Fè kè Nou Kontan, Tout Moun!
Nan limyè mwen an, moun wè limyè ankò. Nan pawòl mwen, moun jwenn bagay pou yo jwi. Mwen soti nan Lès, Mwen se natif natal Lès. Lè glwa Mwen briye, tout nasyon yo wè klè, tout bagay win nan limyè, pa gen yon sèl bagay ki rete nan fènwa. Nan wayòm nan, lavi ke moun Bondye yo ap viv ak Bondye a se yon bonè san mezi. Dlo yo ap danse ak lajwa pou lavi beni moun yo ap mennen an, mòn yo ak moun yo ap jwi abondans Mwen. Tout moun yo ap fè efò, y ap travay di, y ap montre fidelite yo nan wayòm Mwen an. Nan wayòm nan, pa p gen rebelyon ankò, p ap gen resistans ankò; syèl yo ak tè a depann de youn lòt, mwen menm avèk lòm vin pi pwòch nan pataje yon santiman ki pwofon, atravè felisite dous ki nan lavi a, pandan n ap apiye youn sou lòt…. Nan tan sa a, Mwen kòmanse lavi Mwen nan syèl la fòmèlman. Satan pa p pètibe ankò, epi moun yo ap antre nan repo. Nan tout linivè a, moun Mwen chwazi yo ap viv nan glwa Mwen, yo pa ka konpare jan yo beni, yo pa tankou moun k ap viv pami moun, men yo tankou moun k ap viv ak Bondye. Tout limanite pase anba koripsyon Satan, epi yo bwè sa ki anmè ak sa ki dous nan lavi a jouk nan dènye gout la. Kounyea, pandan y ap viv nan limyè Mwen an, kouman pou yo pa fè kè yo kontan? Kòman pou yon moun pran moman sa a alalejè epi kite li glise ale? Nou menm moun yo! Chante kantik nan kè nou epi danse ak jwa pou Mwen! Leve kè sensè nou yo epi ofri yo ban Mwen. Bat tanbou epi jwe ak kè kontan pou Mwen! M ap fè jwa Mwen reyone sou tout linivè a! Mwen revele moun yo fas gloriye Mwen an! Mwen pral rele ak gwo vwa! M pral depase linivè a! Moun yo ekzalte Mwen! M ap pwonmennen nan syèl ble anwo a epi moun yo ak mache avè M. M ap mache pami moun epi moun Mwen yo antoure M! Kè moun yo kontan, chan yo souke linivè a, epi yo fè syèl ki pi wo a krake! Pa gen nyaj ki vlope linivè a ankò; pa gen labou ankò, pa gen vye ma dlo ankò. Moun sen nan linivè a! Nou montre vrè vizaj nou anba enspeksyon Mwen. Nou pa moun ki kouvri ak salte, men nou se sen ki san tach tankou jad, nou tout se moun mwen renmen anpil, nou tout mete lajwa nan kè M! Tout bagay ap viv ankò! Tout sen yo tounen pou sèvi M nan syèl la, y ap jwenn bon akèy nan menm, yo pa p kriye ankò, yo pa p enkyete ankò, y ap ofri tèt yo ban Mwen, y ap tounen lakay Mwen, epi yo pa p janm sispann renmen M lè yo va nan peyi yo. Sa pa p janm chanje nan tout etènite a! Kote lapenn nan! Kote dlo nan je yo! Kote kò a! Latè ap pase, men syèl la la pou tout tan. Mwen parèt devan tout pèp, e tout pèp fè lwanj pou Mwen. Lavi sa a, bote sa a, sòti nan tan ansyen jouk rive fen tan an, li pa p chanje. Sa a se lavi wayòm nan.