Chapit 10

Epòk Wayòm nan, aprè tou, diferan de tan pase yo. Li pa gen rapò ak jan lèzòm aji; pito, Mwen te desann sou latè pou M fè travay Mwen pèsonèlman, ki se yon bagay moun pa ka ni konprann ni akonpli. Pandan anpil ane, depi kreyasyon mond lan, travay la te sèlman baze sou konstriksyon legliz la, men moun pa janm tande pale de konstriksyon wayòm nan. Menm si Mwen pale de sa avèk pwòp bouch Mwen, èske gen yon moun ki konnen sans li? Yon fwa Mwen te desann nan mond lèzòm nan, Mwen te eksperimante epi obsève soufrans yo, men Mwen te fè sa san Mwen pa t akonpli misyon enkanasyon Mwen an. Lè kontriksyon wayòm nan te kòmanse, kò enkane Mwen an te fòmèlman kòmanse pèfòme ministè Mwen an; sa vle di, Wa wayòm nan te fòmèlman pran an chaj pouvwa souveren Li a. A pati de sa li evidan ke wayòm nou an ki desann nan mond lèzòm nan—ki pa gen anyen pou wè ak yon senp manifestasyon reyèl—se yon reyalite absoli; sa se yon aspè de sinifikasyon “reyalite pratik” la. Moun pa t janm wè okenn nan aksyon Mwen yo, ni yo pa janm tande okenn nan deklarasyon Mwen yo. Menmsi yo te wè aksyon Mwen yo, kisa yo t ap dekouvri? Epi menmsi yo ta tande M k ap pale, kisa yo t ap konprann? Atravè tout mond lan, tout moun egziste nan konpasyon ak jantiyès lanmou Mwen, men se konsa tou tout moun nèt anba jijman Mwen, epi tou yo sijè ak eprèv Mwen yo. Mwen te toujou konpatisan epi plen lanmou pou moun, menmlè yo tout te kòwonpi nan yon sèten nivo; Mwen te bay yo tout chatiman, menm lè yo tout te soumèt yo devan twòn Mwen. Sepandan, èske genyen yon grenn moun ki pa nan mitan soufrans ak rafinman ke Mwen te distribye yo? Gen tèlman yon gran kantite moun k ap tatone nan fè nwa pou yo jwenn limyè, epi anpil ap batay amèman atravè eprèv pa yo. Jòb te gen lafwa, men èske li pa t ap chache yon mwayen pou l soti pou pwòp tèt pa l? Byenke anpil moun ka kenbe fèm devan eprèv yo, èske gen yon moun ki, san nou pa di sa fò, gen lafwa nan fon kè yo? Pito, èske moun yo pa eksprime kwayans yo pandan yo gen dout nan kè yo? Pa gen okenn moun ki janm kanpe fèm nan eprèv yo oswa ki soumèt yo tout bon lè y ap epwouve yo. Si M pat kouvri vizaj Mwen pou M pa t gade mond sa, lemond antye t ap tonbe anba rega dife mwen an, paske Mwen pa mande lèzòm anyen.

Lè salitasyon pou wayòm nan rezone—ki se tou lè sèt san(700) tonè yo eklate byen fò—son sa a ap fè syèl la ak tè a tranble, l ap sekwe syèl yo epi l ap fè zantray tout moun kòmanse vibre. Kantik sakre wayòm nan monte nan teritwa gran dragon wouj la, sa ki pwouve ke Mwen detwi nasyon sa epi etabli wayòm Mwen an. Sa k pi enpòtan an, wayòm Mwen an etabli li sou tè a. Nan moman sa, Mwen kòmanse voye zanj Mwen yo nan chak nasyon ki nan mond lan pou yo ka veye sou pitit Mwen yo, pèp Mwen an; sa tou se pou M ka ranpli kondisyon pwochen etap travay Mwen an. Sepandan, Mwen ale pèsonèlman nan peyi kote gwo dragon wouj la rete tou plwaye a, epi Mwen lite avèk li. Depi tout limanite vin konnen M an pèsòn, kay gran dragon wouj la ap tounen sann epi l ap disparèt san okenn tras. Antan ke moun wayòm Mwen an, pwiske nou rayi gran dragon wouj la anpil, nou dwe satisfè kè M avèk aksyon nou yo, epi nan fason sa, n ap fè dragon an wont. Èske nou santi tout bon vre ke dragon wouj la plen ak rayisman? Èske nou vrèman santi li se ènmi wa wayòm nan? Èske nou vrèman gen lafwa ke nou ka bay temwanyaj mèvèye pou mwen? Èske nou kwè reyèlman nou ka venk gran dragon wouj la? Men kisa M ap mande nou; tout sa M bezwen se pou nou ka rive nan etap sa. Èske n ap ka fè sa? Èske nou gen lafwa ke nou ka reyalize sa? Kisa egzakteman ke lèzòm kapab fè? Èske li pa t ap pi bon pou M fèl Mwen menm? Poukisa M di ke Mwen desann pèsonèlman nan lye kote batay la ap fèt la? Sa mwen vle se lafwa nou, se pa zèv nou. Okenn moun pa ka aksepte pawòl Mwen yo nan yon fason ki dirèk, men olye de sa, yo jis gade li yon fason ki vag epi meprizan. Èske sa ede nou reyalize objektif nou yo? Èske nou rive konnen M nan fason sa? Pou M onèt avèk nou, pami tout moun sou latè, pa menm yonn ka gade M dwat nan zye, epi pa menm yonn ka resevwa sans pawòl Mwen yo ki pi epi san tach. Poutèt sa, Mwen mete an aksyon yon pwojè moun poko janm wè sou latè, yon fason pou M ka atenn objektif Mwen yo epi etabli vrè imaj Mwen an nan kè tout moun. Nan fason sa, M ap mete fen nan epòk kote se nosyon ki gouvène moun nan.

Jodi a, non sèlman M ap desann pami nasyon gran dragon wouj la, epi tou M ap vire vizaj Mwen bay tout linivè a, M ap fè tout syèl yo tranble. Èske gen yon kote sou late ki pa sijè ak jijman Mwen? Èske gen yon kote ki pa anba kalamite ke M voye sou li? Tout kote Mwen ale, mwen simen tout sòt “semans dezas.” Sa se yonn nan fason Mwen travay, epi li se san dout yon aksyon pou M ka sove lèzòm, anplis, sa Mwen ba yo a se toujou yon tip de lanmou. Mwen swete pèmèt menm plis moun konnen Mwen, ka wè Mwen, epi nan fason sa, pou yo vin respekte yon Bondye yo pa t ka wè pandan anpil ane men ki, kounye a, reyèl. Pou ki rezon Mwen te kreye mond lan? Poukisa, aprè lèzòm te fin kòwonpi, Mwen pat elimine yo nèt? Pouki rezon tout limanite ap viv nan mitan dezas? Ki objektif Mwen te genyen lè M te tounen Moun nan? Lè M ap fè travay Mwen, lèzòm pran non sèlman yon gou anmè, men yo pran yon gou dous tou. Pami tout moun ki nan mond lan, kiyès ki p ap viv anba gras Mwen? Si Mwen te bay lèzòm benediksyon materyèl, kiyès nan mond lan ki t ap ka jwi anpil bagay? Lè Mwen pèmèt nou pran plas nou antan ke pèp Mwen, èske sa ka yon benediksyon? Si nou pa t pèp Mwen, men pito nou te moun k ap fè sèvis pou Mwen, èske nou pa t ap gen plas nan benediksyon Mwen yo? Menm yon sèl moun pami nou pa ka konprann orijin pawòl Mwen yo. Lèzòm—ki lwen pou yo kapab ancheri tit ke mwen ba yo, anpil nan yo, akoz de tit “sèvitè,” a, nouri rankin nan kè yo, epi anpil nan yo, akoz de tit “pèp Mwen an,” nouri lanmou nan kè yo pou Mwen. Pèsonn pa dwe eseye twonpe M; zye M wè tout bagay! Kiyès pami nou ki resevwa ak tout kè yo, kiyès pami nou ki manifeste yon obeyisans total? Si salitasyon wayòm nan pa t rezone èske nou t ap ka vrèman soumèt tèt nou a la fen? Sa lèzòm ka fè ak panse, epi distans yo kapab travèse—tout bagay sa yo Mwen te predestine yo lontan deja.

Pi fò moun aksepte wè dife M nan, nan limyè vizaj Mwen. Pi fò moun ke ankourajman M nan enspire motive tèt yo pou yo avanse pandan y ap chache. Lè fòs Satan yo atake pèp Mwen an, Mwen la pou M chase yo; lè konplo Satan yo kreye pwoblèm nan lavi pèp Mwen an, Mwen voye li byen lwen nan wout li, pou l pa janm retounen. Sou latè, tout fason espri malen yo aji se pou chache yon kote pou yo repoze, epi y ap chache san rete kadav moun pou yo manje. Pèp Mwen an! Nou dwe rete nan atansyon ak pwoteksyon Mwen. Pa janm dejenere! Pa janm konpòte nou san kontwòl! Ou dwe ofri fidelite w nan kay Mwen an, epi se sèlman avèk fidelite ou ka defann tèt ou kont riz Satan yo. Pou pyès rezon ou pa dwe konpòte w jan w te konpòtew nan tan pase yo, pou w ap fè yon bagay nan prezans Mwen epi yon lòt nan abzans Mwen; si ou aji nan fason sa, alò ou gentan depase redanmsyon an. Èske Mwen pa t deklare plis ke ase pawòl tankou sa yo? Se presizeman paske ansyen nati lèzòm nan pa ka korije ki fè M oblije bay moun plizyè rapèl. Pa santi nou nwi! Tout sa Mwen di yo se pou M ka asire destine nou! Yon kote ki sal epi kòwonpi se egzakteman sa Satan bezwen; plis nou nan yon fason deplorab kote yo pa menm ka rachte nou epi plis nou san kontwòl, pandan nou refize soumèt ak prensip, ebyen se plis espri enpi sa yo ap pwofite de tout opòtinite pou antre anndan nou. Si nou rive nan nivo sa, alò fidelite nou p ap lòt bagay ke pawòl anlè, san l pa gen okenn reyalite ladann, epi espri enpi yo ap vale konviksyon nou an epi y ap transfòme li an dezobeyizans ak konplo satanik pou deranje travay Mwen an. A pati de la, M ka kraze nou nenpòt lè. Okenn moun pa konprann gravite sitiyasyon sa; moun yo senpleman fè tankou yo pa tande, epi yo pa pridan menm yon ti kras. Mwen pa sonje sa ki te fèt nan tan pase yo; èske nou reyèlman toujou ap tann ke Mwen toleran anvè nou pandan M ap bliye yon lòt fwa ankò? Menmlè lèzòm opoze M, Mwen p ap koresponn avèk yo poutèt sa, paske nivo yo twò piti, donk Mwen pa fè yo twò gwo egzijans. Tout sa M mande se pou yo pa san kontwòl, epi pou yo soumèt yo ak limit Mwen ba yo. Sètènman, li pa depase kapasite nou pou nou satisfè deklarasyon sa, se pa vre? Pi fò moun ap tann Mwen revele plis mistè pou M satisfè zye yo. Sepandan, menmsi ou te rive konprann tout mistè syèl la, kisa nou t ap ka reyalize avèk konesans sa egzakteman? Èske sa t ap ogmante lanmou ou pou Mwen? Èske li tap motive lanmoun w pou Mwen? Mwen pa souzestime lèzòm, ni Mwen pa jije yo yon fason ki vag. Si sa yo pa t vrè sikonstans lèzòm, Mwen pa tap janm ba yo tit sa yo vagman? Panse ak tan pase yo: konbye fwa Mwen te pale nou mal? Konbyen fwa Mwen te souzestime nou? Konbye fwa Mwen te gade nou san Mwen pa t konsidere sikonstans nou? Konbyen fwa deklarasyon Mwen yo pa t rive konvenk nou totalman? Konbyen fwa Mwen te pale san Mwen pa t touche anndan fon kè nou? Kiyès pami nou ki li pawòl Mwen yo san krent ni tranbleman, san li pa pè anpil ke M ap frape li pou M lage li nan twou san fon an? Kiyès ki pa andire eprèv ki soti nan pawòl Mwen yo? Anndan deklarasyon Mwen yo genyen otorite, men se pa pou pase jijman vag sou lèzòm; men pito, pandan Mwen prete atansyon ak sikonstans reyèl yo, Mwen toujou ap moutre yo sinifikasyon esansyèl nan pawòl Mwen yo. An reyalite, èske gen yon moun ki ka rekonèt pwisans omnipotans Mwen an nan pawòl Mwen yo? Èske gen yon moun ki ka resevwa lò ki plis pirifye pawòl Mwen fèt avèk li a? Jis konbyen pawòl Mwen pale? Èske gen moun ki ancheri yo?

3 Mas 1992

Avan:  Chapit 8

Pwochen:  Im Wayòm nan

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger