Chapit 26

Ki moun ki rete nan kay Mwen an? Ki moun ki kanpe pou Mwen? Ki moun ki soufri sou non Mwen? Kilès ki bay mo l devan Mwen? Ki moun ki swiv Mwen jouk koulye a epi ki poko kite enterè l? Poukisa tout moun frèt epi yo pa sansib Poukisa moun abandone Mwen? Poukisa gen moun ki bouke ak Mwen? Poukisa pa gen okenn chalè nan mond kote moum nap viv la? Pandan Mwen nan Siyon, Mwen te goute chalè ki nan syèl la, e pandan Mwen nan Siyon Mwen jwi benediksyon ki nan syèl la. Ankò, mwen viv nan mitan moun, Mwen goute kote anmè nan mond moun nan, e Mwen te wè ak pwòp je Mwen tout kalite eta lèzòm gen pami yo. Sanzatann, lòm chanje menm jan Mwen “chanje” a, e se sèlman nan fason sa a li rive nan jounen jodi a. Mwen pa mande pou lòm ka fè anyen pou mwen, ni Mwen pa egzije pou l ajoute anyen pou Mwen. Mwen vle sèlman pou li kapab aji selon plan Mwen, epi pou li pa dezobeyi M oswa pou li pa fè M pran lawont, men pou li rann gwo temwayaj pou Mwen. Pami lèzòm, gen moun ki rann bon temwayaj pou Mwen e ki fè lwanj pou non Mwen, men ki jan pratik oswa konduit lòm ka pètèt satisfè kè Mwen? Kouman li ka pètèt selon kè Mwen oswa satisfè volonte Mwen? Mòn yo ak dlo sou tè a, e flè yo, zèb yo, ak pyebwa yo sou tè a, yo tout montre travay Mwen fè ak men M, yo tout la pou non Mwen. Men, poukisa lòm pa ka satisfè nivo demand Mwen? Èske se ta ka akòz li san imilite? Èske se ta ka akòz Mwen plase byen wo nan lavi l? Èske se ta ka paske Mwen twò mechan avè l? Poukisa lòm toujou pè sa Mwen mande yo? Jodi a, pami foul moun ki nan wayòm nan, poukisa se koute ou koute vwa M sèlman, men ou pa vle wè fas Mwen? Poukisa rega w sèlman rete sou pawòl Mwen yo san ou pa asosye yo ak Lespri Mwen? Poukisa ou kenbe M separe konsa, anwo nan syèl la ak anba sou latè a? Èske se ta ka Mwen, lè Mwen sou tè a, Mwen pa menm jan ak lè Mwen nan syèl la? Èske se ta ka Mwen, lè Mwen nan syèl la, ki pa ka desann sou tè a? Èske se ta ka mwen, lè mwen sou tè a, ki pa diy pou yo pote M nan syèl la? Se kòm si lè mwen sou tè a, mwen se yon kreyati san valè, kòm si lè mwen nan syèl la, mwen se yon Bondye yo leve byen wo, e se kòm si gen yon gwo twou moun pa ka travèse, ki separe syèl la ak latè. Poutan, nan mond lèzòm nan, yo sanble yo pa konnen anyen nan orijin bagay sa yo, men yo opoze ak Mwen, kòm si pawòl Mwen sèlman ka sonnen men li pa gen sans. Tout moun fè sakrifis pou pawòl Mwen yo, nan mennen pwòp envestigasyon pa yo sou aparans Mwen, men yo tout echwe, efò yo pa reyisi, e olye sa, pawòl Mwen frape yo epi yo pa ose leve kanpe ankò.

Lè mwen teste lafwa moun, pa gen yon sèl moun ki rann vrè temwayaj, pa gen yon sèl ki kapab ofri tout li menm; pito, lòm kontinye kache e li refize ouvri tèt li, kòm si Mwen ta pral vòlè kè l. Menm Jòb pa t janm rete fèm pandan tès li a, ni li pa t santi dousè nan mitan soufrans lan. Tout moun pwodwi yon ti kouch vèt pal nan chalè prentan; yo pa janm rete vèt nan rafal fredi livè yo. Pou jan li tankou eskelèk sa a, li moun pa ka satisfè entansyon Mwen. Pami lèzòm, pa gen yon sèl ki ka sèvi modèl pou lòt yo, paske tout moun yo gen menm baz epi yo pa diferan youn ak lòt, gen ti kras posibilite pou distenge yo youn ak lòt. Pou rezon sa a, menm jodi a lèzòm toujou pa kapab konnen travay Mwen konplètman. Se sèlman lè mwen desann chatye tout moun san yo pa konnen, yo pral vin konnen zèv Mwen yo, epi san Mwen pa fè anyen oswa fòse pesonn, moun ap vin konnen M, epi kidonk li pral temwen zèv Mwen yo. Sa a se plan Mwen an, se manifestasyon aspè travay Mwen, e se sa moun ta dwe konnen. Nan wayòm nan, yon pakèt bagay nan kreyasyon an kòmanse reviv epi reprann fòs lavi yo. Akòz chanjman k ap fèt nan eta latè ye a, kòmanse gen chanjman tou nan limit ki genyen ant yon peyi ak yon lòt. Mwen bay pwofesi, lè peyi divize ak peyi, e peyi ini ak peyi, se pral lè sa a Mwen pral kraze tout nasyon yo miyèt moso. Nan moman sa a, Mwen pral renouvle tout kreyasyon ak fè repatisyon tout linivè, kidonk M ap met lòd nan linivè epi M ap transfòme ansyen an an nouvo a—se plan Mwen sa a ye epi se travay Mwen sa yo ye. Lè nasyon yo ak pèp yo nan mond lan tout retounen devan fotèy Mwen, lè sa a Mwen pral pran tout abondans syèl la epi Mwen pral fè li vin pou mond lèzòm nan, yon fason pou, gras avè M, mond sa a pral plen ak abondans moun pa ka konpare. Men, toutotan ansyen mond lan kontinye la, Mwen pral jete raj Mwen sou nasyon li yo, Mwen pral pibliye ouvètman dekrè administratif Mwen yo nan tout linivè a, epi frape tout moun ki vyole yo ak chatiman:

Kòm Mwen tounen fas Mwen bay linivè pou M pale, tout limanite tande vwa Mwen, e apre sa yo wè tout travay Mwen te fè nan tout linivè a. Moun ki kont volonte M, sa vle di, ki opoze M ak zèv lèzòm, moun sa a pral tonbe anba chatiman Mwen. Mwen pral pran bann zetwal yo ki nan syèl la e Mwen pral fè yo vin tou nèf epi, gras a Mwen, solèy la ak lalin lan pral renouvle—syèl la p ap rete jan l te ye a, epi yon pakèt bagay sou tè a pral renouvle. Tout pral vin konplè nan pawòl Mwen yo. Wayòm Mwen pral separe ankò epi ranplase pil nasyon ki nan linivè yo yon fason pou nasyon yo ki sou tè a va disparèt pou tout tan e tout ap vin tounen yon wayòm k ap adore M; tout nasyon sou latè pral detwi e yo pral sispann egziste. Moun yo nan linivè a, tout sa yo ki pou dyab la pral detwi, e tout moum ki adore Satan pral desann nan dife M nan ki tou limen—eksepte moun ki nan kouran an kounye a, tout pral tounen sann dife. Lè M chatye anpil pèp yo, moun ki nan mond relijye a, nan divès nivo, retounen nan wayòm mwen an, travay Mwen konkeri yo, paske yo pral wè Sen an k ap vini sou yon nyaj blan. Yo pral separe tout moun selon pwòp kalite yo, epi yo pral resevwa chatiman ki koresponn ak aksyon yo. Tout moun ki te kanpe kont Mwen yo ap peri; pou moun ki te mete M nan zèv yo sou latè, akòz fason yo te libere tèt yo, yo pral kontinye viv sou tè a anba gouvènans pitit gason Mwen an ak pèp Mwen an. Mwen pral revele tèt Mwen ba yon pakèt pèp ak yon pakèt nasyon moun pa menm ka konte yo, mwen pral fè latè soud ak vwa M, nan pwoklame finisman tout gwo travay Mwen an pou tout moun yo wè ak pwòp je yo.

Kòm vwa M vin pi fò, Mwen pran pou M gade nan ki eta linivè ye. Atravè pawòl Mwen yon pakèt bagay nan kreyasyon an, yo tout vin tou nèf. Syèl la chanje, menm jan ak tè a. Lòm parèt jan li te fèt la epi, tou dousman, yo separe chak moun selon kalite moun yo ye a, epi yo jwenn wout yo san kase tèt pou tounen nan fanmi yo. Sa ap fè Mwen plezi anpil. Mwen pa nan dezòd, epi, yon fason moun pa ka wè, gwo travay Mwen an rive nan bout li, e tout pakèt bagay sa yo nan kreyasyon yo transfòme. Lè Mwen te kreye mond lan, Mwen te fè tout bagay selon kalite yo, Mwen bay tout bagay sa yo fòm ansanm ak kalite yo. Kòm fen plan jesyon Mwen an ap pwoche, Mwen pral mete ansyen eta kreyasyon an sou pye l ankò; Mwen pral retabli tout bagay nan fason li te ye nan kòmansman, nan chanje tout bagay yon fason pwofon, pou tout bagay retounen nan plan Mwen an. Lè a rive! Dènye etap plan mwen an sou wout pou li akonpli. Ayayay, vye monn ki pa pwòp! Ou pral tonbe san dout anba pawòl Mwen yo! Plan Mwen an pral fè w tounen anyen. Olala, yon pil ak yon pakèt bagay nan kreyasyon! Nou tout pral jwenn yon lavi tou nèf nan pawòl Mwen—Seyè souveren w lan pral pou ou! Olala, yon mond nouvo ki pwòp e san defo! Ou pral reviv san dout nan tout laglwa Mwen! Olala, Mòn Siyon! Pa fè silans ankò—Mwen retounen nan triyonf! Soti nan mitan kreyasyon an, Mwen egzamine tout latè. Sou tè a, lòm kòmanse yon lavi tou nèf e li te genyen yon nouvo espwa. Olala, pèp Mwen an! Ki jan ou ka pa retounen viv nan limyè Mwen? Ki jan ou ka pa sote ak kè kontan anba direksyon Mwen? Tè yo ap rele byen fò nan rejwisans, dlo yo se pete gwo ri kè kontan! Olala, Izrayèl, pèp ki resisite a! Ki jan ou ka pa santi fyète sou predestinasyon Mwen an? Ki moun ki gen dlo nan je? Ki moun ki kriye? Pèp Izrayèl tan lontan an pa la ankò, e pèp Izrayèl jodi a leve soti vivan, li drese e l ap domine nan mond lan, epi li kanpe nan kè tout moun. Pa gen dout, Pèp jodi a Izrayèl la pral rive sous egzistans lan atravè pèp Mwen an! Ayayay, Lejip, peyi rayisab! Se vre wi, ou pa toujou kanpe kont Mwen? Ki jan ou ka pran pwofite mizèrikòd Mwen epi eseye chape anba chatiman Mwen? Ki jan ou ka pa nan chatiman mwen an? Tout moun Mwen renmen pral viv san dout pou tou tan, e se sèten, tout moun ki kanpe kont mwen pral resevwa chatiman Mwen pou tou tan. Paske Mwen se yon Bondye ki jalou epi Mwen pa pral delivre moun alalejè pou tout sa yo te fè. Mwen pral veye sou tout tè a, epi, M ap parèt kote solèy leve nan mond lan avèk jistis, majeste, kòlè, ak chatiman, Mwen pral revele tèt Mwen bay tout lame lèzòm ki pa ka konte a!

29 Mas 1992

Avan:  Fè kè Nou Kontan, Tout Moun!

Pwochen:  Chapit 29

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger