ap tann jou Mwen k ap vini an “avèk pasyans,” e yo san repo antan ke metòd travay Mwen ap sakaje yo. Men kèlkelanswa gwo efò yo te fè, oubyen ki pri yo te peye, pyès moun pa janm wè yo soufri pou laverite, oubyen, yo pa janm wè yo bay anyen pou kòz Mwen. Nan kè yo, yo pa ka tann pou wè M mete yon fen nan ansyen epòk la, e deplis, yo pa ka tann pou wè mezi grandè pouvwa ak otorite Mwen. Yon bagay yo pa janm prese fè, se chanje tèt yo e pousuiv laverite. Yo renmen bagay ke Mwen deteste, e yo deteste bagay ke Mwen renmen. Yo gen dezi pou sa ke Mwen rayi, men yo gen lakrent pou yo pa pèdi sa ke Mwen rayi. Y ap viv nan mond mechan sa a, yo pa janm rayi li, men yo pè konsa, ke Mwen va detui li. Nan mitan objektif dezakòde yo, yo renmen mond sa ke Mwen rayi a, men tou, yo vle pou Mwen detui li byen vit, pou yo kapab chape soufrans destriksyon an, e pou yo kapab transfòme tounen seyè nan epòk k ap vini apre a, anvan yo fin detounen de vrè chemen an. Sa se paske yo pa renmen laverite, e yo deteste tout sa ki soti nan Mwen. Yo kapab vin “moun ki obeyisan” pou yon ti tan, dekwa pou yo pa pèdi benediksyon yo, men yo pa ka janm kache angwas ke y ap sibi pou jwenn benediksyon, avèk lapèrèz ke yo genyen pou yo pa peri, e pou yo pa antre nan etan dife a. Antan jou Mwen ap pwoche, dezi yo ap grandi pi fò, ti kras pa ti kras. E plis katastwòf la pi gwo, se plis sa rann yo san sekou, lè yo pa konnen kibò pou yo kòmanse pou yo ta fè M kontan, afenke pou yo pa pèdi benediksyon ke yo t ap tann depi lontan an. Moun konsa tou prèt pou pran aksyon pou sèvi kòm avangad, osito ke men Mwen kòmanse travay li. Yo panse sèlman pou yo bouskile rive devan ran twoup yo, yo tèlman pè ke Mwen p ap wè yo. Yo fè, e yo di sa ke yo panse ki dwat, yo pa janm konnen ke zèv ak aksyon yo pa t janm asosye ak laverite, e ke zèv yo senpleman deranje e entewonp plan Mwen. Yo ka te fè gwo efò, e yo ka byen te sensè nan volonte ak entansyon yo pou yo andire difikilte, men pa gen anyen yo fè ki gen okenn relasyon avèk Mwen, paske Mwen pa t janm konstate ke zèv yo te fèt nan bon entansyon, ni tou Mwen pa t janm te wè yo plase anyen sou lotèl Mwen. Sa yo se zèv ke yo te fè devan Mwen pandan plizyè ane sa yo.
Okòmansman, Mwen te vle ba nou laverite, men Mwen te oblije abandone sa paske atitid nou anvè laverite te twò frèt e endiferan; Mwen pa t vle tout efò Mwen gaspiye, ni Mwen pa t vle moun kenbe pawòl Mwen, men yo ta konplètman fè sa ki reziste Mwen, denigre Mwen, e blasfème Mwen. Akoz de atitid ak nati nou, Mwen senpleman te ban nou yon ti moso e, pou nou, pati ki trè enpòtan nan pawòl Mwen yo, ki va sèvi kòm yon esè travay Mwen pami lèzòm. Sèlman kounye a, Mwen te vrèman konfimen ke desizyon ak plan ke Mwen te fè yo te bon pou bezwen nou e, dotanplis, ke atitid mwen anvè lèzòm se te bon atitid la. Tou ane konpòtman nou yo devan Mwen, te ban Mwen yon repons ki san paralèl, e kesyon pou repons sa a se: “Ki atitid lòm devan laverite e devan vrè Bondye a?” Zefò ke M te konsakre pou lòm pwouve sibstans lanmou Mwen pou lòm, e chak aksyon lòm devan Mwen pwouve sibstans rayisab li anvè laverite, e opozisyon li a Mwen menm. Se tout tan Mwen gen sousi pou tout sa ki ap suiv Mwen, poutan pa gen okenn lè kote sa yo ki ap suiv Mwen te kapab resevwa pawòl Mwen yo; yo pa menm kapab aksepte sijesyon Mwen yo. Se sa ki fè M pi tris nèt. Pa janm gen yon moun ki kapab konprann Mwen, e anplis de sa, ni pa janm gen okenn moun ki kapab aksepte M byenke atitid Mwen sensè, e pawòl Mwen dous. Chak moun eseye fè travay ke mwen konfye yo a dapre pwòp lide pa yo; yo pa chache volonte Mwen, pa mande pou yo ta chache konnen kisa M egzije de yo. Yo pretann ke y ap sèvi Mwen fidèlman toujou, tout sa, pandan ke y ap rebele kont Mwen. Plizyè nan yo kwè ke verite ki pa akseptab pou yo, oubyen verite ke yo pa kapab pratike, se pa laverite yo ye. Nan moun konsa, laverite M yo tounen yon bagay ke yo refize e ke yo rejte de kote. Anmenmtan, moun rekonèt Mwen kòm Bondye anpawòl, men yo kwè tou, ke Mwen se yon etranje ki pa laverite, chemen an, oubyen lavi. Pa gen moun ki konnen laverite sa: Pawòl Mwen se laverite ki p ap janm chanje a. Mwen se sous lavi a pou moun, e sèl gid pou lèzòm. Se pa si yo rekonèt oubyen akspete lèzòm, ki va detèminen valè ak sans pawòl mwen, men se sibstans pawòl yo memn ki va detèminen sa. Menm si pa gen yon sèl grenn moun sou tè sa ki kapab resevwa pawòl Mwen, okenn moun pa kapab estime valè pawòl mwen ak èd yo bay lèzòm. Konsa, lè M ap konfwonte ak plizyè moun ki ap rebele kont pawòl Mwen, rejte pawòl Mwen, oubyen ki gen mepri total pou pawòl Mwen, pozisyon Mwen se sa: Kite tan an avèk reyalite yo fè temwayaj pou Mwen, e montre ke pawòl Mwen se laverite, chemen an, e lavi. Se pou yo montre ke tout sa Mwen te di te bon, se sa ke lòm dwe resevwa, e deplis, se sa ke lòm dwe aksepte. Mwen va kite tout moun ki ap suiv Mwen konnen reyalite sa: Sa yo ki pa kapab aksepte pawòl Mwen konplètman, sa yo ki pa kapab pratike pawòl Mwen, sa yo ki pa kapab jwenn yon objektif nan pawòl Mwen, e sa yo ki pa kapab resevwa sali a akoz de pawòl Mwen, se sa yo ke pawòl mwen te kondane, e anplis, se sa yo ki pèdi sali Mwen, e baton Mwen p ap janm kite yo.
16 Avril 2003